PHPWord

 

نُبذَةٌ فِي العَقِيدَةِ الإِسْلَامِيَّة (شَرْحُ أُصُولِ الإِيمَانِ)

 

Sa pou ou konnen sou kwayans Islam lan

 

 

بِقَلَم فَضِيلَة الشَّيخ العَلَّامَة

مُحَمَّدِ بْنِ صَالِحٍ العُثَيمِين

غَفَرَ اللَّهُ لَهُ وَلِوَالِدَيْهِ وَلِلْمُسْلِمِين

 

Sou plim Eminans Cheikh, gran savan an.

Muhammad bin Salih al-Uthaymin

Se pou Allah padonel, padone manmanl ak papal, epi li padone tout Mizilman yo."

بِسْمِ اللَّهِ الرَّحْمَنِ الرَّحِيمِ

Sa pou ou konnen sou kwayans Islam lan

Nan non Allah ki gen tout pitye, epi ki fè byen anpil la

Premye pawòl (Entrodiksyon );

Vrèmanvre, tout louwanj se pou Allah. Nou fè lwanj pou li, nou mande li sekou, nou mande li padon, epi nou tounen vin jwenn li (repanti). Nou mande Allah pwoteje nou kont mechanste ki nan fon kè nou, ak kont move konsekans aksyon nou yo. Moun Allah mete nan bon chemen, pèsonn pa ka fèl pèdi. Men, moun Bondye kite pèdi, pèsonn pa ka montre li chemen an. Epi mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, li sèl, li pa gen okenn asosye. Epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè ak Mesaje li. Se pou benediksyon Allah ak lapè Li poze sou li, sou fanmi li, sou konpayon li yo, ak sou tout moun ki swiv chemen li a kòrèkteman jouk sa kaba.

Apre sa: Syans Tawid la se konesans ki pi nòb ki genyen, se li ki gen plis valè, epi se li menm ki pi nesesè pou yon moun chèche konnen. Paske, se konesans sou Allah ki gen tout pouvwa a, sou Non li yo, sou Kalite li yo, ak sou dwa li genyen sou sèvitèl yo. Se li menm tou ki kle chemen ki mennen kote Allah yea, epi se li ki fondasyon tout lwa Li yo.

Se poutèt sa: Tout mesaje Allah yo te mete yo dakò pou yo rele moun vin jwenn Allah (Tawid la). Senyè toupwisan an di:

﴿وَمَآ أَرۡسَلۡنَا مِن قَبۡلِكَ مِن رَّسُولٍ إِلَّا نُوحِيٓ إِلَيۡهِ أَنَّهُۥ لَآ إِلَٰهَ إِلَّآ أَنَا۠ فَٱعۡبُدُونِ25﴾

25- Nou pa te voye okenn mesaje anvan ou (Muhammad), san nou pat fè li konnen (pa revelasyon): 'Pa gen lòt dye ki gen dwa pou yo adorel sof Mwen menm sèl(Allah ); konsa, se Mwen menm sèl pou nou adore'. [Al-Anbiya: 25].

Epi Senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la sèlman temwaye pou pwòp tèt pa Li sou inite Li ; zanj Li yo ansanm ak moun ki gen konesans yo temwaye sa pou Li tou. Allah ki gen tout pouvwa a di:

﴿شَهِدَ ٱللَّهُ أَنَّهُۥ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةُ وَأُوْلُواْ ٱلۡعِلۡمِ قَآئِمَۢا بِٱلۡقِسۡطِۚ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ ٱلۡعَزِيزُ ٱلۡحَكِيمُ 18﴾

18- Allah temwaye li menm, ak tout zanj li yo, ansanm ak moun ki gen konesans yo, pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Li menm; Li toujou kanpe pou jistis. Pa gen okenn lòt dye sof Li menm, Li se Sila a ki gen tout pouvwa a, epi ki gen tout bon konprann nan. [Al Imran:18]

Paske Tawid la gen tout enpòtans sa a, se yon devwa pou chak mizilman pote anpil atansyon sou li; nan aprann li, nan anseyel, nan fè meditasyon sou li (medite), epi nan kwè ladanl ak tout kè yo. Konsa, ya kapab bati relijyon yo sou yon baz ki solid, ak yon kè ki poze epi ki soumèt nèt devan Allah ; pou yo ka jwenn kè kontan nan bèl kalite fwi ak rezilta konesans sa a bay.

Epi se Allah ki sèl mèt siksè a (Se Li menm ki bay kapasite pou nou reyisi).

Moun ki ekri liv la

"Relijyon Islam la"

Relijyon Islam la: Se relijyon sa a Allah te voye Pwofèt Muhammad (benediksyon ak lapè Allah sou li) avèl la. Se ak li Allah te fini tout lòt relijyon yo, li te rann li konplè pou sèvitèl yo, epi li te fè favèl la vin total sou yo atravè li. Li chwazil poul sèvi yo relijyon, se poutèt sa, Li pap aksepte okenn lòt relijyon nan men pèsonn sof li menm (Islam). Allah ki gen tout pouvwa a di:

﴿مَّا كَانَ مُحَمَّدٌ أَبَآ أَحَدٖ مِّن رِّجَالِكُمۡ وَلَٰكِن رَّسُولَ ٱللَّهِ وَخَاتَمَ ٱلنَّبِيِّـۧنَۗ وَكَانَ ٱللَّهُ بِكُلِّ شَيۡءٍ عَلِيمٗا 40﴾

40- Muhammad pa papa okenn nan gason pami nou, men li se Mesaje Allah epi li se dènye nan tout pwofèt yo. Epi Allah konnen tout bagay nèt ale. [Al-Ahzab:40].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿...ٱلۡيَوۡمَ أَكۡمَلۡتُ لَكُمۡ دِينَكُمۡ وَأَتۡمَمۡتُ عَلَيۡكُمۡ نِعۡمَتِي وَرَضِيتُ لَكُمُ ٱلۡإِسۡلَٰمَ دِينٗا...﴾

3-Jodi a, mwen rann relijyon nou an konplè pou nou, mwen fè favè mwen an sou nou vin total, epi Mwen chwazi Islam pou li sèvi nou relijyon.

[Al-Ma'ida:3].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿إِنَّ ٱلدِّينَ عِندَ ٱللَّهِ ٱلۡإِسۡلَٰمُ...﴾

Vrèmanvre, sèl relijyon (ki valab) devan Allah, se Islam. [Al Imran:19].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿وَمَن يَبۡتَغِ غَيۡرَ ٱلۡإِسۡلَٰمِ دِينٗا فَلَن يُقۡبَلَ مِنۡهُ وَهُوَ فِي ٱلۡأٓخِرَةِ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ 85﴾

85- Nenpòt moun ki chèche yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap janm aksepte li nan men li; epi nan lavi kap vini an (lavi aprè lanmò a)lap pami moun ki pèdi nèt yo. [Al Imran:85].

Epi senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la pase lòd pou tout moun nèt sou tè a adore Li atravè relijyon sa a (Islam). Li te di sa pandan Li tap pale ak Mesaje Li a (Muhammad), (Ke benediksyon ak lapè Allah sou li):

﴿قُلۡ يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ إِنِّي رَسُولُ ٱللَّهِ إِلَيۡكُمۡ جَمِيعًا ٱلَّذِي لَهُۥ مُلۡكُ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِۖ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ يُحۡيِۦ وَيُمِيتُۖ فَـَٔامِنُواْ بِٱللَّهِ وَرَسُولِهِ ٱلنَّبِيِّ ٱلۡأُمِّيِّ ٱلَّذِي يُؤۡمِنُ بِٱللَّهِ وَكَلِمَٰتِهِۦ وَٱتَّبِعُوهُ لَعَلَّكُمۡ تَهۡتَدُونَ 158﴾

Di: 'O nou menm lèzòm! Vrèmanvre, mwen se Mesaje Allah pou nou tout nèt; Sila a ki gen tout pouvwa sou syèl yo ak tè a. Pa gen lòt dye ki merite adorasyon sof Li menm; se Li ki bay lavi, epi se Li ki bay lanmò. Konsa, mete konfyans nou nan Allah ak nan Mesaje Li a—Pwofèt la ki pa te konn li ni ekri a, sila a ki kwè nan Allah ak nan pawòl Li yo. Swiv li, pou nou ka jwenn bon chemen an'. [Al-A’raf:158].

Epi nan liv 'Sahih Muslim', dapre sa Abu Hurayrah (se pou Allah kontan avè l) rapòte, Mesaje Allah a (benediksyon ak lapè Allah sou li) te di:

«وَالَّذِي ‌نَفْسُ ‌مُحَمَّدٍ ‌بِيَدِهِ ‌لَا ‌يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ إِلَّا كَانَ مِنْ أَصْحَابِ النَّارِ».

Mwen fè sèman sou non Sila a ki kenbe lavim nan menl lan: Nenpòt moun nan epòk sa a (nan kominote sa a) ki tande pale de mwen, kit li se Jwif, kit li se Kretyen, epi li mouri san li pa kwè nan mesaj yo voyem avèl la, lap pami moun ki pral nan Lanfè.1

Epi kwè nan li (nan Pwofèt la) vle di: aksepte verite li pote a, ansanm ak dakò swiv li epi soumèt devan li nèt ale. Se pa sèlman konnen se verite li di; se poutèt sa, Abu Talib (tonton Pwofèt la) pat konsidere kòm yon kwayan nan Mesaje a (benediksyon ak lapè Allah sou li), malgre li te konnen byen pwòp sa Pwofèt la te pote a se te verite, e li te menm temwaye ke relijyon sa a se pi bon relijyon ki egziste deja yo.

Relijyon Islam la gen ladan li tout kalite byen ak avantaj ki te nan relijyon ki te la anvan yo. Men, li gen yon fòs anplis pase yo: li valab pou tout tan, pou tout kote, ak pou tout pèp sou tè a. Allah ki gen tout pouvwa a di pandan lap pale ak Mesaje Li a:

﴿وَأَنزَلۡنَآ إِلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ مُصَدِّقٗا لِّمَا بَيۡنَ يَدَيۡهِ مِنَ ٱلۡكِتَٰبِ وَمُهَيۡمِنًا عَلَيۡهِ...﴾

Epi Nou voye Liv la (Koran an) ba ou ak verite a, pou li konfime sa ki te nan Liv ki te la anvan yo, epi pou li sèvi kòm temwen ak jij sou yo.

[Al-Ma'idah:48].

Epi, lè nou di relijyon an (Islam) valab pou tout tan, pou tout kote, ak pou tout pèp, sa vle di: lè yon pèp kenbe relijyon sa a fèm, sa pa anpeche yo jwenn avantaj ak byennèt yo bezwen nan kèlkeswa epòk oswa kote yo ye a. Okontrè, se nan li menm siksè yo ak byennèt yo chita. Men, sa pa vle di non plis ke relijyon an dwe bese tèt (oswa chanje) pou li adaptel ak volonte chak epòk, chak kote, oswa chak pèp, jan kèk moun ta swete sa.

Epi relijyon Islam la: se relijyon verite a, senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la garanti lap bay nenpòt moun ki atache fèm avèl tout bon vre viktwa, epi lap fèl triyonfe sou tout sa ki pa li. Allah ki gen tout pouvwa a di:

﴿هُوَ ٱلَّذِيٓ أَرۡسَلَ رَسُولَهُۥ بِٱلۡهُدَىٰ وَدِينِ ٱلۡحَقِّ لِيُظۡهِرَهُۥ عَلَى ٱلدِّينِ كُلِّهِۦ وَلَوۡ كَرِهَ ٱلۡمُشۡرِكُونَ 9﴾

Se Li menm (Allah) ki voye Mesaje li a avèk Gidans lan (bon chemen an) ak relijyon verite a, pou li ka fèl triyonfe sou tout lòt relijyon yo, menm si moun kap adore lòt dye yo pa ta renmen sa. [As-Saff:9].

Men sa senyè toupwisan an di:

﴿وَعَدَ ٱللَّهُ ٱلَّذِينَ ءَامَنُواْ مِنكُمۡ وَعَمِلُواْ ٱلصَّٰلِحَٰتِ لَيَسۡتَخۡلِفَنَّهُمۡ فِي ٱلۡأَرۡضِ كَمَا ٱسۡتَخۡلَفَ ٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِهِمۡ وَلَيُمَكِّنَنَّ لَهُمۡ دِينَهُمُ ٱلَّذِي ٱرۡتَضَىٰ لَهُمۡ وَلَيُبَدِّلَنَّهُم مِّنۢ بَعۡدِ خَوۡفِهِمۡ أَمۡنٗاۚ يَعۡبُدُونَنِي لَا يُشۡرِكُونَ بِي شَيۡـٔٗاۚ وَمَن كَفَرَ بَعۡدَ ذَٰلِكَ فَأُوْلَٰٓئِكَ هُمُ ٱلۡفَٰسِقُونَ 55﴾

55- Allah pwomèt moun pami nou ki gen lafwa epi ki fè bon zèv yo, se sèten lap ba yo pouvwa sou tè a menm jan li te bay moun ki te la anvan yo pouvwa sa a. Se sèten tou, lap rann relijyon li te chwazi pou yo a solid, epi aprè yo te fin viv nan laperèz, lap ranplase sa pou yo ak sekirite. Yap adore Mwen (Allah)san yo pa bay okenn lòt bagay valè menm jan avèm. Men, nenpòt moun ki vire do bay aprè sa, moun sa yo se moun kap viv nan dezobeyisans. [An-Nour:55].

Epi, relijyon Islam nan se: doktrin (Aqīda) ak lalwa (Chari'a), epi li konplè nan doktrin li ak nan lwa li yo:

1- Li bay lòd pou adore Allah sèlman, epi li entèdi pou bay Allah Asosye.

2- Li (Islam) pase lòd pou moun di laverite, epi li entèdi bay manti.

3- Li mande pou gen jistis epi li entèdi enjistis. Jistis se egalite ant sa ki menm jan, epi se fè diferans ant sa ki pa menm jan. Epi, jistis se pa egalite absoli jan kèk moun di sa lè yo deklare yon fason jeneral: "Relijyon Islam nan se relijyon egalite." Paske, mete egalite ant sa ki pa menm jan se yon enjistis Islam pa anseye, epi moun ki fè sa pa merite lwanj.

4-Li (Islam) pase lòd pou moun gen onètete (remèt sa yo konfye yo), epi li entèdi trayizon.

5- Li (Islam) pase lòd pou moun respekte angajman yo (kenbe pawòl yo), epi li entèdi kout kouto nan do (oswa trayi pwomès).

6. Li kòmande byenfè pou paran yo epi li entèdi dezobeyisans.

7- Li (Islam) pase lòd pou moun kenbe bon relasyon ak fanmi yo , epi li entèdi pou moun koupe fache oswa abandone fanmi yo.

8. Li kòmande pou moun byen aji ak vwazen yo, epi li entèdi pou moun mal aji ak yo.

Pou nou rezime: Islam kòmande tout bèl kalite moral, epi li entèdi tout move karaktè. Epi li kòmande tout bon aksyon, epi li entèdi tout move aksyon.

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿إِنَّ ٱللَّهَ يَأۡمُرُ بِٱلۡعَدۡلِ وَٱلۡإِحۡسَٰنِ وَإِيتَآيِٕ ذِي ٱلۡقُرۡبَىٰ وَيَنۡهَىٰ عَنِ ٱلۡفَحۡشَآءِ وَٱلۡمُنكَرِ وَٱلۡبَغۡيِۚ يَعِظُكُمۡ لَعَلَّكُمۡ تَذَكَّرُونَ 90﴾

90- Vrèmanvre, Allah pase lòd pou moun aji avèk jistis, pou yo fè sa ki byen, epi pou yo ede fanmi yo ak moun ki pwòch yo. Epi li entèdi tout vye zak sal (imoralite), tout sa ki mal, ak tout kalite mechanste (oswa prejije). Li ban nou konsèy sa yo pou nou ka sonje sa. [An-Nahl:90].

Baz fondamantal Islam yo

Baz fondamantal se fondasyon sou kote li bati a, e yo se 5: Li mansyone nan sa ki rapòte pa Ibn Umar (ke Allah satisfè avèk yo toude), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«بُنِيَ الْإِسْلَامُ عَلَى خَمْسَةٍ: عَلَى أَنْ يُوَحِّدَ اللَّه - وَفِي رِوَايَةٍ عَلَى خَمْسٍ -: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ، وَأَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَصِيَامِ رَمَضَانَ، وَالْحَجِّ».

Islam bati sou senk (5) poto: Sou rekonèt inite Allah a (Tawid) — epi nan yon lòt vèsyon: sou senk bagay —: bay temwayaj pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi Muhammad se sèvitè Li ak Mesaje Li; fè lapriyè a ; bay Lacharite nan (Zakat); fè jèn nan mwa Ramadan an; epi fè pèlerenaj la (Hajj). Epi yon mesye di: 'Pèlerenaj la (Hajj), epi fè jèn nan mwa Ramadan an?' Li (moun ki tap rapòte pawòl la) reponn:

«لَا، صِيَامُ رَمَضَانَ، وَالْحَجُّ».

Non, se pouw di: fè jèn nan mwa Ramadan an, epi pèlerenaj la (Hajj). Se konsa mwen te tande li nan men Mesaje Allah, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li)2.

1- Kanta temwayaj ke pa gen okenn divinite ki merite adorasyon sof Allah, epi ke Muhammad se sèvitè Li ak Mesaje Li, li se: kwayans ki fèm ke yon moun eksprime ak lang li nan temwayaj sa a, se kòmsi, poutèt sètitid li nan sa, li se yon temwen dirèk pou li. Epi yo konsidere temwayaj sa a kòm yon sèl pilye, malgre gen plizyè bagay yo temwanye ladan li:

Swa paske Mesaje a (benediksyon ak lapè Allah sou li) se li kap transmèt mesaj ki soti nan senyè toupwisan an a; konsa, temwaye pou li kòm sèvitè ak Mesaje Allah se yon pati ki nesesè pou konplete temwayaj ki di pa gen lòt dye sof Allah a."

Oubyen tou, se paske de temwayaj lafwa sa yo se baz pou validite ak akseptasyon zèv yo; piske yon zèv pa ka ni valid ni aksepte, si se pa ak senserite pou Allah, Trè Wo a, epi nan swiv Mesaje Li a, ke lapriyè ak salitasyon lapè Allah sou li.

Se avèk senserite pou Allah ke temwayaj la akonpli: ke pa gen lòt dye ki merite adorasyon sof Allah, epi se nan swiv Mesaje Allah ke temwayaj la akonpli: ke Muhammad se sèvitè Li ak Mesaje Li.

Epi, pami bèl rezilta (fwi) gwo temwayaj sa a pote: li delivre kè moun ak nanm moun anba esklavaj lòt kreyati, epi li anpeche moun swiv lòt moun ki pa Mesaje Allah voye yo.

2- Kanta pou sa ki konsène 'fè lapriyè a' : se adore Allah ki anwo nan syèl la pandan wap pratike li jan sa dwe fèt , epi nèt ale nan lè yo fikse pou sa yo, epi nan jan (fòm) yo dwe fèt la

Epi, pami benefis (fwi) li pote: li bay kè poze (li louvri lestonmak la), li se yon sous kè kontan ak satisfaksyon ,epi li anpeche moun fè move zak (zak sal) ak sa ki mal.

3- Kanta pou sa ki konsène 'bay Lacharite nan' (Zakat): se adore Allah ki anwo nan syèl la pandan wap bay kantite lajan (oswa byen) ki obligatwa a, sou richès ki gen kondisyon pou yo bay Zakat sou yo a, bay moun ki gen dwa resevwa li yo.

Epi, pami benefis (fwi) li pote: li netwaye nanm nan anba move karaktè (tankou chich), epi li sèvi pou kouvri bezwen relijyon Islam la ak bezwen mizilman yo.

4- Kanta pou sa ki konsène 'jèn nan mwa Ramadan an': se adore Allah ki anwo nan syèl la pandan wap rete sanw pa pran anyen ki ka kase jèn nan, depi lè solèy la poko leve jouk li kouche, pandan tout mwa Ramadan an.

Epi, pami benefis (fwi) li pote: li antrene nanm nan (li ba li disiplin) pou li aprann kite bagay li renmen; sèlman paske lap chèche fè Allah ki gen tout pouvwa ak tout glwa a, plezi.

5- Kanta pou sa ki konsène 'pèlerenaj nan Kay la' (Hajj): se adore Allah ki anwo nan syèl la pandan wap fè vwayaj pou ale nan Kay ki sakre a (Kaba a ki nan Maka); pou w ka akonpli seremoni (rites) Hajj yo.

Epi, pami benefis (fwi) li pote: li antrene nanm nan pou li fè gwo efè, kit se ak lajan li, kit se ak kò li, pou l ka obeyi Allah ki anwo nan syèl la. Se poutèt sa, yo konsidere pèlerenaj la (Hajj) kòm yon fòm konba (Djihad) nan chemen senyè toupwisan an.

Epi, benefis (fwi) sa yo nou sot site la a pou baz sa yo, ak sa nou pa te site yo tou, rann kominote a (Oumah a) tounen yon kominote islamik ki pwòp epi ki san tach; yon kominote kap adore Allah nan chemen laverite a, epi kap aji ak kreyati yo (moun yo) avèk jistis ak onètete. Paske tout rès lalwa Islam yo ap mache byen si baz (poto) sa yo solid; epi kondisyon pèp la (kominote a) ap vin bon si fason yap pratike relijyon yo a bon. Konsa tou, pèp la ap pèdi nan kalite lavi li (byenèt li) menm jan li pèdi nan kalite fason li pratiké relijyon li an.

Epi, nenpòt moun ki ta vle wè sa aklè (konprann verite sa a byen), se poul li pawòl Allah ki anwo nan syèl la di a:

﴿وَلَوۡ أَنَّ أَهۡلَ ٱلۡقُرَىٰٓ ءَامَنُواْ وَٱتَّقَوۡاْ لَفَتَحۡنَا عَلَيۡهِم بَرَكَٰتٖ مِّنَ ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِ وَلَٰكِن كَذَّبُواْ فَأَخَذۡنَٰهُم بِمَا كَانُواْ يَكۡسِبُونَ 96 أَفَأَمِنَ أَهۡلُ ٱلۡقُرَىٰٓ أَن يَأۡتِيَهُم بَأۡسُنَا بَيَٰتٗا وَهُمۡ نَآئِمُونَ 97 أَوَأَمِنَ أَهۡلُ ٱلۡقُرَىٰٓ أَن يَأۡتِيَهُم بَأۡسُنَا ضُحٗى وَهُمۡ يَلۡعَبُونَ 98 أَفَأَمِنُواْ مَكۡرَ ٱللَّهِۚ فَلَا يَأۡمَنُ مَكۡرَ ٱللَّهِ إِلَّا ٱلۡقَوۡمُ ٱلۡخَٰسِرُونَ 99﴾

96- Si moun nan lavil yo (pèp yo) te gen lafwa epi yo te gen krentif pou Allah , se sèten nou ta ouvri pou yo benediksyon ki soti nan syèl la ak sa ki soti nan tè a. Men, yo te bay manti (yo te vire do bay verite a), se sak fè nou te pini yo pou sa yo te fè a.

97: Èske moun nan lavil yo (pèp sa yo) gen garanti (asirans) ke pinisyon Nou an pap tonbe sou yo nan mitan lannwit pandan yap dòmi?

98: Oswa, èske moun nan lavil yo gen garanti (asirans) ke pinisyon Nou an pap tonbe sou yo nan gwo lajounen (lè solèy la fin monte), pandan yap pran plezi yo (oswa pandan yap jwe)?

99- Èske yo santi yo an sekirite devan plan Allah? Se sèlman pèp ki pèdi a ki santi yo an sekirite devan plan Allah. [Al-A'raf:96-99].

Epi, se pou li gade istwa moun ki te la anvan yo; paske istwa se yon gwo leson pou moun ki gen bon konprann, epi se yon limyè (klète) pou moun ki pa gen yon vwal ki bouche kè yo. Se nan men Allah sèlman sekou a soti.

"Baz Fondamantal Kwayans Islamik la"

Relijyon Islamik la: -jan nou te esplike sa deja- se yon kwayans ak yon lalwa, e nou te deja fè referans ak kèk nan lalwa li yo, epi nou te site poto li yo ki konsidere kòm fondman pou lalwa li yo.

Kanta pou kwayans (Aqidah) islamik la, men baz li yo: Se pou ou gen lafwa nan Allah,nan zanj Li yo, nan liv Li yo, nan mesaje Li yo, nan Jou Dènye a, epi nan desten an (Kadar): kit li parèt bon, kit li parèt move.

Epi, Liv Allah a (Koran an) ansanm ak tradisyon (Sunnah) Mesaje Li a — benediksyon ak lapè Allah sou li — bay tout prèv sou baz sa yo.

Konsa, nan Liv Allah ki anwo nan syèl la, Li di:

﴿لَّيۡسَ ٱلۡبِرَّ أَن تُوَلُّواْ وُجُوهَكُمۡ قِبَلَ ٱلۡمَشۡرِقِ وَٱلۡمَغۡرِبِ وَلَٰكِنَّ ٱلۡبِرَّ مَنۡ ءَامَنَ بِٱللَّهِ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِ وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةِ وَٱلۡكِتَٰبِ وَٱلنَّبِيِّـۧنَ...﴾

Se pa gwo pyete (bon konpòtman) sa ye pou nou vire figi nou bò kote solèy leve oswa bò kote solèy kouche; men vrè pyete a (vrè bon moun nan), se moun ki gen lafwa nan Allah, nan Jou Dènye a, nan Zanj yo, nan Liv la, ak nan Pwofèt yo [Al-Baqarah:177], Epi, Li (Allah )di konsènan Desten an (Kadar):

﴿إِنَّا كُلَّ شَيۡءٍ خَلَقۡنَٰهُ بِقَدَرٖ 49 وَمَآ أَمۡرُنَآ إِلَّا وَٰحِدَةٞ كَلَمۡحِۭ بِٱلۡبَصَرِ 50﴾

49- Tout bagay, se sèten Nou kreye yo ak yon mezi (yon plan byen detèmine/ak yon desten)

50- Epi, lòd Nou an (pou yon bagay fèt) se yon sèl mo li ye; li fèt rapid tankou yon bat zye. (Sourat Al-Qamar, vèsè 49-50)

Epi, nan Tradisyon (Sunnah) Mesaje Allah a — benediksyon ak lapè Allah sou li — Pwofèt la te di sa pou li reponn Jibril, lè Jibril te pozel keksyon sou sa 'Lafwa' (Al-Iman) ye:

«الْإِيمَانُ: أَنْ تُؤْمِنَ بِاللَّهِ، وَمَلَائِكَتِهِ، وَكُتُبِهِ، وَرُسُلِهِ، وَالْيَوْمِ الْآخِرِ، وَتُؤْمِنَ بِالْقَدَرِ: خَيْرِهِ وَشَرِّهِ».

Lafwa se: pou ou gen konviksyon (kwè) nan Allah, nan zanj Li yo, nan liv Li yo, nan mesaje Li yo, nan Jou Dènye a, epi pou ou kwè nan desten an (Kadar): kit li parèt bon pou ou, kit li parèt move.3

Lafwa nan Allah ki anwo nan syèl la.

Kanta pou lafwa nan Allah (Al-Imàn billah), li gen 4 pwen (oswa eleman) ladan l:

Premye pwen an: Se pou ou gen lafwa (kwè) nan egzistans Allah ki anwo nan syèl la.

Epi, gen 4 bagay ki bay prèv sou egzistans Allah ki anwo nan syèl la: Enstink natirèl la (Fitrah), Larezon ('Aql), Lalwa relijye a (Shar'), ak Eksperyans.

Kanta pou prèv enstink natirèl la (Fitrah) bay sou egzistans Allah (ki sen epi ki anwo nan syèl la): se paske chak kreyati fèt ak lafwa nan Kreyatè li, san li pa te bezwen pran tan poul reflechi sou sa oswa san pèsonn pat montre li sa. Anyen pa ka fè yon moun vire do bay sa enstink sa a mande, eksepte si yon bagay pase nan kè li ki fèl pèdi chemen sa a. dapre pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):

«‌مَا ‌مِنْ ‌مَوْلُودٍ إِلَّا يُولَدُ عَلَى الْفِطْرَةِ، فَأَبَوَاهُ يُهَوِّدَانِهِ أَوْ يُنَصِّرَانِهِ أَوْ يُمَجِّسَانِهِ».

Pa gen okenn timoun ki fèt san li pa fèt ak nati natirèl li (Al-Fitrah). Apre sa, se paran li ki fèl vin jwif, oswa ki fèl vin kretyen, oswa ki fèl vin maj (moun kap adore dife).4

2- Kanta pou prèv larezon (lespri) bay sou egzistans Allah ki anwo nan syèl la: se paske tout kreyati sa yo, sa ki te la lontan yo ak sa ki la koulye a, fòk yo gen yon Kreyatè ki te fè yo egziste. Paske, li pa posib pou yon bagay kreye tèt li pou kont li, epi li pa posib non plis pou yo ta parèt konsa pa chans (aksidantèlman).

Li pa posib pou yon bagay kreye tèt li pou kont li; paske yon bagay pa ka kreye pwòp tèt li. Paske, anvan bagay sa a te egziste, li pa te anyen (li te neyan), konsa, kijan li ta fè se li ki pou ta kreyatè a?

Epi, li enposib poul ta parèt pa aza; paske chak bagay ki fèt, fòk gen yon bagay ki fè li fèt. Paske egzistans li nan bèl lòd sa a, ak amoni pafè sa a, ak koneksyon solid ki genyen ant kòz yo ak konsekans yo, epi ant tout kreyati yo youn ak lòt, sa anpeche totalman pou se ta chans ki fè li la. Paske, yon bagay ki la pa chans pa gen okenn lòd depi nan kòmansmanl, alò kouman li ta ka fè rete nan lòd pandan lap kontinye egziste epi devlope?

Epi, pwiske kreyati sa yo pa ka kreye tèt yo pou kont yo, epi yo pa ka parèt konsa pa chans non plis; sa vin montre aklè fòk gen yon moun ki fè yo egziste, epi moun sa a se Allah Mèt tout linivè a.

Epi, Allah ki anwo nan syèl la te site prèv lojik sa a ak agiman solid sa a nan Sourat At-Tur; kote Li di:

﴿أَمۡ خُلِقُواْ مِنۡ غَيۡرِ شَيۡءٍ أَمۡ هُمُ ٱلۡخَٰلِقُونَ 35﴾

35- Èske yo te fèt konsa san anyen (san kreyatè), oswa se yo menm ki kreye pwòp tèt yo? [At-Tour:35]. Sa vle di: yo pa te fèt san yon Kreyatè, epi se pa yo menm non plis ki te kreye pwòp tèt yo; konsa, sa vin montre aklè fòk Kreyatè yo a se mèt linivèa (Allah), Li menm ki gen tout benediksyon ak tout grandè a. Se poutèt sa, lè Jubayr ibn Mut'im (ki Allah te ka kontan avè l) te tande Mesaje Allah (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) kap li Sourat At-Tur, epi li te rive nan vèsè sa yo:

﴿أَمۡ خُلِقُواْ مِنۡ غَيۡرِ شَيۡءٍ أَمۡ هُمُ ٱلۡخَٰلِقُونَ 35 أَمۡ خَلَقُواْ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَۚ بَل لَّا يُوقِنُونَ 36 أَمۡ عِندَهُمۡ خَزَآئِنُ رَبِّكَ أَمۡ هُمُ ٱلۡمُصَۜيۡطِرُونَ 37﴾

35-Èske yo te kreye san okenn Kreyatè (nan anyen), osisnon èske se yo menm ki kreye tèt yo?

36- Osisnon, èske se yo menm ki te kreye syèl la ak tè a? Non! Se konviksyon yo pa genyen (nan verite a).

37- Oubyen, èske se yo ki gen trezò Senyèw la ? Oubyen se yo menm ki gen tout kontwòl la ?

[At-Tour: 35-37].

Lè sa a, Jubayr te yon moun ki tap adore zidòl; li di: Kèm te prèt poul vole; epi se premye fwa lafwa te poze fèm nan fon kèm.5

Ann bay yon egzanp pou sa ka pi klè: Si yon moun ta vin rakontew istwa yon gwo palè byen bati, ki antoure ak bèl jaden, kote gen dlo kap koule nan mitan yo, yon palè ki chaje ak bèl tapi ak bèl kabann, epi ki byen dekore ak tout kalite bèl dekorasyon, depi sou sa ki nesesè yo rive nan sa ki la pou fèl pi bèl toujou, Epi moun sa a ta di w: 'Palè sa a, ak tout bèl bagay ki ladanl yo, se li menm ki fè tèt li egziste, oswa li parèt konsa pa chans san pèsonn pa te batil'; san pèdi tan, ou tap rejte sa epi ou tap di se manti, epi ou tap konsidere pawòl li a kòm yon radotaj (yon pawòl moun fou). Dapre sa nou sot di la a, èske li posib pou gwo linivè sa a: ak tè la ak syèl la ak planèt li yo, ak tout jan li fonksyone, epi ak sistèm li a ki tèlman bèl epi ki tèlman frapan, ta fè tèt li egziste pou kont li, oswa li ta parèt konsa pa chans san pèsonn pa t kreye li?!

3- Kanta pou prèv Lalwa relijye a (Ash-Shar‘) bay sou egzistans Allah ki anwo nan syèl la: se paske tout liv ki soti nan syèl la pale sou sa aklè. Epi, tout lwa ki jis ki gen nan liv sa yo, ki la pou byen kreyati yo, se yon prèv ki montre yo soti nan men yon Mèt ki gen anpil bon konprann (Hakīm) epi ki konnen (Alīm) sa ki bon pou kreyati Li yo. Epi, tout enfòmasyon li bay sou jan linivè a fonksyone, sa reyalite a konfime ki se verite, se yon prèv ki montre enfòmasyon sa yo soti nan men yon Mèt ki gen pouvwa pou li kreye sa li te anonse a.

4- Kanta pou prèv eksperyans (Al-Hiss) bay sou egzistans Allah yo separe an 2 fason:

Premye fason an: Se paske nou tande epi nou wè ak zye nou kijan senyè toupwisan an reponn moun kap rele li yo, ak jan li pote sekou bay moun ki nan gwo tèt chaje. Sa se yon prèv ki klè nèt sou egzistans Allah ki anwo nan syèl la. Senyè toupwisan an di:

﴿وَنُوحًا إِذۡ نَادَىٰ مِن قَبۡلُ فَٱسۡتَجَبۡنَا لَهُۥ...﴾

Epi sonje Noé lè li te rele Allah depi nan tan lontan; epi Nou te reponn li... [Al-Anbiya: 76] Men sa senyè toupwisan di:

﴿إِذۡ تَسۡتَغِيثُونَ رَبَّكُمۡ فَٱسۡتَجَابَ لَكُمۡ...﴾

Sonje lè nou tap rele Seyè nou an pou nou te mandel sekou nan tray nou te ye a, epi li te reponn nou. [Al-Anfal:9].

Epi nan Sahih Al-Bukhari, li soti nan Anas bin Malik — se pou Allah kontan avèk li — li te di:

«إنَّ أعرابيًّا دَخَلَ يَوْمَ الجُمُعَةِ -والنَّبِيُّ صَلَّى اللَّهُ عَلَيهِ وَسَلَّمَ يَخْطُبُ- فَقَالَ: يَا رَسُولَ اللَّهِ، هَلَكَ المَالُ، وَجَاعَ العِيَالُ، فَادْعُ اللَّهَ لنَا؛ فَرَفَعَ يَدَيْهِ وَدَعَا، فَثَارَ السَّحَابُ أَمثَالَ الجِبَالِ، فَلَمْ يَنْزِلْ عَنْ مِنْبَرِهِ حتَّى رَأَيْتُ المَطَرَ يَتَحَادَرُ عَنْ لِحْيَتِهِ».

Gen yon Mesye ki rete nan yon pwovens (se te yon Arab bédouin) ki te antre nan moske a yon jou Vandredi -pandan Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) tap fè diskou (Khutbah) li- epi li di: "O Mesaje Allah, bèt nou yo ap mouri epi fanmi nou ap grangou akòz lapli pa tonbe, tanpri lapriyè Allah pou nou!" Pwofèt la leve de men li anlè epi li fè lapriyè. Lamenm, nwaj kòmanse rasanble tankou gwo mòn, epi anvan menm Pwofèt la desann sou chè (Minbar) li a, mwen te wè dlo lapli kap koule desann nan bab li.6

Epi nan dezyèm Vandredi a, menm nonm sa a (oswa yon lòt moun) kanpe ankò, li di: 'O Mesaje Allah kay yo ap kraze (akòz twòp lapli) epi bèt yo ap neye nan dlo, tanpri lapriyè senyè toupwisan an pou nou!' Pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) leve 2 men li anlè, epi li di:

«اللَّهُمَّ حَوَالَيْنَا وَلَا عَلَيْنَا».

O senyè toupwisan an fel tonbe nan zòn ki bò kote nou yo (nan savann ak nan mòn), men pa kite li tonbe sou nou (poul pa kraze kay nou) Epi, depi li te lonje dwèt li nan yon direksyon (nan syèl la), nwaj yo te louvri (separe) lamenm nan direksyon sa a.7

Epi, repons Allah bay moun kap lapriyè yo se yon bagay moun ap wè toujou jiska jounen jodi a, pou nenpòt moun ki chèche sekou nan men mèt linivèa ki anwo nan syèl la avèk senserite, epi ki respekte kondisyon ki fè Allah reponn lapriyè.

Dezyèm pwen an se: siy pwofèt yo, sa yo rele mirak yo, ke moun wè oubyen tande pale de yo, se yon prèv solid ki montre Sila a ki voye yo a egziste, ki se Allah — ki anwo nan syèl la; paske se bagay ki depase kapasite lèzòm, se Allah — ki anwo nan syèl la — ki fè yo rive pou li soutni mesaje li yo, epi pou li ba yo laviktwa.

Yon egzanp sou sa se: mirak Moyiz la (lapè poze sou li), lè Allah te kòmande li pou li frape lanmè a ak batonl lan, konsa li te frapel, epi li te fann an 12 wout ki sèch, epi dlo a nan mitan yo te tankou mòn. Allah, Sila a ki Pi Wo a, di:

﴿فَأَوۡحَيۡنَآ إِلَىٰ مُوسَىٰٓ أَنِ ٱضۡرِب بِّعَصَاكَ ٱلۡبَحۡرَۖ فَٱنفَلَقَ فَكَانَ كُلُّ فِرۡقٖ كَٱلطَّوۡدِ ٱلۡعَظِيمِ 63﴾

63- Epi Nou te revele bay Moyiz : "Frape lanmè a ak baton ou an." Epi, lanmè a te fann, e chak pati te vin tankou yon gwo mòn. [Ash-Shu‘arā’:63].

Epi yon dezyèm egzanp: se mirak Jezi (lapè sou li a) kote li te konn bay moun ki mouri yo lavi, epi li te konn fè yo soti nan tonm yo avèk pèmisyon Allah. Allah, Sila ki Byenwo a, di konsènan li:

﴿...وَأُحۡيِ ٱلۡمَوۡتَىٰ بِإِذۡنِ ٱللَّهِ...﴾

Epi mwen leve moun mouri (fè yo tounen vivan ankò) avèk pèmisyon Allah. [Al Imran:49] Epi li di:

﴿...وَإِذۡ تُخۡرِجُ ٱلۡمَوۡتَىٰ بِإِذۡنِي...﴾

Epi sonje lè ou te fè moun mouri soti nan tonm yo (pou yo tounen vivan ankò) avèk pèmisyon mwen. [Al-Ma'idah:110].

Epi yon twazyèm egzanp: Se lè branch fanmi Koreyich la te mande Mouhammad (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) yon mirak, li te montre lalin nan, epi li fann an 2 jouk moun yo te wè sa. E sou sa, se pawòl Li menm, Trè Wo a:

﴿ٱقۡتَرَبَتِ ٱلسَّاعَةُ وَٱنشَقَّ ٱلۡقَمَرُ 1 وَإِن يَرَوۡاْ ءَايَةٗ يُعۡرِضُواْ وَيَقُولُواْ سِحۡرٞ مُّسۡتَمِرّٞ2﴾

1- Lè a pwoche, epi lalin nan fann. 2- E si yo wè yon siy, yo vire do epi yo di: se yon maji kap kontinye. [Al-Qamar: 1- 2].

Kidonk, siy konkrè sa yo ke Allah Granmèt la fè rive pou apiye mesaje li yo, epi pou ba yo laviktwa, se yon prèv ki fèm e ki klè sou egzistans li menm, Granmèt la.

Dezyèm pwen nan sa lafwa nan Allah gen ladan: Se pou nou kwè nan Souverènte li . Sa vle di: Poun kwè se li menm sèl ki Mèt , Li pa gen okenn asosye , epi li pa gen pèsonn kap ede li non plis.

Mèt la (Senyè a), se li menm ki mèt Kreyasyon an, Souverènte a, ak Kòmandman an. Kidonk, pa gen okenn Kreyatè sof Allah, pa gen okenn Mèt sof Li menm, epi pa gen okenn Kòmandman sof sa ki pou Li a. Men sa Allah Granmèt la di:

﴿...أَلَا لَهُ ٱلۡخَلۡقُ وَٱلۡأَمۡرُ...﴾

Konnen byen: se pou li kreyasyon an ak otorite a ye. [Al-A’raf:54] Epi li di:

﴿...ذَٰلِكُمُ ٱللَّهُ رَبُّكُمۡ لَهُ ٱلۡمُلۡكُۚ وَٱلَّذِينَ تَدۡعُونَ مِن دُونِهِۦ مَا يَمۡلِكُونَ مِن قِطۡمِيرٍ﴾

Se li menm ki Allah,se Li ki Mèt nou ; se pou li sèl tout pouvwa a (tout kreyasyon an) ye. Kanta pou tout sa nap adore nan plas li yo, yo pa menm posede yon "Kitmīr" (ti po ki kouvri grenn dat la). [Fatir:13].

Yo pa janm konnen okenn moun pami kreyati yo ki te nye pouvwa Allah kòm gran Mèt, sof si se yon moun ki gen lògèy e ki pa kwè nan sa lap di a, menm jan sa te rive pou Farawon, lè li te di pèp li a :

﴿فَقَالَ أَنَا۠ رَبُّكُمُ ٱلۡأَعۡلَىٰ 24﴾

24: Epi li di: 'Mwen se Mèt nou ki pi wo a.'

[An-Nazi'at: 24], Epi li di:

﴿...يَٰٓأَيُّهَا ٱلۡمَلَأُ مَا عَلِمۡتُ لَكُم مِّنۡ إِلَٰهٍ غَيۡرِي...﴾

Epi Faraon di: 'O nou menm chèf yo! Mwen pa konnen si gen yon lòt bondye pou nou apa mwen menm. [Al-Qasas:38], men sa pa soti nan yon konviksyon. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿وَجَحَدُواْ بِهَا وَٱسۡتَيۡقَنَتۡهَآ أَنفُسُهُمۡ ظُلۡمٗا وَعُلُوّٗا...﴾

Yo te reye yo (yo te di se pa vre), men nan fon kè yo, yo te konnen byen pwòp se te verite; yo te fè sa sèlman paske yo te mechan epi yo te gen lògèy. [An-Naml:14]. Epi Moyiz te di Faraon — nan sa Bondye te rapòte sou koze a:

﴿...لَقَدۡ عَلِمۡتَ مَآ أَنزَلَ هَٰٓؤُلَآءِ إِلَّا رَبُّ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِ بَصَآئِرَ وَإِنِّي لَأَظُنُّكَ يَٰفِرۡعَوۡنُ مَثۡبُورٗا﴾

(Moyiz di): 'Ou konnen byen pwòp se pa pèsonn lòt ki voye mirak sa yo (siy sa yo), apa de Mèt syèl la ak tè a, pou yo ka sèvi kòm prèv ki klè pou louvri zye moun. Epi mwen panse tout bon vre, o Faraon, ke ou se yon moun ki fini (yon moun kap pèdi).' [Al-Isra':102] Se poutèt sa asosyatè yo te konn rekonèt se Allah, Trèwo a, ki Seyè a, menm lè yo tap asosye lòt bagay avèk li nan adorasyon an, Allah, Sila a ki Pi Wo a, di konsa:

﴿قُل لِّمَنِ ٱلۡأَرۡضُ وَمَن فِيهَآ إِن كُنتُمۡ تَعۡلَمُونَ 84 سَيَقُولُونَ لِلَّهِۚ قُلۡ أَفَلَا تَذَكَّرُونَ85 قُلۡ مَن رَّبُّ ٱلسَّمَٰوَٰتِ ٱلسَّبۡعِ وَرَبُّ ٱلۡعَرۡشِ ٱلۡعَظِيمِ 86 سَيَقُولُونَ لِلَّهِۚ قُلۡ أَفَلَا تَتَّقُونَ 87 قُلۡ مَنۢ بِيَدِهِۦمَلَكُوتُ كُلِّ شَيۡءٖ وَهُوَ يُجِيرُ وَلَا يُجَارُ عَلَيۡهِ إِن كُنتُمۡ تَعۡلَمُونَ 88 سَيَقُولُونَ لِلَّهِۚ قُلۡ فَأَنَّىٰ تُسۡحَرُونَ 89﴾

84- "Di yo: 'Pou ki moun tè a ye, ak tout sa ki sou li, si nou konnen tout bon vre?'"

85- "Yap reponn: 'Se pou Allah'. Di yo: 'Eb byen, èske nou pa pral kalkile (pou nou sonje sa)?'"

86- "Di yo: 'Kiyès ki Mèt 7 syèl yo ak Mèt gwo Twòn (Arsh) la ki gen anpil pouvwa a?'"

87- "Yap reponn: 'Se pou Allah'. Di yo: 'Eb byen, èske nou pa pral gen krentif pou li?'"

88- "Di yo: 'Kiyès ki gen pouvwa sou tout bagay nan men li, ki bay pwoteksyon epi pèsonn pa ka pwoteje pèsonn kont li, si nou konnen tout bon vre?'"

89- "Yap reponn: 'Se pou Allah'. Di yo: 'Eb byen, kijan nou fè kite yo egare nou konsa? (tankou moun ki anba maji) [Al-Mouminoun: 84-89].

Men sa Allah di tou:

﴿وَلَئِن سَأَلۡتَهُم مَّنۡ خَلَقَ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَ لَيَقُولُنَّ خَلَقَهُنَّ ٱلۡعَزِيزُ ٱلۡعَلِيمُ 9﴾

9- E si ou mande yo kiyès ki te kreye syèl yo ak tè a, sètènman yap di: «Se Toupuisan an, Sila a ki gen tout konesans lan, ki te kreye yo.» [Az-Zukhruf:9].

Men sa Sila a ki sen anpil la di tou:

﴿وَلَئِن سَأَلۡتَهُم مَّنۡ خَلَقَهُمۡ لَيَقُولُنَّ ٱللَّهُۖ فَأَنَّىٰ يُؤۡفَكُونَ 87﴾

87-« Siw ta mande yo kiyès ki te kreye yo, sètènman y'ap reponn se Allah. Ebyen kòman yo fè kite yo detounen yo konsa? » [Az-Zukhruf:87].

Epi, lòd Allah (ki sen an) bay la gen ladanl ni lòd sou Linivè ni lòd sou Lalwa relijye . Menm jan se li menm kap jere tout linivè a, epi kap deside sal vle jan bon konprann li mandel la, se konsa tou, se Li menm kap gouvène nan jan li etabli fason pou moun adorel ak jan pou moun viv ansanm , dapre jan bon konprann Li mande sa. Kidonk, nenpòt moun ki pran yon lòt pou fè lwa nan zafè adorasyon ansanm avèk Allah, Trèwo a, oswa yon lòt jij nan relasyon moun youn ak lòt; li bay Allah asosye, epi lafwa li pa kòrèk.

Twazyèm pwen nan sa lafwa nan Allah gen ladan li : Se poun kwè nan Divinite li , Sa vle di: Poun kwè se li menm sèl ki Allah e tout bon an , Li pa gen okenn asosye. Epi mo (Al-Ilāh) la vle di: (Al-Ma'lūh), ki vle di: (Sèl moun ki merite pou yo adore li) avèk anpil renmen ak respè."

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿وَإِلَٰهُكُمۡ إِلَٰهٞ وَٰحِدٞۖ لَّآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ ٱلرَّحۡمَٰنُ ٱلرَّحِيمُ 163﴾

Senyè toupwisan an nou an se yon sèl Allah. Pa gen lòt dye ki merite adorasyon apa de Li menm sèl, Li menm ki gen yon gwo krentif epi ki gen yon gwo mizèrikòd. [Al-Baqarah:163] Men sa senyè toupwisan di:

﴿شَهِدَ ٱللَّهُ أَنَّهُۥ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةُ وَأُوْلُواْ ٱلۡعِلۡمِ قَآئِمَۢا بِٱلۡقِسۡطِۚ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ ٱلۡعَزِيزُ ٱلۡحَكِيمُ 18﴾

18- Allah bay temwayaj ke pa gen lòt dye ki merite adorasyon apa de Li menm sèl; zanj yo ansanm ak moun ki gen konesans yo (savan yo) bay menm temwayaj sa a tou. Li se Mèt ki kenbe jistis la. Pa gen lòt dye ki merite adorasyon apa de Li menm sèl, Li menm ki gen tout pouvwa a (Al-Azīz), epi ki gen anpil bon konprann (Al-Hakīm). [Al Imran:18], Nenpòt moun ki pran yon lòt dye ansanm ak Allah, epi li adorel nan plas li; adorasyon sa a se yon bagay ki pa vo anyen (ki fo). Men sa senyè ki anwo nan syèl la di:

﴿ذَٰلِكَ بِأَنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلۡحَقُّ وَأَنَّ مَا يَدۡعُونَ مِن دُونِهِۦ هُوَ ٱلۡبَٰطِلُ وَأَنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلۡعَلِيُّ ٱلۡكَبِيرُ 62﴾

62-Sa se paske Allah se Li menm ki Verite a (Al-Haqq), epi tout sa yap adore nan plas li a, se manti (Al-Bāṭil) li ye. Epi, se mèt linivèa a ki anwo nan syèl la (Al-Aliyy), se Li ki pi gran an (Al-Kabīr). [Al-Hadj:62]. Epi, lefètke yo rele yo 'dye', sa pa ba yo dwa pou yo ta gen divinite (pou moun adore yo). Men sa Allah ki anwo nan syèl la te di konsènan (twa zidòl sa yo: )

﴿إِنۡ هِيَ إِلَّآ أَسۡمَآءٞ سَمَّيۡتُمُوهَآ أَنتُمۡ وَءَابَآؤُكُم مَّآ أَنزَلَ ٱللَّهُ بِهَا مِن سُلۡطَٰنٍ...﴾

Se pa anyen ankò pase senp non nou envante (nou rale nan tèt nou), ni nou menm ni zansèt nou yo; Allah pa janm voye okenn prèv (okenn otorite) pou sa. [An-Najm:23].

Epi li te di konsènan pwofèt David (lapè sou li), li te di pèp li a :

﴿...أَتُجَٰدِلُونَنِي فِيٓ أَسۡمَآءٖ سَمَّيۡتُمُوهَآ أَنتُمۡ وَءَابَآؤُكُم مَّا نَزَّلَ ٱللَّهُ بِهَا مِن سُلۡطَٰنٖۚ...﴾

Èske se deba nap fè avèm sou yon seri non ke se nou menm ak zansèt nou yo ki te envante, poutan Allah pa janm desann okenn otorite pou yo? [Al-A'raf:71].

Epi li te di konsènan pwofèt Yousouf (lapè sou li), li te di 2 konpayon prizon li yo:

﴿يَٰصَٰحِبَيِ ٱلسِّجۡنِ ءَأَرۡبَابٞ مُّتَفَرِّقُونَ خَيۡرٌ أَمِ ٱللَّهُ ٱلۡوَٰحِدُ ٱلۡقَهَّارُ 39 مَا تَعۡبُدُونَ مِن دُونِهِۦٓ إِلَّآ أَسۡمَآءٗ سَمَّيۡتُمُوهَآ أَنتُمۡ وَءَابَآؤُكُم مَّآ أَنزَلَ ٱللَّهُ بِهَا مِن سُلۡطَٰنٍ...﴾

O 2 konpayon prizon mwen yo! Èske plizyè chèf (bondye) ki separe pi bon, oubyen sèl Allah, Sa ki gen tout pouvwa a? Sa nap adore nan plas li yo, se pa anyen pase yon bann non nou menm ak zansèt nou yo envante. Allah pa janm bay okenn otorite pou sa.. [Yusuf:39-40].

Epi se pou rezon sa a Mesaje yo, lapè ak benediksyon Allah sou yo, te konn di pèp pa yo:

﴿...ٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ مَا لَكُم مِّنۡ إِلَٰهٍ غَيۡرُهُ...﴾

Adore Allah, pa gen okenn lòt dye pou nou apa Li. [Al-A’raf:59]. Men, moun ki adore lòt dye yo te refize sa. Yo te pran dye nan plas Allah. Yap adore yo ansanm ak senyè toupwisan an ki gen tout glwa ak tout grandè, yap mande yo sekou epi yap kriye nan pye yo pou jwenn delivrans.

Epi senyè toupwisan an te montre jan sa pa valab lè moun sa yo ap pran lòt dye, li fè sa ak 2 prèv ki lojik

Li montre ke nan fo dye sa yo; yo chwazi yo, pa gen anyen nan kalite ki fè yon moun dye tout bon an. Se bèt yo kreye yo ye, yo pa ka kreye anyen. Yo pa ka pote okenn avantaj pou moun kap adore yo, ni yo pa ka pwoteje yo kont okenn malè. Yo pa gen pouvwa sou lavi, ni sou lanmò. Yo pa posede anyen nan syèl la, epi yo pa patisipe nan gouvène li non plis

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿وَٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ ءَالِهَةٗ لَّا يَخۡلُقُونَ شَيۡـٔٗا وَهُمۡ يُخۡلَقُونَ وَلَا يَمۡلِكُونَ لِأَنفُسِهِمۡ ضَرّٗا وَلَا نَفۡعٗا وَلَا يَمۡلِكُونَ مَوۡتٗا وَلَا حَيَوٰةٗ وَلَا نُشُورٗا 3﴾

3- « Men yo pran lòt dye apa li, ki pa kreye anyen poutan se yo menm yo kreye. Yo pa gen pouvwa pou fè tèt yo ni mal ni byen, epi yo pa mèt ni lanmò, ni lavi, ni rezireksyon. » [Al-Furqan:3].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿قُلِ ٱدۡعُواْ ٱلَّذِينَ زَعَمۡتُم مِّن دُونِ ٱللَّهِ لَا يَمۡلِكُونَ مِثۡقَالَ ذَرَّةٖ فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَلَا فِي ٱلۡأَرۡضِ وَمَا لَهُمۡ فِيهِمَا مِن شِرۡكٖ وَمَا لَهُۥ مِنۡهُم مِّن ظَهِيرٖ 22 وَلَا تَنفَعُ ٱلشَّفَٰعَةُ عِندَهُۥٓ إِلَّا لِمَنۡ أَذِنَ لَهُۥ...﴾

Di yo: 'Rele sa nap pretann ki dye nan plas Allah yo! Yo pa posede menm pwa yon ti grenn pousyè, ni nan syèl la, ni sou tè a. Yo pa gen okenn pati nan pouvwa sa yo, epi Allah pa gen okenn asistan nan mitan yo. Okenn lapriyè (entèsèsyon) pa ka sèvi anyen devan li, eksepte pou moun li bay pèmisyon pou sa. [Al-Saba: 22-23].

وقال تعالى: ﴿أَيُشۡرِكُونَ مَا لَا يَخۡلُقُ شَيۡـٔٗا وَهُمۡ يُخۡلَقُونَ 191 وَلَا يَسۡتَطِيعُونَ لَهُمۡ نَصۡرٗا وَلَآ أَنفُسَهُمۡ يَنصُرُونَ 192﴾

1991-Epi li menm ki pi wo a di: «Èske yap asosye ak li sa ki pa kreye anyen, alòske yo menm se kreye yo ye?

192Epi yo pa ka pote okenn sekou pou yo, ni yo pa ka pote sekou pou pwòp tèt pa yo. »

[Al-A'raf:191-192].

Si se konsa sa ye pou dye sa yo, chwazi yo kòm dye se pi gwo betiz ki egziste, epi se yon manti ki pa vo anyen ditou

Dezyèmman: Moun sa yo ki tap adore lòt dye yo , yo te rekonèt se Allah sèlman ki Mèt ak Kreyatè a, se Li menm ki gen pouvwa sou tout sa ki egziste. Se Li ki bay pwoteksyon epi pèsonn pa ka pwoteje okenn moun kont Li. Sa vle di, depi yo rekonèt se Li ki sèl Mèt ki kreye tout bagay , sa te dwe obligatwa pou yo adore Li sèlman . Menm jan Sila a ki egzalte a di:

﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ ٱعۡبُدُواْ رَبَّكُمُ ٱلَّذِي خَلَقَكُمۡ وَٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِكُمۡ لَعَلَّكُمۡ تَتَّقُونَ21 ٱلَّذِي جَعَلَ لَكُمُ ٱلۡأَرۡضَ فِرَٰشٗا وَٱلسَّمَآءَ بِنَآءٗ وَأَنزَلَ مِنَ ٱلسَّمَآءِ مَآءٗ فَأَخۡرَجَ بِهِۦ مِنَ ٱلثَّمَرَٰتِ رِزۡقٗا لَّكُمۡۖ فَلَا تَجۡعَلُواْ لِلَّهِ أَندَادٗا وَأَنتُمۡ تَعۡلَمُونَ 22﴾

21- O nou menm Lèzòm! Adore Mèt nou an, li menm ki te kreye nou ak moun ki te la anvan nou yo, pou nou ka gen krentif pou li. 22- Se li menm ki fè tè a tankou yon tapi anba pye nou, epi ki fè syèl la tankou yon plafon anwo tèt nou. Li fè lapli soti nan syèl la, epi avèk dlo sa a, li fè tout kalite fwi pouse pou nou ka manje. Konsa, pa bay Allah Asosye pandan nou konnen byen se li menm sèl ki kreyatè a. [Al-Baqarah:21-22].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿وَلَئِن سَأَلۡتَهُم مَّنۡ خَلَقَهُمۡ لَيَقُولُنَّ ٱللَّهُۖ فَأَنَّىٰ يُؤۡفَكُونَ 87﴾

87-« E si w ta mande yo kiyès ki te kreye yo, se sèten yo tap di: Allah. Alòs, kòman yo fè detounen konsa? » [Az-Zukhruf:87].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿قُلۡ مَن يَرۡزُقُكُم مِّنَ ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِ أَمَّن يَمۡلِكُ ٱلسَّمۡعَ وَٱلۡأَبۡصَٰرَ وَمَن يُخۡرِجُ ٱلۡحَيَّ مِنَ ٱلۡمَيِّتِ وَيُخۡرِجُ ٱلۡمَيِّتَ مِنَ ٱلۡحَيِّ وَمَن يُدَبِّرُ ٱلۡأَمۡرَۚ فَسَيَقُولُونَ ٱللَّهُۚ فَقُلۡ أَفَلَا تَتَّقُونَ 31 فَذَٰلِكُمُ ٱللَّهُ رَبُّكُمُ ٱلۡحَقُّۖ فَمَاذَا بَعۡدَ ٱلۡحَقِّ إِلَّا ٱلضَّلَٰلُۖ فَأَنَّىٰ تُصۡرَفُونَ32﴾

31-Di yo: 'Kilès kap ban nou manje ki soti nan syèl la ak sou tè a? Oubyen, kilès ki mèt tande ak wè? Kilès ki fè sa ki vivan soti nan sa ki mouri, epi ki fè sa ki mouri soti nan sa ki vivan? Kilès kap dirije tout bagay?' Yap di: 'Se Allah !' Lè sa a, di yo: 'Ebyen, poukisa nou pa gen krentif pou li?'

32-Se Li menm ki Allah senyè toupwisan an,mèt nou an. Apre laverite, kisa ki rete si se pa pèdi chemen ? Kouman nou fè kite yo detounen nou konsa? [Yunus:31-32].

Katriyèm pwen an, pami sa lafwa nan Allah gen ladanl: Kwè nan non li yo ak kalite (atribi) li yo.

"Sa vle di: Aksepte (konfime) non ak kalite Allah yo jan li te dekri tèt Li nan Liv Li a (Koran an), oswa jan Mesaje Li a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te dekri Li nan Sunnah a. Nou dwe fè sa nan yon fason ki diy pou grandè li, san nou pa chanje sans yo, san nou pa anile yo, san nou pa mande 'kouman' yo ye, epi san nou pa konpare yo ak anyen ki egziste. Senyè toupwisan an di:

﴿وَلِلَّهِ ٱلۡأَسۡمَآءُ ٱلۡحُسۡنَىٰ فَٱدۡعُوهُ بِهَاۖ وَذَرُواْ ٱلَّذِينَ يُلۡحِدُونَ فِيٓ أَسۡمَٰٓئِهِۦۚ سَيُجۡزَوۡنَ مَا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ 180﴾

180: Se Allah ki gen pi bèl non yo, donk sèvi ak yo pou nou fè lapriyè. Epi vire do bay moun kap tòde sans non li yo. Yap gen pou yo jwenn rekonpans pou sa yo te konn fè. [Al-A’raf:180]. Men sa senyè toupwisan di:

﴿...وَلَهُ ٱلۡمَثَلُ ٱلۡأَعۡلَىٰ فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِۚ وَهُوَ ٱلۡعَزِيزُ ٱلۡحَكِيمُ﴾

Epi se pou Li sèlman pi gwo deskripsyon (egzanp) ki egziste nan syèl la ak sou tè a. Se Li ki gen tout pouvwa a (Al-Aziz), epi ki gen tout bon konprann nan (Al-Hakim). [Ar-Rum:27] Men sa senyè toupwisan di:

﴿...لَيۡسَ كَمِثۡلِهِۦ شَيۡءٞۖ وَهُوَ ٱلسَّمِيعُ ٱلۡبَصِيرُ﴾

« ... Pa gen anyen ki sanble avèk li, se li menm ki tande tout bagay epi ki wè tout bagay. »

[Ash-Shura:11].

Epi, 2 gwoup te tonbe nan erè sou pwen sa a:

Youn nan yo se: (Al-Mou’attilah) yo, sila yo ki nye Non yo ak Atribi yo, oubyen yon pati ladan yo, sou pretèks ke afime yo pou Allah mennen nan fè konparezon, sa vle di: konpare Allah, Trèwo a, ak kreyati li yo. Epi pretansyon sa a fo; pou plizyè rezon, pami yo genyen:

Premye rezon an

"Premye a : Lide sa ap mennen nan yon bann fo konklizyon; tankou fè Pawòl Allah ki gen tout glwa a gen kontradiksyon ladan li. Sa rive paske senyè toupwisan an konfime pou tèt lip non ak kalite, epi an menm tan, Li deklare pa gen anyen ki tankou Li." E si afime yo tap mennen nan konpare Li ak kreyati yo; ta pral gen kontradiksyon nan pawòl Allah, epi youn tap demanti lòt.

Dezyèm rezon an

"Dezyèmman : Lefèt ke 2 bagay gen menm non oswa menm kalite, sa pa vle di yo se menm bagay ditou (yo pa fòseman sanble). Pa egzanp, ou wè 2 moun ki gen menm non 'moun', tou 2 gen kapasite pou yo tande (samî'), pou yo wè (basîr'), epi pou yo pale (moutakalim'). Men sa pa vle di ke yo sanble nan tande a, wè a, ak pale a, nan jan lèzòm konprann yo.

Ou wè bèt yo gen men, pye ak zye, men se pa paske yo tout gen pwen sa yo an komen ki fè men, pye, ak je pa yo oblije idantik.

Si nou wè gen yon gwo diferans konsa nan mitan kreyati yo, menm lè yo gen menm non oswa menm kalite; ebyen, diferans ki genyen ant Kreyatè a (Allah) ak sa Li kreye yo pi klè epi li pi gran toujou."

Dezyèm gwoup la se: (Mouchabiha yo — moun kap konpare yo), se yo menm ki aksepte non ak kalite Allah yo, men yo konpare senyè toupwisan ak kreyati li yo. Yo pretann se sa tèks yo (Koran ak Sunnah) vle di; paske, daprè yo, Bondye pale ak sèvitè Li yo ak mo yo ka konprann. Pretansyon sa a se yon manti (li pa valab) pou plizyè rezon, pami yo genyen:

Premye pwen an se: lefèt ke Allah ta sanble ak kreyati li yo se yon bagay ke lespri ak lalwa demanti, epi li pa posib pou sa tèks Liv la ak Sounnah la egzije a se yon bagay ki pa vo anyen.

Dezyèm pwen an se: Allah -ki anwo nan syèl la- pale ak sèvitè li yo yon fason pou yo konprann sans fondamantal la. Men, kanta pou vrè reyalite ak esans pwofon sans sa a, sa se pami bagay ke Allah -ki anwo nan syèl la- kenbe konesans yo pou li menm sèl, nan sa ki gen pou wè ak Pwòp Esans li ak kalite li yo.

Kidonk, lè Allah afime pou tèt pa li ke li se Sila ki tande tout bagay la; nou konnen sans fondamantal mo « tande » a (ki se pèsevwa son yo), men, nou pa konnen kijan sa ye toutbon anrapò ak fason Allah (Sila ki merite egzalte a) tande a; paske nati menm aksyon tande sa a diferan menm pami kreyati yo; kidonk, diferans ki genyen nan sa ant Kreyatè a ak kreyati a pi evidan e pi gran toujou.

Epi lè Allah fè konnen konsènan tèt li ke Li moute chita sou twòn li a (Istawa); siyifikasyon mo Istawa a se yon bagay ki koni, men kijan Istawa sa a fèt toutbon an, se yon bagay nou pa konnen lè se pou Allah sou Twòn li an; paske fason aksyon sa a fèt la diferan nèt pou kreyati yo. Fason yon moun chita sou yon chèz ki solid pa menm jan ak fason li chita sou sèl yon chamo ki rèd e ki sovaj. Si gen yon diferans konsa pou yon kreyati, enben, diferans ki genyen nan menm aksyon sa a ant Kreyatè a ak kreyati a pi klè e pi gran toujou.

Lè yon moun gen lafwa nan senyè toupwisan an jan nou sot esplikel la, sa bay kwayan yo yon bann rezilta (fwi) ki bèl anpil, pami yo genyen :

Premye a: Se reyalize tout bon vre Inite Allah Toupisan an (Tawid). Konsa, kwayan an pa mete espwal nan pèsonn lòt pase Allah, li pa pè pèsonn lòt pase Li, epi li pa adore anyen lòt pase Li.

Dezyèm pwen an se: Bay Allah -ki anwo nan syèl la- yon lanmou ak yon egzaltasyon ki pafè, daprè Non li yo ki pi bèl yo, ak Kalite li yo ki elve yo.

Twazyèm pwen an se: Akonpli adorasyonl nan fè sa li te kòmande, epi nan evite sa li te entèdi.

 

Lafwa nan zanj yo

Zanj yo se kreyati ki soti nan yon mond envizib, sèvitè Allah Granmèt la, epi yo pa genyen okenn nan kalite ki fè yon moun se Seyè oubyen Divinite. Allah Granmèt la kreye yo ak limyè, epi Li ba yo yon obeyisans total devan lòd Li, ak fòs pou egzekitel. Allah Granmèt la di:

﴿...وَمَنۡ عِندَهُۥ لَا يَسۡتَكۡبِرُونَ عَنۡ عِبَادَتِهِۦ وَلَا يَسۡتَحۡسِرُونَ 19 يُسَبِّحُونَ ٱلَّيۡلَ وَٱلنَّهَارَ لَا يَفۡتُرُونَ 20

Sila yo ki nan prezans li yo, yo pa janm twò fyè pou adore li, ni yo pa janm bouke. Yo fè lwanj li lannwit ak lajounen san yo pa janm sispann.

[Al-Anbiya: 19-20].

Yo se yon kantite ki tèlman anpil, se Allah sèlman ki konnen konbe yo ye. Sa konfime nan 2 liv ki kòrèk yo (Sahihayn), nan yon hadis Anas (ki pou senyè a kontan avè l) sou istwa Miraj la: Yo te montre Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) Kay ki rele 'Al-Bayt al-Ma'mour' la ki nan syèl la. Chak jou, gen swasanndis mil (70 000) zanj ki antre ladanl pou yo priye. Yon fwa yo soti, yo pa janm tounen ladanl ankò jouk sa kaba.

E kwè nan zanj yo gen ladanl 4 bagay:

Premye a: Se kwe nan egzistans yo.

Dezyèm: Se kwè pa non nan sa yo nou konnen non yo (tankou Jibril), epi se kwè an jeneral nan sa yo nou pa konnen non yo.

Twazyèm pwen an se: Kwè nan kalite zanj yo ke nou konnen, tankou kalite (Jibril); Pwofèt la te enfòme ke li te wèl sou fòm ke yo te kreyel la, e li gen 600 zèl ki te bare tout orizon an.

Epi zanj lan ka chanje an fòm yon gason, pa kòmandman Allah, Sila a ki Pi Wo a, Menm jan sa te rive pou (Jibril) lè Allah te voye li bò kote Maryam; li te parèt devan li tankou yon gason byen fèt. Epi tou, lè li te vin jwenn Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) pandan li te chita nan mitan konpayon li yo. Jibril te vini nan aparans yon gason ki te gen rad sou li ki blan anpil, chevel te nwa anpil, pa te gen okenn tras vwayaj sou li, epi pèsonn nan konpayon yo pa te konnen li. Li te chita devan Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), li te mete jenou le kole ak jenou Pwofèt la, li mete pla menl sou kwis Pwofèt la. Li te poze Pwofèt la keksyon sou : Islam, Lafwa (Iman), Ekselans (Ihsan), ak sou Jou Jijman an ak siy li yo. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn li, epi Jibril pati. Apre sa, Pwofèt la di :

«هَذَا جِبْرِيلُ؛ أَتَاكُمْ يُعَلِّمُكُمْ دِينَكُمْ».

«Se te Jibril; li te vin jwenn nou poul anseye nou relijyon nou an»8

Menm jan an tou, zanj Allah te voye bò kote pwofèt Abraram (Ibrahim) ak pwofèt Lot (Lout) yo, yo te parèt nan aparans gason tou.

Katriyèm eleman nan lafwa nan zanj yo se: kwè nan travay nou konnen yo fè sou kòmandman Allah; tankou fè louwanj pou li, epi adorel lannuit kou lajounen, san yo pa janm bouke, ni fatige.

Epi, gen kèk nan yo ki ka genyen zèv pa yo ki patikilye.

Tankou: Jibril, gadyen revelasyon Allah la, se li Allah voye avèl bay Pwofèt yo ak Mesaje yo.

E menm jan ak Mikaïl: li se sila ki responsab pou lapli ak plant yo.

Tankou: Israfîl, ki gen misyon pou li soufle nan Twonpèt la lè Jou Jijman an rive, epi poul resisite kreyati yo.

Epi kòm egzanp: zanj lanmò a, sila ki gen misyon pou sezi nanm yo nan moman lanmò.

Tankou: Malik: ki se responsab Dife a, e se li ki gadyen Dife a.

Men yon egzanp: zanj yo ki gen responsabilite pou tibebe ki nan vant yo. Lè yon moun fin fè 4 mwa nan vant manman li, Allah voye yon zanj kot li epi li ba li lòd pou li ekri manje li, dat lanmò li, zèv li yo, epi si l'ap yon moun ki gen malè oswa yon moun ki byennere.

Menm jan ak zanj yo ki gen responsabilite pou konsève zèv pitit Adan yo epi ekri yo: pou chak moun gen 2 zanj, youn sou bò dwat e lòt la sou bò gòch.

Pa egzanp: zanj yo ki gen responsabilite pou poze moun ki mouri a kesyon lè yo fin metel nan tonbo li; 2 zanj vini kotel, epi yo pozel kesyon sou Mèt li, relijyon li, ak Pwofèt li.

Epi, lafwa nan zanj yo bay gwo benefis, tankou :

Premye pwen an se: Konesans sou grandè, pouvwa, ak otorite Allah ki anwo nan syèl la; paske grandè kreyati a montre grandè Kreyatè a.

Dezyèm: Se remèsye Allah Granmèt la pou swen li gen pou pitit Adan yo; paske li bay kèk nan zanj sa yo travay pou yo pwoteje yo, ekri zèv yo, epi okipe lòt bagay ankò ki nan enterè yo.

Twazyèm pwen an se: Renmen zanj yo pou fason yo adore Allah .

Epi, gen yon gwoup moun ki devye ki te nye lefèt ke zanj yo genyen yon kò, epi yo di: 'Yo se sèlman fòs byen ki kache nan kreyati yo.' Sa se yon demanti pou Liv Allah ki gen tout pouvwa a, pou Sounnah Pwofèt li a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ak pou konsansis Mizilman yo.

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿ٱلۡحَمۡدُ لِلَّهِ فَاطِرِ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِ جَاعِلِ ٱلۡمَلَٰٓئِكَةِ رُسُلًا أُوْلِيٓ أَجۡنِحَةٖ مَّثۡنَىٰ وَثُلَٰثَ وَرُبَٰعَ...﴾

Tout lwanj (remèsiman ak glwa) se pou Allah, li menm ki kreye syèl yo ak latè, ki fè zanj yo tounen mesaje ki gen zèl 2 pa 2 , 3 pa 3, ak 4 pa 4. [Fatir:1].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿وَلَوۡ تَرَىٰٓ إِذۡ يَتَوَفَّى ٱلَّذِينَ كَفَرُواْ ٱلۡمَلَٰٓئِكَةُ يَضۡرِبُونَ وُجُوهَهُمۡ وَأَدۡبَٰرَهُم...﴾

Si ou te ka wè lè zanj yo ap pran nanm moun ki te san lafwa yo (ki te voye verite a jete), jan yap bat figi yo ak do yo [Al-Anfal:50].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿...وَلَوۡ تَرَىٰٓ إِذِ ٱلظَّٰلِمُونَ فِي غَمَرَٰتِ ٱلۡمَوۡتِ وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةُ بَاسِطُوٓاْ أَيۡدِيهِمۡ أَخۡرِجُوٓاْ أَنفُسَكُمُ...﴾

Si ou te ka wè lè mechan yo nan gwo soufrans lanmò, epi zanj yo lonje men yo sou yo, yap di yo: 'Fè nanm nou soti! [Al-An‘ām:93].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿...حَتَّىٰٓ إِذَا فُزِّعَ عَن قُلُوبِهِمۡ قَالُواْ مَاذَا قَالَ رَبُّكُمۡۖ قَالُواْ ٱلۡحَقَّۖ وَهُوَ ٱلۡعَلِيُّ ٱلۡكَبِيرُ﴾

..Jous tan laperèz la kite kè yo, y ap mande youn lòt: 'Kisa Mèt nou an te di?' Yo reponn: 'Li di laverite!' Epi se Li menm ki anwo nèt nan syèl la (Al-Aliy), se Li ki pi Gran an (Al-Kabir).

[As-Saba: 23].

Epi li di konsènan moun ki nan Paradi yo:

﴿...وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةُ يَدۡخُلُونَ عَلَيۡهِم مِّن كُلِّ بَابٖ 23 سَلَٰمٌ عَلَيۡكُم بِمَا صَبَرۡتُمۡۚ فَنِعۡمَ عُقۡبَى ٱلدَّارِ 24

...epi zanj yo ap antre sou yo nan tout pòt yo, epi yap di: 'Lapè sou nou poutèt nou te pran pasyans.' Ala yon bèl kote pou moun fini [Ar-Ra‘d:23-24].

Epi nan Sahih Al-Bukhari, bò kote Abu Hurayrah (ke Allah satisfè de li), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«إِذَا أَحَبَّ اللَّهُ الْعَبْدَ نَادَى جِبْرِيلَ: إِنَّ اللَّهَ يُحِبُّ فُلَانًا فَأَحْبِبْهُ، فَيُحِبُّهُ جِبْرِيلُ، فَيُنَادِي جِبْرِيلُ فِي أَهْلِ السَّمَاءِ: إِنَّ اللَّهَ يُحِبُّ فُلَانًا فَأَحِبُّوهُ، فَيُحِبُّهُ أَهْلُ السَّمَاءِ، ثُمَّ يُوضَعُ لَهُ الْقَبُولُ فِي الْأَرْضِ».

Lè Allah renmen yon sèvitè, Li rele Jibril epi Li dil: ' senyè toupwisan an renmen entèl (moun sa a), donk se pou ou renmenl tou.' Konsa, Jibril vin renmen moun sa a. Apre sa, Jibril fè yon anonse nan mitan tout moun ki nan syèl la (zanj yo), li di yo: Allah renmen entèl, donk se pou nou tout renmenl' Lè sa a, tout moun nan syèl la vin renmen moun sa a. Apre sa, Allah fè moun sou tè a aksepte moun sa a epi renmenl tou.9

Epi ladanl tou, bò kote Abou Houreira (ke Allah satisfè de li), li te di: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«إِذَا كَانَ يَوْمُ الْجُمُعَةِ كَانَ عَلَى كُلِّ بَابٍ مِنْ أَبْوَابِ الْمَسْجِدِ الْمَلَائِكَةُ يَكْتُبُونَ الْأَوَّلَ فَالْأَوَّلَ، فَإِذَا جَلَسَ الْإِمَامُ طَوَوْا الصُّحُفَ وَجَاءُوا يَسْتَمِعُونَ الذِّكْرَ».

«Lè jou Vandredi a rive, zanj yo kanpe nan chak pòt moske a, yap ekri non moun yo nan lòd yo rive a. Lè imam nan chita, yo fèmen rejis yo epi yo vini pou yo koute rapèl la»10

Tèks sa yo montre klèman ke zanj yo se kreyati ki gen kò, se pa yon fòs espirityèl, jan moun ki te devye yo di a. Epi, se sou baz tèks sa yo tout Mizilman yo rive jwenn yon konsansis.

 

Kwè nan Liv yo

Liv yo (Koutoub): Se fòm pliryèl mo 'Liv' (Kitab), ki vle di yon bagay ki ekri (Maktoub).

Sa nou vle di la a se: Liv Allah senyè toupwisan an te voye desann bay mesaje Li yo kòm yon fòm mizèrikòd pou tout kreyati yo, epi kòm yon gid pou yo; konsa, ya kapab jwenn bonè nan lavi sou tè sa a ak nan lavi kap vini an (lavi aprè lanmò).

E kwè nan Liv yo gen ladanl 4 pwen:

Premye a se: Kwè ke li vrèman desann soti bò kote Allah.

Dezyèm: Se kwè nan Liv sa yo nou konnen non yo, pa non yo menm: tankou Koran an ki te voye bay Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak Tora a ki te voye bay Moyiz (ke lapè ak benediksyon Allah sou li). Ak Labib la ki te voye desann bay Jezi (lapè ak benediksyon Allah sou li). Epi Sòm yo, ke Allah te bay David(se pou lapè ak benediksyon Allah sou li). E kanta pou sila yo nou pa konnen non yo, nou gen lafwa nan yo an jeneral.

Twazyèm : Sètifye enfòmasyon otantik ki ladan yo, tankou enfòmasyon ki nan Koran an, ak enfòmasyon ki nan Liv anvan yo ki pa te chanje oswa defòme.

Katriyèm: Se mete an pratik règleman ki pa anile ladan yo, epi se akseptel epi soumèt devanl, kit nou konprann sajès li, kit nou pa konprann li, epi tout Liv ki te vini anvan yo anile pa Koran an, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿وَأَنزَلۡنَآ إِلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ مُصَدِّقٗا لِّمَا بَيۡنَ يَدَيۡهِ مِنَ ٱلۡكِتَٰبِ وَمُهَيۡمِنًا عَلَيۡهِ...﴾

Epi Nou voye Liv la (Koran an) desann ba ou ak tout laverite, pou li konfime sa ki te la anvanl nan Liv yo, epi poul sèvi kòm yon temwen (ak yon pwoteksyon) sou yo [Al-Ma'idah:48] Sa vle di: Kòm yon jij sou yo (kap pase yo lòd)

Konsa, li pa pèmèt pou nou aplike okenn kòmandman ki soti nan liv ki te la anvan yo, esepte sa ki kòrèk ladan yo epi Koran an apwouvel.

Epi kwè nan Liv yo bay gwo benefis, tankou :

Premye pwen an se: Konesans sou swen Allah Granmèt la pou sèvitè li yo: Li te voye yon Liv pou chak pèp pou gide yo avèk li.

Dezyèm: Konesans sou sajès Allah, Trè Wo a, nan lalwal; etandone li te preskri pou chak pèp sa ki apwopriye pou kondisyon yo, Menm jan Allah ki gen tout pouvwa a di:

﴿...لِكُلّٖ جَعَلۡنَا مِنكُمۡ شِرۡعَةٗ وَمِنۡهَاجٗا...﴾

Pou nou chak, Nou te etabli yon lwa ak yon chemen klè. [Al-Ma'idah:48].

Twazyèm pwen an se: Remèsye Allah pou byenfè sa a.

 

Kwè nan mesaje yo

Mesaje yo (Rousoul): Se fòm pliryèl mo 'Mesaje' (Rasoul), ki vle di: (Moun yo voye a), sa vle di yon moun yo voye pou lal transmèt (pote) yon mesaj.

Sa yo vle di la a se: yon moun yo te revele yon lwa ba li, epi yo te ba li lòd pou li transmèt li.

E premye nan mesaje yo se Noé ke lapè sou li, epi dènye nan yo se Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li).

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿ إِنَّآ أَوۡحَيۡنَآ إِلَيۡكَ كَمَآ أَوۡحَيۡنَآ إِلَىٰ نُوحٖ وَٱلنَّبِيِّـۧنَ مِنۢ بَعۡدِهِ...﴾

Anverite Nou te revele ba ou menm jan nou te revele bay Noé ak pwofèt yo apre li. [An-Nisa:163].

Epi nan Sahih al-Bukhari, soti nan Anas ibn Malik — se pou Allah kontan avèk li— nan Hadith entèsesyon an, ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):

«ذُكِرَ أَنَّ النَّاسَ يَأْتُونَ إِلَى آدَمَ؛ لِيَشْفَعَ لَهُمْ، فَيَعْتَذِرُ إِلَيْهِمْ وَيَقُولُ: ائْتُوا نُوحًا أَوَّلَ رَسُولٍ بَعَثَهُ اللَّهُ» وذكر تمام الحديث.

«Yo rapòte ke moun yo ap vin jwenn Adan; pou li entèsede pou yo, lap eskizel bò kote yo epi lap di: Ale jwenn Noé, premye Mesaje Allah te voye a» Epi li mansyone rès hadith la11.

Epi Allah ki gen tout pouvwa a di sou Muhammad, (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li):

﴿مَّا كَانَ مُحَمَّدٌ أَبَآ أَحَدٖ مِّن رِّجَالِكُمۡ وَلَٰكِن رَّسُولَ ٱللَّهِ وَخَاتَمَ ٱلنَّبِيِّـۧنَ...﴾

Muhammad pa papa okenn gason nan mitan nou, men li se Mesaje Allah epi li se Dènye tout pwofèt yo. [Al-Ahzab].

Pa gen yon nasyon ki te rete san yon Mesaje ke Allah, Sila a ki Pi Wo a, te voye bay pèp li a ak yon lalwa ki endepandan, oubyen yon pwofèt yo te revelel lalwa sila ki te anvanl lan poul te ka renouvlel. Allah, Sila a ki Pi Wo a, di:

﴿وَلَقَدۡ بَعَثۡنَا فِي كُلِّ أُمَّةٖ رَّسُولًا أَنِ ٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ وَٱجۡتَنِبُواْ ٱلطَّٰغُوتَ...﴾

Anverite nou te voye yon Mesaje nan chak nasyon pou di: Adore Allah epi evite fo divinite yo Sourat An-Nahl (vèsè 36)

Men sa senyè toupwisan di:

﴿...وَإِن مِّنۡ أُمَّةٍ إِلَّا خَلَا فِيهَا نَذِيرٞ﴾

Pa gen okenn pèp (nasyon) ki te egziste san yon avèti (yon moun pou ba yo mesaj Allah a) pat pase nan mitan yo. [Fatir: 24].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿إِنَّآ أَنزَلۡنَا ٱلتَّوۡرَىٰةَ فِيهَا هُدٗى وَنُورٞۚ يَحۡكُمُ بِهَا ٱلنَّبِيُّونَ ٱلَّذِينَ أَسۡلَمُواْ لِلَّذِينَ هَادُواْ...﴾

Se Nou menm ki te voye Tora a desann; li gen yon gid ak yon limyè ladanl. Se ak li pwofèt yo — ki te soumèt tèt yo devan Allah — te konn jije pou moun jwif yo. [Al-Ma'idah:44].

Mesaje yo se moun ki kreye, yo pa gen okenn nan kalite ki se pou Allah sèlman, ni nan nivo kreyasyon ni nan nivo adorasyon. Allah Toupwisan an te di sou Pwofèt li a Muhammad, ki se chèf tout Mesaje yo, epi ki gen pi gwo pozisyon devan Allah:

﴿قُل لَّآ أَمۡلِكُ لِنَفۡسِي نَفۡعٗا وَلَا ضَرًّا إِلَّا مَا شَآءَ ٱللَّهُۚ وَلَوۡ كُنتُ أَعۡلَمُ ٱلۡغَيۡبَ لَٱسۡتَكۡثَرۡتُ مِنَ ٱلۡخَيۡرِ وَمَا مَسَّنِيَ ٱلسُّوٓءُۚ إِنۡ أَنَا۠ إِلَّا نَذِيرٞ وَبَشِيرٞ لِّقَوۡمٖ يُؤۡمِنُونَ 188﴾

188- Di yo: 'Mwen pa gen okenn pouvwa poum fè tèt mwen ni byen, ni mal, sof sa Allah vle. Si mwen te konnen sa ki kache (lavni), mwen tap ranmase yon pakèt byen pou tèt mwen, epi okenn malè pa tap janm rive mwen. Mwen pa anyen lòt pase yon moun kap avèti moun ak yon moun kap pote bòn nouvèl pou yon pèp ki gen lafwa. [Al-A’raf:188] .

Men sa senyè toupwisan di:

﴿قُلۡ إِنِّي لَآ أَمۡلِكُ لَكُمۡ ضَرّٗا وَلَا رَشَدٗا 21 قُلۡ إِنِّي لَن يُجِيرَنِي مِنَ ٱللَّهِ أَحَدٞ وَلَنۡ أَجِدَ مِن دُونِهِۦ مُلۡتَحَدًا 22﴾

21 : Di: Anverite, mwen pa gen okenn pouvwa pou pote ni malè pou nou, ni okenn gidans. 22 : Di: Anverite, pèsonn pap janm ka pwotejem kont Allah, epi mwen pap janm jwenn okenn refij lòt pase Li. [Sourat Al-Jinn, vèsè 21-22]

Epi karakteristik lèzòm yo atache ak yo: tankou maladi, lanmò, bezwen pou manje ak bwè, ak lòt bagay ankò. Allah Granmèt la te di konsènan Abraram — se pou lapè ak benediksyon Allah sou li — lè li tap dekri Senyè li a, Granmèt la:

﴿وَٱلَّذِي هُوَ يُطۡعِمُنِي وَيَسۡقِينِ 79 وَإِذَا مَرِضۡتُ فَهُوَ يَشۡفِينِ 80 وَٱلَّذِي يُمِيتُنِي ثُمَّ يُحۡيِينِ 81﴾

79 : Se li menm ki banm manje epi banm bwè. 80 : Epi lè mwen malad, se li menm ki gerim. 81 : Epi se li menm ki gen pou fè mwen mouri, apre sa la fè mwen reviv. Sourat Ash-Shu‘arā’ vèsè 79 a 81.

Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«إِنَّمَا أَنَا بَشَرٌ مِثْلُكُمْ، أَنْسَى كَمَا تَنْسَوْنَ، فَإِذَا نَسِيتُ فَذَكِّرُونِي».

«Mwen se sèlman yon moun tankou nou, mwen bliye menm jan nou bliye, epi si mwen bliye, fèm sonje».12

Epi Allah Granmèt la te dekri yo kòm sèvitè Li nan pi wo pozisyon yo, epi pandan li tap fè lwanj pou yo; Men sa senyè toupwisan di konsènan Noé, se pou lapè ak benediksyon Allah sou li:

﴿...إِنَّهُۥ كَانَ عَبۡدٗا شَكُورٗا﴾

...Anverite, li te yon sèvitè ki te konn remèsye anpil. [Al-Isrâ':3], Epi pou Mouhammad, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

﴿تَبَارَكَ ٱلَّذِي نَزَّلَ ٱلۡفُرۡقَانَ عَلَىٰ عَبۡدِهِۦ لِيَكُونَ لِلۡعَٰلَمِينَ نَذِيرًا 1﴾

1: Lwanj ak benediksyon pou Sila a (Allah ) ki voye Kritè a (Koran an) desann bay sèvitè Li a, pou li kapab sèvi kòm yon avètisman pou tout linivè a [Al-Furqan:1].

Epi li di konsènan Abraham, Izarak, ak Jakòb, (ke lapè ak benediksyon Allah sou yo):

﴿وَٱذۡكُرۡ عِبَٰدَنَآ إِبۡرَٰهِيمَ وَإِسۡحَٰقَ وَيَعۡقُوبَ أُوْلِي ٱلۡأَيۡدِي وَٱلۡأَبۡصَٰرِ 45 إِنَّآ أَخۡلَصۡنَٰهُم بِخَالِصَةٖ ذِكۡرَى ٱلدَّارِ 46 وَإِنَّهُمۡ عِندَنَا لَمِنَ ٱلۡمُصۡطَفَيۡنَ ٱلۡأَخۡيَارِ 47﴾

Epi sonje sèvitè Nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, yo menm ki te gen fòs ak klèvwayans. Anverite, Nou te ba yo yon kalite espesyal ki te fè yo toujou ap sonje Dènye Kay la (lavi apre lanmò a). Epi anverite, bò kote Nou, yo fè pati moun Nou chwazi ki pi bon yo. [Sad: 45-47].

Epi li di sou Issa(Jezi) pitit gason Maryam:

﴿إِنۡ هُوَ إِلَّا عَبۡدٌ أَنۡعَمۡنَا عَلَيۡهِ وَجَعَلۡنَٰهُ مَثَلٗا لِّبَنِيٓ إِسۡرَٰٓءِيلَ 59﴾

59: Li se sèlman yon sèvitè Nou te fè favè sou li, e Nou te fè li tounen yon egzanp pou pitit Izrayèl yo. [Az-Zukhruf:59].

Epi kwè nan mesaje yo gen ladanl 4 bagay:

Premye a: Kwè ke mesaj yo a se yon verite ki soti bò kote Allah; nenpòt moun ki rejte mesaj youn nan pwofèt sa yo, se tankou li rejte yo tout nèt. Kòm Allah ki gen tout pouvwa a di:

﴿كَذَّبَتۡ قَوۡمُ نُوحٍ ٱلۡمُرۡسَلِينَ 105﴾

« Pèp Noé a te demanti Mesaje yo. » [Ash-Shu'ara: 105] Se konsa Allah konsidere yo (pèp Noé a) tankou moun ki te voye tout mesaje yo jete (ki pat kwè nan yo), menmsi nan moman yo tap nyel la, patko gen okenn lòt mesaje ki te parèt anvan li. Dapre lojik sa a, moun ki kretyen yo, depi yo voye Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li) jete epi yo pa swiv li, yo konsidere tou kòm moun ki pa kwè nan Mesi a (Jezi), pitit Maryam, epi yo pa swiv li non plis. Surtout lè nou konnen Jezi te anonse yo bòn nouvèl ke Muhammad gen pou li vini. Pa gen okenn lòt sans nan anonse bòn nouvèl sa a, si se pa paske Muhammad se yon mesaje yo voye ba yo tou, pou Allah ka sove yo nan move chemen epi gide yo nan chemen ki dwat la.

Dezyèmman: Kwè nan sila yo pami yo ke nou konnen non yo, pa non yo menm, tankou: Mouhammad, Abraram, Moyiz, Jezi, ak Noe — se pou lapè ak benediksyon Allah sou yo — Epi senk 5 mesaje sa yo, se yo menm yo rele 'Ouloul Azm' (Mesaje ki gen plis detèminasyon ak pasyans yo). Senyè toupwisan an te mansyone yo nan 2 kote nan Koran an; premye kote a se nan pawòl Li sa a:

﴿وَإِذۡ أَخَذۡنَا مِنَ ٱلنَّبِيِّـۧنَ مِيثَٰقَهُمۡ وَمِنكَ وَمِن نُّوحٖ وَإِبۡرَٰهِيمَ وَمُوسَىٰ وَعِيسَى ٱبۡنِ مَرۡيَمَۖ وَأَخَذۡنَا مِنۡهُم مِّيثَٰقًا غَلِيظٗا 7﴾

Epi lè Nou te pran angajman (kontra) pwofèt yo: Nou te pran paw la, ak pa Noé ak pa Ibrahim, ak pa Moyiz epi ak pa Jezi pitit Marie a. Nou te pran nan men yo yon angajman ki solid (ki gen anpil pwa). [Al-Ahzab:7]. Epi pawòl li:

﴿شَرَعَ لَكُم مِّنَ ٱلدِّينِ مَا وَصَّىٰ بِهِۦ نُوحٗا وَٱلَّذِيٓ أَوۡحَيۡنَآ إِلَيۡكَ وَمَا وَصَّيۡنَا بِهِۦٓ إِبۡرَٰهِيمَ وَمُوسَىٰ وَعِيسَىٰٓۖ أَنۡ أَقِيمُواْ ٱلدِّينَ وَلَا تَتَفَرَّقُواْ فِيهِۚ كَبُرَ عَلَى ٱلۡمُشۡرِكِينَ مَا تَدۡعُوهُمۡ إِلَيۡهِۚ ٱللَّهُ يَجۡتَبِيٓ إِلَيۡهِ مَن يَشَآءُ وَيَهۡدِيٓ إِلَيۡهِ مَن يُنِيبُ 13﴾

13- Li te preskri pou nou nan relijyon an menm sa Li te kòmande Noé a, ansanm ak sa nou te revele ba ou a, epi sa nou te kòmande bay Abraram, Moyiz ak Jezi: 'Kenbe relijyon an kanpe, epi pa divize sou li.' Apèl ou fè ba yo a, li parèt twò gwo pou moun kap bay Allah asosye yo. Allah chwazi moun Li vle pou vin jwenn Li, epi Li gide sila ki tounen vin jwenn li. [Ash-Shura:13].

Epi kanta pou sila yo pami yo nou pa konnen non yo, nou kwè nan yo yon fason jeneral. Allah ki gen tout pouvwa a di:

﴿وَلَقَدۡ أَرۡسَلۡنَا رُسُلٗا مِّن قَبۡلِكَ مِنۡهُم مَّن قَصَصۡنَا عَلَيۡكَ وَمِنۡهُم مَّن لَّمۡ نَقۡصُصۡ عَلَيۡكَۗ...﴾

Epi nou te voye anpil mesaje anvan ou. Gen ladan yo Nou te rakonte ou istwa yo, epi gen ladan yo Nou pat rakonte ou istwa yo [Ghafir:78].

Twazyèm pwen an: Aksepte kòm verite (kwè san dout) tout enfòmasyon ki kòrèk nou resevwa konsènan sa ki te rive yo (istwa yo)

Katriyèm: Aji daprè lalwa sila a li te voye pou nou pami yo a, e li se dènye pami yo, Mouhammad (benediksyon ak lapè Allah sou li), li menm ki te voye pou tout moun. Allah (ki pi Wo a) di:

﴿فَلَا وَرَبِّكَ لَا يُؤۡمِنُونَ حَتَّىٰ يُحَكِّمُوكَ فِيمَا شَجَرَ بَيۡنَهُمۡ ثُمَّ لَا يَجِدُواْ فِيٓ أَنفُسِهِمۡ حَرَجٗا مِّمَّا قَضَيۡتَ وَيُسَلِّمُواْ تَسۡلِيمٗا 65﴾

65-Non! Mwen fè sèman sou non Mèt ou a (Allah), yo pa gen lafwa toutotan yo pa pran ou (Pwofèt la) kòm jij nan sa kap divize yo a, epi apre sa, pou yo pa santi okenn jèn nan kè yo pou sa ou deside a, epi pou yo soumèt yo nèt ale. [An-Nisa:65].

Kwè nan mesaje yo (pwofèt yo) gen gwo benefis ladanl, tankou :

Premye a: Konnen jan senyè toupwisan an gen mizèrikòd (bon kè) ak jan li pran swen sèvitè li yo; paske Li te voye mesaje ba yo pou gide yo nan chemen Allah, epi pou montre yo kijan pou yo adorel, Paske entèlijans lèzòm (lespri moun) pa ka rive konnen sa pou kont li.

Dezyèm: Se remèsye Allah pou pi gwo favè sa a.

Twazyèm pwen an se: Renmen mesaje yo, onore yo, epi fè lwanj pou yo nan fason ki merite yo; paske yo se mesaje Allah, epi paske yo te kanpe fèm nan adorel, nan transmèt mesaj li a, ak nan bay sèvitèl yo bon konsèy.

Moun ki te gen tèt di yo te trete mesaje yo tankou moun kap bay manti, paske yo te pretann mesaje Allah Toupwisan an pa ka moun menm jan ak yo! Allah te mansyone pretansyon sa a, epi li montre jan sa pa gen sans nan pawòl li sa a

﴿وَمَا مَنَعَ ٱلنَّاسَ أَن يُؤۡمِنُوٓاْ إِذۡ جَآءَهُمُ ٱلۡهُدَىٰٓ إِلَّآ أَن قَالُوٓاْ أَبَعَثَ ٱللَّهُ بَشَرٗا رَّسُولٗا94 قُل لَّوۡ كَانَ فِي ٱلۡأَرۡضِ مَلَٰٓئِكَةٞ يَمۡشُونَ مُطۡمَئِنِّينَ لَنَزَّلۡنَا عَلَيۡهِم مِّنَ ٱلسَّمَآءِ مَلَكٗا رَّسُولٗا 95﴾

Sèl sa ki te anpeche moun yo kwè lè gid la (verite a) te vini jwenn yo, se paske yo tap di: 'Èske se yon moun Allah voye kòm mesaje?' Di yo: 'Si te gen zanj sou tè a kap mache ak kè poze, Nou ta voye yon zanj soti nan syèl la desann ba yo kòm mesaje.

[Al-Isra:94-95].

Se konsa, Allah Granmèt la demanti pretansyon sa a: fòk Mesaje a se yon moun; paske se pou moun ki sou tè a li te voye, e yo menm se moun yo ye. E si moun ki sou tè a te zanj, Allah tap fè desann yon zanj kòm mesaje sot nan syèl la pou yo, pou li te ka menm jan ak yo. Epi se konsa Allah ki gen tout pouvwa a te rakonte konsènan moun ki demanti Mesaje yo, ke yo te di:

﴿...إِنۡ أَنتُمۡ إِلَّا بَشَرٞ مِّثۡلُنَا تُرِيدُونَ أَن تَصُدُّونَا عَمَّا كَانَ يَعۡبُدُ ءَابَآؤُنَا فَأۡتُونَا بِسُلۡطَٰنٖ مُّبِينٖ 10 قَالَتۡ لَهُمۡ رُسُلُهُمۡ إِن نَّحۡنُ إِلَّا بَشَرٞ مِّثۡلُكُمۡ وَلَٰكِنَّ ٱللَّهَ يَمُنُّ عَلَىٰ مَن يَشَآءُ مِنۡ عِبَادِهِۦۖ وَمَا كَانَ لَنَآ أَن نَّأۡتِيَكُم بِسُلۡطَٰنٍ إِلَّا بِإِذۡنِ ٱللَّهِ...﴾

«...Nou se sèlman moun menm jan ak nou, nou vle detounen nou de sa zansèt nou yo te konn adore. Enben, pote yon prèv ki klè pou nou.» Mesaje yo te di yo: «Nou se sèlman moun menm jan ak nou vre, men se Allah ki bay moun li vle pami sèvitè li yo favè li. Epi se pa nou menm ki gen pouvwa pou nou pote yon prèv pou nou si se pa avèk pèmisyon Allah...» [Ibrahim:10-11].

 

Lafwa nan Jou Dènye a (Jou Jijman an)

Jou Dènye a: Se Jou Resirèksyon an (Jou Jijman an), kote Allah ap fè tout moun leve soti vivan pou yo rann kont pou sa yo te fè epi pou yo resevwa rekonpans oswa pinisyon yo.

Yo rele li konsa paske pa gen okenn lòt jou apre li; se lè sa a moun ki pou Paradi yo pral enstale yo nèt nan kay yo, epi moun ki pou Lanfè yo pral enstale yo nèt nan plas pa yo

Lafwa nan Jou Dènye a gen 3 pwen prensipal ladan li.

Premye a: Kwè nan rezirèksyon an: sa se lè yap fè moun ki mouri yo leve vivan, lè yap soufle nan twonpèt la pou dezyèm fwa a; lè sa a, tout moun ap kanpe devan Mèt tout mond yo, pye atè, san soulye, toutouni, san rad sou yo, san sikonsi. Allah, Sila ki Egzalte a, di:

﴿...كَمَا بَدَأۡنَآ أَوَّلَ خَلۡقٖ نُّعِيدُهُۥۚ وَعۡدًا عَلَيۡنَآۚ إِنَّا كُنَّا فَٰعِلِينَ﴾

...menm jan Nou te kòmanse premye kreyasyon an, se konsa Nou pral fè li tounen ankò. Se yon pwomès ki soti bò kote nou; anverite, se sèten nou pral akonplil. [Al-Anbiya: 104].

Epi Rezirèksyon an se yon verite ki fèm, epi prèv pou sa se Liv la (Koran an), Sunnah a, epi konsansis Mizilman yo.

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿ثُمَّ إِنَّكُم بَعۡدَ ذَٰلِكَ لَمَيِّتُونَ 15 ثُمَّ إِنَّكُمۡ يَوۡمَ ٱلۡقِيَٰمَةِ تُبۡعَثُونَ 16﴾

15: Apre sa, an verite, nou gen pou nou mouri toutbon. 16: Apre sa, an verite, nan jou Rezirèksyon an, nap gen pou nou resisite. [Al-Mu’minun: 15-16].

Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«يُحْشَرُ النَّاسُ يَوْمَ الْقِيَامَةِ حُفَاةً عُرَاةً غُرْلًا».

«Moun yo gen pou yo rasanble nan Jou Jijman an, pye atè, toutouni, epi san sikonsizyon»13 Tout moun tonbe dakò sou verite li.

Tout Mizilman yo dakò nèt ale sou verite sa a (Resirèksyon an). Epi se sa menm lojik ak bon konprann (Sajès) mande; paske sajès Allah mande pou kreyati sa yo gen yon kote pou yo retounen, kote Allah ap ba yo rekonpans oswa pinisyon pou jan yo te swiv lalwa Li te voye nan men mesaje Li yo. Senyè toupwisan an di:

﴿أَفَحَسِبۡتُمۡ أَنَّمَا خَلَقۡنَٰكُمۡ عَبَثٗا وَأَنَّكُمۡ إِلَيۡنَا لَا تُرۡجَعُونَ 115﴾

« Èske nou te panse nou te kreye nou konsa konsa pou granmesi (san rezon), epi nou patap tounen vin jwenn nou ankò? » [Al-Mouminoun: 115] Epi li te di Pwofèt li a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):

﴿إِنَّ ٱلَّذِي فَرَضَ عَلَيۡكَ ٱلۡقُرۡءَانَ لَرَآدُّكَ إِلَىٰ مَعَادٖ...﴾

Sètènman, Sila a ki te ba ou lòd pouw swiv Koran an epi transmèt li a, ap fè ou tounen kote ou dwe retounen an. [Al-Qasas:85].

Dezyèm: Kwè nan jijman an ak rekonpans lan: yap jije sèvitè a daprè zèv li, epi yap rekonpansel pou yo. E prèv pou sa se Koran an, Sounnah a, ak konsantman tout Mizilman yo.

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿إِنَّ إِلَيۡنَآ إِيَابَهُمۡ 25 ثُمَّ إِنَّ عَلَيۡنَا حِسَابَهُم 26﴾

25-Sètènman, se bò kote Nou yap tounen.26- Epi apre sa, se Nou menm ki gen pou jije yo (fè kontablite zak yo). [Al-Ghashiyah: 25-26] Men sa senyè toupwisan di:

﴿مَن جَآءَ بِٱلۡحَسَنَةِ فَلَهُۥ عَشۡرُ أَمۡثَالِهَاۖ وَمَن جَآءَ بِٱلسَّيِّئَةِ فَلَا يُجۡزَىٰٓ إِلَّا مِثۡلَهَا وَهُمۡ لَا يُظۡلَمُونَ 160﴾

160- Moun ki vini ak yon bon aksyon, li gen pou li 10 fwa parèy li. Epi, moun ki vini ak yon move aksyon, li pap jwenn rekonpans sof pou sa ki egal avèl, epi yo pap sibi okenn enjistis. Sourat Al-An‘ām. Vèsè 160 Men sa senyè toupwisan di:

﴿وَنَضَعُ ٱلۡمَوَٰزِينَ ٱلۡقِسۡطَ لِيَوۡمِ ٱلۡقِيَٰمَةِ فَلَا تُظۡلَمُ نَفۡسٞ شَيۡـٔٗاۖ وَإِن كَانَ مِثۡقَالَ حَبَّةٖ مِّنۡ خَرۡدَلٍ أَتَيۡنَا بِهَاۗ وَكَفَىٰ بِنَا حَٰسِبِينَ 47﴾

47- Nap mete balans jistis yo pou jou Jijman an, e pyès nanm pap sibi okenn enjistis. Menmsi se te pwa yon grenn moutad, Nap vini avèl. Epi, Nou menm sèl nou sifi pou fè tout kalkil. [Al-Anbiya:47].

Epi daprè Ibn Oumar (se pou Allah satisfè avèk yo tou le de), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li ak sou fanmi li) te di:

«إِنَّ اللَّهَ يُدْنِي الْمُؤْمِنَ، فَيَضَعُ عَلَيْهِ كَنَفَهُ - أَيْ سَتْرَهُ - وَيَسْتُرُهُ: فَيَقُولُ: أَتَعْرِفُ ذَنْبَ كَذَا؟ أَتَعْرِفُ ذَنْبَ كَذَا؟ فَيَقُولُ: نَعَمْ أَيْ رَبِّ، حَتَّى إِذَا قَرَّرَهُ بِذُنُوبِهِ، وَرَأَى فِي نَفْسِهِ أَنَّهُ هَلَكَ قَالَ: سَتَرْتُهَا عَلَيْكَ فِي الدُّنْيَا وَأَنَا أَغْفِرُهَا لَكَ الْيَوْمَ، فَيُعْطَى كِتَابَ حَسَنَاتِهِ، وَأَمَّا الْكُفَّارُ وَالْمُنَافِقُونَ فَيُنَادَى بِهِمْ عَلَى رُؤُوسِ الْخَلَائِقِ: هَؤُلَاءِ الَّذِينَ كَذَبُوا عَلَى رَبِّهِمْ، أَلَا لَعْنَةُ اللَّهِ عَلَى الظَّالِمِينَ».

«Allah ap fè kwayan an pwoche bò kotel, epi lap mete pwoteksyon li (vwal li) sou li epi lap kouvri li. Apre sa, lap mandel: Èskew rekonèt peche sa a? Èske w rekonèt peche sa a? Kwayan an ap reponn: Wi, o Senyè. Jiskaske li fin fèl rekonèt tout peche li yo, epi li wè nan tèt pal ke li pèdi, Allah ap dil : Mwen te kache peche sa yo pou ou sou tè a, e jodi a mwen padonew pou yo. Apre sa, yap remèt li liv bon aksyon li yo. Men, kanta pou moun ki pa kwè yo ak ipokrit yo, yap pwoklame byen fò devan tout kreyati yo: Men moun sa yo ki te bay manti sou Senyè yo a. An verite, madichon Allah sou moun ki enjis yo»14 Tout moun tonbe dakò sou li.

Epi, sa soti nan yon sous ki sèten (Sahih) bò kote Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li):

«أَنَّ مَنْ هَمَّ بِحَسَنَةٍ فَعَمِلَهَا؛ كَتَبَهَا اللَّهُ عِنْدَهُ عَشْرَ حَسَنَاتٍ إِلَى سَبْعِ مِئَةِ ضِعْفٍ إِلَى أَضْعَافٍ كَثِيرَةٍ، وَأَنَّ مَنْ هَمَّ بِسَيِّئَةٍ فَعَمِلَهَا؛ كَتَبَهَا اللَّهُ سَيِّئَةً وَاحِدَةً».

«Moun ki gen entansyon fè yon bèl aksyon epi li fèl, Allah ekri pou li 10 bèl aksyon jiska 700 fwa plis, e menm anpil lòt fwa ankò. Epi, moun ki gen entansyon fè yon move aksyon epi li fèl Allah ekri pou li yon sèl move aksyon»15

Mizilman yo tout dakò sou lefèt ke ap gen yon jijman ak yon rekonpans pou tout aksyon, epi se sa sajès la mande. Paske Allah Granmèt la te desann Liv yo, epi li te voye mesaje yo, epi li te rann li obligatwa pou sèvitè li yo aksepte sa yo te pote a, epi pou yo mete an pratik sa ki obligatwa ladanl, Li te rann li obligatwa pou konbat moun ki te opoze ak mesaj la, epi li te deklare san yo, desandan yo, fanm yo, ak byen yo legal. Paske si pat gen ni jijman, ni rekonpans, sa tap yon bagay ki fèt pou granmesi, yon bagay ki pa diy de Seyè a ki gen tout bon konprann nan. Epi se sa Allah te endike nan pawòl li a:

﴿فَلَنَسۡـَٔلَنَّ ٱلَّذِينَ أُرۡسِلَ إِلَيۡهِمۡ وَلَنَسۡـَٔلَنَّ ٱلۡمُرۡسَلِينَ 6 فَلَنَقُصَّنَّ عَلَيۡهِم بِعِلۡمٖۖ وَمَا كُنَّا غَآئِبِينَ 7﴾

6- Sètènman, Nou pral kesyone moun yo te voye mesaje kote yo a, epi sètènman Nou pral kesyone Mesaje yo. 7- Epi, sètènman Nou pral rakonte yo tout bagay avèk konesans, e Nou pa te janm absan. [Al-A'raf:6-7].

Twazyèm pwen an se: Lafwa nan Paradi ak Lanfè, e ke se 2 kote ki kote tout kreyati yo ap rete pou toutan.

Paradi se kote ki ranpli ak bèl plezi ke Allah prepare pou moun ki kwè yo, sa yo ki gen krentif pou li a; se moun ki te kwè nan sa Allah te fèl obligatwa pou yo kwè ladanl, epi ki te obeyi Allah ak Mesaje li a, ak yon kè ki pi pou Allah, pandan yo tap suiv Mesaje li a. Ladan li genyen tout kalite bèl plezi.

«مَا لَا عَيْنٌ رَأَتْ، وَلَا أُذُنٌ سَمِعَتْ، وَلَا خَطَرَ عَلَى قَلْبِ بَشَرٍ».

«Okenn zye pat janm wè, okenn zòrèy pat janm tande, epi okenn moun pat janm ka imajine nan lespri yo»16 Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿إِنَّ ٱلَّذِينَ ءَامَنُواْ وَعَمِلُواْ ٱلصَّٰلِحَٰتِ أُوْلَٰٓئِكَ هُمۡ خَيۡرُ ٱلۡبَرِيَّةِ 7 جَزَآؤُهُمۡ عِندَ رَبِّهِمۡ جَنَّٰتُ عَدۡنٖ تَجۡرِي مِن تَحۡتِهَا ٱلۡأَنۡهَٰرُ خَٰلِدِينَ فِيهَآ أَبَدٗاۖ رَّضِيَ ٱللَّهُ عَنۡهُمۡ وَرَضُواْ عَنۡهُۚ ذَٰلِكَ لِمَنۡ خَشِيَ رَبَّهُۥ 8﴾

7- Sètènman, moun ki kwè yo epi ki fè sa ki byen yo, se yo menm ki pi bon nan kreyati yo. 8- Rekonpans yo bò kote Mèt yo a se Jaden Edenn yo (Paradi) kote dlo ap koule anba yo, yap rete ladan yo pou tout tan gen tan. Allah satisfè de yo, epi yo menm tou, yo satisfè de li. Sa se pou moun ki krenn Mèt li a. [Al-Bayyinah:7-8] Men sa senyè toupwisan di:

﴿فَلَا تَعۡلَمُ نَفۡسٞ مَّآ أُخۡفِيَ لَهُم مِّن قُرَّةِ أَعۡيُنٖ جَزَآءَۢ بِمَا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ 17﴾

17- Okenn moun pa konnen ki kalite bèl plezi ki sere pou yo, kap fè je yo ak kè yo kontan anpil, kòm rekonpans pou sa yo te konn fè. [As-Sajdah:17].

Kanta pou Lanfè a, se kay chatiman an Allah ki gen tout pouvwa a te pare pou moun ki mekreyan e ki mechan yo, sa yo ki te refize kwè nan li epi ki te dezobeyi Mesaje li yo. Ladan l, gen tout kalite chatiman ak touman lespri moun pa ka menm imajine. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿وَٱتَّقُواْ ٱلنَّارَ ٱلَّتِيٓ أُعِدَّتۡ لِلۡكَٰفِرِينَ 131﴾

131 : Epi, gen krentif pou dife a ki te prepare pou moun ki refize kwè yo. [Al Imran:131] Men sa senyè toupwisan di:

﴿وَقُلِ ٱلۡحَقُّ مِن رَّبِّكُمۡۖ فَمَن شَآءَ فَلۡيُؤۡمِن وَمَن شَآءَ فَلۡيَكۡفُرۡۚ إِنَّآ أَعۡتَدۡنَا لِلظَّٰلِمِينَ نَارًا أَحَاطَ بِهِمۡ سُرَادِقُهَاۚ وَإِن يَسۡتَغِيثُواْ يُغَاثُواْ بِمَآءٖ كَٱلۡمُهۡلِ يَشۡوِي ٱلۡوُجُوهَۚ بِئۡسَ ٱلشَّرَابُ وَسَآءَتۡ مُرۡتَفَقًا 29﴾

29-Di yo: 'Laverite a soti nan bò kote Mèt nou an. Konsa, moun ki vle kwè a, se pou li kwè; epi moun ki vle rejte a (moun ki pa vle kwè a), se pou li rejtel ,' Sètènman, Nou prepare yon dife pou mechan yo kote flanm li yo ap vlope yo nèt (tankou yon gwo miray). Si yo mande dlo pou yo bwè, yap ba yo yon dlo ki tankou metal cho kap fonn, kap brûle vizaj yo. Ala yon move bwason sa ye! Epi ala yon move kote pou moun poze kò yo! [Al-Kahf:29] Men sa senyè toupwisan an di:

﴿إِنَّ ٱللَّهَ لَعَنَ ٱلۡكَٰفِرِينَ وَأَعَدَّ لَهُمۡ سَعِيرًا 64 خَٰلِدِينَ فِيهَآ أَبَدٗاۖ لَّا يَجِدُونَ وَلِيّٗا وَلَا نَصِيرٗا 65 يَوۡمَ تُقَلَّبُ وُجُوهُهُمۡ فِي ٱلنَّارِ يَقُولُونَ يَٰلَيۡتَنَآ أَطَعۡنَا ٱللَّهَ وَأَطَعۡنَا ٱلرَّسُولَا۠66﴾

Sètènman, Allah madichonnen moun ki pa kwè yo (Kafir), epi Li prepare yon gwo dife (Sa'îr) pou yo. Yap rete ladan li nèt ale pou tout tan. Yo pap jwenn okenn moun pou pwoteje yo, ni okenn moun pou ede yo. Jou sa a, yap vire vizaj yo nan dife a (tankou vyann kap griye), yap di: 'O! Si nou te sèlman obeyi Allah epi si nou te sèlman obeyi Mesaje a!' [Al-Ahzab:64-66].

Lafwa nan Jou Dènye a bay bèl kalite fwi (benefis) ki gen anpil valè, gen ladan yo:

Premye a: Gen gwo anvi pouw fè sa ki fè Allah plezi (obeyisans), epi toujou chache fè sa ak tout kèw; paske wap espere jwenn bèl rekonpans nan Jou sa a.

Dezyèm pwen an: Gen yon gwo krent (pè) pouw pa fè peche, epi pouw pa aksepte peche (lè lòt moun ap fèl); paskew pè pinisyon Jou sa a.

Twazyèm pwen an: Konsolasyon pou kwayan an pou tout sa li pat ka jwenn (oswa sa li pèdi) nan lavi sou tè sa a; paske li gen espwa lap jwenn tout bèl plezi ak tout rekonpans ki nan lavi aprè a (Lavi san fen an).

Moun ki pa kwè yo (Kafir yo) te refize aksepte ke moun ap leve soti vivan aprè yo fin mouri (Ba'th); yo tap di ke yon bagay konsa pa posib.

Pretansyon sa a (ke moun pa ka leve soti vivan) se yon manti total. Gen 3 kalite prèv ki montre sa yo di a pa vo anyen: Lalwa Allah (Relijyon), sa nou wè ak zye nou (Eksperyans), ak lojik (Bon konprann).

Kanta pou lalwa Allah, senyè toupwisan an Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿زَعَمَ ٱلَّذِينَ كَفَرُوٓاْ أَن لَّن يُبۡعَثُواْۚ قُلۡ بَلَىٰ وَرَبِّي لَتُبۡعَثُنَّ ثُمَّ لَتُنَبَّؤُنَّ بِمَا عَمِلۡتُمۡۚ وَذَٰلِكَ عَلَى ٱللَّهِ يَسِيرٞ 7﴾

7 - Moun ki pa kwè yo pretann yo pap janm leve soti vivan nan lanmò. Di yo: 'O kontrè! Mwen sèmante sou Non Mèt mwen an, se sèten nap gen poun leve soti vivan, epi yap fè nou konnen tou sa nou te fè.' Epi sa se yon bagay ki fasil anpil pou Allah. [At-Tagaboun:7]. Epi tout Liv Allah te voye yo te tonbe dakò sou li.

Kanta pou prèv nou ka wè ak zye nou (sans nou yo): Allah te deja fè sèvitè li yo wè kòman li fè moun mouri leve soti vivan nan mond sa a. Nan sourat Sura Al-Baqarah gen 5 egzanp sou sa, ki se:

Premye egzanp lan: Pèp Moyiz la, lè yo te di li:

﴿...لَن نُّؤۡمِنَ لَكَ حَتَّىٰ نَرَى ٱللَّهَ جَهۡرَةٗ ...﴾

Nou pap janm kwè ou toutotan nou pa wè Allah klè ak pwòp zye nou. [Al-Baqarah:55], epi Allah te fè yo mouri, aprèsa Li te fè yo reviv, Epi konsènan sa, men sa Allah ki gen tout pouvwa a di poul pale ak pitit Izrayèl yo:

﴿وَإِذۡ قُلۡتُمۡ يَٰمُوسَىٰ لَن نُّؤۡمِنَ لَكَ حَتَّىٰ نَرَى ٱللَّهَ جَهۡرَةٗ فَأَخَذَتۡكُمُ ٱلصَّٰعِقَةُ وَأَنتُمۡ تَنظُرُونَ 55 ثُمَّ بَعَثۡنَٰكُم مِّنۢ بَعۡدِ مَوۡتِكُمۡ لَعَلَّكُمۡ تَشۡكُرُونَ 56﴾

Epi (sonje) lè nou te di: 'O Moussa (Moyiz), nou pap janm kwè ou toutotan nou pa wè Allah klè ak pwòp zye nou.' Lè sa a, yon gwo kout loraj (yon dife ki soti nan syèl la) te pran nou pandan nap gade ak zye nou. Aprè sa, Nou te fè nou leve soti vivan nan lanmò pou nou te ka gen rekonesans. [Al-Baqarah:55-56].

Dezyèm egzanp lan: nan istwa moun yo te touye pami pitit Izrayèl yo a, sa ki te lakoz diskisyon nan mitan yo , Allah, Trèwo a, te kòmande yo pou yo sakrifye yon Bèf epi pou yo frape moun ki mouri a avèk yon pati ladanl; pou li te ka enfòme yo kiyès ki te touye li ,epi konsènan sa, Allah, Trèwo a, di:

﴿وَإِذۡ قَتَلۡتُمۡ نَفۡسٗا فَٱدَّٰرَٰءۡتُمۡ فِيهَاۖ وَٱللَّهُ مُخۡرِجٞ مَّا كُنتُمۡ تَكۡتُمُونَ 72 فَقُلۡنَا ٱضۡرِبُوهُ بِبَعۡضِهَاۚ كَذَٰلِكَ يُحۡيِ ٱللَّهُ ٱلۡمَوۡتَىٰ وَيُرِيكُمۡ ءَايَٰتِهِۦ لَعَلَّكُمۡ تَعۡقِلُونَ 73﴾

72: Sonje lè nou te touye yon moun, epi youn tap lage sa sou do lòt, men Allah tap gen pou devwale sa nou tap kache a.

73: Epi nou te di: «Frape kadav la ak yon moso vyann vach la» Se konsa Allah fè moun ki mouri yo reviv epi li montre nou siy li yo, pou nou ka konprann. [Al-Baqarah:72-73].

Twazyèm egzanp lan: se nan istwa yon pèp ki te kite kay yo pou yo kouri pou lanmò, e yo te plizyè milye; konsa Allah, Sila ki Egzalte a, te fè yo mouri, aprè sa li te fè yo vivan ankò. Epi sou sa, Allah, Sila ki Egzalte a, di:

﴿أَلَمۡ تَرَ إِلَى ٱلَّذِينَ خَرَجُواْ مِن دِيَٰرِهِمۡ وَهُمۡ أُلُوفٌ حَذَرَ ٱلۡمَوۡتِ فَقَالَ لَهُمُ ٱللَّهُ مُوتُواْ ثُمَّ أَحۡيَٰهُمۡۚ إِنَّ ٱللَّهَ لَذُو فَضۡلٍ عَلَى ٱلنَّاسِ وَلَٰكِنَّ أَكۡثَرَ ٱلنَّاسِ لَا يَشۡكُرُونَ243﴾

243: Èske ou pa wè moun sa yo ki te kite peyi yo, e yo te plizyè milye, paske yo te pè lanmò? Epi Allah di yo: «Mouri!» Aprèsa, li fè yo reviv. Anverite, Allah gen anpil favè pou lèzòm, men pifò moun pa rekonesan. [Al-Baqarah:243].

Katriyèm egzanp lan: Se istwa moun sa a ki tap pase bò kote yon vil ki te fin detwi nèt, epi li te di nan kè li kòman Allah pral fè bay vil sa a lavi ankò apre li fin mouri konsa. Allah te fèl mouri pandan san (100) ane apre sa, Li te fèl leve vivan ankò. Sou sa, men sa Allah di:

﴿أَوۡ كَٱلَّذِي مَرَّ عَلَىٰ قَرۡيَةٖ وَهِيَ خَاوِيَةٌ عَلَىٰ عُرُوشِهَا قَالَ أَنَّىٰ يُحۡيِۦ هَٰذِهِ ٱللَّهُ بَعۡدَ مَوۡتِهَاۖ فَأَمَاتَهُ ٱللَّهُ مِاْئَةَ عَامٖ ثُمَّ بَعَثَهُۥۖ قَالَ كَمۡ لَبِثۡتَۖ قَالَ لَبِثۡتُ يَوۡمًا أَوۡ بَعۡضَ يَوۡمٖۖ قَالَ بَل لَّبِثۡتَ مِاْئَةَ عَامٖ فَٱنظُرۡ إِلَىٰ طَعَامِكَ وَشَرَابِكَ لَمۡ يَتَسَنَّهۡۖ وَٱنظُرۡ إِلَىٰ حِمَارِكَ وَلِنَجۡعَلَكَ ءَايَةٗ لِّلنَّاسِۖ وَٱنظُرۡ إِلَى ٱلۡعِظَامِ كَيۡفَ نُنشِزُهَا ثُمَّ نَكۡسُوهَا لَحۡمٗاۚ فَلَمَّا تَبَيَّنَ لَهُۥ قَالَ أَعۡلَمُ أَنَّ ٱللَّهَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ قَدِيرٞ 259﴾

Oswa tankou moun sa a ki tap pase bò kote yon vil ki te kraze nèt (ki te tounen rès mazi). Li di: 'Kòman Allah pral fè bay (vil) sa a lavi ankò apre li fin mouri konsa?' Allah fè li mouri pandan san (100) an, apre sa, Li fèl leve soti vivan. Allah mande li: 'Depi konbe tan ou la?' Li reponn: 'Mwen fè yon sèl jou oswa yon pati nan yon jou.' Allah di ml: 'Non, ou gen pase san (100) an isit la. Gade manje ou ak bwason ou, yo pa gate menm. Epi gade bourik ou a (ki tounen zo). Nou fè sa pou nou fè ou tounen yon siy pou tout moun. Gade zo sa yo, kòman Nou pral rasanble yo epi kouvri yo ak vyann.' Lè sa te vin parèt klè devan zyel ,li di: 'Kounye a mwen konnen Allah gen pouvwa sou tout bagay!

[Al-Baqarah:259].

Senkyèm egzanp lan: Nan istwa Ibrahim, zanmi pwòch Allah la, lèl te mande Allah, Trèwo a, pou montre li kijan li bay sa ki te mouri lavi ankò; Allah, Trèwo a, te ba li lòd pou li sakrifye 4 zwazo, epi poul separe yo fè plizyè moso sou mòn ki te ozalantou li yo, answit pou li rele yo; lè sa a, moso yo tap rasanble youn ak lòt, epi yo tap vin jwenn Ibrahim byen rapid. Epi sou sa, Allah, Trèwo a, di:

﴿وَإِذۡ قَالَ إِبۡرَٰهِـۧمُ رَبِّ أَرِنِي كَيۡفَ تُحۡيِ ٱلۡمَوۡتَىٰۖ قَالَ أَوَلَمۡ تُؤۡمِنۖ قَالَ بَلَىٰ وَلَٰكِن لِّيَطۡمَئِنَّ قَلۡبِيۖ قَالَ فَخُذۡ أَرۡبَعَةٗ مِّنَ ٱلطَّيۡرِ فَصُرۡهُنَّ إِلَيۡكَ ثُمَّ ٱجۡعَلۡ عَلَىٰ كُلِّ جَبَلٖ مِّنۡهُنَّ جُزۡءٗا ثُمَّ ٱدۡعُهُنَّ يَأۡتِينَكَ سَعۡيٗاۚ وَٱعۡلَمۡ أَنَّ ٱللَّهَ عَزِيزٌ حَكِيمٞ 260﴾

Epi sonje lè Abraram te di: «O Senyè'm, montre m kijan Ou bay mò yo lavi ankò.» Allah di: «Èske ou pa kwè?» Li reponn: «Okontrè! Men, se pou kèm ka poze (gen asirans).» Allah di: «Ebyen, pran 4 zwazo, dekoupe yo. Apre sa, mete yon moso nan yo sou chak tèt mòn; epi, rele yo, yap vin jwenn ou byen vit. Epi konnen ke Allah gen tout pouvwa a, epi li plen ak sajès.» 260 [Al-Baqarah:260].

Men kèk egzanp konkrè ki reyèl, ki sèvi prèv sou posiblite pou bay moun ki mouri yo lavi. Epi, nou te deja pale de siy (mirak) Allah te bay Issa(Jezi) pitit gason Maria , kote li te konn bay moun ki mouri yo lavi, epi fè yo soti nan tonm yo - avèk pèmisyon Allah.

Epi prèv lojik la, li gen 2 aspè:

Premye a se: sèke Allah se Kreyatè syèl yo ak tè a, ak tout sa ki ladan yo, se li ki te kreye yo depi nan kòmansman. Epi, Sila a ki gen pouvwa pou kòmanse kreyasyon an pa enkapab pou li refè li ankò. Men sa Allah te di koran an:

﴿وَهُوَ ٱلَّذِي يَبۡدَؤُاْ ٱلۡخَلۡقَ ثُمَّ يُعِيدُهُۥ وَهُوَ أَهۡوَنُ عَلَيۡهِ...﴾

Se li menm ki kòmanse kreyasyon an, aprè sa lap refè li ankò; epi sa pi fasil toujou pou li [Ar-Rum:27]. Men sa senyè toupwisan di:

﴿...كَمَا بَدَأۡنَآ أَوَّلَ خَلۡقٖ نُّعِيدُهُۥۚ وَعۡدًا عَلَيۡنَآۚ إِنَّا كُنَّا فَٰعِلِينَ﴾

Menm jan Nou te kòmanse premye kreyasyon an, se konsa Nou pral refèl. Se yon pwomès ki obligatwa pou nou; anverite, nou gen poun reyalize sa. [Al-Anbiya: 104]. Epi li di, nan bay lòd pou reponn moun ki demanti ke zo yo ka reviv alòske yo fin tounen pousyè:

﴿قُلۡ يُحۡيِيهَا ٱلَّذِيٓ أَنشَأَهَآ أَوَّلَ مَرَّةٖۖ وَهُوَ بِكُلِّ خَلۡقٍ عَلِيمٌ 79﴾

79: Di: Se Sila a ki te kreye yo premye fwa a ki pral ba yo lavi ankò. Epi Li gen yon konesans pafè sou tout sa ki kreye. [Ya-Sin:79].

Dezyèmman: Tè a konn mouri, san mouvman, san pa gen yon pye bwa vèt ladan li; epi lapli desann sou li, li kòmanse sekwe, li vin vèt epi li reprann lavi, avèk tout kalite bèl plant ladanl ,Sila a ki gen pouvwa pou ba li lavi aprè li fini mouri, gen pouvwa pou bay moun ki mouri yo lavi. Allah, Sila ki Egzalte a, di:

﴿وَمِنۡ ءَايَٰتِهِۦٓ أَنَّكَ تَرَى ٱلۡأَرۡضَ خَٰشِعَةٗ فَإِذَآ أَنزَلۡنَا عَلَيۡهَا ٱلۡمَآءَ ٱهۡتَزَّتۡ وَرَبَتۡۚ إِنَّ ٱلَّذِيٓ أَحۡيَاهَا لَمُحۡيِ ٱلۡمَوۡتَىٰٓۚ إِنَّهُۥ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ قَدِيرٌ 39﴾

39- Pami siy li yo, se lè ou wè tè a ki sèch san vi. Men, kou nou fè dlo desann sou li, li kòmanse sekwe epi li pouse. Sètènman, Sila a ki ba li lavi a, se li menm kap bay moun ki mouri yo lavi. Anverite, li gen pouvwa sou tout bagay. [Fussilat:39] Men sa senyè toupwisan di:

﴿وَنَزَّلۡنَا مِنَ ٱلسَّمَآءِ مَآءٗ مُّبَٰرَكٗا فَأَنۢبَتۡنَا بِهِۦ جَنَّٰتٖ وَحَبَّ ٱلۡحَصِيدِ 9 وَٱلنَّخۡلَ بَاسِقَٰتٖ لَّهَا طَلۡعٞ نَّضِيدٞ 10 رِّزۡقٗا لِّلۡعِبَادِۖ وَأَحۡيَيۡنَا بِهِۦ بَلۡدَةٗ مَّيۡتٗاۚ كَذَٰلِكَ ٱلۡخُرُوجُ 11﴾

9- Nou fè yon dlo ki gen benediksyon desann sot nan syèl la, epi avèk li, nou fè bèl jaden pouse ansanm ak grenn pou rekòlte. 10- Epi nou fè pye dat ki wo yo pouse, yo menm ki gen gwo grap dat youn sou lòt, 11- pou sèvi manje pou sèvitè yo. Epi avèk dlo sa a, nou bay lavi ak yon tè ki te mouri. Se menm jan an tou nap soti (nan tonm yo). [Qaf:9-11]

Epi, sa ki fè pati de lafwa nan jou dènye a, se kwè nan tout sa ki gen pou rive apre lanmò, tankou:

A) Tantasyon (ak tribilasyon) nan tonbo a: Sa se lè yo poze moun ki mouri a kesyon aprè yo fin antere li sou Mèt li a, sou relijyon li a, epi sou pwofèt li a; konsa, Allah ap fè moun ki te gen lafwa yo rete fèm ak pawòl ki fèm nan, epi lap di: Mèt mwen se Allah, relijyon mwen se Islam, epi pwofèt mwen se Muhammad, ke lapè ak benediksyon Allah desann sou li. Epi Allah egare moun kap fè enjistis yo, moun ki pa kwayan an di: «Ha, ha, mwen pa konnen,» epi ipokrit la oubyen moun ki gen dout la ap di: «Mwen pa konnen, mwen te tande moun yo ap di yon bagay, epi mwen te dil tou.»

(b) Soufrans nan tonb nan ak plezil: Se pou moun ki mechan yo pami ipokrit yo ak moun ki pa kwè yo, Allah, Sila a ki Pi Wo a, di:

﴿...وَلَوۡ تَرَىٰٓ إِذِ ٱلظَّٰلِمُونَ فِي غَمَرَٰتِ ٱلۡمَوۡتِ وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةُ بَاسِطُوٓاْ أَيۡدِيهِمۡ أَخۡرِجُوٓاْ أَنفُسَكُمُۖ ٱلۡيَوۡمَ تُجۡزَوۡنَ عَذَابَ ٱلۡهُونِ بِمَا كُنتُمۡ تَقُولُونَ عَلَى ٱللَّهِ غَيۡرَ ٱلۡحَقِّ وَكُنتُمۡ عَنۡ ءَايَٰتِهِۦ تَسۡتَكۡبِرُونَ﴾

Si sèlman ou te wè lè moun ki enjis yo nan agoni lanmò, epi zanj yo lonje men yo (ap di yo): 'Remèt nanm nou! Jodi a, nap resevwa yon chatiman imilyan poutèt sa nou te konn ap di sou Allah ki pa laverite, epi poutèt nou te konn ap fè ògèy devan siy Li yo.' [Al-An‘ām:93].

Epi Sila a ki gen tout pouvwa a di konsènan pèp Farawon an:

﴿ٱلنَّارُ يُعۡرَضُونَ عَلَيۡهَا غُدُوّٗا وَعَشِيّٗاۚ وَيَوۡمَ تَقُومُ ٱلسَّاعَةُ أَدۡخِلُوٓاْ ءَالَ فِرۡعَوۡنَ أَشَدَّ ٱلۡعَذَابِ 46﴾

Dife a, yo prezante yo devan li maten ak aswè; epi jou lè a va rive, (yap bay lòd): « Fè moun Farawon yo antre nan chatiman ki pi rèd la. » [Ghafir: 46].

Epi nan Sahih Muslim, soti nan Hadith Zayd ibn Thabit la -se pou Allah kontan avèk li-, bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

«فَلَوْلَا أَنْ لَا تَدَافَنُوا لَدَعَوْتُ اللَّهَ أَنْ يُسْمِعَكُمْ مِنْ عَذَابِ الْقَبْرِ الَّذِي أَسْمَعُ مِنْهُ».

«Sim pat pè nou ta sispann antere youn lòt, mwen tap mande Allah pou li fè nou tande pinisyon nan tonbo ke map tande a.» Aprè sa, li vire fas li, epi li di:

«تَعَوَّذُوا بِاللَّهِ مِنْ عَذَابِ النَّارِ».

«Chache pwoteksyon nan men Allah kont pinisyon nan dife Lanfè». Yo di: "Nou mande Allah pwoteksyon kont pinisyon nan dife Lanfè," li di:

«تَعَوَّذُوا بِاللَّهِ مِنْ عَذَابِ الْقَبْرِ».

«Chache pwoteksyon nan men Allah kont pinisyon nan tonbo.» Yo di: Nou mande Allah pwoteksyon kont pinisyon nan tonbo, Li di:

«تَعَوَّذُوا بِاللَّهِ مِنَ الْفِتَنِ، مَا ظَهَرَ مِنْهَا وَمَا بَطَنَ».

«Chache pwoteksyon nan men Allah kont tantasyon yo (ak tribilasyon yo), sa ki parèt ladan yo ak sa ki kache» Yo di: "Nou mande Allah pwoteksyon kont tantasyon yo, ni sa yo ki parèt aklè, ni sa yo ki kache." Li di:

«تَعَوَّذُوا بِاللَّهِ مِنْ فِتْنَةِ الدَّجَّالِ».

«Chache pwoteksyon nan men Allah kont tantasyon Satan » Yo di: Nou chache pwoteksyon nan men Allah kont tantasyon Satan.17

Kanta pou byennèt nan tonb nan, se pou moun ki gen lafwa ki sensè yo. Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿إِنَّ ٱلَّذِينَ قَالُواْ رَبُّنَا ٱللَّهُ ثُمَّ ٱسۡتَقَٰمُواْ تَتَنَزَّلُ عَلَيۡهِمُ ٱلۡمَلَٰٓئِكَةُ أَلَّا تَخَافُواْ وَلَا تَحۡزَنُواْ وَأَبۡشِرُواْ بِٱلۡجَنَّةِ ٱلَّتِي كُنتُمۡ تُوعَدُونَ 30﴾

30- Anverite, moun ki di: "Seyè nou an se Allah", epi apre sa yo kenbe fèm, zanj yo ap desann vin jwenn yo pou di yo: "Nou pa bezwen pè, ni nou pa bezwen gen chagren, epi resevwa bèl nouvèl Jaden (Paradi) yo te pwomèt nou an." [Fussilat:30].

Men sa senyè toupwisan di:

﴿فَلَوۡلَآ إِذَا بَلَغَتِ ٱلۡحُلۡقُومَ 83 وَأَنتُمۡ حِينَئِذٖ تَنظُرُونَ 84 وَنَحۡنُ أَقۡرَبُ إِلَيۡهِ مِنكُمۡ وَلَٰكِن لَّا تُبۡصِرُونَ 85 فَلَوۡلَآ إِن كُنتُمۡ غَيۡرَ مَدِينِينَ 86 تَرۡجِعُونَهَآ إِن كُنتُمۡ صَٰدِقِينَ87 فَأَمَّآ إِن كَانَ مِنَ ٱلۡمُقَرَّبِينَ 88 فَرَوۡحٞ وَرَيۡحَانٞ وَجَنَّتُ نَعِيمٖ 89﴾

Poukisa, lè nanm nan rive nan gòj (yon moun kap mouri), epi nou menm, nan moman sa a, nap gade sa kap pase a? Nou menm (Allah), Nou pi pre moun sa a pase nou, men nou pa wè sa. Si se vre nou pa gen okenn Mèt kap jije nou, poukisa nou pa fè nanm sa a tounen (nan kò a), si sa nap di a se laverite? Konsa, si moun sa a te fè pati moun ki pwòch Allah yo, lap jwenn repo, bèl benediksyon, ak yon Jaden plezi (Paradi)." [Al-Waqi'ah:83-89].

Dapre Al-Bara' ibn 'Azib (ke Allah satisfè de li), ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di konsènan moun ki gen lafwa a lè li reponn de zanj yo nan tonm li:

«يُنَادِي مُنَادٍ مِنَ السَّمَاءِ: أَنْ صَدَقَ عَبْدِي، فَافْرِشُوهُ مِنَ الْجَنَّةِ، وَأَلْبِسُوهُ مِنَ الْجَنَّةِ، وَافْتَحُوا لَهُ بَابًا إِلَى الْجَنَّةِ، قَالَ: فَيَأْتِيهِ مِنْ رَوْحِهَا وَطِيبِهَا، وَيُفْسَحُ لَهُ فِي قَبْرِهِ مَدَّ بَصَرِهِ».

«Gen yon vwa kap rele depi nan syèl la: ‹Sèvitèm nan di laverite, prepare yon kabann pou li ki soti nan Paradi, abiye li ak rad ki soti nan Paradi, epi ouvri yon pòt pou li ki bay sou Paradi›. Konsa, lap resevwa briz dous ak bon sant pafen li, epi tonbo li a ap elaji pou li jiska kote zyel ka rive wè.» Rapòte pa Ahmad ak Abou Dawoud nan yon hadith long18.

Gen yon pèp pami moun ki nan devyasyon yo ki te egare, epi yo nye chatiman tonb lan ak byennèt li, yo pretann sa pa posib paske sa kontrè ak reyalite a. Yo di: «Paske si yo ta dekouvri mò a nan tonb li, yo tap jwenn li egzakteman jan li te ye a, epi tonb lan pa chanje, li pa vin ni pi laj, ni pi jis.»

Epi pretansyon sa a pa valab dapre Lalwa relijye a, sans, ak lojik:

Bò kote Lalwa relijye a: tèks yo te deja pwouve egzistans chatiman tonbo a, ak byennèt li a.

Nan Sahih Al-Boukhari, daprè adit Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo toule de, li di: "Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te soti nan youn nan jaden Medin yo; epi li tande vwa 2 moun yo tap pini nan tonb yo" epi li mansyone adit la, epi ladanl li di:

«أَنَّ أَحَدَهُمَا كَانَ لَا يَسْتَتِرُ مِنَ الْبَوْلِ».

«younn nan yo pa te konn pran prekosyon kont pipi.» Epi nan yon vèsyon:

«مِنْ بَوْلِهِ».

kont pipi li." oswa "...akòz pipi li

«وَأَنَّ الْآخَرَ كَانَ يَمْشِي بِالنَّمِيمَةِ».

epi lòt la menm te konn ap mache fè tripotay (pote pawòl pou gate rapò ant moun). E nan yon vèsyon pa Mouslim:

«لَا يَسْتَنْزِهُ مِنَ الْبَوْلِ».

«Li pa pwoteje kò li kont pipi»19.

Kanta pou sa nou ka santi a: Moun kap dòmi an wè nan rèv li kòmsi li te nan yon kote ki gran e ki bèl, kote lap pran plezi l ladanl, oubyen kòmsi li te nan yon kote ki jis e ki fè pè, kote lap soufri ladanl. E pafwa, li konn menm reveye akoz sa li te wè a, Poutan, li (moun kap dòmi an) kouche sou kabann li nan chanm li, li rete janlbye a; epi dòmi se frè lanmò. Se poutèt sa Allah rele dòmi an yon 'lanmò' (Wafat) tou. Men sa senyè toupwisan an di:

﴿ٱللَّهُ يَتَوَفَّى ٱلۡأَنفُسَ حِينَ مَوۡتِهَا وَٱلَّتِي لَمۡ تَمُتۡ فِي مَنَامِهَاۖ فَيُمۡسِكُ ٱلَّتِي قَضَىٰ عَلَيۡهَا ٱلۡمَوۡتَ وَيُرۡسِلُ ٱلۡأُخۡرَىٰٓ إِلَىٰٓ أَجَلٖ مُّسَمًّى...﴾

Se Allah ki pran nanm yo lè yo mouri, epi (Li pran) sa yo ki pa mouri yo tou pandan yap dòmi. Lè sa a, Li kenbe nanm moun li deside ki dwe mouri a, epi li voye lòt yo tounen (nan kò yo) pou yon tan byen limite ki te fikse deja. [Az-Zoumar:42].

Pou sa ki konsène lojik la: yon moun, pandan lap dòmi, konn fè yon rèv ki veridik e ki koresponn ak reyalite a. Pafwa menm, li konn wè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.) sou vrè aparans li, epitou, moun ki wèl sou vrè aparans li a, se sèten se li menm li wè toutbon vre. Malgre sa, moun kap dòmi an rete nan chanm li, sou kabann li, byen lwen sa li te wè a. Donk, si sa posib nan lavi sa a, kòman poul pa ta posib nan lavi kap vini an?

Kanta pou agiman yo itilize pou pretansyon yo a, ki se: si yo ta louvri sou mò a nan tonm li, yo tap jwenn li jan li te ye a, epi tonb nan pa chanje, ni li pa laj, ni li pa etwat; repons pou sa gen plizyè aspè, pami yo:

Premye pwen an se: Li pa pèmi pou yon moun opoze sa Lalwa Islamik la pote a avèk kalte bagay sa yo ki gen dout e ki pa gen fondman. Paske, si moun kap fè opozisyon an te byen medite sou sa Lalwa Islamik la pote a, li tap konnen aklè fosete bagay sa yo ki gen dout la. Epi gen yon pawòl ki di:

E konbyen moun ki jwenn erè nan yon pawòl ki kòrèk.

Epi defo li a soti nan konpreyansyon ki pa sen an.

Dezyèm: Sitiyasyon lavi apre lanmò se youn nan bagay ki kache yo, bagay sans moun pa ka rive konprann. E si se te yon bagay sans nou te ka pèmèt nou konnen, benefis ki genyen nan lafwa nan bagay ki kache yo tap pèdi, epi moun ki gen lafwa nan bagay ki kache yo ak moun ki nye yo tap vin egal ego nan kwè ladan l.

Twazyèmman: Soufrans la, bèl plezi a, si tonbo a vin laj, oubyen si li vin etwat; se sèlman moun ki mouri a ki ka santi bagay sa yo, pa pèsonn lòt moun. Sa se menm jan ak yon moun kap dòmi ki wè nan rèv li ke li nan yon kote ki etwat e ki fè moun pè, oswa nan yon kote ki laj e ki bèl anpil, men moun ki bò kotel la pa wè sa epi li pa santi anyen nan sa. Epi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te konn resevwa revelasyon pandan li te nan mitan konpayon li yo; konsa, li te tande revelasyon an, men Konpayon yo pa te tandel. Epi pafwa, zanj lan te konn parèt devan li sou fòm yon moun pou pale avèk li, pandan Konpayon yo pa te ni wè zanj lan, ni tandel.

Katriyèmman: konpreyansyon kreyati yo limite ak sa Allah (Sila ki wo a) pèmèt yo konprann, e yo pa kapab konprann tout sa ki egziste. Konsa, 7 syèl yo, tè a, ak tout sa ki ladan yo, epi tout bagay ap glorifye lwanj Allah, yon glorifikasyon ki fèt tout bon vre, ke Allah (Sila ki wo a) fè sila li vle pami kreyati li yo tande pafwa. Malgre sa, li kache pou nou, epi sou sa, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿تُسَبِّحُ لَهُ ٱلسَّمَٰوَٰتُ ٱلسَّبۡعُ وَٱلۡأَرۡضُ وَمَن فِيهِنَّۚ وَإِن مِّن شَيۡءٍ إِلَّا يُسَبِّحُ بِحَمۡدِهِۦ وَلَٰكِن لَّا تَفۡقَهُونَ تَسۡبِيحَهُمۡ...﴾

7 syèl yo, latè, ak tout sa ki ladan yo ap fè glwa pou li. E pa gen anyen ki pa fè glwa ak lwanj pou li, men nou pa konprann glwa yo a. [Al-Isra:44] Epi se konsa Satan yo ak djinn yo ap sikile sou tè a prale vini; djinn yo te vin jwenn Mesaje Allah la, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, yo te koute lektil la ak anpil atansyon, epi yo te tounen bò kote pèp yo a kòm avètisè. Malgre sa, yo kache pou nou. Epi se sou sa Allah di:

﴿يَٰبَنِيٓ ءَادَمَ لَا يَفۡتِنَنَّكُمُ ٱلشَّيۡطَٰنُ كَمَآ أَخۡرَجَ أَبَوَيۡكُم مِّنَ ٱلۡجَنَّةِ يَنزِعُ عَنۡهُمَا لِبَاسَهُمَا لِيُرِيَهُمَا سَوۡءَٰتِهِمَآۚ إِنَّهُۥ يَرَىٰكُمۡ هُوَ وَقَبِيلُهُۥ مِنۡ حَيۡثُ لَا تَرَوۡنَهُمۡۗ إِنَّا جَعَلۡنَا ٱلشَّيَٰطِينَ أَوۡلِيَآءَ لِلَّذِينَ لَا يُؤۡمِنُونَ 27﴾

27- « O pitit pitit Adan yo! Pa kite Satan an twonpe nou menm jan li te fè paran nou yo soti nan Paradi a, li te retire rad sou yo pou li te ka montre yo pati entim yo. Anverite, li menm ak tribi li a, yo wè nou kote nou pa ka wè yo. Anverite, Nou fè Satan tounen alye pou moun ki pa kwè yo. » [Al-A’raf:27] E paske kreyati yo pa ka konprann tout sa ki egziste, yo pa gen dwa pou yo nye verite ki etabli sou bagay ki kache yo, poutèt yo pa rive konprann yo.

 

Lafwa nan Desten" oswa "Kwè nan Dekrè Allah

Se fason Allah Granmèt la planifye tout sa kap egziste nan kreyasyon an, dapre konesans li ki te la anvan tout bagay, ak jan sajès li mande sa.

Epi kwè nan Predestinasyon an gen ladan 4 pwen:

Premye pwen an se: Kwè ke Allah konnen tout bagay, an jeneral ak an detay, depi tout tan e pou toutan, keseswa sa ki konsène aksyon pa li, oubyen aksyon sèvitè li yo.

Dezyèm: Kwè ke Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, te ekri sa nan Tablo ki byen prezève a, epi sou 2 pwen sa yo, Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿أَلَمۡ تَعۡلَمۡ أَنَّ ٱللَّهَ يَعۡلَمُ مَا فِي ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِۚ إِنَّ ذَٰلِكَ فِي كِتَٰبٍۚ إِنَّ ذَٰلِكَ عَلَى ٱللَّهِ يَسِيرٞ 70﴾

70- Èske ou pa konnen Allah konnen tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a? Tout sa ekri nan yon Liv (ki byen pwoteje). Sa se yon bagay ki fasil anpil pou Allah. [Al-Hadj:70].

Epi nan Sahih Muslim, li soti nan Abdullah ibn Amr ibn al-As — se pou Allah kontan avèk yo toulede— li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ap di:

«كَتَبَ اللَّهُ مَقَادِيرَ الْخَلَائِقِ قَبْلَ أَنْ يَخْلُقَ السَّمَوَاتِ وَالْأَرْضَ بِخَمْسِينَ أَلْفَ سَنَةٍ».

«Allah te ekri desten tout kreyati yo senkant mil lane anvan li te kreye syèl yo ak tè a»20

Twazyèm pwen an se: Kwè ke pa gen okenn kreyati ki ka egziste si se pa avèk volonte Allah -ki anwo nan syèl la-, kit se nan sa ki gen rapò ak aksyon pal, kit se nan sa ki gen rapò ak aksyon kreyati yo. Allah -ki anwo nan syèl la- di, konsènan aksyon pal:

﴿وَرَبُّكَ يَخۡلُقُ مَا يَشَآءُ وَيَخۡتَارُ...﴾

Mèt ou a kreye sa Li vle, epi Li chwazi (sa Li vle). [Al-Qasas:68] Epi li di:

﴿...وَيَفۡعَلُ ٱللَّهُ مَا يَشَآءُ﴾

Epi Allah fè sa li vle. [Ibrahim:27] Epi li di:

﴿هُوَ ٱلَّذِي يُصَوِّرُكُمۡ فِي ٱلۡأَرۡحَامِ كَيۡفَ يَشَآءُ...﴾

Se Li ki bay nou fòm jan li vle depi lè nou te nan vant. [Al Imran:6] Epi men sa Sila a ki anwo nan syèl la di sou sa ki gen rapò ak aksyon kreyati yo:

﴿...وَلَوۡ شَآءَ ٱللَّهُ لَسَلَّطَهُمۡ عَلَيۡكُمۡ فَلَقَٰتَلُوكُمۡ...﴾

Si Allah te vle, li tap ba yo pouvwa sou nou, epi yo tap konbat nou. [An-Nisa:90] Epi li di:

﴿...وَلَوۡ شَآءَ رَبُّكَ مَا فَعَلُوهُۖ فَذَرۡهُمۡ وَمَا يَفۡتَرُون﴾

« Si Mèt ou a te vle, yo pa tap fèl. Kidonk, kite yo ak sa yap envante yo. » [Al-An‘ām:112].

Katriyèmman: Kwè ke tout kreyati yo, nan esans yo, nan kalite yo, ak nan mouvman yo, se Allah ki kreye yo. Allah di:

﴿ٱللَّهُ خَٰلِقُ كُلِّ شَيۡءٖۖ وَهُوَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ وَكِيلٞ 62﴾

62- Se Allah ki kreyatè tout bagay, epi se li menm ki responsab tout bagay. [Az-Zoumar:62] Men sa Sila a ki sen anpil la di:

﴿...وَخَلَقَ كُلَّ شَيۡءٖ فَقَدَّرَهُۥ تَقۡدِيرٗا﴾

...e Li te kreye tout bagay, epi Li fikse yon mezi egzak pou yo chak. [Al-Furqan:2] Epi Li di konsènan pwofèt Li a Abraram, lapè ak benediksyon Allah sou li, ke li te di pèp li a:

﴿وَٱللَّهُ خَلَقَكُمۡ وَمَا تَعۡمَلُونَ 96﴾

96: Se Allah ki te kreye nou, ak sa nou fè yo. [As-Saffat:96].

Epi, kwè nan desten an—jan nou te esplikel la—pa vle di sèvitè a pa gen pwòp volonte li nan aksyon li chwazi fè yo, ak kapasite poul fè yo; paske lalwa relijye a ak reyalite a tou 2 se prèv ki afime sa pou li.

Kanta pou Lalwa relijye a: Allah ki gen tout pouvwa a di konsènan Volonte li a:

﴿...فَمَن شَآءَ ٱتَّخَذَ إِلَىٰ رَبِّهِۦ مَـَٔابًا﴾

Konsa, nenpòt moun ki vle, se pou li chwazi tounen vin jwenn Mèt li a. [An-Naba: 39] Epi li di:

﴿...فَأۡتُواْ حَرۡثَكُمۡ أَنَّىٰ شِئۡتُمۡ...﴾

konsa, nou mèt pwoche bò kote jaden nou (madanm nou) jan nou vle [Al-Baqarah:223] Epi li di konsènan pouvwa a:

﴿فَٱتَّقُواْ ٱللَّهَ مَا ٱسۡتَطَعۡتُمۡ وَٱسۡمَعُواْ وَأَطِيعُواْ...﴾

Gen krentif pou Allah otan nou kapab, epi koute, epi obeyi... [At-Tagaboun:16] Epi li di:

﴿لَا يُكَلِّفُ ٱللَّهُ نَفۡسًا إِلَّا وُسۡعَهَاۚ لَهَا مَا كَسَبَتۡ وَعَلَيۡهَا مَا ٱكۡتَسَبَتۡ...﴾

Allah pa mete yon chay sou okenn moun ki depase sa li ka pote; se pou li sa li fè ki byen, epi se kont li sa l fè ki mal. [Al-Baqarah:286].

Kanta pou reyalite a: chak moun konnen ke li gen yon volonte ak yon pouvwa, se avèk yo li fè, epi se avèk yo li kite. Li fè diferans ant sa ki rive pa volontel, tankou lè lap mache, ak sa ki rive san volonte li, tankou lè lap tranble. Men, volonte sèvitè a ak pouvwa li a fèt sèlman pa volonte Allah Granmèt la ak pouvwa Li; e prèv pou sa se pawòl Allah Granmèt la ki di:

﴿لِمَن شَآءَ مِنكُمۡ أَن يَسۡتَقِيمَ 28 وَمَا تَشَآءُونَ إِلَّآ أَن يَشَآءَ ٱللَّهُ رَبُّ ٱلۡعَٰلَمِينَ29﴾

28- Pou sila pami nou ki vle kenbe chemen dwat la.

29- Men nou pa kapab vle, sof si se Allah, Mèt tout mond yo, ki vle. [At-Takwir:28-29] Epi paske tout linivè a nèt se byen Allah Granmèt la li ye, nanpwen anyen ki ka rive nan sa ki pou Li a san konesans Li epi san volonte Li.

Epi, kwè nan desten —jan nou sot dekril la— pa bay yon sèvitè okenn agiman pou devwa li te kite san fè, oswa pou peche li te komèt. Se poutèt sa, lè yon moun sèvi ak desten kòm eskiz, agiman sa a pa valab pou plizyè rezon:

Premye a: pawòl li, Sila a ki egzalte a:

﴿سَيَقُولُ ٱلَّذِينَ أَشۡرَكُواْ لَوۡ شَآءَ ٱللَّهُ مَآ أَشۡرَكۡنَا وَلَآ ءَابَآؤُنَا وَلَا حَرَّمۡنَا مِن شَيۡءٖۚ كَذَٰلِكَ كَذَّبَ ٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِهِمۡ حَتَّىٰ ذَاقُواْ بَأۡسَنَاۗ قُلۡ هَلۡ عِندَكُم مِّنۡ عِلۡمٖ فَتُخۡرِجُوهُ لَنَآۖ إِن تَتَّبِعُونَ إِلَّا ٱلظَّنَّ وَإِنۡ أَنتُمۡ إِلَّا تَخۡرُصُونَ 148﴾

148-Moun ki bay Allah asosye yo pral di: «Si se te volonte Allah, ni nou, ni zansèt nou yo pa tap janm bay li asosye, e nou pa tap deklare anyen entèdi.» Se menm jan an moun ki te la anvan yo te demanti (verite a), jiskaske yo te goute chatiman nou an. Di: «Èske nou gen yon konesans pou nou ka prezantel ban nou? Anverite, se sèlman sipozisyon nap suiv, e nou pa fè anyen lòt ke bay manti.» [Al-An‘ām:148] Si yo te gen yon prèv nan desten an, Allah pa tap fè yo goute chatiman li an.

Dezyèm nan, se pawòl Allah Granmèt la di:

﴿رُّسُلٗا مُّبَشِّرِينَ وَمُنذِرِينَ لِئَلَّا يَكُونَ لِلنَّاسِ عَلَى ٱللَّهِ حُجَّةُۢ بَعۡدَ ٱلرُّسُلِۚ وَكَانَ ٱللَّهُ عَزِيزًا حَكِيمٗا 165﴾

«Mesaje ki pote bon nouvèl epi ki bay avètisman, pou lèzòm pa gen okenn agiman kont Allah apre Mesaje yo. Epi Allah se Toupwisan an, li gen anpil sajès.» [An-Nisa:165] Si dekrè a te yon agiman pou moun ki dezobeyi yo, voye Mesaje yo pa tap anile agiman sa a; paske dezobeyisans ki fèt apre yo fin voye yo a, se pa dekrè Allah, Trèwo a, li fèt.

Twazyèmman: sa Al-Bukhari ak Muslim rapòte -e pawòl la se pou Al-Bukhari- dapre Ali ibn Abi Talib, ke Allah satisfè de li, ke Pwofèt la, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, te di:

«مَا مِنْكُمْ مِنْ أَحَدٍ إِلَّا قَدْ كُتِبَ مَقْعَدُهُ مِنَ النَّارِ أَوْ مِنَ الْجَنَّةِ».

«Plas chak grenn moun pami nou gentan ekri, swa nan Dife a, oswa nan Paradi.» Epi yon nonm pami pèp la te di: Èske nou pa dwe mete konfyans nou, O Mesaje Allah? Li te di:

«لَا، اعْمَلُوا فَكُلٌّ مُيَسَّرٌ».

«Non, aji, paske chak moun ap jwenn fasilite.» Apre sa, li li:

﴿فَأَمَّا مَنۡ أَعۡطَىٰ وَٱتَّقَىٰ 5﴾

5 : Kanta pou moun ki bay epi ki gen krentif pou li, [Al-Layl:5]. E nan yon vèsyon Mouslim:

«فَكُلٌّ مُيَسَّرٌ لِمَا خُلِقَ لَهُ».

«Epi, chak moun jwenn fasilite pou rezon you te kreyel la21 Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te kòmande pou moun aji, epi li te entèdi pou moun apiye yo sou desten.

Katriyèm pwen an se: Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, bay sèvitè a lòd epi li entèdi li, epi Li pa ba li okenn chay ki depase kapasite li. Men sa Allah Granmèt la di:

﴿فَٱتَّقُواْ ٱللَّهَ مَا ٱسۡتَطَعۡتُمۡ وَٱسۡمَعُواْ وَأَطِيعُواْ...﴾

Gen krentif pou Allah otan nou kapab, koute, epi obeyi... [At-Tagaboun:16] Epi li di:

﴿لَا يُكَلِّفُ ٱللَّهُ نَفۡسًا إِلَّا وُسۡعَهَا...﴾

Allah pa bay okenn moun yon chaj ki depase sa li ka sipòte. [Al-Baqarah:286] Paske si sèvitè a te oblije fè yon aksyon, sa ta vle di li tap responsab pou yon bagay li pa ka chape anba li, e sa se yon bagay ki fo; se poutèt sa, si li fè yon peche sanl pa konnen, oswa paske li bliye, oswa si se fòse yo fòsel, li pa gen peche pou sa; paske li gen yon eskiz.

Senkyèmman: desten Allah Granmèt la se yon sekrè ki kache, pèsonn pa konnen li sof apre sa ki te destine a rive. Epi, volonte sèvitè a pou sa li fè a vini anvan aksyon li a; konsa, volonte li pou li fè aksyon an pa baze sou yon konesans li genyen sou desten Allah. Lè sa a, agiman li a ki baze sou desten an vin pa valab; paske yon moun pa gen agiman sou yon bagay li pa konnen.

Sizyèmman: nou wè yon moun toujou fè anpil efò pou tout sa ki bon pou li nan zafè lavi sa a; jiskaske li rive jwenn li, epi li pa janm vire do bay li pou yon bagay ki pa ta bon pou li. Enben, poukisa li vire do bay sa ki itil li nan zafè relijyon li pou lal chèche sa kap fè li ditò, epi apresa poul pran desten kòm pretèks? Epi, èske 2 ka sa yo se pa menm bagay la?

Men yon egzanp ki klarifye sa a:

Si yon moun ta gen 2 chimen devan li: youn ladan yo mennen li an yon peyi kote se dezòd sèlman ki genyen: yap touye moun, yap piye, yap derespekte onè moun, gen laperèz, ak grangou. Epi dezyèm nan mennen li nan yon peyi kote tout bagay an òd, gen yon sekirite total, lavi a dous, epi yo respekte lavi moun, onè yo, ak byen yo. Kilès nan 2 chimen sa yo li tap pran?

Se sèten, lap pran dezyèm chemen an ki ap mennenl nan peyi kote gen lòd ak sekirite a, epi yon moun ki gen lespri pa ka janm pran chemen peyi kote gen dezòd ak laperèz la, pou li sèvi ak desten kòm agiman. Alòs, poukisa nan zafè lavi ki gen pou vini an, li pran chemen Dife a olye de chemen Paradi a, epi li pran desten kòm pretèks?

Men yon lòt egzanp: Nou wè moun ki malad la, yo preskri li yon medikaman; li bwèl menm si li pa anvil epi yo entèdi li manje sa ki ka fè li mal; li kite li menm si se sal anvi. Tout sa se poul ka jwenn gerizon ak lasante. Li pa ka ni refize bwè medikaman an, ni manje sa ki ka fè li mal la, epi poul ta pran desten kòm pretèks. Poukisa moun kite sa Allah ak Mesaje li a bay kòm lòd, oubyen yo fè sa Allah ak Mesaje li a entèdi, epi apre sa pou yo sèvi ak desten an pou jistifye tèt yo?

Setyèmman: Moun ki pran desten an kòm agiman pou yon devwa obligatwa li kite, oswa pou yon peche li fè, si yon moun ta atakelb, pran richès li, oswa vyole onèl, epi apre sa moun sa a ta pran menm desten an kòm agiman, li di: «Pa blamem, paske atak mwen an te fèt pa dekrè Allah» - li pa tap aksepte agiman sa a? Kijan sa fè yon moun pa aksepte lè yon lòt moun pran dekrè Allah kòm eskiz pou vyole dwa li poutan li menm, li sèvi ak menm eskiz sa a lè lap vyole dwa Allah?

Yo rakonte ke yo te mennen yon vòlè devan Kòmandan kwayan yo, Omar ibn al-Khattab (ke Allah satisfè de li), vòlè a te merite pou yo koupe menl; epi Omar te bay lòd pou yo koupe men li. Lè sa a, vòlè a di: Rete, O Kòmandan kwayan yo, paske se pa desten Allah mwen te vòlè. Epi Omar di: Epi nou menm, se pa desten Allah nap koupe men ou.

Epi, kwè nan desten gen gwo byenfè ladanl, tankou :

Premye pwen an se: Se konte sou Allah lè wap poze aksyon, sanw pa konte sou aksyon an li menm; paske tout bagay fèt pa dekrè Allah.

Dezyèm: Yon moun pa dwe gen ògèy pou tèt li lè li reyalize objektif li; paske reyisit sa a se yon gras ki soti nan men Allah -ki anwo nan syèl la- pa mwayen chemen pou byen ak siksè Li te trase a, e ògèy li gen pou tèt li a fèl bliye remèsiman pou gras sa a.

Twazyèm pwen an se: Trankilite ak kè poze devan tout sa kap dewoule nan lavi yon moun ki se dekrè Allah Granmèt la; konsa, li pap enkyetel pou yon byen li pèdi, ni pou yon malè ki rivel; paske sa se nan dekrè Allah li ye, li menm ki mèt wayòm syèl yo ak tè a, epi se yon bagay ki te oblije rive san mank. Epi sou sa, Allah Granmèt la di:

﴿مَآ أَصَابَ مِن مُّصِيبَةٖ فِي ٱلۡأَرۡضِ وَلَا فِيٓ أَنفُسِكُمۡ إِلَّا فِي كِتَٰبٖ مِّن قَبۡلِ أَن نَّبۡرَأَهَآۚ إِنَّ ذَٰلِكَ عَلَى ٱللَّهِ يَسِيرٞ 22 لِّكَيۡلَا تَأۡسَوۡاْ عَلَىٰ مَا فَاتَكُمۡ وَلَا تَفۡرَحُواْ بِمَآ ءَاتَىٰكُمۡۗ وَٱللَّهُ لَا يُحِبُّ كُلَّ مُخۡتَالٖ فَخُورٍ 23﴾

22- Pa gen okenn kalamite ki frape sou tè a, ni nan pwòp tèt pa nou, ki pa te deja ekri nan yon Liv anvan menm li te kreyel. Vrèmanvre, sa se yon bagay ki fasil pou Allah.

23- Sa fèt konsa pou nou pa gen chagren pou sa ki rive nou, epi pou nou pa kontan depase limit pou sa li ban nou. Epi Allah pa renmen moun ki awogan, ki konn vante tèt yo. [Al-Hadid: 22-23], Epi Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), di:

«عَجَبًا لِأَمْرِ الْمُؤْمِنِ إِنَّ أَمْرَهُ كُلَّهُ خَيْرٌ، وَلَيْسَ ذَاكَ لِأَحَدٍ إِلَّا لِلْمُؤْمِنِ، إِنْ أَصَابَتْهُ سَرَّاءُ شَكَرَ فَكَانَ خَيْرًا لَهُ، وَإِنْ أَصَابَتْهُ ضَرَّاءُ صَبَرَ فَكَانَ خَيْرًا لَهُ».

«Ala etonan sitiyasyon kwayan an ye, an verite, tout afèl se yon byen pou li. E sa pa pou pèsonn lòt eksepte pou kwayan an: si yon bon bagay rivel, li remèsye, epi sa tounen yon byen pou li, e si yon eprèv frapel, li pran pasyans, epi sa tounen yon byen pou li».22

Epi, gen 2 gwoup ki te egare nan zafè desten(volonte Allah) la:

Youn nan yo se: Jabriyyah yo, sa yo ki te di: ke yon moun fòse nan aksyon li, epi li pa genyen ni volonte ni kapasite ladanl.

Dezyèm: Qadariyyah yo, ki di konsa: sèvitè a endepandan nan aksyon li, nan volonte li ak nan kapasite li, epi volonte Allah Granmèt la ak kapasite li pa gen okenn efè sou aksyon sa a.

Repons (refitasyon) pou premye gwoup la (Al-Jabriyah) baze sou sa Lalwa relijye di ak sou sa nou wè kap pase nan lavi reyèl la.

Kanta pou lalwa relijye a: Allah, Trèwo a, te afime pou sèvitè a yon volonte ak yon chwa, epi li te atribiye aksyon an ba li. Allah Granmèt la di:

﴿...مِنكُم مَّن يُرِيدُ ٱلدُّنۡيَا وَمِنكُم مَّن يُرِيدُ ٱلۡأٓخِرَةَ...﴾

Genyen nan nou ki vle lavi isiba a, epi genyen nan nou ki vle lòt lavi a. [Al Imran:152], Men sa senyè toupwisan di:

﴿وَقُلِ ٱلۡحَقُّ مِن رَّبِّكُمۡۖ فَمَن شَآءَ فَلۡيُؤۡمِن وَمَن شَآءَ فَلۡيَكۡفُرۡۚ إِنَّآ أَعۡتَدۡنَا لِلظَّٰلِمِينَ نَارًا أَحَاطَ بِهِمۡ سُرَادِقُهَا...﴾

Epi di yo: 'Verite a soti nan Mèt nou an. Konsa, moun ki vle kwè, se poul kwè; epi moun ki vle refize kwè, se poul refize.' Se sèten, Nou pare yon dife pou mechan yo kap vlope yo tankou yon miray. [Al-Kahf:29], Men sa senyè toupwisan di:

﴿مَّنۡ عَمِلَ صَٰلِحٗا فَلِنَفۡسِهِۦۖ وَمَنۡ أَسَآءَ فَعَلَيۡهَاۗ وَمَا رَبُّكَ بِظَلَّٰمٖ لِّلۡعَبِيدِ 46﴾

46- Nenpòt moun ki fè sa ki byen, se pou li menm. Epi, nenpòt moun ki fè sa ki mal, se kont li menm. Epi Mèt ou a pa janm enjis anvè sèvitè yo. [Fussilat: 46].

Kanta pou reyalite a: chak moun konnen diferans ki genyen ant aksyon li chwazi fè ak pwòp volontel: tankou manje, bwè, vann, ak achte; epi ant sa ki rivel san se pa volonte pal: tankou tranble anba lafyèv, ak tonbe sot sou yon tèt kay. Nan premye ka a, se li menm ki chwazi aji ak pwòp volonte li san pèsonn pa fòsel, epi nan dezyèm ka a, li pa gen chwa, e se pa li ki te vle sa ki te rive l la.

Repons pou dezyèm gwoup la (Al-Qadariyyah), avèk prèv relijye ak prèv rasyonèl:

Sou plan lalwa relijye a: Allah ki anwo nan syèl yo se Kreyatè tout bagay, e tout bagay fèt pa volonte li.Epi Allah ki anwo nan syèl yo te montre klè nan liv li a, ke aksyon sèvitè yo fèt pa volontel, Men sa Allah ki anwo nan syèl yo di:

﴿...وَلَوۡ شَآءَ ٱللَّهُ مَا ٱقۡتَتَلَ ٱلَّذِينَ مِنۢ بَعۡدِهِم مِّنۢ بَعۡدِ مَا جَآءَتۡهُمُ ٱلۡبَيِّنَٰتُ وَلَٰكِنِ ٱخۡتَلَفُواْ فَمِنۡهُم مَّنۡ ءَامَنَ وَمِنۡهُم مَّن كَفَرَۚ وَلَوۡ شَآءَ ٱللَّهُ مَا ٱقۡتَتَلُواْ وَلَٰكِنَّ ٱللَّهَ يَفۡعَلُ مَا يُرِيدُ﴾

...Epi si Allah te vle, moun ki te vini aprè yo pa tap goumen youn ak lòt aprè prèv klè yo te rive jwenn yo. Men, yo te divize: pami yo, te gen sa ki te kwè, epi sa ki pat kwè. Epi si Allah te vle, yo pa tap goumen. Men, Allah fè sa li vle. [Al-Baqarah:253], Men sa senyè toupwisan di:

﴿وَلَوۡ شِئۡنَا لَأٓتَيۡنَا كُلَّ نَفۡسٍ هُدَىٰهَا وَلَٰكِنۡ حَقَّ ٱلۡقَوۡلُ مِنِّي لَأَمۡلَأَنَّ جَهَنَّمَ مِنَ ٱلۡجِنَّةِ وَٱلنَّاسِ أَجۡمَعِينَ 13﴾

13- Si Nou te vle, Nou tap bay chak nanm gidans pa li, men pawòl la te gentan soti nan men Mwen: Mwen gen pou mwen ranpli Jahannam ak Jinn yo ansanm ak lèzòm yo, yo tout nèt. [As-Sajdah:13].

Kanta pou rezon: tout linivè a nèt se pou Allah li ye. Epi lòm fè pati de linivè sa a; konsa, li menm tou se pou Allah li ye. E yon kreyati pa kapab aji nan souverènte Mèt la eksepte avèk pèmisyon li ak volonte li

 

Objektif Doktrin (Aqida) Islam nan

Objektif (Hadaf) - nan sans lengwistik: Mo sa a gen plizyè sans, pami yo: (Yon sèl oswa yon kote yo ranje pou moun tire sou li, ak tout bagay yon moun fikse poul rive jwenn)

Objektif kwayans Islamik la se bi ak rezon nòb li yo ki soti nan lè yon moun kenbe fèm ladanl; yo anpil e yo divès, tankou :

Premyèman: Fè tout entansyon ak tout adorasyon pou Allah sèlman; paske se li ki Kreyatè a, li pa gen asosye, se poutèt sa li obligatwa pou entansyon an ak adorasyon an fèt pou li sèlman.

Dezyèmman: Delivre lespri ak panse anba tout debousolman ak dezòd ki soti lè kè a pa gen kwayans (akida) sa a ladanl. Paske, yon moun ki pa gen kwayans sa a nan kèl, se swa kèl vid nèt ak nenpòt kwayans epi lap sèvi sal ka wè ak zye sèlman (materyalis), oubyen li ap pèdi nan mitan yon bann fo kwayans ak sipèstisyon (radòt).

Twazyèmman: Trankilite pou nanm nan ak nan lespri a. Konsa, pap gen kè sote nan nanm nan, ni boulvès nan panse yo. Paske, kwayans sa a konekte moun ki kwè a ak Kreyatè li a; li akseptel kòm yon Mèt kap dirije tout bagay, epi kòm yon Jij kap bay lalwa. Konsa, kèl poze ak desten Allah fikse a, lespri li ouvè nèt pou li aksepte Islam, epi li pa chache anyen lòt pou ranplasel

Katriyèmman: Jan yon moun vize ak jan li aji ap rete dwat, san li pa pèdi wout nan fason liap sèvi Allah Granmèt la, ni nan fason lap aji ak lòt kreyati yo (moun). Paske, youn nan baz kwayans sa a se lafwa nan pwofèt yo, sa ki mande pou nou swiv chemen yo a, yon chemen ki pa gen dega ni nan entansyon, ni nan aksyon.

Senkyèmman: Se fèmte ak serye nan tout bagay, konsa, li pa kite okenn opòtinite poul fè yon bon zèv pase sanl pa pwofitel; nan espwa poul jwenn rekonpans, epi li pa wè okenn sitiyasyon peche sanl pa elwaye tèt li de li; poutèt krentif li pou pinisyon an; paske pami fondman prensip sa a gen lafwa nan Rezirèksyon an, ak nan konpansasyon pou zèv yo.

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿وَلِكُلّٖ دَرَجَٰتٞ مِّمَّا عَمِلُواْۚ وَمَا رَبُّكَ بِغَٰفِلٍ عَمَّا يَعۡمَلُونَ 132﴾

132: Pou chak moun genyen nivo pa yo selon sa yo te fè; e Mèt ou a pa neglijan de sa yap fè. [Al-An‘ām:132] Epi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te ankouraje pou objektif sa a nan pawòl li:

«الْمُؤْمِنُ الْقَوِيُّ خَيْرٌ وَأَحَبُّ إِلَى اللَّهِ مِنَ الْمُؤْمِنِ الضَّعِيفِ، وَفِي كُلٍّ خَيْرٌ، احْرِصْ عَلَى مَا يَنْفَعُكَ، وَاسْتَعِنْ بِاللَّهِ، وَلَا تَعْجِزْ، وَإِنْ أَصَابَكَ شَيْءٌ فَلَا تَقُلْ: لَوْ أَنِّي فَعَلْتُ كَذَا كَانَ كَذَا وَكَذَا، وَلَكِنْ قُلْ: قَدَّرَ اللَّهُ وَمَا شَاءَ فَعَلَ؛ فَإِنَّ (لَوْ) تَفْتَحُ عَمَلَ الشَّيْطَانِ».

«Kwayan ki fò a pi bon epi Allah renmenl plis pase kwayan ki fèb la, epi nan yo chak genyen byen. Kenbe fèm sou sa kap itil ou, mande èd nan men Allah, epi pa dekouraje. Epi si yon bagay rivew, pa di: sim te fè konsa, li t ap konsa ak konsa, men di pito: Allah te dekrete, epi sa li vle, li fè; paske, an verite, «si» louvri pòt pou travay satan an» Rapòte pa Mouslim23.

Sizyèm pwen an se: Fòme yon kominote ki djanm ki bay tout sal posede pou tabli relijyonl lan, epi pou ranfòse pilyel yo, sanl pa okipe difikilte li jwenn nan chemen sa a. Epi sou sa, Allah, Trèwo a, di:

﴿إِنَّمَا ٱلۡمُؤۡمِنُونَ ٱلَّذِينَ ءَامَنُواْ بِٱللَّهِ وَرَسُولِهِۦ ثُمَّ لَمۡ يَرۡتَابُواْ وَجَٰهَدُواْ بِأَمۡوَٰلِهِمۡ وَأَنفُسِهِمۡ فِي سَبِيلِ ٱللَّهِۚ أُوْلَٰٓئِكَ هُمُ ٱلصَّٰدِقُونَ 15﴾

15-Anverite, kwayan yo (moun ki gen lafwa yo) se sèlman moun ki kwè nan Allah ak nan Pwofèt li a, epi aprè sa yo pa gen okenn dout, epi yo lite ak byen yo ak lavi yo nan chemen Allah. Se moun sa yo ki veridik yo. [Al-Hujurat:15].

 

Setyèmman: Rive jwenn bonè nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an, nan refòme moun yo ak kominote yo, epi jwenn rekonpans ak onè. Epi sou sa, Allah, Sila a ki Elve a, di:

﴿مَنۡ عَمِلَ صَٰلِحٗا مِّن ذَكَرٍ أَوۡ أُنثَىٰ وَهُوَ مُؤۡمِنٞ فَلَنُحۡيِيَنَّهُۥ حَيَوٰةٗ طَيِّبَةٗۖ وَلَنَجۡزِيَنَّهُمۡ أَجۡرَهُم بِأَحۡسَنِ مَا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ 97﴾

97- Nenpòt moun ki fè sa ki byen, kit li se gason oswa fanm, pandan li gen lafwa, Nap ba li yon bèl lavi (yon lavi ki dous). Epi, Nap rekonpanse yo pou pi bon nan sa yo te konn fè. [An-Nahl:97].

 

Men kèk nan objektif kwayans Islamik la, nap mande Allah pou li reyalize yo pou nou, ansanm ak tout Mizilman yo; anverite, se li menm (Allah)ki donan anpil la epi ki jenere a, e tout lwanj se pou Allah, Mèt linivè a.

Se pou benediksyon ak lapè Allah sou Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo tout ansanm.

Se otè a li menm ki te fin ekril ak pwòp men li.

Muhammad as-Salih al-Uthaymin

 

 

 

***

الفهرس

 

Premye pawòl (Entrodiksyon ); 2

"Relijyon Islam la" 4

Baz fondamantal Islam yo 10

"Baz Fondamantal Kwayans Islamik la" 15

Lafwa nan Allah ki anwo nan syèl la. 16

Lafwa nan zanj yo 37

Kwè nan Liv yo 44

Kwè nan mesaje yo 46

Lafwa nan Jou Dènye a (Jou Jijman an) 55

Lafwa nan Desten" oswa "Kwè nan Dekrè Allah 79

Objektif Doktrin (Aqida) Islam nan 92

 

 

***

 

ht71v1.2 - 06/06/2026


Rapòte pa Al-Bukhari: liv Lafwa, nimewo (8), epi Mouslim: liv Lafwa, chapit pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) Lislam bati sou senk, nimewo (16).

Rapòte pa Mouslim, liv Lafwa, anba nimewo (8), Abou Dawoud: liv Sounnah, chapit sou Qadr, anba nimewo (4695).

Bukhari te rapòtel nan: Liv antèman yo (Al-Jana'iz), nan chapit: Si yon timoun konvèti nan Islam epi li mouri, èske yo dwe fè lapriyè antèman pou li, epi èske yo dwe prezante Islam bay yon timoun, nimewo (1292). Epi Muslim te rapòte l tou nan: Liv Desten an (Al-Qadar), nan chapit: Sans pawòl ki di chak timoun fèt ak nati natirèl li (Al-Fitrah), ak jijman sou lanmò timoun ki pa mizilman ak timoun ki mizilman, nimewo (2658)."

Rapòte pa Al-Boukhari: Sourat At-Tour, nimewo (4854).

Rapòte pa Boukhari: Liv Vandredi a, Chapit sou demann lapli nan sèmon jou Vandredi a, nimewo (891).

Se Bukhari ki te rapòte l: nan liv sou 'Vandredi' (Jumu'ah), nan chapit 'Mande lapli pandan diskou Vandredi a', nimewo (891). Epi Muslim te rapòte l tou: nan liv sou 'Lapriyè pou mande lapli', nan chapit 'Lapriyè pandan y ap mande lapli', nimewo (897).

Rapòte pa Mouslim: liv Lafwa, chapit sou eksplikasyon Lafwa, Islam, ak Ihsan, ak obligasyon pou kwè fèm nan dekrè Allah, Glwa pou Li, Sila a ki Pi Wo a, nimewo (8).

Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Kòmansman Kreyasyon an, Chapit Mansyon Zanj yo, nimewo (3037), e Mouslim: Liv Byenfè, Bon Konduit ak Bòn Manyè, Chapit Lè Allah renmen yon sèvitè, Li fè sèvitè L yo renmen l, nimewo (2637).

Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Jouma'a, Chapit sou Koute Khoutba a, anba nimewo (887), e Mouslim: Liv Jouma'a, Chapit sou vèti ale bonè jou Jouma'a, anba nimewo (850).

Rapòte pa Al-Boukhari: Liv At-Tawhid, chapit pawòl Allah Trè Wo a: "pou sa M te kreye ak de men M yo", nimewo (7410), epi Mouslim: Liv Al-Iman, chapit sou moun ki gen pi ba ran nan Jannah la, nimewo (193).

Rapòte pa Al-Boukhari: Chapit yo sou Qibla a, chapit Vire fas nan direksyon Qibla a kèlkeswa kote yon moun ye, nimewo (392), epi Mouslim: Liv Moske yo ak Kote pou fè Lapriyè, chapit Bliye pandan Lapriyè, ak Pwostènasyon pou sa, nimewo (572).

Rapòte pa Mouslim, liv Paradi a, deskripsyon benediksyon li yo ak abitan li yo, chapit sou fen mond lan, ak klarifikasyon sou rasanbleman Jou Rezirèksyon an, anba nimewo (2859).

Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Enjistis yo, chapit Pawòl Allah Tèala: ﴿Sètènman madichon Allah sou moun ki enjis yo﴾, nimewo (2309), epi Mouslim: Liv Tòba a, chapit akseptasyon tòba asasen an, menmsi li te touye anpil moun, nimewo (2768).

Rapòte pa Mouslim: Liv Liman, chapit Lè yon sèvitè gen entansyon fè yon bon aksyon yo ekri li, epi lè li gen entansyon fè yon move aksyon yo pa ekri li, nimewo (131).

Rapòte pa Boukhari: Liv Tafsir, chapit pawòl Li a: ﴿Okenn moun pa konnen ki kalite bèl plezi ki sere pou yo, kap fè je yo ak kè yo kontan anpil﴾, nan nimewo (4501), epi Mouslim: Liv Jannah ak deskripsyon plezi li yo ak moun ki ladan l yo, nan nimewo (2824).

Rapòte pa Mouslim: liv Paradi a, deskripsyon délis li yo ak moun ki ladan l yo, chapit kote yo prezante plas moun ki mouri a nan Paradi oswa nan Dife a, epi sou afimasyon chatiman tonm nan ak fason pou chèche pwoteksyon kont li, anba nimewo (2867).

Rapòte pa Abou Dawoud: Liv As-Sunnah, Chapit sou Kesyonnman ak Touman nan Tonm nan, anba nimewo (4753), ak Ahmad: Musnad Al-Kufiyyin, adit Al-Bara' ibn 'Azib, anba nimewo (18534).

Rapòte pa Al-Boukhari: liv Woudou, chapit konsènan lave pipi, nimewo (215).

Rapòte pa Mouslim: Liv Desten an, Chapit sou deba ant Adan ak Mousa, ke lapè sou yo toulede, nimewo (2653).

Rapòte pa Al-Bukhari: Liv Al-Qadar, chapit Kòmandman Allah se yon dekrè ki predestinen, nimewo (6605), epi Muslim: Liv Al-Qadar, chapit Fason kreyasyon yon moun nan vant manman l, ak ekriti sou mwayen pou l viv, dire lavi l, zèv li, ak si l ap nan mizè oubyen nan jwisans, nimewo (2647).

Mouslim rapòte l: Liv Zèd ak Rakayik, Chapit Kwayan an tout zafè l se byen, nimewo (2999).

Rapòte pa Mouslim: liv sou Desten an, chapit sou lòd pou w gen fòs, kite feblès, chèche èd nan men Allah, epi konfye desten an nan men Allah, nimewo (2664).

Rapòte pa Muslim: Liv Lafwa, chapit sou obligasyon pou kwè nan mesaj Pwofèt nou an Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) pou tout moun, epi anilasyon lòt relijyon yo pa relijyon pa l la, nimewo (153).