الدُّرُوسُ المُهِمَّةُ لِعَامَّةِ الأُمَّةِ
Leson ki pi enpòtan pou tout pèp yo (Oumma a)
لِسَمَاحَةِ الشَّيْخِ العَلَّامَةِ
عَبْدِ العَزِيزِ بْنِ عَبْدِ اللهِ بْنِ بَازٍ
رَحِمَهُ اللهُ
Eminans li, Gwo Savan Chèkh Abdul Aziz bin Baz (Allah gen pitye pou li)
Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Se pou Allah gen mizèrikòd pou li
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Leson ki pi enpòtan pou tout pèp yo (Oumma a)
Nan non Allah ki gen anpil mizèrikòd, epi ki gen anpil konpasyon an
Pawòl otè a anvan li kòmanse
Tout lwanj se pou Allah, Mèt tout linivè a. Bon rezilta a (Paradi a) se pou moun ki gen krentif pou li yo. Se pou benediksyon ak lapè Allah poze sou sèvitè li epi Anvwaye li, Pwofèt nou an, Mouhamad, ansanm ak sou fanmi li ak tout konpanyen li yo nèt.
Pou nou kontinye:
Men kèk ti pawòl ki kout, kote mwen esplike kèk bagay ki obligatwa pou tout moun nan pèp la konnen sou relijyon Islam nan. Mwen rele liv sa a: (Leson ki pi enpòtan pou tout pèp la1).
Mwen mande Allah pou li fè liv sa a itil tout mizilman yo, epi poul aksepte travay sa a nan men mwen. Se vre wi, li se yon Allah ki bay anpil, epi li gen anpil jenerozite.
Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz Leson ki pi enpòtan pou tout pèp la
Premye Leson: Sourat Al-Fatiha ak ti sourat ki kout yo
Sourat Al-Fatiha ak sa ki posib nan ti sourat ki kout yo, depi sou Sourat Az-Zalzalah rive nan Sourat An-Nas; nan fason pou repete aprè mèt la, korije lekti a, memorize yo, epi bay esplikasyon sou sa ki obligatwa pou moun konprann.
Dezyèm Leson: Pilye Islam yo
Esplikasyon sou 5 pilye Islam yo; premye a epi sa ki pi gran nan yo a. Temwayaj ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon pase Allah, epi Muhammad se mesaje Allah, ansanm ak esplikasyon sans yo.Epi sans li se: (Pa gen lòt dye) pou nye tout sa moun ap adore nan plas Allah, (Pase Allah) pou konfime adorasyon an se pou Allah sèlman, san li pa gen asosye Kanta pou kondisyon (La ilaha illa Allah) yo, men yo: konesans ki chase inyorans, sètitid ki chase dout, senserite ki chase bay senyè toupwisan an asosye, verite ki chase manti, lanmou ki chase rayisman, soumèt tèt nou ki chase abandon, akseptasyon ki chase rejè, epi poun pa kwè nan tout sa moun ap adore nan plas Allah. Epi yo rasanble yo nan 2 vè sa yo ki nan pwezi sa a:
Konesans, sètitid, senserite ak veritew, ansanm ak lanmou, soumèt tèt ou, epi aksepte yo nèt. Epi yo ajoute wityèm nan: se pouw nye tout lòt bagay moun pran pou dye nan plas sèl senyè toupwisan.
Ansanm ak esplikasyon temwayaj ki di Muhammad se mesaje Allah, sa ki mande : pou nou kwè tout sa li di se verite, pou nou obeyi tout lòd li bay, pou nou rete lwen tout sa li entèdi epi li repouse, epi pou nou pa adore Allah nan yon fason ki pa mache ak sa Allah ak mesaje li a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te deside. Aprè sa, li esplike elèv la rès pilye Islam yo ki se: Lapriyè (Salat), bay lacharite (Zakat), fè jèn nan mwa Ramadan an, ak fè pelerinaj nan kay Allah ki sakre a (Hadj) pou moun ki gen mwayen fè vwayaj la.
Twazyèm Leson: Pilye Lafwa (Iman) yo
Yo se 6 : Pou ou gen lafwa nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, nan mesaje li yo, nan dènye jou a (jou jijman an), epi pou ou gen lafwa nan predestinasyon (Kadè), kit sa ki parèt bon oswa sa ki parèt mal, sa soti nan men Allah ki anwo nan syèl la.
Katriyèm Leson: Diferan kalite Inisite Allah (Tawid) ak diferan kalite Asosye (Shirk)
Esplikasyon sou kalite Tawid yo, yo se 3 : Tawid ar-Rouboubiya (Inisite Allah nan aksyon li yo kòm Seyè), Tawid al-Oulouhiya (Inisite Allah nan adorasyon an), ak Tawid al-Asma wa Sifat (Inisite Allah nan non li yo ak kalite li yo).
1- Tawid ar-Rouboubiya (Inisite Allah nan aksyon li yo kòm Seyè): Se pouw gen lafwa ke Allah (glwa pou li) se li ki Kreye tout bagay, se li ki Dirije tout bagay, epi li pa gen okenn asosye nan sa.
2-Tawid al-Oulouhiya (Inisite Allah nan adorasyon an): Se pouw gen lafwa ke Allah (glwa pou li) se li menm sèl ki merite adore tout bon vre san li pa gen asosye nan sa. Se sa menm ki sans "La ilaha illa Allah", paske sans li se: Pa gen anyen ki merite adore tout bon vre pase Allah. Se sak fè, tout adorasyon yo, tankou lapriyè, jèn, ak tout rès yo, fòk yo fèt pou Allah sèlman ak tout senserite, epi li pa pèmèt pou moun bay okenn lòt moun oswa lòt bagay okenn pati nan adorasyon sa yo.
3-Tawid al-Asma wa s-Sifat (Inisite nan non ak kalite Allah yo): Se pouw gen lafwa nan tout non ak kalite Allah ki parèt nan Koran an oswa nan adit ki otantik yo; epi pouw rekonèt yo se pou Allah sèlman, nan fason ki kòrèk la.
﴿قُلۡ هُوَ ٱللَّهُ أَحَدٌ1 ٱللَّهُ ٱلصَّمَدُ2 لَمۡ يَلِدۡ وَلَمۡ يُولَدۡ 3 وَلَمۡ يَكُن لَّهُۥ كُفُوًا أَحَدُۢ4﴾
1- « Di konsa: "Li menm, Allah, Li se sèl senyè toupwisan an. »
2- Allah se li menm tout kreyati konte sou li (pou tout bezwen yo).
3- Li pat fè pitit, epi li menm tou, li pat fèt nan men pèsonn.
4- « Epi pa gen pèsonn ki sanble ak Li, ni ki egal ak Li. » [Al-Iklas: 1-4] Epi pawòl Li (Allah), Li menm ki gen tout pouvwa ak tout glwa a:
﴿...لَيۡسَ كَمِثۡلِهِۦ شَيۡءٞۖ وَهُوَ ٱلسَّمِيعُ ٱلۡبَصِيرُ﴾
Pa gen anyen ki sanble ak Li, epi se Li menm ki tande tout bagay, ki wè tout bagay. [Sourat Ash-Shura vèsè 11] Gen kèk savan (moun ki gen konesans) ki divize li an 2 kalite sèlman, kote yo mete Tawid al-Asma wa s-Sifat (Inisite nan non ak kalite Allah yo) anndan Tawid ar-Rouboubiya (Inisite nan aksyon Allah yo).
Epi kalite Shirk (bay Bondye asosye) yo se 3: Shirk ki pi gran an, Shirk ki pi piti a, ak Shirk ki kache a.
Konsa, Shirk ki pi gran an: li lakòz tout bon aksyon yon moun te fè pèdi valè yo (anile), epi li fè moun nan rete nan lanfè pou toutan si li mouri nan eta sa a.
﴿...وَلَوۡ أَشۡرَكُواْ لَحَبِطَ عَنۡهُم مَّا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ﴾
«Si yo te bay Allah asosye, tout sa yo te konn fè kòm aksyon tap pèdi valè yo (tap anile).» [Sourat Al-An'am: 88] Epi Li (Allah) di, glwa pou Li:
﴿مَا كَانَ لِلۡمُشۡرِكِينَ أَن يَعۡمُرُواْ مَسَٰجِدَ ٱللَّهِ شَٰهِدِينَ عَلَىٰٓ أَنفُسِهِم بِٱلۡكُفۡرِۚ أُوْلَٰٓئِكَ حَبِطَتۡ أَعۡمَٰلُهُمۡ وَفِي ٱلنَّارِ هُمۡ خَٰلِدُونَ17﴾
17- Li pa apwopriye pou moun kap bay Allah asosye (mouchrikin yo) pou yo ta okipe oswa pran swen moske Allah yo, pandan yap temwaye kont pwòp tèt yo ke yo nan dekonfyans (koufr). Moun sa yo, aksyon yo pèdi valè yo (anile), epi se nan dife (lanfè) a yap rete pou toutan. [ sourat Repantans: 17]، Epi (lafwa sa a vle di tou) ke nenpòt moun ki mouri nan eta sa a (nan Shirk ki pi gran an), Allah pap janm padone li, epi Paradi a entèdi pou li nèt ale, jan Allah ki gen tout pouvwa ak tout glwa a di sa:
﴿إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَغۡفِرُ أَن يُشۡرَكَ بِهِۦ وَيَغۡفِرُ مَا دُونَ ذَٰلِكَ لِمَن يَشَآءُ...﴾
Anverite, Allah pa padone pou yo ba Li asosye (nan adorasyon an), men Li padone nenpòt lòt peche ki mwens pase sa pou moun Li vle. [ sourat An-Nisa: 48], Epi Li (Allah) di, glwa pou Li:
﴿...إِنَّهُۥ مَن يُشۡرِكۡ بِٱللَّهِ فَقَدۡ حَرَّمَ ٱللَّهُ عَلَيۡهِ ٱلۡجَنَّةَ وَمَأۡوَىٰهُ ٱلنَّارُۖ وَمَا لِلظَّٰلِمِينَ مِنۡ أَنصَارٖ﴾
«Anverite, moun ki bay Allah asosye, Allah entèdi li antre nan Paradi a, epi kote li pral rete a se nan Dife (lanfè). Epi mechan yo pap gen pèsonn pou pote yo sekou.» [ Sourat Al-Ma'idah: 72].
Epi nan kalite li yo (Shirk ki pi gran an), genyen: lapriyè mande moun mouri, adore estati (idòl), chache sekou nan men yo, fè pwomès pou yo, touye bèt kòm ofrann pou yo, ak lòt bagay konsa.
Shirk ki pi piti a: Se tout sa ki soti nan tèks Koran an oswa nan Sounna a yo rele "Shirk", men ki pa nan menm kategori ak Shirk ki pi gran an; tankou fè wè (riya) nan kèk aksyon, sèmante sou non yon lòt bagay ki pa Allah, ak di: "Sa Allah vle ak sa entèl vle", ak lòt bagay konsa; paske Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: "Sa mwen pè plis pou nou, se Shirk ki pi piti a." Lè yo te mandel sa li ye, li te reponn: "Se fè wè (Riya)."
«أَخْوَفُ مَا أَخَافُ عَلَيْكُمْ الشِّرْكَ الأَصْغَرَ» فَسُئِلَ عَنْهُ، فَقَالَ: «الرِّيَاءُ».
«Pi gwo bagay mwen pè pou nou an se Chirk ki pi piti a», epi yo te mande l sou sa, e li te reponn: «Riya»2 Rapòte pa Imam Ahmad, at-Tabarani, ak al-Bayhaqi, dapre Mahmoud ibn Labid al-Ansari — se pou Allah kontan avèk li— avèk yon bon chèn transmisyon; at-Tabarani rapòte li tou avèk plizyè chèn transmisyon ki bon, dapre Mahmoud ibn Labid, dapre Rafi' ibn Khadij, dapre Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li).
Epi pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«مَنْ حَلَفَ بِشَيْءٍ دُونَ اللَّهِ فَقَدْ أَشْرَكَ».
«Moun ki sèmante pa yon bagay andeyò Allah, li tonbe nan asosyasyon»3 Rapòte pa Imam Ahmad avèk yon chèn narasyon ki otantik, li soti nan Umar ibn al-Khattāb — se pou Allah kontan avèk li—, Epi Abou Daoud, ak Tirmidhi rapòte li avèk yon chèn transmisyon ki sèten (Sahih), soti nan adit Ibn Omar (ke Allah satisfè de yo tou le de), de Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«مَنْ حَلَفَ بِغَيْرِ اللَّهِ فَقَدْ كَفَرَ أَوْ أَشْرَكَ».
«Nenpòt moun ki sèmante sou non yon lòt bagay ki pa Allah, li sètènman fè yon zak ki montre li pa kwayan (koufr) oswa li bay senyè toupwisan an asosye (shirk).»4 Epi pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«لَا تَقُولُوا: مَا شَاءَ اللَّهُ وَشَاءَ فُلانٌ، وَلَكِنْ قُولُوا: مَا شَاءَ اللَّهُ ثُمَّ شَاءَ فُلانٌ».
Pa di: "Sa Allah vle ak sa entèl vle", men pito di: "Sa Allah vle, epi (apre sa) sa entèl vle."»5 Se Abou Daoud ki rapòte li avèk yon chenn transmisyon ki otantik (sahih), dapre Houzayfah ibn al-Yaman (se pou Allah dakò avè l).
Epi kalite sa a (Shirk ki pi piti a) pa fè yon moun soti nan relijyon an (li pa lakòz Ridda), ni li pa fè moun nan rete nan lanfè pou toutan.
Twazyèm kalite a: Chirk kache a; epi prèv li se pawòl Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li):
«أَلَا أُخْبِرُكُمْ بِمَا هُوَ أَخْوَفُ عَلَيْكُمْ عِنْدِي مِنَ المَسِيحِ الدَّجَّالِ؟» قَالُوا: بَلَى يَا رَسُولَ اللَّهِ، قَالَ: «الشِّرْكُ الخَفِيُّ، يَقُومُ الرَّجُلُ فَيُصَلِّي فَيُزَيِّنُ صَلَاتَهُ لِمَا يَرَى مِنْ نَظَرِ الرَّجُلِ إِلَيْهِ».
Twazyèm kalite a se Shirk ki kache a; epi prèv li se pawòl Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) ki te di: «Èske mwen pa dwe fè nou konnen sa mwen pè pou nou plis pase fo Mesi a (Dajjal)?» Yo reponn: «Wi, o Mesaje Allah.» Li di: «Se Shirk ki kache a: se lè yon moun kanpe pou li fè lapriyè (Salat), epi lap fè bèl manvè nan lapriyè a paske li wè gen yon lòt moun kap gade li»6 Rapòte pa Imam Ahmad nan Musnad li a, soti nan Abou Sa'id al-Khoudri — se pou Allah kontan avèk li.
Epi yo ka divize Chirk la an 2 kalite sèlman:
Sa ki pi gran ak sa ki pi piti; kanta pou Shirk ki kache a menm, li antre nan tou 2 kategori sa yo (li ka gran oswa li ka piti). Konsa, li (shirk ki kache a) ka tonbe nan kategori sa ki pi gran an, tankou shirk moun ipokrit yo (mounafiqin); paske yo kache move kwayans yo genyen yo, epi yo pran pòz yo se Mizilman sèlman pou fè wè (riya) ak paske yo pè pou tèt yo.
Epi li (shirk ki kache a) kapab nan kategori Shirk ki pi piti a tou, tankou fè wè (riya), jan sa te parèt nan adit Mahmoud ibn Labid al-Ansari a nou te wè anvan an, ak nan adit Abou Saïd la nou sot mansyone a,Se Allah sèl ki bay siksè.
Senkyèm Leson: Al-Ihsan (Pèfeksyon/Ekselans)
Poto Pèfeksyon an, epi li se: Pou ou adore Allah kòmsi ou te wèl devan zyew; menmsi ou pa wèl, anverite, li menm lap gade w.
Sizyèm Leson an: Kondisyon yo pou lapriyè a
Epi yo se 9:
1-Al-Islam: Se pou moun nan mizilman.
2-Al-Aql: Se pou moun nan gen tout bon sans li (li pa fou).
3-At-Tamyiz: Se pou moun nan gen laj pou l konprann (laj kote li ka fè distenksyon ant sa ki byen ak sa ki mal).
4-Raf'ul Hadath: Se pou moun nan gen dlo (Woudou) pou l leve eta enpirte a.
5-Izalatun Najasah: Se pou l netwaye tout malpwòpte (sou kò l, sou rad li, oswa kote l ap priye a).
6-Satrul Awrah: Se pou l kouvri pati nan kò l ki dwe kache yo.
7-Doukhoulul Waqt: Se pou lè lapriyè a rive.
8-Istiqlalul Qiblah: Se pou l vire fas li nan direksyon Kibla a (Kaba).
9-An-Niyyah: Se pou l gen entansyon nan kè l pou l fè lapriyè a.
An rezime : se pou moun nan Mizilman , pou li gen tout bon sans li , pou li gen laj kote li ka fè distenksyon ant sa ki byen ak sa ki mal , pou li gen dlo (Woudou) poul retire eta salte a , pou li netwaye tout malpwòpte ki sou kòl oswa sou rad li, pou li kouvri pati nan kòl ki dwe kache yo , pou lè lapriyè a rive tout bon vre, pou li vire fas li nan direksyon Kibla a, epi pou li gen entansyon nan kè li poul fè lapriyè a.
Senkyèm Leson: Poto Lapriyè yo (Arkan as-Salat)
Epi yo se 14 bagay:
1. Kanpe si ou kapab: Se pou moun nan kanpe dwat pandan lapriyè obligatwa yo si li gen fòs pou sa.
2. Takbiratoul Ihram: Se premye "Allahu Akbar" ki fè ou antre nan lapriyè a.
3. Lekti Al-Fatiha: Li premye sourat nan Koran an nan chak "rak'ah".
4. Roukou (Rukū‘): Panche kò a pi devan ak men yo sou jenou.
5. Redrese kò a aprè Roukou: Kanpe dwat ankò apre ou fin panche.
6. Soudjoud (Sujūd): Mete fwon atè sou sèt (7) pati nan kò a (fwon ak nen, de pla men yo, de jenou yo, ak pwent de pye yo).
7. Leve sot nan Soudjoud: Chita apre ou te fin mete fwon atè.
8. Chita ant 2 Soudjoud yo: Pozisyon chita ki separe premye ak dezyèm fwa ou mete fwon atè a.
9. Trankilite (At-Touma'ninah): Pran poz (pa kouri) nan chak mouvman sa yo.
10. Lòd (At-Tartib): Swiv lòd poto sa yo youn apre lòt jan yo ye a.
11. Dènye Tachahhoud la: Resite dènye temwayaj la anvan ou fini.
12. Chita pou Tachahhoud la: Pozisyon chita pou resite dènye temwayaj la.
13. Priye sou Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li): Voye benediksyon sou Pwofèt la apre Tachahhoud la.
14: 2 Taslim yo: Di "Assalamu alaykum" 2 fwa (adwat ak agoch) pou fini lapriyè a.
Wityèm Leson: Obligasyon Lapriyè yo (Wajibat as-Salat)
Epi yo se 8
1- Tout Takbir yo apa premye a: Di "Allahu Akbar" nan chak chanjman pozisyon (apa Takbiratoul Ihram nan ki se yon poto).
2- Di "Sami'allahu liman hamidah": Pou moun kap dirije lapriyè a (Imam) ak pou moun kap priye pou kont li, lè yap redrese kò yo sot nan Roukou.
3-Di "Rabbana walakal hamd": Pou tout moun (Imam, moun kap swiv li, ak moun kap priye pou kont li) lè yo fin kanpe dwat apre Roukou.
4-Di "Subhana Rabbiyal Azim": Omwen yon fwa pandan ou nan Roukou (panche kò a).
5-Di "Subhana Rabbiyal A'la": Omwen yon fwa pandan ou nan Soudjoud (fwon atè).
6-Di "Rabbighfir li": Pandan ou chita ant 2 Soudjoud yo.
7-Premye Tachahhoud la: Resite temwayaj la nan mitan lapriyè ki gen plis pase 2 rak'ah yo.
8-Chita pou premye Tachahhoud la: Pozisyon chita pandan wap fè resitasyon sa a.
Nevyèm Leson an: Esplikasyon sou Tachahhoud la (Temwayaj la)
Epi se pou li di:
(Tout salitasyon se pou Allah, ak lapriyè yo, ak tout bon bagay yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo. Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo. Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li).
Apre sa, li voye lapriyè sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) epi li mande benediksyon pou li, epi li di: (O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou glorye. Epi beni Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou glorye).
Apre sa, nan dènye Tachahhoud la, li dwe mande Allah pwoteksyon kont chatiman lanfè, kont chatiman tonb nan, kont eprèv lavi ak lanmò, epi kont eprèv fo Mesi a (Dajjal). Apre sa, li ka chwazi nenpòt envokasyon (doua) li vle, sitou sa yo ki te rapòte nan tradisyon Pwofèt la, tankou sa yo:"
«O Allah, edem poum toujou chonje Ou, poum remèsye Ou, epi pou mwen adore Ou byen. O Allah, mwen fè tèt mwen anpil tò, epi pa gen pèsonn ki ka padone peche sof Ou menm; se sak fè, mwen mande ou pou wou padone mwen ak yon padon ki soti nan ou menm, epi gen pitye pou mwen, paske se Ou menm ki Gran Padonè a epi ki gen anpil Mizèrikòd.»
Kanta pou premye Tachahhoud la, moun nan dwe kanpe poul fè twazyèm rak’ah a apre 2 temwayaj yo (Chahada) nan lapriyè Zohr, Asr, Maghrib ak Isha. Men, si li voye benediksyon sou Pwofèt la ,li fè Salat al-Ibrahimiyyah), sa pi bon toujou poutèt kantite adit ki pale sou sa; apre sa, lap kanpe pou li fè twazyèm rak’ah a.
Dizyèm Leson: Pratik ki rekòmande nan lapriyè (Sunan as-Salat)
Epi pami yo tou:
1-Al-Istiftah la (priyè ouvèti a)
2- Mete pla men dwat la sou men goch la sou lestonmak pandan ou kanpe, kit se anvan ou fè Roukou oswa apre ou fin redrese kòw soti nan Roukou.
3- Leve 2 men yo, avèk dwèt yo kole epi lonje, rive nan nivo zepòl yo oswa nan nivo zòrèy yo lè wap di premye Takbir la, lè wap fè Roukou, lè wap redrese kòw soti nan Roukou, epi lè wap kanpe sot nan premye Tachahhoud la pouw fè twazyèm rak'ah a.
4- Tout sa ou di anplis 2 premye fwa a lè wap fè lwanj Allah (Tasbih) nan Roukou ak nan Soudjoud.
5- Tout sa ou di anplis apre pawòl: «Rabbana walakal hamd» lè ou fin redrese kò w sot nan Roukou, epi tout sa ou di anplis 2 premye fwa a nan envokasyon (doua) kote wap mande padon an ant 2 Soudjoud yo.
6- Kenbe tèt ou nan menm nivo ak do ou pandan wap fè Roukou a (san ou pa ni bese tèt la twò ba, ni leve li twò wo).
7- Dekole 2 bra yo (pati anwo a) ak 2 bò kòw, dekole vant ou ak kuis ou yo, epi dekole kuis ou yo ak janm ou yo pandan wap fè Soudjoud la.
8- Leve 2 avan bra ou yo (soti nan ponyèt rive nan koud) pou yo pa touche atè a pandan wap fè Soudjoud la.
9- Pou moun kap priye a chita sou pye goch li (plat atè), epi kenbe pye dwat li kanpe (sou pwent dwèt pye yo) pandan premye Tachahhoud la ak nan pozisyon chita ant 2 Soudjoud yo.
10- Pozisyon At-Tawarrouk nan dènye Tachahhoud la pou lapriyè ki gen 4 rak'ah (Zohr, Asr, Isha) oswa 3 rak'ah (Maghrib). Pozisyon sa a se: Chita sou dèyèw, pase pye goch ou anba janm dwat ou, epi kenbe pye dwat ou kanpe (sou pwent dwèt pye yo)
11- Lonje dwèt endèks ou pandan premye ak dezyèm Tachahhoud la, depi lè ou fin chita a rive nan fen Tachahhoud la, epi bouje dwèt sa a lè wap fè envokasyon (doua).
12- Elòj ak benediksyon sou Mouhammad, ak sou fanmi Mouhammad, ak sou Ibrahim, ak sou fanmi Ibrahim nan premye Tachahoud la.
13- Siplikasyon nan dènye 'Tachahoud' la.
14- Li Koran an fò (ak vwa wo) nan lapriyè douvanjou (Fajr), lapriyè Vandredi (Jumu'ah), lapriyè 2 fèt yo (Eid), lapriyè pou mande lapli (Istisqa), epi nan 2 premye rak’ah yo nan lapriyè lannwit yo, ki se Maghrib ak Isha.
15- Li an silans nan lapriyè Zohr ak Asr, nan twazyèm rak’ah lapriyè Maghrib la, epi nan 2 dènye rak’ah lapriyè Isha
16- «Li sa ki fasil pou ou nan Koran an apre ou fin li Sourat Al-Fatiha, epi respekte rès pratik ki baze sou tradisyon Pwofèt la (Sunnan) ki egziste nan lapriyè a apa sa nou te deja mansyone yo. Pami yo genyen: sa moun k ap priye a di anplis apre pawòl "Rabbana walakal hamd" la, lè l fin redrese kò l sot nan Roukou (kit se Imam nan, moun k ap swiv li a, oswa moun k ap priye pou kont li a), paske sa se yon Sunna. Genyen tou: mete de men yo sou de jenou yo ak dwèt yo louvri (separe) pandan w ap fè Roukou a.»
Onzyèm Leson an: Bagay ki gate lapriyè a (Mubtilat as-Salat)
Epi yo se 8 :
1- Pale esprè pandan ou konnen byen sa wap fè a epi ou konnen sa entèdi. Men, pou moun ki bliye (li pa te rann li kont li nan lapriyè) oswa moun ki pat konnen règleman an, lapriyè li pa gate pou sa.
2- Ri (wap ri pandan wap priye).
3- Manje(wap mange pandan wap priye)
4- Bwè(wap bwè pandan wap priye)
5- Lè pati prive (pati entim nan kòw) yon moun parèt (san kouvri)
6- Vire kòw anpil pouw kite direksyon Kibla a.
7- Fè anpil mouvman initil (vye jès) yonn dèyè lòt pandan wap priye a.
8- Anilasyon pirifikasyon an.
Douzyèm Leson an: Kondisyon yo pou ablisyon an (Woudou) ka valab
Epi yo se 10:
«Kondisyon pou woudou a se: Islam, gen lespri w an plas (al-Aql), rive nan laj rezon an (at-Tamyiz), epi gen entansyon an (an-Niyyah). Ou dwe kenbe entansyon sa a nan lespri w san ou pa deside koupe l jouk sa fini nèt. Epitou, sa ki te lakòz woudou a (tankou pipi oswa watè) dwe sispann soti, epi ou dwe fè netwayaj (Istinja oswa Istijmar) anvan w kòmanse woudou a. Dlo w ap sèvi a dwe pwòp (Tahour) epi li dwe yon dlo ki pèmèt ou sèvi avè l (ki pa vòlè). Ou dwe retire tout sa ki ka anpeche dlo a touche po w, epi pou moun ki gen yon pwoblèm kote ablisyon l gate tout tan (tankou enkontinans), li dwe tann lè lapriyè a rive anvan li fè woudou l.»
Trèzyèm Leson an: Obligasyon ki nan woudou a (Fara'id al-Wudu)
Epi yo se 6:
Lave figi a, sa ki gen ladan l rense bouch la ak rale dlo nan nen an, lave 2 men yo rive jis nan koud bra yo, pase men mouye sou tout tèt la, sa ki gen ladan li 2 zòrèy yo, lave 2 pye yo rive jis nan zo jwenti pye yo, fè yo nan lòd, epi fè yo youn dèyè lòt san kanpe. Li rekòmande (se yon Sunna) pouw lave figiw, 2 men w, ak 2 pye w 3 fwa; se menm bagay la tou pou rense bouch ou ak netwaye nen ou. Men, sa ki obligatwa (Farz) nan sa yo se lave yo yon sèl fwa sèlman. Kanta pou pase men mouye sou tèt la, li pa rekòmande pou repetel plizyè fwa, jan sa ekri nan Adit ki natif natal yo (Sahih).
Katòzyèm Leson an: Bagay ki gate ablisyon an (Nawaqid al-Wudu)
Epi yo se 6:
1. Tout sa ki soti nan 2 chemen natirèl yo (pipi, watè, van, elatriye).
2. Nenpòt bagay sal (najis) ki soti nan kò a an kantite (tankou san oswa vomisman).
3. Lè yon moun pèdi konesans li, kit se nan dòmi oswa pou nenpòt lòt rezon.
4. Manyen pati privew (devan oswa dèyè) ak pla menw dirèkteman san pa gen anyen ki bare (san rad).
5. Manje vyann chamo.
6. Kite relijyon Islam nan (Apostazi) — nap mande Allah pou Li pwoteje nou ak tout Mizilman kont sa.
Yon avi enpòtan: Kanta pou lave yon kadav (lè yon moun mouri): Sa ki kòrèk la se ke sa pa gate woudou a, epi se sa pifò savan yo di, paske pa gen prèv (Dalil) ki montre sa. Men, si men moun kap lave kadav la touche pati prive mò a dirèkteman san pa gen anyen ki bare (tankou gan oswa twal), nan ka sa a li obligatwa poul refè woudou li
Sa ki obligatwa pou moun kap lave mò a, se pou li pa touche pati prive mò a si se pa dèyè yon rido (tankou sèvi ak gan oswa yon twal). Menm jan tou, touche yon fanm pa gate woudou a ditou, kit se avèk anvi oswa san anvi, daprè sa ki pi kòrèk nan opinyon savan yo, toutotan pa gen anyen ki soti nan kò moun nan. Paske Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te konn bo kèk nan madanm li yo, apre sa li tal priye san li pat refè woudou.
Kanta pawòl Allah Subhanahou nan 2 vèsè ki nan Sourat An-Nisa ak Al-Ma'idah ki di:
﴿...أَوۡ لَٰمَسۡتُمُ ٱلنِّسَآءَ...﴾
{...oswa si nou manyen fanm...} [Sourat An-Nisa:43]. Sourat Al-Ma'idah vèsè 6 Sa vle di: Se rapò seksyèl yo vle di la a, daprè sa ki pi kòrèk nan 2 opinyon savan yo. Epi sa se opinyon Ibn Abbas (ki Allah kontan ak li ansanm ak papa l) ak yon gwoup moun nan premye Mizilman yo (Salaf) ak sa ki te vin apre yo (Khalaf). Epi se nan men Allah sèl siksè a soti (se Li ki bay siksè).
Kenzyèm Leson an: Pran abitid gen bèl karaktè ak bon konpòtman (moralite) Allah mande chak Mizilman genyen.
Pami kalite sa yo nou jwenn:
A) :Verite (As-Sidq): Toujou di sa ki vre.
B) :Onètete (Al-Amanah): Respekte konfyans moun mete nan ou.
C) :Diyite ak Chaste (Al-Affaf): Rete lwen move zak ak vye plezi.
D): Pudè (Al-Haya): Gen respè pou tèt ou ak devan Allah.
Kouraj (Ash-Shaja'ah): Kanpe fèm nan sa ki dwat.
E) Jenerozite (Al-Karam): Konn bay ak pataje.
D) :Fidèl nan angajman (Al-Wafa): Respekte pwomès ou.
E) :Rete lwen sa ki entèdi (An-Nazahah): Pa touche anyen Allah entèdi.
D) : Bon vwazinaj (Husnul Jiwar): Byen aji ak vwazen w.
F) :Ede moun ki nan bezwen: Bay kout men selon kapasite w.
Sèzyèm Leson: Konpòtew (disiplinn) selon prensip respè nan Islam (Al-Adab al-Islamiyyah)
Pami prensip sa yo nou jwenn:
1-Bay Salam: Salye moun ak kè kontan.
2- Toujou souri epi gen yon bèl vizaj ak moun.
3-Manje ak bwè ak men dwat: Toujou sèvi ak men dwat pou sa.
4- Di "Bismillah" nan kòmansman: Epi di "Alhamdulillah" lè w fini.
5- Lèw estènen: Di "Alhamdulillah", epi si yon moun tandew li dwe reponn ou (Tashmit).
6- Vizite moun malad: Al wè frèw ak sèw ki pa an sante
7- Swiv kò moun mouri: Ale nan priye janaza epi al nan lantèman.
8- Prensip pou antre ak soti: Kit se nan Moske a oswa lakay ou.
9- Prensip vwayaj: Fason pouw konpòtew lè wap deplase.
10- Konpòtman ak paran: Menm jan tou ak fanmi, vwazen, granmoun, ak timoun piti.
11- Bay felisitasyon: Lè yon bebe fèt oswa lè yon moun ap marye.
12- Bay kondoleyans: Lè yon malè rive yon moun.
13- Prensip pou rad ak soulye: Fason pou w mete yo ak fason pou w retire yo.
Disetyèm Leson: Avètisman kont Shirk ak divès kalite peche
Pami yo (move zak yo), gen 7 gwo peche kap detwi moun yo, ki se:
1-Shirk: Bay Allah asosye nan adorasyon li.
2-Majigri (Sihr): Pratike maji oswa sòsye.
3-Touye moun: Pran lavi yon moun Allah entèdi, eksepte si lalwa (Dwa Islamik) mande sa.
4-Manje Riba (Uzin): Prate lajan ak enterè.
5-Gaspiye byen timoun san papa (Yatim): Pran lajan oswa eritaj yon timoun ki pèdi papa l.
6-Kouri nan lagè: Vire do bay lènmi an nan mitan batay pou defann Islam.
7-Lajistis manti sou fanm debyen: Akize fanm ki gen bon konpòtman epi ki kwayan kòm moun k ap fè dezòd (fè adiltè) san prèv.
Pami lòt peche sa yo genyen:
A) Maltrete paran (Uquq): Dezobeyi yo oswa mal aji avèk yo.
B) Koupe relasyon ak fanmi: Pa okipe fanm ki gen menm san avè w.
C) Bay manti nan tribinal (Shahadatuz Zur): Temwaye sou sa k pa vre.
D) Sèmante sou manti: Sèvi ak non Allah pou kouvri yon manti.
E) Maltrete vwazen: Bay moun ki rete bò kote w pwoblèm.
E) Fè moun lenjistis: Kit se nan pran lavi yo, vòlè byen yo, oswa sal repitasyon yo.
D) Bwè bwason ki soule: Tout sa ki fè moun pèdi tèt yo (alkòl, dwòg, elatriye).
F) Jwe paryaj (Gamar/Maysir): Jwèt aza kote moun pèdi lajan.
E) ** tripotay (Ghibah):** Pale moun mal dèyè do yo.
G) Simen rale mennen vini (Namimah): Pote pawòl pou mete moun nan kont.
Dizwityèm lesson an: Prepare kadav la, priye sou li, epi anterel
Men detay sa a:
Premyeman: Li rekòmande poun ede moun kap rann nanm li a pwononse pawòl sa a: (Lā ilāha illallāh); paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di:
«لَقِّنُوا مَوْتَاكُمْ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ».
«Ede moun kap mouri pami nou yo pwononse: Lā ilāha illallāh (Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon sof Allah).»7 [Se Muslim ki rapòte l]. Sa ki vle di "mò" (Mawtakum) nan adit sa a, se moun ki ap mouri yo (moun kap rann nanm yo), sa vle di moun ki kòmanse montre siy ke lavi yo ap fini.
Dezyèmman: Lè nou sèten moun nan mouri tout bon, nou dwe fèmen zyel epi mare machwa li (pou bouch li pa rete ouvè), paske se konsa tradisyon Pwofèt la (Sunna) mande pou n fè.
Twazyèmman: Li obligatwa pou benyen mò Mizilman an, sòf si se yon shahid (yon mati) ki mouri nan batay. Paske, yo pa benyen li, ni yo pa fè lapriyè pou li. Okontrè, yo antere li ak rad li sou li; paske Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) pa te benyen moun ki te mouri nan batay Ouhoud yo, ni li pa te fè lapriyè pou yo.
Yo dwe kouvri pati prive li yo. Apre sa, yo level yon ti kras epi yo peze vant li dousman. Apresa, moun kap lavel la vlope yon moso twal oswa yon bagay ki sanble avèl nan men li, epi li netwaye pati prive kadav la avèk li. Apre sa, li fè woudou pou li menm jan ak woudou pou lapriyè. Apre sa, li lave tèt li ak bab li avèk dlo ak 'Sidr' oswa yon lòt bagay ki sanble avè l. Apre sa, li lave bò dwat kò a, epi apre sa bò gòch la. Apre sa, li lavel ankò menm jan an yon dezyèm fwa ak yon twazyèm fwa, epi chak fwa li pase men li sou vant li. Si gen yon bagay ki soti nan kò a, li lavel, epi li bouche kote a ak koton oswa yon bagay ki sanble avè l. Si sa pa kenbe, li sèvi ak ajil pi, oswa li itilize mwayen medikal modèn tankou pansman kolan oswa yon lòt bagay ki sanble avè l.
1-Woudou ak lave a: Yo refè woudou pou li (san yo pa mete dlo nan bouch li ak nen li). Si mò a pa pwòp apre 3 fwa yo lavel la, yo ka lavel 5 fwa oswa 7 fwa.
2- Seche ak pafen: Apre sa, yo seche kò a ak yon twal. Yo mete pafen (Atar) nan pli kò li (tankou anba bwa) ak nan pati kò li ki te konn touche tè lè lap fè pwostènasyon (Sujud). Si yo mete pafen sou tout kò a, sa bon tou.
3- Anba tout dra yo: Yo mete bon sant (lansan/Bakhou) nan dra y ap vlope l yo (Kafan).
4- Zong ak moustach: Si moustach li oswa zong li twò long, yo ka koupe yo. Men si yo kite yo, sa pa bay pwoblèm.
5- Sa yo pa dwe fè: Yo pa dwe penyen cheve li, yo pa dwe raze pwal nan pati prive li, epi yo pa dwe sikonsi li, paske pa gen prèv nan relijyon an pou sa.
6- Pou medam yo: Pou yon fanm ki mouri, yo fè twa très nan cheve li epi yo mete yo dèyè do li.
Senkyèmman: Mete mò a nan dra (Kafan) anvan yo anterel
Sa ki pi bon an, se pou yo vlope kadav yon gason nan 3 moso twal blan ki pa gen ni chemiz ni turban ladan yo, menm jan yo te fè sa pou Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), kote yo annik woule kò a ladan yo. Men, si yo ta vlopel nan yon chemiz, yon moso twal pou mare nan ren, ak yon dra, pa gen okenn mal nan sa.
Pou yon fanm, yo anvlopel nan 5 moso twal: yon chemiz, yon vwal, yon twal pou ren, ak de dra. Pou yon tigason, yo anvlopel nan youn jiska twa moso twal, epi pou yon tifi, yo anvlopel nan yon chemiz ak 2 dra.
Sa ki obligatwa pou tout moun: Sa ki pi enpòtan se pou gen omwen yon sèl dra ki kouvri tout kò mò a nèt.
Si mò a te nan Eta Ihram (Peleren):
Yo lavel avèk dlo ak fèy Sidr.
Yo vlope li nan 2 moso twal blan li te genyen pou Ihram nan (Izar ak Rida), oswa nan lòt dra.
Pa kouvri tèt li ni figi li, epi pa mete pafen sou li.
Paske li pral resisite jou Jijman an kap pwononse "Talbiyah" (Labbayk Allahumma Labbayk), jan sa te soti nan yon Adit natif natal (Sahih) Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li).
Si se yon fanm ki te nan Ihram: Yo vlopel menm jan ak lòt fanm yo, men yo pa mete pafen pou li, yo pa kouvri figil ak yon Nikab, epi yo pa mete gan nan men li. Men, yap kouvri figil ak menl avèk gwo dra Kafan yo te sèvi pou vlopel la, jan nou te esplike fason yo vlope fanm nan deja.
Sizyèmman: Kiyès ki gen plis dwa (priyorite) pou lave mò a, pou dirije priyè a sou li, epi pou okipe lantèman li
Moun ki gen plis dwa pou okipe yon gason (lave li, priye sou li, antere l) se:
Moun li te chwazi nan testamanl (Wasi): Si moun nan mouri epi li te kite non yon moun li fè konfyans pou okipel.
Papal: Si moun nan testaman an pa la oswa si pa gen testaman.
Granpè : Papa papa l.
Fanmi gason ki pi pwòch li yo (Asabat): Sa vle di pitit gason li, apre sa pitit pitit li, apre sa frèl epi konsa konsa selon degre fanmi an.
Moun ki gen plis dwa pou lave yon fanm se:
1- Moun li te chwazi nan testaman l (Wasiyah): Si li te kite lòd pou yon moun espesifik fè sa.
2- Manman l: Si pa gen testaman.
3-Grann li: Manman manman l oswa manman papa l.
4-Fanmi fanm ki pi pwòch li: Tankou pitit fi l, sè l, epi konsa konsa.
Règleman pou mari ak madanm:
Mari a gen dwa lave madanm li, epi madanm nan gen dwa lave maril.
Prèv yo:
Lè Abu Bakr As-Siddiq (ki Allah kontan avè l) te mouri, se madanm li (Asma bint Umays) ki te lave l.
Lè Ali bin Abi Talib (ki Allah kontan avè l) te pèdi madanm li Fatima (pitit fi Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), se li menm menm ki te lave l.
Setyèmman: Kijan pou nou fè priyè sou mò a (Sifat as-Salat alal-Mayyit)
Moun kap dirije priyè a ap di «Allahu Akbar» 4 fwa: apre premye Takbir la, li resite Sourat Al-Fatiha, epi si li resite yon ti sourat kout oswa youn oubyen de vèsè anplis aprèl, sa bon tou dapre Adit natif natal ki soti nan Ibn Abbas la. Apre dezyèm Takbir la, li fè priyè pou Pwofèt la (Salat Ibrahimiyyah) menm jan li konn fèl nan Tashahoud la. Apre twazyèm Takbir la, li fè Doua (priyè) pou mò a kote li mande Allah padon ak mizèrikòd pou li, epi apre katriyèm Takbir la, li fè yon ti bout priyè ankò anvan li fini ak yon sèl Taslim sou bò dwat. (O Allah, padone moun ki vivan pami nou yo ak moun ki mouri yo, sa ki prezan yo ak sa ki absan yo, jèn nou yo ak granmoun nou yo, gason nou yo ak fanm nou yo. O Allah, moun ou kite vivan pami nou, fè li viv sou Islam, e moun ou pran nanm li pami nou, fè li mouri sou lafwa. O Allah, padone li, gen mizèrikòd pou li, ba li sekirite, epi padone fot li yo, epi fè kote li poze a yon kote ki gen onè, epi elaji antre li, epi lave li avèk dlo, nèj, ak lagrèl, epi netwaye li anba peche yo menm jan yo netwaye yon rad blan anba salte, epi ranplase kay li a pa yon kay ki pi bon, ak yon fanmi ki pi bon pase fanmi li, epi fè li antre nan Paradi, epi pwoteje li kont pinisyon nan tonbo a, ak pinisyon dife a, epi elaji tonbo li a pou li, epi mete limyè ladan l pou li. O Allah, pa anpeche nou jwenn rekonpans li, epi pa kite nou pèdi apre li), Apre sa, li di katriyèm 'Takbir' la, epi li bay yon sèl 'Salam' sou bò dwat li.
Li rekòmande pou li leve 2 men li ak chak 'Takbira'. Si moun ki mouri a se yon fanm, yo di: (Allahumma ghfir laha...) elatriye. Si se pou 2 moun ki mouri, yo di: (Allahumma ghfir lahuma...) elatriye. E si se pou plizyè moun, yo di: (Allahumma ghfir lahum...) elatriye. Men, si se yon timoun ki mouri anvan li gen laj pibète, olye pou yo mande padon pou li, yo di pito: O Allah! Fè timoun sa a devanse paran li yo (nan Paradi) poul prepare plas pou yo, fè li tounen yon trezò ak yon pwoteksyon pou yo, epi fèl tounen yon entèsesè (yon moun kap plede pou yo) Allah ap koute. O Allah! Sèvi ak lanmò sa a pou fè balans bon zak paran li yo vin pi lou, epi fè rekonpans yo vin pi gran. Metel ansanm ak kwayan debyen ki te mouri anvan yo, mete l anba swen ak pwoteksyon pwofèt Ibrahim (lapè ak benediksyon sou li), epi ak mizèrikòd Ou, sovel anba chatiman lanfè a.
Nòt: Nan Islam, timoun ki mouri anvan yo rive nan laj responsablite yo tounen yon mwayen pou paran yo antre nan Paradi si yo montre pasyans. Se poutèt sa yo mande pou timoun nan tounen yon "Faratan" (moun ki rive anvan pou prepare plas la).
Sounnah a se pou Imam nan kanpe nan nivo tèt gason an, ak nan mitan kò fanm nan. Lè gen plizyè sèkèy, fòk sèkèy gason an pi prè Imam nan, epi sèkèy fanm nan pi prè bò kote Kibla a. Si gen timoun pami yo, yo mete ti gason an anvan fanm nan, apre sa fanm nan, epi apre sa ti fi a. Tèt ti gason an dwe nan nivo tèt gason an, epi mitan kò fanm nan dwe nan nivo tèt gason an. Menm jan an tou pou ti fi a, tèt li dwe nan nivo tèt fanm nan, epi mitan kò li dwe nan nivo tèt gason an. Tout moun kap priye yo dwe kanpe dèyè Imam nan, an wetan si gen yon moun ki pa jwenn plas dèyè Imam nan, nan ka sa a li kanpe sou bò dwat li.
Wityèm pwen an: Fason pou antere moun ki mouri a
Li rekòmande pou yo fouye kavo a byen fon jiska mwatye wotè yon moun, epi pou yo fè yon Lahd (yon twou sou kote nan fon kavo a) bò kote ki bay nan direksyon Kibla a. Yo dwe kouche mò a sou bò dwat li nan twou a, yo demare kòd ki te mare dra yo (kafan an) san yo pa retire dra yo sou li, epi yo pa dwe dekouvri figi li, kit se yon gason kit se yon fanm. Aprèsa, yo mete brik labou (Labin) pou fèmen twou a epi yo bouche fant yo ak labou pou tè a pa tonbe sou mò a; si pa gen brik, yo ka sèvi ak planch, wòch, oswa bwa pou pwoteje li.Lè yap voye tè sou li, li rekòmande pou yo di: «Bismillāh, wa 'alā millati Rasūlillāh» (Nan non Allah, epi selon relijyon Mesaje Allah a). Yo dwe leve kavo a sèlman yon anpan anwo tè a, yo mete ti ròch sou li si sa posib, epi yo wouze li ak dlo.
Li lejitim pou moun kap akonpanye antèman an kanpe bò tonm nan epi pou yo fè dou'a pou mò a; paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), lè li te fin antere mò a, li te konn kanpe bò kote li, epi li te di:
«اسْتَغْفِرُوا لِأَخِيكُمْ، وَاسْأَلُوا لَهُ التَّثْبِيتَ، فَإِنَّهُ الْآنَ يُسْأَلُ».
«Mande padon pou frè nou an, epi mande fèmte pou li, paske kounye a yap poze li kesyon»8.
9. Li rekòmande pou sila a ki pat priye sou li, pou li priye sou li après antèman an;
Paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè sa, a kondisyon ke sa fèt nan yon peryòd yon mwa oswa mwens. Si dire a depase sa, lapriyè sou tonb nan pa pèmi; paske pa gen anyen ki rapòte ki soti nan Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ke li te priye sou yon tonb aprè yon mwa depi yo te antere mò a.
Dizyèmman: Fanmi moun ki mouri a pa gen dwa prepare manje pou moun ki vin rann yo vizit (pou moun kap vin prezante kondoleyans). Pou pawòl Jarir ibn Abdillah Al-Bajali, nòb Konpayon an (ke Allah agreye l):
«كُنَّا نَعُدُّ الِاجْتِمَاعَ إِلَى أَهْلِ الْمَيِّتِ وَصَنْعَةَ الطَّعَامِ بَعْدَ الدَّفْنِ مِنَ النِّيَاحَة».
«Nou te konn konsidere rasanbleman lakay fanmi moun ki mouri a, ak preparasyon manje aprè antèman an, kòm yon pati nan lamantasyon ki entèdi a»9. Rapòte pa Imam Ahmad avèk yon sanad hasan,
Kanta pou prepare manje pou yo, oswa pou envite yo, pa gen okenn pwoblèm nan sa. Epi, li rekòmande pou fanmi pwòch yo ak vwazen yo prepare manje pou yo; paske, lè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te resevwa nouvèl lanmò Ja'far pitit gason Abi Talib (ki pou Allah satisfè avè l) nan peyi Cham, li te bay fanmi li lòd pou yo prepare manje pou fanmi Ja'far, e li te di:
«إِنَّهُ أَتَاهُمْ مَا يَشْغَلُهُمْ».
Paske yon bagay ki rive yo (lanmò a ak gwo lapenn yo genyen an) okipe lespri yo nèt.» Sa vle di, nan moman tristès sa a, fanmi mò a tèlman boulvèse, yo pa gen tan ni fòs pou yo okipe kizin oswa pou yo prepare manje pou lòt moun. Se poutèt sa, Islam mande pou se vwazen yo ak zanmi yo ki prepare manje pou yo, olye pou se fanmi mò a kap fè depans ak preparasyon pou resevwa moun.10
Epi pa gen okenn pwoblèm pou fanmi moun ki mouri a envite vwazen yo, oswa lòt moun, pou yo manje nan manje yo te ba yo a. Epi pa gen yon tan ki limite pou sa daprè sa nou konnen nan lalwa a.
Onzyèm pwen an se: Yon fanm pa gen dwa pran yon dèy (Ihdad) ki depase twa jou pou nenpòt moun ki mouri, sof si se mari li ki mouri.
Se yon obligasyon pou li pou li obsève peryòd dèy la pandan 4 mwa ak dis jou, eksepte si li ansent, nan ka sa a, peryòd la fini lè li akouche; paske gen prèv pou sa nan 'Sounah' otantik Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li).
Kanta pou gason an, li pa gen dwa pran dèy (Ihdad) pou okenn moun, kit se fanmi li, kit se lòt moun
Douzyèmman: Li rekòmande pou gason yo vizite tonb yo detanzantan pou fè priyè pou yo, pou mande mizèrikòd pou yo, epi pou sonje lanmò ak sa kap vini aprè li;
Paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«زُورُوا الْقُبُورَ، فَإِنَّهَا تُذَكِّرُكُمُ الْآخِرَةَ».
«Vizite tonbo yo, paske yo fè nou sonje Lòt lavi a»11 Rapòte pa Mouslim nan Sahih li.
Epi Pwofèt la,(ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn anseye konpanyon li yo, lè yo vizite tonb yo, pou yo di :
«السَّلَامُ عَلَيْكُمْ أَهْلَ الدِّيَارِ مِنَ الْمُؤْمِنِينَ وَالْمُسْلِمِينَ، وَإِنَّا إِنْ شَاءَ اللَّهُ بِكُمْ لَاحِقُونَ، نَسْأَلُ اللَّهَ لَنَا وَلَكُمُ الْعَافِيَةَ، يَرْحَمُ اللَّهُ الْمُتَقَدِّمِينَ مِنَّا وَالْمُسْتَأْخِرِينَ».
«Lapè avèk nou, nou menm moun ki nan kay sa yo (kavo yo) pami kwayan yo ak Mizilman yo. Si Allah vle, nap vin jwenn nou tou. Nap mande Allah pou Li ban nou lasante (delivrans anba pinisyon) pou nou menm ak pou nou menm tou. Se pou Allah gen pitye pou moun pami nou ki te mouri anvan yo ak sa kap mouri apre yo.»12
Kanta pou medam yo, yo pa gen dwa vizite tonb yo; paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon allah kouvri li) te modi medam kap vizite tonbo yo, epi tou, paske gen krentif pou vizit yo a lakòz twoub ak mank pasyans. Menm jan an tou, yo pa gen dwa swiv prosesyon fineray yo pou ale nan simityè; paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon allah kouvri li) te defann yo fè sa. Kanta pou priyè sou mò a (Salat al-Janazah), kit yo fèl anndan yon moske, kit yo fè li nan yon mousalla (yon espas ki rezève pou priyè), se yon bagay ki pèmèt (li lejitim) ni pou gason ni pou fanm tout ansanm.
Sa a se dènye sa ki te posib pou n rasanble (nan travay sa a). Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah sou Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
***
الفهرس
Nan non Allah ki gen anpil mizèrikòd, epi ki gen anpil konpasyon an . 3
Pawòl otè a anvan li kòmanse. 3
Premye Leson: Sourat Al-Fatiha ak ti sourat ki kout yo 3
Dezyèm Leson: Pilye Islam yo. 4
Twazyèm Leson: Pilye Lafwa (Iman) yo. 5
Katriyèm Leson: Diferan kalite Inisite Allah (Tawid) ak diferan kalite Asosye (Shirk). 5
Senkyèm Leson: Al-Ihsan (Pèfeksyon/Ekselans) 11
Sizyèm Leson an: Kondisyon yo pou lapriyè a 11
Senkyèm Leson: Poto Lapriyè yo (Arkan as-Salat) 12
Wityèm Leson: Obligasyon Lapriyè yo (Wajibat as-Salat) 13
Nevyèm Leson an: Esplikasyon sou Tachahhoud la (Temwayaj la) 14
Dizyèm Leson: Pratik ki rekòmande nan lapriyè (Sunan as-Salat) 15
Onzyèm Leson an: Bagay ki gate lapriyè a (Mubtilat as-Salat) 18
Douzyèm Leson an: Kondisyon yo pou ablisyon an (Woudou) ka valab 18
Trèzyèm Leson an: Obligasyon ki nan woudou a (Fara'id al-Wudu) 19
Katòzyèm Leson an: Bagay ki gate ablisyon an (Nawaqid al-Wudu) 19
Kenzyèm Leson an: Pran abitid gen bèl karaktè ak bon konpòtman (moralite) Allah mande chak Mizilman genyen. 21
Sèzyèm Leson: Konpòtew (disiplinn) selon prensip respè nan Islam (Al-Adab al-Islamiyyah) 21
Disetyèm Leson: Avètisman kont Shirk ak divès kalite peche 22
Dizwityèm lesson an: Prepare kadav la, priye sou li, epi anterel 23
***
ht62v2.1 - 06/06/2026
Rapòte pa Imam Ahmad (5/ 428), epi At-Tabarani nan Al-Kabir (4/ 338), epi Al-Bayhaqi nan Ash-Shu'ab (14/ 355), li di nan Majma' Az-Zawa'id (1/ 121): Ahmad rapòte l epi naratè li yo se naratè Sahih.
Rapòte pa Al-Imam Ahmad, (1/ 47).
Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (3251), ak At-Tirmidhi, anba nimewo (1535).
Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (4980), ak Ahmad (5/ 384).
Rapòte pa Ibn Majah, nan nimewo (4204), epi Imam Ahmad (3/30).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (916-917).
Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (3221), ak Al-Hakim (3/ 399).
Rapòte pa Ibn Majah, nan nimewo (1612), epi Imam Ahmad (2/ 204).
Mouslim, nimewo (976), An-Nasa'i, nimewo (2034), Abou Dawoud, nimewo (3234), Ibn Majah, nimewo (1569), ak Ahmad (2/441).
Rapòte pa Ibn Majah, nan nimewo (1569), ak Al-Albani deklare li Sahîh.
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (975).
Koleksyon rasanbleman dekrè relijye (fatawa) ak divès kalite atik.(288-298 / 3)