مَا لَا يَسَعُ المُسْلِمَ جَهْلُهُ
Konesans fondamantal chak mizilman sipoze genyen
اللَّجْنَةُ العِلْمِيَّةُ
بِرِئَاسَةِ الشُّؤُونِ الدِّينِيَّةِ بِالمَسْجِدِ الحَرَامِ وَالمَسْجِدِ النَّبَوِيِّ
Komite Syantifik Prezidans Afè Relijye nan Masjid Al-Haram ak Masjid An-Nabawi
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Konesans fondamantal chak mizilman sipoze genyen
Entwodiksyon
Lwanj pou Allah Mèt linivè a. Ke benediksyon ak kè poze poze sou moun li te voye kòm yon mizèrikòd pou tout kreyasyon an, sou fanmi li, sou konpayon li yo, ak sou tout moun kap swiv chemen li epi kap kite limyè li gide yo jouk sa kaba. Aprè sa:
Sa a se yon ti liv ki kout, ki rasanble pwen ki pi enpòtan yon mizilman bezwen pou lafwa li, fason lap adore, ak jan lap aji ak lòt moun. Nou prepare li espesyalman pou vizitè (gason ak fanm) ki vin nan de Moske Sen yo, pou yo ka gen bon konprann ak klète sou relijyon yo. Nap mande Allah, ki konn bay epi ki gen anpil bonte, pou liv sa a itil, pou li fèl tounen yon bon zèv, e pou li fèt sèlman pou glwa Li. Se Li menm ki pi bon moun nou ka mande, e se nan Li nou mete tout espwa nou.
Komisyon Syantifik ki anba direksyon Prezidans Zafè Relijye nan Gran Moske Mèk la ak Moske Pwofèt la.
Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.
Premye Chapit la:
Sa ki konsène Lafwa (Akida)
Premye Sijè: Sans Islam ak Pilye li yo
Islam vle di: Soumèt devan Allah nan rekonèt Li sèl ki merite adorasyon (Tawid), obeyi kòmandman li yo nèt ale, epi kraze kite tout fòm adorasyon zidòl (Chirk) ak tout moun kap pratike sa.
Epi, li gen senk (5) pilye.
Premye pilye a: Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Muhammad se mesaje Allah.
Dezyèm pilye a: Pratik Lapriyè (Salat).
Twazyèm pilye a: Bay Zakat la( bay lacharite).
Katriyèm pilye a: Fè jèn nan mwa Ramadan.
Senkyèm pilye a: Ale fè Pelerenaj (Hadj) nan kay Allah a pou moun ki gen mwayen ak kapasite pou sa..
Enpòtans Tawid (Inisite Allah)
Konnen byen, senyè toupwisan an (Allah) ki gen tout pouvwa a, te kreye tout kreyati li yo pou yo adore li sèlman, epi pou yo pa janm mete anyen ansanm avèk li (Allah pa gen Asosye). Men sa senyè Toupwisan an di:
﴿وَمَا خَلَقۡتُ ٱلۡجِنَّ وَٱلۡإِنسَ إِلَّا لِيَعۡبُدُونِ 56﴾
56- Mwen pat kreye ni djinn yo, ni lèzòm, pou okenn lòt rezon esepte pou yo adore Mwen. (Sourat Az-Zariyat, vèsè 56) Epi, adorasyon sa a, nou pa ka janm konnen li si nou pa gen konesans (syans). Menm jan Sila a ki egzalte a di:
﴿فَٱعۡلَمۡ أَنَّهُۥ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا ٱللَّهُ وَٱسۡتَغۡفِرۡ لِذَنۢبِكَ وَلِلۡمُؤۡمِنِينَ وَٱلۡمُؤۡمِنَٰتِۗ وَٱللَّهُ يَعۡلَمُ مُتَقَلَّبَكُمۡ وَمَثۡوَىٰكُمۡ 19﴾
19- Konnen byen (aprann) pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi mande padon pou pechew yo, ak pou tout kwayan yo (gason ak fanm). Allah konnen byen kote nap fe aktivite ak kote nap poze kò nou. (Sourat Muhammad, vèsè 19) Konsa, li (Allah)kòmanse ak konesans (syans) anvan li pale epi anvan li aji. Konsa, bagay ki pi enpòtan yon mizilman dwe aprann, se Inisite Allah (Tawid Allah) ki gen tout pouvwa a; paske se li menm ki rasin ak fondasyon relijyon an. Relijyon an pa ka kanpe san Tawid (Inisite Allah). Se li menm ki premye devwa yon mizilman genyen, epi se li menm tou ki dènye devwa li. Tawid (Inisite Allah) se premye pilye nan pilye Islam yo; tout mizilman gen obligasyon pou yo konnen yo epi mete yo an pratik, epi pilye sa yo se senk (5) yo ye. Jan sa parèt nan pawòl (adit) Abdoullah pitit gason Omar la (se pou Allah kontan ak yo 2 a), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) di:
«بُنِيَ الإسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أنْ لَا إلَهَ إلَّا اللَّهُ وأنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، وَإقَامِ الصَّلَاةِ، وَإيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَحَجِّ البَيْتِ، وصَوْمِ رَمَضَانَ».
«Islam nan bati sou senk (5) pilye: Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah epi Muhammad se mesaje Allah, fè lapriyè, bay zakat (Lacharite), fè pelerenaj nan kay Allah a, epi fè jèn nan mwa Ramadan an»1
Se poutèt sa, chak mizilman gen obligasyon pou li aprann sans Tawid la; ki vle di: rezève tout adorasyon yo pou Allah sèlman. Konsa, li pa dwe mete pèsonn ansanm ak Li (Allah) nan adorasyon an; ni yon zanj ki prè Allah, ni yon pwofèt Allah te voye.
Sans "Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah"
Sa vle di pou sèvitè a rekonèt avèk yon konviksyon ki fèm (san dout), ke pa gen pèsonn ki merite adorasyon tout bon vre, esepte Allah ki gen tout pouvwa a. Konsa, yon moun adore Allah sèlman, epi li rezève tout kalite adorasyon yo pou li sèlman, glwa pou li; tankou demann, lakrentif, lespwa, konfyans, ak lòt bagay ankò.
Temwayaj la pa ka valab (li pa reyalize) si li pa gen 2 poto sa yo:
Premye a: Retire tout kalite divinite ak adorasyon nan men tout sa ki pa Allah; kit se konpè (patnè), kit se fo dye, oswa lòt fòs yo adore .
Dezyèm lan: Konfime (Afime) se Allah sèl ki gen divinite ak adorasyon ki tout bon an, Li menm sèl san pèsonn lòt. Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَلَقَدۡ بَعَثۡنَا فِي كُلِّ أُمَّةٖ رَّسُولًا أَنِ ٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ وَٱجۡتَنِبُواْ ٱلطَّٰغُوتَ...﴾
Epi, anverite, nou te voye yon mesaje nan chak pèp (nasyon) pou di yo: 'Adore Allah, epi rete lwen zidòl (tout sa yo adore nan plas Allah). Sourat An-Nahl (vèsè 36)
Kanta pou kondisyon "La ilaha illa Allah" yo, men yo:
Premye a: Konesans ki chase(elimine )inyorans.
Dezyèm lan: Sètitid ki chase (elimine )dout.
Twazyèm lan: Senserite (Ikhlas) ki chase, elimine tout fòm asosyasyon (Chirk).
Katriyèm lan: Verite ki chase (elimine)manti.
Senkyèm lan: Renmen (Mahabbah) ki chase rayisab,(deteste moun)
Sizyèm lan: Soumèt (soumisyon) ki elimine abandon (neglijans).
Setyèm lan: Akseptasyon ki chase refiz(rejè)
Wityèm lan: Rejte sou tout sa moun adore nan plas Allah ki gen tout pouvwa a.
Kondisyon sa yo, se yon devwa pou mete yo an pratik, e yo te rasanble yo nan 2 vèsè ki swiv yo:
Konesans, Sètitid, Senserite ak Veritew, ansanm ak Lanmou, Soumèt, epi Aksepte yo tout nèt.
Epi yo ajoute yon wityèm: se pouw ka Jete tout sa moun pran pou dye, kit se bagay oswa kreyati, nan plas sèl vrè senyè toupwisan an .
Reyalizasyon temwayaj sa a fèt lè yon sèvitè adore Allah ki gen tout pouvwa a, Li menm sèl san li pa bay okenn asosye, epi lè li fè tout adorasyon li yo ak senserite pou Allah sèlman. Konsa, li pa dwe priye (mande sekou) pèsonn esepte Allah, li pa dwe mete konfyans li nan pèsonn esepte nan Allah, li pa dwe mete espwa li nan pèsonn esepte nan Allah, li pa dwe fè lapriyè (Salat) pou pèsonn esepte pou Allah, epi li pa dwe ofri sakrifis (tuye bèt) pou pèsonn esepte pou Allah ki sen e ki gen tout pouvwa a.
Konsa, sa kèk moun ap fè kote yap vire won (fè tawaaf) bò kote tonbo, yap mande mò yo sekou, epi yap priye yo nan plas Allah; sa se Chirk (asosyasyon) nan adorasyon an. Se poutèt sa, nou dwe fè atansyon ak sa, epi nou dwe avèti lòt moun sou sa tou; paske sa a se menm kalite aksyon ak sa moun ki pa kwayan yo (mouchrikoun yo) te konn fè, lè yo tap adore zidòl, wòch, ak pyebwa nan plas Allah ki gen tout pouvwa a. Epi sa a, se li ki Chirk (asosyasyon) Allah te desann Liv yo epi li te voye tout Mesaje yo pou yo te ka avèti moun sou sa epi entèdi yo fèl.
Sans temwayaj pou fè konnen "Muhammad se Mesaje Allah"
Obeyi li nan sa li bay lòd, kwè li nan sa li rakonte (enfòme), rete lwen sa li entèdi ak sa li repouse, epi pou yo pa adore Allah esepte nan fason li menm (Pwofèt la) te montre a. Konsa, yon mizilman dwe rekonèt ke Muhammad, pitit gason Abdoullah, ki soti nan branch fanmi Kouraych ak fanmi Hachim, se Mesaje Allah (ki gen tout pouvwa a) voye bay tout kreyati; kit se Djinn, kit se moun. Jan Allah (ki gen tout pouvwa a) te di sa:
﴿قُلۡ يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ إِنِّي رَسُولُ ٱللَّهِ إِلَيۡكُمۡ جَمِيعًا...﴾
Di (O Muhammad): 'O nou menm moun! Anverite, mwen se Mesaje Allah voye bay nou tout nèt...'" [Al-A’raf: 158].
Epi (mizilman an dwe rekonèt) ke Allah te voye li pou li transmèt relijyon Li a epi pou li gide kreyati yo. Menm jan Sila a ki egzalte a di:
﴿وَمَآ أَرۡسَلۡنَٰكَ إِلَّا كَآفَّةٗ لِّلنَّاسِ بَشِيرٗا وَنَذِيرٗا وَلَٰكِنَّ أَكۡثَرَ ٱلنَّاسِ لَا يَعۡلَمُونَ28﴾
Nou pa te voye ou (O Muhammad) esepte pou tout limanite nèt, pou pote bòn nouvèl epi pou avèti; men anpil nan moun yo pa konnen sa. Sourat Saba, Vèsè 28 Epi menm jan senyè toupwisan an di:
﴿وَمَآ أَرۡسَلۡنَٰكَ إِلَّا رَحۡمَةٗ لِّلۡعَٰلَمِينَ 107﴾
107- Epi Nou pa te voye ou (O Muhammad), esepte kòm yon mizerikòd pou tout kreyati yo.
[Al-Anbiya: 107].
Epi sa temwayaj sa a mande (obligasyon li): Se pou ou pa kwè ke Mesaje Allah a (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)gen okenn dwa nan kreyasyon ak kontwòl linivè a (Rouboubiya), ni li pa gen okenn pouvwa sou jan mond lan ap mache, ni li pa gen okenn dwa pou moun adore li. Okontrè, li menm (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) se yon sèvitè, nou pa dwe adorel; epi li se yon mesaje, nou pa dwe trete li tankou moun kap bay manti. Epi li pa gen okenn pouvwa pou li fè ni tèt li, ni okenn lòt moun, jwenn yon byen oswa yon mal, esepte sa Allah vle. Jan Allah (ki gen tout pouvwa a) te di sa:
﴿قُل لَّآ أَقُولُ لَكُمۡ عِندِي خَزَآئِنُ ٱللَّهِ وَلَآ أَعۡلَمُ ٱلۡغَيۡبَ وَلَآ أَقُولُ لَكُمۡ إِنِّي مَلَكٌۖ إِنۡ أَتَّبِعُ إِلَّا مَا يُوحَىٰٓ إِلَيَّ...﴾
Di (O Muhammad): 'Mwen pa di nou ke depo richès Allah yo nan menm, ni mwen pa konnen sa ki kache (Al-Ghayb), ni mwen pa di nou ke mwen se yon zanj. Mwen pa swiv anyen esepte sa yo revele ban mwen an. [Al-An‘ām: 50].
Dezyèm pati:
Sans lafwa (Iman) ak poto li yo
Lafwa (Iman) se: Rekonèt (aksepte) ak tout kèw, pwononse ak bouch ou, epi aji ak kèw ansanm ak rès kòw; li ogmante lèw obeyi senyè toupwisan an, epi li diminye lèw fè peche.
Konsa, lafwa (Iman) se yon kondisyon pou adorasyon yo ka valab epi pou Allah aksepte yo. Menm jan tou, asosyasyon (Chirk) ak mank lafwa (Koufr) detwi (efase) tout bon aksyon (obeyisans) yon moun te fè. Menm jan Allah pa aksepte yon lapriyè (Salat) si moun nan pa fè pirifikasyon (Woudou), se konsa tou li pa aksepte okenn adorasyon si moun nan pa gen lafwa. Jan Allah (ki gen tout pouvwa a) te di sa:
﴿وَمَن يَعۡمَلۡ مِنَ ٱلصَّٰلِحَٰتِ مِن ذَكَرٍ أَوۡ أُنثَىٰ وَهُوَ مُؤۡمِنٞ فَأُوْلَٰٓئِكَ يَدۡخُلُونَ ٱلۡجَنَّةَ وَلَا يُظۡلَمُونَ نَقِيرٗا 124﴾
124- Epi kèlkeswa moun ki fè bon zak, kit li se gason oswa fanm, toutotan li se yon kwayan (ki gen lafwa), moun sa yo ap antre nan Paradi, epi yo pap jwenn okenn lenjistis, menm si se ta yon ti kras ki piti tankou twou ki dèyè grenn dat la.
[An-Nisa: 124].
Epi Li (Allah) te fè nou konnen aklè ke asosyasyon (Chirk) detwi (efase) tout bon aksyon yon moun fè. Jan Allah (ki gen tout pouvwa a) te di sa:
﴿وَلَقَدۡ أُوحِيَ إِلَيۡكَ وَإِلَى ٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِكَ لَئِنۡ أَشۡرَكۡتَ لَيَحۡبَطَنَّ عَمَلُكَ وَلَتَكُونَنَّ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ 65﴾
65- Anverite, yo te revele ou (O Muhammad), epi yo te revele pwofèt ki te anvan ou yo tou: 'Si ou ta fè asosyasyon (Chirk), anverite, tout bon aksyon ou yo tap efase (anile) nèt, epi ou tap nan moun ki pèdi yo. [Az-Zoumar: 65].
Poto Lafwa yo se sis (6):
1-Kwè nan Allah (الإيمان بالله)
2-Kwè nan Zanj Li yo (وملائكته)
3-Kwè nan Liv Li yo (وكتبه)
4-Kwè nan Mesaje Li yo (ورسله)
5-Kwè nan Jou Dènye a (واليوم الآخر)
6- Kwè nan Desten an, kit li bon kit li move
(والقدر خيره وشره)
1) Kwè nan Allah (ki gen tout pouvwa a), epi sa gen ladan li 3 pwen:
1- Lafwa nan otorite senyè toupwisan an kòm Mèt linivèa.
Se rekonèt sèl Allah nan tout sa lap fè; tankou kreyasyon, bay manje (pwovizyon), bay lavi, epi bay lanmò. Konsa, pa gen okenn kreyatè esepte Allah, pa gen pèsonn kap bay pwovizyon (manje) esepte Allah, pa gen pèsonn kap bay lavi esepte Allah, pa gen pèsonn kap bay lanmò esepte Allah, epi pa gen pèsonn ki gen kontwòl sou linivè a esepte Li menm sèl, lwanj pou Li, Li menm ki pi wo a.
Epi li pa janm rive konnen ke gen yon moun nan kreyasyon an ki te nye inisite (Allah inik san asosye) Allah (lwanj pou Li ) esepte si se yon moun ki gen lògèy (kap fè radiyès) epi ki pa menm kwè nan sa lap di a. Menm jan sa te rive Farawon, lè li te di pèp li a:
﴿...أَنَا رَبُّكُمُ الْأَعْلَى﴾
Se mwen ki mèt (rab) nou ki pi wo a. [An-Nazi'at: 24], Men, sa li te di a pa te soti nan yon kwayans (nan fon kè li), jan Allah te di sa konsènan pwofèt Moussa (Moyiz) — kè poze sou li
﴿قَالَ لَقَدۡ عَلِمۡتَ مَآ أَنزَلَ هَٰٓؤُلَآءِ إِلَّا رَبُّ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِ بَصَآئِرَ وَإِنِّي لَأَظُنُّكَ يَٰفِرۡعَوۡنُ مَثۡبُورٗا 102﴾
102- Moussa di li: 'Ou konnen byen pwòp se sèl Mèt (Rab) syèl yo ak tè a ki desann mirak sa yo pou sèvi kòm prèv ki klè. Epi mwen panse, o Farawon, ou se yon moun ki kondane (pèdi nèt)'. Sourat Al-Isrâ, vèsè 102. Epi Allah (ki gen tout pouvwa a) di:
﴿وَجَحَدُوا بِهَا وَاسْتَيْقَنَتْهَا أَنْفُسُهُمْ ظُلْمًا وَعُلُوًّا... ﴾
Epi yo te nye yo (mirak yo) poutèt lenjistis ak lògèy, malgre nan fon kè yo, yo te sèten se laverite [An-Naml: 14].
Paske kreyati sa yo, fòk yo gen yon kreyatè ki te fè yo. Paske li pa posib pou yo ta kreye tèt yo pa yo menm. Paske yon bagay pa ka kreye tèt li, epi li pa posib non plis pou yo ta parèt konsa konsa (pa azar) Paske pou tout sa ki rive, fòk gen yon moun (oswa yon fòs) ki fè li rive. Paske fason li egziste a, nan bèl sistèm sa a ak amoni pafè sa a, sa anpeche pou se ta chans ki fè li la, Konsa, li vin obligatwa pou gen yon moun ki kreye yo, e moun sa a se Allah, Mèt tout linivè a. Men sa senyè Toupwisan an di:
﴿أَمۡ خُلِقُواْ مِنۡ غَيۡرِ شَيۡءٍ أَمۡ هُمُ ٱلۡخَٰلِقُونَ 35 أَمۡ خَلَقُواْ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَۚ بَل لَّا يُوقِنُونَ 36﴾
35- Oubyen, èske yo te kreye san anyen , oubyen èske se yo menm ki kreyatè tèt yo?
36- Oubyen, èske se yo ki te kreye syèl yo ak tè a? Non, se konviksyon yo pa genyen (yo pa gen sètitid). [At-Tour: 35-36].
Epi moun ki te konn adore zidòl yo (mouchrikin yo) te konn rekonèt Inisite Allah (Rububiyyah) Allah ki gen tout pouvwa a, malgre yo te konn mete asosye avèk li nan divinite li; epi sa pa te fè yo antre nan relijyon Islam nan. Epi Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te goumen kont yo, li te deklare san yo ak byen yo legal (pou yo pran); paske yo te mete asosye nan adorasyon an. Konsa, yo te adore lòt bagay ansanm avèk li,tankou zidòl, ròch, zanj, ak lòt bagay ankò.
2- Kwè ke se li sèl ki merite pou yo adorel:
Kwè nan Divinite li: sa vle di kwè ke se li menm sèl ki Divinite ki merite adorasyon an verite, e li pa gen asosye, Epi (Ilaah) vle di (Al-Ma'louh), sa vle di (Moun yo adore a) avèk renmen, avèk respè (grandè), epi avèk soumisyon.
Epi Allah (ki gen tout pouvwa a) di:
﴿وَإِلَٰهُكُمۡ إِلَٰهٞ وَٰحِدٞۖ لَّآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ ٱلرَّحۡمَٰنُ ٱلرَّحِيمُ 163﴾
163- Allah nou an se yon sèl senyè toupwisan an. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Li menm, ki gen anpil gras, ki gen anpil mizèrikòd. [Al-Baqarah: 163].
Epi nenpòt moun ki pran yon lòt dye ansanm ak Allah pou li adore nan plas li, divinite li bay lòt sa a se yon bagay ki fo (li pa valab), Men sa senyè toupwisan an di:
﴿ذَٰلِكَ بِأَنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلۡحَقُّ وَأَنَّ مَا يَدۡعُونَ مِن دُونِهِۦ هُوَ ٱلۡبَٰطِلُ وَأَنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلۡعَلِيُّ ٱلۡكَبِيرُ 62﴾
62- Sa se paske Allah se Li menm ki Verite a, epi tou sa yap envoke (adore) an deyò de Li se manti (fo), epi paske se Allah ki pi Wo a, ki pi Gran an. [Al-Hadj: 62].
Se poutèt sa, mesaje yo (kè poze sou yo), depi sou Nouh (Noé) rive sou Muhammad (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) yo te konn rele pèp yo pou yo adore Allah sèlman (Tawhid), epi pou yo ba Li sèl adorasyon an san yo pa mete pèsonn lòt avèk li. Epi Allah ki gen tout pouvwa a te montre jan sa pa valab lè moun ki tap adore zidòl yo te pran lòt dye pou yo adore ansanm ak Allah (ki sen anpil la), epi yo tap chèche sekou ak pwoteksyon nan men yo; Li te demanti sa ak 2 prèv lojik (nan lespri a):
Premye a: Se paske dye sa yo yo pran yo pa gen anyen nan kalite ki pwòp pou yon vrè senyè genyen; yo se kreyati yo ye, yo pa ka kreye, yo pa ka pote okenn benefis pou moun kap adore yo a, yo pa ka pwoteje yo kont okenn malè, epi yo pa gen okenn pouvwa sou lavi, ni sou lanmò, ni sou resisite moun mouri. Jan Senyè toupwisan an di sa:
﴿وَٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ ءَالِهَةٗ لَّا يَخۡلُقُونَ شَيۡـٔٗا وَهُمۡ يُخۡلَقُونَ وَلَا يَمۡلِكُونَ لِأَنفُسِهِمۡ ضَرّٗا وَلَا نَفۡعٗا وَلَا يَمۡلِكُونَ مَوۡتٗا وَلَا حَيَوٰةٗ وَلَا نُشُورٗا 3﴾
3-Epi yo pran lòt dye an deyò de Li, ki pa ka kreye anyen, okontrè se yo menm yo kreye; yo pa gen pouvwa pou yo anpeche mal rive tèt yo, ni pou yo fè tèt yo byen; yo pa gen okenn pouvwa sou lanmò, ni sou lavi, ni sou resisite moun mouri.
[Al-Furqan: 3]
Dezyèm lan: Se paske moun sa yo ki tap adore zidòl yo te konn rekonèt se Allah ki gen tout pouvwa a ki sèl Kreyatè a epi ki sèl kap dirije tout bagay san okenn lòt moun pa ede li; epi sa te dwe fè yo adore Li sèlman menm jan yo te rekonèt se Li sèl ki Mèt la . Men sa senyè toupwisan di tou:
﴿قُل لِّمَنِ ٱلۡأَرۡضُ وَمَن فِيهَآ إِن كُنتُمۡ تَعۡلَمُونَ 84 سَيَقُولُونَ لِلَّهِۚ قُلۡ أَفَلَا تَذَكَّرُونَ85 قُلۡ مَن رَّبُّ ٱلسَّمَٰوَٰتِ ٱلسَّبۡعِ وَرَبُّ ٱلۡعَرۡشِ ٱلۡعَظِيمِ 86 سَيَقُولُونَ لِلَّهِۚ قُلۡ أَفَلَا تَتَّقُونَ 87 قُلْ مَنْ بِيَدِهِ مَلَكُوتُ كُلِّ شَيْءٍ وَهُوَ يُجِيرُ وَلَا يُجَارُ عَلَيْهِ إِنْ كُنْتُمْ تَعْلَمُونَ 88 سَيَقُولُونَ لِلَّهِ قُلْ فَأَنَّى تُسْحَرُونَ 89﴾
84- Di yo: Pou ki moun tè a ak tout sa ki sou li a
85- Y'ap reponn: «Se pou Allah.» Di: «Èske nou pap pran rapèl?»
86-Di: Kiyès ki Mèt 7 syèl yo ak Mèt Gran Twòn nan?
87- Yap di: «Se pou Allah.» Di: «Enben, nou p'ap gen krentif?»
88-Di: 'Kiyès ki Mèt 7 syèl yo, ak Mèt Gran Twòn lan?
89-Yap di: «Pou Allah.» Di: «Alòs, kijan yo fè rive devye nou konsa?» [Al-Mouminoun: 84-89] Depi yo rekonèt Inisite Allah nan kreyasyon ak direksyon tout bagay (Tawhid Ar-Rububiyyah), sa fè li obligatwa pou yo ba li sèl adorasyon an (ki sen anpil la), epi pou yo pa mete pèsonn lòt ansanm avèk li nan adorasyon yap ba li a.
3- Kwè nan Non li yo ak Kalite li yo (Al-Asma' was-Sifat):
Sa vle di: Konfime (aksepte) sa Allah konfime pou tèt Li nan Liv Li a, Oubyen sa Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te konfime pou li nan tradisyonl (Sunnah); Nan non ak kalite yo, yon fason ki diy pou Allah ki gen tout pouvwa a. San nou pa chanje sans yo , epi san nou pa nye yo, San nou pa chèche konnen ki jan yo ye , epi san nou pa konpare yo ak kreyati, Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَلِلَّهِ ٱلۡأَسۡمَآءُ ٱلۡحُسۡنَىٰ فَٱدۡعُوهُ بِهَاۖ وَذَرُواْ ٱلَّذِينَ يُلۡحِدُونَ فِيٓ أَسۡمَٰٓئِهِۦۚ سَيُجۡزَوۡنَ مَا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ 180﴾
180- Allah gen non ki pi bèl yo, konsa, rele li (priye li) ak non sa yo; epi kite moun sa yo kap detounen sans non li yo. Yap gen pou yo jwenn rekonpans pou sa yo te konn fè a. [Al-A'raf: 180], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿...لَيۡسَ كَمِثۡلِهِۦ شَيۡءٞۖ وَهُوَ ٱلسَّمِيعُ ٱلۡبَصِيرُ﴾
Pa gen anyen ki tankou li ; epi se li menm ki tande tout bagay, ki wè tout bagay [Ash-Shoura: 11].
Gen 3 kalite asosyasyon (Chirk):
1- Gran Chirk (Asosyasyon ki pi gwo a)
2- Ti Chirk (Asosyasyon ki pi piti a)
3- Chirk kache (Asosyasyon ki kache)
1- Gran Chirk la (Asosyasyon ki pi gwo a)
Definisyon li se : mete yon lòt ki pa Allah sou menm nivo ak Allah nan sa ki pou Allah sèlman Jan senyè toupwisan an di:
﴿إِذۡ نُسَوِّيكُم بِرَبِّ ٱلۡعَٰلَمِينَ 98﴾
98- Lè nou tap mete nou nan menm nivo ak Mèt tout kreyasyon an. Sourat Ash-Shu‘arā’ vèsè 98.
Epi sa gen ladan li : bay yon lòt moun ki pa Allah (ki gen tout pouvwa a) adorasyon an, Oubyen bay yon lòt moun ki pa Li menm (ki sen anpil la) kèk pati nan adorasyon an; tankou lapriyè , chèche sekou , pwomès , ofri bèt , ak lòt kalite adorasyon ankò.
Oubyen li gen ladan li : konsidere kòm bagay ki pèmèt sa Allah (ki gen tout pouvwa ak tout glwa a) te entèdi, Oubyen konsidere kòm bagay ki entèdi (haram) sa Allah te pèmèt (halal); Oubyen anile (retire) sa Allah (ki gen tout pouvwa ak tout glwa a) te rann obligatwa; Tankou konsidere kòm bagay ki pèmèt (halal) sa tout moun konnen ki entèdi (haram) nan relijyon an; tankou pèmèt moun fè adiltè (zina), bwè alkòl (khamr), maltrate paran, fè kras nan prè (riba/mizè), oubyen lòt bagay ki sanble ak sa yo.
Oubyen konsidere kòm bagay ki entèdi (haram) sa Allah (ki gen tout pouvwa ak tout glwa a) te pèmèt (halal) pami bon bagay yo, Oubyen anile (retire) sa Allah te rann obligatwa; Tankou kwè ke lapriyè pa obligatwa, oswa ke jèn pa obligatwa, oswa ke zaka (bay lacharite) pa obligatwa.
Epi Gran Chirk la lakòz tout aksyon (bon zèv) yon moun pèdi, epi li fè moun nan rete nan Lanfè pou toutan si li mouri san li pa te repanti. Men sa senyè toupwisan an di tou:
﴿...وَلَوۡ أَشۡرَكُواْ لَحَبِطَ عَنۡهُم مَّا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ﴾
« Men si yo te bay Allah asosye, tout aksyon yo te konn fè tap anile nèt. » [Al-An‘ām: 88].
Epi pou moun ki mouri sou sa; Allah pap janm padone li, epi Paradi a entèdi pou li, Jan Sila a ki egzalte a di:
﴿إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَغۡفِرُ أَن يُشۡرَكَ بِهِۦ وَيَغۡفِرُ مَا دُونَ ذَٰلِكَ لِمَن يَشَآءُ...﴾
Anverite, Allah pa padone pou yo ba li yon asosye, men li padone sa ki pi piti pase sa pou moun li vle... [An-Nisa: 48], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿...إِنَّهُۥ مَن يُشۡرِكۡ بِٱللَّهِ فَقَدۡ حَرَّمَ ٱللَّهُ عَلَيۡهِ ٱلۡجَنَّةَ وَمَأۡوَىٰهُ ٱلنَّارُ...﴾
Anverite, moun ki fè chirk ,ki mete lòt kreyati ansanm ak Allah, Allah entèdi li antre nan Paradi a, epi kote li pral rete se nan Lanfè. [Al-Ma'idah: 72].
2- Ti Chirk la (Asosyasyon ki pi piti a):
Se sa tèks relijye yo rele 'chirk', men li pa rive nan nivo Gran Chirk la; se sa ki fè yo rele li Ti Chirk (Asosyasyon ki pi piti); Tankou fè sèman sou yon lòt moun (oswa yon lòt bagay) ki pa Allah (ki gen tout pouvwa a); Tankou fè sèman sou Kaaba a, sou pwofèt yo, sou konfyans (amanah), sou lavi entèl, ak lòt bagay ki sanble ak sa yo; Epi jan Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te di:
«مَنْ حَلَفَ بِغَيرِ اللهِ فَقَدْ كَفَرَ أَو أَشرَكَ».
Moun ki fè sèman sou yon lòt moun (oswa yon lòt bagay) ki pa Allah, li fè yon zak mekwayans (kufr) oswa li fè chirk.2
Epi li ka rive li tounen yon Gran Chirk, sa depann de sa ki nan kè moun kap fèl la. Si nan kè moun kap fè sèman sou Pwofèt la oswa sou yon Chèf relijye (Cheikh) entèl la, li kwè moun sa a parèy ak Allah, oswa yo ka priye li nan plas Allah, oswa li gen pouvwa sou linivè a; nan ka sa a, sa tounen yon Gran Chirk. Men, si moun kap fè sèman sou yon lòt ki pa Allah a pa te gen entansyon sa a nan kèl, epi se yon pawòl ki soti nan bouch li konsa paske li te abitye dil; nan ka sa a, se yon Ti Chirk li ye. Epi sa rive souvan nan kèk kote, se poutèt sa li obligatwa pou moun veye sou sa, epi bay avètisman kont sa, pou nou ka prezève Tawhid la (Inisite Allah) epi pwoteje li.
3- Chirk kache a (Asosyasyon ki kache):
Se sa ki fèt nan kè, tankou fè aksyon pou moun wè. Tankou yon moun kap fè lapriyè oswa kap li (Koran) pou moun ka wèl, oswa kap fè lwanj pou Allah (Tasbih) pou moun ka fè lwanj pou li, oswa kap bay Lacharite pou moun ka di bon pawòl sou li. Epi sa fè moun nan pèdi rekonpans (anile) aksyon sa a menm li te fè pou moun wè a, men sa pa anile rès lòt aksyon li te fè yo ak tout senserite pou Allah (ki gen tout pouvwa a).
Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«الشِّرْكُ فِي هَذِهِ الْأُمَّةِ أَخْفَى مِنْ دَبِيبِ النَّمْلَةِ السَّودَاءِ عَلَى الصَّفَاةِ السَّودَاءِ فِي ظُلْمَةِ اللَّيْلِ، وَكَفَّارَتُهُ أَنْ يَقُولَ: "اللَّهُمَّ إِنِّي أَعُوذُ بِكَ أَنْ أُشْرِكَ بِكَ شَيْئًا وَأَنَا أَعْلَمُ، وَأَسْتَغْفِرُكَ مِنَ الذَّنْبِ الَّذِي لَا أَعْلَمُ».
Chirk nan mitan kominote sa a pi kache pase mak pye yon foumi nwa kap mache sou yon wòch nwa nan mitan fènwa lannwit. Remèd li (pou efasel) se pou yon moun di: 'O Allah, mwen chèche pwoteksyon nan men Ou poum pa fè chirk avèk Ou pandan mwen konnen sa, epi mwen mande Ou padon pou sa mwen pa konnen.3
Kalite Mekwayans yo (Kufr):
Premye kalite a: Gran Mekwayans (al-Kufr al-Akbar):
Se li menm ki fè moun rete nan lanfè pou toutan, epi li gen 5 kalite:
1- Mekwayans nan demanti verite a (Kufr at-Takdhib)
Se lè yon moun kwè ke Mesaje yo (Pwofèt yo) se manti yap bay Epi sa se yon bagay ki pa rive souvan nan mitan moun ki pa kwayan yo; paske Allah (ki gen tout pouvwa ak tout glwa a) te soutni Mesaje Li yo ak prèv ki klè anpil. Men, sitiyasyon moun sa yo kap demanti verite a se jan Allah te dekouvri (dekri) yo a;
﴿وَجَحَدُوا بِهَا وَاسْتَيْقَنَتْهَا أَنْفُسُهُمْ ظُلْمًا وَعُلُوًّا...﴾
Yo te nye yo (mirak yo) poutèt enjistis ak ògèy, menmsi nan fon kè yo yo te sèten se laverite. [An-Nahl: 14].
2- Mekwayans nan refize ak ògèy (Kufr al-Iba' wal-Istikbar)
Epi sa se tankou mekwayans Iblis la; li pa te nye lòd Allah a epi li pa te di se pa vre, men li pat obeyi ak lòd la,li refize ak ògèy. Men sa senyè Toupwisan an di:
﴿وَإِذۡ قُلۡنَا لِلۡمَلَٰٓئِكَةِ ٱسۡجُدُواْ لِأٓدَمَ فَسَجَدُوٓاْ إِلَّآ إِبۡلِيسَ أَبَىٰ وَٱسۡتَكۡبَرَ وَكَانَ مِنَ ٱلۡكَٰفِرِينَ 34﴾
Epi sonje lè nou te di zanj yo: 'Prostène nou devan Adan ; yo tout te prostène yo, eksepte Iblis; li te refize, li te fè ògèy, epi li te vin pami moun ki pa kwayan yo. [Al-Baqarah: 34].
3- Mekreyans nan vire do bay verite a (Kufr al-I'rad):
Epi sa se lè yon moun fèmen zòrèy li epi li vire kèl pou li pa swiv laverite, li pa ba li okenn enpòtans epi li pa okipel menm, Men sa senyè Toupwisan an di:
﴿وَمَنۡ أَظۡلَمُ مِمَّن ذُكِّرَ بِـَٔايَٰتِ رَبِّهِۦ ثُمَّ أَعۡرَضَ عَنۡهَآۚ إِنَّا مِنَ ٱلۡمُجۡرِمِينَ مُنتَقِمُونَ22﴾
25- Kiyès ki pi kriminèl pase moun yo fè sonje vèsè Senyè li a, epi apre sa li vire do ba yo? Anverite, Nou pral pini kriminèl yo. [As-Sajdah: 22].
Kanta pou vire do bay verite a yon fason ki pasyèl (an pati); sa se yon peche men li pa yon Mekreyans ; tankou yon moun ki refize aprann kèk obligasyon nan relijyon an, pa egzanp: rèl (règ) sou jèn nan oswa sou vwayaj pelerinaj la (Hadj) ak lòt bagay ki sanble ak sa yo.
4- Mekreyans nan dout (Kufr ach-Chak):
Epi sa se lè yon moun ap ezite, li pa gen konviksyon fèm sou laverite a, men li gen dout sou li, jan Allah te di sa nan vèsè sa a:
﴿وَدَخَلَ جَنَّتَهُ وَهُوَ ظَالِمٌ لِنَفْسِهِ قَالَ مَا أَظُنُّ أَنْ تَبِيدَ هَذِهِ أَبَدًا 35 وَمَا أَظُنُّ السَّاعَةَ قَائِمَةً وَلَئِنْ رُدِدْتُ إِلَى رَبِّي لَأَجِدَنَّ خَيْرًا مِنْهَا مُنْقَلَبًا 36﴾
35- Li te antre nan jaden li pandan li tap fè tèt li mal (akòz lògèy ak mekreyans li), li di: 'Mwen pa panse jaden sa a ap janm peri (detwi).'
36- Epi mwen pa panse Lè a (Jou Jijman an) ap janm rive. Menm si yo ta mennen mwen tounen jwenn Senyèm nan, sèten map jwenn yon kote ki pi bon pase sa (jaden sa a) kòm kote pou mwen rete. [Al-Kahf: 35-36].
5- Mekreyans nan ipokrizi (Kufr an-Nifaq):
Epi sa se lè yon moun fè konprann ak lang li ke li gen lafwa (iman), men nan fon kèl li kache lefèt ke li pa kwè (li demanti verite a). Men sa senyè Toupwisan an di:
﴿وَمِنَ ٱلنَّاسِ مَن يَقُولُ ءَامَنَّا بِٱللَّهِ وَبِٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِ وَمَا هُم بِمُؤۡمِنِينَ 8﴾
8- Gen kèk moun ki di: 'Nou kwè nan Allah ak nan Jou Jijman an', men yo pa kwayan (tout bon vre). [Al-Baqarah: 8].
Epi sa yo se kalite Gran Mekreyans (al-Kufr al-Akbar) ki fè yon moun soti nèt nan relijyon (Islam)
Dezyèm kalite a: Ti Mekreyans (al-Kufr al-Asghar):
Epi kalite sa a pa fè moun rete nan Lanfè pou toutan. Epi se sa ki te rapòte nan Liv la (Koran) ak nan Tradisyon an (Sunnah) yo rele li Mekreyans (kufr) san yo pa mete atik defini 'al' (الألف واللام) devanl, men li te parèt kòm yon mo endefini (نكيرة). Epi gen anpil egzanp sou sa, pami yo genyen: Abu Hurayrah (Ke Allah satisfè avè l) te di: Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di:
«اثْنَتَانِ فِي النَّاسِ هُمَا بِهِمْ كُفْرٌ: الطَّعْنُ فِي النَّسَبِ، وَالنِّيَاحَةُ عَلَى المَيِّتِ».
Gen 2 bagay nan mitan moun yo ki se Mekreyans (kufr) pou yo: kritike fanmi yon moun, epi rele byen fò (fè gwo rèl) sou yon moun ki mouri.4
2) Kwè nan zanj yo (Al-Imàn bil-Mala'ikah):
Epi yo se yon mond ki kache (mond envizib) Allah kreye yo ak limyè, Epi yo se sèvitè kap adore Allah Epi yo pa gen anyen nan kalite (karakteristik) ki pou Allah sèlman ni nan sa ki pou moun adore Yo pa janm dezobeyi Allah nan sa li ba yo lòd fè, Epi yo toujou fè sa yo ba yo lòd fè a, Epi yo se yon gwo kantite, pèsonn pa ka konte yo sof Allah .
Epi, kwè nan zanj yo (Al-Iman bil-Mala'ikah) gen ladan li 4 pwen:
1- Kwè ke yo egziste tout bon vre.
2- Kwè nan sa nou konnen non yo pami yo; tankou: Jibril (Gabriyèl), Mika'il (Michèl), Israfil, ak lòt ankò. Epi pou sa nou pa konnen non yo, nou kwè nan yo an jeneral.
3- Kwè nan kalite (karakteristik) yo genyen nou konnen yo, sa ki te rapòte nan Liv la (Koran) ak nan Tradisyon an (Sunnah); Tankou jan zanj Jibril (Gabriyèl) ye; Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te fè konnen li te wè li nan fòm Allah te kreyel la, li te gen 600 zèl, ki te kouvri tout syèl la (orizon an).
4- Kwè nan travay (misyon) nou konnen yo genyen pou yo fè; tankou jan yap fè lwanj (tasbih) pou allah,ak jan yap adore li lajounen kou lannwit san yo pa janm bouke epi san yo pa janm dekouraje
Pa egzanp: Jibril (Gabriyèl): se li ki responsab (ki gen konfyans sou) Revelasyon an.
Epi Israfil: se li ki responsab pou li soufle nan klewon an (Jou Jijman an).
Epi zanj lanmò a (Malakul Mawt): se li ki responsab poul pran nanm yo lè lè a rive pou yo mouri.
Epi Malik: se li ki responsab Lanfè a. Epi Ridwan: se li ki responsab Jaden Paradi yo, ak lòt ankò.
3) Kwè nan Liv yo (Al-Iman bil-Kutub):
Sa nou vle di pa Liv yo (Kutub): se Liv selès yo (Liv ki soti nan syèl la) te voye desann bay mesaje li yo Kòm yon gid pou limanite ak yon kado (mizerikòd) pou yo, pou yo ka jwenn bonè nan 2 lavi yo (lavi sou tè a ak lavi aprè lanmò a).
Epi, kwè nan Liv yo (Al-Imàn bil-Kutub) gen ladanl 4 pwen:
1- Kwè ke yo se bagay ki te desann soti bò kote Allah tout bon vre.
2- Kwè nan sa nou konnen non yo pami yo; tankou Koran an (Al-Qur'an) ki te desann sou Muhammad (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) Epi Tora a Allah te voye desann sou Moyiz (lapè sou li), Epi Evanjil la (Al-Injil) ki te desann sou 'Issa (Jezi) -ke lapè Allah sou li Epi Zabou a (Az-Zabur) Daoud (David) te resevwa a -ke lapè Allah sou li
Epi pou sa nou pa konnen non yo, nou kwè nan yo an jeneral.
3- Kwè nan tout nouvèl ki rapòte ladan yo; tankou nouvèl ki nan Koran an, ak nouvèl ki nan liv anvan yo ki pa te sibi chanjman (falsifikasyon).
4- Travay ak kòmandman ki ladan yo ki pa te anile, aksepte yo epi soumèt devan yo, kit nou konprann sajès ki dèyè yo a, kit nou pa konprann li. Epi tout liv ki te vini anvan yo, gwo Koran an anile yo (sa vle di Koran an ranplase lwa ak kòmandman ki te nan liv sa yo). Konsa, li pa pèmèt pou moun travay ak okenn kòmandman pami kòmandman ki nan liv anvan yo, sof sa ki kòrèk ladan yo, epi Koran an oswa Tradisyon Pwofèt la (Sunnah) konfime.
4) Kwè nan Mesaje yo (Al-Imàn bir-Rusul) -ke lapè Allah sou yo
Mesaje yo (Rusul): se pliryèl mo 'Rasul' (Mesaje); epi li se yon moun pami lèzòm Allah te voye revelasyon yon lalwa (Shari'ah) ba li, epi li te ba li lòd pou li transmèt li. Epi premye a pami yo se Noé ke lapè sou li, epi dènye nan yo se Muhammad (Lapè ak benediksyon Allah sou li), Epi yo se moun (lèzòm) yo kreye yo ye, Yo pa gen anyen nan kalite (karakteristik) ki fè yon moun Allah oubyen ki fè moun adore li.
Epi, kwè nan Mesaje yo (Al-Imàn bir-Rusul) gen ladan l:
1- Kwè ke mesaj yo a se yon verite ki soti bò kote Allah. Konsa, nenpòt moun ki nye (pa kwè nan) mesaj youn sèl pami yo, li nye yo tout nèt.
2- Kwè nan non sa nou konnen pami yo, tankou: Muhammad, Ibrahim (Abrahanyam), Moussa (Moyiz), 'Issa (Jezi), ak Nouh (Noe) — ke lapè ak benediksyon Allah sou yo. Epi yo se mesaje ki te gen plis pasyans ak detèminasyon.
Epi, kanta pou sila yo pami yo nou pa konnen non yo; nou kwè nan yo yon fason jeneral, Men sa senyè Toupwisan an di:
﴿وَلَقَدۡ أَرۡسَلۡنَا رُسُلٗا مِّن قَبۡلِكَ مِنۡهُم مَّن قَصَصۡنَا عَلَيۡكَ وَمِنۡهُم مَّن لَّمۡ نَقۡصُصۡ عَلَيۡكَ...﴾
Nou te voye plizyè mesaje anvan ou; gen ladan yo nou te rakonte ou istwa yo, epi gen ladan yo nou pat rakonte ou istwa yo. [Ghafir: 78].
3- Kwè nan tout nouvèl ki kòrèk ki rapòte sou yo — ke lapè Allah sou yo
4- Aplikasyon lalwa sila a yo te voye ban nou pami yo a, dènye pami yo a, Mouhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li).
5) Kwè nan Dènye Jou a (Al-Imàn bil-Yawmil-Akhir):
Se jou Jijman an (Jou Rezirèksyon an), jou kote Allah ap resisite tout moun pou yo rann kont epi pou yo resevwa rekonpans oswa pinisyon yo. Yo rele li konsa paske pa gen okenn lòt jou apre li, kote moun Paradi yo ap etabli nan plas yo, epi moun Lanfè yo ap etabli nan plas pa yo.
Epi, kwè nan Dènye Jou a gen ladan 3 pwen:
A) Kwè nan Rezirèksyon an
Se fè moun mouri yo reviv nan moman yap soufle klewon an pou dezyèm fwa a. Lè sa a, tout moun ap leve kanpe devan Mèt tout linivè a, pye atè san soulye, toutouni san rad, epi san sikonsi (jan yo te fèt la). Men sa senyè Toupwisan an di:
﴿كَمَا بَدَأْنَا أَوَّلَ خَلْقٍ نُعِيدُهُ وَعْدًا عَلَيْنَا إِنَّا كُنَّا فَاعِلِينَ 104﴾
Menm jan Nou te kòmanse premye kreyasyon an, se konsa nap refèl ankò. Se yon pwomès ki sou kont Nou; vraman, nou se moun ki toujou fè sa Nou di. [Al-Anbiya: 104].
B) Kwè nan rann kont ak rekonpans (Al-Hisab wal-Jaza):
Kote yo pral jije sèvitè a pou aksyon li, epi lap resevwa rekonpans oswa pinisyon pou sa li te fè a. Allah ki anwo nan syèl la di:
﴿إِنَّ إِلَيۡنَآ إِيَابَهُمۡ 25 ثُمَّ إِنَّ عَلَيۡنَا حِسَابَهُم 26﴾
25- Anverite, se bò kote Nou yap tounen.
Apre sa, anverite se nou ki gen pou jije yo. [Al-Ghashiya: 25-26].
C) Kwè gen yon Paradi ak yon Lanfè.
Epi yo se 2 kote kreyati yo pral rete pou toutan. Paradi se kay bèl plezi ke Allah ki gen tout pouvwa a pare pou moun ki kwè yo ki gen krentif pou Allah, e ki te obeyi Allah ak Mesaje li a(se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) Ladan li gen sa okenn zye pat janm wè, ni okenn zòrèy pat janm tande, ni ki pa janm pase nan lespri okenn moun.
Kanta pou Lanfè a menm; Se kote pou chatiman ak soufrans, Kote senyè Toupwisan an (Allah) pare pou moun ki pa kwè yo, moun ki te voye verite Allah a jete epi ki te dezobeyi Mesaje li yo. Nan kote sa a, gen tout kalite chatiman ak pinisyon ki tèlman rèd, lèzòm pa ka menm imajine yo.
6) Kwè nan Predestinasyon (Al-Qadr), kit li bon kit li move:
Epi, sa nou vle di pa Predestinasyon (Al-Qadr) se: Se desizyon Allah pran depi davans sou sa ki pral rive, dapre konesans li ki te la anvan tout bagay epi jan bon konprann (sajès) Li mande sa.
Epi, kwè nan Predestinasyon (Al-Qadr) gen ladan 4 pwen:
1- Konesans: Sa vle di kwè nan konesans Allah, epi kwè ke Li konnen sa ki te pase, sa ki pral rive ak kijan sa pral rive, an gwo kou an detay, depi tout tan epi pou tout tan. Epi se li menm, glwa ak louwanj pou li, ki konnen kòman sa ki pat janm fèt la tap ye, sil te rive fèt. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَلَوۡ رُدُّواْ لَعَادُواْ لِمَا نُهُواْ عَنۡهُ ...﴾
Menm si yo ta fè yo tounen (sou latè), yo tap retounen fè menm sa yo te defann yo fè a.
[Al-An‘ām: 28].
2- Ekriti (Al-Kitabah): Sa vle di Allah ki anwo nan syèl la ekri tout sa ki gen pou rive pou chak bagay jouk jou jijman an rive. Menm jan senyè toupwisan an di:
﴿أَلَمۡ تَعۡلَمۡ أَنَّ ٱللَّهَ يَعۡلَمُ مَا فِي ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِۚ إِنَّ ذَٰلِكَ فِي كِتَٰبٍۚ إِنَّ ذَٰلِكَ عَلَى ٱللَّهِ يَسِيرٞ 70﴾
Èske ou pa konnen Allah konnen tout sa ki nan syèl la ak sou tè a? Tou sa ekri nan yon liv deja. Vrèman, sa se yon bagay ki fasil anpil pou Allah.
[Al-Hadj:70].
3- Volonte a (Al-Mashiy’ah): Se pou nou gen fèm konviksyon anyen pa rive nan linivè sa a si Allah pa vlel rive. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَرَبُّكَ يَخۡلُقُ مَا يَشَآءُ وَيَخۡتَارُ ...﴾
Mèt ou a (Allah) kreye sa li vle, epi li chwazi sa Li vle. [Al-Qasas: 68]. Epi lèzòm gen yon volonte ki pa depase volonte Allah, jan Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di sa a:
﴿وَمَا تَشَآءُونَ إِلَّآ أَن يَشَآءَ ٱللَّهُ رَبُّ ٱلۡعَٰلَمِينَ 29﴾
Epi, nou pa ka vle anyen, si se pa sa Allah vle, Li menm ki Mèt tout linivè a. [At-Takwir: 29].
4- Kreyasyon an (Al-Khalq): Se pou nou gen fèm konviksyon se Allah ki kreye tout kreyati yo, epi se Li ki kreye tout sa yap fè ak tout aksyon yo, kit yo bon, kit yo move. Men sa senyè Toupwisan an di:
﴿ٱللَّهُ خَٰلِقُ كُلِّ شَيۡءٖۖ وَهُوَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ وَكِيلٞ 62﴾
Se Allah ki kreye tout bagay, epi se li menm kap jere tout bagay (tout bagay anba kontwòl Li).
[Az-Zoumar: 62].
E nivo sa yo reyini nan vèsè sa a:
Konesans, ekriti Mèt nou an, volonte li; epi kreyasyon li, ki se lè li fè yon bagay vin egziste epi li ba li fòm.
Twazyèm Pati : pèfeksyon nan Adorasyon
Pèfeksyon an: li se yon sèl poto; Se adore Allah kòmsi ou tap wè li, paske menm si ou pa wè li, li menm li wè ou.
Sa vle di: pou yon moun fè sa Allah mandel kòm adorasyon an, kòmsi li te kanpe devan Allah, Epi sa mande pou yon moun genyen krentif ki total pou Allah epi pou li toujou tounen vin jwenn li ak tout kèl. Epi sa egzije pou adorasyon an fèt an akò ak Sounnah Mesaje a (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li).
Epi Pèfeksyon an gen 2 nivo, sa vle di moun kap fè sa ki byen yo pa nan menm pozisyon, yo nan 2 nivo ki diferan.
Premye nivo a: Se nivo ki pi wo a, yo rele li nivo 'Obsèvasyon' Epi sa vle di: pou sèvitè a aji kòmsi li tap wè Allah, Sila a ki Gen Tout Pouvwa ak Grandè a, ak pwòp kè li. Konsa, kè a vin resevwa limyè lafwa a, jiskaske sa ki kache a vin parèt aklè tankou sa ou ka wè ak zyew
Dezyèm nivo a: Se nivo 'Senserite' ak 'Siveyans Sa vle di, se lè sèvitè a ap fè efò poul toujou kenbe nan lespri li ke Allah ap obsève li, e ke li konnen tout bagay sou li. Lè li rive kenbe konsyans sa a, se lè sa a li vin sensè pou Allah.
Katriyèm Pati: Yon ti rezime sou prensip fondamantal moun ki swiv Sunnah a ak Rasanbleman (gwoup)
Premyèman: Se swiv sa ki nan Liv la ak Sounnah a, nan kwayans nou ak nan aksyon nou Epi, yo pa janm mete pawòl okenn moun anvan pawòl Allah ak pawòl Mesaje Li a (Ke Lapè ak benediksyon Allah s).
Dezyèmman: Kè yo ak lang yo pa gen okenn move santiman ni move pawòl kont konpanyon Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li). Yo kwè ke chèf (Khalif) apre Mesaje Allah la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) se te: Abou Bakr, apre sa Omar, apre sa Ousman, epi Ali, (se pou Allah kontan ak yo tout).
Twazyèm pwen an se: Renmen fanmi Mesaje Allah la (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li) epi gen lwayote pou yo; e moun nan fanmi li yo (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li), se espesyalman moun ki dwat pami yo.
Katriyèmman: Yo pa leve kont chèf yo ak moun ki gen otorite yo, menm si chèf sa yo ta aji ak lenjistis. Epi fè lapriyè (doua) pou yo, pou Allah rann yo pi bon epi pou li ba yo lasante ak pwoteksyon. Epi pa ba you madichon p (yo pa mande mal pou yo) Epi, obeyi yo se yon obligasyon paske se yon fason pou moun nan obeyi Allah,depi yo pa bay lòd pou fè peche (oswa sa ki kont relijyon an). Si yo kòmande yon dezobeyisans; enben, pèsonn pa dwe obeyi yo ladanl, E obeyisans yo nan s
Senkyèmman: Kwè nan mirak Allah fè pou moun ki pwòch li yo (Awliya). Sa yo se bagay estrawòdinè ki depase fòs natirèl (mirak), ke Allah fè parèt nan men yo.
Sizyèmman: Yo pa di yon moun ki vire fas li bò kote Kibla a (yon Mizilman) pèdi lafwa li (Kafir) poutèt li fè peche oswa gwo peche sèlman. Menm jan Khawarij yo fè a, Okontrè, fratènite nan lafwa a rete fèm malgre peche yo, Epi yo di konsènan moun kap fè peche a: li se yon kwayan poutèt lafwa li genyen an, men li se yon moun kap fè sa ki mal (fasiq) poutèt gwo peche li fè a.
Dezyèm Chapit: Sa ki gen rapò ak obligasyon relijye yo (Adorasyon yo).
Premye Sijè a: Pirifikasyon:
Nan langaj ki pi senp " Lapwòpte (At-Tahara)" vle di: Se lè yon moun pwòp epi li degaje tèt li anba tout kalite vye bagay (salte), kit se sa zye ka wè, kit se sa ki nan kè.
Epi nan Lalwa Islamik , li vle di: Lè tout sa ki anpeche moun nan fè adorasyon li yo leve (tankou lèw fè ablisyon ak dlo), epi lè tout salte disparèt nèt. E pirifikasyon an se kle la Se poutèt sa, aprann yo se youn nan pi gwo devwa relijyon an ke chak Mizilman dwe aprann epi bay yo enpòtans.
Premyèma
1- Dlo ki pur ; li bon pou moun sèvi avèl pou yo pirifye yo. Kit li te rete ja tankou dlo lapli, oubyen dlo rivyè, oubyen dlo lanmè, Oubyen yon matyè ki pwòp melanje avèl, ki pa ni domine sou li, ni retire nonl.
2- Dlo ki sal; li pa otorize pou moun sèvi avè Konsa, li pa ka leve eta moun ki pa gen ablisyon an, Ni Epi dlo ki chanje koulèl, oswa sant li, oswa gou li poutèt yon salte ki tonbe ladanl.
Dezyèmman: Salte yo :
Enp Kalite salte sa a anpeche moun nan fè lapriyè (li rann priyè a pa valab). Tankou pipi, poupou, san, ak lòt ankò; epi salte sa yo ka sou kò yon moun, sou kotel ap priye a, oswa sou rad li.
Prensip debaz pou tout bagay (ki egziste): Se pèmisyon ak lapwòpte. Nenpòt moun ki pretann yon bagay sal (najis), se li menm ki dwe pote prèv la. Sa yo pa konsidere kòm salte (Najis): swè moun, ak swe bourik; okontrè, bagay sa yo pwòp (nan sans relijye), menm si yo ka parèt degoutan. Tout sa ki sal (Najis) se bagay ki degoutan, men se pa tout sa ki degoutan ki sal (Najis)
Epi, salte yo (Al-Najasa) gen 3 nivo (degre)
Premye a: Salte ki lou( ki grav)
Tankou: Salte ki soti nan bouch yon chen lèl niche yon veso (oswa lèl bwè ladan l). Epi fason pou netwaye li: Se pou ou lave veso a 7 fwa, epi premye fwa a dwe fèt avèk tè.
Dezyèm lan: Salte ki lejè (ki pa grav)
Tankou pipi yon ti gason kap tete (ki poko manje manje) si li tonbe sou rad ou oswa sou lòt bagay konsa. Epi fason pou netwaye li: Se voye dlo sou kote ki sal la jouk dlo a kouvri li nèt; ou pa bezwen ni fwotel, ni tòde li.
Twazyèm lan: Salte mwayen (Al-Najasa Al-Moutawassitah).
Tankou pipi moun, poupou moun, ak pifò lòt kalite salte yo; si yo tonbe sou tè a, sou rad, oswa sou lòt bagay konsa. Epi fason pou netwaye li: Se nan retire kò salte a (pati ki solid la) si li genyen youn, epi lave kote li te tonbe a ak dlo oswa nenpòt lòt mwayen pou netwaye.
Epi, pami bagay ki gen prèv sou salte yo:
1- Pipi moun ak poupou li.
2- Al-Madhy ak Al-Wady .5
3- Poupou bèt moun pa gen dwa manje vyann yo.
4- San règ (Al-Hayd) ak san akouchman (Al-Nifas).
5- Saliv chen.
6-Kadav bèt (Al-Maytah); men gen eksepsyon pou sa yo:
A) Lè yon moun mouri
B) Kadav pwason ak krikèt
C) Kadav bèt ki pa gen san k ap koule, tankou: mouch, foumi, myèl ak lòt bèt konsa.
D) Zo, kòn, zong, pwal ak plim bèt mouri a.
Kijan pou ou purifye yon bagay ki nan nanjas (souye):
1- Avèk dlo: Se prensipal fason pouw purifye salte, ou pa dwe chèche lòt mwayen si gen dlo.
2- Sa lalwa relijye a (Charia) di sou fason pou ou purifye bagay ki sal yo nèt oubyen bagay ki vin an kontak ak yon salte
A- Po bèt mouri a vin pwòp (purifye) lè yo tannen li.
B- Pou wou purifye yon veso si yon chen niche ladanl: Se pou w lave li 7 fwa; premye fwa a fèt ak tè.
C- Pouw purifye yon rad ki gen san règ sou li: Se pouw gratel , apre sa frote li ak dlo, epi rensel. Si mak la rete apre sa, sa pa gen pwoblèm.
D- Anba rad yon fanm vin pwòp lè li pase sou yon tè ki pwòp apre li te fin pase sou yon kote ki sal.
E- Pouw pirifye yon rad ki gen pipi yon ti gason ki nan tete: Ou jis flite dlo sou li. Men, si se pipi yon ti fi, se pouw lave rad la nèt.
F- Pou wou pirifye yon rad ki gen madzi (likid ki soti lèw eksite) sou li: Ou jis flite dlo sou kote ki gen tach la.
G- Pouw pirifye anba yon sapat (oswa soulye): Se pou w frote li byen fò sou yon tè ki pwòp.
H- Pouw purifye tè a si li gen salte sou li: Se swa ou vide yon bokit dlo sou kote ki sal la, oubyen ou kite solèy ak van seche li. Depi tras salte la disparèt, tè a vini pwòp.
Twazyèmman: Sa ki entèdi pou yon moun ki san ablisyon fè:
Twazyèmman: Bagay yon moun ki nan eta Salte pa gen dwa fè.
1- Lapriyè a, kit se yon lapriyè obligatwa oswa yon lapriyè volontè; Selon sa yo rapòte de Ibn Oumar (Ke Allah satisfè li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«لَا يَقْبَلُ اللَّهُ صَلَاةً بِغَيْرِ طُهُورٍ».
"Allah pa aksepte lapriyè san pirifikasyon".6
2-Manyen kouvèti oswa paj koran an (Moushaf). Epi selon sa ki rapòte nan liv la ke Mesaje a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te ekri pou Amr ibn Hazm, epi ladan li nou jwenn pawòl li:
«لَا يَمَسُّ الْقُرْآنَ إِلَّا طَاهِرٌ».
«Okenn moun pa gendwa touche Coran an san li pa pirifye» .7
3- Fè tounen (Tawaf) nan Kay ki ansyen an (Kaba a). Epi daprè pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«الطَّوَافُ بِالْبَيْتِ صَلَاةٌ، إِلَّا أَنَّ اللَّهَ أَبَاحَ فِيهِ الْكَلَامَ».
Tawaf la otou Kay la se yon lapriyè, sof ke Allah pèmèt pale ladanl.8 Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te pran dlo (fè ablisyon) pou li te ka fè Tawaf la. Epi gen yon rapò ki fyab ki di Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te anpeche fanm ki gen règ yo fè Tawaf nan Kay la (Kaba a) jouk tan yo vin pwòp.
Kanta pou bagay ki espesyalman entèdi pou moun ki nan eta gwo enpirite a, se:
1- Lekti Coran an; Pou diskou Ali a, ke Allah agreyel': "Pa gen anyen ki te konn anpeche li — sa vle di Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.) — resite Koran an, sof eta gwo salte a (djanaba).9
2- Rete nan moske a san ablisyon (san pirifikasyon) Poutèt pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلَّذِينَ ءَامَنُواْ لَا تَقۡرَبُواْ ٱلصَّلَوٰةَ وَأَنتُمۡ سُكَٰرَىٰ حَتَّىٰ تَعۡلَمُواْ مَا تَقُولُونَ وَلَا جُنُبًا إِلَّا عَابِرِي سَبِيلٍ حَتَّىٰ تَغۡتَسِلُواْ...﴾
O nou menm ki kwè! Pa pwoche bò lapriyè si nou sou, jouk tan nou konnen sa nap di. Ni non plis si nou nan eta janaba (eta moun ki sot nan gwo kontak seksyèl), sof si nap pase pase , jouk tan nou benyen nèt poun pwopte kò nou [An-Nisa: 43].
Kidonk, si yon moun ki nan eta gwo enpwòpte fè woudou, li gen dwa rete nan moske a. Konsa tou, yon moun ki nan eta gwo enpwòpte gen dwa pase nan moske a jis pou li travèse, san li pa chita ladan li.
Katriyèmman: Règ bon konpòtman (mannyè) lè wap fè bezwenw (ale nan twalèt):
Li rekòmande lè yon moun ap fè bezwen li:
1- Ale yon kote ki lwen epi kache kòw pou moun pa wèw lè wap fè bezwen w.
2- Di priyè (dua) ki prevwa a lè w ap antre, ki se:
«اللَّهُمَّ إِنِّي أَعُوذُ بِكَ مِنَ الْخُبْثِ وَالْخَبَائِثِ».
"(O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont move lespri mal yo ak move lespri femèl yo)"10.
Epi se yon obligasyon lè wap fè bezwenw:
1- Netwaye kòw byen aprèw fin fè pipi (evite pou pipi pa takte sou ou).
2- Kache pati privew(entim ou)
Epi sa ki entèdi lè yon moun ap fè bezwenl:
1- Pa bay direksyon Kibla a fas, ni pa ba li do (lè wap fè bezwen w).
2- Pa fè bezwen w nan chemen kote moun ap pase, ni nan kote ki rezève pou piblik la.
3- Pa fè pipi nan dlo ki pa ap koule (dlo dòmi)
Epi, men sa ki pa bon pou moun fè (sa ki dekonseye) lè yap fè bezwen yo:
1- Manyen pati prive kòw ak men dwat pandan wap fè bezwen w.
2- Netwaye kòw ak dlo oswa ak ròch/papye ak men dwat ou.
3- Li pa bon (li dekonseye) pou moun ap pale, sitou pou wap pwononse non Allah pandan wap fè bezwen ou.
Senkyèmman: Prensip pou netwaye kòw aprèw fin fè bezwenw ak dlo oswa ak ròch/papye
Istinja: Se retire tras salte ki sòti nan de pasaj yo avèk dlo.
Istinja: Se lèw sèvi ak dlo pouw retire tout tras salte ki soti nan 2 chemen yo (devan ak dèyè).
Kondisyon pou bagay wap sèvi pouw fè Istijma yo (netwayaj san dlo):
1- Bagay wap sèvi a dwe yon bagay ki pèmèt (Mubah).
2- Bagay wap sèvi a dwe pwòp
3- Li dwe pwòp.
4- Li pa dwe yon zo, ni li pa dwe poupou bèt ki sèk.
5- Li pa dwe yon bagay ki gen valè oswa ki sakre; tankou papye ki gen non Allah ekri sou yo.
Ou gen dwa sèlman fè netwayaj san dlo ak 2 kondisyon sa yo :
1- Salte a pa dwe gaye depase kote li konn soti a
2- Ou dwe sèvi ak omwen 3 ròch ki netwaye kòw byen, oswa plis si sa nesesè.
6- Règleman sou pirifikasyon :
Woudou (pirifikasyon) se yon devwa pou 3 sèvis adorasyon:
1- Lapriyè; kit se yon lapriyè obligatwa oswa yon lapriyè volontè.
2- Touche Koran an.
3- Tawaf la.
Kondisyon woudou a(pirifikasyon an)
1- Islam.
2- Gen bon sans (lespri)
3- Laj kote timoun nan kòmanse gen konprann
4. Entansyon an: plas li se nan kè a, epi pwononse li ak bouch se yon bagay yo envante ki pa nan relijyon an, Tout moun ki vle fè woudou, li gentan fè entansyon an, Kanta pou moun ki lave manm woudou yo ak entansyon pou li refwadi kò li oswa pou li netwaye li; sa pa konsidere kòm yon woudou.
5- Kenbe menm entansyon an: sa vle di, li pa dwe gen entansyon koupel jiskaske pirifikasyon an fin fèt nèt.
6- Sispann fè tout sa ki kraze kòd dlow (kanpe tout sa ki mande pouw refè ablisyon an) Eksepte nan ka sa yo: moun ki gen yon ekoulman (tankou pipi) kap koule sou li san rete, ak medamki pa san règ nòmal la.
7- Fè Istinja (ak dlo) oswa Istijma (ak ròch/papye) anvan w fè pirifikasyon, siw te sot fè pipi oswa poupou.
8- Dlo a dwe pwòp e li dwe ka sèvi pou pirifikasyon, epi fòk ou gen dwa sèvi avè l.
9- Retire tout sa ki ka anpeche dlo a touche pow nèt.
10- Rive lè lapriyè a pou moun ki gen yon pwoblèm (salte) ki pa janm sispann koule.
Obligasyon yo nan woudou a:
1- Lave figiw, epi sa gen ladan li: rense bouch ou ak rale dlo nan nen w.
2- Lave 2 men yo ansanm ak koud yo.
3. Li siye tout tèt li, e de zòrèy yo se yon pati nan tèt la.
4- Lave pye yo ansanm ak zo jwenti pye yo.
5. Respekte lòd pati kòw yo yonn apre lòt jan yo dwe fèt la.
6- Mwalaya (Kontinyite): Sa vle di ou pa dwe kite twòp tan pase ant chak pati kòw ap lave yo.
Kijan pou w fè ablisyon nèt: Etap pa etap.
1- Di 'Bismillah' (Nan non Allah (lè wap kòmanse.
2- Lave 2 pla menw yo 3 fwa.
3- Lave figiw 3 fwa, epi sa gen ladanl: rense bouch ou ak rale dlo nan nen w (3 fwa tou).
4- Li lave 2 men li yo rive nan koud li yo twa fwa, li kòmanse ak men dwat li anvan men gòch li.
5. Li siye tèt li ak 2 zòrèy li yo.
6- Li lave 2 pye li yo rive jis nan zo jwenti yo 3 fwa, epi li kòmanse ak pye dwat la, apre sa, pye gòch la.
Bagay ki anile woudou a(ablisyon an):
1- Sa ki soti nan de pasaj yo, tankou: pipi, van, ak poupou.
2- Gwo salte ki soti nan kò a.
3- Pèdi konesans nan dòmi oswa nan yon lòt fason.
4- Touche pati prive a ak men an, kit se devan an oubyen dèyè a, san okenn baryè.
5. Manje vyann chamo.
6- Kite relijyon Islam nan (Rida). Se pou Allah pwoteje nou ak tout Mizilman kont sa."
7-Prensip pou moun pase men mouye sou sa ki pye an po oswa sou chosèt.
1- Al-Khouf: Se sa yo mete nan pye yo ki fèt an kui oswa lòt materyèl ki sanble avèl
2. Al-Djawrab: Se sa yo mete nan pye ki fèt ak lenn, koton, oubyen sa ki sanble ak yo.
Kondisyon pou siye sou yo a:
1- Pou li mete yo aprè li fin fè pirifikasyon an byen fèt.
2- Li kouvri 2 pye li yo ak cheviy li yo.
3- Ke yo tou 2 pirifye.
4- Pou siye a fèt nan peryòd tan ki defini a.
5- Siye a dwe fèt nan woudou, e non pa nan gousl.
6- Fòk soulye a oswa sa ki sanble ak li a se yon bagay ki pèmèt. Si se yon bagay yo te pran san dwa, oswa sil fèt ak swa pou yon gason, li pa pèmèt pou siye sou li, paske yon pèmisyon espesyal (Roukhsa) pa ka baze sou yon bagay ki entèdi.
Konbyen tan ou gen dwa pase men mouye sou chosèt ou
"Pou moun ki rete lakay li : Se yon jou ak yon nwit. Pou moun kap vwayaje (mousafir): Se twa jou ak twa nwit.
Kijan pou w fè Mas-h la
Li pase men mouye sou tèt chosèt yo oswa soulye an kui yo, soti nan zòtèy yo rive jis nan janm nan, yon sèl fwa.
Bagay ki kraze pèmisyon pouw pase men mouye sou chosèt
1- Lè tan limit pou w fè mas-h la fini.
2- Wete 2 chosèt yo, oswa yonn ladan yo
3- Aparisyon Gwo Salte .
Règleman siye sou Khouffayn yo:
Se yon konsesyon, epi fè li pi bon pase retire chosèt an kwi yo epi lave pye yo; pou li aksepte konsesyon Allah (ki gen tout pouvwa ak tout glwa) la, pou li suiv egzanp Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi pou li opoze ak inovatè yo.
3- Pase men mouye sou plat (Jibira), pansman ak bann (Asayib), oswa lacho (Lasouq).
Jibira (Plat): Se tout sa yo mare sou yon zo ki kase; tankou plat , moso bwa, oswa nenpòt lòt bagay ki sanble ak sa.
E pansman yo: se sa yo mare sou yon blesi, oubyen yon kontizyon, oubyen yon boule; ki fèt ak twal ak sa ki sanble l.
Pansman an: se sa yo kole sou blesi oswa maleng pou tretman.
Prensip enpòtan yo
Ou gen dwa fè sa: depiw gen nesesite pouw kenbe yo sou ou, men ak kondisyon pou yo pa depase zòn ki bezwen kouvri a.
Epi, li pa pèmèt: si nesesite pou li a fini, oswa si retire li pa koze difikilte oswa domaj.
Kijan pouw pase men mouye sou yo:
Ou dwe lave pati ki toutotou li yo, epi ou pase men mouye sou li nan tout kote. Li pa dwe siye depase limit woudou a.
Wityèmman: Prensip sou Tiyayèm (Teyamoum) – Fè ablisyon ak pousyè tè.
Tayammoum: Se pase men sou figi a ak 2 men yo avèk tè ki pwòp, nan entansyon pirifikasyon, nan yon fason espesifik.
Prensip,règleman li:
Se yon devwa pou yon moun fè tayamòm nan plas woudou ak benyen lè li pa jwenn dlo, oswa lè li pa gen kapasite pou sèvi avè l.
Sajès ki dèyè lejislasyon li a:
Tayammoum se youn nan spesyalite kominote Pwofèt Muhammad la, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, Epi sa se pa te yon bagay ki te konnen nan nasyon ki te la anvan yo, se yon fason pito pou Allah montre jenerozite l anvè kominote sa a, epi se yon byenfè ki soti nan men senyè toupwisan an pou li.
Ka yo kote li preskri pou fè Tayammoum:
1- Si yon moun pa gen dlo, kit se kote li abite oswa nan vwayaj, epi li chèche men li pa jwenn li.
2- Si li gen dlo avèl ke li bezwen poul bwè oswa poul fè manje, epi si li ta sèvi avèl poul pirifye tèt li, sa tap nwi nesesite li a, nan yon pwen kote li pè swaf pou tèt pa li, oswa pou yon lòt moun oswa yon bèt ki pwoteje (ki gen dwa pou yo viv) pa swaf.
3- Si li pè pou dlo a pa fè kò li mal akoz yon maladi li genyen, oswa pou sa pa fè li pran plis tan pou li geri.
4- Si li pa kapab sèvi ak dlo akoz yon maladi ki fè li pa kapab deplase, e li pa genyen pèsonn pou fè woudou pou li, epi li pè pou lè lapriyè a soti.
5- Si li pè pou li pa pran fredi sil sèvi ak dlo a, epi li pa jwenn sa poul chofe l, li fè tayammoum epi l fè lapriyè.
Fason Tayammoum nan:
Pou li frape tè a ak men li pandan dwèt li yo separe, apre sa, li mase figi li ak anndan dwèt li yo, epi li mase 2 men li yo ak pla men li yo, epi li dwe mase tout figi a ansanm ak tou 2 men yo nèt.
Bagay ki anile Tayammoum:
1- Prezans dlo, si tayamoum nan te fèt akoz absans li. Oubyen kapasite pou sèvi avèk li, si tayamoum nan te fèt pou mank kapasite pou sèvi avèk li.
2- Li anile ak youn nan bagay ki anile woudou a, oswa ak youn nan bagay ki fè yon moun dwe benyen nèt; tankou gwo salte, règ, ak san apre akouchman.
Jijman sou moun ki pa kapab sèvi ak dlo ak fè Tayammoum:
Moun ki pa gen ni dlo ni tè, oswa ki nan yon kondisyon kote li pa kapab touche po li ni ak dlo ni ak tè; li dwe fè lapriyè li jan sitiyasyon li ye a, san woudou ni tayamoum; paske Allah pa oblije okenn nanm fè sa ki depase kapasite li. Menm si apre sa li ta vin jwenn dlo ak tè, oswa li ta vin kapab itilize yo; li pa gen poul refè lapriyè li te fè a; paske li te akonpli sa li te gen lòd poul fè a. Poutèt pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿...فَٱتَّقُواْ ٱللَّهَ مَا ٱسۡتَطَعۡتُمۡ...﴾
Gen krentif pou Allah otan nou kapab. [At-Tagaboun: 16], Epi dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«إِذَا أَمَرْتُكُمْ بِأَمْرٍ فَأْتُوا مِنْهُ مَا اسْتَطَعْتُمْ».
«Lèm kòmande nou fè yon bagay, fè tout sa nou kapab ladan l»11.
Yon nòt enpòtan: Si yon moun te fè Tiyayèm paske li te nan eta Janaba (eta kote li te dwe benyen nèt), epi apre sa li vin jwenn dlo; li obligatwa pou li benyen nèt
Nevyèmman: Règleman sou règ ak san aprè akouchman:
Premyèman: Règ la :
Se yon san ki soti nan nati ak kreyasyon yon fi; li soti nan fon matris la nan yon peryòd ki byen detèmine An jeneral, li te konn soti 6 oubyen 7 jou nan chak mwa, e sa te ka plis oswa mwens. Dire peryòd règ yon fi varye; selon konpozisyon natirèl Allah te mete nan li.
Règleman pou medam ki gen règ yo:
1- Yon fanm ki gen règ li pa ni fè lapriyè ni jene, e sa pa valab pou li.
2- Yon fanm ki gen règ li dwe ranplase jèn nan, men pa lapriyè a, lè règ la fin sispann.
3- Li pa gen dwa fè Tawaf nan Kay la, E pa li Koran an, Epi piga ou chita nan moske a. 4. Epi li entèdi pou mari li gen rapò seksyèl avèk li jiskaske règ li sispann epi li fin pirifye kò li.
5. Li pèmèt pou mari yon fi ki gen règ li pran plezi avèl nan tout sa ki pa relasyon seksyèl nan vajen an, tankou bo, touche, ak lòt bagay ki sanble ak sa.
6- Li pa pèmèt pou mari li divòse li pandan li gen règ li.
Pirifikasyon se lè san an sispann; donk, lè san an sispann, peryòd règ li a fini, epi se yon devwa pou li benyen, Apre sa, li ka rekòmanse fè tout sa li pat gen dwa fè akoz règ li.
Epi, si aprè pirifikasyon an li wè yon ekoulman ki twoub oswa jòn; li pa dwe konsiderel.
Dezyèmman: Nifas – San ki soti apre yon fanm fin akouche.
Se san matris la lage pou akouchman an ak aprè li, e li se rès san ki te kenbe pandan tout peryòd gwosès la.
San apre akouchman an se menm jan ak peryòd règ la nan sa ki pèmèt; tankou jwenn plezi avèl san pa gen relasyon seksyèl.
Epi pou sa ki entèdi yo; tankou relasyon seksyèl, jèn, lapriyè, divòs, Tawaf, lekti Koran an, epi rete nan moske a, Konsa tou, se yon devwa pou li benyen lè san li sispann, menm jan ak yon fanm ki gen règ li.
Epi, se yon devwa pou li ratrape jèn nan men pa priyè a, menm jan ak fanm ki gen règ li.
Epi tan ki pi long li ka dire se karant (40) jou. Si san apre akouchman an sispann anvan karant jou, sa vle di peryòd san sa a fini. Lè sa a, li dwe benyen, fè lapriyè, epi rekòmanse fè tout sa li pat gen dwa fè akoz san apre akouchman an.
Dezyèm Sijè: Lapriyè a:
Premyèman: Lalwa sou Azan ak Ikama (Apèl pou lapriyè).
Yo te tabli Azan nan premye ane apre Emigrasyon Pwofèt la (Hegira) nan vil Medin. Epi rezon ki fè li te etabli a: sèke lè li te vin difisil pou yo te konnen lè yo, yo te konsilte youn lòt pou yo te mete yon siy pou sa, Se konsa yo te montre Abdullah bin Zayd -se pou Allah kontan avèk li- Adhan sa a nan yon rèv, epi Revelasyon an te apwouvel.
Epi Azàn an se: Anons pou fè konnen lè lapriyè a rive. Ikama: Se fason pou fè moun konnen lapriyè a pral kòmanse kounye a.
E Adhan an ak Iqama a se yon obligasyon kominotè pou gwoup gason yo, pou lapriyè obligatwa yo, E yo toulède se pami seremoni Islam yo ki parèt aklè, kidonk li pa pèmèt pou moun neglije yo.
Kondisyon Azàn lan:
1- Se pou Mouwazin nan se yon gason.
2- Azànn an dwe nan lòd.
3- Fòk 'Azànn' la fèt youn apre lòt san kanpe.
4- Azan an dwe fèt apre lè lapriyè a fin antre Eksepsyon fèt pou premye Azànn nan douvanjou (Fajr) ak nan Joumou'a (lapriyè vendredi a)
Sounnan al-Azan: Bagay ki rekòmande pou moun kap fè Azan an fè (men ki pa obligatwa)
1- Li mete 2 dwèt li nan zòrèy li yo.
2- Fè Azan an touswit lè lè lapriyè a fenk antre
3. Li vire tèt li sou bò dwat epi sou bò gòch pandan li ap di de 'Hay'alah' yo.
4- Ke li genyen yon bon vwa.
5. Li di pawòl 'Azànn' yo san li pa prese, san li pa trennen yo, ni san li pa lonje yo yon fason ki egzajere.
6- Li kanpe sou chak fraz ki ladan li.
7- Li vire bò kote 'Kibla' a pandan lap fè 'Azànn' lan.
Adhan an gen 15 fraz, menm jan Bilal, ke Allah satisfè avè l, te konn fèl toujou nan prezans Mesaje Allah la.
Pawòl Adhan an (apèl pou lapriyè a):
"Allahu Akbar" (Allah se pi gran an): 4 fwa.
(Mwen temwaye pa gen lòt dye pase Allah sèlman): 2 fwa.
(Mwen temwaye Muhammad se mesaje Allah): 2 fwa.
(Vini nan lapriyè): 2 fwa,
(Hayya 'ala al-Falah): 2 fwa.
Apre sa, li di: 'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an), 2 fwa.
Apre sa, li fini avèk "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah": 1 fwa.
Epi li ajoute nan Fajr, aprè 'Hayya 'ala al-Falah': (Lapriyè pi bon pase dòmi) 2 fwa; Paske se yon tan kote, jeneralman, moun ap dòmi.
Epi Iqamah la gen 11 fraz, epi yo resitel rapid, sa vle di: yo fèl vit; paske se pou enfòme moun ki prezan yo, kidonk pa gen nesesite pou fèl dousman.
Fòmil li se jan sa a:
'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an): 2 fwa.
(Mwen temwaye pa gen lòt dye pase Allah sèlman): 1 fwa.
(Mwen temwaye Muhammad se mesaje Allah): 1 fwa.
(Vini nan lapriyè): 1 fwa.
(Hayya 'alal-Falah): 1 fwa.
"(Lapriyè a kòmanse): 2 fwa.
('Allahu Akbar' (Allah se pi gran an)): 2 fwa.
(Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah) : 1 fwa.
Li rekòmande pou moun ki tande Azànn an di menm sa Muezzin an di, eksepte pou 'Hayya 'ala as-Salah' ak 'Hayya 'ala al-Falah', lè sa a li di: 'La hawla wa la quwwata illa billah' (Pa gen ni fòs ni pouvwa esepte ak Allah), Apre sa, li fè lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li). Apre sa ankò, li di:
«اللهمَّ رَبَّ هَذِهِ الدَّعْوَةِ التَّامَّةِ، وَالصَّلَاةِ القَائِمَةِ، آتِ مُحَمَّدًا الوَسِيلَةَ وَالفَضِيلَةَ، وَابْعَثْهُ مَقَامًا مَحْمُودًا الَّذِي وَعَدْتَهُ، إِنَّكَ لَا تُخْلِفُ الْمِيعَادَ».
O Allah, Mèt apèl ki san mank sa a, ak lapriyè ki pral fèt la, bay Muhammad 'Al-Wasila' (yon plas espesyal nan Paradi) ak 'Al-Fadila' (yon grad ki wo anpil), epi ba li plas kote tout moun ap fè lwanj pou li a (Al-Maqam al-Mahmoud) jan Ou te pwomèt li a. Se vre wi, Ou pa janm kase pwomès Ou.12
Epi li di tou:
«رَضِيتُ بِاللَّهِ رَبًّا، وَبِالْإِسْلَامِ دِينًا، وَبِمُحَمَّدٍ ﷺ نَبِيًّا».
«Mwen satisfè ak Allah kòm Mèt, ak Islam kòm relijyon, epi ak Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) kòm Pwofèt»13.
Li entèdi pou yon moun soti nan moske a apre Azan an san yon eskiz oswa entansyon pou retounen.
Lè yo gwoupe de lapriyè, yo fè yon sèl 'Azànn', epi yon 'Iqamah' pou chak lapriyè.
Dezyèmman: Enpòtans ak vèti lapriyè a:
Lapriyè (As-Salat) se poto ki pi enpòtan nan relijyon Islam nan, aprè 2 temwayaj lafwa yo . Epi li gen yon plas espesyal (yon wo nivo), Kote Allah te enpoze li sou Mesaje li a (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) pandan lannwit Asansyon an (Al-Miradj) nan syèl la, Sa montre donk jan li gen anpil enpòtans, jan obligasyon li an sèten, e jan li gen anpil valè bò kote Allah, Toupuisan an, Majestye a.
Epi, gen anpil hadit ki vini sou benefis li, ak obligasyon li genyen pou chak grenn moun, Epi karaktè obligatwa li se yon konesans fondamantal nan relijyon Islam.
Epi, pami prèv ki montre obligasyon ak konfimasyon li, se plizyè tèks ki soti nan Liv la ak Sounah la, e pami yo:
1- Pawòl senyè toupwisan an Sila a ki egzalte a:
﴿...إِنَّ ٱلصَّلَوٰةَ كَانَتۡ عَلَى ٱلۡمُؤۡمِنِينَ كِتَٰبٗا مَّوۡقُوتٗا﴾
...Vrèmanvre, Lapriyè se yon obligasyon pou kwayan yo nan lè ki fikse. [An-Nisa: 103]. Sa vle di: li enpoze nan lè yo ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te esplike.
2- Epi pawòl senyè toupwisan an,Sila a ki egzalte a:
﴿وَمَا أُمِرُوا إِلَّا لِيَعْبُدُوا اللَّهَ مُخْلِصِينَ لَهُ الدِّينَ حُنَفَاءَ وَيُقِيمُوا الصَّلَاةَ...﴾
E poutan, yo pa te resevwa okenn lòt kòmandman esepte pou yo adore Allah, nan ba li tout devouman yo nèt ale (sensè), nan mache dwat nan chemen laverite a, pou yo fè lapriyè a... [Al-Bayyinah: 5].
3- Epi pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿فَإِنْ تَابُوا وَأَقَامُوا الصَّلَاةَ وَآتَوُا الزَّكَاةَ فَإِخْوَانُكُمْ فِي الدِّينِ...﴾
Men, si yo repanti, yo fè lapriyè a kòrèkteman, epi yo bay Zaka a, yo se frè nou nan relijyon an... [Repantans: 11].
4- Jabir (r.a) rapòte ke Mesaje Allah (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di:
«إِنَّ بَيْنَ الرَّجُلِ وَبَيْنَ الشِّرْكِ وَالْكُفْرِ تَرْكُ الصَّلَاةِ».
Sa ki separe yon moun ak zak asosye lòt fòs ak dye (Chirk) oswa ak Mekreyan(Koufr), se sispann fè lapriyè.14
5- Epi bò kote Buraydah (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di:
«العَهْدُ الَّذِي بَيْنَنَا وَبَيْنَهُمُ الصَّلَاةُ، فَمَن تَرَكَهَا فَقَدْ كَفَرَ».
«Alyans ki ant nou menm ak yo a se Lapriyè. Kidonk, moun ki abandonel, li tonbe nan mekrekyans»15.
Epi tout savan yo tonbe dakò ke moun ki nye obligasyon li a, li tonbe nan enkredilite, Kanta pou moun ki abandone l pa parès ak neglijans, opinyon ki pi kòrèk la se ke li tonbe nan mekrekyans tou, dapre hadith otantik ki te mansyone anvan an, epi dapre konsansis Konpayon yo sou sa.
Twazyèm pwen: Kondisyon lapriyè a:
1- Lè lapriyè a dwe rive
Akòz pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿...إِنَّ ٱلصَّلَوٰةَ كَانَتۡ عَلَى ٱلۡمُؤۡمِنِينَ كِتَٰبٗا مَّوۡقُوتٗا﴾
Anverite, Lapriyè se yon preskripsyon pou kwayan yo nan lè ki fikse. [An-Nisâ]. Sa vle di: obligatwa nan lè ki presi.
Epi lè lapriyè obligatwa yo se jan sa a:
a- Douvanjou: Soti nan lè douvanjou jiska lè solèy la leve.
b- Dhohr: Soti lè solèy la fin pase mitan syèl la, jiskaske lonbraj chak bagay vin menm longè ak li.
j- Asr: Depi lè Dhuhr la fini jiska lè solèy la vin jòn, e lè nesesite li se jiska lè solèy la kouche.
d- Magrib: Depi lè solèy la kouche jiskaske klète wouj la disparèt.
e- Isha: Depi lè Maghrib la fini jiska mwatye lannwit.
2- Kouvri sa ki dwe kouvri nan kò a:
Epi li se sa ki dwe kouvri, e se yon move bagay lè li parèt, epi se yon bagay ki fè moun wont, Pati pou yon gason kouvri se soti nan lonbrit rive nan jenou, Epi pou fanm nan, tout kò li se yon pati ki dwe kouvri nan lapriyè, eksepte figi li, Epi, li kouvri vizaj li lè li an prezans gason ki etranje pou li, sa vle di: moun ki pa 'maharam' pou li.
3- Evite salte
Salte a: se yon salte espesifik ki anpeche lapriyè a aksepte; tankou pipi, gwo bezwen, san, ak lòt bagay ankò. Salte sa a kapab sou kò yon moun, sou espas kote lap priye a, epi sou rad li.
4. Vire fas bò kote Kibla a:
Kibla a se Kaaba Onorab la. Yo rele li Kibla paske moun yo vire fas yo bò kote li.
Pa gen lapriyè ki valab san vire fas bò kote Kibla a, Poutèt pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿...وَحَيۡثُ مَا كُنتُمۡ فَوَلُّواْ وُجُوهَكُمۡ شَطۡرَهُ...﴾
Epi kèlkeswa kote nou ye, vire figi nou nan direksyon li. [Al-Baqarah:144].
5- Entansyon:
Nan langaj, se Entansyon, epi nan lalwa, se rezolisyon fèm pou adore pou ka pwoche pi pre Allah, Sila a ki Elve a. Plas li se nan kè a, konsa pa gen nesesite pou pwononsel, okontrè menm, se yon pratik yo envante mete nan relijyon an.
Katriyèmman: pilye lapriyè a:
Epi li genyen 14 poto (pwen prensipal).
Premye poto a : Se kanpe avèk kapasite:
Dapre pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿...وَقُومُواْ لِلَّهِ قَٰنِتِينَ﴾
epi kanpe devan Allah avèk soumisyon. Sourat Al-Baqarah, vèsè 238. Epi Hadith ki soti nan Imran — se pou Allah kontan avèk li— ki remonte jiska Pwofèt la: (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)
«صَلِّ قَائِمًا، فَإِن لَمْ تَسْتَطِعْ فَقَاعِدًا، فَإِن لَمْ تَسْتَطِعْ فَعَلَى جَنْبٍ».
«Priye kanpe, men si ou pa kapab, fè li chita, men si ou pa kapab, fèl sou kote w»16.
Men, si li pa kapab kanpe poutèt yon maladi, li priye selon kondisyon li, chita oswa sou bò li, Menm jan ak moun ki malad la: moun ki pè a, moun ki toutouni a, ak moun ki bezwen chita oswa kouche pou yon trètman ki mande pou li pa kanpe. Menm jan an tou, yon moun gen eskiz poul pa kanpe si lap priye dèyè yon Imam fiks ki paka kanpe; si Imam nan priye chita, moun ki dèyè li yo dwe priye chita tou pou yo swiv Imam yo a. Li pèmèt pou yon moun fè lapriyè volontè yo pandan li chita, menm si li gen kapasite pou li kanpe, men rekonpans la pa menm ak rekonpans moun ki kanpe a.
Dezyèm poto a: Di 'Allahu Akbar' (Takbiratoul-Ihram) nan kòmansman priyè a.
Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«ثُمَّ اسْتَقْبِلِ الْقِبْلَةَ، وَكَبِّرْ».
«Apre sa, dirijew vè Kibla a, epi ba li glwa»17.
Fason pou dil se: (Allah pi gran), epi pa gen okenn lòt pawòl ki valab.
Twazyèm pilye a: Lekti Al-Fatiha:
Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«لَا صَلَاةَ لِمَنْ لَمْ يَقْرَأْ بِفَاتِحَةِ الْكِتَابِ».
«Pa gen lapriyè pou yon moun ki pa li chapit ki ouvri liv la (Al-Fatiha)»18.
Katriyèm poto a: enklinezon (Roukou) nan chak rakya."
Daprè pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿يَاأَيُّهَا الَّذِينَ آمَنُوا ارْكَعُوا وَاسْجُدُوا...﴾
O nou menm ki kwè! Bese tèt nou, epi mete fwon nou atè... [Al-Hadj: 77].
Senkyèm ak sizyèm pilye yo:
Li leve sot nan pozisyon panche a (Ruku), epi li kanpe dwat menm jan li te ye anvan an, paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te toujou konn fè sa.
Epi Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di moun ki pa te byen fè lapriyè li a:
«ثُمَّ ارْفَعْ حَتَّى تَعْتَدِلَ قَائِمًا».
«Answit, leve jiskaske ou kanpe dwat»19.
Setyèm pilye a: Fè pwostènasyon (Soudjoud) sou 7 pati nan kò a:
Ki se fon an ansanm ak nen an, 2 men yo, 2 jenou yo, ak pwent 2 pye yo, Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«أُمِرْنَا أَنْ نَسْجُدَ عَلَى سَبْعَةِ أَعْظُمٍ: الجَبْهَةِ، وَأَشَارَ بِيدِهِ عَلَى أَنْفِهِ، وَالكَفَّيْنِ، وَالرُّكْبَتَيْنِ، وَأَطْرَافِ القَدَمَيْنِ».
«Nou te resevwa lòd pou nou fè pwostènasyon (Soudjoud) sou 7 pati nan kò nou: fwon an—epi li te montre nen li ak men li—, 2 pla men yo, 2 jenou yo, ak pwent dwèt pye yo»20.
Wityèm poto a: Leve sot nan Soudjoud la epi chita ant de pwostènasyon yo:
Dapre Hadith Aïcha a, (ke Allah agreye li):
«كَانَ النَّبِيُّ ﷺ إِذَا رَفَعَ رَأْسَهُ مِنَ السَّجْدَةِ، لَمْ يَسْجُدْ حَتَّى يَسْتَوِيَ جَالِسًا».
«Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) pat konn pwostène lè li leve tèt li sot nan pwostènasyon an, jiskaske li te fin chita byen dwat»21.
Nevyèm poto a se: Rete kalm (san prese) nan tout poto yo:
Epi li se trankilite a, menmsi li tou piti, dapre jan Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di moun ki pa te byen fè lapriyè li a:
«حَتَّى تَطْمَئِنَّ».
«Jouk ou poze»22.
2 pilye yo: dizyèm ak onzyèm:
Dènye Tachahoud la epi chita l la: dapre Adit Ibn Mas'ud la — se pou Allah kontan avèk li—, ki remonte jiska Pwofèt la:
«إِذَا صَلَّى أَحَدُكُمْ فَلْيَقُلْ: التَّحِيَّاتُ لِلَّهِ وَالصَّلَوَاتُ وَالطَّيِّبَاتُ، السَّلَامُ عَلَيْكَ أَيُّهَا النَّبِيُّ وَرَحْمَةُ اللَّهِ وَبَرَكَاتُهُ، السَّلَامُ عَلَيْنَا وَعَلَى عِبَادِ اللَّهِ الصَّالِحِينَ، أَشْهَدُ أَنْ لَا إِلٰهَ إِلَّا اللَّهُ وَأَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ».
«Si youn nan nou priye, se pou li di: Tout salitasyon se pou Allah, ak lapriyè yo, ak tout bon bagay yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo. Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo. Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li»23.
Douzyèm Poto a: priyè sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan dènye Tachahoud la:
Se lè li di:
«اللَّهُمَّ صَلِّ عَلَى مُحَمَّدٍ».
(O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad),24 Epi sa ki anplis de sa, se Sounah.
Trèzyèm poto a: Respekte lòd ant poto yo (youn apre lòt).
Paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè yo nan lòd, Epi li di:
«صَلُّوا كَمَا رَأَيْتُمُونِي أُصَلِّي».
Priye menm jan nou te wè map priye a.25 Epi li te anseye moun ki te mal fè priyè l la lòd sa a nan sèvi ak mo «apre sa»
Katòzyèm pilye a se: Soumisyon:
Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
««وَخِتَامُهَا التَّسْلِيمُ».
« E konklizyon l se Taslīm nan », Epi li di Ankò :
«وَتَحْلِيلُهَا التَّسْلِيمُ».
«Epi sa ki fini l se Taslim nan»26.
Senkyèmman: Devwa yo nan lapriyè a:
Epi yo se 8;
1- Tout Takbir yo (di Allahu Akbar), eksepte Takbir kòmansman an (Takbiratoul-Ihram).
2. Pou yon moun di «Subhana Rabbiyal 'Adhim» (Glwa pou Mèt mwen ki gen anpil grandè) nan 'Ruku' a yon sèl fwa, Epi li rekòmande pou ogmante rive 3, e sa se pi piti degre pèfeksyon an, ak rive jis dis, ki se pi wo a.
3- Pou di: "Allah koute sila ki fè lwanj pou li" lè yon moun ap leve sot nan 'Ruku' a; pou imam nan ak moun kap priye poukont li a.
4- Li di: «O Senyè nou, tout louwanj se pou ou» lè li kanpe dwat apre 'Ruku' a.
5. Pou li di 'Subhana Rabbiyal A'la' (Glwa pou Mèt mwen ki pi wo a) nan pwostènasyon an (Soudjoud) yon sèl fwa, Epi li rekòmande pou ogmante li jiska twa fwa.
6. Li di: "Mèt mwen, padonem" ant 2 Soudjoud yo yon sèl fwa, Epi li rekòmande pou ogmantel rive twa fwa.
7- Premye 'Tachahoud' la; e se pou moun nan di:
«التَّحِيَّاتُ لِلَّهِ، وَالصَّلَوَاتُ وَالطَّيِّبَاتُ، السَّلَامُ عَلَيْكَ أَيُّهَا النَّبِيُّ وَرَحْمَةُ اللَّهِ وَبَرَكَاتُهُ، السَّلَامُ عَلَيْنَا وَعَلَى عِبَادِ اللَّهِ الصَّالِحِينَ، أَشْهَدُ أَنْ لَا إِلٰهَ إِلَّا اللَّهُ وَأَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ».
(Tout salitasyon se pou Allah, ak lapriyè yo, ak tout bon bagay yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo. Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo. Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li.)27.
8- Chita pou premye 'Tachahoud' la.
Sizyèmman: Sounnah Lapriyè yo:
'Sunnah' yo nan lapriyè a pa anile lapriyè a si yon moun pa fè yo, Epi li gen 2 kategori: Sounah nan pawòl, ak Sounah nan aksyon.
Premyèman: Sounah yo ki se pawòl:
1- 'Doua Al-Istiftah' (priyè pou ouvri lapriyè a), li gen plizyè fòm, pami yo genyen:
«سُبْحَانَكَ اللَّهُمَّ وَبِحَمْدِكَ، وَتَبَارَكَ اسْمُكَ، وَتَعَالى جَدُّكَ، وَلَا إِلٰهَ غَيْرُكَ».
O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, non ou gen benediksyon, grandè ou anlè nèt, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an selman ou menm.28
2- Demann refij la anvan Al-Fatiha, E se pawòl sa a: «Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont Chaytan, sa yo rejte a».
3- Al-Basmalah anvan lekti a, Epi se pawòl sa a: Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.
4. Sa ki depase yon sèl fwa nan 'tasbih' 'Ruku' a ak 'Soudjoud' la.
5- Sa li di plis pase yon sèl fwa:
«رَبِّ اغْفِرْ لِي».
Mèt mwen! Padonem Ant 2 pwostènasyon yo.
6- Pawòl:
«مِلْءَ السَّمَاوَاتِ، وَمِلْءَ الْأَرْضِ، وَمِلْءَ مَا بَيْنَهُمَا، وَمِلْءَ مَا شِئْتَ مِنْ شَيْءٍ بَعْدُ».
ki ranpli syèl yo ak tè a ak sa ki ant yo 2 a, epi ki ranpli tout sa ou vle apre sa, Apre li di:
«رَبَّنَا ولَكَ الحَمْدُ».
«O Senyè nou, tout louwanj se pou ou»29.
7- Lekti a apre Al-Fatiha.
8- Pawòl:
«اللَّهُمَّ إِنِّي أَعُوذُ بِكَ مِنْ عَذَابِ جَهَنَّمَ، وَمِنْ عَذَابِ الْقَبْرِ، وَمِنْ فِتْنَةِ الْمَحْيَا وَالْمَمَاتِ، وَمِنْ فِتْنَةِ الْمَسِيحِ الدَّجَّالِ».
«O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont pinisyon nan dife Lanfè, kont pinisyon nan tonbo, kont tantasyon (ak tribilasyon) lavi a ak lanmò, epi kont tantasyon fo mesye yo rele Mesye-Dajjal la»30. Epi sa ki ajoute sou sa kòm siplikasyon nan dènye Tachahoud la.
Dezyèm: Sounah pratik:
1- Leve 2 men yo rive nan nivo zepòl yo oswa zòrèy yo nan 4 pozisyon:
a- Pandan li ap di 'Takbirat al-Iram' la.
b- Pandan lap fè 'Ruku' a (lè nou panche a).
C-Lè lap leve soti nan 'Ruku' a.
d. Lè li ap kanpe pou li antre nan twazyèm Raka a.
2. Li mete men dwat li sou men gòch li sou lestonmak li pandan li kanpe anvan li panche a (Ruku) ak apre li fin leve sot ladan l.
3. Lap Gade kote li pral fè pwostènasyon an.
4. Li dwe kenbe bra li yo lwen kòt li pandan pwostènasyon an (Soudjoud).
5. Li kenbe vant li lwen kwis li pandan de pwostènasyon yo (Soudjoud).
6- 'Iftirach' fèt nan tout pozisyon chita nan lapriyè a, eksepte nan dènye 'Tachahoud' la nan lapriyè ki gen 3 ak 4 'Raka' yo.
7. Li fè 'Tawarruk' nan dènye 'Tachahoud' la, nan lapriyè ki gen 3 Raka oswa 4 raka
Setyèmman: Deskripsyon fason pou moun fè lapriyè a.
1. Lè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te kanpe poul fè lapriyè, li te vire fas li bò kote Kibla a, li te leve 2 men li, li te vire anndan dwèt men li yo bò kote Kibla a, epi li te di:
«اللهُ أَكْبَرُ».
Allahu Akbar (Allah se pi gran an)
2. Apre sa, li kenbe men gòch li ak men dwat li, epi li mete men li sou lestonmak li.
3- Apre sa, li fè priyè ouvèti a, epi li pat konn rete sou yon sèl fòm, Tout fòm priyè ouvèti (Istiftah) ki sèten ki soti nan li yo, li pèmèt pou moun itilize yo; pami yo genyen:
«سُبْحَانَكَ اللَّهُمَّ وَبِحَمْدِكَ، وَتَبَارَكَ اسْمُكَ، وَتَعَالى جَدُّكَ، وَلَا إِلٰهَ غَيْرُكَ».
O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, non ou gen benediksyon, grandè ou anlè nèt, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an wetan ou menm.
4- Apre sa, li di:
«أَعُوذُ بِاللَّهِ مِنَ الشَّيْطَانِ الرَّجِيمِ، بِسْمِ اللَّهِ الرَّحْمَٰنِ الرَّحِيمِ».
Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont satan ki rejte a, nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.
5. Apre sa, li li Sourat Al-Fatiha, e lè li fini l, li di: "Amine".
6- Apre sa, li sa ki fasil pou li nan Koran an, Epi li li fò ak vwa li nan lapriyè Fajr, ak nan 2 premye yo nan lapriyè Maghrib ak Isha, Epi li fè resitasyon an tou ba nan lòt ka yo. Li fè premye 'Raka' a nan chak lapriyè pi long pase dezyèm nan.
7- Apre sa, li leve 2 men li menm jan li te leve yo a pou ouvri lapriyè a, Apre sa, li di: 'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an), Epi li desann pou li fè 'Ruku', Li poze 2 men li yo sou 2 jenou li yo ak dwèt li yo separe, epi li kenbe yo byen fèm, epi li drese do li, epi li mete tèt li nan menm nivo ak do li; li pa ni level, ni besel. Epi li di tou:
«سُبْحَانَ رَبِّيَ الْعَظِيمِ» مرةً.
Glwa pou Mèt mwen ki gen anpil grandè, 1 fwa, Epi minimòm pèfeksyon an se: 3 fwa, jan sa te mansyone anvan.
8. Apre sa, li leve tèt li epi li di:
«سَمِعَ اللَّهُ لِمَنْ حَمِدَهُ».
Allah koute sila ki fè lwanj pou li. Li leve 2 men li menm jan li leve yo pandan lap fè 'Ruku' a.
9- Lè li fin kanpe dwat li di:
«اللَّهُمَّ رَبَّنَا وَلَكَ الْحَمْدُ، حَمْدًا كَثِيرًا طَيِّبًا مُبَارَكًا فِيهِ، مِلْءَ السَّمَاءِ، وَمِلْءَ الْأَرْضِ، وَمِلْءَ مَا بَيْنَهُمَا، وَمِلْءَ مَا شِئْتَ مِنْ شَيْءٍ بَعْدُ، أَهْلَ الثَّنَاءِ وَالْمَجْدِ، أَحَقُّ مَا قَالَ الْعَبْدُ، وَكُلُّنَا لَكَ عَبْدٌ، لَا مَانِعَ لِمَا أَعْطَيْتَ، وَلَا مُعْطِيَ لِمَا مَنَعْتَ، وَلَا يَنْفَعُ ذَا الْجَدِّ مِنْكَ الْجَدُّ».
O Allah, Senyè nou an, tout louwanj se pou ou, yon louwanj ki anpil, ki pi e ki beni, ki ranpli syèl la, tè a, ak sa ki ant yo 2 a, epi ki ranpli tout sa ou vle apre sa. Ou menm ki merite tout lwanj ak tout glwa, ki pi merite sa yon sèvitè ka di, e nou tout se sèvitè pou ou: pèsonn pa ka anpeche sa ou bay, e pèsonn pa ka bay sa ou refize, e grandè moun ki genyen li lan pap sèvi li anyen devan Ou31. Epi li te konn fè pozisyon sa a (kanpe drèt la) dire lontan.
10- Apre sa, li di 'Allahu Akbar', epi li bese pou l fè pwostènasyon an (Soudjoud), Epi li pa leve 2 men li, Epi li pwostène sou fwon li ak nen li, men li yo, jenou li yo, ak pwent dwèt pye li yo, Epi li vire pwent dwèt men li yo ak pwent dwèt pye li yo bò kote 'Kibla' a, Epi li kenbe kò li nan yon bon pozisyon pandan lap fè 'Soudjoud' la, Li poze fwon li ak nen li byen fèm atè, Epi li apiye sou 2 plat men li yo, epi li leve 2 koud li yo, Li dwe kenbe bra li yo lwen kòt li, Li leve vant li lwen kwis li, epi li separe kwis li yo ak janm li yo, Epi nan sujūd li a, li di:
«سُبْحَانَ رَبِّيَ الأَعْلَى».
«Glwa pou Mèt mwen, Ki anlè nèt la» yon fwa, Epi minimòm nan pou li konplè se 3 fwa, jan nou te mansyone sa anvan an, Epi li sipliye ak siplikasyon ki rapòte yo.
11. Li leve tèt li pandan lap di 'Allahu Akbar', Apre sa, li kouche pye goch li atè, li chita sou li, epi li drese pye dwat li, Epi li poze 2 men li yo sou kwis li yo, apre sa li di
«اللَّهُمَّ اغْفِرْ لِي، وَارْحَمْنِي، وَاجْبُرْنِي، وَاهْدِنِي، وَارْزُقْنِي».
"O Allah! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, ranplase sa mwen pèdi yo/ranfòsem, gidem, epi ban mwen mwayen pou mwen viv."32
12. Apre sa, li di 'Allahu Akbar' epi li fè pwostènasyon an, epi li fè menm jan li te fè nan premye pwostènasyon an.
13. Apre sa, li leve tèt li pandan lap di 'Allahu Akbar', epi li leve kanpe sou devan pye li yo, pandan lap apiye sou jenou li yo ak kwis li yo.
14- Yon fwa li fin kanpe drèt, li kòmanse li, Li fè dezyèm 'Raka' a menm jan li te fè nan premye a.
15. Apre sa, li chita pou premye 'Tachahoud' la menm jan li chita ant 2 pwostènasyon yo, Li mete men dwat li sou kwis dwat li, epi li mete men gòch li sou kwis gòch li, Li mete gwo pous men dwat li sou dwèt mitan li, nan fòm yon bag, Epi li fè siy ak dwèt endèks li, e li gade li, Epi li di tou:
«التَّحِيَّاتُ لِلَّهِ وَالصَّلَوَاتُ وَالطَّيِّبَاتُ، السَّلَامُ عَلَيْكَ أَيُّهَا النَّبِيُّ وَرَحْمَةُ اللَّهِ وَبَرَكَاتُهُ، السَّلَامُ عَلَيْنَا وَعَلَى عِبَادِ اللَّهِ الصَّالِحِينَ، أَشْهَدُ أَنْ لَا إِلٰهَ إِلَّا اللَّهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، وَأَشْهَدُ أَنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسُولُهُ».
Tout salitasyon se pou Allah, ak lapriyè yo, ak tout bon bagay yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo. Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo. Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, Li menm sèl, san okenn asosye, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li. E li te konn fè pozisyon sa a (chita a) tou kout.
16- Apre sa, li leve kanpe pandan lap di 'Allahu Akbar', li fè twazyèm ak katriyèm Raka yo, epi li fè yo pi kout pase 2 premye yo. Epi li li chapit ki ouvri liv la (Al-Fatiha) nan yo 2 a.
17. Apre sa, pou 'Tachahoud' final la, li chita nan pozisyon 'Tawarrouk', Tawallouk se lè yon moun lonje pye gòch li anba pye dwat li epi li fè l soti sou bò dwat la, li kenbe pye dwat li kanpe, epi li moute dèyè l (fès li) dirèkteman sou tè a.
18. Apre sa, li fè dènye 'Tachahoud' la, ki se: menm jan ak premye 'Tachahoud' la, Epi li ajoute tou:
«اللَّهُمَّ صَلِّ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى آلِ مُحَمَّدٍ، كَمَا صَلَّيْتَ عَلَى آلِ إِبْرَاهِيمَ، إِنَّكَ حَمِيدٌ مَجِيدٌ، وَبَارِكْ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى آلِ مُحَمَّدٍ، كَمَا بَارَكْتَ عَلَى آلِ إِبْرَاهِيمَ، إِنَّكَ حَمِيدٌ مَجِيدٌ».
«O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou mèvèye, Epi beni Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou gloriye».
19- Epi li mande Allah pwoteksyon kont pinisyon nan dife Lanfè, kont pinisyon nan tonbo, kont tantasyon lavi a ak lanmò, epi kont tantasyon fo mesye yo rele Mesye-Dajjal la. Epi li sipliye avèk siplikasyon ki rapòte nan Liv la ak nan Sounnah la.
20- Apre sa, li bay 'Salam' (salitasyon) sou bò dwat li, epi li di:
«السَّلاَمُ عَلَيْكُمْ وَرَحْمَةُ اللَّهِ».
"Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou," Epi sou bò gòch li konsa tou; Li kòmanse bay 'Salam' la pandan li fas a 'Kibla' a, epi li fini l lè li fin vire nèt.
Wityèmman: Sa ki repwobab nan lapriyè a:
1- Vire tèt san nesesite.
2. Leve zye li nan syèl la.
3. Fèmen zye yo san nesesite.
4. Lonje bra yo atè plat pandan 'Soudjoud' la.
5. Kouvri bouch la ak nen an san yon nesesite.
6- Fè lapriyè pandan yon moun ap kenbe anvi pipi oswa poupou, oswa lè gen yon manje li anvi ki sèvi devanl
7. Li siye fwon li ak nen li pou l retire sa ki te kole sou yo akoz pwostènasyon (Soudjoud) la, e pa gen pwoblèm pou li fè sa apre li fin fè lapriyè a.
8. Li apiye sou yon miray ak sa ki sanble avè li pandan li kanpe, san pa gen nesesite.
9. Sa ki anile lapriyè a:
1- Manje ak bwè.
2- Se pale sa ki pa fè pati de li.
3- Ri ak gagari.
4- Fè espre kite youn nan pilye li yo oswa youn nan obligasyon li yo.
5. Ajoute yon 'Roukn' (yon pilye nan lapriyè a) oswa yon 'Raka'a' (yon inite lapriyè) volontèman.
6- Fè espre di 'Salam' nan anvan Imam nan.
7. Anpil mouvman youn dèyè lòt ki pa fè pati de lapriyè a, san nesesite.
8- Fè yon bagay ki kontredi youn nan kondisyon lapriyè a; tankou pèdi ablisyon an, dekouvri espre pati nan kò a ki dwe rete kouvri, vire kò a anpil soti nan direksyon Kibla a san yon rezon valab, epi koupe entansyon an.
10- Soudjoud As-Sahw (pwostènasyon pou erè):
Saho (Oubli): Se lè yon moun bliye. Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah sou li) te konn bliye nan lapriyè tou, paske oubli se yon bagay ki fè pati nati moun. Epi erè li te konn fè pa inatansyon an se te pou konplete favè Allah sou Kominote li a epi pou pèfeksyone relijyon yo, pou yo te ka pran li kòm egzanp nan sa li tabli kòm lwa pou yo lè yo menm yo bliye.
Rezon ki rann Soudjoud as-Sahw lejitim:
1- Premye ka a:
Ogmantasyon an nan lapriyè a, e li se swa yon ogmantasyon nan aksyon, oubyen yon ogmantasyon nan pawòl:
a- Ajoute yon aksyon anplis: Si se yon aksyon ki fè pati de lapriyè a menm li ajoute anplis: tankou kanpe kote li te dwe chita, oswa chita kote li te dwe kanpe, oswa li ajoute yon 'Ruku' oswa yon 'Soudjoud' anplis, si li fè sa paske li bliye; nan ka sa a, li dwe fè pwostènasyon pou bliye a.
b- Ajoute pawòl: tankou fè lekti nan 'Ruku' a (lè yon moun panche) ak nan 'Soudjoud' la (lè yon moun mete fwon li atè),
Lè li fin fè sa, li rekòmande pou li fè 'Soudjoud' pou neglijans la.
2- Dezyèm Ka a:
Mankman nan lapriyè a pa bliye, li fèt nan youn nan 2 fason:
a- Kite yon pilye (Roukn): Si pilye sa a se 'Takbirat al-Iram' la, lapriyè li a pa valab, epi pwostènasyon pou bliye a ('Soudjoud as-Sahw') pa ka ranplase li. Si se yon poto li te bliye ki pa Takbir kòmansman an, tankou yon Roukou oswa yon Soujoud, epi li vin sonje sa anvan li kòmanse li nan yon lòt raka; li dwe tounen obligatwarman pou li fè poto sa a ansanm ak tout sa ki vin apre l.
Si li vin sonje sa apre li fin kòmanse li nan yon lòt raka, raka kote li te bliye poto a vin pa bon (anile), epi rakya ki vin apre a ap pran plas rakya sa a.
b- Pa fè yon bagay ki obligatwa: tankou: bliye premye Tachahoud la, oswa Tasbih la nan koube a (Roukou). Nan ka sa a: li fè pwostènasyon pou erè (Soudjoud As-Sahw).
3- Twazyèm ka a: Dout:
Egzanp: Si yon moun gen dout si li priye 3 oswa 4 rak'ah nan lapriyè Dhuhr la, nan ka sa a:
a- Si gen yon bagay ki parèt pi solid pou li, li metel an pratik, epi li fè pwostènasyon pou erè a.
b- Nan ka kote li pa jwenn sa ki pi sèten an; li dwe baze sou sa li sèten an, epi li dwe fè 'Sujud as-Sahw' la.
Men, si dout la vini apre lapriyè a, oswa si se yon moun ki gen anpil dout; li pa dwe bay dout sa a enpòtans.
Pwen enpòtan: Pwostènasyon pou erè fèt anvan 'Salam' la: si se poutèt yon bagay ki manke, oswa si se poutèt yon dout kote moun nan pa ka detèmine sa ki pi sèten. Epi li fèt apre Salām nan: si se te pou yon bagay ki te ajoute, oswa pou yon dout kote li te aji selon sa ki te parèt pi kòrèk la, Epi nan zafè sa a, gen anpil lajès, si Allah, Granmèt la, vle.
Onzyèmman: Lè li entèdi pou moun fè lapriyè.
Prensip debaz la se ke lapriyè pèmèt nan tout tan, Men, Lejislasyon Islamik la vini pou entèdi lapriyè nan sèten lè, e men yo:
1. Depi apre priyè douvanjou a, jiskaske solèy la leve epi li monte wotè yon lans anlè tè a, dapre jan zye a wè l.
2- Lè solèy la rive nan mitan syèl la jiskaske li kòmanse panche, e sa se moman entèdiksyon ki pi kout la.
3. Soti nan lapriyè Asr jiskaske solèy la kouche, e se pi long nan moman ki entèdi yo.
Lapriyè yo ki pèmèt pou fè pandan lè entèdi yo:
1- Akite obligasyon ki te rate yo.
2- Lapriyè ki fèt pou yon rezon espesifik, tankou: Tahiyyat al-Masjid, 2 raka Tawaf la, Salat al-Kusuf, ak Salat al-Janazah.
3. Ratrape Sounnah Fajr la aprè lapriyè Fajr la.
Douzyèm: Lapriyè an gwoup:
Epi li se yon gwo seremoni pami seremoni Islam yo, e li se lapriyè an gwoup nan Moske yo, Mizilman yo dakò ant yo ke akonpli 5 priyè yo nan moske yo se pami zèv obeyisans ki pi konfime yo ak pi gwo zèv adorasyon yo, dayè menm, se yo ki pi gwo seremoni Islam nan.
1- Règleman sou lapriyè an gwoup:
Lapriyè an gwoup se yon obligasyon pou gason ki kapab yo, nan Moske a pou 5 priyè yo, Kit se lakay, kit se nan vwayaj, Nan ka sekirite ak nan ka lakrentif, kòm yon obligasyon endividyèl.
E sa ki bay prèv pou obligasyon lapriyè an gwoup la se: Liv la ak Sounnah la, epi pratik Mizilman yo jenerasyon apre jenerasyon, youn apre lòt.
Epi, pou sa ki soti nan Liv la: pawòl senyè toupwisan an, Sila a ki egzalte a:
﴿وَإِذَا كُنتَ فِيهِمۡ فَأَقَمۡتَ لَهُمُ ٱلصَّلَوٰةَ فَلۡتَقُمۡ طَآئِفَةٞ مِّنۡهُم مَّعَكَ...﴾
Epi, lè ou pami yo epi ou fè lapriyè a kòrèkteman pou yo, se pou yon gwoup pami yo kanpe avèk ou... [An-Nisa: 102]. Kote vèsè a mete aksan sou obligasyon lapriyè an gwoup la, Paske pa te gen okenn egzanpsyon pou Mizilman yo kitel, menm lè gen lakrentif, Paske si li pa te obligatwa, premye eskiz poul te tonbe a, se tap eskiz lakrentif la. Kite lapriyè an gwoup epi parese pou li se pami karakteristik ipokrit yo ki pi koni.
Epi soti nan Sounah la: gen anpil Hadit, tankou:
Sa ki rapòte nan Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)
أَنَّ رَجُلًا أَعْمَى قَالَ: يَا رَسُولَ اللَّهِ، لَيْسَ لِي قَائِدٌ يَقُودُنِي إِلَى الْمَسْجِدِ، فَسَأَلَهُ أَنْ يُرَخِّصَ لَهُ أَنْ يُصَلِّيَ فِي بَيْتِهِ، فَرَخَّصَ لَهُ، فَلَمَّا وَلَّى دَعَاهُ فَقَالَ: «هَلْ تَسْمَعُ النِّدَاءَ؟» قَالَ: نَعَمْ، قَالَ: «فَأَجِبْ».
Yo rapòte gen yon mesye avèg ki te di: O Mesaje Allah, mwen pa gen yon gid pou mennen mwen nan moske a. Li te mande li pèmisyon pou li priye nan kay li, epi li te bal pèmisyon. Lè misye a vire pou li ale, li relel epi li dil: «Èske ou tande apèl la?» Misye a di: Wi. Li di: «Ebyen, reponn li»33.
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te ba li lòd poul vini nan Moske a pou lapriyè an gwoup epi poul reponn apèl la, malgre li te avèg e ak tout difikilte li te konn rankontre. Konsa, sa a montre obligasyon lapriyè an gwoup la.
2- Sa ki pèmèt yon moun ratrape priyè an gwoup la
Yon moun jwenn lapriyè an gwoup la, lè li jwenn yon rak'ah nan lapriyè a avèk imam nan, Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«مَنْ أَدْرَكَ رَكْعَةً مِنَ الصَّلَاةِ فَقَدْ أَدْرَكَ الصَّلَاةَ».
«Moun ki jwenn yon rak'ah nan lapriyè a, li jwenn lapriyè a»34.
3- Sa ki fè yon moun jwenn 'Raka'a' a:
Se lè yon moun jwenn 'Ruku' a (pozisyon panche a) ke li jwenn 'Rak'ah' la, Lè moun ki vin an reta a jwenn imam la nan pozisyon 'Ruku': li dwe di 'Takbirat al-Iram' la pandan li kanpe, apre sa, li fè 'Ruku' pandan lap di 'Allahu Akbar' yon lòt fwa ankò. E si li limite tèt li a 'Takbirat al-Iram' la pandan li kanpe a, sa sifi pou li kòm 'Takbir' pou 'Ruku' a tou.
4- Eskiz legal yo ki pèmèt yon moun pa fè lapriyè an gwoup:
1- Maladi, lè li rann sa tounen yon gwo difikilte pou yon moun pou lal nan lapriyè Joumou'a ak lapriyè an gwoup (Jama'a).
2- Kenbe pipi oswa poupou; paske sa lakòz yon moun pèdi konsantrasyon nan lapriyè, epitou sa pote domaj pou kò a.
3- Lè manje a la epi moun nan grangou, oswa li anvi manje a anpil, men, li pa dwe pran sa kòm yon abitid oswa yon trik pou li pa ale nan lapriyè an gwoup la.
4- Yon lakrentif ki konfime pou pwòp tèt yon moun, pou byen li yo, oswa pou lòt bagay.
Trèzyèmman: Lapriyè nan moman laperèz
Lapriyè lakrentif la lejifere nan tout konba ki pèmèt, tankou konba kont moun ki pa kwayan yo, rebèl yo, ak kriminèl yo, dapre pawòl Sila a ki Pi Elve a:
﴿...إِنۡ خِفۡتُمۡ أَن يَفۡتِنَكُمُ ٱلَّذِينَ كَفَرُوٓاْ...﴾
...si nou pè pou moun ki pa kwayan yo pa pèsekite nou... [An-Nisa: 101], Epi aplike menm prensip sa a pou rès moun li pèmèt pou konbat yo.
Epi lapriyè lakrentif la preskri anba 2 kondisyon:
1) Fòk se yon lènmi li pèmèt pou konbat.
2) Lè li pè pou yon atak pa fèt sou Mizilman yo pandan lapriyè a.
Deskripsyon fason pou moun fè lapriyè nan moman laperèz
Li gen plizyè kalite, e sa ki pi koni an se jan sa mansyone nan adit Sahl la (se pou allajh satisfè avè l):
أَنَّ طَائِفَةً صَفَّتْ مَعَ النَّبِي ﷺ، وَطَائِفَةً وِجَاهَ العَدُوِّ، فَصَلَّى بِالَّتِي مَعَهُ رَكْعَةً، ثُمَّ ثَبَتَ قَائِمًا، وَأَتَمُّوا لِأَنْفُسِهِمْ، ثُمَّ انْصَرَفُوا، وَصَفُّوا وِجَاهَ العَدُوِّ، وَجَاءَتِ الطَّائِفَةُ الأُخْرَى، فَصَلَّى بِهِمُ الرَّكْعَةَ الَّتِي بَقِيَتْ مِنْ صَلَاتِهِ، ثُمَّ ثَبَتَ جَالِسًا، وَأَتَمُّوا لِأَنْفُسِهِمْ، ثُمَّ سَلَّمَ بِهِمْ.
Yon gwoup te fè ran avèk Pwofèt la, epi yon lòt gwoup te kanpe fas ak ènmi an. Li te priye yon sèl rak'at avèk gwoup ki te avèl la, apre sa, li te rete kanpe pandan yo menm yo te konplete lapriyè a poukont yo. Apre sa, yo te ale pou yo te fè ran fas ak ènmi an, epi lòt gwoup la te vini. Li te priye avèk yo rak'at ki te rete nan lapriyè pal la. Apre sa, li te rete chita pandan yo menm yo te konplete lapriyè a poukont yo, epi finalman li te fè Taslim nan avèk yo35.
Epi nou tire benefis nan lapriyè lakrentif la:
1- Enpòtans Lapriyè nan Islam, ak enpòtans lapriyè an gwoup, paske li pa sispann obligatwa, menm nan sitiyasyon kritik sa yo.
2- Lalwa (Chari'a) a retire tout fado sou kominote sa a, li gen souplès, epi li valab pou tout tan ak tout kote.
3- Lalwa (Chari'a) Islam nan pafè, epi li tabli pou chak sitiyasyon sa ki apwopriye pou li.
14. Lapriyè Vandredi a (Joumaa):
Premyèman: Règ li
Priyè Vandredi a se yon obligasyon pou chak Mizilman gason ki granmoun, ki gen tout bon konprann li, ki rezidan, epi ki pa gen eskiz.
Daprè pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلَّذِينَ ءَامَنُوٓاْ إِذَا نُودِيَ لِلصَّلَوٰةِ مِن يَوۡمِ ٱلۡجُمُعَةِ فَٱسۡعَوۡاْ إِلَىٰ ذِكۡرِ ٱللَّهِ وَذَرُواْ ٱلۡبَيۡعَۚ ذَٰلِكُمۡ خَيۡرٞ لَّكُمۡ إِن كُنتُمۡ تَعۡلَمُونَ 9﴾
O nou menm ki kwè! Lè yo fè apèl pou lapriyè jou Vandredi a, prese ale nan rapèl Allah la epi kite komès la. Sa pi bon pou nou, si nou konnen. [Al-Jumu'ah: 9].
Epi dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«لَيَنْتَهِيَنَّ أَقْوَامٌ عَنْ وَدْعِهِمُ الْجُمُعَاتِ، أَوْ لَيَخْتِمَنَّ اللَّهُ عَلَى قُلُوبِهِمْ، ثُمَّ لَيَكُونُنَّ مِنَ الْغَافِلِينَ».
«Se pou sèten moun sispann abandone lapriyè Vandredi yo, oubyen Allah ap sele kè yo, epi yap vin tounen pami moun ki neglijan yo»36.
Dezyèmman: Kondisyon ki fè lapriyè Vandredi (Joumaa) valab:
a) Lè a: Lè li dwe fèt la se menm jan ak lè lapriyè Dhouhr la. Li pa kòrèk ni anvan lè li, ni apre lèl fin pase.
2) Fòk li fèt an gwoup, epi pi piti kantite pou gwoup la se 3 , sou sa ki kòrèk la, Li pa valab pou yon sèl moun, ni pou 2 moun.
3) Pou moun kap priye yo se moun ki rete etabli nan kay ki bati jan moun abitye bati, Kit se an siman oswa an wòch, oswa an labou, ak lòt materyèl ankò, Sou baz sa a, sa pa valab pou moun ki nan zòn elwaye yo, sa yo ki rete anba tant, ki pa rete yon sèl kote fiks, men pito yo deplase pou yal swiv kote ki gen patiraj pou bèt yo.
4) Li dwe gen 2 diskou (Khoutba) ki fèt anvan li, paske Pwofèt la (ﷺ) te toujou fè sa.
Twazyèm: Poto de khoutba Joumou'a yo:
1- Lwanj pou Allah e 2 temwayaj yo.
2-Lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li).
3- Rekòmandasyon pou gen krentif pou Allah.
4- Lekti yon pati nan Al-Qour'an an.
5- Egzòtasyon.
Katriyèm pwen an: Rekòmandasyon pou 2 prèch Vandredi a:
1- Fè diskou a (Khoutba) sou yon chè (Minbar).
2- Separasyon ant 2 Koutba yo ak yon ti chita tou kout. 3- Fè siplikasyon nan yo 2 a pou Mizilman yo epi pou sila yo ki gen otorite sou yo.
4- Rakousisman yo.
5- Salitasyon Khatib(moun ki pral preche a)la bay moun yo lè lap monte sou Minbar la.
Senkyèmman: Zafè ki rekòmande nan jou Vandredi a:
1- Fè siwak.
2- Mete pafen si yo jwenn.
3- Ale bonè nan lapriyè Joumou'a a.
4. Mache ale nan moske a, epi pa monte.
5. Rete pre Imam nan (moun kap dirije lapriyè a).
6- Siplikasyon.
7- Li Sourat Al-Kahf.
8. Lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li).
Sizyèmman: Sa ki entèdi pou moun ki asiste Joumou'a a:
1- Li entèdi pou pale pandan Imam nan ap fè prèch jou Vandredi a, dapre pawòl Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li):
«إِذَا قُلْتَ لِصَاحِبِكَ يَوْمَ الْجُمُعَةِ: أَنصِتْ، وَالْإِمَامُ يَخْطُبُ، فَقَدْ لَغُوتَ».
«Si yon jou Vandredi ou di kamarad ou: Fè silans, pandan Imam nan ap preche, enben ou pale pou granmesi»37. Vle di: yon ti kantite pawòl san valè, epi pawòl san valè a se peche.
2. Li pa renmen pou yon moun pase sou zepòl lòt moun yo, sof si li se yon Imam, oswa si se pou lale nan yon espas vid li pa ka rive jwenn san li pa fè sa.
Fè jwenn Joumou'a:
Sila a ki kenbe enklinasyon an (Roukou) avèk imam nan nan dezyèm 'Raka' lapriyè Vandredi (Joumaa); li gentan kenbe Joumaa a, epi lap konpletel pou l fè 2 'Raka', Si li pa rive trape Roukou a nan dezyèm Raka a, li rate lapriyè Vandredi a (Joumaa), epi lap konplete li kòm Dhuhr ki gen 4 sik (Raka). Konsa tou, si yon moun rate lapriyè Jumu'ah la akoz dòmi oswa pou yon lòt rezon; se lapriyè Dhuhr poul fè.
Kèzyèmman: Lapriyè moun ki gen rezon valab:
Premyèman: Lapriyè moun ki malad la:
Premyèman: Li obligatwa pou moun ki malad la akite lapriyè a dapre kapasite li, Epi li pa gen dwa retade li apre lèl, toutotan lespril la.
Dezyèmman: Kòman yon moun ki malad dwe priye?:
1. Yon moun ki malad dwe priye kanpe si li kapab kanpe san difikilte oswa san sa pa fè li ditò, epi li dwe fè 'Ruku' ak pwostènasyon (Soudjoud).
2- Si sa ap fè li mal pou li fè 'Ruku' a oswa 'Soudjoud' la, menmsi li kapab kanpe; li fè yon siy pou 'Ruku' a pandan li kanpe, epi li fè yon siy pou 'Soudjoud' la pandan li chita.
3- Si li pa kapab fè lapriyè a kanpe, li fèl chita, Sa ki Sounah se pou li chita an tayè nan plas kote li te dwe kanpe a, epi li fè yon jès pou 'Ruku' a. Li dwe fè pwostènasyon (Soudjoud) sou tè a si sa fasil pou li. Sinon, li dwe fè yon jès pou 'Soudjoud' la, epi jès sa a dwe pi ba pase sa 'Ruku' a.
4- Si li pa kapab priye chita; li priye sou kote li, ak figi li nan direksyon 'Qiblah' la. Epi bò dwat la pi bon si sa fasil, epi li fè siy pou 'Ruku' a ak 'Soudjoud' la.
5- Men si li pa kapab fè lapriyè a sou kotel; se poul fè li kouche sou dol , ak pye li yo vire bò kote 'Kibla' a, epi lap fè siy poul fè enklinasyon an (Ruku') ak pwostènasyon an (Soudjoud).
Si sa pa fasil pou li fè siy ak kò li nan 'Ruku' ak 'Soudjoud', li dwe fè siy ak tèt li. Men, si sa difisil pou li, li pa oblije fè siy yo ankò, epi li dwe fè tout mouvman lapriyè yo nan kè li. Konsa, li mete entansyon pou li fè mouvman lapriyè yo tankou 'Ruku', 'Soudjoud', ak pozisyon chita a pandan li rete jan li ye a, epi li di tout pawòl espesyal ki pou di yo.
7. Moun ki malad la dwe fè sa li kapab nan kondisyon lapriyè yo, tankou: vire fas bò kote Kibla a, fè ablousyon (Woudou) ak dlo, oswa fè 'Tayammoum' si li pa kapab, epi retire tout salte sou li. Epi si li pa kapab fè youn nan bagay sa yo, kondisyon sa a anile pou li, epi li priye selon sitiyasyon li. Li pa dwe retade lapriyè a pase lè li.
8- Sounnah la se pou moun ki malad la chita ak janm li kwaze nan plas pozisyon kanpe a ak pozisyon 'Ruku' a, epi nan tout lòt pozisyon yo, li chita sou pye goch li ki kouche atè, pandan pye dwat li drese.
Dezyèmman: lapriyè moun ki an vwayaj:
1- Pami moun ki gen eskiz yo, genyen moun ki an vwayaj la. Li preskri pou li poul rakousi lapriyè ki gen kat raka yo, soti nan kat poul fè 2 raka. Dapre pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿وَإِذَا ضَرَبۡتُمۡ فِي ٱلۡأَرۡضِ فَلَيۡسَ عَلَيۡكُمۡ جُنَاحٌ أَن تَقۡصُرُواْ مِنَ ٱلصَّلَوٰةِ...﴾
Epi, lè nap vwayaje sou latè, pa gen okenn peche sou nou si nou diminye nan lapriyè a...
[An-Nisa: 101].
Epi, dapre Anas ibn Malik, ke Allah satisfè avèk li, li te di:
«خَرَجْنَا مَعَ النَّبِيِّ ﷺ مِنَ الْمَدِينَةِ إِلَى مَكَّةَ، فَكَانَ يُصَلِّي رَكْعَتَيْنِ رَكْعَتَيْنِ، حَتَّى رَجَعْنَا إِلَى الْمَدِينَةِ».
«Nou te soti avèk Pwofèt la soti Medin pou ale Lamèk, li te konn priye 2 raka, 2 raka, jiskaske nou te retounen Medin»38.
Epi rakousi a kòmanse lè vwayajè a sòti nan zòn ki abite nan vil li a; paske Allah te pèmèt rakousi a pou moun ki vwayaje, Epi anvan yon moun soti kite vil li, yo pa konsiderel kòm yon vwayajè, e se paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), se sèlman lè li te gentan pran wout pou vwayaj la li te konn kase lapriyè.
2. Distans ki fè li pèmèt pou yon vwayajè rakousi lapriyè a, se anviwon 80 kilomèt.
3- Pou vwayajè a, li pèmèt poul rakousi lapriyè a nan retou li, jiskaske li antre nan vil kote li te soti a.
4- Si vwayajè a rive nan yon peyi epi li vle rete ladanl li gen 3 ka:
a) Si yon moun gen entansyon pou li rete plis pase 4 jou, li dwe konplete lapriyè a depi premye jou li tabli a, epi li pa gen dwa benefisye pèmisyon espesyal vwayaj yo.
b) Pou li gen entansyon rete 4 jou oswa mwens; li pèmèt pou li rakousi lapriyè a epi benefisye de pèmisyon vwayaj yo.
c) Poul pa gen entansyon rete pou yon peryòd tan detèmine, men pito li ka rete yon jou oswa 10 jou selon si kote a konvnab pou li, oswa si li gen yon objektif tankou pou ml chèche tretman oswa poul fè yon swivi, epi kou objektif li a fini, li retounen nan peyil; Ebyen, moun sa a gen dwa pou li fè Qasr (rakousi lapriyè yo) epi pou li pran fasilite vwayaj yo, jiskaske li retounen, menm si dire li ap rete a depase 4 jou.
5- Si yon vwayajè priye dèyè yon imam ki rezidan; li obligatwa pou li konplete lapriyè a, menm si li te jwenn li sèlman nan dènye Tachahoud la.
6. Si moun ki lakay li a priye dèyè yon moun ki nan vwayaj kap diminye lapriyè a; se yon obligasyon pou li konplete lapriyè pal la apre imam nan fin bay 'Salam'.
Sèzyèm: Lapriyè 2 Fèt yo (Eid):
Fèt Mizilman yo se fèt ki soti nan men Allah, se Allah ki gen tout pouvwa a ki etabli yo pou yo, epi se pa yo menm ki envante yo pou tèt pa yo. Epi yo pa genyen sof 2 fèt: Eid al-Fitr, ak Eid al-Adha. Kontrèman ak fèt moun ki pa kwayan yo oswa fèt ki se inovasyon yo; se pa Allah, Trèwo a, ki te etabli yo ni ki te kòmande yo, men pito se moun yo menm ki te etabli yo soti nan pwòp tèt yo.
Règ sou lapriyè 2 Fèt yo (Eid):
Se yon obligasyon kolektif, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te toujou pratikel, epi Chèf (Khalif) ki te byen gide yo, (se pou Allah kontan ak yo tout), te toujou pratikel tou, E li se youn nan mak ak rit aparan relijyon an.
Lè lapriyè 2 Fèt yo (Eid): Lè pou lapriyè Fèt la kòmanse lè solèy la monte rive nan wotè yon lans, sa vle di: apeprè kenz minit apre solèy la fin leve, epi lè li a fini lè solèy la kite mitan syèl la.
Deskripsyon lapriyè 2 Fèt yo (Eid):
1- Nan premye Raka a, li fè 'Takbirat al-Ihram' (Takbir pou kòmanse lapriyè a), apre sa, li li yon 'Doua Al-Istiftah' (priyè pou ouvri lapriyè a), epi li fè sis lòt 'Takbir'. Li leve 2 men li ak chak 'Takbir', epi ant 'Takbir' yo, li fè lwanj pou Allah, li glorifye Li, epi li fè priyè sou Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Apre sa, li fè 'Ta’awwoudh' (li mande Allah pwoteksyon) epi li di 'Bismillah', epi li kòmanse resitasyon an.
Nan dezyèm Raka a, apre li fin di 'Takbir' pou li leve a, li di 'Allahu Akbar' 5fwa. Apre sa, li mande Allah pwoteksyon (A'ouzou billah) epi li di Bismillah, epi li kòmanse resitasyon an. Li rekòmande pou li li Sourat Al-A'la nan premye Raka a apre Al-Fatiha, epi poul li Sourat Al-Ghashiyah nan dezyèm nan.
3. Lè Imam nan fin bay 'Salam', li monte sou 'Minbar' la, li fè de sèmon ('Khutbah'), epi li chita yon ti moman tou kout ant 2 sèmon yo, menm jan sa fèt nan sèmon Vandredi a ('Khutbat-ul-Joumaa').
Sounah Eid yo:
a- Gousl.
b- Fè pwòpte epi mete bon sant.
j- Manje anvan yon moun soti pou fèt Eid Al-Fitr, epi aprè li soti pou fèt Eid Al-Adha, li manje nan bèt li te sakrifye a, si li te fè sakrifis.
d- Soti a pye.
e- Ale pa yon chemen, epi retounen pa yon lòt chemen.
w- Ale bonè nan kote lapriyè a pou moun kap swiv la, pa pou Imam nan.
At-Takbir (Fè grandè Allah parèt):
Li se yon pratik ki rekòmande (Sounah) pou moun fè Takbir nan 2 nwit fèt Èd yo, pandan dis premye jou nan mwa Dhou al-Hijjah, ak pandan jou Tashriq yo. Epi li gen 2 kalite:
Premye kalite a: Takbir Al-Moutlaq la: se li menm ki pa limite nan yon tan espesifik.
1. Pou fèt Fitr la: soti nan lè solèy la kouche nan nuit fèt la rive lè lapriyè fèt la kòmanse.
2- Pou Ad-ha a: depi lè solèy la kouche nan nwit premye jou mwa Dou l-Hijja a, rive jis lè solèy la kouche nan dènye jou Tachrik yo.
Dezyèm kalite a se Takbir Mouqayad la: li fèt sèlman aprè lapriyè ki obligatwa yo.
1- Pou moun ki pa an pelerinaj: soti nan douvanjou jou Arafat la, rive nan lè Asr dènye jou Tashriq yo.
2- Pou moun ki an Ihram nan: soti nan lapriyè Dhuhr jou Eid la rive nan lapriyè Asr nan dènye jou Tashriq yo.
Disetyèmman: Lapriyè nan moman eklips solèy
Siyifikasyon eklips lalin ak eklips solèy:
Eklips lalin: Se disparisyon limyè lalin nan oswa yon pati ladanl nan nwit la.
Eklips la: se disparisyon limyè solèy la oswa yon pati nan li, pandan jounen an.
Règ sou lapriyè eklips la:
Se yon Sounah ki konfime, sa ki pwouve sa se aksyon Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li), paske li te fè lapriyè sa a lè solèy la te eklipse nan epòk li a (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li). Menm jan kòmandman li a endike li, epi tout savan yo tonbe dakò sou lejitimite li.
Lè li:
Soti nan kòmansman eklips solèy la oswa eklips lalin nan jouk lè li fin klè, sa vle di, lè eklips lalin nan oswa eklips solèy la disparèt.
Deskripsyon li:
Li gen 2 raka, moun nan dwe li fò ladan yo, epi deskripsyon li se konsa:
A- Li di 'Takbirat al-Ihram' la, li fè Istiftah, li fè Isti'aza epi li di Basmala, li li Al-Fatiha, epi apre sa li fè yon lekti ki long.
b- Apre sa, li fè yon 'Ruku' long.
c)- Apre sa, li leve soti nan pozisyon koube a (Roukou), epi li di: 'Sami'a Allahu liman hamidah'. Apre sa, li li Sourat Al-Fatiha, epi li fè yon lekti ki long men ki pi kout pase premye a.
d- Apre sa, li fè yon 'Ruku' ki long, men ki pi kout pase premye 'Ruku' a.
E)- Apre sa, li leve soti nan 'Ruku' a, epi li di: Allah koute sila ki fè lwanj pou li.
F)Apre sa, li fè de pwostènasyon (Soudjoud) ki long.
G)- Apre sa, li leve pou dezyèm 'Raka' a, epi li fè li menm jan ak premye 'Raka' a, men li pi kout pase li
Sounah li yo:
a) Fè apèl la nan di: (Lapriyè a se yon rasanbleman).
b) Pou yo akonplil lan gwoup.
j) Fè lapriyè a dire lontan nan 'Qiyam' li a (pozisyon kanpe a), 'Ruku' li a (pozisyon panche a), ak 'Soudjoud' li a (pozisyon pwostènasyon an).
d) Se pou dezyèm 'Raka' a (dezyèm sik la) pi kout pase premye 'Raka' a.
e) Yon prèch aprè sa, ak ankourajman pou moun fè bon zèv epi pou yo kite move aksyon.
f) Miltipliye dou'a ak siplikasyon, mande padon, epi bay lacharite.
Dizwityèm: Lapriyè 'Al-Istisqa' ( Lapriyè pou mande lapli):
1) Al-Istisqa: se demann pou jwenn dlo nan men Allah ki Egzalte a, pou li fè lapli tonbe lè gen sechrès.
Moman preskri pou Salatoul Istisqa (lapriyè pou mande lapli):
Yo fè lapriyè pou mande lapli a lè tè a vin gen gwo sechrès, lapli sispann tonbe, epi sa pote gwo domaj. Nan ka sa a, sèl solisyon yo genyen se pou yo sipliye Mèt yo a, mande li lapli, epi relel pou mande sekou ak tout kalite siplikasyon.
a. Pafwa, lapriyè a fèt an gwoup, oswa pou kont li.
b- Lòt fwa, se pa mwayen dou'a nan khoutbah jou Vandredi a; Khatib la fè dou'a, epi musulman yo di 'Amîn' pou dou'a li a.
C) Gen lòt fwa, se nan fè dou'a nan nenpòt ki lè, san lapriyè ni sèmon.
Règ la sou 'Salat Al-Istisqa' (lapriyè pou mande lapli):
Yon Sunnah ki konfime lè gen yon rezon pou li, poutèt aksyon Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), menm jan sa parèt nan Adit Abdullah ibn Zayd la — se pou Allah kontan avèk li— li te di:
«خَرَجَ النَّبِيُّ ﷺ إِلَى الْمُصَلَّى، فَاسْتَسْقَى، وَاسْتَقْبَلَ الْقِبْلَةَ، وَقَلَبَ رِدَاءَهُ، وَصَلَّى رَكْعَتَيْنِ».
«Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te soti pou li ale nan Mousalla a, li te priye pou lapli tonbe (Istisqa), li te vire fas li nan direksyon Qibla a, li te vire manto li a lanvè, epi li te priye de rak'at»39.
Fason pou fè lapriyè 'Al-Istisqa' (lapriyè pou mande lapli):
Fòm lapriyè Istisqa a nan andwa li se menm jan ak lapriyè Eid la. Li rekòmande pou yo fè li nan Mousala a tankou lapriyè Fèt la (Eid), epi règ li yo se menm jan ak règ lapriyè Fèt la; nan kantite raka yo, nan lekti ki fèt fò a, nan lefètke li fèt anvan Koutba a (sèmon an), epi nan takbir anplis yo nan premye ak dezyèm raka a anvan lekti a, Jan sa te deja esplike nan lapriyè de Eid yo. Li bay yon sèl Khutbah.
Diznevyèm pwen an se: Règleman sou janaza yo:
Premyèman: Pou moun ki prezan bò kote moun kap mouri a:
1- Li se yon pratik ki rekòmande (Sounah) pou moun ki prezan bò kote yon moun ki nan agoni, poul fè li pwononse: "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah".
2. Se yon Sounnah pou yo vire li fas bò kote Kibla a.
3- Se yon bagay ki rekòmande poul fèmen zyel yo.
4- Epi li rekòmande pou yo kouvri moun ki mouri a avèk yon rad apre lanmò li.
5- Se pou yo prese nan preparasyon li.
6- Epi se yon devwa pou yo fè vit pou peye dèt li yo.
7- Yo dwe benyen moun ki mouri a epi anvlòpel, e 2 bagay sa yo se yon obligasyon kominotè.
Dezyèmman: Règleman lapriyè sou defen an:
Règ li: Se yon obligasyon kolektif (Fard Kifaya).
Kondisyon li yo:
1) Vire fas bò kote Kibla a.
2) Kouvri pati entim yo (Awrah).
3) Evite salte.
4) Pirifikasyon moun kap fè lapriyè a e moun yo priye sou li a.
5) Se pou moun kap fè lapriyè a ak moun yap fè lapriyè a pou li a (mò a) tou 5 se Mizilman.
6) Asiste Janazah la sil nan vil la.
7) Li dwe yon moun ki responsab devan lalwa Allah a (Moukallaf).
Poto li yo (oswa Eleman obligatwa yo).
1) Kanpe ladan l (pou moun ki kapab).
2) 4 Takbir yo (di 'Allahou Akbar' 4 fwa).
3) Li Al-Fatiha.
4) Lapriyè sou Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li).
5) Fè Doua pou moun ki mouri a.
6) swiv Lòd la (At-Tartib).
7) Soumisyon
Sounan li yo:
1. Li leve 2 men li ak chak 'Takbir'.
2) Chache pwoteksyon bò kote Allah (Al-Isti'adha).
3) Fè Doua pou tèt pa li ak pou Mizilman yo.
4- Lekti an vwa ba.
5. Li kanpe pou yon ti moman apre katriyèm 'Takbir' la epi anvan li di 'Taslim' nan.
6. Li mete men dwat li sou men gòch li sou lestonmak li.
7. Li vire sou bò dwat li pandan lap bay 'Salam' la.
Deskripsyon li:
Imam nan ak moun ki ap priye pou kont li a kanpe bò lestonmak gason an ak nan mitan kò fanm nan, li fè takbir pou kòmanse lapriyè a, li chèche pwoteksyon, li pa resite siplikasyon pou kòmanse a, li di 'Bismillah', epi li li Al-Fatiha.
Apre sa, li di 'Allahu Akbar', epi li fè priyè sou Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), apre sa, li di 'Allahu Akbar' ankò, epi li sipliye pou mò a avèk siplikasyon ki rapòte yo; Tankou pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«اللَّهُمَّ اغْفِرْ لِحَيِّنَا وَمَيِّتِنَا، وَصَغِيرِنَا وَكَبِيرِنَا، وَذَكَرِنَا وَأُنثَانَا، وَشَاهِدِنَا وَغَائِبِنَا، اللَّهُمَّ مَنْ أَحْيَيْتَهُ مِنَّا فَأَحْيِهِ عَلَى الإِيمَانِ، وَمَنْ تَوَفَّيْتَهُ مِنَّا فَتَوَفَّهُ عَلَى الإِسْلَامِ، اللَّهُمَّ لَا تَحْرِمْنَا أَجْرَهُ، وَلَا تُضِلَّنَا بَعْدَهُ».
«O Allah! Padone moun ki vivan pami nou yo ak moun ki mouri yo, timoun piti nou yo ak granmoun nou yo, gason nou yo ak fi nou yo, sa ki prezan yo ak sa ki absan yo. O Allah, kèlkeswa moun pami nou Ou bay lavi, fè l viv sou lafwa, e kèlkeswa moun pami nou Ou pran nanm li, fè l mouri sou Islam. O Allah, pa prive nou de rekonpans li, epi pa egare nou aprè li»40.
Epi li di Ankò :
«اللَّهُمَّ اغْفِرْ لَهُ وَارْحَمْهُ، وَعَافِهِ وَاعْفُ عَنْهُ، وَأَكْرِمْ نُزُلَهُ، وَوَسِّعْ مَدْخَلَهُ، وَاغْسِلْهُ بِالْمَاءِ وَالثلْجِ وَالْبَرَدِ، وَنَقِّهِ مِنَ الْخَطَايَا كَمَا نَقَّيْتَ الثَّوْبَ الْأَبْيَضَ مِنَ الدَّنَسِ، وَأَبْدِلْهُ دَارًا خَيْرًا مِنْ دَارِهِ، وَأَهْلًا خَيْرًا مِنْ أَهْلِهِ، وَزَوْجًا خَيْرًا مِنْ زَوْجِهِ، وَأَدْخِلْهُ الْجَنَّةَ، وَأَعِذْهُ مِنْ عَذَابِ الْقَبْرِ، وَمِنْ عَذَابِ النَّارِ».
«O Allah! Padone li epi gen mizèrikòd pou li, pwoteje li epi padone li nèt, onore kote li pral desann nan, elaji kote li pral antre a, lave li ak dlo, ak lanèj, epi ak lagrèl, epi netwaye li de peche li yo menm jan Ou netwaye yon rad blan lè li gen kras sou li. Ranplase pou li kay li a ak youn ki pi bon, fanmi li ak yon fanmi ki pi bon, ak konjwen li ak yon konjwen ki pi bon. Fè li antre nan Paradi a, epi pwoteje li kont pinisyon nan tonbo a, ak kont pinisyon Dife a»41. Apre sa, li di 'Takbir', epi li kanpe yon ti moman, apre sa, li bay yon sèl 'Salam' sou bò dwat li.
Twazyèm pati: Zakat ( Lacharite ki obligatwa).
1- Definisyon Zakat la epi plas li:
Zakat nan langaj la (sou plan lengwistik) vle di: Grandisman ak ogmantasyon.
Zaka, daprè lalwa Islamik: se yon dwa obligatwa sou yon seri byen ki espesifik, pou yon kategori moun ki byen presize.
Epi li se twazyèm pilye Islam nan, Yo mansyone li ansanm ak Lapriyè nan Koran an nan 82 kote, sa ki montre gwo enpòtans li genyen.
Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَأَقِيمُواْ ٱلصَّلَوٰةَ وَءَاتُواْ ٱلزَّكَوٰةَ...﴾
Epi, fè lapriyè a kòrèkteman, bay Zaka a...
[Al-Baqarah: 43].
Epi li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«بُنِيَ الإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلٰهَ إِلَّا اللَّـهُ، وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّـهِ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَحَجِّ الْبَيْتِ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ».
«Lislam bati sou 5 pilye: temwayaj ke pa gen dye sof Allah e ke Mouhammad se Mesaje Allah, akite lapriyè a, bay Zakat la, pelerinaj Lamèk, ak jene Ramadan»42.
Epi tout Mizilman yo tonbe dakò sou obligasyon li, Epi, sou mekreyans moun ki nye ke li se yon obligasyon, Epi konbat moun ki refize peye li
2- Kondisyon pou Zakat la vin obligatwa:
a) Libète: Zaka pa yon obligasyon pou yon esklav; paske li pa gen okenn byen ki pou li, epi sa ki nan menl se byen mèt li. Konsa, se mèt li a ki dwe bay Zaka a.
b) Islam: Li pa obligatwa pou moun ki pa kwè a; paske se yon zak adorasyon ak obeyisans, epi moun ki pa kwè a pa pami moun ki nan adorasyon ak obeyisans.
c)) Posede kantite minimòm nan (Nisab): Pa gen Zaka ki obligatwa sou byen ki pa rive nan kantite minimòm nan, ki se yon valè richès ki fikse.
d) Pwopriyete total: Sèke fòk byen an se pwopriyete moun nan yon fason ki total e ki konplè, konsa pa gen Zaka sou yon byen si pwopriyete li poko fin tabli, tankou dèt ki soti nan yon kontra liberasyon.
Pase yon ane (Houl) sou byen oswa lajan an: Dapre Hadith 'Aisha a (ke Allah kontan avèk li), ki atribiye a Pwofèt la:
«لَا زَكَاةَ فِي مَالٍ حَتَّى يَحُولَ عَلَيْهِ الْحَوْلُ».
«Pa gen Zaka sou yon byen jiskaske yon ane konplè pase sou li»43.
3- Byen kote Zaka obligatwa:
Premyèman: Bèt elvaj (Behimat al-An'am).
Yo se chamo, bèf ak mouton/kabrit, epi Zaka obligatwa sou yo avèk de kondisyon:
1- Se pou yo pran yo pou lèt ak pou ras, pa pou travay.
2- Fòk li se bèt kap manje nan patiraj, Zaka pa obligatwa sou bèt ke mèt yo ap nouri ak manje li te achte pou yo, oubyen ke li te ranmase nan zèb oubyen lòt kote, Epi pa gen Zakat sou bèt ki manje nan patiraj pandan yon pati nan ane a, e non pa pandan tout ane a nèt oswa pifò tan nan ane a.
4- Kantite minimòm yo pou bèt Al-An‘ām:
1- Zaka chamo:
Si kondisyon yo ranpli; sa ou dwe bay la se: yon mouton pou chak 5 chamo, 2 mouton pou 10, 3 mouton pou 15, ak 4 mouton pou 20, Menm jan Sounah la ansanm ak konsansis jeneral la montre sa. Lè sa a, si kantite a rive 25, obligasyon an se yon 'bint makhad', sa vle di: yon chamo femèl ki fin gen Yon ane epi ki antre nan dezyèm ane li. Si yo pa jwenn li, yon 'ibn labun' sifi nan plas li.
Si kantite chamo yo rive trann-sis (36); li obligatwa pou bay yon 'Bint Laboun'. Sa vle di: yon femèl chamo ki gen de (2) ane konplè.
Si yo rive karann-sis (46); li obligatwa pou bay yon 'Hiqqah'. Sa vle di: yon femèl chamo ki gen twa (3) ane konplè.
Lè kantite chamo yo rive swasanteyen (61), sa ou dwe bay la se yon 'Jadza'ah', ki se youn ki fin gen kat (4) lane.
Konsa, si total chamo yo rive 76, sa ou dwe bay ladan l se 2 'Binta Laboun'.
Si kantite chamo yo rive katreven-onz (91); li obligatwa pou bay 2 'Hiqqah
Si kantite chamo yo depase 120 pa yon sèl (sa vle di yo rive 121); li obligatwa pou bay twa (3) 'Bint Laboun'. Apre sa, pou chak karant (40) chamo anplis, ou bay 1 'Bint Laboun', epi pou chak senkant (50) chamo anplis, ou bay 1 Hiqqah'."
2- Zaka bèf:
Zaka obligatwa sou yo si kondisyon yo ranpli, lè yo rive 30: yo dwe bay 1 'Tabi' oubyen 1 'Tabi'ah'; sa vle di yon bèt ki fin gen yon lane, epi ki antre nan dezyèm ane li.
Pa gen anyen pou sa ki pa rive 30
Si yo rive 40 fòk yo bay yon vach «Mousinnah», sa vle di: youn ki gen 2 zan fin akonpli.
Si kantite bèf yo depase 40; yo dwe bay yon 'Tabi' oswa 1 'Tabi'ah' pou chak 30 pami yo, epi 1 'Mousinnah' pou chak 40.
3- Zaka sou mouton ak kabrit:
Lè kantite total mouton ak kabrit yo rive 40 sa yo dwe bay se yon sèl bèt: swa yon jenn mouton, oswa yon femèl kabrit.
Zaka pa obligatwa sou mouton si kantite a mwens pase 40. Si kantite mouton ak kabrit yo rive san venn-en (121); li obligatwa pou bay de (2) mouton (oswa kabrit) Lè li rive nan 201; 3 mouton vin obligatwa.
Apre sa, obligasyon an vin fiks: yon mouton obligatwa pou chak san (100) mouton. Konsa, pou katsan (400) mouton, se kat (4) mouton, epi se konsa sa kontinye.
Dezyèmman: Zaka sak soti nan tè a:
Sak soti nan tè a gen 2 kalite:
1) Grenn ak fwi.
2) Mineral yo.
Premye Kalite a: grenn ak fwi:
Zaka obligatwa sou grenn; tankou: ble, lòj ak diri. Epi nan fwi yo; tankou: dat ak rezen sèk, Epi li pa obligatwa sou lòt kalite plant; tankou legim fèy ak legim (vèt).
Kondisyon ki rann Zaka obligatwa sou grenn ak fwi:
1) Fòk se yon byen yo ka estoke: Pa gen Zaka sou bagay ki gate fasil tankou fwi ak legim.
2) Fòk se yon pwodui yo mezire pa volim: kidonk, pa gen Zakat sou sa yo vann pa pyès oswa pa pwa; tankou mèlon, zonyon, grenad, ak lòt menm jan.
3) Fòk li atenn yon Nisab, ki se senk 'Awsouq'; pa gen Zaka sou sa ki mwens pase sa.
4) Fòk kantite minimòm lan se pwopriyete moun nan nan moman Zaka a vin obligatwa.
Konsa, moun ki vin posede yon byen apre lè obligasyon Zaka a te deja pase, li pa gen obligasyon pou li bay Zaka pou li, menm jan si li te achtel oswa yo te fèl kadol apre rekòt la.
Lè Zakat la vin yon obligasyon:
Zaka obligatwa sou grenn ak fwi lè yo kòmanse vin bon, Epi siy ki montre yo kòmanse mi (oswa yo vin bon) se konsa:
a- Pou grenn: Se lè li vin di, li vin fèm epi li solid.
b- Nan fwi pye palmye yo: se lè yo wouji oswa joni.
c- Pou rezen: li dwe mou e dous.
Nisab li:
Pou grenn ak fwi, kantite a se: 5 'Awsouq'. Epi 1 Wasaq se 60 Sa', Kidonk, Nisab la se twasan (300) 'Sa' nan mezi Pwofèt la, epi an kilogram, sa bay: 900 kg apeprè.
Kantite Zaka a ki obligatwa ladan li:
Sa ou dwe bay la se yon dizyèm pou sa ki wouze san depans ni jefò; tankou sa ki wouze ak dlo lapli ak sous dlo.
Ou dwe bay yon demi-dizyèm pou sa ki wouze ak depans ak jefò; tankou sa ki wouze ak dlo yo ponpe soti nan pwi ak rivyè pa mwayen bèt oswa ak machin modèn.
Dezyèm Kalite: Mineral:
Pami kalite sak soti nan tè a genyen: mineral yo, Se sa yo retire nan tè a ki pa menm nati avèk li; tankou lò, ajan, fè, ak pyè presye.
Peryod obligasyon Zakat la:
Si li resevwal epi li vin mèt li; li dwe bay Zaka a imedyatman, piske se pa yon kondisyon pou yon ane fin pase sou li, Nisab (kantite minimòm) li a se menm ak sa pou lò ak ajan an, epi yo dwe bay yon 1/4 nan yon dizyèm (2.5%) nan valè li a kòm Zaka.
Twazyèmman: Zaka sou lajan:
Byen monetè yo se: lò ak ajan epi lajan an papye, e Zaka sou yo obligatwa, Epi prèv la, se pawòl Allah Granmèt la di:
﴿...وَالَّذِينَ يَكْنِزُونَ الذَّهَبَ وَالْفِضَّةَ وَلَا يُنْفِقُونَهَا فِي سَبِيلِ اللَّهِ فَبَشِّرْهُمْ بِعَذَابٍ أَلِيمٍ﴾
Moun sa yo kap ranmase lò ak ajan epi ki pa depanse nan chemen Allah a, anonse yo yon chatiman ki fè mal anpil. [Repantans: 34].
Epi nan Hadith la:
«مَا مِنْ صَاحِبِ ذَهَبٍ وَلَا فِضَّةٍ لَا يُؤَدِّي فِيهَا حَقَّهَا؛ إِلَّا إِذَا كَانَ يَوْمَ الْقِيَامَةِ صُفِّحَتْ لَهُ صَفَائِحُ مِنْ نَارٍ».
«Tout moun ki posede lò oubyen ajan ki pa peye sa li dwe ladanl, nan Jou Jijman an, yap tounen plak dife pou li»44.
Savan yo fè konsansis sou obligasyon Zaka a sou lò ak ajan, epi lajan an papye gen menm règleman ak lò ak ajan; paske li ranplase yo nan tranzaksyon monetè.
Kantite minimòm Zaka a sou lò ak ajan, ak kantite yon moun dwe bay ladanl:
Se kantite minimòm (Nisab) lò oswa ajan an; paske li ranplase yo nan sèvi kòm lajan. Donk, si l rive nan kantite minimòm (Nisab) youn nan yo, Zaka a vin obligatwa sou li. E an jeneral, jodi a, yo estime kantite minimòm (Nisab) lajan papye a apati ajan an; paske li pi bon mache pase lò, konsa yon moun atenn kantite minimòm (Nisab) li a anvan pa lò a, Depi yon Mizilman posede sa ki vo 595 gram ajan, epi li fè yon ane konplè nan menl, Zaka a vin obligatwa sou li. Valè yon gram ajan konn chanje detanzantan. Donk, yon moun ki gen yon ti kantite lajan epi li pa konnen si li rive nan kantite minimòm (Nisab) la ou pa, li dwe mande machann ajan yo konbyen yon gram ajan vo, apre sa, li miltipliyel pa (595). Rezilta a se kantite minimòm (Nisab) la.
Nòt: Si yon moun vle akite Zakat sou byen li, li dwe divize Nisab la pa 40 Rezilta a se kantite ki obligatwa a.
Katriyèmman: Zaka sou machandiz yap fè biznis avèl:
Se sa yo mete la pou vann ak achte pou fè pwofi, Machandiz pou fè biznis yo gen ladanl tout kalite byen ki pa lajan; tankou machin, rad, twal, fè, ak bwa, ak tout lòt bagay ankò yo mete la pou fè biznis.
Kondisyon ki rann Zaka obligatwa sou machandiz pou biznis:
1- Se lè li posedel pa mwayen aksyon pal; tankou vann, lwe, ak tout lòt kalite fason pou fè benefis.
2- Pou li posedel avèk entansyon fè komès; sa vle di, poul gen pou objektif fè benefis avèl, paske aksyon yo se daprè entansyon yo, e komès se yon aksyon, donk li obligatwa pou entansyon an akonpanyel menm jan ak tout lòt aksyon yo.
3- Pou valè li rive nan kantite minimòm (Nisab) lò a oswa ajan an.
4- Fòk yon ane fin pase nèt sou li, sa ki se pasaj ane a.
Fason pou akite Zakat sou machandiz yo:
Yo dwe evalye valè machandiz yo lè ane a fin konplete, nan youn nan 2 lajan yo ki se lò oswa ajan, Si, apre yo fin evalye valè yo, yo rive nan kantite minimòm (Nisab) lò oswa ajan an, yo dwe bay yon 1/4 nan yon dizyèm (2.5%) nan valè yo a.
Senkyèmman: Zaka Al-Fitr:
Se lacharite obligatwa a nan fen mwa Ramadàn nan, Yo te enpoze li nan dezyèm lanne Ejira a.
Règ li:
Zaka al-Fitr obligatwa sou chak Mizilman ki genyen, nan jou Eid la ak lannuit li a, manje anplis sa ki sifi pou li ak pou moun ki sou chaj li. Epi li obligatwa pou chak Mizilman; gason oubyen fi, jèn oubyen granmoun, lib oubyen esklav, Dapre Hadith la:
«فَرَضَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ زَكَاةَ الْفِطْرِ عَلَى الْعَبْدِ وَالْحُرِّ، وَالذَّكَرِ وَالْأُنثَى، وَالصَّغِيرِ وَالْكَبِيرِ، مِنَ الْمُسْلِمِينَ».
«Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te fè Zaka al-Fitr tounen yon obligasyon sou esklav ak moun lib, gason ak fi, timoun ak granmoun, nan mitan Mizilman yo»45. Epi Faraḍa gen pou siyifikasyon: enpoze epi rann obligatwa.
Sajès ki genyen nan etablisman li an:
Ibn Abbas, ke Allah agreye yo tou 2 ,te di:
«فَرَضَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ زَكَاةَ الْفِطْرِ؛ طُهْرَةً لِلصَّائِمِ مِنَ اللَّغْوِ وَالرَّفَثِ، وَطُعْمَةً لِلْمَسَاكِينِ».
«Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te rann Zakat al-Fitr obligatwa; pou pirifye moun kap fè jèn nan kont pawòl initil ak pawòl obsèn, epi kòm yon manje pou moun ki pòv yo»46.
Moman obligasyon li epi pou peye li:
Zakat al-Fitr obligatwa lè solèy la kouche nan nuit Eid la. Li rekòmande pou yon moun bay li jou Eid la, anvan li ale nan lapriyè Eid la. Epi pa gen dwa kite li pou apre priyè Eid la, Si li ta bay li apre priyè Eid la, se yon devwa pou li bay li kòm yon dèt, epi li fè peche poutèt li te retadel apre lè ki te fikse a.
Li pèmèt tou pou bay li youn ou 2 jou anvan fèt la.
Kantite li, epi nan ki byen yo pranl:
Yon 'Sa' nan manje moun nan peyi a abitye manje; tankou diri, dat, ble, oswa lòt manje konsa. Mezi yon 'Sa' se: apeprè 3 kilogram. Li pa pèmèt pou yon moun bay lajan nan plas sa li dwe bay la; paske sa kontrè ak lòd Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li).
Akite Zaka a ak moun ki merite resevwa l yo:
Lè pou bay li:
Li obligatwa pou peye Zaka a imedyatman, lè moman obligasyon li an rive, Epi li pa pèmèt pou retadel, sòf si se an ka de nesesite; tankou lè byen an nan yon peyi ki lwen li, epi li pa jwenn yon moun poul bay responsablite a.
Andwa distribisyon li:
Sa ki pi bon se peye Zaka a nan peyi kote byen an ye a, Yo pèmèt transfè li soti nan peyi kote byen an ye a pou ale nan yon lòt peyi nan ka sa yo:
a- Si nan lokalite a pa gen moun ki nan bezwen Zaka a.
B- Si genyen yon fanmi ki nan nesesite nan lòt peyi a.
C- Lè gen yon rezon valab daprè lalwa Islamik la ki jistifye transfè a, tankou: transfere li nan zòn kote Mizilman yo viktim grangou ak inondasyon.
Zaka a obligatwa sou byen timoun nan ak moun ki pa gen tout kapasite mantal la, poutèt karaktè jeneral prèv yo, epi responsab ki sou byen yo a gen obligasyon poul peyel pou yo. Li pa pèmèt pou bay Zaka a san entansyon, dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«إِنَّمَا الْأَعْمَالُ بِالنِّيَّاتِ».
"Zèv yo vo sèlman daprè entansyon yo"47.
Moun ki gen dwa resevwa Zaka a:
Kalite moun ki gen dwa resevwa Zaka a se 8 :
Premye kategori a: Moun ki pòv yo:
Epi yo se moun ki pa jwenn sa ki sifi pou bezwen fondamantal yo nan lojman, manje, ak rad, Kantite yo ba yo nan Zaka a se sa ki pou sifi yo ak moun ki sou responsablite yo pandan yon ane.
Dezyèm: Se moun ki nan bezwen yo:
Se moun ki jwenn pifò nan sa yo bezwen, men yo pa jwenn tout nèt. Pa egzanp: yon moun ki gen yon salè, men li pa sifi pou li pandan tout ane a.
Kantite yo dwe resevwa nan Zaka a se sa ki kouvri tout bezwen yo ansanm ak bezwen moun ki sou responsablite yo, pou yon ane.
Twazyèm Kategori a: Moun ki travay nan administrasyon li yo
Yo se moun ke otorite responsab la nome pou ranmase Zaka a, oswa sila yo ki pran responsabilite pou konsève li oswa pou fè li rive jwenn moun ki nan bezwen yo.
Kantite yo ba yo nan Zaka a: se valè salè yo pou travay la, toutotan yo pa gen yon pèman oswa yon salè ki soti nan Leta.
Katriyèm kategori a: Moun pou rekonsilye kè yo:
Yo se tout moun ki, lè yo resevwa yon bagay, se avèk lespwa ke: yo aksepte Islam, oswa lafwa yo vin pi fò, oswa yo sispann fè Mizilman yo mal.
Kantite Zakât pou ba yo: se kantite ki nesesè pou rekonsilye kè yo.
Senkyèm kategori a: Se pou moun ki nan esklavaj.
Epi sa ki vize pa sa, se: afanchi esklav yo ak sila yo ki anba kontra pou rachte tèt yo.
Epi Al-moukatab la: se yon esklav ki achte tèt li nan men mèt li, Sa gen ladanl tou: rachte prizonye Mizilman yo nan lagè yo.
Sizyèm kategori a: Se moun ki dwe (moun ki gen dèt), epi gen de kalite ladan yo.
Premye a: moun ki gen yon dèt pou yon nesesite pèsonèl li, epi li pa jwenn mwayen poul peye dèt li a, Epi yo ba li sa ki sifi poul peye dèt li.
Dezyèm: Moun ki dwe poutèt li tap rekonsilye moun, Yap ba li sa ki nesesè poul peye dèt li, menm si li se yon moun rich.
Setyèm kategori a: Nan chemen Allah:
Se yo menm ki fè jefò nan chemen Allah.
Kantite Zaka yo dwe resevwa a se: sa ki sifi yo pou Jihâd nan chemen Allah; tankou mwayen transpò, zam, manje, ak lòt bagay ankò.
Wityèm kategori a: Moun k ap vwayaje ki bloke nan wout (Ibnul Sabil).
Li se vwayajè a ki lajanl fini, oubyen yo vòlèl nan menl, epi li pa rete ak lajan ki pou mennen li rive nan peyi l.
Kantite yo ba li nan Zaka a: se kantite ki sifi poul rive nan peyi li, menm si li ta yon moun ki rich ladanl.
Katriyèm sijè a: Jèn nan:
Jèn nan se:
Se adore Allah nan kite tout bagay ki ka kase jèn nan, depi lè douvanjou a parèt jiska lè solèy la kouche.
E li se youn nan pilye Islam yo, Epi se youn nan obligasyon Allah Toupisan an, Se yon konesans ki nesesè nan relijyon an. E Liv Allah la, Sounah la, ak konsansis Mizilman yo pwouve obligasyon li.
Men sa senyè toupwisan di:
﴿شَهۡرُ رَمَضَانَ ٱلَّذِيٓ أُنزِلَ فِيهِ ٱلۡقُرۡءَانُ هُدٗى لِّلنَّاسِ وَبَيِّنَٰتٖ مِّنَ ٱلۡهُدَىٰ وَٱلۡفُرۡقَانِۚ فَمَن شَهِدَ مِنكُمُ ٱلشَّهۡرَ فَلۡيَصُمۡهُ...﴾
Mwa Ramadan an, se mwa kote yo te fè Koran an desann kòm yon gid pou tout moun, ak prèv klè sou bon chemen an, epi (kòm) sa ki fè diferans (ant sa ki byen ak sa ki mal). Konsa, nenpòt moun pami nou ki prezan pandan mwa a, se pou li jene [Al-Baqarah:185].
Kondisyon pou obligasyon jèn Ramadàn nan:
1- Islam, kidonk li pa valab soti nan yon moun ki pa kwayan.
2- Rive nan laj, sa pa obligatwa pou timoun, Jèn yon timoun ki gen laj rezon valab, epi pou li se yon aksyon siplemantè.
3- Lespri a: jèn nan se pa yon devwa pou yon moun ki pa gen lespri, epi jèn li a pa valab; paske li pa gen entansyon.
4- Gen kapasite pou li, Pa gen obligasyon pou yon moun ki malad ki pa gen kapasite pou sa, ni pou moun ki nan vwayaj la, Yap ranplasel lè eskiz la sispann: maladi a ak vwayaj la. Epi kòm kondisyon pou li valab pou yon fi se: pou san règ la ak san apre akouchman an kanpe.
Rive mwa Ramadan an vin sèten pa youn nan 2 fason, men yo:
a- Wè kwasan lalin mwa Ramadan an, Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«صُومُوا لِرُؤْيَتِهِ، وَأفْطِرُوا لِرُؤْيَتِهِ».
Kòmanse jene lè nou wè li, epi sispann jene lè nou wè li48.
b- Konplete mwa Chaabàn nan poul fè trant jou; sa fèt si yo pa wè kwasan lalin Ramadan an, oswa si gen nyaj, pousyè, oswa lòt bagay konsa ki anpeche yo wè li, dapre pawòl Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li):
«فَإِنْ غُمَّ عَلَيْكُمْ؛ فَأَكْمِلُوا عِدَّةَ شَعْبَانَ ثَلَاثِينَ يَوْمًا».
«Men, si nyaj bare nou; se pou nou konplete mwa Chaabane lan a trant jou»49.
Entansyon an pou jèn nan:
Jèn nan, menm jan ak lòt zak adorasyon yo, pa kòrèk san yon entansyon, Moman kote li obligatwa pou mete entansyon an pou jèn ki se yon devwa a, li diferan ak pou lòt yo, epi eksplikasyon pou sa se jan sa swiv la:
Premyèman: Jèn ki se yon devwa a; tankou jèn Ramadàn, oswa pou ranplase, oswa yon ve, se yon devwa pou moun fè entansyon an nan lannwit, anvan douvanjou, Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«مَن لَمْ يُبَيِّتْ الصِّيَامَ مِنَ اللَّيْلِ فَلَا صِيَامَ لَهُ».
«Moun ki pa fè entansyon depi lannwit pou li jene, pa gen jèn pou li»50.
Dezyèmman: Jèn volontè, epi li kòrèk pou yon moun mete entansyon li depi nan lajounen, Ak kondisyon li pa te gentan pran anyen ki pou gate jèn nan apre douvanjou fin parèt.
Bagay ki gate jèn nan:
Premye a: Relasyon seksyèl: Depi li fè relasyon seksyèl, jèn li an anile, epi se yon devwa pou li poul ranplase jou sa a li te fè relasyon an, Epi li gen obligasyon poul fè ekspyasyon an ansanm ak dèt la, ki se: libere yon esklav, Epi si li pa jwenn, se yon devwa poul jene de mwa youn apre lòt, Si li pa kapab akoz yon eskiz relijye ki valab, li dwe bay swasant moun ki pòv manje: pou chak moun ki pòv, se yon demi 'Sa' nan manje moun yo abitye manje nan zòn nan.
Dezyèm lan: Ejakilasyon (sòti espèm): Akòz yon bo, oswa yon manyen, oswa mastibasyon, oswa lè yon moun gade plizyè fwa; nan ka sa a, moun nan dwe remoute jou jèn nan sèlman, san li pa bezwen peye amann (kafarat); paske amann lan fèt sèlman pou relasyon seksyèl konplè." Kanta pou moun kap dòmi an, si li fè yon rèv mouye epi li ejakile, li pa gen okenn peche sou li; paske sa fèt sanl pa vle. Li dwe benyen pou eta enpwòpte a.
Twazyèm pwen an se: Manje ak bwè ak entansyon. Dapre pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿...وَكُلُواْ وَٱشۡرَبُواْ حَتَّىٰ يَتَبَيَّنَ لَكُمُ ٱلۡخَيۡطُ ٱلۡأَبۡيَضُ مِنَ ٱلۡخَيۡطِ ٱلۡأَسۡوَدِ مِنَ ٱلۡفَجۡرِۖ ثُمَّ أَتِمُّواْ ٱلصِّيَامَ إِلَى ٱلَّيۡلِ...﴾
Manje epi bwè jiskaske premye limyè douvanjou a vin parèt klè pou nou nan fènwa lannwit la; apre sa, konplete jèn nan rive jis lannwit... [Al-Baqarah: 187].
Pou moun ki manje oswa bwè paske li bliye; li pa gen anyen sou li; Dapre Adit la:
«مَن نَسِيَ وَهُوَ صَائِمٌ، فَأَكَلَ أَوْ شَرِبَ، فَلْيُتِمَّ صَوْمَهُ، فَإِنَّمَا أَطْعَمَهُ اللَّهُ وَسَقَاهُ».
«Moun ki bliye pandan li ap jene, epi li manje oswa li bwè, se poul konplete jèn li an, paske se Allah ki ba li manje epi ki ba li bwè»51.
Katriyèm lan: Fè tèt ou vonmi esprè. Men, si yon moun vonmi san li pa vle (vomi a pran li pa fòs), sa pa gen okenn efè sou jèn li." Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«مَنْ ذَرَعَهُ الْقَيءُ فَلَيْسَ عَلَيْهِ قَضَاءٌ، وَمَن اسْتَقَاءَ عَمْدًا فَلْيَقْضِ».
«Moun vomisman pranl pa sipriz, li pa gen dèt. Men, moun ki fè espre li vomi, fòk li ranplase jou sa a»52.
Senkyèm lan: Fè san soti nan kò a; kit se pa mwayen 'ijama' (poze vè), oswa pa mwayen 'fasd' (koupe venn), oswa lè yon moun tire san pou li bay pou sove yon maladi; nan tout ka sa yo, jèn nan gate. Kanta pou pran yon tikras san pou fè analiz; sa pa gate jèn nan, Konsa tou, lè san koule sou yon moun san se pa volontel; tankou senyen nan nen, blese, oswa rache yon dan; sa pa gate jèn nan.
Moun yo pèmèt pou yo pa jene nan Ramadan:
Premye pati: Moun ki gen pèmisyon pou yo pa jene, men ki obligatwa pou yo remoute jou yo (fè 'qada'); moun sa yo se:
Premyèman: Malad la ki gen yon maladi ki ka geri, epi jèn nan ap fèl ditò oswa sa ap twò difisil pou li.
Dezyèm: Vwayajè a; keseswa li jwenn difikilte nan vwayaj la oswa li pa jwenn difikilte.
Epi prèv la sou yo 2 a: se pawòl li, Sila a ki Egzalte a:
﴿...وَمَن كَانَ مَرِيضًا أَوۡ عَلَىٰ سَفَرٖ فَعِدَّةٞ مِّنۡ أَيَّامٍ أُخَرَ...﴾
«...Men sila a ki malad, oubyen ki nan vwayaj, se pou li jene menm kantite jou sa a nan kèk lòt jou...» [Al-Baqarah: 185].
Twazyèmman: Fanm ki ansent oswa kap bay tete, si jèn nan se yon chay pou yo, oswa sil ka fè yo menm oswa pitit yo mal, yo nan menm kategori ak moun ki malad, kidonk moun sa yo gen dwa pa jene, Men, yo dwe ranplase jèn nan nan yon lòt lè.
Katriyèmman: Fanm ki gen règ li ak fanm ki gen san apre akouchman, se yon devwa pou yo pa jene, Jèn yo a pa valab, epi yo dwe ranplase li nan lòt jou.
Dezyèm pati: Moun ki gen pèmisyon pou yo pa jene, epi ki dwe peye yon amann (kafarat) san yo pa bezwen remoute jou yo (fè 'qada'); moun sa yo se:
Premye: Moun ki malad ak yon maladi ki pa gen espwa pou li geri.
Dezyèmman: Se moun ki gen gwo laj ki pa kapab jene.
Moun sa yo kase jèn yo, epi pou chak jou nan mwa Ramadan an, yo bay yon moun ki nan nesesite manje, Epi, pou yon granmoun ki rive nan yon pwen kote li pèdi rezon li, li pa gen obligasyon relijye ankò; li sispann fè jèn, epi pa gen anyen sou li.
Moman pou peye dèt la ak règleman sou reta li:
Se yon devwa pou peye jèn Ramadàn nan, nan peryòd ki ant li menm ak pwochen Ramadan an, Sa ki pi bon se prese pou peye dèt la, Li pa pèmèt pou retade ranplasman an jouk apre pwochen Ramadan an. Epi, bò kote Aicha (ke Allah satisfè de li), li te di:
«كَانَ يَكُونُ عَلَيَّ الصَّوْمُ مِنْ رَمَضَانَ، فَمَا أَسْتَطِيعُ أَنْ أَقْضِيَ إِلَّا فِي شَعْبَانَ لِمَكَانِ رَسُولِ اللهِ ﷺ».
«Mwen te konn gen jou jèn poum ranplase nan mwa Ramadan, epi mwen pat kapab ranplase yo eksepte nan mwa Chaabane, poutèt sèvis mwen bò kote Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li)»53.
Pou moun ki retade ranplasman dèt la jiskaprè pwochen Ramadan an, gen 2 ka pou li:
1- Sil ta retadel pou yon eskiz relijyon an aksepte, pa egzanp: si maladi a ta kontinye avèl jiska yon lòt Ramadan, enben, moun sa a gen poul ranplase jou a sèlman.
2- Pou yon moun ki ta retade li san yon eskiz valab nan relijyon an, li fè peche poutèt reta sa a, epi se yon devwa pou li pou li repanti, pou li ranplase sa li te rate a, epitou poul bay yon pòv manje pou chak jou.
Jèn volontè pou moun ki gen dèt:
Sila a ki dwe ranplase kèk jou nan Ramadan; li pi preferab poul prese fè sa anvan li fè jèn volontè, Men, pou yon jèn ki pa obligatwa ki gen yon tan espesifik ki ka pase –tankou jèn jou Arafat ak jou Achoura– se pou moun nan jenel anvan li ranplase sa li te dwe a; paske peryòd tan poul ranplase a laj, tandiske jou Arafat ak jou Achoura a, yo menm, yap pase. Men, li pa dwe jene 6 jou Chawwâl yo sof apre li fin ranplase jou dèt li yo.
Ka kote jèn entèdi:
1- Jèn jou Eid al-Fitr, ak jou Eid al-Adha; paske gen yon entèdiksyon sou sa.
2- Jene nan jou 'Tashriq' yo nan mwa 'Dhu al-Hijjah, Eksepte pou moun kap fè 'Tamattu' ak 'Qiran' nan pèleren an (Haj), si yo pa jwenn yon bèt pou yo ofri an sakrifis (Hadiy) Epi jou 'Tashriq' yo se: onzyèm, douzyèm, ak trèzyèm jou nan mwa 'Dhu al-Hijjah'.
3- Jou dout la poutèt dout la menm, epi li se trantyèm jou nan mwa Cha'bān, Si nwit la gen nyaj oswa pousyè ki anpeche yo wè kwasan lalin nan.
Jèn ki pa rekòmande:
a- Mete mwa Rajab la apa pou jene. b- Fè jèn sèlman nan jou Vandredi, paske sa entèdi, Epi, si li jene yon jou anvan li oswa apre li, karaktè repwochab la disparèt.
Sa ki se Sounah pou jene:
a- 6 jou nan mwa Chawwal. b- Jèn nèf jou nan mwa Zoul Hidja, e sa ki pi konfime pami yo a se jou Arafa a, sòf pou sila a kap fè Hadj la; li pa rekòmande pou li jene, epi jèn jou sa a efase peche 2 ane. C- Jèn 3 jou nan chak mwa, epi sa ki pi bon an se pou yo fèt nan jou blan yo, ki se: trèzyèm, katòzyèm, ak kenzyèm jou a. d- Jèn lendi ak jedi nan chak semèn, paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn jene yo; paske se nan jou sa yo aksyon sèvitè yo prezante.
Jèn volontè:
a- Jèn pwofèt David (Dawoud) - kè poze sou li -: li te konn jene 1 jou epi li manje nan jou ki swiv la.
B- Jèn mwa Allah la, al-Muharram, e se pi bon mwa li rekòmande pou yon moun jene, epi sa ki pi konfime ladanl la se: jèn jou Achoura a, ki se dizyèm jou nan mwa Muharram nan, epi se poul jene nevyèm jou a ansanm avèl; pou pawòl li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li):
«لَئِنْ بَقِيتُ إِلَى قَابِلٍ لَأَصُومَنَّ التَّاسِعَ».
«Si mwen rete vivan jiska ane kap vini an, se sèten map jene nevyèm jou a»54. Epi li efase peche ane ki te anvanl lan.
Senkyèm Seksyon an: Hajj ak Omra
Hadj la nan langaj: Se objektif la. Dapre lalwa Islamik: se ale nan Kay Sakre Allah a ak nan lòt kote sakre yo, nan yon tan ki fikse, pou akonpli yon seri seremoni ki byen presi.
E Omra a: nan langaj se vizit.
Epi dapre lalwa Islamik: Se vizite Kay Sakre a nan nenpòt ki lè, pou akonpli rit espesifik.
Pèlerenaj la se youn nan pilye Islam yo ak youn nan gwo fondasyon li yo, Li te vin obligatwa nan nevyèm ane Ejir la, Epi Pwofèt la, ke lapriyè ak lapè Allah sou li, te fè yon sèl Hadj; e se te (Hadj Adye a).
Epi Hajj la se yon obligasyon yon sèl fwa nan lavi a pou moun ki gen mwayen an, Epi sa ki anplis la, se yon adorasyon ki fèt de bòn volonte. Epi kanta pou Omra a, se yon obligasyon daprè opinyon anpil nan savan yo, Prèv la se pawòl li (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), lè yo te mande l: Èske gen Jihād pou fanm yo? li te di:
«نَعَمْ، عَلَيْهِنَّ جِهَادٌ لَا قِتَالَ فِيهِ: الْحَجُّ وَالْعُمْرَةُ».
"Wi, yo gen yon Djihad ki pa gen konba ladanl: se Hadj (gwo pelerinaj) ak Omra (ti pelerinaj)."55.
Kondisyon pou obligasyon Hajj la ak Omra a:
1- Fòk moun lan se Yon kwayan (mizilman)
2- Nan tout bon sans li (Lajistis / Rezon).
3- Laj granmoun (Pibète).
4- Libète a (se yon esklav ni prizonye)
5- Kapasite (Lè yon moun kapab).
Pou fanm nan, yon sizyèm kondisyon vin ajoute anplis; se prezans yon 'Mahram' ki pou vwayaje avèk li poul ka akonpli li. Paske li pa otorize vwayaje pou Hajj ni pou okenn lòt bagay san yon mahram, Dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«لَا تُسَافِرُ الْمَرْأَةُ إِلَّا مَعَ ذِي مَحْرَمٍ، وَلَا يَدْخُلُ عَلَيْهَا رَجُلٌ إِلَّا وَمَعَهَا مَحْرَمٌ».
«Yon fi pa dwe vwayaje esepte avèk yon mahram, e yon gason pa dwe antre kote li esepte si gen yon mahram ki avè l»56.
Mahram yon fanm se: mari li, oubyen moun li entèdi poul marye avèk li yon fason pèmanan; Pa rapò ak fanmi (san); tankou frè li, papa li, tonton li (frè papa li), neve li (pitit frè li), ak lòt tonton li an (frè manman li). Moun ki 'mahram' yon fanm se: mari li, oswa nenpòt moun li entèdi nèt pou li marye avèk li pou tout tan.
Epi kapasite a: se pouvwa materyèl ak fizik yon moun genyen, kote li gen posiblite pou li jwenn yon mwayen transpò, li ka sipòte vwayaj la, epi li jwenn ase lajan ki ka kouvri depans li pou ale ak pou tounen, Epi tou, li jwenn sa ki sifi pou pitit li yo ak tout moun li gen obligasyon poul depanse pou yo, jiskaske li retounen jwenn yo.
Epi chemen Hajj la dwe an sekirite pou lavi li ak pou byen li.
Epi pou moun ki gen mwayen finansye men ki pa gen kapasite fizik, tankou yon granmoun ki gen anpil laj oubyen yon moun ki gen yon maladi kwonik kote pa gen espwa poul geri; se yon devwa pou li poul deziyen yon moun pou fè Hadj ak Omra pou li.
Pou moun kap ranplase yon lòt nan Hajj ak Omra, gen 2 kondisyon ki egzije:
1- Fòk li se yon moun ki ka akonpli obligasyon Hajj la yon fason ki valab; sa vle di, li dwe yon Mizilman, ki gen laj, epi ki gen bon konprann.
2- Se poul te deja fè Hadj Islam nan pou tèt pa li.
Moman ak kote pou moun antre nan eta Ihram (Mawaqit).
Mawaqit: Se pliryèl mo 'Miqat'. Nan lang (literati), sa vle di: Limit. Nan Lalwa (relijyon), sa vle di: Kote yo fè yon sèvis Allah oswa moman (tan) pou yo fè li.
Hajj la genyen mawaqit pou tan ak pou kote:
a- Moman tanporèl yo: Allah mansyone yo nan pawòl li ki di:
﴿ٱلۡحَجُّ أَشۡهُرٞ مَّعۡلُومَٰتٞۚ فَمَن فَرَضَ فِيهِنَّ ٱلۡحَجَّ...﴾
Hadj la se kèk mwa ki byen koni. Kidonk, nenpòt moun ki deside fè Hadj la nan mwa sa yo...
[Al-Baqarah: 197].
Epi mwa sa yo se: Shawwal, Dhou al-Qa'dah, ak 10 jou nan Dhou al-Hijjah.
B- Mawaqit espasyal yo: Se limit yo ke yon pèleren pa gen dwa depase pou lale Lamèk san 'Ihram'. Epi men ki jan yo ye (men lis la):
1-Dhou al-Houlayfah: Miqat moun Medina yo.
2- Al-Juhfa a: se miqat pou moun peyi Chame(Siri) Ejip, ak Magrib.
3- Qarn al-Manazil: Yo rele l 'Al-Sayl' kounye a; se limit kote moun ki soti 'Najd' yo dwe antre nan eta Ihram.
4. Dhāt 'Irq: se 'Miqat' la pou moun Irak yo.
5- Yalamlam: miqat moun peyi Yemèn.
Kanta pou moun ki rete anndan Mawaqit sa yo, li dwe fè Ihram li pou pèlerenaj la ak Omra a depi nan kay li. Kanta pou moun ki abite Lamèk yo, yo menm, yo antre nan eta sakre (Ihram) yo a depi Lamèk, e yo pa bezwen ale nan pwen limit yo (Mîqât) pou yo fè sa. Kanta pou 'Umrah la; yo sòti pou ale nan pwen Al-Hil ki pi pre a, epi yo antre an Ihram. Pou moun ki gen entansyon fè Hadj la oswa Omra a, fòk li obligatwaman antre nan eta sakre a ('Ihram') nan kote Mesaje a (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li) te deziyen yo, ki se 'Mawaqiyt Mekaniya' yo, jan nou te deja esplike sa anvan. Li pa pèmi pou yon moun ki vle fè Hadj (gwo pelerinaj) oswa Omra (ti pelerinaj) depase limit yo san li pa antre nan eta Ihram.
- Nenpòt moun ki pase nan Mawaqit yo mansyone yo, ki pa youn nan abitan yo; li dwe antre nan eta Ihram apati de yo.
- Moun ki sou wout pou ale Lamèk, e ki pa pase bò youn nan Mawaqit (pwen pou antre an eta sakralizasyon) ki mansyone yo, kit li sou tè, sou lanmè, oswa nan lè; moun sa a dwe antre an eta sakralizasyon (Ihram) lèl rive nan pwen ki anfas Miqat ki pi prèl la. Dapre pawòl Omar ibn Al-Khattab, (Se pou Allah satisfè de li): «Gade ekivalan li nan chemen nou»57.
- Pou moun kap vwayaje nan avyon pou lal fè Hadj oswa Omra, se yon devwa pou li pou li antre nan eta sakre (Ihram), lè avyon an pase nan nivo Mikat ki sou wout li a, Li pa gen dwa ret tann jouk avyon an desann nan ayewopò a poul fè 'Ihram' la.
Al-Ihram:
Se entansyon pou antre nan sèvis adorasyon an; Pou sa ki gen rapò ak Hajj la, li se: entansyon pou antre nan Hajj la, E pou Omra a, se entansyon pou antre nan Omra a. Epi yon moun pa konsidere nan eta 'Ihram' toutotan li pa fè entansyon (niyah) pou li kòmanse sèvis relijye a (pèleren an). Pou sa ki se annik mete rad Ihram yo sou ou san entansyon, sa pa konsidere kòm Ihram.
Sa ki rekòmande nan Ihram la:
1- Lave tout kò a anvan Ihram.
2- Yon gason gen dwa mete pafen sou kò li, men li pa gen dwa metel sou rad 'Ihram' li yo.
3- Li dwe mete 'Ihram' li ak de moso twal blan (yon 'Izâr' ak yon 'Ridâ') ansanm ak 2 sandal.
4- Li dwe antre nan eta 'Ihram' pandan li monte sou monti li (machin li) epi li vire vizaj li bò kote Kibla a (direksyon Lamèk).
Kalite fason pou moun fè pèlerinaj lan (Nusk).
Pèleren an (moun ki nan eta 'Ihram' nan) gen libète pou li chwazi nenpòt nan 3 kalite pèlerinaj li vle a, epi yo se:
1- At-Tamattou; sa vle di yon moun mete tèt li an eta sakre (Ihram) pou li fè yon Omra nan mwa Hadj yo, epi apre li fin konpletel, li mete tèt li an eta sakre (Ihram) ankò poul fè Hadj la nan menm ane a.
2- Al-Ifrad; sa vle di se lè yon moun antre nan eta sakre (Ihram) poul fè Hadj la sèlman apati Al-Miqat, epi li rete nan menm eta sa a jiskaske li akonpli zèv Hadj yo.
3. Al-Qirān; se lè yon moun antre nan eta sakralizasyon (Ihram) pou Hadj ak Omra ansanm, oswa li antre nan eta sakralizasyon (Ihram) pou Omra a, epi answit li ajoute Hadj la sou li anvan li kòmanse Tawaf Omra a. Konsa, li fè entansyon pou Omra ak Hadj depi nan Miqat la, oswa anvan li kòmanse Tawaf Omra a, epi li fè yon sèl Tawaf ak yon sèl Sa'i pou tou le 2.
Moun kap fè Hadj Tamattou' ak moun kap fè Hadj Qiran dwe bay yon Fidya, si yo pa pami moun ki abite nan zòn Masjid Al-Haram.
Meyè nan 3 rit sa yo se: Tamattou; paske Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay konpayon li yo lòd pou sa58. Apre sa, Qirân; paske li se yon Hadj ak yon Omra, apre sa, Ifrâd.
c) Kidonk, lè li fè Iḥrām li pou youn nan rit sa yo; li fè Talbiyah touswit apre Iḥrām li a, epi li di:
«لَبَّيْكَ اللَّهُمَّ لَبَّيْكَ، لَبَّيْكَ لَا شَرِيكَ لَكَ لَبَّيْكَ، إِنَّ الْحَمْدَ وَالنِّعْمَةَ لَكَ وَالْمُلْكَ لَا شَرِيكَ لَكَ».
Men mwen pou Ou, O Allah, men mwen pou Ou. Men mwen pou Ou, Ou pa gen asosye, men mwen pou Ou. Sètènman, se pou Ou tout lwanj, tout benediksyon ak tout pouvwa a ye. Ou pa gen asosye.59
Se yon 'Sounah', e li rekòmande pou moun fèl anpil. Gason an dil ak tout vwa li epi fanm yo dil tou ba.
Lè li: Li kòmanse depi apre 'Ihram' la, epi dènye lè pou li se jan sa swiv la:
Premyèman: Moun ki ap fè Oumra a sispann li anvan li kòmanse 'Tawaf' la.
Dezyèmman: Moun kap fè Hadj la sispann li lè li kòmanse voye wòch nan gwo pilye a (Djamrat al-'Aqabah) jou Eid la.
Entèdiksyon Ihram yo:
Premye entèdiksyon an: Raze, koupe, oswa rache cheve nan nenpòt ki pati nan kò li.
Dezyèm entèdiksyon an: Se koupe zong nan men oswa nan pye san eskiz. Men si yon zong kase epi li retire l, pa gen okenn konpansasyon sou li.
Twazyèm entèdiksyon an: kouvri tèt gason an avèk yon bagay ki touchel dirèkteman, tankou: Taqiyah ak Ghutra.
Katriyèm pwen an se: Pou yon gason mete rad ki koud sou kò li oswa sou yon pati nan kò li; tankou yon chemiz, yon tiban, oswa yon pantalon. Epi, rad ki koud la: se sa ki fèt sou mezi yon pati nan kò a, tankou chosèt an kui, gan, ak chosèt, Kanta pou fanm nan, li mete rad li vle lè li nan eta ‘Ihram’ lan paske li bezwen kouvri kòl men li pa dwe mete ‘Bourqa’ a, epi li dwe kouvri figil ak yon lòt bagay tankou ‘Khimar’ oswa ‘Jilbab’ lè gen gason ki pa nan fanmi pwòch li ki ap pase bò kotel. Epi li pa mete gan sou men li.
Senkyèm entèdiksyon an: Pafen; paske yo mande Pèleren an poul elwaye tèt li de liks, bèl bagay lavi isiba yo ak plezi li yo, epi poul tounen vè lòt lavi a.
Sizyèm entèdiksyon an: Touye bèt sovaj ki sou tè epi chase yo. Moun ki nan eta sakralizasyon an (pèleren an) pa dwe chase bèt sovaj ki sou tè, ni li pa dwe ede nan chas yo, ni li pa dwe egòje yo.
Li entèdi pou Pèleren nan manje nan bèt li te chase, oswa nan bèt yo te chase pou li, oswa nan sa li te ede chase; paske pou li menm, li tankou yon bèt ki mouri.
Kanta pou bèt yo chase nan lanmè; li pa entèdi pou moun ki nan eta sakre a chase yo. Epi, li pa entèdi pou li touye bèt domestik tankou poul ak bèt zannimo yo; paske se pa bèt pou moun chase.
Setyèm bagay ki entèdi a: fè yon kontra maryaj pou tèt li oubyen pou yon lòt moun, oubyen sèvi kòm temwen.
Wityèm entèdiksyon an: Relasyon seksyèl; Moun ki fè relasyon seksyèl anvan premye liberasyon an (at-Tahallul al-Awwal); pèlerinaj li a vin anile, epi li oblije kontinye epi konplete rès rit yo, refè li nan lanne kap vini an, epi sakrifye yon gwo bèt (chamo oswa bèf). Epi si se apre premye liberasyon an sa fèt; rit li a pa gate, epi li dwe fè yon sakrifis.
Epi fanm nan se menm jan ak gason an nan sa, si li konsanti.
Nevyèm entèdiksyon an se kontak fizik entim (san pa gen rapò seksyèl). Pou rezon sa a, yon moun ki nan eta sakre (Ihram) pa gen dwa gen kontak sa a ak yon fanm, paske se yon mwayen ki mennen nan rapò seksyèl ki entèdi a. Sa yo vle di pa 'kontak fizik entim' se: touche yon fanm ak dezi.
Omra la:
a- Règ Omra yo:
1- Ihram nan.
2- Sikonnbilasyon an (Tawaf).
3- Mache ale vini an (Al-Sa'yi).
b- Obligasyon Oumra a:
1- Antre an Ihram nan Miqat ki etabli a.
2- Razaj la oswa rakousisman an.
c- Deskripsyon Omra a:
Premye bagay moun kap fè Oumra a kòmanse fè, se fè 'Tawaf' 7 tou, kote li kòmanse bò Wòch Nwa a epi li fini menm kote a. Epi pandan lap fè tawaf la, li dwe pirifye, e li dwe kouvri awra li sòti nan lonbrit rive nan jenou, Li se Sounnah pou li fè Idtiba' a nan tout Tawaaf la; sa vle di, li dekouvri zepòl dwat li, li mete Rida' a anba li, epi li mete 2 bout Rida' a sou zepòl gòch li. Lè li konplete setyèm tou an; li kite Idtiba a, epi li kouvri 2 zèpòl li yo ak rad anlè li a.
Li vire fas li bò kote Pyè Nwa a, si li kapab bo li, li bo li, sinon, li touchel ak men dwat li si sa fasil pou li, epi li bo men li. E si sa pa fasil pou li poul touche Wòch la, li fè siy nan direksyon li pandan li ap leve men dwat li, epi li di: «Allahu Akbar» yon sèl fwa, li pa bo men li, epi li pa kanpe. Aprèsa, li kontinye Tawaf la pandan li kite Kaaba a sou bò goch li, epi se yon bagay ki rekòmande pou li fè 'ramal' (yon mach rapid) nan 3 premye tou yo. Ar-Raml: Se mache rapid ak pa ki kout.
Epi lè li pase bò 'Rukn al-Yamani' a — ki se katriyèm kwen Kaaba a — si sa fasil pou li, li touche li ak men dwat li san li pa di 'Takbir' epi san li pa bo li. Men, si li pa rive touche li, li pase ale san li pa fè siy nan direksyon li epi san li pa di 'Takbir'. Epi li di tou: ant Kwen Yamani an ak Kwen Nwa a:
﴿...رَبَّنَآ ءَاتِنَا فِي ٱلدُّنۡيَا حَسَنَةٗ وَفِي ٱلۡأٓخِرَةِ حَسَنَةٗ وَقِنَا عَذَابَ ٱلنَّارِ﴾
O Senyè nou, ban nou yon byenfè nan lavi isiba ak yon byenfè nan lavi aprè lanmò, epi pwoteje nou kont pinisyon dife a. [Al-Baqarah: 201].
Lè li fin fè 'Tawaf' la, li fè 2 'Raka' lapriyè dèyè 'Maqam Ibrahim' (ke lapè Allah sou li) si sa fasil pou li; si se pa sa, li fè lapriyè a nan nenpòt ki kote nan 'Masjid al-Haram' (Moske Sakre a). Li se yon pratik ki rekòmande (Sounah) pou moun nan li nan premye Raka a, apre Al-Fatiha, Sourat (Al-Kafiroun), Nan dezyèm 'Raka' a, apre Sourat Al-Fatiha, li li Sourat (Al-Ikhlas), Apre sa, li dirije li bò kote kote moun mache a (Al-Mas'a), epi li fè sèt (7) tou ant mòn Safa ak mòn Marwa; chak ale se yon tou, epi chak retou se yon tou.
Li kòmanse Sa'i a nan Safa, kote li monte sou li, oubyen li kanpe bò kote li. Epi, sa ki pi bon an se pou li monte sou Safa si sa fasil pou li. Epi, nan moman sa a, li resite pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿إِنَّ ٱلصَّفَا وَٱلۡمَرۡوَةَ مِن شَعَآئِرِ ٱللَّهِ...﴾
«An verite, Safa ak Marwa se pami senbòl Allah yo...» [Al-Baqarah:158].
Epi li rekòmande pou li vire bò kote 'Kibla' a, poul fè lwanj pou Allah, poul di 'Allahu Akbar', epi pou l di:
«لَا إِلٰهَ إِلَّا اللَّهُ، وَاللَّهُ أَكْبَرُ، لَا إِلٰهَ إِلَّا اللَّهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَهُ، لَهُ الْمُلْكُ وَلَهُ الْحَمْدُ، يُحْيِي وَيُمِيتُ، وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيْءٍ قَدِيرٌ، لَا إِلٰهَ إِلَّا اللَّهُ وَحْدَهُ، أَنْجَزَ وَعْدَهُ، وَنَصَرَ عَبْدَهُ، وَهَزَمَ الْأَحْزَابَ وَحْدَهُ».
«Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Allah se Pi Gran an. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, Li bay lavi epi Li bay lanmò, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl. Li te akonpli pwomès Li, epi Li te bay sèvitèl la viktwa, epi se Li menm sèl ki te venk fòs kowalisyon yo»60 Apre sa, li fè dou'a ak sa ki fasil pou li pandan lap leve 2 men li, epi li repete Zikr ak dou'a sa a 3 fwa, Apre sa, li desann, epi li mache ale Marwa, jiskaske li rive nan premye mak la, epi gason an kouri jiskaske li rive nan dezyèm mak la, Kanta pou fanm nan, li pa dwe kouri prese ant 2 siy yo paske li se 'awra', men pito sa li dwe fè se mache pandan tout 'Sa'i' a, Apre sa, li mache, epi li monte sou Marwa a oswa li kanpe bò kote li. Li pi bon pou li monte sou li si sa fasil pou li. Sou Marwa a, li di epi li fè menm jan li te di epi li te fè sou Safa a, eksepte pou lekti vèsè a, ki se pawòl Allah, Sila ki Pi Wo a:
﴿إِنَّ ٱلصَّفَا وَٱلۡمَرۡوَةَ مِن شَعَآئِرِ ٱللَّهِ...﴾
«An verite, Safa e Marwa se pami senbòl Allah yo...» Epi, sa se yon pratik ki preskri sèlman lè yon moun ap monte sou Safa nan premye tou a, Apre sa, li desann, li mache nan kote pou li mache a, epi li prese nan kote pou li prese a, jiskaske li rive nan Safa, Li fè sa 7 fwa, ale a se yon fwa pi retounen an se yon fwa Epi li rekòmande pou li miltipliye Dhikr ak dou'a nan sa'i li a, dapre sa ki fasil pou li. Epi fòk li pirifye poul pa gen salte sou li, menmsi li ta aji san pirifikasyon, sa valab pou li, Konsa tou, si apre yon fanm fin fè Tawaf la li ta vin gen règ li oswa san apre akouchman, li fè Sa'i a, e sa valab pou li; paske pirifikasyon se pa yon kondisyon pou Sa'i a, okontrè, se yon bagay ki rekòmande ladanl.
Lè li fin fè Sa'i a byen fèt; li kale tèt li oswa li tayel, epi kale tèt la pi bon pou gason.
E se konsa, li fin konplete tout rit Omra yo.
Hajj la:
a- Pilye Hajj la:
1- Ihram.
2. Kanpe nan Arafat.
3- Tawaf Al-Ifadah.
4Mache ale vini an (Al-Sa'yi).
B- Obligasyon Hajj la yo:
1- Fè Ihram depi nan Miqat la.
2- Rete kanpe nan Arafat nan nevyèm jou mwa 'Dhou al-Hijjah' a, jiska solèy kouche, pou moun ki te la pandan jounen an.
3- Rete pase nuit nan Muzdalifah nan dizyèm nuit mwa Dhul-Hijjah la, jiska mwatye nuit.
4- Pase nuit yo nan Mina pandan jou 'Tashriq' yo.
5- Lapidasyon Jamarat yo.
6. Al-Halq (kale tèt la nèt) oswa At-Taqsir (koupe cheve a kout).
7- Tawaf Al-Wada'.
c- Deskripsyon Hajj la:
Pou yon Mizilman deklare entansyon li poul fè Hadj (gwo pelerinaj) la sèlman lè li rive nan Miqat la, si tan an kout. Lè li rive Lamèk, li fè Tawaf ak Sa'y, epi li rete nan eta sakre li (Ihram) jiskaske li ale nan Arafat nan jou Arafat la, ki se nevyèm jou a, epi li rete la jiskaske solèy la kouche.
Apre sa, li kite la pandan lap resite Talbiyah a poul ale nan Muzdalifah, epi li rete la jiskaske li fin fè lapriyè Fajr la. Apre sa, li rete la ap fè souvni Allah, ap resite Talbiyah a, epi ap fè siplikasyon jiskaske jou a vin byen klè,
Kou jou kòmanse klere, li ale Mina anvan solèy la leve, epi li lapide 'Jamrat al-Aqaba' a ak 7 ti wòch. Apre sa, li fè 'Halq' (li raze tèt li) oubyen li fè 'Taqsir' (li koupe chevel pi kout), epi se 'Halq' la ki pi bon.
Apre sa, li fè 'Tawaf al-Ifadah' (vire won nan Kaaba a), epi premye 'Sa'yi' (mache ale vini an) li te fè a ase pou li. Konsa, pèleren (Haj) li a fini nèt, epi li jwenn liberasyon total li.
Li rete pou li fè jete ti wòch yo (Ramy al-Jamarat) nan onzyèm ak douzyèm jou a, si li prese pou li fini; li voye wòch sou twa 'Jamarat' yo, 7 ti wòch pou chak 'Jamra', pandan li ap di 'Allahu Akbar' pou chak ti wòch. Li kòmanse ak sa ki pi piti a (as-Soughra) ki toupre moske al-Khayf la, apre sa sa ki nan mitan an (al-Wousta), epi 'Jamrat al-Aqaba' ki se dènye a. Li voye sti wòch sou chak 'Jamra'. Men si li vle rete apre douzyèm jou a, li dwe voye wòch yo nan trèzyèm jou a menm jan li te voye yo nan douzyèm jou a ak onzyèm jou a.
Epi tan pou voye ròch yo (Al-Ramyi) se: apre solèy la fin pase nan mitan syèl la (Al-Zawal) nan 3 jou sa yo.
E si li pati nan douzyèm jou a anvan solèy kouche, pa gen okenn mal nan sa; e si li rete jiskaske li fin voye wòch yo nan trèzyèm jou a apre Zawal, sa a pi bon, Paske senyè toupwisan an di:
﴿...فَمَن تَعَجَّلَ فِي يَوۡمَيۡنِ فَلَآ إِثۡمَ عَلَيۡهِ وَمَن تَأَخَّرَ فَلَآ إِثۡمَ عَلَيۡهِۖ لِمَنِ ٱتَّقَىٰ...﴾
Konsa, moun ki prese (pou li ale) nan 2 jou, pa gen peche sou li, epi moun ki retade, pa gen peche sou li non plis; sa se pou moun ki gen krentif la.
[Al-Baqarah: 203].
Epi si li gen entansyon vwayaje; li fè Tawaf orevwa a, 7 tou, san Sa'i.
Epi sa ki pi bon an, si yon moun pa gen bèt pou sakrifis avèl: se poul mete entansyon pou yon Omra 'Tamattu', apre sa, nan uityèm jou a, li mete entansyon pou Hadj la, epi li fè tout aksyon Hadj yo. Men si li mete entansyon pou Hadj la ak Omra a an menm tan, pa gen okenn pwoblèm nan sa, e yo rele sa 'Qiran'. Sa vle di, li mete entansyon pou Omra ak Hadj ansanm, ak yon sèl Tawaf ak yon sèl Sa'i.
Twazyèm Chapit:
Sa ki gen rapò ak tranzaksyon yo.
Savan yo — se pou Allah gen pitye pou yo — te klarifye konesans ki se yon devwa pèsonèl pou chak moun aprann, Epitou, yo te pale de kantite konesans ke chak Mizilman gen devwa pèsonèl pou li aprann, Epi pami sa yo site: aprann règleman sou komès pou yon komèsan, Pou li pa tonbe nan sa ki entèdi a oubyen nan Riba, san li pa konnen, Epi genyen sa yo rapòte ki soti nan kèk nan konpayon yo —se pou Allah kontan avèk yo— ki apiye sa.
Omar ibn al-Khattab (Se pou Allah satisfè de li) te di: «Pèsonn pa gen dwa vann nan mache nou an, sof moun ki gen yon bon konpreyansyon nan relijyon an»61.
Men sa Ali bin Abi Talib, (ke Allah satisfè de li), di tou: «Moun ki fè komès anvan li aprann lalwa relijyon an; li plonje nan Riba, epi li replonje, epi li replonje ankò. Sa vle di: li tonbe nan Riba»62.
Epi Ibn Abidin te di, pandan li tap rapòte de Al-'Allami: Epi se yon obligasyon pou chak gason ak fi ki responsab, apre li fin aprann konesans relijyon an ak gidans, pou li aprann konesans sou Woudou, Ghousl, lapriyè, ak jèn; ak konesans sou Zaka pou moun ki gen nisab la; ak pelerinaj pou moun li obligatwa pou li a; ak tranzaksyon komèsyal yo pou komèsan yo, pou yo ka rete lwen bagay ki gen dout sou yo ak bagay ki repwobab nan tout tranzaksyon yo. Menm jan an tou pou atizan yo, epi pou chak moun ki angaje nan kèlkeswa aktivite a, se yon obligasyon pou li poul konnen konesans ak règ ki gen rapò ak li, pou li ka evite sa ki Haram (entèdi) ladanl"63.
Epi An-Nawawi, ke Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, gen mizèrikòd pou li, di: «Kanta pou lavant, maryaj, ak sa ki sanble ak yo ki pa obligatwa nan fondman yo, li entèdi pou yon moun angajel ladan yo eksepte aprè li fin konnen kondisyon yo»64.
Men kèk règ ki gen rapò ak tranzaksyon finansye, ke Lalwa Islamik la (Chari'a) pote a :
1- Se rann pèmi tout sa ki gen yon byenfè ki totalman klè oubyen ki pi gwo; tankou vann ak achte bagay ki pèmi, kontra lokasyon, ak dwa pou achte an priyorite .65
2- Legalite tout sa ki garanti epi ki pwoteje dwa moun yo; tankou gaj (Rahn) ak temwayaj (Ichhad).
3- Legalite tout sa ki nan enterè 2 pati ki nan kontra a; tankou anilasyon kontra a (Iqala), dwa pou chwazi a (Khiyar), ak kondisyon yo nan yon vant.
4- Li entèdi tout sa ki gen ladanl enjistis kont moun, ak pran byen yo yon fason ki pa dwat; tankou pran enterè (Riba), sezi byen moun ak fòs, epitou fè monopoli.
5- Li legal (epi li rekòmande) pou fè tout sa ki gen ladan yo koperasyon nan sa ki byen; tankou: Prè san enterè (Qard), prete yon bagay pou sèvi (Aariyah), ak konfye yon moun yon byen pou li sere pou ou (Wadi'ah).
6- Anpeche tout sa ki gen ladan pran byen moun san travay, ni benefis, ni efò; tankou jwèt aza ak Riba.
7- Entèdi tout tranzaksyon kote ki gen twòp ensètitid ak risk ; tankou lè yon moun ap vann yon bagay li pa posede, oswa lap vann yon bagay ki pa klè .
8- Entèdi tout sa ki gen ladanl riz pou rive fè yon bagay ki entèdi; tankou lavant 'Al-Aynah'.66
9- Entèdi sa ki okipe yon moun poul pa obeyi Allah; tankou vann apre dezyèm apèl Jouma a.
10- Entèdi tout sa ki gen ladan li yon domaj (dega), oswa ki lakòz lènmi ant Mizilman yo; tankou vann bagay ki entèdi (Haram), epi lè yon gason ap vann yon bagay nan mitan yon lavant frè li (yon lòt moun) tap fè.
Epi lè yon Mizilman pa klè sou règleman lalwa a pou yon kesyon; se pou li mande savan yo sou sa, epi li pa dwe aji sou li anvan li fin konnen règleman lalwa relijye a sou sa. Menm jan senyè toupwisan an di:
﴿...فَاسْأَلُوا أَهْلَ الذِّكْرِ إِنْ كُنْتُمْ لَا تَعْلَمُونَ﴾
Donk, mande moun ki gen konesans yo si nou pa konnen. [An-Nahl: 43].
Sa a se sa ki te rann fasil pou rasanble, Se bò kote Allah nou mande pou li ban nou konesans ki itil ak bon zèv. Anverite, se li menm ki bay anpil la, epi ki gen anpil jenerozite. Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo, e se pou li voye anpil lapè sou li.
***
الفهرس
Entwodiksyon 2
Premye Chapit la: 3
Sa ki konsène Lafwa (Akida) 3
Premye Sijè: Sans Islam ak Pilye li yo 3
Enpòtans Tawid (Inisite Allah) 3
Sans "Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah" 5
Kanta pou kondisyon "La ilaha illa Allah" yo, men yo: 6
Sans temwayaj pou fè konnen "Muhammad se Mesaje Allah" 8
Dezyèm pati: Sans lafwa (Iman) ak poto li yo 9
1) Kwè nan Allah (ki gen tout pouvwa a), epi sa gen ladan li 3 pwen: 11
1- Lafwa nan otorite senyè toupwisan an kòm Mèt linivèa. 11
2- Kwè ke se li sèl ki merite pou yo adorel: 13
3- Kwè nan Non li yo ak Kalite li yo (Al-Asma' was-Sifat): 16
2) Kwè nan zanj yo (Al-Imàn bil-Mala'ikah): 25
3) Kwè nan Liv yo (Al-Iman bil-Kutub): 26
4) Kwè nan Mesaje yo (Al-Imàn bir-Rusul) -ke lapè Allah sou yo 27
5) Kwè nan Dènye Jou a (Al-Imàn bil-Yawmil-Akhir): 28
A) Kwè nan Rezirèksyon an 29
B) Kwè nan rann kont ak rekonpans (Al-Hisab wal-Jaza): 29
C) Kwè gen yon Paradi ak yon Lanfè. 29
6) Kwè nan Predestinasyon (Al-Qadr), kit li bon kit li move: 30
Twazyèm Pati : pèfeksyon nan Adorasyon 32
Katriyèm Pati: Yon ti rezime sou prensip fondamantal moun ki swiv Sunnah a ak Rasanbleman (gwoup) 33
Dezyèm Chapit: Sa ki gen rapò ak obligasyon relijye yo (Adorasyon yo). 35
Premye Sijè a: Pirifikasyon: 35
Premyèma 35
Dezyèmman: Salte yo : 35
Twazyèmman: Sa ki entèdi pou yon moun ki san ablisyon fè: 38
Katriyèmman: Règ bon konpòtman (mannyè) lè wap fè bezwenw (ale nan twalèt): 41
Senkyèmman: Prensip pou netwaye kòw aprèw fin fè bezwenw ak dlo oswa ak ròch/papye 42
6- Règleman sou pirifikasyon : 42
7-Prensip pou moun pase men mouye sou sa ki pye an po oswa sou chosèt. 45
Wityèmman: Prensip sou Tiyayèm (Teyamoum) – Fè ablisyon ak pousyè tè. 47
Nevyèmman: Règleman sou règ ak san aprè akouchman: 50
Dezyèm Sijè: Lapriyè a: 52
Premyèman: Lalwa sou Azan ak Ikama (Apèl pou lapriyè). 52
Dezyèmman: Enpòtans ak vèti lapriyè a: 55
Twazyèm pwen: Kondisyon lapriyè a: 58
Katriyèmman: pilye lapriyè a: 59
Senkyèmman: Devwa yo nan lapriyè a: 64
Sizyèmman: Sounnah Lapriyè yo: 66
Setyèmman: Deskripsyon fason pou moun fè lapriyè a. 68
Wityèmman: Sa ki repwobab nan lapriyè a: 73
9. Sa ki anile lapriyè a: 74
10- Soudjoud As-Sahw (pwostènasyon pou erè): 75
Onzyèmman: Lè li entèdi pou moun fè lapriyè. 77
Douzyèm: Lapriyè an gwoup: 78
Trèzyèmman: Lapriyè nan moman laperèz 80
Deskripsyon fason pou moun fè lapriyè nan moman laperèz 81
14. Lapriyè Vandredi a (Joumaa): 82
Senkyèmman: Zafè ki rekòmande nan jou Vandredi a: 84
Fè jwenn Joumou'a: 85
Kèzyèmman: Lapriyè moun ki gen rezon valab: 85
Sèzyèm: Lapriyè 2 Fèt yo (Eid): 89
Disetyèmman: Lapriyè nan moman eklips solèy 92
Dizwityèm: Lapriyè 'Al-Istisqa' ( Lapriyè pou mande lapli): 94
Diznevyèm pwen an se: Règleman sou janaza yo: 95
Twazyèm pati: Zakat ( Lacharite ki obligatwa). 99
1- Definisyon Zakat la epi plas li: 99
2- Kondisyon pou Zakat la vin obligatwa: 100
3- Byen kote Zaka obligatwa: 101
Katriyèm sijè a: Jèn nan: 113
Kondisyon pou obligasyon jèn Ramadàn nan: 113
Senkyèm Seksyon an: Hajj ak Omra 122
Kondisyon pou obligasyon Hajj la ak Omra a: 122
Moman ak kote pou moun antre nan eta Ihram (Mawaqit). 124
Al-Ihram: 126
Omra la: 131
Hajj la: 135
Twazyèm Chapit: 137
Sa ki gen rapò ak tranzaksyon yo. 137
***
ht227v3.0 - 06/06/2026
Rapòte pa Ahmad nan Musnad li a, anba nimewo (6072), ak At-Tirmidhi, anba nimewo (1535), epi li di: adit hasan.
Rapòte pa Boukhari nan Al-Adab al-Mufrad nan nimewo (716), ak Ahmad nan Al-Musnad nan nimewo (19606), ak Ad-Diya' al-Maqdisi nan Al-Ahadith al-Mukhtarah (1/ 150), epi Al-Albani deklare l otantik nan Sahih Al-Jami' As-Saghir nan nimewo (3731).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (121), epi Ahmad nan Al-Musnad, anba nimewo (10434).
(Al-Madhi): Se yon dlo ki fen (lejè), ki pa gen koulè, ki soti lè yon moun ap jwe ak madanm li/mari li, oswa lè lap panse ak relasyon seksyèl, oswa lèl anvi sa, oswa lèl gade yon bagay; li soti sou fòm ti gout, epi pafwa moun nan pa menm santi lè lap soti. (Al-Wadi): Se dlo blan ki epè ki soti touswit apre yon moun fin pipi, oswa lè lap pote yon chay ki lou.
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (224).
Rapòte pa Malik nan Al-Mouwatta, nimewo (680 ak 219), ak Ad-Darimi, nimewo (312), ak Abdar-Razzaq nan Moussannaf li a, nimewo (1328), epi Al-Albani otantifye l nan Irwa' al-Ghalil, nimewo (122).
Rapòte pa An-Nasa'i, anba nimewo (12808), ak Ahmad, anba nimewo (15423), e Al-Albani deklare l otantik nan Irwa al-Ghalil, anba nimewo (121).
Rapòte pa Ibn Majah, nan nimewo (594), ak Ibn Hibban, nan nimewo (799), epi Al-Albani deklare l da'if nan Da'if Sunan At-Tirmidhi, nan nimewo (146).
Rapòte pa Al-Boukhari, nan nimewo (142), epi Mouslim, nan nimewo (122).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (7288), epi Mouslim, nan nimewo (6066).
Cheikh Abdul Aziz ibn Baz, Allah fè li mizèrikòd, te di nan rekèy fatwa li a (29/141): (Al-Bayhaqi te ajoute avèk yon bon chenn narasyon ki soti nan men Jabir, aprè pawòl sa a: «Sila a Ou te pwomèt li a»: «Se sèten, Ou pa janm kraze pwomès la»)."
Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo (2635).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (82).
Rapòte pa At-Tirmidhi, anba nimewo (265), epi li di: Hasan Sahih Gharib, epi Al-Albani otantifye l nan Sahih At-Targhib wa At-Tarhib.
Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1117).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (6251), epi Mouslim, nan nimewo (884).
Rapòte pa Al-Bukhari, nan nimewo (756), epi Muslim, nan nimewo (872).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (793), ak Mouslim, nan nimewo (398).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (812), ak Mouslim, nan nimewo (490).
Rapòte pa Mouslim, nimewo (498).
Rapòte pa Al-Boukhari, nan nimewo (724), ak Mouslim, nan nimewo (398).
Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (797), ak Mouslim, anba nimewo (402).
Rapòte pa At-Tirmidhi, anba nimewo (839).
Rapòte pa Boukhari, anba nimewo (6008).
Rapòte pa Boukhari, anba nimewo (1110).
Rapòte pa Boukhari, anba nimewo (835).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (743), ak Mouslim, nan nimewo (399).
Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo (266).
Mouslim rapòte l, anba nimewo (588).
Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (5168).
Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo (284).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (1484).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (609), epi Mouslim, nan nimewo (602).
Rapòte pa Al-Bukhari, nan nimewo (4130), ak Mouslim, nan nimewo (842).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (865).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (934), ak Mouslim, nan nimewo (851).
Rapòte pa Al-Boukhari, nan nimewo (1081), epi Mouslim, nan nimewo (693).
Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1012), ak Mouslim, anba nimewo (894).
Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (3201), ak At-Tirmidhi, anba nimewo (1024), epi li di: hadith bon e otantik.
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (962).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (8), epi Mouslim, nan nimewo (111).
Rapòte pa Ibn Majah anba nimewo (1792), ak At-Tirmidhi anba nimewo (63) ak (631).
Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1402), ak Mouslim, anba nimewo (2287).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (1432), epi Mouslim, nan nimewo (984).
Rapòte pa Abou Dawoud anba nimewo (1609), ak Ibn Majah anba nimewo (1827), epi Al-Albani otantifye li nan Sahîh Abou Dawoud anba nimewo (1609).
Rapòte pa Al-Bukhari, nan nimewo (1), epi Mouslim, nan nimewo (1907).
Rapòte pa Al-Bukhari, nan nimewo (1810), epi Mouslim, nan nimewo (1086).
Rapòte pa Boukhari, anba nimewo (1909).
Rapòte pa Ahmad nimewo (26457), ak Abou Dawoud nimewo (2454), ak An-Nasa'i nimewo (2331) e sa a se tèks pa li.
Rapòte pa Al-Boukhari, nan nimewo (6669), epi Mouslim, nan nimewo (2709).
Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (2380), At-Tirmidhi, anba nimewo (719), ak Ibn Majah, anba nimewo (676).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (1849), ak Mouslim, nan nimewo (1846).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (1134).
Rapòte pa Ahmad, nimewo (25198), An-Nasa'i, nimewo (2627), ak Ibn Majah, nimewo (2901).
Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (1862), ak Mouslim, nan nimewo (1341).
Rapòte pa Boukhari, anba nimewo (1531).
Rapòte pa Mouslim, nimewo (1211).
Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1549).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (1218).
Rapòte pa At-Tirmidhi, anba nimewo (487), epi li di: hasan gharib. Epi Al-Albani rann li hasan.
Gade: Moughni al-Mouhtaj (2/22).
Hachiyat Ibn Abidin (1/ 42).
Gade: Al-Majmou (1/ 50).
Al-Shuf'ah: Se dwa yon asosye genyen pou li pran pati asosye li a nan men moun li te vann li a, pou menm pri moun nan te peye a.
Vant Al-Aynah: Se lè yon moun vann yon lòt moun yon bagay sou kredi (pou li peye pita), li ba li bagay la nan men li , epi aprè sa li rachte menm bagay la nan men moun nan anvan li touche kòb la, pou yon pri ki pi piti epi li peye kach."
Rapòte pa Al-Bukhari, nan nimewo (8).