PHPWord

 

 

 

ثَلَاثَةُ الأُصُولِ وَأَدِلَّتُهَا

 

 

Twa Prensip Fondamantal yo ak Prèv yo

 

 

 

 

لِلشَّيْخِ

مُحَمَّدٍ التَّمِيمِي رَحِمَهُ اللهُ

 

Chek Mohammed Al-Tamimi, se pou Allah ba li mizèrikòd

 

 


بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ

Twa Prensip Fondamantal yo ak Prèv yo

Liv sa a pale sou prensip fondamantal chak Mizilman dwe aprann: konnen Bondye, konnen relijyon Islam nan, epi konnen Pwofèt Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Li mete aksan sou enpòtans prensip sa yo pou bati lafwa ak bon aksyon, pandan li baze sou prèv ki soti nan Koran an ak Hadit yo.

3 Prensip Fondamantal yo ak Prèv yo

Cheikh Muhammad at-Tamimi, ke Allah gen mizèrikòd pou li.

Nan non Allah, Sila ki fè anpil gras la, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.

Konnen byen — se pou Allah gen pitye pou ou — li se yon devwa pou nou aprann 4 pwen (keksyon) sa yo:

Premye pwen an se: Konesans. Sa vle di konesans sou Allah, konesans sou Pwofèt li a, epi konesans sou relijyon Islam nan avèk prèv yo.

Dezyèm: Se metel an pratik

Twazyèm pwen an se: Envite moun nan chemen sa a .

Katriyèm pwen an se: Gen pasyans devan tout kalite difikilte ou jwenn nan chemen sa a.

Epi prèv la (sou sa nou sòt di yo), se pawòl Allah ki anwo nan syèl la ki di: Nan non Allah ki gen yon gwo kè sansib, epi ki gen anpil pitye:

﴿وَٱلۡعَصۡرِ1 إِنَّ ٱلۡإِنسَٰنَ لَفِي خُسۡرٍ2 إِلَّا ٱلَّذِينَ ءَامَنُواْ وَعَمِلُواْ ٱلصَّٰلِحَٰتِ وَتَوَاصَوۡاْ بِٱلۡحَقِّ وَتَوَاصَوۡاْ بِٱلصَّبۡرِ3﴾

1-Mwen fè sèman sou Tan an.

2-Anverite, tout moun (limanite) nan pèdisyon.

3-Esepte moun ki gen lafwa yo (ki kwè), moun ki fè bon aksyon yo, moun ki ankouraje youn lòt nan laverite, epi moun ki ankouraje youn lòt pou yo gen pasyans. Sourat Al-Asr vèsè 1 a 3

Ach-Chafiyi, ke mizèrikòd Allah Ta'ālā sou li, di: "Si Allah pat revele okenn prèv pou kreyati li yo eksepte Sourate sa a, sa tap sifi pou yo."

Al-Bukhari, ke Allah fèl mizèrikòd, di: Chapit: Konesans anvan pawòl ak aksyon. Prèv la se pawòl Allah -ki anwo nan syèl la- ki di: 'Konnen (gen konesans) byen ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an selman Allah, epi mande padon pou peche ou yo...' [Sourat Muhammad: 19]. Konsa, Allah te kòmanse ak Konesans anvan li te pale de pawòl ak aksyon."

Konnen byen -se pou Allah gen pitye pou ou-: li se yon devwa pou ch

Premye pwen an se: Allah kreye nou, li ban nou mwayen pou nou viv (manje, bwè, ak rad), epi li pat kite nou konsa san objektif (san direksyon). Okontrè, Li voye yon Mesaje ban nou; moun ki obeyi Mesaje sa a ap antre nan Paradi, epi moun ki dezobeyi lap antre nan Lanfè.

Epi prèv la se pawòl Allah -ki anwo nan syèl la- ki di:

﴿إِنَّآ أَرۡسَلۡنَآ إِلَيۡكُمۡ رَسُولٗا شَٰهِدًا عَلَيۡكُمۡ كَمَآ أَرۡسَلۡنَآ إِلَىٰ فِرۡعَوۡنَ رَسُولٗا15 فَعَصَىٰ فِرۡعَوۡنُ ٱلرَّسُولَ فَأَخَذۡنَٰهُ أَخۡذٗا وَبِيلٗا16﴾

15- Anverite, Nou voye yon Mesaje ban nou pou sèvi temwen sou nou, menm jan nou te voye yon mesaje bay Farawon .

16- Men, Farawon te dezobeyi mesaje a, epi Nou te pini li ak yon chatiman ki rèd anpil.

[Al-Muzzammil: 15-16]

Dezyèm pwen an se: Allah pa dakò (Li pa aksepte) pou yo ba li okenn asosye nan adorasyon nap ba li a; kèlkeswa moun nan, kit se yon zanj ki prè Allah kit se yon pwofèt li te voye. Prèv la se pawòl Allah -ki anwo nan syèl la- ki di:

﴿وَأَنَّ ٱلۡمَسَٰجِدَ لِلَّهِ فَلَا تَدۡعُواْ مَعَ ٱللَّهِ أَحَدٗا18﴾

18: Epi anverite, tout moske yo (kote yo fè prostènasyon yo) se pou Allah sèlman; konsa, piga nou janm adore pèsonn ansanm ak Allah.

Sourat Al-Jinn (vèsè 18)

Twazyèm pwen an se: Nenpòt moun ki obeyi Mesaje a epi ki rekonèt pa gen dye selman , li pa gen dwa gen yon lwayote (oswa yon alyans ki baze sou lanmou relijye) avèk moun kap konbat Allah ak Mesaje li a, menm si moun sa yo ta fanmil ki pi pwòch.

Epi prèv la se pawòl Allah -ki anwo nan syèl la- ki di:

﴿لَّا تَجِدُ قَوۡمٗا يُؤۡمِنُونَ بِٱللَّهِ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِ يُوَآدُّونَ مَنۡ حَآدَّ ٱللَّهَ وَرَسُولَهُۥ وَلَوۡ كَانُوٓاْ ءَابَآءَهُمۡ أَوۡ أَبۡنَآءَهُمۡ أَوۡ إِخۡوَٰنَهُمۡ أَوۡ عَشِيرَتَهُمۡۚ أُوْلَٰٓئِكَ كَتَبَ فِي قُلُوبِهِمُ ٱلۡإِيمَٰنَ وَأَيَّدَهُم بِرُوحٖ مِّنۡهُۖ وَيُدۡخِلُهُمۡ جَنَّٰتٖ تَجۡرِي مِن تَحۡتِهَا ٱلۡأَنۡهَٰرُ خَٰلِدِينَ فِيهَاۚ رَضِيَ ٱللَّهُ عَنۡهُمۡ وَرَضُواْ عَنۡهُۚ أُوْلَٰٓئِكَ حِزۡبُ ٱللَّهِۚ أَلَآ إِنَّ حِزۡبَ ٱللَّهِ هُمُ ٱلۡمُفۡلِحُونَ22﴾

Ou pap jwenn yon pèp ki kwè tout bon nan Allah ak nan dènye jou a (Jou Jijman an), kap gen lanmou (lwayote pwofon) pou moun kap konbat Allah ak mesaje li a, menm si moun sa yo ta papa yo, oswa pitit yo, oswa frè yo, oswa moun nan fanmi yo. Moun sa yo, Allah ekri lafwa nan kè yo epi li ba yo fòs ak yon limyè (sipò) ki soti nan li. Lap fè yo antre nan bèl jaden (Paradi) kote dlo ap koule anba yo, yap rete la nèt ale. Allah kontan avèk yo, epi yo menm tou yo kontan avèk li. Moun sa yo se pati (moun) pa Allah yo. Konnen byen! Se pati pa Allah a kap jwenn siksè tout bon an. [Al-Moujadalah: 22].

Konnen byen -se pou Allah gidew pouw obeyi li-: anverite, Al-Hanifiyyah (chemen ki dwat la) se relijyon Ibrahim; sa vle di pouw adore Allah sèlman, pandan wap rann tout adorasyon an pou li sèl san melanje (ak senserite). Se sa menm Allah te bay tout moun lòd pou yo fè, epi se pou sa menm li te kreye yo; jan Senyè -ki anwo nan syèl la- te di sa:

﴿وَمَا خَلَقۡتُ ٱلۡجِنَّ وَٱلۡإِنسَ إِلَّا لِيَعۡبُدُونِ56﴾

56- Mwen pat kreye Djinn yo ak moun yo pou okenn lòt rezon, esepte pou yo ka adorem sèlman. [Adh-Dhariyat: 56], Epi sans pawòl sa a ''pou yo ka adorem'', se: 'pou yo ka rekonèt pa gen lòt dye aprèm.

Epi pi gwo lòd Allah bay se: pa gen lot dye. Epi Tawhid la vle di: bay Allah sèlman tout adorasyon nap fè.

Epi pi gwo bagay li entèdi a se: Chirk, e li se: envoke yon lòt bagay ansanm avèk li.

Epi prèv la se pawòl Allah -ki anwo nan syèl la- ki di:

﴿وَٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ وَلَا تُشۡرِكُواْ بِهِۦ شَيۡـٔٗا...﴾

Adore Allah, epi piga nou ba li okenn asosye (nan adorasyon an) nan anyen ditou. [An-Nisa: 36].

Si yo ta mandew: 'Kisa 3 prensip fondamantal yo ye, sa yo chak moun gen obligasyon pou yo konnen yo?

Lè sa a, reponn: Se pou sèvitè a konnen Mèt li (Allah), poul konnen relijyon li (Islam), epi poul konnen Pwofèt li, Muhammad( se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li).

[Premye Prensip la]

Si yo ta mande w: Kiyès ki senyè,Mèt ou?

Lè sa a, reponn: Mèt mwen ،senyè mwen se Allah , Sa ki te edikem epi ki edike tout kreyasyon an (tout sa ki egziste) ak benediksyon li yo (faveur li yo). Se li menm sèl mwen adore, mwen pa gen okenn lòt dye mwen adore Sèlman li. Prèv la se pawòl Bondye -ki anwo nan syèl la- ki di:

﴿ٱلۡحَمۡدُ لِلَّهِ رَبِّ ٱلۡعَٰلَمِينَ2﴾

2-Tout lwanj (remèsiman ak glwa) se pou Allah, Mèt (ki kreye, ki posede, epi kap dirije) tout kreyasyon an (tout sa ki egziste). [Al-Fatiha: 2]. Epi tout sa ki pa Allah , yo fè pati mond lan (kreyasyon an); epi mwen menm, mwen se youn nan mond sa a (mwen se youn nan kreyati sa yo).

Si yo mandew: Ki jan ou fè konnen Senyè ou a ?

Lè sa a, reponn: Mwen konnen li atravè siy li yo ak kreyati li yo.

E pami siy li yo: nwit la, ak jounen an, ak solèy la, ak lalin nan.

E pami kreasyon li yo genyen: 7 syèl yo ak tout sa ki ladan yo, 7 tè yo ak tout sa ki ladan yo, ak sa ki ant yo 2 a.

Epi prèv la se pawòl li, Sila a ki Egzalte a:

﴿وَمِنۡ ءَايَٰتِهِ ٱلَّيۡلُ وَٱلنَّهَارُ وَٱلشَّمۡسُ وَٱلۡقَمَرُۚ لَا تَسۡجُدُواْ لِلشَّمۡسِ وَلَا لِلۡقَمَرِ وَٱسۡجُدُواْۤ لِلَّهِۤ ٱلَّذِي خَلَقَهُنَّ إِن كُنتُمۡ إِيَّاهُ تَعۡبُدُونَ37﴾

Pami siy li yo, gen lannwit ak lajounen, gen solèy ak lalin. Pa mete ajenou devan solèy la, ni devan lalin nan. Men, mete ajenou devan Allah ki te kreye yo a, si se li menm tout bon vre nap sèvi.

[Fussilat: 37].

Epi pawòl li, Sila a ki egzalte a:

﴿إِنَّ رَبَّكُمُ ٱللَّهُ ٱلَّذِي خَلَقَ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَ فِي سِتَّةِ أَيَّامٖ ثُمَّ ٱسۡتَوَىٰ عَلَى ٱلۡعَرۡشِۖ يُغۡشِي ٱلَّيۡلَ ٱلنَّهَارَ يَطۡلُبُهُۥ حَثِيثٗا وَٱلشَّمۡسَ وَٱلۡقَمَرَ وَٱلنُّجُومَ مُسَخَّرَٰتِۭ بِأَمۡرِهِۦٓۗ أَلَا لَهُ ٱلۡخَلۡقُ وَٱلۡأَمۡرُۗ تَبَارَكَ ٱللَّهُ رَبُّ ٱلۡعَٰلَمِينَ54﴾

Anverite, mèt nou se Allah ,li menm ki te kreye syèl yo ak latè nan 6 jou, epi li moute chita sou Twòn li an. Li kouvri lajounen ak lannwit kap swiv li san rete. Li kreye solèy la, lalin nan ak zetwal yo, epi yo tout obeyi lòd li. Konnen byen: se pou li kreyasyon an ak otorite a ye. Lwanj pou Allah mèt tout linivè a. [Al-Araf: 54].

Epi, Mèt la (Senyè a), se li menm ki sèl moun ki merite pou yo adorel; prèv la se pawòl Allah Granmèt la di:

﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ ٱعۡبُدُواْ رَبَّكُمُ ٱلَّذِي خَلَقَكُمۡ وَٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِكُمۡ لَعَلَّكُمۡ تَتَّقُونَ21 ٱلَّذِي جَعَلَ لَكُمُ ٱلۡأَرۡضَ فِرَٰشٗا وَٱلسَّمَآءَ بِنَآءٗ وَأَنزَلَ مِنَ ٱلسَّمَآءِ مَآءٗ فَأَخۡرَجَ بِهِۦ مِنَ ٱلثَّمَرَٰتِ رِزۡقٗا لَّكُمۡۖ فَلَا تَجۡعَلُواْ لِلَّهِ أَندَادٗا وَأَنتُمۡ تَعۡلَمُونَ22﴾

21- O nou menm Lèzòm! Adore Mèt nou an, li menm ki te kreye nou ak moun ki te la anvan nou yo, pou nou ka gen krentif pou li.

22- Se li menm ki fè tè a tankou yon tapi anba pye nou, epi ki fè syèl la tankou yon plafon anwo tèt nou. Li fè lapli soti nan syèl la, epi avèk dlo sa a, li fè tout kalite fwi pouse pou nou ka manje. Konsa, pa bay Allah Asosye (lòt dye), pandan nou konnen byen se li menm sèl ki kreyatè a.

[Al-Baqarah: 21-22].

Ibn Kathir, ke Allah, Sila ki Egzalte a, fèl mizèrikòd, te di: Kreyatè bagay sa yo, se Sila a ki merite adorasyon an.

Kalite adorasyon Allah kòmande yo anpil: tankou Islām (soumèt devan Allah), Imān (lafwa), ak l-Ihsān (fè byen nan nivo ki pi wo a). Genyen tou: lapriyè (demann), laperèz, espwa, konfyans, anvi (pou jwenn rekonpans), lakrentif (pou pinisyon), soumisyon, respè ak krentif, repantans (tounen vin jwenn senyè toupwisan an), chache sekou, chache pwoteksyon, relel nan moman detrès,ofri sakrifis (touye bèt), fè pwomès , ak tout lòt kalite adorasyon Allah kòmande yo — yo tout nèt se pou Allah sèlman yo ye. Prèv la se pawòl Senyè Granmèt la di:

﴿وَأَنَّ ٱلۡمَسَٰجِدَ لِلَّهِ فَلَا تَدۡعُواْ مَعَ ٱللَّهِ أَحَدٗا18﴾

18: Épi kote yo fè adorasyon yo (moske yo) se pou Allah yo ye. Konsa, pa rele okenn lòt moun, ni pa adore anyen lòt ansanm ak Senyè nou an.

[Al-Jinn: 18].

Kidonk, nenpòt moun ki ofri kèlkeswa bagay ladan yo pou yon lòt andeyò Allah; li se yon asosyatè, li pa yon kwayan ; e prèv la se pawòl Allah, Trèwo a:

﴿وَمَن يَدۡعُ مَعَ ٱللَّهِ إِلَٰهًا ءَاخَرَ لَا بُرۡهَٰنَ لَهُۥ بِهِۦ فَإِنَّمَا حِسَابُهُۥ عِندَ رَبِّهِۦٓۚ إِنَّهُۥ لَا يُفۡلِحُ ٱلۡكَٰفِرُونَ117﴾

1Nenpòt moun ki adore yon lòt dye ansanm ak Allah san li pa gen okenn prèv pou sa, lap gen poul rann kont devan Mèt li a. Anverite, moun ki pa vle kwè yo (moun kap sèvi lòt dye yo) pap janm jwenn delivrans. [Al-Mu’minun: 117].

Epi nan hadith la:

"الدُّعَاءُ مُخُّ العِبَادَةِ".

Siplikasyon se esans adorasyon an.

"Epi prèv la, se pawòl Allah Granmèt la di:

﴿وَقَالَ رَبُّكُمُ ٱدۡعُونِيٓ أَسۡتَجِبۡ لَكُمۡۚ إِنَّ ٱلَّذِينَ يَسۡتَكۡبِرُونَ عَنۡ عِبَادَتِي سَيَدۡخُلُونَ جَهَنَّمَ دَاخِرِينَ60﴾

60: Mèt nou an di: 'Rele m (lapriyèm), map reponn nou. Anverite, moun kap fè ògèy pou yo pa adorem yo, yap antre nan lanfè tou wont.'

[Ghafir: 60].

Epi prèv pou lakrentif la; se pawòl Sila a ki Pi Elve a:

﴿...فَلَا تَخَافُوهُمۡ وَخَافُونِ إِن كُنتُم مُّؤۡمِنِينَ﴾

Pa pè yo, men se mwen menm sèlman pou nou pè, si nou se moun ki gen lafwa tout bon vre.

[Al-Imrân: 175].

Epi prèv pou lespwa a, se pawòl Sila a ki Pi Wo a:

﴿...فَمَن كَانَ يَرۡجُواْ لِقَآءَ رَبِّهِۦ فَلۡيَعۡمَلۡ عَمَلٗا صَٰلِحٗا وَلَا يُشۡرِكۡ بِعِبَادَةِ رَبِّهِۦٓ أَحَدَۢا﴾

110: Konsa, nenpòt moun ki espere kontre ak Mèt li a, se pou li fè bon aksyon, epi li pa dwe mete okenn lòt moun oswa okenn lòt bagay nan adorasyon li ap fè pou Mèt li a. [Al-Kahf: 110]

Epi prèv pou konfyans (remèt senyè lavi w) la, se pawòl Allah Granmèt la di:

﴿...وَعَلَى ٱللَّهِ فَتَوَكَّلُوٓاْ إِن كُنتُم مُّؤۡمِنِينَ﴾

Epi se nan Allah pou nou mete konfyans nou, si nou se kwayan. [Al-Ma’idah: 23], Epi li di Ankò :

﴿...وَمَن يَتَوَكَّلۡ عَلَى ٱللَّهِ فَهُوَ حَسۡبُهُ...﴾

Nenpòt moun ki mete tout konfyans li nan Allah, Senyè a sifi pou li (Allah ase pou li). [At-Talaq: 3]

Epi prèv pou rekonpans, lakrentif (pou pinisyon), ak soumisyon (imilite devan Allah), se pawòl senyè Granmèt la di:

﴿...إِنَّهُمۡ كَانُواْ يُسَٰرِعُونَ فِي ٱلۡخَيۡرَٰتِ وَيَدۡعُونَنَا رَغَبٗا وَرَهَبٗاۖ وَكَانُواْ لَنَا خَٰشِعِينَ﴾

Anverite, yo te konn prese fè sa ki byen, yo te konn lapriyè nan pye nou avèk espwa (anvi rekonpans) ak laperèz (pou pinisyon), epi yo te toujou gen anpil soumisyon (imilite) devan nou. [Al-Anbiya: 90].

Epi prèv lakrentif la se pawòl Sila a ki Egzalte a:

﴿...فَلَا تَخۡشَوۡهُمۡ وَٱخۡشَوۡنِ...﴾

Pa gen krentif pou yo, men se pou Mwen pou nou gen krentif. [Al-Ma'idah: 3]

Epi prèv retou sensè a; se pawòl Li menm, ki Trè Wo a:

﴿وَأَنِيبُوٓاْ إِلَىٰ رَبِّكُمۡ وَأَسۡلِمُواْ لَهُ...﴾

Tounen vin jwenn Mèt nou an ak tout kè nou, epi soumèt nou nèt devan li. (Sourat Az-Zumar, vèsè 54)

E prèv pou mande èd la; se pawòl Allah, Sila a ki Trè Wo a:

﴿إِيَّاكَ نَعۡبُدُ وَإِيَّاكَ نَسۡتَعِينُ5﴾

5: Se Ou menm sèl nou adore, e se Ou menm sèl nou mande sekou. [Al-Fatiha: 5], Epi nan Hadith la:

"إِذَا اسْتَعَنْتَ فَاسْتَعِنْ بِاللَّهِ".

Si ou mande èd, mande èd nan men Allah.

E prèv pou demann refij la; se pawòl Li menm ki Byenwo a:

﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلۡفَلَقِ1﴾

1: Di: Mwen chache pwoteksyon nan men Mèt ki fè bajou kase a (Mèt kreyasyon an). [Al-Falaq:1]

﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلنَّاسِ1﴾

1 : Di: Mwen chache pwoteksyon nan men Mèt (Souveren) tout moun yo. [An-Nas:1].

Epi prèv demann sekou a se pawòl li menm ki Egzalte a:

﴿إِذۡ تَسۡتَغِيثُونَ رَبَّكُمۡ فَٱسۡتَجَابَ لَكُمۡ...﴾

9: Lè nou tap rele Mèt nou an pou mandel sekou, epi li te reponn nou. [Al-Anfal:9].

Epi prèv pou sakrifis la; se pawòl Allah, Trèwo a:

﴿قُلۡ إِنَّ صَلَاتِي وَنُسُكِي وَمَحۡيَايَ وَمَمَاتِي لِلَّهِ رَبِّ ٱلۡعَٰلَمِينَ162 لَا شَرِيكَ لَهُ...﴾

162 : Di: Anverite, lapriyè mwen, sakrifis mwen , lavi mwen ak lanmò mwen, se pou allah sèlman yo ye, li menm ki Mèt tout linivè a.

Li pa gen okenn asosye. Sourat Al-An‘ām. Vèsè 162 a 163 Epi soti nan Sounah la:

"لَعَنَ اللَّهُ مَنْ ذَبَحَ لِغَيْرِ اللَّهِ".

Madichon Allah tonbe sou nenpòt moun ki touye bèt (ofri sakrifis) pou yon lòt ki pa Allah.

Epi prèv pou pwomès nap fè bay Allah, se pawòl senyè Granmèt la di:

﴿يُوفُونَ بِٱلنَّذۡرِ وَيَخَافُونَ يَوۡمٗا كَانَ شَرُّهُۥ مُسۡتَطِيرٗا7﴾

7: Yo kenbe pwomès yo te fè, epi yo pè yon jou kote malè li pral gaye toupatou.

(Sourat Al-Insān, vèsè 7)

[Dezyèm Prensip]

Dezyèm Fondamantal la: Se konnen relijyon Islam nan ak tout prèv li yo. Islam se: Soumèt devan Allah nan rekonèt li sèl ki gen dwa adore , obeyi li nèt ale, epi pran distans ou zidòl ansanm ak moun kap fèl yo.

Epi li gen 3 nivo (degre): Islām (Soumisyon), Imān (Lafwa), ak -Ihsān (Pèfeksyon)

Epi chak nivo sa yo gen poto (baz) pa yo.

"Konsa, poto Islam yo se 5: Temwayaj ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Muhammad se mesaje Allah; Fè lapriyè a ; Bay lacharite ki obligatwa a (Zakat);Fè jèn nan mwa Ramadan an; Epi fè pèlerenaj nan Moske Allah ki sakre a (Hadj), pou moun ki kapab fè vwayaj la.

Prèv pou temwayaj lafwa a; se pawòl Li, Sila a ki Byenwo a:

﴿شَهِدَ ٱللَّهُ أَنَّهُۥ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةُ وَأُوْلُواْ ٱلۡعِلۡمِ قَآئِمَۢا بِٱلۡقِسۡطِۚ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ ٱلۡعَزِيزُ ٱلۡحَكِيمُ18﴾

Allah temwaye (sètifye) ke pa gen okenn lòt dye esepte li menm; zanj yo ansanm ak moun ki gen konesans yo temwaye sa tou. Li se moun kap kenbe jistis la. Pa gen lòt dye esepte li menm, li se Sèl Chèf la (vanyan an), li gen tout bon konprann nan. [Al Imran:18]

Sa vle di : Pa genyen okenn divinite ki merite adorasyon an verite, sof Allah.

« Lā ilāha » nye tout sa yo adore ki pa Allah.

"eksepte Allah," pou etabli adorasyon an pou Allah li menm sèl.

Pa gen okenn asosye pou li nan adorasyonl, menm jan pa gen okenn asosye pou li nan souverènte li a.

Epi eksplikasyon li ki klarifyel a, se pawòl Allah, ki Egzalte a:

﴿وَإِذۡ قَالَ إِبۡرَٰهِيمُ لِأَبِيهِ وَقَوۡمِهِۦٓ إِنَّنِي بَرَآءٞ مِّمَّا تَعۡبُدُونَ26 إِلَّا ٱلَّذِي فَطَرَنِي..﴾

Epi chonje lè Abraram te di papal ak pèp li a: 'Anverite, mwen separe tèt mwen ,mwen pa gen anyen poum wè,ak sa nap adore yo.

Sof Sila a ki te kreyem lan. Sourat Az-Zukhruf vèsè 26 a 27. Epi pawòl li, Sila a ki Ekzèlte a:

﴿قُلۡ يَٰٓأَهۡلَ ٱلۡكِتَٰبِ تَعَالَوۡاْ إِلَىٰ كَلِمَةٖ سَوَآءِۭ بَيۡنَنَا وَبَيۡنَكُمۡ أَلَّا نَعۡبُدَ إِلَّا ٱللَّهَ وَلَا نُشۡرِكَ بِهِۦ شَيۡـٔٗا وَلَا يَتَّخِذَ بَعۡضُنَا بَعۡضًا أَرۡبَابٗا مِّن دُونِ ٱللَّهِۚ فَإِن تَوَلَّوۡاْ فَقُولُواْ ٱشۡهَدُواْ بِأَنَّا مُسۡلِمُونَ64﴾

64: Di: O nou menm moun ki te resevwa Liv la! Vini non pou nou antann nou sou yon sèl pawòl ki valab ni pou nou ni pou ou : Ke nou pa dwe adore pèsonn esepte Allah, nou pa dwe bay li okenn asosye, epi pèsonn nan nou pa dwe pran lòt moun kòm mèt nan plas Allah. Si yo vire do yo, lè sa a di yo: 'Temwaye ke nou menm, nou se Mizilman (moun ki soumèt devan Allah). [Al Imran:64]

Epi prèv temwayaj ki di Mouhammad se Mesaje Allah la; se pawòl Li, Sila a ki Egzalte a:

﴿لَقَدۡ جَآءَكُمۡ رَسُولٞ مِّنۡ أَنفُسِكُمۡ عَزِيزٌ عَلَيۡهِ مَا عَنِتُّمۡ حَرِيصٌ عَلَيۡكُم بِٱلۡمُؤۡمِنِينَ رَءُوفٞ رَّحِيمٞ128﴾

128 : Anverite, gen yon Mesaje ki soti nan mitan nou menm menm ki vin jwenn nou. Sa fèl mal anpil lèl wè nap soufri; li gen yon gwo anvi poul wè nou nan bon chemen an, epi li gen anpil dousè ak krentif (mizèrikòd) pou moun ki gen lafwa yo. [Repantans:128].

Epi siyifikasyon temwayaj ke Muhammad se Mesaje Allah se: obeyil nan sa li te kòmande, kwèl nan sa li te rapòte, evite sa li te entèdi ak defann, epi pou adorasyon Allah fèt sèlman daprè sa li eksplike nou.

E prèv pou lapriyè la, pou bay lacharite a, e pou eksplikasyon inisite ; se pawòl li menm, Trè Wo a:

﴿وَمَآ أُمِرُوٓاْ إِلَّا لِيَعۡبُدُواْ ٱللَّهَ مُخۡلِصِينَ لَهُ ٱلدِّينَ حُنَفَآءَ وَيُقِيمُواْ ٱلصَّلَوٰةَ وَيُؤۡتُواْ ٱلزَّكَوٰةَۚ وَذَٰلِكَ دِينُ ٱلۡقَيِّمَةِ5﴾

5: E poutan, yo pa te resevwa okenn lòt kòmandman esepte pou yo adore Allah, nan ba li tout devouman yo nèt ale (sensè), nan mache dwat nan chemen laverite a , pou yo fè lapriyè a epi pou yo bay lacharite ki obligatwa a (Zakat). Epi se sa menm ki relijyon ki dwat la. [Al-Bayyinah:5].

Epi prèv pou jèn nan; pawòl li, Sila a ki Pi Wo a:

﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلَّذِينَ ءَامَنُواْ كُتِبَ عَلَيۡكُمُ ٱلصِّيَامُ كَمَا كُتِبَ عَلَى ٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِكُمۡ لَعَلَّكُمۡ تَتَّقُونَ183﴾

183: O nou menm ki gen lafwa! Yo rann jèn nan obligatwa pou nou, menm jan yo te rann li obligatwa pou moun ki te anvan nou yo, pou nou ka vin gen krentif pou Allah [Al-Baqarah:183].

Epi prèv pou Hajj la; se pawòl Allah, Sila ki Egzalte a:

﴿...وَلِلَّهِ عَلَى ٱلنَّاسِ حِجُّ ٱلۡبَيۡتِ مَنِ ٱسۡتَطَاعَ إِلَيۡهِ سَبِيلٗاۚ وَمَن كَفَرَ فَإِنَّ ٱللَّهَ غَنِيٌّ عَنِ ٱلۡعَٰلَمِينَ97﴾

97: Se yon devwa tout moun genyen devan Allah pou yo al fè pèlerenaj Lamèk pou nenpòt moun ki gen mwayen (ki kapab) fè vwayaj la. Kanta pou moun ki chwazi pa kwè a (ki refize), enben, konnen ke Allah pa bezwen pèsonn nan tout linivè a.

[Al Imran:97].

Dezyèm Nivo a: Lafwa (L-Imān). Li gen plis pase 70 branch; pi wo ladan yo se pawòl ki di: 'La ilaha illa Allah' (Pa gen lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah), epi pi piti ladan yo se rale sak ka fè moun mal nan wout la. Epi, lawont/pudè se yon branch nan lafwa tou.

E pilye li yo se 6 : kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan Liv li yo, nan mesaje li yo, nan Dènye Jou a, ak nan desten, ni sa ki bon ni sak mal ladanl.

Epi prèv la sou 6 pilye sa yo; se pawòl li, Sila a ki Pi Wo a:

﴿لَّيۡسَ ٱلۡبِرَّ أَن تُوَلُّواْ وُجُوهَكُمۡ قِبَلَ ٱلۡمَشۡرِقِ وَٱلۡمَغۡرِبِ وَلَٰكِنَّ ٱلۡبِرَّ مَنۡ ءَامَنَ بِٱللَّهِ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِ وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةِ وَٱلۡكِتَٰبِ وَٱلنَّبِيِّـۧنَ...﴾

Vrè bonte a (oswa vrè pyete a) se pa sèlman vire figi nou bò kote lès oswa bò kote lwès; men vrè bonte a, se lè yon moun kwè nan Allah, nan Dènye Jou a, nan zanj yo, nan Liv la, epi nan pwofèt yo.

[Al-Baqarah:177].

Epi prèv pou desten an se pawòl Allah Granmèt la di:

﴿إِنَّا كُلَّ شَيۡءٍ خَلَقۡنَٰهُ بِقَدَرٖ49﴾

Anverite, tout sa nou kreye, nou kreye yo ak yon mezi ki byen kalkile (yon desten). (Sourat Al-Qamar, vèsè 49)

Twazyèm Nivo a: Pèfeksyon an - li gen yon sèl poto - epi li se: Pou ou adore Allah kòmsi ou te wèl devan zyew; menmsi ou pa wèl, anverite, li menm lap gade w.

Epi prèv la se pawòl li menm ki Egzalte a:

﴿إِنَّ ٱللَّهَ مَعَ ٱلَّذِينَ ٱتَّقَواْ وَّٱلَّذِينَ هُم مُّحۡسِنُونَ128﴾

128 : Anverite, Allah kanpe ak moun ki gen krentif pou li yo, epi ak moun kap fè byen yo. [An-Nahl:128].

Pawòl Allah Trèwo a:

﴿وَتَوَكَّلۡ عَلَى ٱلۡعَزِيزِ ٱلرَّحِيمِ217 ٱلَّذِي يَرَىٰكَ حِينَ تَقُومُ218 وَتَقَلُّبَكَ فِي ٱلسَّٰجِدِينَ219﴾

217: Epi mete tout konfyans ou nan Sèl Chèf la (vanyan an), moun ki gen anpil mizèrikòd la.

218: Li menm ki wè w nan moman kotew kanpe a.

Epi li wè mouvmanw yo nan mitan moun kap pwostène yo. Sourat Ash-Shu‘arā’ vèsè 217 a 219.

E pawòl Li, Ki Egzalte a:

﴿وَمَا تَكُونُ فِي شَأۡنٖ وَمَا تَتۡلُواْ مِنۡهُ مِن قُرۡءَانٖ وَلَا تَعۡمَلُونَ مِنۡ عَمَلٍ إِلَّا كُنَّا عَلَيۡكُمۡ شُهُودًا إِذۡ تُفِيضُونَ فِيهِ...﴾

Nenpòt sitiyasyon ou ta ka ladanl, nenpòt pati nan Koran an wap li, epi nenpòt aksyon nap fè nou menm lèzòm, Allah se temwen sou nou nan moman menm nap fèl la [Yunus:61] vèsè a.

Epi prèv ki soti nan Sunnah a (pawòl ak aksyon Pwofèt la), se Hadith Jibril la ki selèb anpil la; li soti nan Umar (ki se yon konpayon Pwofèt la) -se pou Allah kontan avèk li- li te di:

"بَيْنَمَا نَحْنُ عِنْدَ رَسُولِ اللَّهِ ﷺ ذَاتَ يَوْمٍ، إِذْ طَلَعَ عَلَيْنَا رَجُلٌ، شَدِيدُ بَيَاضِ الثِّيَابِ، شَدِيدُ سَوَادِ الشَّعَرِ، لَا يُرَى عَلَيْهِ أَثَرُ السَّفَرِ، وَلَا يَعْرِفُهُ مِنَّا أَحَدٌ، حَتَّى جَلَسَ إِلَى النَّبِيِّ ﷺ فَأَسْنَدَ رُكْبَتَيْهِ إِلَى رُكْبَتَيْهِ، وَوَضَعَ كَفَّيْهِ عَلَى فَخِذَيْهِ، وَقَالَ: يَا مُحَمَّدُ !

Pandan nou te bò kote Mesaje Allah yon jou, sanzatann yon mesye parèt devan nou, rad li te byen blan, cheve li te byen nwa. Ou pat ka wè okenn tras vwayaj sou li, e pèsonn pami nou pat konnen li. Jiskaske li te vin chita bò kote Pwofèt la , li mete jenou pal yo kont jenou pa Pwofèt la, epi li mete pla menl yo sou kwis pal, epi li di: Ya Muhammad !

أَخْبِرْنِي عَنِ الإِسْلَامِ؟

Palem de Islam?

فَقَالَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ: الإِسْلَامُ: أَنْ تَشْهَدَ أَلَّا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ، وَتُقِيمَ الصَّلَاةَ، وَتُؤْتِيَ الزَّكَاةَ، وَتَصُومَ رَمَضَانَ، وَتَحُجَّ البَيْتَ إِنِ اسْتَطَعْتَ إِلَيْهِ سَبِيلًا، قَالَ: صَدَقْتَ -فَعَجِبْنَا لَهُ، يَسْأَلُهُ وَيُصَدِّقُهُ- .

Lè sa a, Mesaje Allah la di: «Islam se: pou ou temwanye ke pa gen okenn divinite ki merite adorasyon sof Allah e ke Muhammad se Mesaje Allah la, pouw akonpli Lapriyè obligatwa yo, pouw bay Zakat la, pouw jene Ramadan, epi pouw fè Hajj nan lamèk la siw gen mwayen pou sa.» Li di: «Ou di laverite.» – Sa te fè nou sezi pou li, lap pozel kesyon epi lap konfimel –.

قَالَ: فَأَخْبِرْنِي عَنِ الْإِيمَانِ؟

Li te di: "Alò, palem de lafwa?"

قَالَ: أَنْ تُؤْمِنَ بِاللَّهِ، وَمَلَائِكَتِهِ، وَكُتُبِهِ، وَرُسُلِهِ، وَاليَوْمِ الْآخِرِ، وَتُؤْمِنَ بِالقَدَرِ خَيْرِهِ وَشَرِّهِ، قَالَ: صَدَقْتَ.

Li di: Se pou ou kwè nan Allah, ak nan zanj li yo, ak nan liv li yo, ak nan pwofèt li yo, ak nan Dènye jou a, epi pou ou kwè nan Predestinasyon an, nan byen li ak nan mal li. Li di: Ou di verite.

قَالَ: فَأَخْبِرْنِي عَنِ الْإِحْسَانِ؟

Li di: 'Enben, fè m konnen kisa ki Pèfeksyon an.

قَالَ: أَنْ تَعْبُدَ اللَّهَ كَأَنَّكَ تَرَاهُ، فَإِنْ لَمْ تَكُنْ تَرَاهُ فَإِنَّهُ يَرَاكَ.

Li di: Se adore Allah kòmsi ou tap wè li, paske menm si ou pa wè li, li menm li wè ou.

قَالَ: فَأَخْبِرْنِي عَنِ السَّاعَةِ؟

Li di: Enben, palem de Lè a?

قَالَ: مَا المَسْؤُولُ عَنْهَا بِأَعْلَمَ مِنَ السَّائِلِ.

Li te di: Moun yo poze kesyon sou li a pa gen plis konesans pase moun ki poze kesyon an.

قَالَ: فَأَخْبِرْنِي عَنْ أَمَارَاتِهَا؟

Li di: Enben, fèm konnen siy li yo?

قَالَ: أَنْ تَلِدَ الأَمَةُ رَبَّتَهَا، وَأَنْ تَرَى الحُفَاةَ العُرَاةَ العَالَةَ رِعَاءَ الشَّاءِ، يَتَطَاوَلُونَ فِي البُنْيَانِ.

Li (Pwofèt la) di: Siy yo se lè sèvant lan va fè pitit ki va mèt li (oswa metrès li), epi lè wa wè moun ki te konn mache pye atè, ki te toutouni, ki te pòv, e ki te konn gade mouton, yap fè konpetisyon pou wè kilès ki ka bati pi gwo (pi wo) kay'.

قَالَ: ثُمَّ انْطَلَقَ فَلَبِثْتُ مَلِيًّا، ثُمَّ قَالَ لِي: يَا عُمَرُ! أَتَدْرِي مَنِ السَّائِلُ؟ قُلْتُ: اللَّهُ وَرَسُولُهُ أَعْلَمُ، قَالَ: فَإِنَّهُ جِبْرِيلُ، أَتَاكُمْ يُعَلِّمُكُمْ دِينَكُمْ".

Li di: Apre sa, li ale. Mwen te rete la yon ti moman, apre sa, li dim: «O Omar! Èskew konnen ki moun ki te poze kesyon an?» Mwen te di: «Se Allah ak Mesajel la ki konnen pi byen.» Li di: «Se te Jibril; li te vin jwenn nou poul anseye nou relijyon nou an.»

[Twazyèm Fondman an]

Konesans sou Pwofèt nou an Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): li se Mouhammad pitit Abdoullah, pitit Abdoul-Mouttalib, pitit Hachim. Epi Hachim soti nan Qouraych, epi Qouraych soti pami Arab yo, epi Arab yo soti nan desandans Ismayèl, pitit Abraham, Zanmi Entim nan – ke pi bon lapriyè ak lapè a sou li menm ansanm ak sou Pwofèt nou an –.

Li te gen 63 ane – 40 anvan misyon pwofetik la, e v23 kòm Pwofèt-Mesaje.

Li te vin pwofèt avèk (vèsè) 'Iqra' (Li!), epi li te vin mesaje avèk (vèsè) 'Al-Muddaththir' (Ou menm ki vlope nan rad la). Vil kote li soti a se Lamèk (Makkah).

Allah te voye li poul te ka avèti moun yo kont asosye lòt bagay ak Allah , epi poul te ka rele yo nan adore yon sèl Allah sèlman (Tawhid). Epi prèv la se pawòl senyè Granmèt la di:

﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلۡمُدَّثِّرُ1 قُمۡ فَأَنذِرۡ2 وَرَبَّكَ فَكَبِّرۡ3 وَثِيَابَكَ فَطَهِّرۡ4 وَٱلرُّجۡزَ فَٱهۡجُرۡ5 وَلَا تَمۡنُن تَسۡتَكۡثِرُ6 وَلِرَبِّكَ فَٱصۡبِرۡ7﴾

1: O ou menm ki vlope nan rad la!

2: Leve, epi avèti

3: Epi Mèt ou a (Allah), ba li glwa (fè grandè li parèt).

4: Epi rad ou yo, netwaye yo.

5: Epi sa ki sal (zidòl yo), kouri kite yo (vire do ba yo).

6: Epi pa bay (pa fè byen) nan lide pou ou resevwa plis (pou ou jwenn yon pi gwo avantaj).

7: Epi pou Mèt ou a (Allah), pran pasyans. [Al-Mouddassir: 1- 7].

Epi siyifikasyon

﴿قُمۡ فَأَنذِرۡ﴾

Leve kanpe, epi avèti: Li avèti pa bay Allah Asosye, epi li rele pou kwè Allah inik.

﴿وَرَبَّكَ فَكَبِّرۡ﴾

Epi Mèt ou a (Allah), ba li glwa (fè grandè li parèt).

Sa vle di: Egzalte li menm sel.

﴿وَثِيَابَكَ فَطَهِّرۡ﴾

Epi rad ou yo,netwaye yo.

Sa vle di: Netwaye aksyonw yo pouw wete tout tras asosye lòt bagay ak Allah ladan yo.

﴿وَٱلرُّجۡزَ فَٱهۡجُرۡ﴾

Epi sa ki sal (zidòl yo), kouri kite yo (vire do ba yo).

Ar-Rujz (sa ki sal la): Se zidòl yo. Epi 'Hajruha' (vire do ba yo) vle di: Kite yo, epi deklare ou pa gen anyen pou wè ni ak yo (zidòl yo), ni ak moun k ap adore yo a.

Li te pase 10 ane ap rele moun nan inisite (yon sèl senyè). Apre 10 sa yo, yo te elvel nan syèl la, epi 5 priyè yo te vin obligatwa pou li. Li te fè lapriyè nan Lamèk pandan 3 ane, epi apre sa, li te resevwa lòd poul vwayage pou lale Nan vil Medin.

Elijira a: se tranzisyon an soti nan peyi kote yap priye idòl yo pou ale nan peyi lislam nan.

Epi Hijrah (Emigrasyon an) se yon obligasyon pou kominote (Ummah) sa a; sa vle di deplase soti nan yon peyi kote yap adore lòt bagay ki pa Allah pou ale nan yon peyi kote Islam ap pratike. Epi obligasyon sa a ap rete la jouk lè a (Jou Jijman an) rive.

Epi prèv la se pawòl Allah :

﴿إِنَّ ٱلَّذِينَ تَوَفَّىٰهُمُ ٱلۡمَلَٰٓئِكَةُ ظَالِمِيٓ أَنفُسِهِمۡ قَالُواْ فِيمَ كُنتُمۡۖ قَالُواْ كُنَّا مُسۡتَضۡعَفِينَ فِي ٱلۡأَرۡضِۚ قَالُوٓاْ أَلَمۡ تَكُنۡ أَرۡضُ ٱللَّهِ وَٰسِعَةٗ فَتُهَاجِرُواْ فِيهَاۚ فَأُوْلَٰٓئِكَ مَأۡوَىٰهُمۡ جَهَنَّمُۖ وَسَآءَتۡ مَصِيرًا97 إِلَّا ٱلۡمُسۡتَضۡعَفِينَ مِنَ ٱلرِّجَالِ وَٱلنِّسَآءِ وَٱلۡوِلۡدَٰنِ لَا يَسۡتَطِيعُونَ حِيلَةٗ وَلَا يَهۡتَدُونَ سَبِيلٗا98﴾

97: Anverite, moun zanj yo pran nanm yo pandan yo tap fè tèt yo tò (paske yo te rete nan peyi kote yo pat ka pratike relijyon yo), zanj yo di yo: 'Nan ki sa nou te ye (poukisa nou pat deplase)?' Yo reponn: 'Nou te moun yo tap kraze (fèb) sou tè a.' Zanj yo di: 'Èske tè Allah a a pat laj ase pou nou te emigre ladanl?' Moun sa yo, kote pou yo rete a se Lanfè :e se yon move kote pou moun fini.

98: Eksepte sila yo ki san fòs pami gason yo, medam yo, ak timoun yo, ki pa gen okenn mwayen, ni yo pa jwenn gidans sou okenn chemen.

[An-Nisâ: 97-98].

Epi pawòl Li, Sila a ki Pi Wo a:

﴿يَٰعِبَادِيَ ٱلَّذِينَ ءَامَنُوٓاْ إِنَّ أَرۡضِي وَٰسِعَةٞ فَإِيَّٰيَ فَٱعۡبُدُونِ56﴾

57: O sèvitè Mwen yo ki gen lafwa! Anverite, tè Mwen an laj anpil; se poutèt sa, se Mwen menm sèlman nou dwe adore. [Al-Ankabut:56].

Al-Baghawi (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: Rezon ki fè vèsè sa a te desann : Se te pou Mizilman ki te nan vil Lamèk yo ki pat ankò fè emigrasyon (Hijrah); Allah te rele yo ak non 'Lafwa' (Kwayan).

Epi prèv la pou Hijrah a ki soti nan Sounnah a; se pawòl li a:

"لَا تَنْقَطِعُ الهِجْرَةُ حَتَّى تَنْقَطِعَ التَّوْبَةُ، وَلَا تَنْقَطِعُ التَّوْبَةُ حَتَّى تَطْلُعَ الشَّمْسُ مِنْ مَغْرِبِهَا".

Emigrasyon an pap sispann jiskaske repantans lan sispann, e repantans lan pap sispann jiskaske solèy la leve sot nan lwès.

Lè li te fin byen enstale nan vil Medin, li te resevwa lòd pou rès lwa (règleman) Islam yo — tankou: Zakat (bay pòv), jèn (Sawn), pèlerina (Haj), Adan (rele pou lapriyè), Jihād (batay nan chemen Allah), kòmande sa ki byen epi anpeche sa ki mal. Li te pase 10 ane ap aplike sa.

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te mouri, e relijyon li a rete la; e se menm relijyon sa a: pa gen okenn byen li pat montre Kominote a, ni okenn mal li pat avètil kont li.

Epi byen li te montrel la se: Allah senyè inik la, ak tout sa Allah renmen epi li sal otorize.

Epi mal kel te avètil kont li a, se: bay Allah Asosye ak tout sa Allah deteste e li rejte.

Allah te voye li pou tout moun nèt (san eksepsyon), epi li rann li obligatwa pou 2 gwo gwoup kreyati yo — Jinn yo ak lèzòm — pou yo obeyi li. Epi prèv la se pawòl Allah Granmèt la di:

﴿قُلۡ يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ إِنِّي رَسُولُ ٱللَّهِ إِلَيۡكُمۡ جَمِيعًا...﴾

(Di: «O nou menm lèzòm, an verite, mwen se Mesaje Allah pou nou tout...») [Al-A’raf:158].

Epi Allah te pèfeksyone relijyon an atravè li; e prèv la se pawòl li, Trèwo a:

﴿...ٱلۡيَوۡمَ أَكۡمَلۡتُ لَكُمۡ دِينَكُمۡ وَأَتۡمَمۡتُ عَلَيۡكُمۡ نِعۡمَتِي وَرَضِيتُ لَكُمُ ٱلۡإِسۡلَٰمَ دِينٗا...﴾

Jodi a, Mwen pèfeksyone relijyon nou an pou nou, Mwen akonpli favè mwen sou nou, e Mwen apwouve Islam kòm relijyon pou nou [Al-Ma'ida:3].

Epi prèv la sou lanmò li; se pawòl Sila a ki Byenwo a:

﴿إِنَّكَ مَيِّتٞ وَإِنَّهُم مَّيِّتُونَ30 ثُمَّ إِنَّكُمۡ يَوۡمَ ٱلۡقِيَٰمَةِ عِندَ رَبِّكُمۡ تَخۡتَصِمُونَ31﴾

30: Anverite ou gen pou mouri e vrèmanvre yo gen pou mouri

31: Apre sa, an verite, nan jou Rezirèksyon an, se devan Seyè nou an n'ap regle kont nou.

[Az-Zoumar:30-31]

Epi lòm, lè yo mouri, yo gen pou yo resisite; epi prèv la se pawòl Li menm, Sila ki Egzalte a:

﴿مِنۡهَا خَلَقۡنَٰكُمۡ وَفِيهَا نُعِيدُكُمۡ وَمِنۡهَا نُخۡرِجُكُمۡ تَارَةً أُخۡرَىٰ55﴾

55: Se nan li (tè a) Nou te kreye nou, se ladanl nou pral fè nou tounen (lè nou mouri), epi se ladanl nou pral fè nou soti ankò yon lòt fwa (pou rezireksyon an). [Taha:55], Epi pawòl Li, Sila ki Egzalte a:

﴿وَٱللَّهُ أَنۢبَتَكُم مِّنَ ٱلۡأَرۡضِ نَبَاتٗا17 ثُمَّ يُعِيدُكُمۡ فِيهَا وَيُخۡرِجُكُمۡ إِخۡرَاجٗا18﴾

17: Se Allah ki fè nou pouse soti nan tè a menm jan ak plant

18: Apre sa, Lap fè nou retounen ladanl, epi lap fè nou sòti ak tout sètitid. [Nouh:17-18].

E aprè Rezirèksyon an, yap jije yo e yap rekonpanse selon zèv yo; e prèv la se pawòl Sila a ki Egzalte a:

﴿...لِيَجۡزِيَ ٱلَّذِينَ أَسَٰٓـُٔواْ بِمَا عَمِلُواْ وَيَجۡزِيَ ٱلَّذِينَ أَحۡسَنُواْ بِٱلۡحُسۡنَى﴾

Pou li rekonpanse moun ki fè mal yo ak sa yo te fè, epi pou li rekonpanse moun ki fè byen yo ak pi bèl rekonpans lan. [An-Najm:31].

Epi moun ki demanti Rezirèksyon an, li pa kwayan epi prèv la se pawòl li, Sila a ki Egzalte a:

﴿زَعَمَ ٱلَّذِينَ كَفَرُوٓاْ أَن لَّن يُبۡعَثُواْۚ قُلۡ بَلَىٰ وَرَبِّي لَتُبۡعَثُنَّ ثُمَّ لَتُنَبَّؤُنَّ بِمَا عَمِلۡتُمۡۚ وَذَٰلِكَ عَلَى ٱللَّهِ يَسِيرٞ7﴾

7: Moun ki pa kwè yo pretann yo pap janm resisite. Di: «Okontrè! Mwen fè sèman pa Senyèm nan, nap gen pou nou resisite toutbon; apre sa, yap fè nou konnen san mank tout sa nou te fè. E sa se yon bagay ki fasil pou Allah.» [At-Tagaboun:7].

Epi Allah te voye tout Mesaje yo pou pote bon nouvèl e pou bay avètisman; epi prèv la se pawòl li, Trèwo a:

﴿رُّسُلٗا مُّبَشِّرِينَ وَمُنذِرِينَ لِئَلَّا يَكُونَ لِلنَّاسِ عَلَى ٱللَّهِ حُجَّةُۢ بَعۡدَ ٱلرُّسُلِۚ...﴾

Mesaje ki pote bon nouvèl epi ki bay avètisman, pou lèzòm pa gen okenn agiman kont Allah apre Mesaje yo.... [An-Nisa:165].

E premye a pami yo se Noé ke lapè sou li.

Epi dènye nan yo (mesaje yo) se Muhammad (Lafè ak benediksyon Bondye sou li); li se sele (finisman) tout pwofèt yo, pa gen pwofèt apre li. Epi prèv la se pawòl Allah Granmèt la di:

﴿مَّا كَانَ مُحَمَّدٌ أَبَآ أَحَدٖ مِّن رِّجَالِكُمۡ وَلَٰكِن رَّسُولَ ٱللَّهِ وَخَاتَمَ ٱلنَّبِيِّـۧنَ...﴾

Muhammad pa papa okenn gason nan mitan nou, men li se Mesaje Allah epi li se Dènye tout pwofèt yo. [Al-Ahzab:40].

Epi prèv la ki montre premye pami yo se Noé ; se pawòl li, Trè Wo a:

﴿إِنَّآ أَوۡحَيۡنَآ إِلَيۡكَ كَمَآ أَوۡحَيۡنَآ إِلَىٰ نُوحٖ وَٱلنَّبِيِّـۧنَ مِنۢ بَعۡدِهِ...﴾

Anverite Nou te revele ba ou menm jan nou te revele bay Noye ak pwofèt yo apre li. [An-Nisa: 163].

Nan chak kominote, Allah te voye yon Mesaje – soti nan Noé rive nan Mouhammad – ki te kòmande yo pou yo adore Allah, li menm sèl, epi ki te entèdi yo adore zidòl; e prèv la se pawòl Allah, Sila a ki Pi Wo a:

﴿وَلَقَدۡ بَعَثۡنَا فِي كُلِّ أُمَّةٖ رَّسُولًا أَنِ ٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ وَٱجۡتَنِبُواْ ٱلطَّٰغُوتَ...﴾

Anverite nou te voye yon Mesaje nan chak nasyon pou di: Adore Allah epi evite fo divinite a. Sourat An-Nahl (vèsè 36)

Epi Allah rann li obligatwa pou tout sèvitè li yo: Pou yo pa kwè nan zidòl , epi pou yo gen lafwa nan Allah.

Ibn al-Qayyim - Allah fè li mizèrikòd - te di: Sans Tāghūt se: Tout sa yon sèvitè (moun) sèvi poul depase limit li; kèlkeswa si se yon bagay lap adore, yon moun lap swiv, oswa yon moun lap obeyi.

Zidòl yo anpil, epi chèf yo se 5 . Iblis – ke Allah madichonnen li, sila yo adore a e li menm li dakò ak sa, sila ki envite moun yo pou adore pwòp tèt li, sila ki deklare li konnen yon bagay sou mond envizib la, epi sila ki rann jijman ak sa ki pa sa Allah te revele a.

Epi prèv la se pawòl Li, Ki anwo nèt la:

﴿لَآ إِكۡرَاهَ فِي ٱلدِّينِۖ قَد تَّبَيَّنَ ٱلرُّشۡدُ مِنَ ٱلۡغَيِّۚ فَمَن يَكۡفُرۡ بِٱلطَّٰغُوتِ وَيُؤۡمِنۢ بِٱللَّهِ فَقَدِ ٱسۡتَمۡسَكَ بِٱلۡعُرۡوَةِ ٱلۡوُثۡقَىٰ لَا ٱنفِصَامَ لَهَاۗ وَٱللَّهُ سَمِيعٌ عَلِيمٌ256﴾

Pa gen fòse nan relijyon; chemen dwat la (verite a) parèt klè devan chemen devye a (erè a). Konsa, nenpòt moun ki voye idòl la jete (rejte fo bondye yo) epi ki gen lafwa nan Allah anverite, li kenbe manch ki pi solid la, manch ki pap janm kase a. Epi Allah tande tout bagay, Li konn tout bagay. [Al-Baqarah:256], Epi se sa ki siyifikasyon « Lā ilāha illā Allāh », e nan Adit la:

"رَأْسُ الأَمْرِ: الإِسْلَامُ، وَعَمُودُهُ: الصَّلَاةُ، وَذِرْوَةُ سَنَامِهِ: الجِهَادُ فِي سَبِيلِ اللَّهِ".

Baz (tèt) tout bagay se Islam; poto mitan li se Lapriyè ; epi pwen ki pi wo nan tèt li se Jihād (batay/efò) nan chemen Allah.

Allah konnen pi byen.

 

 

***

الفهرس

 

[Dezyèm Prensip] 14

[Twazyèm Fondman an] 22

 

***

 

ht36v2.0 - 06/06/2026