Kijan Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li (créole)

  • earth Language
    (créole)
  • earth Author:
    الشيخ عبد العزيز بن باز

Other Translations 58

ce شيشاني- нохчийн мотт sq ألباني- Shqip pt برتغالي- português as آسامي- অসমীয়া ms ملايو- Melayu uz أوزبكي- Ўзбек ar عربي- العربية ps بشتو- بشتو ur أردو- اردو en إنجليزي- English bn بنغالي- বাংলা ru روسي- Русский zh صيني- 中文 fa فارسي- فارسي fr فرنسي- Français hi هندي- हिन्दी sw سواحيلي- Kiswahili id إندونيسي- Indonesia ha هوسا- Hausa tl فلبيني تجالوج- Tagalog tr تركي- Türkçe gu غوجاراتية- ગુજરાતી te تلغو- తెలుగు si سنهالي- සිංහල ta تاميلي- தமிழ் mk مقدوني- македонски pl بولندي- polski it إيطالي- italiano hu هنجاري مجري- magyar ka جورجي- ქართული es إسباني- español kn كنادي- ಕನ್ನಡ or أورومو- afaan oromoo sr صربي- Српски az أذري- azərbaycanca lo لاو- ພາສາລາວ ml مليالم- മലയാളം tg طاجيكي- тоҷикӣ hy أرميني- Հայերէն bs بوسني- bosanski vi فيتنامي- Tiếng Việt dv ديفهي- ދިވެހި ky قرغيزي- Кыргызча st سوتي- Sesotho th تايلندي- ไทย ne نيبالي- नेपाली cs تشيكي- čeština fi فنلندي- suomi bg بلغاري- български mos موري- Mõõré mg ملاغاشي- Malagasy kk كازاخي- қазақ тілі ig إيجبو- Igbo yo يوربا- Èdè Yorùbá uk أوكراني- українська ddn دندي- Dendi dje زارما- Zarmaciine mfe كريولي- créole
PHPWord

 

 

كَيْفِيَّةُ صَلَاةِ النَّبِيِّ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ

 

 

Kijan Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li

 

 

لِفَضِيلَةِ الشَّيْخِ العَلَّامَةِ

عَبْدِ العَزِيزِ بْنِ عَبْدِ اللَّهِ بْنِ بَازٍ

غَفَرَ اللَّهُ لَهُ وَلِوَالِدَيْهِ وَلِلْمُسْلِمِينَ

 

Eminans Cheik la

Abdulaziz ibn Abdullah ibn Baz

 


بِسْمِ اللَّهِ الرَّحْمَنِ الرَّحِيمِ

Kijan Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè lapriyè li.

Nan non Allah ki gen anpil mizèrikòd, epi ki gen anpil konpasyon an

Lwanj pou Allah sèlman, epi lapè ak benediksyon pou sèvitè li ak Mesaje li, Pwofèt nou an, Mouhammad(Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ansanm ak fanmi li ak tout konpanyon li yo. Apre sa :

Men kèk mo tou kout pou esplike kijan Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li ) te konn fè lapriyè li. Mwen te vle prezante yo bay tout gason ak tout fanm mizilman, pou konsa, chak moun ki li yo kapab fè jefò pou yo swiv egzanp li nan sa; paske Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li te di:

(صَلُّوا كَمَا رَأَيْتُمُونِي أُصَلِّي).

Priye menm jan nou te wè map priye a.1 Men esplikasyon sa a pou moun kap li a:

1-Li dwe fè woudou a byen fèt; sa vle di pou li pran dlo jan Allah te bay lòd li fè sa, pou li swiv pawòl Allah (ki gen tout pouvwa e ki pi wo a) ki di:

﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلَّذِينَ ءَامَنُوٓاْ إِذَا قُمۡتُمۡ إِلَى ٱلصَّلَوٰةِ فَٱغۡسِلُواْ وُجُوهَكُمۡ وَأَيۡدِيَكُمۡ إِلَى ٱلۡمَرَافِقِ وَٱمۡسَحُواْ بِرُءُوسِكُمۡ وَأَرۡجُلَكُمۡ إِلَى ٱلۡكَعۡبَيۡنِ...﴾

O nou menm ki kwè! Lè nap leve pou nal fè lapriyè , lave figi nou, lave men nou rive jis nan koud bra nou; pase men mouye sou tèt nou, epi lave pye nou rive jis nan zo jwenti pye nou. [Sourat Al-Ma'idah: 6] Vèsè.

Epi jan Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di:

َا تُقْبَلُ صَلَاةٌ بِغَيْرِ طُهُورٍ).

(Pa gen lapriyè ki aksepte san pirifikasyon)2.

Epi jan Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di moun ki pa te byen fè lapriyè li a:

(‌إِذَا ‌قُمْتَ ‌إِلَى ‌الصَّلَاةِ، ‌فَأَسْبِغِ ‌الْوُضُوءَ).

Lè ou kanpe pou ou al fè lapriyè, fè woudou (pirifikasyon)ou byen fèt.3

2. Moun kap priye a dwe vire fas li bò kote Kibla a (ki se Kaaba a), kote li ye a, ak tout kò li. Li dwe gen entansyon nan kè li pou lapriyè li pral fè a, kit se yon lapriyè obligatwa oswa yon lapriyè volontè . Li pa dwe pwononse entansyon an ak bouch li, paske pwononse entansyon an ak bouch pa nan lalwa relijyon an, okontrè se yon bagay yo envante ki pa nan relijyon an, paske Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)pa te janm pwononse entansyon li, ni konpanyon li yo (ki pou Allah satisfè ak yo) pa te fè sa. Moun nan dwe mete yon 'Soutrah' (yon mak devan li) si li se yon Imam oswa si lap priye pou kont li. Vire fas bò kote Kibla a se yon kondisyon pou lapriyè a valab, an wetan kèk ka espesyal ki byen esplike nan liv savan yo.

3. Li di 'Takbirat al-Iram' la, lè li di: 'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an), pandan li ap gade ak zye li kote li pral mete fwon li atè a (kote li pral fè pwostènasyon an).

4. Li leve 2 men li pandan li ap di 'Takbir' la, rive nan nivo zepòl li yo oswa nan nivo zòrèy li yo.

5. Li mete men li sou lestonmak li: li mete men dwat li sou do men gòch li, sou jwenti ponyèt la ak sou bra a; paske sa se yon bagay ki sèten ki soti nan pratik Pwofèt Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li).

6-Li se yon pratik ki rekòmande (Sounah) pou moun nan li yon 'Doua Al-Istiftah' (priyè pou ouvri lapriyè a), ki se :

(اللَّهُمَّ بَاعِدْ بَيْنِي وَبيْنَ خَطَايَايَ، كَمَا بَاعَدْتَ بَيْنَ المَشْرِقِ وَالمَغْرِبِ، اللَّهُمَّ نَقِّنِي مِنَ الخَطَايَا كَمَا يُنَقَّى الثَّوْبُ الأَبْيَضُ مِنَ الدَّنَسِ، اللَّهُمَّ اغْسِلْ خَطَايَايَ بِالمَاءِ وَالثَّلْجِ وَالبَرَدِ).

O Allah! Mete yon distans ant mwen menm ak peche mwen yo, menm jan ou mete yon distans ant kote solèy la leve ak kote solèy la kouche. O Allah! Netwaye mwen de pechem yo menm jan yo netwaye yon rad blan lè li gen kras sou li. O Allah! Lave pechem yo ak dlo, ak lanèj, epi ak lagrèl).4

Epi, si li vle, li kapab di sa a tou nan plas lòt la:

(سُبْحَانَكَ اللَّهُمَّ وَبِحَمْدِكَ، وَتَبَارَكَ اسْمُكَ، وَتَعَالَى جَدُّكَ، وَلَا إلَهَ غَيْرُكَ).

O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, non ou gen benediksyon, grandè ou anlè nèt, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an wetan ou menm.5 Si li itilize lòt fòm priyè ouvèti (Istiftah) ki sèten ki soti nan Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)pa gen pwoblèm nan sa. Men, sa ki pi bon an, se pou li fè yon fason pafwa, epi yon lòt fason pafwa; paske sa se fason ki pi konplè pou yon moun swiv Pwofèt la. Apre sa, li di: 'Mwen mande Allah pwoteksyon kont dyab la yo chase a' (A'ouzou billah), 'Nan non Allah ki gen anpil mizèrikòd, ki gen anpil konpasyon' (Bismillah), epi li li Sourat Al-Fatiha, paske Pwofèt la(lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di:"

(لَا صَلَاةَ لِمَنْ لَمْ يَقْرَأْ بِفَاتِحَةِ الكِتَابِ).

Pa gen lapriyè pou yon moun ki pa li chapit ki ouvri liv la (Al-Fatiha).6 Epi apre sa, li di: 'Amiiin'—fò ak vwa li nan lapriyè ki fèt fò yo, epi dousman nan kè li nan lapriyè ki fèt an sekrè yo. Apre sa, li sa ki fasil pou li nan Koran an. Li pi bon pou li li apre Al-Fatiha, nan lapriyè zour (midi), Asr (apremidi), ak Icha (lannwit), kèk sourat ki nan mitan pati 'Moufassal' la; nan lapriyè Fajr , li dwe li sourat ki pi long yo; epi nan lapriyè Magreb (nan kouche solèy), pafwa li li sourat ki long, pafwa li li sourat ki kout, pou li kapab swiv tout adit ki egziste sou sa.

7. Li fè 'Ruku' (li panche kò li) pandan li ap di 'Allahu Akbar' epi l ap leve 2 men li rive nan nivo zepòl li oswa zòrèy li. Li dwe mete tèt li nan menm nivo ak do li (pou do li dwat), epi li mete men li sou jenou li ak dwèt li yo louvri. Li dwe pran pozisyon sa a ak kalm (san prese), epi li di: 'Subhana Rabbiyal 'Adhim' (Glwa pou Mèt mwen ki gen anpil grandè). Li pi bon pou li repete sa 3 fwa oswa plis, epi li rekòmande pou li di tou

(‌سُبْحَانَكَ ‌اللَّهُمَّ ‌وَبِحَمْدِكَ، ‌اللَّهُمَّ ‌اغْفِرْ ‌لِي).

Glwa pou Ou o Allah, Mèt nou, ak lwanj pou Ou. O Allah! Padone peche m yo)7

8. Li leve tèt li soti nan pozisyon 'Ruku' a (pozisyon kote li te panche a), pandan lap leve 2 men li rive nan nivo zepòl li oswa zòrèy li, epi lap di: Allah koute sila ki fè lwanj pou li. Si li se yon Imam (moun kap dirije lapriyè a) oswa si lap priye pou kont li—epi pandan li ap kanpe dwat la, li di:

(رَبَّنَا وَلَكَ الحَمْدُ حَمْدًا كَثِيرًا طَيِّبًا مُبَارَكًا فِيهِ مِلْءَ السَّمَواتِ وَمِلْءَ الأَرْضِ، وَمِلْءَ مَا شِئتَ مِنْ شَيءٍ بَعدُ).

O Senyè nou, tout louwanj se pou ou yon louwanj ki anpil, ki pi e ki beni, ki ranpli syèl yo ak tè a, epi ki ranpli tout sa ou vle apre sa.8

Men, si se yon moun kap priye dèyè yon imam, lè sa a, lè li ap drese kòl, lap di: Sèyè nou, e pou ou tout louwanj ye, jiska lafen sa ki te mansyone anvan an. E si chak youn nan yo—sa vle di imam nan, moun kap swiv la, ak moun kap priye poukont li a—ajoute—

َهْلَ الثَّنَاءِ وَالْمجْدِ، أَحَقُّ مَا قَالَ العَبْدُ، وَكُلُّنَا لَكَ عَبْدٌ: اللَّهُمَّ لَا مَانِعَ لِمَا أَعْطَيْتَ، وَلَا مُعْطِيَ لِمَا مَنَعْتَ، وَلَا يَنْفَعُ ذَا الجَدِّ مِنْكَ الجَدُّ).

Ou menm ki merite tout lwanj ak tout glwa, ki pi merite sa yon sèvitè ka di, e nou tout se sèvitè pou ou: O Allah, pèsonn pa ka anpeche sa ou bay, e pèsonn pa ka bay sa ou refize, e grandè moun ki genyen li lan pap sèvi li anyen devan Ou.9 Ebyen, sa se yon bon bagay, paske li sèten (li gen prèv) sa te soti nan Pwofèt (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) la."

Li rekòmande pou chak moun nan yo — sa vle di Imam nan, moun kap priye dèyè li a (Mamoum), ak moun ki ap priye pou kont li a — mete men li sou lestonmak li, menm jan li te fè sa pandan li te kanpe anvan li te panche a (Ruku). Sa se paske gen prèv ki sèten ki montre sa soti nan Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li), nan adit Wa'il bin Houjr ak Sahl bin Sa'd (se pou Allah satisfè ak yo 2 a).

9. Li desann pou li fè pwostènasyon (Soudjoud) pandan li ap di 'Allahu Akbar'. Li dwe mete jenoul atè anvan menl, si sa fasil pou li. Men, si sa difisil pou li, li ka mete men li anvan jenoul. Li dwe vire pwent dwèt pye li yo ak pwent dwèt men li yo bò kote 'Kibla' a, pandan lap kole dwèt men li yo ansanm epi lap lonje yo (bò kote tèt li). Li dwe apiye sou 7 pati nan kòl: fwon li ansanm ak nen li, 2 pla men li yo, 2 jenou li yo, ak anba dwèt pye li yo. Li di: 'Subhana Rabbiyal A'la' (Glwa pou Mèt mwen ki pi wo a). Li rekòmande (Sounah) pou li di sa 3 fwa oswa plis, epi li bon pou li di tou.

(سُبْحانَكَ اللَّهُمَّ رَبَّنا وَبِحَمْدِكَ، اللَّهُمَّ اغْفِرْ لِي).

(Glwa pou Ou, O Allah, Seyè nou an, e tout louwanj se pou Ou, O Allah, padonem), Epi se pou li miltipliye dou'a, dapre pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):

(‌أَمَّا ‌الرُّكُوعُ، ‌فَعَظِّمُوا ‌فِيهِ ‌الرَّبَّ، وَأَمَّا السُّجُودُ، فَاجْتَهِدُوا فِي الدُّعَاءِ، فَقَمِنٌ أَنْ يُسْتَجَابَ لَكُمْ).

Kanta pou 'Ruku' a (lè nou panche a), se pou nou bay Mèt la glwa ladan li(fè lwanj pou grandè Li). Men kanta pou 'Soudjoud' la (lè nou mete fwon nou atè a), se pou nou fè anpil jefò nan fè priyè ladan li,paske se nan moman sa a li plis kapab pou Allah reponn nou.10

Epi li mande Senyè li a pou byenfè lavi isiba ak lavi aprè lanmò. Kit lapriyè a se yon lapriyè obligatwa oswa yon lapriyè volontè . Li dwe kenbe bra li yo lwen kòt li, li kenbe vant li lwen kwis li, epi kwis li lwen janm li. Epitou, li dwe leve 2 bwa li(soti nan koud rive nan ponyèt) pou yo pa touche tè a, paske Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di:

(اعْتَدِلُوا في السُّجُودِ، وَلَا يَبْسُطْ أَحَدُكُمْ ذِرَاعَيْهِ انْبِسَاطَ الكَلْبِ).

Kenbe kò nou nan yon bon pozisyon pandan nap fè 'Soudjoud' la, epi piga okenn nan nou lonje 2 bra li atè plat menm jan yon chen lonje pat li11

10- Li leve tèt li pandan lap di: Allahou akbar, epi li kouche pye goch li atè epi li chita sou li, epi li drese pye dwat li, epi li poze 2 men li yo sou kwis li yo ak sou jenou li yo, epi li di:

(رَبِّ اغْفِرْ لِي وَارْحَمْنِي وَاهْدِنِي وَارْزُقْنِي وَعَافِنِي وَاجْبُرْنِي).

Mèt mwen! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, gadem pou ou ,gidem, ban mwen mwayen pou mwen viv, ban mwen lasante, epi ranplase sa mwen pèdi yo/ranfòsem.12 Epi li dwe pran pozisyon sa a (chita a) ak kalm (san prese).

11. Li fè dezyèm pwostènasyon an (Soudjoud) pandan lap di 'Allahu Akbar', epi li fè menm jan li te fè nan premye pwostènasyon an.

12. Li leve tèt li pandan lap di 'Allahu Akbar', epi li chita yon ti moman tou kout, menm jan li chita ant de pwostènasyon yo; yo rele chita sa a 'Jalsat al-Istiraha' (ti chita pou pran souf). Li se yon pratik ki rekòmande,men si yon moun pa fè li, pa gen okenn peche nan sa. Pa gen okenn pawòl espesyal ni priyè (doua) pou yo di nan moman sa a. Apre sa, li leve kanpe pou li fè dezyèm 'Raka' a (dezyèm sik la) pandan lap apiye sou jenou li si sa fasil pou li. Si sa difisil pou li, li ka apiye men li atè pou li leve. Apre sa, li li Sourat Al-Fatiha ak sa ki fasil pou li nan Koran an, epi li fè tout mouvman yo menm jan li te fè nan premye 'Raka' a.

13- Si lapriyè a gen 2 'Raka' sèlman — sa vle di 2 sik — tankou lapriyè Fajr (priyè maten an) lapriyè Vandredi (Joumaa), oswa lapriyè de Fèt yo (Eid); apre moun nan fin leve soti nan dezyèm pwostènasyon (Soudjoud) an, li chita: li kite pye dwat li kanpe sou zòtèy li, epi li chita sou pye gòch li ki kouche plat . Li mete men dwat li sou kwis dwat li, li fèmen tout dwèt li yo eksepte endèks la (dwèt kap montre a) pou li fè siy kap raple Inisite Allah a (Tawhid). Si li prefere fèmen de dènye ti dwèt li yo, epi li fè yon sèk ak pous li ak dwèt mitan an pandan lap lonje endèks la, sa se yon bon bagay tou; paske de fason sa yo sèten ki soti nan Pwofèt la. Li pi bon pou li fè yon fason pafwa, epi lòt fason an yon lòt lè. Li mete men gòch li plat sou kwis gòch li ak sou jenou li, epi li li 'Tachahoud' la nan pozisyon sa a, ki se:

(التَّحِيَّاتُ للهِ وَالصَّلَوَاتُ وَالطَّيِّبَاتُ، السَّلَامُ عَلَيْكَ أَيُّهَا النَّبِيُّ وَرَحْمَةُ اللهِ وَبَرَكَاتُهُ، السَّلَامُ عَلَيْنَا وَعَلَى عِبَادِ اللهِ الصَّالِحِينَ، أَشْهَدُ أنْ لَا إلَهَ إلَّا اللهُ وَأَشْهَدُ أنَّ مُحَمَّدًا عَبْدُهُ وَرَسولُهُ).

(Tout salitasyon se pou Allah, ak lapriyè yo, ak tout bon bagay yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo. Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo. Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li), Apre sa, li di:

(اللَّهُمَّ صَلِّ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى آلِ مُحَمَّدٍ، كَمَا صَلَّيْتَ عَلَى إِبْرَاهِيمَ وَعَلَى آلِ إبْرَاهِيمَ؛ إِنَّكَ حَمِيدٌ مَجِيدٌ، وَبَارِكْ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى آلِ مُحَمَّدٍ، كَمَا بَارَكْتَ عَلَى إِبْرَاهِيمَ وَعَلَى آلِ إِبْرَاهِيمَ؛ إِنَّكَ حَمِيدٌ مَجِيدٌ).

(O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou glorye. Epi beni Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou glorye) .13

Epi li dwe mande Allah pwoteksyon kont 4 bagay, lè li di:

(اللَّهُمَّ إنِّي أَعُوذُ بِكَ مِنْ عَذَابِ جَهَنَّمَ، وَمِنْ عَذَابِ القَبْرِ، وَمِنْ فِتْنَةِ المَحْيَا وَالْمَمَاتِ، وَمِنْ شَرِّ فِتْنَةِ المَسِيحِ الدَّجَّالِ).

"(O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont pinisyon nan dife Lanfè, kont pinisyon nan tonbo, kont tantasyon (ak tribilasyon) lavi a ak lanmò, epi kont mal tantasyon fo mesye yo rele Mesye-Dajjal la)".14

Apre sa, li fè priyè lap mande Allah tout sa li vle nan bon bagay ki gen nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an. Si li priye pou paran li, oswa pou lòt musulman, pa gen okenn pwoblèm nan sa — kit lapriyè a se yon lapriyè obligatwa , kit li se yon lapriyè volontè . Sa se poutèt sa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di nan yon fason jeneral nan adit Ibn Mas'oud la (ki pou Allah satisfè avè l), lè li tap anseyel 'Tachahoud' la:"

(ثُمَّ ‌لِيَتَخَيَّرْ ‌مِنَ ‌الدُّعَاءِ بَعْدُ أَعْجَبَهُ إِلَيْهِ فَيَدْعُو).

(Apre sa, pou li chwazi pami siplikasyon yo sa ki pi agreyab pou li a, epi pou li sipliye) .15 E nan yon lòt vèsyon:

(‌ثُمَّ ‌لِيَخْتَرْ ‌مِنَ ‌الْمَسْأَلَةِ ‌مَا ‌شَاءَ).

(Apre sa, se pou li chwazi sa li vle pou li mande)16

Epi sa a gen ladanl tout bagay ki ka itil sèvitè a (kwayan an) nan lavi sou tè sa a ak nan lavi kap vini an. Apre sa, li bay 'Salam' (salitasyon) sou bò dwat li epi sou bò gòch li, pandan lap di: 'Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah' (Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou), 'Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah'.

14. Si lapriyè a gen 3 sik (Raka) tankou Maghrib, oswa 4 sik tankou Dhuhr, Asr ak Isha: li 'Tachahoud' nou sot di anvan an ansanm ak priyè sou Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Apre sa, li leve kanpe pandan lap apiye sou jenou li, epi li leve 2 men li rive nan nivo zepòl li oswa zòrèy li pandan li ap di: 'Allahu Akbar'. Li mete 2 men li sou lestonmak li jan sa te esplike anvan an, epi li li Sourat Al-Fatiha sèlman. Men, si pafwa li li kèk lòt vèsè anplis Fatiha a nan twazyèm ak katriyèm Raka nan lapriyè Dhuhr la, pa gen pwoblèm nan sa; paske gen prèv ki montre Pwofèt la (Ke Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn fè sa nan adit Abou Sa'id (ki pou Bondye satisfè avè l). Si yon moun pa fè priyè sou Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)apre premye Tachahoud la, pa gen pwoblèm tou, paske sa se yon bagay ki rekòmande men li pa obligatwa nan premye Tachahoud la. Apre sa, li fè 'Tachahoud' la ankò apre twazyèm Raka nan Maghrib la, epi apre katriyèm Raka nan Dhuhr, Asr ak Isha, jan nou te esplike li pou lapriyè ki gen 2 sik la. Apre sa, li bay 'Salam' sou bò dwat li epi sou bò gòch li, li mande Allah padon (Istighfar) 3 fwa, epi li di:

(اللَّهُمَّ أَنْتَ السَّلَامُ وَمِنْكَ السَّلَامُ، تَبَارَكْتَ يا ذَا الجَلَالِ وَالإِكْرَامِ).

(O Allah, Ou se Lapè a e lapè a soti nan Ou, Ou gen anpil benediksyon, O Mèt Majeste ak Onè)17 Anvan li vire bò kot moun yo si li se yon Imam, apre sa li di:

َا إلَهَ إلَّا اللهُ وَحْدَهُ لَا شَرِيكَ لَه، لَهُ المُلْكُ، وَلَهُ الحَمْدُ، وَهُوَ عَلَى كُلِّ شَيءٍ قَدِيرٌ، لَا حَوْلَ وَلَا قُوَّةَ إلَّا بِاللهِ، اللَّهُمَّ لَا مَانِعَ لِمَا أَعْطَيْتَ، وَلَا مُعْطِيَ لِمَا مَنَعْتَ، وَلَا يَنْفَعُ ذَا الجَدِّ مِنْكَ الجَدُّ، لَا إلَهَ إلَّا اللهُ، وَلَا نَعْبُدُ إلَّا إيَّاهُ، لَهُ النِّعْمَةُ وَلَهُ الفَضْلُ، وَلَهُ الثَّنَاءُ الحَسَنُ، لَا إلَهَ إلَّا اللهُ مُخْلِصِينَ لَهُ الدِّينَ وَلَو كَرِهَ الكَافِرُونَ).

"Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Pa gen okenn mwayen ni okenn fòs si se pa avèk pèmisyon Allah. O Allah! Pa gen pèsonn ki ka anpeche sa Ou deside bay, epi pa gen pèsonn ki ka bay sa Ou deside anpeche. Richès oswa pozisyon yon moun pa ka sèvi l anyen devan Ou (se sèl aksyon l k ap sove l). Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi nou pa adore pèsonn lòt pase Li. Se nan Li tout benediksyon soti, se pou Li tout favè yo ye, epi se pou Li tout bèl lwanj yo ye. Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah; nou ba Li tout devosyon nou ak tout senserite nou nan relijyon an, menm si sa pa fè moun ki pa kwè yo plezi.18

Epi li di 'Subhanallah' (Glwa pou Allah ) 33 fwa, li di 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah ) 33 fwa, epi li di 'Allahu Akbar' (Allah pi gran) 33 fwa. Poul ka rive nan san (100), li di: 'Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay'. Apre sa, li li 'Ayat al-Kursi', epi li li Sourat 'Al-Ikhlas' (Qul huwa Allahu Ahad), Sourat 'Al-Falaq', ak Sourat 'An-Nas' apre chak lapriyè. li rekòmande pou li repete 3 dènye sourat sa yo 3 fwa wa aprè lapriyè 'Fajr' (lapriyè nan maten an)ak apre lapriyè 'Maghrib' (aswè); paske gen adit ki soti nan Pwofèt la ki montre sa. Tout pawòl sa yo (Adhkar) se 'Sounah' (bagay ki rekòmande), yo pa obligatwa."

Li preskri pou chak mizilman gason ak mizilman fi pou yo priye anvan salat Dhuhr 4 raka epi apre li 2 raka, epi apre salat Maghrib 2 raka, epi apre salat Isha 2 raka, epi anvan salat Fajr 2raka. Sa fè yon total douz raka. Yo rele raka sa yo Rawatib; paske Pwofèt la te konn fè yo regilyèman lè li pa te an vwayaj. Kanta pou lè li nan vwayaj, Pwofèt la (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li)te konn kite lapriyè volontè sa yo, esepte 2 rak'a ki fèt anvan lapriyè Fajr la ak lapriyè 'Witr' la. Paske, li menm (benediksyon ak lapè Allah sou li) te toujou kenbe 2 sa yo fèm, kit li te lakay li, kit li te nan vwayaj. Sa ki pi bon an, se pou yon moun fè lapriyè 'Rawatib' sa yo ak 'Witr' la lakay li; men si li fè yo nan Moske a, pa gen okenn pwoblèm nan sa, paske Pwofèt la te di:"

َفْضَلُ صَلَاةِ المَرْءِ في بَيْتِهِ، إلَّا الصَّلَاةَ المَكْتُوبَةَ).

Meyè lapriyè yon moun se nan kay li, sof lapriyè obligatwa a.19

E obsèvasyon regilye rak'at sa yo se pami mwayen pou antre nan Paradi, daprè pawòl Pwofèt la (ke lapriyè ak lapè Allah desann sou li):

(مَنْ صَلَّى اثْنَتَيْ عَشْرَةَ رَكْعَةً فِي يَومٍ وَلَيْلَةٍ، بُنِيَ لَه بِهِنَّ بَيْتٌ فِي الجَنَّةِ).

Moun ki priye douz raka nan yon jou ak yon nwit, yo va bati pou li yon kay nan Paradi.20

E si li priye 4 anvan Asr, ak 2 anvan lapriyè Maghrib, ak 2 anvan lapriyè Isha, sa se yon bon bagay; paske gen rapò otantik ki soti bò kot Pwofèt la ki endike sa. E si li priye 4 aprè Dhuhr ak 4 anvan li, sa se yon bon bagay; poutèt pawòl li (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li).

(مَنْ ‌حَافَظَ ‌عَلَى ‌أَرْبَعِ ‌رَكَعَاتٍ ‌قَبْلَ ‌الظُّهْرِ، وَأَرْبَعٍ بَعْدَهَا حَرَّمَهُ اللَّهُ عَلَى النَّارِ).

Moun ki obsève regilyèman 4 rak'ah anvan Dhuhr, ak 4 aprè li, Allah ap fè kò li sakre pou Dife a.21 Sa vle di, li ajoute 2 'Raka' anplis sou lapriyè 'Sounah Rawatib' ki fèt aprè Dhuhr la. Paske, 'Sounah Rawatib' nòmal la se 4 'Raka' anvan Dhuhr epi 2 'Raka' aprè li.

Konsa, si li ajoute 2 lòt 'Raka' aprè sa (sa vin fè 4 apre), lap jwenn rekonpans ki mansyone nan adit Oum Habibah la (ki pou Bondye satisfè avè l).

Epi se nan men Allah sèl siksè a soti (se Li ki bay siksè). Se pou benediksyon ak lapè Allah sou Pwofèt nou an, Muhammad bin Abdullah, sou fanmi li, sou konpanyon li yo, ak sou tout moun ki swiv chemen li ak senserite jouk jou jijman an.

 

 

 

***

 

ht395v2.1 - 06/06/2026


Mouslim rapòte l,

Rapò

Se Boukari ki rapòte li nan nimewo (744), ak Mouslim, nan nimewo (598).

Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (399).

Se Al-Boukari ki rapòte li, nan nimewo (756).

Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (817), ak Mouslim, anba nimewo (484).

Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (711), ak Muslim, nimewo (598).

Mouslim rapòte l, nimewo (477).

Rapòte pa Mouslim, nimewo (479).

Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (788), e Mouslim, nimewo (493).

Rapòte pa Tirmidhi, nimewo (284), Abou Dawoud, nimewo (850), ak Ibn Mājah, nimewo (898).

Rapòte pa Al-Bukhari, anba nimewo (797), ak Muslim, anba nimewo (402).

Al-Boukhari rapòte li, anba nimewo (1311), e Mouslim, anba nimewo (588).

Rapòte pa An-Nasa'i, anba nimewo (1298).

Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (402).

Mouslim rapòte l, anba nimewo (591).

Rapòte pa Mouslim, nimewo (402)

Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (6860).

Rapòte pa Mouslim, nan nimewo (728).

Rapòte pa Ahmad, nimewo (25547), at-Tirmidhi, nimewo (393), ak Abou Dawoud, nimewo (1077).

Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (605).