العَقِيدَةُ الصَّحِيْحَةُ وَمَا يُضَادُّهَا
Vrè Kwayans lan ak sa ki kontredi li
لِسَمَاحَةِ الشَّيْخِ العَلَّامَةِ
عَبْدِ العَزِيزِ بْنِ عَبْدِ اللهِ بْنِ بَازٍ
رَحِمَهُ اللهُ
Ekri pa Ekselans Cheik la
Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Premye Mesaj la
Vrè Kwayans lan ak sa ki kontredi li
Tout louwanj se pou Allah, Li menm sèl, e se pou lapriyè ak lapè sou sila a ki pa gen pwofèt aprè li a, epitou sou fanmi li ak konpayon li yo.
Aprè sa: Kòm vre kwayans lan se rasin relijyon Islam nan, epi li se fondasyon relijyon an, mwen te wè li enpòtan poum pale sou sijè sa a, epi poum ekri ak konpoze poum eksplike li klè
Epi li konnen atravè prèv jiridid ki soti nan Liv la (koran an)ak Tradisyon an (Sunnah): aksyon ak pawòl yo ap bon epi yap aksepte sèlman si yo soti nan yon kwayans ki dwat, men si kwayans lan pa dwat, tou sa ki soti ladan li kòm aksyon ak pawòl ap anile, jan Allah Toupisan an te di:
﴿...وَمَن يَكۡفُرۡ بِٱلۡإِيمَٰنِ فَقَدۡ حَبِطَ عَمَلُهُۥ وَهُوَ فِي ٱلۡأٓخِرَةِ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ﴾
"Epi moun ki nye lafwa a, tout sa li te fè yo pa vo anyen ankò, epi nan lavi aprè a, lap pami moun ki pèdi yo". [Al-Ma'idah: 5]
Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَلَقَدۡ أُوحِيَ إِلَيۡكَ وَإِلَى ٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِكَ لَئِنۡ أَشۡرَكۡتَ لَيَحۡبَطَنَّ عَمَلُكَ وَلَتَكُونَنَّ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ 65﴾
"Yo te voye revelasyon ba ou ak moun ki te anvan ou yo: si ou ta bay Allah asosye (fè Chirk), tout travay ou (aksyon ou) ap pèdi valè nèt, epi wap nan gwoup moun ki pèdi nèt yo". [Az-Zoumar: 65].
Epi gen anpil lòt vèsè ki di menm bagay sa a. Liv Allah a (koran an)ki klè a ansanm ak Tradisyon (Sunnah) mesaje fidèl li a -se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li- te moutre nou vre kwayans lan chita sou 6 pwen, ki se: Kwè nan Allah ,nan zanj li yo, nan liv li yo, nan mesaje li yo, nan dènye jou a, epi nan sa kap gen pou rive (desten an), kit li bon kit li pa bon. Konsa, 6 pwen sa yo se: fondasyon vrè kwayans lan ki te desann nan Allah senyè toupwisan an, epi Allah te voye mesaje li Muhammad (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) avèk yo.
Epi gen anpil prèv ki soti nan Liv la (Koran an) ak nan Tradisyon (Sunnah) ki kòrèk yo sou 6 prensip sa yo, epi pami yo kòm egzanp genyen sa yo:
Premyèman: Prèv ki soti nan Liv la; pami yo genyen pawòl Allah senyè toupwisan an :
﴿لَّيۡسَ ٱلۡبِرَّ أَن تُوَلُّواْ وُجُوهَكُمۡ قِبَلَ ٱلۡمَشۡرِقِ وَٱلۡمَغۡرِبِ وَلَٰكِنَّ ٱلۡبِرَّ مَنۡ ءَامَنَ بِٱللَّهِ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِ وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةِ وَٱلۡكِتَٰبِ وَٱلنَّبِيِّـۧنَ...﴾
"Bonte a (vrè pyete)se pa vire figi nou bò kote solèy leve oswa bò kote solèy kouche, men bonte a se moun ki kwè nan Allah, nan dènye jou a, nan zanj yo, nan liv la ak nan pwofèt yo...". [Al-Baqarah: 177].
Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil e ki egzalte a:
﴿ءَامَنَ ٱلرَّسُولُ بِمَآ أُنزِلَ إِلَيۡهِ مِن رَّبِّهِۦ وَٱلۡمُؤۡمِنُونَۚ كُلٌّ ءَامَنَ بِٱللَّهِ وَمَلَٰٓئِكَتِهِۦ وَكُتُبِهِۦ وَرُسُلِهِۦ لَا نُفَرِّقُ بَيۡنَ أَحَدٖ مِّن رُّسُلِهِ...﴾
"Pwofèt la kwè nan sa Seyè li a te voye desann ba li, epi moun ki gen lafwa yo kwè tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan Liv li yo, ak nan pwofèt li yo. Nou pa fè okenn diferans ant pwofèt li yo..." [Al-Baqarah: 285].
Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil e ki egzalte a:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلَّذِينَ ءَامَنُوٓاْ ءَامِنُواْ بِٱللَّهِ وَرَسُولِهِۦ وَٱلۡكِتَٰبِ ٱلَّذِي نَزَّلَ عَلَىٰ رَسُولِهِۦ وَٱلۡكِتَٰبِ ٱلَّذِيٓ أَنزَلَ مِن قَبۡلُۚ وَمَن يَكۡفُرۡ بِٱللَّهِ وَمَلَٰٓئِكَتِهِۦ وَكُتُبِهِۦ وَرُسُلِهِۦ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِ فَقَدۡ ضَلَّ ضَلَٰلَۢا بَعِيدًا 136﴾
"O nou menm ki kwè yo (ki gen lafwa you)! Se pou nou kwè nan Allah ak nan Mesaje li a, ak nan Liv li te voye desann bay Mesaje li a, ansanm ak Liv li te voye desann anvan an. Nenpòt moun ki nye Allah ,zanj li yo, liv li yo, mesaje li yo, ak dènye jou a, li pèdi nèt nan yon egare ki byen lwen".
[An-Nisa: 136].
Epi pawòl li(Allah ) ki sen anpil la:
﴿أَلَمۡ تَعۡلَمۡ أَنَّ ٱللَّهَ يَعۡلَمُ مَا فِي ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِۚ إِنَّ ذَٰلِكَ فِي كِتَٰبٍۚ إِنَّ ذَٰلِكَ عَلَى ٱللَّهِ يَسِيرٞ 70﴾
"Èskew pa konnen Allah konnen tout sa ki nan syèl yo ak sou tè a? Anverite, tout bagay sa yo anrejistre nan yon Liv. Anverite, sa se yon bagay ki fasil pou Allah". [Al-Hadj: 70].
Dezyèmman: Prèv ki soti nan Tradisyon an (Sunnah); pami yo genyen diskou (Hadith) ki kòrèk epi ki selèb la, Muslim te rapòte nan liv li a, ki soti nan diskou chèf kwayan yo, Omar pitit gason Al-Khattab (se pou Allah kontan avè l), kote zanj Jibril (lapè sou li) te mande Pwofèt la (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) sou lafwa, epi li te reponn li:
«الإِيمَانُ أَنْ تُؤْمِنَ بِاللَّهِ، وَمَلَائِكَتِهِ، وَكُتُبِهِ، وَرُسُلِهِ، وَاليَوْمِ الآخِرِ، وَتُؤْمِنَ بِالقَدَرِ خَيْرِهِ وَشَرِّهِ».
«Lafwa se pou ou kwè nan Allah, ak nan zanj li yo, ak nan Liv li yo, ak nan pwofèt li yo, ak nan Dènye Jou a, epi pou ou kwè nan Predestinasyon an, nan byen li ak nan mal li»1 Hadith la, Epi Al-Bukhari ak Muslim rapòtel - ak yon ti diferans - nan adit Abou Hurayrah, ke Allah satisfè de li.
Epi tout sa yon Mizilman dwe kwè ladan li soti nan 6 rensip sa yo: tout sa li dwe kwè konsènan Allah senyè toupwisan an konsènan lavi aprè lanmò a, ak lòt bagay ki kache nou pa wè yo; tout sa senyè toupwisan an ak Mesaje li a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) te fè nou konnen.
Epi esplikasyon 6 prensip sa yo prezante konsa:
Premye Prensip la: Lafwa nan Allah
Li gen ladanl plizyè bagay, tankou : Kwè ke se li menm ki sèl vrè Allah ki merite pou yo adore li san okenn lòt asosye ; paske se li menm ki kreyatè sèvitè yo, se li ki fè yo byen, se li ki bay yo manje ak sa yo bezwen pou yo viv, li konnen sekrè yo ak sa yo fè an piblik, epi li gen pouvwa pou li rekonpanse moun ki obeyil epi pini moun ki dezobeyi li.
Epi Allah te kreye 2 gwoup yo (moun ak djinn) pou adorasyon sa a, epi li te ba yo lòd pou yo fèl, fason senyè toupwisan an te di:
﴿وَمَا خَلَقۡتُ ٱلۡجِنَّ وَٱلۡإِنسَ إِلَّا لِيَعۡبُدُونِ 56 مَآ أُرِيدُ مِنۡهُم مِّن رِّزۡقٖ وَمَآ أُرِيدُ أَن يُطۡعِمُونِ 57 إِنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلرَّزَّاقُ ذُو ٱلۡقُوَّةِ ٱلۡمَتِينُ 58﴾
"56- Mwen pat kreye Djinn yo ak moun yo pou okenn lòt rezon, esepte pou yo ka adorem sèlman.
57: Mwen pa mande yo okenn manje oswa mwayen pou yo viv, epi mwen pa mande yo pou yo banm manje.
58: Anverite, se Allah ki bay manje ak sa moun bezwen pou yo viv (founisè a), se Li ki gen fòs la, epi ki gen anpil pouvwa". [Adh-Dhariyat: 56-58].
Men sa senyè toupwisan an di:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ ٱعۡبُدُواْ رَبَّكُمُ ٱلَّذِي خَلَقَكُمۡ وَٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِكُمۡ لَعَلَّكُمۡ تَتَّقُونَ21 ٱلَّذِي جَعَلَ لَكُمُ ٱلۡأَرۡضَ فِرَٰشٗا وَٱلسَّمَآءَ بِنَآءٗ وَأَنزَلَ مِنَ ٱلسَّمَآءِ مَآءٗ فَأَخۡرَجَ بِهِۦ مِنَ ٱلثَّمَرَٰتِ رِزۡقٗا لَّكُمۡۖ فَلَا تَجۡعَلُواْ لِلَّهِ أَندَادٗا وَأَنتُمۡ تَعۡلَمُونَ 22﴾
"21: O nou menm moun yo! Adore Mèt nou an, Limenm ki te kreye nou ansanm ak moun ki te anvan nou yo, pou nou kapab gen krentif pou Li.
22: Li menm ki te fè tè a tounen yon kabann pou nou, epi li fè syèl la tounen yon tèt kay, epi li fè dlo desann soti nan syèl la, epi avèk dlo sa a li fè fwi pouse pou ban nou manje; konsa, piga nou bay Allah asosye (lòt dye) pandan nou konnen byen sa nap fè a". [Al-Baqarah: 21-22].
Epi Allah te voye mesaje yo epi li te fè desann liv yo: pou esplike verite sa a, pou envite moun ladanl, epi pou avèti yo kont sa ki kontredil, jan Allah ki sen an, Toupwisan an te di:
﴿وَلَقَدۡ بَعَثۡنَا فِي كُلِّ أُمَّةٖ رَّسُولًا أَنِ ٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ وَٱجۡتَنِبُواْ ٱلطَّٰغُوتَ...﴾
"Epi anverite, nou te voye yon mesaje nan chak nasyon pou di yo: « Adore Allah sèlman, epi rete lwen tout sa yo adore nan plas Allah".
[An-Nahl: 36].
Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَمَآ أَرۡسَلۡنَا مِن قَبۡلِكَ مِن رَّسُولٍ إِلَّا نُوحِيٓ إِلَيۡهِ أَنَّهُۥ لَآ إِلَٰهَ إِلَّآ أَنَا۠ فَٱعۡبُدُونِ25﴾
"Epi nou pat voye okenn mesaje anvan ou san nou pa te ba li revelasyon sa a: « Pa gen okenn lòt vrè dye pase Mwen(Allah )menm sèl, konsa, se Mwen menm sèlman pou nou adore".
[Al-Anbiya: 25].
Men sa Sila a ki gen tout pouvwa ak tout majeste a di:
﴿الر كِتَابٌ أُحْكِمَتْ آيَاتُهُ ثُمَّ فُصِّلَتْ مِنْ لَدُنْ حَكِيمٍ خَبِيرٍ1 أَلَّا تَعْبُدُوا إِلَّا اللَّهَ إِنَّنِي لَكُمْ مِنْهُ نَذِيرٌ وَبَشِيرٌ2﴾
"1- Alif, Lam, Ra. Se yon liv vèsè li yo byen fèm (solid), epi aprèsa yo byen detaye avèk klète; li soti nan kote yon senyè toupwisan ki gen anpil bon konprann epi ki konnen tout bagay.
2: Piga nou adore okenn lòt moun pase Allah sèlman. Anverite, mwen se yon moun kap avèti nou, epi kap pote bòn nouvèl pou nou, ki soti nan kote Li". [Houd: 1-2].
Epi verite adorasyon sa a se: bay Allah sèlman, Limenm ki sen epi ki toupwisan an, tout sa sèvitè yo fè kòm adorasyon; tankou lapriyè (demand), krentif, espwa, lapriyè (salat), jèn, ofrann bèt, ak tout lòt kalite adorasyon, nan yon fason kote moun nan soumèt devan Li, ak anvi pou jwenn rekonpans li, ak krentif pou chatiman Li, ansanm ak yon renmen ki total pou li, epi imilite devan grandè li.
Epi moun ki byen gade nan Koran an, lap jwenn pifò ladanl te desann sou gwo prensip sa a; jan Allah ki sen epi ki toupwisan an te di:
﴿إِنَّآ أَنزَلۡنَآ إِلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ فَاعْبُدِ اللَّهَ مُخْلِصًا لَهُ الدِّينَ 2 أَلَا لِلَّهِ الدِّينُ الْخَالِصُ وَٱلَّذِينَ ٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ أَوۡلِيَآءَ مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ إِنَّ ٱللَّهَ يَحۡكُمُ بَيۡنَهُمۡ فِي مَا هُمۡ فِيهِ يَخۡتَلِفُونَۗ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي مَنۡ هُوَ كَٰذِبٞ كَفَّارٞ3﴾
"2: Se vre wi, Nou voye Liv la ba wou ak tout verite a. Konsa, se pou ou adore Allah sèlman, epi fè relijyon ou ak tout aksyon ou se pou li menm sèl yo ye nèt (san okenn melanj)
3: Koute byen! Se pou Allah sèlman relijyon ki san melanj lan ye. Epi moun ki pran lòt pwotektè (oswa lòt dye) nan plas Li yo di: « Nou pa adore yo pou lòt bagay, se sèlman pou yo ka pwoche nou pi prè Allah. » Anverite, Allah ap jije yo menm sou sa yo pat dakò sou li a. Allah pa dirije moun ki mantè epi ki pa gen rekonesans (ki nye laverite)".
[Az-Zoumar: 2-3].
Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil la e ki egzalte a:
﴿وَقَضَىٰ رَبُّكَ أَلَّا تَعۡبُدُوٓاْ إِلَّآ إِيَّاهُ...﴾
"Epi Mèt ou a te bay lòd pou nou pa adore pèsonn lòt pase li menm sèl...". [Al-Isra: 23].
Epi pawòl li, Sila a ki gen pouvwa ak glwa a:
﴿فَٱدۡعُواْ ٱللَّهَ مُخۡلِصِينَ لَهُ ٱلدِّينَ وَلَوۡ كَرِهَ ٱلۡكَٰفِرُونَ14﴾
"Se konsa, adore Allah epi ba li tout devouman nou nèt nan relijyon an, menmsi moun ki pa kwè yo pa ta renmen sa". [Ghafir: 14].
Epi konsa, moun ki byen gade nan Tradisyon (Sunnah) Pwofèt la, lap jwenn enpòtans yo bay gwo prensip sa a tou. Pami sa yo jwenn genyen: sa ki rapòte nan 2 liv ki pi kòrèk yo (Al-Bukhari ak Muslim) ki soti nan Muadh (se pou Allah kontan avèl), kote Pwofèt la (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) te di:
«حَقُّ اللهِ عَلَى العِبَادِ أَن يَعْبُدُوهُ وَلَا يُشْرِكُوا بِهِ شَيْئًا».
Dwa Allah genyen sou sèvitè li yo, se pou yo adore li epi pou yo pa bay li okenn asosye.2
Epi tou, kwè nan Allah gen ladan li: kwè nan tout sa Li rann obligatwa pou sèvitè li yo, ak tout sa Li kòmande yo fè; tankou 5 pilye Islam yo ki parèt aklè yo.
Epi yo se: temwayaj pa gen okenn lòt vrè dye pase Allah, epi Muhammad se mesaje Allah, fè lapriyè (salat), bay lacharite (zaka), fè jèn nan mwa Ramadan, ak fè pelerinaj nan kay ki sakre a (Hadj) pou moun ki gen mwayen fè sa, ansanm ak tout lòt obligasyon lalwa (Charia) te pote yo.
Epi Pilye ki pi enpòtan ak sa ki pi gran nan pami yo se: temwayaj pa gen okenn lòt vrè dye pase Allah ,epi Muhammad se mesaje li. Temwayaj sa a mande pou: bay Allah sèlman tout adorasyon nèt, epi rejte nenpòt lòt moun oswa lòt bagay. Sa a se sans "la ilaha illa Allah" la; sans li — jan savan yo (se pou Allah gen pitye pou yo) te di a se: pa gen okenn lòt moun oswa bagay ki merite pou yo adorel tout bon vre pase Allah. Daprè sa: tout sa moun adore nan plas Allah senyè toupwisan an— kit se moun, zanj, djinn oswa nenpòt lòt bagay — yo adore yo nan manti, epi sèl sa yo dwe adore tout bon vre se Allah sèlman ki pa gen okenn asosye, jan Allah ki sen epi ki toupwisan an te di:
﴿ذَٰلِكَ بِأَنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلۡحَقُّ وَأَنَّ مَا يَدۡعُونَ مِن دُونِهِۦ هُوَ ٱلۡبَٰطِلُ...﴾
"Sa se paske Allah se li menm ki Verite a, epi tou sa yap priye nan plas li se manti...". [hadj: 62].
Epi nou te deja esplike: Allah ki sen epi ki toupwisan an te kreye 2 gwoup yo (moun ak djinn) pou gwo prensip fondamantal sa a, Li te ba yo lòd pou yo swiv li, Li te voye mesajel yo avèk li, epi Li te fè desann liv Li yo pou sa. Se sa ki fè, sèvitè a dwe byen medite sou sa epi reflechi sou li anpil; poul ka wè aklè gwo inyorans pifò Mizilman tonbe ladan li konsènan prensip sa a; jouk yo rive adore lòt bagay ansanm ak Allah, epi yo bay lòt moun dwa ki se pou Allah sèlman an. Se nan men Allah sèlman nou mande sekou.
Epi nan kwè nan Allah ki sen an tou: se pou nou kwè se Li ki kreyatè linivè a, se Li kap jere tout afè yo, epi Li fè sa li vle ak yo ak konesans Li ak pouvwa Li jan li vle a. Se Li ki mèt mond sa a ak mond aprè a, se Li ki Mèt tout linivè a; pa gen lòt kreyatè pase Li, epi pa gen lòt Mèt pase Li. Epi, li te voye Mesaje yo, epi li te desann Liv yo; pou li te ka mete bon lòd nan lavi sèvitè yo, epi poul te rele yo nan sa ki gen delivrans ak byennèt pou yo, nan lavi sa a ak nan aprè lamò a. Epi li menm ki sen anpil la pa gen okenn asosye pou li nan tout sa, men sa senyè toupwisan di:
﴿ٱللَّهُ خَٰلِقُ كُلِّ شَيۡءٖۖ وَهُوَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ وَكِيلٞ 62﴾
"Allah se kreyatè tout bagay, epi se Li menm kap jere tout bagay (se Li ki responsab tout bagay)".
[Az-Zoumar: 62].
Men sa senyè toupwisan an di:
﴿إِنَّ رَبَّكُمُ ٱللَّهُ ٱلَّذِي خَلَقَ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَ فِي سِتَّةِ أَيَّامٖ ثُمَّ ٱسۡتَوَىٰ عَلَى ٱلۡعَرۡشِۖ يُغۡشِي ٱلَّيۡلَ ٱلنَّهَارَ يَطۡلُبُهُۥ حَثِيثٗا وَٱلشَّمۡسَ وَٱلۡقَمَرَ وَٱلنُّجُومَ مُسَخَّرَٰتِۭ بِأَمۡرِهِۦٓۗ أَلَا لَهُ ٱلۡخَلۡقُ وَٱلۡأَمۡرُۗ تَبَارَكَ ٱللَّهُ رَبُّ ٱلۡعَٰلَمِينَ54﴾
"Anverite, Mèt nou se Allah ,Li menm ki te kreye syèl la ak tè a nan 6 jou, epi aprèsa Li te monte sou Twòn nan (Arsh). Li fè lannwit lan kouvri lajounen an, yonn ap swiv lòt san rete. Li te kreye solèy la, lalin nan, ak zetwal yo; yo tout ap obeyi lòd Li. Koute byen! Se pou Li sèl kreyasyon an ak kòmandman an ye. Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a". [Al-Araf: 54].
Epi nan kwè nan Allah (Iman) gen ladan li tou: Kwè nan bèl non Li yo (Al-Asma al-Husna) ak kalite siperyè Li yo (As-Sifat al-Ula) ki ekri nan Liv Li a (Koran an) ak sa ki fèm ki soti nan kote Mesaje li a ki fidèl la, san defòmasyon, nye, kesyone nati yo, oswa konpare yo ak nenpòt lòt bagay.
﴿...لَيۡسَ كَمِثۡلِهِۦ شَيۡءٞۖ وَهُوَ ٱلسَّمِيعُ ٱلۡبَصِيرُ﴾
"...Pa gen anyen ki sanble avèk li; epi se li menm ki tande tout bagay, epi ki wè tout bagay".
[Ash-Shoura: 11].
Se sa ki fè, nou dwe kite yo pase jan yo te vini an san nou pa chèche konnen "kijan" yo ye , pandan nap kwè nan gran sans yo genyen ki se kalite pou Allah, toupwisan an. Li obligatwa pou nou rekonèt li gen kalite sa yo nan yon fason ki diy pou li, san li pa sanble ak kreyatil yo nan okenn nan kalite li yo, jan Allah Toupwisan an te di: Men sa Senyè ki gen pouvwa ak grandè a di:
﴿فَلَا تَضۡرِبُواْ لِلَّهِ ٱلۡأَمۡثَالَۚ إِنَّ ٱللَّهَ يَعۡلَمُ وَأَنتُمۡ لَا تَعۡلَمُونَ74﴾
"Piga nou bay Allah egzanp (pa konpare Li ak anyen); anverite, Allah konnen, epi nou menm nou pa konnen". [An-Nahl: 74].
Sa a se kwayans patizan tradisyon Pwofèt la ak gwoup ki ini a, ki vle di konpayon Mesaje Allah a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) ak moun ki swiv yo ak bòn fwa; konsènan non Allah yo ak kalite li yo. Se kwayans sa a chèf relijye Abu al-Hasan al-Ash'ari (se pou Allah gen pitye pou li) te rapòte nan liv "Diskisyon yo" kote li te sitel nan men moun ki nan domèn pawòl Pwofèt yo ak moun tradisyon yo, e gen anpil lòt savan ak moun ki gen lafwa ki te rapòte li tou.
Al-Awza'i (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: Yo te poze Al-Zuhri ak Makhul keksyon sou vèsè ki pale sou kalite Allah yo, yo tou 2 te reponn: « Kite yo pase jan yo te vini an (san nou pa chèche konnen kijan yo ye).3
Epi Al-Awza'i (ke Allah fèl mizèrikòd) te di tou: (Nou menm, ak Tabi'in yo ki te anpil, nou te konn di ke Allah, ki pa gen okenn defo, Li sou Twòn Li, epi nou kwè nan kalite yo ki mansyone nan Sounah la)4.
Al-Walid ibn Muslim (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: Yo te poze Malik, Al-Awza'i, Al-Layth bin Saad, ak Sufyan al-Thawri (se pou Allah gen pitye pou yo tout) keksyon sou pawòl ki rapòte konsènan kalite Allah yo, yo tout te reponn: « Kite yo pase jan yo te vini an san nou pa chèche konnen kijan yo ye. »5
Lè yo te poze Rabi'a bin Abi Abd al-Rahman -ki te pwofesè Malik (se pou Allah gen pitye pou yo 2 a)- keksyon sou fason Allah monte sou Twòn nan, li te di: « Monte a se yon bagay nou konnen, kijan sa fèt se yon bagay lespri moun pa ka konprann, mesaj la soti nan men Allah responsablite Mesaje a se te transmèt li aklè, epi devwa pa nou se kwè nan sa. 6 E lè yo te mande Imam Malik, ke Allah fèl mizèrikòd, sou sa, li te di: Monte a se yon bagay nou konnen, kijan sa fèt se yon bagay nou pa konnen, kwè nan sa se yon obligasyon, epi poze keksyon sou sa se yon inovasyon (yon bagay ki pa nan relijyon an).» Aprèsa, li te di moun ki te poze keksyon an: « Mwen wè ou se yon move moun sèlman! » Epi li bay lòd pou yo mete li deyò.7 Epi yo rapòte sans sa a tou bò kote manman kwayan yo Oum Salamah (ke Allah gen pitye pou li)8.
Imam Abu Abd al-Rahman bin al-Mubarak (se pou Allah gen pitye pou li) te di: « Nou rekonèt Mèt nou (ki sen an) paske Li anlè nan syèl Li yo, sou Twòn Li a, epi Li separe ak kreyati li yo.»9
Epi pawòl chèf relijye yo sou sijè sa a tèlman anpil, nou pa ka site yo tout nan konferans sa a. Nenpòt moun ki ta vle wè plis detay sou sa, li mèt konsilte sa savan ki nan tradisyon an te ekri sou sa, tankou liv "Sunnah" Abdullah, pitit gason Imam Ahmad la, ak liv "Inite Allah (Tawhid) gwo Imam Muhammad bin Khuzaymah a, ak liv "Sunnah" Abu al-Qasim al-Lalaka'i al-Tabari a, ak liv "Sunnah" Abu Bakr bin Abi Asim nan.
Epitou, gen repons chèf Islam lan, Ibn Taymiyyah, te bay moun lavil Hamat yo; se yon gwo repons ki gen anpil benefis kote li te esplike aklè (se pou Allah gen pitye pou li) kwayans moun ki nan tradisyon yo. Li te rapòte anpil nan pawòl yo, epi li te bay prèv ki soti nan lalwa relijyon an ak prèv ki baze sou rezon pou montre sa moun tradisyon yo di a se laverite, epi sa advèsè yo di yo se manti.
E konsa tou, lèt li a ki rele "Tidmiriyah" la; li te byen devlope sijè a ladanl, epi li te esplike aklè kwayans patizan tradisyon yo ak tout prèv ki soti nan tèks relijye yo ak prèv ki baze sou lojik. Li te reponn moun ki pa dakò yo nan yon fason ki fè verite a parèt aklè epi ki kraze manti a pou nenpòt moun ki gen konesans kap egzamine sa avèk yon bòn entansyon ak yon anvi pou konnen laverite. Men rezime a: Kwayans patizan tradisyon yo ak gwoup ki ini a (Ahl al-Sunnah wal-Jama'ah) konsènan non ak kalite Allah yo sèke: yo konfime pou senyè toupwisan an tout sa li konfime pou pwòp tèt Li nan Liv Li a, oswa sa Mesaje Li a, Muhammad (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè), te konfime pou Li nan tradisyon li yo. Yo konfime sa san yo pa fè konparezon, epi yo rekonèt senyè toupwisan an pi wo pase pou li ta sanble ak kreyatil yo, yon fason ki pa anile kalite li yo. Se konsa yo te rive sove anba kontradiksyon. Epi yo te pratike tout prèv yo gras ak gidans Allah ; paske se konsa Allah aji ak moun ki mare fò ak laverite Mesaje Li yo te pote a, ki fè tout efò yo pou sa, epi ki gen senserite nan chèche sa ki dwat la; Li ba yo siksè pou yo jwenn laverite epi Li fè prèv yo a parèt klè, jan senyè toupwisan an te di:
﴿بَلۡ نَقۡذِفُ بِٱلۡحَقِّ عَلَى ٱلۡبَٰطِلِ فَيَدۡمَغُهُۥ فَإِذَا هُوَ زَاهِقٞ...﴾
"Men, nou voye laverite sou manti a, epi laverite a kraze manti a nèt, epi menm kote a manti a disparèt...". [Al-Anbiya: 18].
Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَلَا يَأۡتُونَكَ بِمَثَلٍ إِلَّا جِئۡنَٰكَ بِٱلۡحَقِّ وَأَحۡسَنَ تَفۡسِيرًا33﴾
"Yo pap janm vin kote ou ak okenn egzanp (oswa agiman) san nou pa pote laverite ba ou ansanm ak pi bon esplikasyon an". [Al-Furqan: 33].
Kanta pou moun ki opoze ak patizan tradisyon yo nan sa yo kwè konsènan non ak kalite Allah yo, moun sa yo tonbe san manke nan kontredi prèv ki soti nan tèks relijye yo ak prèv ki baze sou lojik; ansanm ak yon pakèt kontradiksyon klè nan tout sa yap konfime oswa yap nye. Al-Hafidh Ibn Kathir, ke Allah fèl mizèrikòd, te mansyone nan tafsir selèb li a yon bèl pawòl sou sijè sa a, e sa se nan komantè li sou pawòl Allah, Sila ki Pwisan e Majestye a:
﴿إِنَّ رَبَّكُمُ ٱللَّهُ ٱلَّذِي خَلَقَ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَ فِي سِتَّةِ أَيَّامٖ ثُمَّ ٱسۡتَوَىٰ عَلَى ٱلۡعَرۡشِ...﴾
"Anverite, Mèt nou se Allah,Li menm ki te kreye syèl la ak tè a nan 6 jouou, epi aprèsa Li te monte sou Twòn nan (Arsh)…". [Al-Araf: 54].
Epi li ta bon pou nou rapòte li isit la, paske li gen yon gwo sètitid ak anpil benefis; men sa li te di (se pou Allah gen pitye pou li), jan li te ekril la:
Moun gen anpil pawòl diferan sou sijè sa a, epi se pa kote pou nou devlope yo tout nèt; men, nan pwen sa a, nap swiv chemen gran ansyen yo: tankou Malik, Al-Awza'i, Al-Thawri, Al-Layth bin Saad, Al-Shafi'i, Ahmad bin Hanbal, Ishaq bin Rahwayh, ak lòt chèf relijye mizilman yo depi nan tan lontan rive jodi a. Chemen sa a se: kite pawòl sa yo pase jan yo te vini an san nou pa chèche konnen kijan yo ye, san nou pa fè konparezon, epi san nou pa anile yo. Sa ki parèt nan lespri moun kap fè konparezon yo se yon bagay ki pa gen rapò ak Allah paske anyen nan kreyati li yo pa sanble ak senyè toupwisan an epi...)
﴿...لَيۡسَ كَمِثۡلِهِۦ شَيۡءٞۖ وَهُوَ ٱلسَّمِيعُ ٱلۡبَصِيرُ﴾
"...Pa gen anyen ki sanble avèk li, se li menm ki tande tout bagay epi ki wè tout bagay". [Ash-Shoura: 11]. Okontrè, se jan chèf relijye yo te di sa. Pami yo gen Nuaim bin Hammad al-Khuza'i, pwofesè Al-Bukhari a, ki te di: « Moun ki konpare Allah ak kreyati li yo, li tonbe nan kwayans ki pa sa, epi moun ki nye kalite Allah te bay tèt li yo, li tonbe nan kwayans ki pa sa tou.»10 Epi nan sa Allah te sèvi pou li dekri pwòp tèt li oswa sa Mesaje li a te sèvi, pa gen okenn konparezon ak kreyati yo. Konsa, nenpòt moun ki konfime pou Allah Toupwisan an sa ki te rapòte nan vèsè ki klè yo ak nan enfòmasyon ki fyab yo, yon fason ki diy pou grandè Allah, epi ki nye tout defo pou senyè toupwisan an, moun sa a swiv chemen gidans lan.
Se la pawòl Ibn Kathir la fini (se pou Allah gen pitye pou li).11
Epi nan lafwa nan Allah a, genyen tou: kwayans ke lafwa se pawòl ak aksyon, li ogmante lè yon moun obeyi Allah epi li diminye lè li fè peche. Epitou, nou pa gen dwa deklare yon mizilman kòm moun ki pa kwayan poutèt peche li fè, depi peche sa yo pa rive nan nivo bay Allah asosye (shirk) oswa pèdi lafwa nèt (kufr); tankou nan ka moun ki fè adiltè, vòlè, manje enterè (riba), bwè alkòl, derespekte manman ak papa, ak lòt gwo peche ankò, toutotan moun nan pa di peche sa yo otorize. Sa a baze sou pawòl senyè toupwisan an ki di:
﴿إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَغۡفِرُ أَن يُشۡرَكَ بِهِۦ وَيَغۡفِرُ مَا دُونَ ذَٰلِكَ لِمَن يَشَآءُ...﴾
"Anverite, Allah pa padone pou yo ba li asosye, men li padone sa ki mwens pase sa pou moun Li vle...". [An-Nisa: 48]. Epi jan sa te konfime nan pawòl Mesaje Mèt linivèa (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) yo rapòte anpil fwa, pami yo genyen: pawòl li a kote li te di:
«إِنَّ اللهَ يُخْرِجُ مِنَ النَّارِ مَنْ كَانَ فِي قَلْبِهِ مِثْقَالُ حَبَّةٍ مِنْ خَرْدَلٍ مِنْ إِيْمَانٍ».
Anverite, Allah ap fè nenpòt moun ki te gen yon ti lafwa nan kè li ki peze menm jan ak yon ti grenn moutad soti nan dife lanfè a.12
Dezyèm Prensip: Lafwa nan zanj yo
Epi li gen ladanl 2 bagay: Premye pwen an: Se pou nou kwè nan zanj yo an jeneral; sa vle di pou nou kwè Allah gen zanj Li kreye pou obeyil epi li dekri yo kòm:
﴿وَقَالُواْ ٱتَّخَذَ ٱلرَّحۡمَٰنُ وَلَدٗاۗ سُبۡحَٰنَهُۥۚ بَلۡ عِبَادٞ مُّكۡرَمُونَ 26 لَا يَسۡبِقُونَهُۥ بِٱلۡقَوۡلِ وَهُم بِأَمۡرِهِۦ يَعۡمَلُونَ27 يَعۡلَمُ مَا بَيۡنَ أَيۡدِيهِمۡ وَمَا خَلۡفَهُمۡ وَلَا يَشۡفَعُونَ إِلَّا لِمَنِ ٱرۡتَضَىٰ وَهُم مِّنۡ خَشۡيَتِهِۦ مُشۡفِقُونَ28﴾
"26: Yo di: "Allah ki gen tout krentif la gen pitit." Non, se pa sa ditou, Allah sen! Okontrè, (zanj yo) se sèvitè Li onore anpil.»
27: Yo pa janm pran devan li nan pawòl, epi yap aji sèlman daprè lòd li ba yo
28: Li konnen sa ki devan yo ak sa ki dèyè yo, yo pa ka lapriyè pou pèsonn (pou mande padon) sof pou moun li dakò, epi yap tranble tèlman yo gen krentif pou Li". [Al-Anbiya: 26-28].
Epi gen anpil kalite zanj; gen ladan yo ki responsab pou pote Twòn nan (Arsh), genyen ki se gad kap veye Paradi a ak Lanfè a, epi genyen tou ki responsab pou anrejistre tout aksyon sèvitè Allah yo ap fè. Dezyèm pwen an: Se kwè nan zanj yo yon fason ki detaye; sa vle di, fòk nou kwè nan sa yo menm Allah ak Mesaje li a te site non yo; tankou Jibril, ki responsab pou revelasyon an, ak Mikaïl, ki responsab pou lapli, ak Malik, gadyen lanfè a. Epi Israfil, ki responsab pou soufle nan twonpèt la. Jan yo mansyone yo nan Hadith ki otantik, pami yo: sa ki soti nan yon sous ki sèten (Sahih) bò kote Aïcha (ke Allah satisfè avèk li) ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«خُلِقَتِ الـمَلَائِكَةُ مِن نُورٍ، وَخُلِقَ الجَانُّ مِنْ مَارِجٍ مِنْ نَارٍ، وَخُلِقَ آدَمُ مِمَّا وُصِفَ لَكُم».
Zanj yo te kreye ak limyè, djinn yo te kreye ak yon flanm dife ki san lafimen, epi Adan te kreye ak sa yo te dejan dekri pou nou an.13 Mouslim rapòtel nan Sahîh li a.
Twazyèm pwen fondamantal la: Kwè nan Liv yo. Pwen sa a gen 2 eleman ladan li tou:
Premye pwen an: Se pou nou gen lafwa nan Liv yo an jeneral; sa vle di pou nou kwè Allah te voye liv desann bay pwofèt li yo ak mesaje li yo, pou fè konnen dwa li genyen epi pou envite moun vin jwenn li, jan senyè toupwisan an te di:
﴿لَقَدۡ أَرۡسَلۡنَا رُسُلَنَا بِٱلۡبَيِّنَٰتِ وَأَنزَلۡنَا مَعَهُمُ ٱلۡكِتَٰبَ وَٱلۡمِيزَانَ لِيَقُومَ ٱلنَّاسُ بِٱلۡقِسۡطِ...﴾
"Anverite Nou te voye Mesaje nou yo ak prèv klè, epi Nou te desann Liv la ak balans la avèk yo pou lèzòm ka tabli lajistis...". [Al-Hadid: 25]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿كَانَ ٱلنَّاسُ أُمَّةٗ وَٰحِدَةٗ فَبَعَثَ ٱللَّهُ ٱلنَّبِيِّـۧنَ مُبَشِّرِينَ وَمُنذِرِينَ وَأَنزَلَ مَعَهُمُ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ لِيَحۡكُمَ بَيۡنَ ٱلنَّاسِ فِيمَا ٱخۡتَلَفُواْ فِيهِ...﴾
"Lèzòm te yon sèl kominote, epi Allah te voye Pwofèt yo pou pote bon nouvèl e pou bay avètisman, epi li te fè desann Liv la avèk yo, avèk la verite, pou li te ka jije pami moun yo sou sa yo te an dezakò ladan li…". [Al-Baqarah: 213].
Dezyèm pwen an: Se pou nou kwè nan Liv yo yon fason ki detaye; sa vle di fòk nou kwè nan sa Allah site non yo, tankou Tora a, Levanjil la, Sòm yo, ak Koran an. Epi nou dwe kwè ke Koran an se pi bon nan tout Liv sa yo, se li ki dènye a, li gen otorite sou yo, epi li konfime yo. Se li menm tout kominote a dwe swiv epi itilize kòm jijman; ansanm ak sa ki otantik nan Sounnah Pwofèt Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li). Paske Allah te voye mesaje li a, Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li), kòm yon mesaje pou tout moun ak tout djin, epi Li te desann Koran sa a pou li pou l te ka sèvi avè l pou jije pami yo. Epi Li fè l tounen yon gerizon pou sa ki nan kè yo, yon eksplikasyon pou tout bagay, ak yon gidans epi yon mizèrikòd pou kwayan yo, jan Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿وَهَٰذَا كِتَٰبٌ أَنزَلۡنَٰهُ مُبَارَكٞ فَٱتَّبِعُوهُ وَٱتَّقُواْ لَعَلَّكُمۡ تُرۡحَمُونَ155﴾
"Epi liv sa a (Koran an), nou voyel desann avèk benediksyon; se pou nou swiv li epi gen krentif pou Allah, konsa nap jwenn mizèrikòd". [Al-An'am: 155]. Men sa mèt linivèa di:
﴿...وَنَزَّلۡنَا عَلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ تِبۡيَٰنٗا لِّكُلِّ شَيۡءٖ وَهُدٗى وَرَحۡمَةٗ وَبُشۡرَىٰ لِلۡمُسۡلِمِينَ﴾
"Epi Nou te desann Liv la sou ou kòm yon eksplikasyon pou tout bagay, yon gid, yon mizèrikòd, ak yon bon nouvèl pou Mizilman yo". [An-Nahl: 89]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿قُلۡ يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ إِنِّي رَسُولُ ٱللَّهِ إِلَيۡكُمۡ جَمِيعًا ٱلَّذِي لَهُۥ مُلۡكُ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِۖ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ يُحۡيِۦ وَيُمِيتُۖ فَـَٔامِنُواْ بِٱللَّهِ وَرَسُولِهِ ٱلنَّبِيِّ ٱلۡأُمِّيِّ ٱلَّذِي يُؤۡمِنُ بِٱللَّهِ وَكَلِمَٰتِهِۦ وَٱتَّبِعُوهُ لَعَلَّكُمۡ تَهۡتَدُونَ158﴾
"Di: "O nou menm lèzòm! Anverite, mwen se Mesaje Allah voye pou nou tout; Li menm ki mèt syèl yo ak tè a. Pa gen lòt dye ki merite adorasyon sof li menm; se li ki bay lavi epi ki bay lanmò. Kidonk, se pou nou gen lafwa nan li ak nan Mesaje li a, Pwofèt ki pa te konn li ni ekri a, li menm ki gen lafwa nan Allah ak nan pawòl li yo; se pou nou swiv li, konsa na jwenn bon chemen an." [Al-A’raf:158]. E vèsè yo ki nan sans sa a anpil.
Katriyèm pwen fondamantal: Lafwa nan Mesaje yo
Sa gen ladan li 2 pwen enpòtan tou: Premye pwen an: Se pou nou gen lafwa nan Mesaje yo an jeneral; sa vle di pou nou kwè senyè toupwisan an te voye mesaje bay sèvitè li yo kòm moun kap anonse bòn nouvèl epi kap bay avètisman, epi kap envite moun nan Laverite. Konsa, moun ki reponn apèl yo a ap jwenn siksè ak bonè, men moun ki dezobeyi yo ap fini nan desepsyon ak regrèt. Dènye nan yo, ki se pi bon nan yo tout, se pwofèt nou an Muhammad pitit gason Abdullah (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè), jan Allah toupwisan an te di:
﴿وَلَقَدۡ بَعَثۡنَا فِي كُلِّ أُمَّةٖ رَّسُولًا أَنِ ٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ وَٱجۡتَنِبُواْ ٱلطَّٰغُوتَ...﴾
"Anverite nou te voye yon Mesaje nan chak nasyon pou di: Adore Allah epi evite fo divinite a". Sourat An-Nahl (vèsè 36) Men sa senyè toupwisan an di:
﴿رُّسُلٗا مُّبَشِّرِينَ وَمُنذِرِينَ لِئَلَّا يَكُونَ لِلنَّاسِ عَلَى ٱللَّهِ حُجَّةُۢ بَعۡدَ ٱلرُّسُلِ...﴾
"Mesaje ki pote bon nouvèl epi ki bay avètisman, pou lèzòm pa gen okenn agiman kont Allah aprè Mesaje yo...". [An-Nisa: 165]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿مَّا كَانَ مُحَمَّدٌ أَبَآ أَحَدٖ مِّن رِّجَالِكُمۡ وَلَٰكِن رَّسُولَ ٱللَّهِ وَخَاتَمَ ٱلنَّبِيِّـۧنَ...﴾
"Muhammad pa papa okenn nan gason nan mitan nou, okontrè, li se Mesaje Allah ak Sila a ki fèmen chèn pwofèt yo...". [Al-Ahzab: 40].
Dezyèm pwen an: Se pou nou gen lafwa nan Mesaje yo yon fason detaye; sa vle di pou nou kwè nan yon fason presi nan chak moun Allah te site non yo, oswa sa ki te konfime nan pawòl Mesaje a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè); tankou Noe, Oud, Salè, Abraram ak lòt yo ankò. Se pou benediksyon ak lapè Allah poze sou yo, sou fanmi yo ak sou tout moun kap swiv yo.
Senkyèm pwen fondamantal: Lafwa nan Jou Rezireksyon an (Jou Dènye a)
Epi li gen ladanl:
Kwè nan tout sa Allah ak Mesaje li a (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te fè konnen konsènan sa kap genyen apre lanmò; tankou eprèv ki gen nan tonbo a, chatiman ak plezi ki ladanl, ansanm ak sa kap genyen nan Jou Jijman an tankou gwo latwoublay ak difikilte, Pon an (As-Sirat), Balans lan, Jijman an, Rekonpans lan, epi distribisyon rejis zèv yo bay moun yo. Konsa, ap gen moun kap resevwa liv li a nan men dwat li, gen moun kap resevwa li nan men goch li, oubyen pa dèyè do li.
Sa gen ladan li tou : Lafwa nan basen kote moun pral bwè a (al-Hawd) ki rezève pou pwofèt nou an Muhammad (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè), lafwa nan Paradi ak nan Lanfè, lafwa nan lefèt ke kwayan yo pral wè Mèt yo (senyè toupwisan an), epi Li pral pale ak yo. Sa gen ladan li tou tout lòt bagay ki te vini nan Koran an ak nan Tradisyon ki korèk (Sunna) ki soti nan Mesaje Allah a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè). Kidonk, li obligatwa pou sèvitè a gen lafwa nan tout sa nèt, epi pou li kwè nan yo jan Allah ak Mesaje Li a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) te esplike sa
Sizyèm pwen fondamantal: Lafwa nan Dekrè Divin an (Desten an)
Epi Lafwa gen ladanl 4 pwen:
Premye pwen an se: Kwè ke Allah -ki anwo nan syèl la- te deja konnen sa ki te pase ak sa ki pral rive, epi li konnen kondisyon sèvitè li yo, pwovizyon yo, moman lanmò yo, zèv yo, ak tout lòt zafè ki konsène yo. Konsa, pa gen anyen nan tout bagay sa yo ki kache pou Li, menm jan Li menm te di sa:
﴿...وَٱعۡلَمُوٓاْ أَنَّ ٱللَّهَ بِكُلِّ شَيۡءٍ عَلِيمٞ﴾
"...epi se pou nou konnen ak sètitid ke Allah gen konesans sou tout bagay nèt". [Al-Baqarah: 231]. Men sa Sila a ki gen pouvwa ak majeste a di:
﴿...لِتَعۡلَمُوٓاْ أَنَّ ٱللَّهَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ قَدِيرٞ وَأَنَّ ٱللَّهَ قَدۡ أَحَاطَ بِكُلِّ شَيۡءٍ عِلۡمَۢا﴾
"...pou nou ka konnen ke Allah gen pouvwa sou tout bagay, epi ke Li anvlòpe tout bagay ak konesans li". [At-Talaq: 12]
Dezyèm pwen an: Se pou nou kwè ke Allah te deja ekri tout sa li te planifye ak dekrete; jan Allah ki sen anpil la epi ki gen tout pouvwa a di sa:
﴿قَدۡ عَلِمۡنَا مَا تَنقُصُ ٱلۡأَرۡضُ مِنۡهُمۡۖ وَعِندَنَا كِتَٰبٌ حَفِيظُۢ 4﴾
"Nou konnen egzakteman sa tè a ap diminye nan kò yo (apre lanmò yo), epi nou posede yon Liv ki konsève tout detay nèt". [Qaf: 4]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿...وَكُلَّ شَيۡءٍ أَحۡصَيۡنَٰهُ فِيٓ إِمَامٖ مُّبِينٖ﴾
"Epi tout bagay, nou anrejistre yo nan yon liv ki klè (yon rejis prensipal)". [Yasin: 12]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿أَلَمۡ تَعۡلَمۡ أَنَّ ٱللَّهَ يَعۡلَمُ مَا فِي ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِۚ إِنَّ ذَٰلِكَ فِي كِتَٰبٍۚ إِنَّ ذَٰلِكَ عَلَى ٱللَّهِ يَسِيرٞ70﴾
"Èske w pa konnen ke Allah konnen tout sa ki nan syèl la ak sou tè a? Anverite, tout bagay sa yo anrejistre nan yon Liv. Anverite, sa se yon bagay ki fasil pou Allah". [Al-Hadj: 70].
Twazyèm pwen an: Kwè nan volonte Allah Granmèt la ki toujou reyalize; paske sa Li vle a fèt, epi sa Li pa vle a pa fèt, jan Allah ki sen anpil e ki Granmèt la di sa:
﴿...إِنَّ ٱللَّهَ يَفۡعَلُ مَا يَشَآءُ﴾
"Anverite, Allah fè sa li vle". [Al-Hadj: 18]. Men sa Sila a ki gen pouvwa ak majeste a di:
﴿إِنَّمَآ أَمۡرُهُۥٓ إِذَآ أَرَادَ شَيۡـًٔا أَن يَقُولَ لَهُۥ كُن فَيَكُونُ82﴾
"Anverite, dekrè Li a, lè Li deside yon chwa, se sèlman pou Li di li: "Swa", epi li vin egziste imedyatman". [Yasin: 82]. Men sa Sila a ki sen anpil la di:
﴿وَمَا تَشَآءُونَ إِلَّآ أَن يَشَآءَ ٱللَّهُ رَبُّ ٱلۡعَٰلَمِينَ29﴾
"Epi volonte nou pa ka akonpli anyen, amwenske se volonte Allah Senyè ki kòmande tout lemond lan". [At-Takwir: 29]
Katriyèm pwen an: Kwè ke se Allah ki kreye tout sa ki egziste; pa gen kreyatè sof Li, e pa gen mèt andeyò li janl te di sa a:
﴿ٱللَّهُ خَٰلِقُ كُلِّ شَيۡءٖۖ وَهُوَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ وَكِيلٞ62﴾
"Allah se kreyatè tout bagay, epi se li menm ki gadyen sou tout bagay". [Az-Zoumar:62]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ ٱذۡكُرُواْ نِعۡمَتَ ٱللَّهِ عَلَيۡكُمۡۚ هَلۡ مِنۡ خَٰلِقٍ غَيۡرُ ٱللَّهِ يَرۡزُقُكُم مِّنَ ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِۚ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَۖ فَأَنَّىٰ تُؤۡفَكُونَ3﴾
"O nou menm lèzòm! Chonje byenfavè Allah fè nou. Èske gen yon lòt kreyatè après li ki ka ban nou pwovizyon ki soti nan syèl la ak nan tè a? Pa gen okenn divinite ki merite adorasyon sof Li menm. Kòman fè nou kite yo detounen nou konsa?"
[Fatir: 3].
Lafwa nan dekrè divin an (desten an) anglobe 4 fondman sa yo nèt, jan sa defini nan doktrin patizan tradisyon pwofèt la ak inite kominote a (Ahl al-Sunna wa al-Jama'a); sa ki opoze ak moun ki nan inovasyon ki rejte kèk nan prensip sa yo.
Youn nan pwen enpòtan yo nan kwayans ki kòrèk la (Aqidah), jan moun ki swiv tradisyon pwofèt la ak inite kominote a (Ahl al-Sunna) kwè nan sa, se: renmen pou Allah epi rayi pou Allah ,bay sipò pou Allah epi pran distans pou Allah. Sa a se sa yo rele: doktrin alyans ak dezentegrasyon (Al-Wala' wa al-Bara'), epi sa fè pati lafwa nan Allah toupwisan an.
Konsa, moun ki gen lafwa a renmen moun ki gen lafwa parèy li yo epi li kanpe avèk yo, men li pa renmen moun ki refize kwè yo epi li konsidere yo kòm lènmi. Epi, nan tèt moun ki gen lafwa yo nan kominote sa a, se konpayon Pwofèt Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ki ye —jan sa etabli bò kote Ahlou Sounnah Wal Jama'a—; konsa, yo renmen yo epi yo kanpe bò kote yo, epi yo kwè se yo menm ki pi bon moun ki genyen apre pwofèt yo, dapre pawòl Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li):
«خَيْرُ القُرُونِ قَرْنِي ثُمَّ الَّذِينَ يَلُونَهُمْ ثُمَّ الَّذِينَ يَلُونَهُم».
Pi bon jenerasyon pami lèzòm yo, se jenerasyon pam nan, aprè sa, sa kap vin apre yo a, epi apre sa, sa kap vin apre yo a tou.14 Tout moun tonbe dakò sou verite li,
Yo kwè ke pi bon pami yo se: Abou Bakr As-Siddiq, apre sa Omar Al-Farouq, apre sa Ousman Dhou An-Nourain, epi Ali Al-Mourtada (se pou Allah kontan ak yo tout); apre yo se rès 10 yo, epi apre sa, rès Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo tout). Yo pa antre nan diskisyon sou dezakò ki te genyen ant yo — sa vle di: Konpayon yo —, epi yo kwè ke nan sa, yo te fè efò pou jwenn sa ki kòrèk: moun ki te gen rezon an gen de rekonpans, epi moun ki te fè erè a gen yon sèl rekonpans.
Yo renmen manm fanmi Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te kwè nan li yo, epi yo gen lwayote pou yo. Yo gen lwayote tou pou madanm Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li), manman kwayan yo, epi yo mande pou Allah kontan ak yo tout. Epi yo pran distans yo nèt ak fason moun sa yo yo rele Rawafid yo aji, yo menm ki rayi konpayon Mesaje Allah a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) epi ki joure yo, epi ki tonbe nan egzajerasyon konsènan fanmi Pwofèt la (Ahl al-Bayt) lè yo mete yo nan yon pozisyon ki pi wo pase nivo senyè toupwisan an te ba yo a. Menm jan tou, yo pran distans yo ak fason moun yo rele Nawasib yo aji, yo menm kap fè fanmi Pwofèt la mal nan pawòl oswa nan aksyon yo fè
Sa mwen sot site la a: tout nèt antre nan kad doktrin otantik (Aqidah) Allah te voye avèk Mesaje Li a, Muhammad (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè). Se doktrin sa a li obligatwa pou yon moun kwè ladan li, pou li kenbel fèm, pou li rete dwat sou li, epi pou li pran prekosyon kont tout sa ki kontrè avèl. Se doktrin sa a ki pou gwoup kap sove a, ki se patizan tradisyon pwofèt la ak inite kominote a (Ahl al-Sunna wa al-Jama'a), sa Pwofèt la (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) te pale de li a lè li te di:
«لَا تَـزَالُ طَائِفَةٌ مِنْ أُمَّتِي ظَاهِرِينَ عَلَى الحَقِّ، لَا يَضُرُّهُمْ مَنْ خَذَلَهُمْ، حَتَّى يَأْتِيَ أَمْرُ اللهِ وَهُمْ كَذَلِكَ».
«Ap toujou gen yon gwoup nan Kominotem nan ki ap kanpe fèm sou laverite, moun ki abandone yo pap ka fè yo ditò, jiskaske lòd Allah la vini e yo ap toujou konsa»15, E nan yon vèsyon:
«لَا تَزَالُ طَائِفَةٌ مِنْ أُمَّتِي عَلَى الحَقِّ مَنْصُورَةٌ».
«Ap toujou genyen yon gwoup nan Oummah mwen an ki rete fèm sou laverite, e kap gen viktwa»16, Epi li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«افْتَرَقَتِ اليَهُودُ عَلَى إِحْدَى وَسَبْعِينَ فِرْقَةً، وَافْتَرَقَتِ النَّصَارَى عَلَى اثْنَتَيْنِ وَسَبْعِينَ فِرْقَةً، وَسَتَفْتَرِقُ هَذِهِ الأُمَّةُ عَلَى ثَلَاثِ وَسَبْعِينَ فِرْقَةً كُلُّهَا فِي النَّارِ إِلَّا وَاحِدَةً فَقَالَ الصَّحَابَةُ: مَنْ هِيَ يَا رَسُولَ اللهِ؟ قَالَ: مَنْ كَانَ عَلَى مِثْلِ مَا أَنَا عَلَيْهِ وَأَصْحَابِي».
«Jwif yo te divize an 71 gwoup, kretyen yo te divize an 72 gwoup, epi Kominote sa a pral divize an 73 gwoup, yo tout ap nan Dife a sof yon sèl.» Epi, Konpayon yo te mande: «Kiyès li ye, O Mesaje Allah?» Li di: «Se moun ki sou menm chemen mwen menm ak Konpayon mwen yo sou li a.»17
Kwayans yo ki opoze ak Kwayans otantik la
Moun ki detounen lwen doktrin sa a epi kap swiv chemen ki opoze avè li yo se plizyè kategori; pami yo nou jwenn: moun kap adore zidòl, estati, zanj, moun yo konsidere kòm sen (Ouliya), jeni (Jin), pyebwa, wòch, ak lòt bagay ankò. Moun sa yo pat aksepte envitasyon pwofèt yo, okontrè yo te pito opoze yo epi kenbe tèt ak yo, menm jan Kouraych ak divès kalite tribi Arab yo te fè ak Pwofèt nou an Mouhammad. Yo te konn mande fo dye yo pou yo satisfè bezwen yo, pou geri moun ki malad yo, epi pou ba yo viktwa sou lènmi yo. Yo te konn touye bèt pou yo epi yo te konn fè ve pou yo. Lè Pwofèt la te denonse tout bagay sa yo, epi li te ba yo lòd pou yo dedye tout adorasyon yo pou Allah sèlman, yo te twouve sa etranj epi yo te rejtel, epi yo di :
﴿أَجَعَلَ ٱلۡأٓلِهَةَ إِلَٰهٗا وَٰحِدًاۖ إِنَّ هَٰذَا لَشَيۡءٌ عُجَابٞ5﴾
"Èske li redwi tout divinite yo a yon sèl Divinite inik? Sètènman, sa a se yon bagay ki estrawòdinè (ak dekouraje)!" [Sad: 5].
Pwofèt la (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te kontinye envite yo vin jwenn Allah, li te avèti yo kont zak bay Allah asosye a, epi li te esplike yo vrè sans mesaj li a; jiskaske Allah te gide moun li te vle gide pami yo. Aprè sa, yo te antre an foul nan relijyon Allah a. Konsa, relijyon Allah a te vin triyonfe sou tout lòt relijyon yo aprè yon predikasyon san rete ak yon lit ki te long bò kote Pwofèt Allah a (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li), konpayon li yo, se pou Allah kontan avèk yo, ak tout moun ki te swiv yo nan fè sa ki byen. Aprè sa, kondisyon yo te vin chanje, epi inyorans te gaye pami pifò moun; konsa, pifò ladan yo te retounen nan relijyon epòk inyorans lan, nan bay pwofèt yo ak moun ki sen yo twòp enpòtans, nan priye yo epi chèche sekou nan men yo, ansanm ak lòt kalite aksyon kote yo bay Allah yon asosye. Yo pa te konprann siyifikasyon pawòl sa a: « Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah »; menm jan moun Arab ki pa te kwè yo te konnen sans li a. Se nan men Allah nou mande sekou.
Epi, Shirk sa a pa janm sispann gaye nan mitan moun yo jiska jodi a; sa se poutèt inyorans ki vin domine, epi tou paske nou vin twò lwen epòk Pwofesi a.
Agiman mansonjè oswa dout (shubha) kontanporen sa yo idantik ak sa zansèt yo te genyen, e sa baze sou deklarasyon sa a:
﴿...هَٰٓؤُلَآءِ شُفَعَٰٓؤُنَا عِندَ ٱللَّهِ...﴾
"Sa yo se entèsesè nou yo devan Allah". [Yunus: 18], Epi yo di Ankò :
﴿...مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ...﴾
"...nou pa adore yo, se sèlman pou yo ka rapwoche nou pi pre Allah...". [Az-Zoumar: 3] Epi, Allah anile dout sa a, epi li montre klèman ke kèlkeswa moun ki adore yon lòt andeyò li, li gentan fè asosyasyon avèk li epi li pa yon kwayan, menm jan Granmèt la di sa:
﴿وَيَعۡبُدُونَ مِن دُونِ ٱللَّهِ مَا لَا يَضُرُّهُمۡ وَلَا يَنفَعُهُمۡ وَيَقُولُونَ هَٰٓؤُلَآءِ شُفَعَٰٓؤُنَا عِندَ ٱللَّهِ...﴾
"Yo dedye adorasyon yo, an deyò Allah,a kreyati ki pa posede okenn pouvwa pou nwizib ni pou itil yo, tout pandan yap deklare: "Sa yo se entèsesè nou yo devan Allah...". [Yunus: 18]. Se konsa Allah ki sen anpil la reponn yo ak pawòl sa a:
﴿...قُلۡ أَتُنَبِّـُٔونَ ٱللَّهَ بِمَا لَا يَعۡلَمُ فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَلَا فِي ٱلۡأَرۡضِۚ سُبۡحَٰنَهُۥ وَتَعَٰلَىٰ عَمَّا يُشۡرِكُونَ﴾
"Di: «Èske nap enfòme Allah de sa li pa konnen nan syèl la ni sou tè a? Glwa pou li! Li elve anpil anwo tout sa yap asosye avè l yo". [Yunus: 18].
Nan vèsè sa a, Trèwo a montre klè: ke lèw adore yon lòt andeyò li, tankou pwofèt yo, sen yo, oswa lòt moun, se gwo Chirk la, menm si moun kap fè sa yo relel yon lòt non. Epi Trèwo a di:
﴿...وَٱلَّذِينَ ٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ أَوۡلِيَآءَ مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ...﴾
"...e sila yo ki pran asosye (pou adore) andeyò Li, yo di: « Nou pa adore yo esepte pou yo ka fè nou vin pi pwòch bò kote Allah". [Az-Zoumar: 3]. Apre sa, Allah ki gen tout pouvwa a reponn yo ak pawòl sa a:
﴿...إِنَّ ٱللَّهَ يَحۡكُمُ بَيۡنَهُمۡ فِي مَا هُمۡ فِيهِ يَخۡتَلِفُونَۗ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي مَنۡ هُوَ كَٰذِبٞ كَفَّارٞ﴾
"...Anverite, Allah ap jije nan mitan yo sou sa yo te gen divèjans ladanl lan. Anverite, Allah pa gide moun ki mantè, ki refize kwè". [Az-Zoumar: 3].
Konsa, Senyè Toupwisan an fè konnen byen klè lefètke yo dedye adorasyon yo bay lòt kreyati—atravè envokasyon (Dua), krent, espwa, ak lòt pratik konsa—sa se yon zak ki pa mache ak lafwa nan li. Li montre tou ke pawòl yo a se manti, lè yo pretann divinite yo ap sèvi yo se pou fè yo pwoche pi prè Allah.
Pami kwayans ki rejè lafwa ladan yo, ki opoze ak doktrin otantik la epi ki kontrè ak mesaj tout pwofèt yo (se pou benediksyon ak lapè Allah sou yo), nou jwenn: sa moun ki ate nan epòk sa a kwè, moun sa yo ki se patizan Marx, Lénine, ak lòt moun ankò kap fè pwomosyon pou ateyis , Keselkeswa si yo rele sa Sosyalism, Kominis, Baasism, oswa nenpòt lòt non, youn nan prensip fondamantal moun sa yo se: "Pa gen Allah, epi lavi a se sèlman matyè."
Pami prensip de baz yo, se: refize kwè nan rezirèksyon an, nan Paradi ak nan lanfè, epi rejte tout relijyon yo. Moun ki gade nan liv yo epi ki etidye sa yo kwè a, ap konnen sa ak tout sètitid. Pa gen okenn dout, kwayans sa a ale kont tout relijyon ki soti nan syèl la, epi lap mennen patizan li yo nan pi move konsekans yo, kit se sou tè sa a, kit se nan lavi aprè a.
Pami kwayans sa yo ki kont verite a, gen sa kèk nan Soufi yo kwè, kote yo di ke gen kèk moun yo rele "sen" ki pataje jesyon tout bagay ak Allah, epi yo menm jere zafè mond lan. Yo rele yo Poto, Pilye, ak Sekou, ak yon seri lòt non yo envante pou fo dye pa yo. Sa se bay Allah yon asosye nan dwa li genyen poul jere tout bagay la, epi se youn nan pi lèd fòm ki genyen pou bay Allah yon asosye.
Epi moun ki analize Chirk moun ki te la anvan yo nan epòk Jâhiliyyah, epi ki konpare li ak Chirk ki gaye pami moun ki vini aprè yo; lap wè ke Chirk moun ki vini aprè yo a pi grav epi pi mal. Men esplikasyon pou sa jan sa swiv la: Arab ki pat kwayan yo nan epòk Jahilya a te gen 2 bagay ki te karakterize yo: Premye pwen an se: yo pa te konn ba li okenn asosye nan souverènte li, men se pito nan adorasyon yo te konn ba li asosye; paske yo te konn admèt Allah inik— ki gen tout pouvwa ak tout glwa — sèlman, jan Allah — ki anwo nan syèl la — di sa:
﴿وَلَئِن سَأَلۡتَهُم مَّنۡ خَلَقَهُمۡ لَيَقُولُنَّ ٱللَّهُ...﴾
"Si ou ta poze yo kesyon pou konnen kilès ki kreyatè yo, san okenn dout yap deklare: "Se Allah"". [Az-Zukhruf: 87]. Men sa Allah di tou:
﴿قُلۡ مَن يَرۡزُقُكُم مِّنَ ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِ أَمَّن يَمۡلِكُ ٱلسَّمۡعَ وَٱلۡأَبۡصَٰرَ وَمَن يُخۡرِجُ ٱلۡحَيَّ مِنَ ٱلۡمَيِّتِ وَيُخۡرِجُ ٱلۡمَيِّتَ مِنَ ٱلۡحَيِّ وَمَن يُدَبِّرُ ٱلۡأَمۡرَۚ فَسَيَقُولُونَ ٱللَّهُۚ فَقُلۡ أَفَلَا تَتَّقُونَ31﴾
"Di: «Kilès ki founi nou rezèv nou ki soti nan syèl la ak sou tè a? Kilès ki mèt tande nou ak zye nou? Kilès ki fè sa ki vivan soti nan sa ki mouri, epitou ki fè sa ki mouri soti nan sa ki vivan? Epi, kilès ki jere tout bagay?» San ezite, yap di: «Se Allah.» Lè sa a, di: «Ebyen, poukisa nou pa gen krentif pou Li?»". [Yunus: 31]. Epi, gen anpil anpil vèsè nan menm sans lan.
Dezyèm pwen an: asosyasyon yo te konn fè nan adorasyon an pat fèt toutan, men se sèlman nan moman yo te alèz sa te konn rive. Men, nan moman difikilte, yo te konn adore Allah sèlman, menm jan Allah (ki gen tout glwa pou li a) di a:
﴿فَإِذَا رَكِبُواْ فِي ٱلۡفُلۡكِ دَعَوُاْ ٱللَّهَ مُخۡلِصِينَ لَهُ ٱلدِّينَ فَلَمَّا نَجَّىٰهُمۡ إِلَى ٱلۡبَرِّ إِذَا هُمۡ يُشۡرِكُونَ65﴾
"Konsa, lè yo anbake sou bato yo, yo adrese priyè yo bay Allah sèlman, yo ofril li yon devosyon san pataje; men osito ke li delivre yo an sekirite sou rivaj la, yo rekòmanse bay lòt kreyati menm enpòtans ak Li (Shirk)". [Aranyen: 65].
Kanta pou Mouchrikoun ki te vini aprè yo, yo te fè plis pase premye yo nan 2 fason: Premye pwen an: Gen nan yo ki tonbe nan bay Allah asosye nan sa ki gen rapò ak kreyasyon ak jesyon linivè a (Ar-Rububiyyah). Dezyèm pwen an: se lè yo asosye lòt bagay ak Allah, kit yo nan bon tan, kit yo nan move tan. Sa parèt klè pou nenpòt moun ki viv pami yo e ki egzamine fason yo aji, lè yo wè sa yap fè bò tonbo Hussein, Bedawi ak lòt ankò an Ejip; bò tonbo Aydarus nan Aden; Hadi nan Yemenn; Ibn Arabi nan peyi Siri; ak Cheikh Abdul Qadir al-Jilani an Irak; ansanm ak lòt tonbo selèb kote pèp la tonbe nan egzajerasyon. Yo ofri kote sa yo anpil nan adorasyon ki se dwa Allah sèl. Epi se yon tikras moun sèlman ki denonse sa, epi ki esplike yo vrè sans lafwa nan yon sèl Bondye a; se prensip sa a menm Allah te voye pwofèt li a, Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ansanm ak tout Mounvwaye ki te vini anvan l yo (ke lapè ak benediksyon Allah sou yo tout) preche. Se pou Allah nou ye, e se jwenn li nou gen pou n retounen.
Pami kwayans ki kontrè ak kwayans ki kòrèk la konsènan non ak kalite Allah yo, genyen kwayans moun ki vini ak inovasyon nan relijyon an, tankou Jahmiyyah yo ak Mu'tazilah yo, epitou tout moun ki swiv menm chemen avèk yo. Moun sa yo nye kalite Allah yo, ki gen tout pouvwa a, yo anile tout kalite pafè yo mansyone pou Allah, glwa pou li, epi yo dekri li, ki gen tout pouvwa a, ak kalite bagay ki pa egziste, bagay ki san vi, ak bagay ki enposib. Allah elve, e li pi wo lontan pase tout pawòl sa yo.
Sa gen ladanl tou: moun ki nye kèk nan atribi yo epi ki afime kèk lòt; se menm jan ak kwayans gwoup Ach'ari a. Gwoup sa a, pou atribi yo afime yo, yo oblije fè fas ak menm agiman yo tap eseye evite a konsènan atribi yo te nye yo, epi yo bay prèv yo yon move entèpretasyon. Lè yo fè sa, yo ale ni kont prèv ki soti nan revelasyon an, ni kont prèv lojik (rasyonèl) yo, epi yo tonbe nan yon kontradiksyon ki evidan.
Kanta pou Moun Sounnah ak Kominote a: yo te afime pou Allah, glwa pou li, tout sa li te afime pou tèt pa li, oswa sa Mesaje li a, Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.), te afime pou li pami non li yo ak kalite li yo, nan yon fason ki pafè nèt. Epi yo deklare li pa sanble ditou ak kreyati li yo, yon deklarasyon ki pa gen okenn tras negasyon kalite li yo ladan l. Konsa, yo te aplike tout prèv yo nèt, yo pat defòme sans prèv yo, ni yo pat nye kalite li yo, epi yo te chape anba kontradiksyon lòt gwoup yo te tonbe ladanl — jan sa te esplike anvan sa —.
Epi sa a se chemen delivrans lan, ak bonè nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an, ki se chemen dwat la menm ke premye jenerasyon Kominote sa a ak lidè li yo te swiv, e dènye yo pap ka vin bon, sof si se avèk sa ki te fè premye yo vin bon an, ki se swiv Liv la ak Sounnah la, epi abandone tout sa ki kontrè ak yo tou 2. Nap mande Allah — lwanj ak glwa pou li — pou li fè kominote Mizilman an retounen nan bonsans li, pou li miltipliye moun kap rele nan gidans yo nan mitan li, epi pou li ede dirijan li yo ak savan li yo pou yo konbat zak bay Allah asosye a, pou yo elimine li nèt, epi pou yo avèti kont tout mwayen ki mennen nan li... Anverite, li se moun ki tande tout bagay la epi li touprè nou. Epi se nan men Allah sèl siksè a soti (se Li ki bay siksè), se Li menm ki sifi pou nou e se pi bon Gadyen an, epi pa gen okenn fòs ni pouvwa si se pa gras ak Li. Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou sèvitè li ak mesaje li, Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
Prèv solid sou jijman moun ki rele lòt kreyati (oswa mande yo sekou) nan plas Allah
Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Liv sa a trete kesyon moun kap rele lòt kreyati pou mande sekou nan plas Allah. Li konfime ke lapriyè (Doua) ak demand sekou (Istighatha) dwe fèt pou Allah sèlman. Li fè konnen lè yon moun vire vè yon lòt kreyati poul adore li oswa mande li sekou, sa konsidere kòm 'Chirk' (bay Allah asosye). Liv la esplike tou kèk sitiyasyon kote gen moun ki panse yap mande sekou nan men 'Sen' (Oliya) oswa nan men Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), men aksyon sa a kontredi prensip Inite senyè toupwisan an a (Tawhid), ki se fondasyon relijyon an.
***
ht397v5.0 - 06/06/2026
Rapòte pa Al-Bukhari, anba nimewo (2856), ak Mouslim, anba nimewo (30).
Rapòte pa Al-Lalaka'i nan Sharh Usul Al-I'tiqad, anba nimewo (735), epi Ibn 'Abd Al-Barr nan Jami' Al-'Ilm wa Fadlihi, anba nimewo (1801), men ak tèm "Al-Ahadith" olye de "Ayat As-Sifat", epi fòmilasyon l se: "Rapòte adit sa yo jan yo te vini an, epi pa fè deba sou yo."
Rapòte pa Al-Bayhaqi nan Al-Asma' was-Sifat (865), Ibn Taymiyyah deklare isnad li a sahih nan Al-Hamawiyyah (p. 269), epi Adh-Dhahabi di nan Al-Ardh (2/223): Naratè li yo se Imam ki diy de konfyans.
Rapòte pa Al-Lalaka'i nan Sharh Usul Al-I'tiqad (930), epi Al-Bayhaqi nan Al-Asma' wa As-Sifat (955).
Rapòte pa Al-Lalaka'i nan Charh Ousoul Al-I'tiqad (665), epi Al-Bayhaqi nan Al-Asma' wa As-Sifat (868).
Rapòte pa Al-Lalaka'i nan Sharh Usul al-I'tiqad (664), ak Abou Na'im nan Hilyat al-Awliya' (325/6), ak Al-Bayhaqi nan Al-Asma' wa as-Sifat (867).
Rapòte pa Al-Muzakki nan Al-Muzakkiyat (29), epi Ibn Battah nan Al-Ibanah (120), epi Al-Lalaka'i nan Sharh Usul Al-I'tiqad (663).
Rapòte pa Ad-Darimi nan Ar-Radd 'ala al-Jahmiyyah (67), epi Al-Bayhaqi nan Al-Asma' wa as-Sifat (903).
Rapòte pa Adh-Dhahabi nan Al-'Uluww (464), epi Al-Albani di nan Mukhtasar Al-'Uluww (p. 184): Sa a se yon isnad sahîh, narratè li yo se moun fyab e byen koni.
Tafsir Ibn Kathir (427, 426/3).
Rapòte pa Boukhari, nimewo (22), dapre adit Abi Sa`id Al-Khoudri, ke Allah satisfè de li.
Rapòte pa Mouslim, nan nimewo (2996), dapre hadith Aisha, Allah satisfè avè l.
Rapòte pa Boukhari, nimewo (3651), ak Mouslim, nimewo (2533), soti nan adit Abdallah bin Mas'oud, ke Allah satisfè avè l.
Rapòte pa Mouslim (1920), dapre adit Thawban, ke Allah satisfè avè l.
Rapòte pa Ibn Majah, anba nimewo (3952), dapre hadith Thawban, ke Allah satisfè avè l, epi otantifye pa Ibn Hibban, anba nimewo (6714), ak Al-Hakim, anba nimewo (8653).
Rapòte pa At-Tirmidhi, anba nimewo (2641), dapre adit Abdullah ibn Amr, ke Allah satisfè de li, epi Al-Manawi di nan Fayd al-Qadîr (5/347): "Ladan l genyen Abdur-Rahman ibn Ziyad al-Ifriqi, Adh-Dhahabi di: 'Yo deklare l fèb'", epi Al-Albani otantifye l nan Sahîh al-Jami' (5343).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (8).