رِسَالَةٌ فِي الدِّمَاءِ الطَّبِيعِيَّةِ لِلنِّسَاءِ
Yon lèt sou san natirèl fanm yo
بِقَلَمِ فَضِيلَةِ الشَّيْخِ العَلَّامَةِ
مُحَمَّدِ بْنِ صَالِحٍ العُثَيْمِينِ
غَفَرَ اللَّهُ لَهُ وَلِوَالِدَيْهِ وَلِلمُسْلِمِينَ
Pa Onorab Cheikh la, gran savan an.
Muhammad bin Salih al-Uthaymin
Se pou Allah gen padon pou li, pou paran li yo, ak pou Mizilman yo
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Yon lèt sou san natirèl fanm yo
Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.
Tout louwanj se pou Allah, nou fè louwanj pou Li, nou mande li sekou, nou mande li padon, e nou tounen vin jwenn Li, E nou chache pwoteksyon bò kote Allah kont mechanste nanm nou, ak kont move zak nap fè yo. Moun Allah gide a, pèsonn pa ka egarel, e moun Allah kite egare a, pèsonn pa ka gidel. Epi mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li, Se pou benediksyon ak lapè Allah sou li, ak sou fanmi li, ak sou konpanyon li yo, ak sou tout moun ki swiv chemen yo ak senserite jouk jou jijman an.
Apre sa: Vrèmanvre, kalite san yon fanm konn genyen yo, sètadi san règ, san ki pa nòmal (istihada), ak san apre akouchman, se pami zafè enpòtan yo ki mande pou moun jwenn esplikasyon sou yo epi konnen règleman yo, epitou pou fè diferans ant sa ki kòrèk ak sa ki pa kòrèk pami pawòl moun ki gen konesans yo sou sijè sa yo. Epi fòk baz pou jije sa ki solid oswa sa ki fèb la chita sou sa ki ekri nan Liv la (koran)ak Sounah la.
1- Paske se 2 sous prensipal sa yo ki baz pou lwa Allah yo, lwa sa yo li fè sèvitè li yo adorel atravè yo, epi li rann yo obligatwa pou yo.
2- Paske lè yon moun konte sou Koran an ak Sounnah la, sa bay trankilite pou kè a, lajwa nan lespri a, byennèt pou nanm nan, ak liberasyon pou konsyans la.
E paske nenpòt lòt bagay apa yo 2 a, se pou yo (sou baz yo) yo dwe pote prèv, men yo pa sèvi kòm prèv nan tèt yo.
Paske pa gen prèv ki gen otorite tout bon vre, esepte nan pawòl Allah ak pawòl Mesaje li a (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li). Konsa tou, pawòl moun ki gen konesans yo pami Konpayon yo (Sahaba), daprè avi ki pi fò a, depi pa gen anyen nan Liv la (Koran an)ak Tradisyon an (Sunnah) ki di lekontrè. Epitou, fòk pa gen pawòl yon lòt Konpayon (Sahabi) ki kontredi sa li di a. Men, si sa ki nan Liv la (Koran an) ak Tradisyon an (Sunnah a) pa dakò ak sa li di a, se sa ki nan Liv la ak Tradisyon an pou nou swiv obligatwa." E si pawòl yon lòt Konpayon (Sahabi) ta kontredi sa li di a, fòk nou chache ki avi ki pi fò (tarjih) nan 2 opinyon sa yo, epi se avi ki pi fò a nap swiv; paske Allah (Teyala) di:"
﴿...فَإِن تَنَٰزَعۡتُمۡ فِي شَيۡءٖ فَرُدُّوهُ إِلَى ٱللَّهِ وَٱلرَّسُولِ إِن كُنتُمۡ تُؤۡمِنُونَ بِٱللَّهِ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِۚ ذَٰلِكَ خَيۡرٞ وَأَحۡسَنُ تَأۡوِيلًا﴾
...Si nou gen yon dezakò sou yon bagay, tounen vin jwenn Allah ak Mesaje li a pou nou jwenn solisyon an, si nou kwè tout bon vre nan Allah ak nan Jou Dènye a. Sa se pi bon chemen an, e se li kap ban nou pi bon rezilta (nan eksplikasyon li). [An-Nisa: 59].
Epi, sa a se yon ti liv ki kout (rezime) sou sa moun plis bezwen konnen kòm eksplikasyon sou san sa yo (san règ ak lòt yo) ak règleman yo genyen; liv sa a gen chapit sa yo ladan l:
Premye Chapit: Sou sans (sa ki vle di) règ la ak bon konprann (sajès) ki gen dèyè sa
Dezyèm Chapit: Sou ki laj yon fanm kòmanse gen règ epi konbe tan sa konn dire.
Twazyèm Chapit: Sou chanjman ki konn rive sanzatann nan règleman yo (ka espesyal).
Katriyèm Chapit: Sou lwa (règleman) ki gen rapò ak règleman fanm
Senkyèm Chapit: Sou san maladi (Istihadah) ak règleman ki gen rapò ak sa.
Sizyèm Chapit: Sou san apre akouchman (Nifas) ak règleman ki gen rapò ak sa.
Setyèm Chapit: Sou sèvi ak medikaman (oswa lòt bagay) ki anpeche règ la vini oswa ki fèl vini, ak sa ki anpeche fanm pran gwosès oswa ki fè yo pèdi pitit (avòtman).
Premye Chapit: Sou sans (sa ki vle di) règ la ak bon konprann (sajès) ki gen dèyè sa
Nan lang arab la, mo règ (Hayd) la vle di: yon bagay kap koule epi kap kouri desann.
Daprè lalwa relijyon an : Se yon san ki soti nan kò yon fanm daprè nati li, san se pa yon maladi oswa yon blese ki lakòz li, epi li vini nan moman byen presi. Donk, se yon san natirèl; li pa soti nan yon maladi, nan yon blese, nan yon fos-kouch, ni nan akouchman. Kòm se yon san natirèl, li chanje daprè eta fanm nan, anviwònman li ak kote lap viv; se poutèt sa gen gwo diferans ki parèt klè ant yon fanm ak yon lòt nan keksyon sa a."
Men sajès ki gen nan sa: Paske yon fetis ki nan vant manmanl pa ka manje menm jan ak moun ki deyò vant lan, epi pèsonn (menm moun ki pi renmenl lan) pa ka fè okenn manje rive jwenn li, se poutèt sa Allah Granmèt la mete nan kò fanm nan yon san (sekresyon san) pou fetis la ka jwenn nouriti nan vant manmanl san li pa bezwen manje ni dijere anyen. San sa a pase nan kòl pa mwayen lonbrik li, kote san an sikile nan venn li pou ba li manje. Se pou Allah jwenn lwanj, Li menm ki pi bon nan tout kreyatè yo.
Sa a se rezon ki fè gen règ sa a; se poutèt sa, lè yon fanm ansent, li pa wè règ li ankò, li pa gen règleman esepte nan kèk raman konsa. Menm jan an tou, pou fanm kap bay tete yo, li pa fasil pou yo wè règ yo, sitou nan konmansman peryòd yap bay tete a.
Dezyèm Chapit: Sou ki laj yon fanm kòmanse gen règ epi konbyen tan sa konn dire.
Nan chapit sa a, nou pral pale sou 2 pwen enpòtan:
Premye pwen an: Sou laj yon fanm dwe genyen pou li kòmanse wè règ li.
Dezyèm pwen an: Sou konbyen tan règ la dire (kantite jou li pran).
Kanta pou premye pwen an: Laj kote pifò fanm konn gen règ se ant douzan (12 an) rive senkantan (50 an). Men, li ka rive yon fi gen règ li anvan laj sa a oswa apre sa, daprè eta kò li, kote lap viv ak anviwònman li.
Savan yo (pwofesè relijye yo) — se pou Allah gen pitye pou yo — pa dakò sou keksyon sa a: Èske gen yon laj byen presi pou yon fi gen règ, kote li pa ka wè règ li ni anvan laj sa a ni apre sa? Epi, èske sa vle di si yon san ta soti nan kò li anvan oswa apre laj sa a, se ta yon san maladi (fasaad) epi se pa ta san règ (hayd)?
Savan yo pa dakò sou sa. Ad-Darimi di — apre li fin site divès opinyon ki genyen yo —: 'Daprè mwen, tout opinyon sa yo se erè! Paske, sèl referans ki genyen nan tout sa se reyalite a (sa ki egziste tout bon vre). Konsa, nenpòt kantite san ki parèt, nan nenpòt eta ak nan nenpòt laj, nou dwe konsidere li kòm san règ (Hayd).' Epi Allah konnen pi byen.1
Sa Ad-Darimi di a, se li ki kòrèk la, epi se opinyon sa a menm Cheik al-Islam Ibn Taymiyah te chwazi tou. Konsa, depi yon fi wè san règ li, li nan eta règleman, menm si li ta gen mwens pase nevan (9 an) oswa plis pase senkantan (50 an).2 Sa se paske Allah ak Mesaje li a mare règleman sou règ yo ak prezans san an (lè li parèt). Allah ak Mesaje li a pat bay yon laj byen fiks pou sa; se sak fè nou dwe baze nou sou lè san an parèt tout bon vre pou nou aplike lwa yo. Pou yon moun ta bay yon laj byen fiks, li tap bezwen yon prèv ki soti nan Liv la (Koran) oswa nan Tradisyon an (Sunnah), epi pa gen okenn prèv konsa ki egziste.
Kanta pou dezyèm pwen an, ki se kantite tan règ la dire, sa vle di: konbyen jou sa pran.
Savan yo te gen yon gwo divèjans sou kesyon sa a, ki mennen gen anviwon 6 oubyen 7 opinyon. Ibn al-Mundhir, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: Gen yon gwoup ki te di: Pa gen yon kantite jou presi ki defini ni dire minimòm ni dire maksimòm règ la3.
Mwen di: Opinyon sa a se menm jan ak sa Ad-Darimi te di anvan an, epi se li menm tou Cheik al-Islam Ibn Taymiyah te chwazi. Se li ki verite a, paske prèv ki nan Liv la (Koran), nan Tradisyon an (Sunnah) ak nan bon konprann (analiz) sipòte sa.
Epi premye prèv la se pawòl li, Sila a ki Egzalte a:
﴿وَيَسۡـَٔلُونَكَ عَنِ ٱلۡمَحِيضِۖ قُلۡ هُوَ أَذٗى فَٱعۡتَزِلُواْ ٱلنِّسَآءَ فِي ٱلۡمَحِيضِ وَلَا تَقۡرَبُوهُنَّ حَتَّىٰ يَطۡهُرۡنَۖ...﴾
Yap mande w konsènan règ (san règleman fanm). Di yo: Se yon mal (yon malèz). Donk, rete lwen medam yo (pa gen rapò seksyèl ak yo) pandan yap gen règ yo, epi pa pwoche yo jiskaske yo vin pwòp. [Al-Baqarah:222], Allah fè purifikasyon an (lè san an sispann) sèvi kòm limit pou entèdisyon an; Li pa te mete yon limit ki baze sou yon jou ak 1 nwit, ni 3 jou, ni 15 jou. Sa montre klèman rezon ki fè règleman an egziste a se prezans san règ la oswa absans li. Donk, depi san règ la parèt, règleman yo aplike, epi depi fanm nan vin pwòp (san an sispann), règleman sa yo sispann tou.
Dezyèm prèv la: Sa ki te rapòte nan liv Sahih Muslim nan, kote pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di Aycha (se pou Allah satisfè li) lè li te wè règ li pandan li te nan eta Ihram pou li fè Omra:
«افْعَلِي مَا يَفْعَلُ الْحَاجُّ، غَيْرَ أَنْ لَا تَطُوفِي بِالْبَيْتِ حَتَّى تَطْهُرِي». قَالَتْ: فَلَمَّا كَانَ يَوْمُ النَّحْرِ طَهُرَتْ، فَأَفَاضَتْ.
Fè tout sa yon moun kap fè pelerinaj (Haj) fè, eksepte vire won nan kay la (Tawaf nan Ka'bah) jiskaske ou vin pwòp. Li (Aycha) di: Konsa, lè jou sakrifis la (Eid) rive, li te vin pwòp, epi li te al fè Tawaf Al-Ifadah. Adit la4.
Epi nan de liv Sahih yo (Bukhari ak Muslim), Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) te di li (Aycha)
«انتَظِرِي فَإِذَا طَهُرْتِ فَاخْرُجِي إِلَى التَّنْعِيمِ».
Tann, epi depi ou vin pwòp, soti al nan zòn Tan-im (pou ou al pran Ihram).5 Pwofèt la (lapè ak Benediksyon Allah sou li) fè pirifikasyon an (lè san an sispann) sèvi kòm limit pou entèdisyon an, li pa te bay yon tan byen fiks kòm limit. Sa montre klèman règleman an mare ak prezans san règ la oswa absans li.
Twazyèm prèv la: Tout kalkil ak detay sa yo kèk fòmatè lalwa (foukaha) bay sou keksyon sa a, nou pa jwenn yo ni nan Liv Allah a (Koran), ni nan Tradisyon Mesaje Allah a (Sunnah). Epoutan, se te yon nesesite, menm yon gwo ijans, pou bagay sa yo ta eksplike klè (si yo te egziste). Si se te yon bagay moun te dwe konprann obligatwa pou yo adore Allah, Allah ak Mesaje Li a (Pè ak Benediksyon Allah kouvri li) tap esplike li klè pou tout moun ka konprann li. Sa se paske gen anpil règleman enpòtan ki depann de sa, tankou: lapriyè, jèn, maryaj, divòs, eritaj, ak lòt lwa ankò. Menm jan Allah ak Mesaje Li a te fè nou konnen kantite priyè yo, lè pou nou fè yo, fason pou nou bese (ruku) ak fason pou nou mete tèt nou atè (sujud), Epi (yo te esplike klè tou) kesyon Zakat la: ki kalite byen pou moun bay, ki kantite lajan yon moun dwe genyen (nisab) anvan li bay, konbyen li dwe bay, ak ki moun ki gen dwa resevwal,Yo te esplike tou kesyon jèn nan: konbe tan li dire ak nan ki peryòd li fèt, ansanm ak pelerinaj la (Haj) ak lòt pwen ki gen mwens enpòtans pase sa yo, Yo rive esplike menm jan pou moun konpòte yo (adab) lè yap manje, lè yap bwè, lè yap dòmi, lè gen rapò seksyèl, fason pou moun chita, jan pou moun antre epi soti nan kay yo, ak fason pou moun al nan twalèt. Yo rive menm di konbyen fwa pou moun siye ak wòch (istijmar) apre yo fin nan twalèt, ansanm ak lòt detay, kit yo piti kit yo gwo. Se ak tout bagay sa yo Allah te rann relijyon an konplè, epi li te fin voye tout favè li sou kwayan yo, jan Li te di sa:
﴿...وَنَزَّلۡنَا عَلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ تِبۡيَٰنٗا لِّكُلِّ شَيۡءٖ...﴾
...Epi Nou desann Liv la (Koran an) sou ou, kòm yon esplikasyon klè pou tout bagay... [An-Nahl:89], Men sa senyè toupwisan di:
﴿...مَا كَانَ حَدِيثًا يُفْتَرَى وَلَـكِن تَصْدِيقَ الَّذِي بَيْنَ يَدَيْهِ وَتَفْصِيلَ كُلَّ شَيْءٍ...﴾
...Se pa yon istwa yo envante konsa, men se yon konfimasyon pou sa ki te la anvan li yo, epi se yon esplikasyon an detay pou tout bagay... [Yusuf:111].
Kòm nou pa jwenn limit ak detay sa yo (sou kantite jou) ni nan Liv Allah a, ni nan Tradisyon Mesaje Li a , sa montre klè nou pa dwe baze nou sou yo. Sèl sa ki konte, se sa yo rele 'règ' la li menm. Se sou li règleman relijye yo depann: depi san an la, règleman an aplike; depi li pa la, règleman an sispann." Prèv sa a — mwen vle di lefèt ke yon règleman pa mansyone nan Koran an ak nan Sunnah a se yon prèv li pa gen valè (nan ka sa a) — ap sèvi w nan keksyon sa a ak nan anpil lòt kesyon nan lasyans. Paske, règleman relijye yo pa ka tabli san yon prèv ki soti nan Lalwa (Charia): kit se nan Liv Allah a, nan Tradisyon Mesaje Li a (salla Allahu alayhi wa sallam), nan yon konsansis ki klè (Ijma), oswa nan yon konparezon ki kòrèk (Qiyas)." Cheik al-Islam Ibn Taymiyah te di nan youn nan prensip li yo: 'Genyen non sa a yo rele règ (Hayd) la; Allah mare plizyè règleman avèl nan Koran an ak nan Sunnah a, men Li pat fikse ni yon limit minimòm, ni yon limit maksimòm pou li. Li pa te fikse non plis konbyen tan ki dwe genyen ant 2 règleman (peryòd pwòpte), malgre se yon bagay ki rive tout kominote a epi yo te bezwen konnen sa. Nan lang nan (arab), pa gen diferans ant yon dire ak yon lòt. Konsa, nenpòt moun ki bay yon limit fiks nan keksyon sa a, li aji kont sa ki nan Koran an ak nan Sunnah a.' Se isit la pawòl li a fini.6
Katriyèm prèv la: Analiz (Al-I'tibar), ki vle di: yon konparezon ki kòrèk epi ki lojik (Qiyas). Sa baze sou lefèt ke Allah te esplike rezon ki fè règleman an egziste a se paske règ la se yon malèz (adhan). Konsa, depi san règ la la, malèz la la tou. Pa gen okenn diferans ant dezyèm jou a ak premye jou a, ni ant katriyèm jou a ak twazyèm jou a. Epi pa gen okenn diferans ni ant sèzyèm jou a ak kenzyèm nan, ni ant dizwityèm nan ak disetyèm nan, Règ la se menm règ la, epi malèz la se menm malèz la; donk, rezon ki fè lwa a egziste a (al-illah) la nan 2 jou yo menm jan. Nan kondisyon sa a, ki jan li ka posib pou nou fè diferans nan règleman an ant 2 jou sa yo, alòske yo tou 2 gen menm rezon an (menm malèz la) ladan yo? Èske sa pa kontredi yon konparezon ki kòrèk (Qiyas)? Èske yon konparezon ki kòrèk pa ta dwe mande pou 2 jou sa yo gen menm règleman an, paske yo tou 2 gen menm rezon ki fè lwa a egziste a?
Senkyèm prèv la: Diferans ak konfizyon ki genyen nan pawòl moun ki fikse limit yo. Sa montre klèman pa gen okenn prèv nan kesyon sa a ki obligatwa pou moun swiv. Se sèlman opinyon (Ijtihad) ki ka bon oswa ki ka gen erè ladan yo; yonn pa gen plis valè pou moun swiv pase lòt. Epi, lè gen dezakò, referans lan dwe tounen nan Koran an ak nan Sunnah a.
Depi li vin klè jan opinyon sa a solid: vle di pa gen limit pou pi piti kantite tan règ la dire, ni pou pi gwo kantite tan an; epi kòm se opinyon sa a ki pi fò a, ou dwe konnen: tout san natirèl yon fanm wè ki pa soti nan yon blesi oswa lòt bagay konsa, se san règ li ye, san nou pa bezwen fikse yon tan oswa yon laj byen presi. Sèl eksepsyon se si san an ap koule sou fanm nan nèt san li pa janm sispann, oswa si li sispann pou yon ti bout tan sèlman (tankou yon jou oswa de jou nan yon mwa); nan ka sa a, yo konsidere l kòm Istihadah (san senyen ki pa règ). Epi nap gen poun esplike — si Allah vle (Incha Allah) — sa yo rele Istihadah (san senyen ki pa règ) ansanm ak règleman ki mache avèl yo.
Cheikh al-Islām Ibn Taymiyyah te di: Prensip la pou tout sa ki soti nan matris la, sèke se règ li ye, jiskaske gen yon prèv ki montre se istihādah (yon senyen ki pa règ) li ye7.
Epi li te di tou: Nenpòt san ki koule, se règ li ye si yo pa konnen ke se san yon venn oswa yon blese8.
Opinyon sa a, menm jan li se sa ki pi fò si nap gade prèv yo, se li menm tou ki pi fasil pou moun konprann epi li pi senp pou moun pratike pase sa moun ki te fikse limit yo te di. Nenpòt règleman ki konsa, li merite pou moun akseptel plis, paske li mache ak lespri relijyon Islam nan ansanm ak prensip de baz li a ki se: fasilitasyon ak soulajman. Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿...وَمَا جَعَلَ عَلَيۡكُمۡ فِي ٱلدِّينِ مِنۡ حَرَجٖ...﴾
...Epi Li pa mete okenn difikilte pou nou nan relijyon an... [Al-Hadj:78], Epi li te di, lapè ak benediksyon Allah sou li:
«إِنَّ الدِّينَ يُسْرٌ وَلَنْ يُشَادَّ الدِّينَ أَحَدٌ إِلَّا غَلَبَهُ فَسَدِّدُوا وَقَارِبُوا وَأَبْشِرُوا».
«Anverite, relijyon an fasil; e nenpòt moun ki chache fè egzajerasyon nan relijyon an, sa ap fini pa akablel. Kidonk, fè sa ki dwat, rete nan modération, epi resevwa bon nouvèl la». Rapòte pa Al-Bukhari9.
Epi, pami moralite li yo te genyen, lapè ak benediksyon Allah sou li:
«أَنَّهُ مَا خُيِّرَ بَيْنَ أَمْرَيْنِ إِلَّا اخْتَارَ أَيْسَرَهُمَا مَا لَمْ يَكُنْ إِثْمًا».
«Lè yo te ba li chwa ant 2 bagay, li te toujou chwazi sak te pi fasil la, depil pa te yon peche»10.
Règ yon fanm ki ansent:
Nan pifò ka yo, depi yon fanm ansent, san an sispann koule sou li. Imam Ahmad te di: «Se lè san an sispann koule fanm yo konnen yo ansent».11
Si yon fanm ansent wè san, epi san sa a vini yon ti tan anvan akouchman an, tankou 2 oswa 3 jou, epi li akonpanye ak doulè tranche, ebyen se 'nifas' li ye. Men, si san an koule byen lontan anvan akouchman an, oswa yon ti tan anvan men san pa gen doulè tranche, ebyen, li pa konsidere kòm san aprè akouchman. Men, èske se règ li ye, kote se menm règleman ak règ yo ki aplike pou li, oubyen èske se yon san ki pa nòmal, ki pa gen menm règleman ak règ yo?
Gen yon dezakò nan mitan savan yo sou keksyon sa a. Men, sa ki kòrèk la, sèke li konsidere kòm règ si san an parèt menm jan ak jan li konn parèt nòmalman nan peryòd li. Paske, prensip de baz la se konsa: nenpòt san yon fanm wè, se règ li ye, toutotan pa gen yon rezon klè ki anpechel konsidere konsa. Epi, pa gen anyen ni nan Koran an ni nan Sunnah a ki di yon fanm ansent pa ka gen règ.
Sa a se pozisyon Malik12 ak Ach-Chafiyi13, epi se chwa Cheikh Al-Islam Ibn Taymiyyah; li di nan Al-Ikhtiyarat (p. 30): Epi Al-Bayhaqi rapòte l kòm yon vèsyon ki soti bò kote Ahmad, anfèt, li rapòte ke li te retounen sou pozisyon sa a. Fen.
Dapre sa nou sot di la a, tout règleman ki aplikab pou yon fanm ki pa ansent lè li gen règ li, aplikab tou pou yon fanm ki ansent, eksepte nan 2 pwen byen presi:
Premye pwen an: Divòs la, li entèdi pou divòse yon fanm ki pa ansent pandan peryòd règ li, men sa pa entèdi pou yon fanm ki ansent; Paske divòs la pandan peryòd règ pou yon fanm ki pa ansent ale kont pawòl Allah, Sila ki Egzalte a:
﴿...فَطَلِّقُوهُنَّ لِعِدَّتِهِنَّ...﴾
...divòse yo nan yon fason ki respekte peryòd tann yo (Iddah)... [At-Talaq:1] Kanta pou divòs yon fanm ansent pandan li gen règ li, sa pa kontredi lòd (Allah) a. Paske, yon moun ki divòse ak yon fanm ansent, li divòse avè li nan peryòd tann li (Iddah), kit li te gen règ, kit li te pwòp; sa se paske peryòd tann li (Iddah) ap fini sèlman lè li akouche. Se poutèt sa tou, li pa entèdi pou yon mari divòse ak madanm li (ki ansent) apre yo fin gen rapò seksyèl, alòske sa entèdi pou yon fanm ki pa ansent.
Dezyèm pwen an: Règ yon fanm ki ansent pa mete fen nan peryòd datant (`Iddah`) la, kontrèman ak règ yon fanm ki pa ansent; Paske delè datant yon fanm ki ansent pa fini sof lè li fin akouche, keseswa li gen règ li ou pa; Dapre pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿...وَأُوْلَاتُ الأَحْمَالِ أَجَلُهُنَّ أَن يَضَعْنَ حَمْلَهُنَّ...﴾
﴾...E pou fanm ki ansent yo, delè yo a se lè yo fin akouche... ﴿ [At-Talaq:4]
Twazyèm Chapit: Chanjman ki ka rive sanzatann nan règ la
Chanjman ki ka rive sanzatann nan règ la gen plizyè kalite:
Premye kalite a: Ogmantasyon oswa Diminisyon. Pa egzanp: yon fanm te konn gen yon abitid sis (6) jou, epi san an kontinye koule sou li jouk li rive sèt (7) jou. Oswa li te konn gen yon abitid sèt (7) jou, epi li vin pwòp apre sis (6) jou sèlman.
Dezyèm kalite a: Lè li vin pi bonè oswa pi ta. Pa egzanp: yon fanm te konn abitye wè règ li nan fen mwa a, epi li vin wèl nan konmansman mwa a. Oswa li te konn abitye wèl nan konmansman mwa a, epi li vin wè li nan fen mwa a.
Savan yo te gen dezakò sou règleman ki konsène 2 kalite chanjman sa yo. Men, sa ki kòrèk la, sèke depi yon fanm wè san an, li konsidere kòm moun ki gen règ li; epi depi li vin pwòp, li konsidere kòm moun ki pwòp. Sa pa gen rapò si kantite jou yo te ogmante oswa si yo te diminye parpò ak abitid li, ni si règ la te vin pi bonè oswa pi ta pase dat li. Epi, prèv pou sa te deja site nan chapit anvan an, kote Lejislatè a fè règleman sou peryòd règ yo depann de prezans li.
Epi sa a se madh-hab Ach-Chafiyi14, ak chwa Cheik Al-Islam Ibn Taymiyah15, epi otè Al-Moughni an te ranfòse li ladann epi li te soutni li, e li te di: Si koutim nan te konsidere nan fason yo mansyonel nan madh-hab la, Pwofèt la, ke lapriyè ak lapè Allah sou li, tap esplike li bay Oummah li a, e li pa tap gen dwa pou li retade eksplikasyon li a; Paske li pa pèmèt pou yon eksplikasyon retade apre lè li, epi, madanm li yo ak tout lòt medam yo te bezwen eksplikasyon sa a tout tan; se poutèt sa, li pa tap janm neglije bay eksplikasyon sa a. Epi, pa gen anyen ki soti nan bouch Mesaje a (lapè ak Benediksyon Allah poze sou li) ki mansyone 'abitid' (yon kantite jou fiks) ni ki bay esplikasyon sou sa, eksepte nan ka fanm ki gen Istihadah (san senyen ki pa règ) sèlman. Isit la pawòl li a fini."16
Twazyèm kalite a: Koulè jòn (Sufrah) oswa koulè maron (Kudrah). Sa rive lè yon fanm wè san an parèt jòn tankou dlo kap soti nan yon blesi, oswa li parèt maron (yon koulè ant jòn ak nwa). Si sa rive pandan peryòd règ la oswa li kole ak règ la anvan fanm nan vin pwòp, yo konsidere li kòm règ epi tout règleman règ yo aplikab pou li. Men, si sa rive apre li fin pwòp nèt, li pa konsidere kòm règ; dapre pawòl Oum Atiyah (radhiya Allahu anha) ki te di: Nou pat konn konsidere koulè jòn la (Sufrah) ak koulè maron an (Kudrah) kòm anyen ditou aprè fanm nan fin wè li pwòp. Rapòte pa Abou Dawoud avèk yon sanad sahih17, Al-Bukhari rapòte li tou, san pawòl li a: (aprè pirifikasyon an), men li te bay li tit sa a: Chapit sou ekoulman jòn ak maron an deyò jou règ yo18.
Li tap fè referans ak sa (nan kòmantèl la) pou li montre jan 2 adit yo mache ansanm: adit Aisha nou te wè anvan an kote li te di: 'Jiskaske nou wè likid blan an (al-Qassah al-Bayda).. Epi nan adit Oum Atiyah nou sot mansyone nan chapit la, sa vle di -adit Aisha a- se pou lè yon fanm wè koulè jòn lan ak koulè maron an pandan jou règ li yo. Kanta pou lòt lè yo (apre règ la fini), se règleman Oum Atiyah te bay la ki aplikab.19
Epi adit Aisha li t ap fè referans avèl la, se sa Al-Bukhari te rapòte ak tout asirans (yo rele sa 'mu'allaq') anvan chapit sa a: Fanm yo te konn voye 'al-durjah' ba li (se yon ti bwat oswa yon moso twal yon fanm sèvi pou li verifye si gen tras san règ ki rete toujou) ki te gen koton (al-kursuf) ladanl ak tach jòn, epi Aisha te konn di yo:20 «Pa prese jiskaske nou wè likid blan an»21.
Al-Qassatoul Bayda a se yon dlo blan matris la pouse soti lè règ la koupe.
Katriyèm kalite a: Yon règ ki koupe-koupe. Sa rive lè yon fanm wè san yon jou, epi nan denmen li wè li pwòp (pa gen san), epi sa kontinye konsa. Nan ka sa a, gen 2 sitiyasyon posib:
Premye sitiyasyon an: Se lè sa rive yon fanm tout tan (san an pa janm sispann nèt). Nan ka sa a, se san Istihadah (senyen malad) li ye. Fanm ki wè sa a, se règleman ki konsène Istihadah yo ki aplikab pou li.
Dezyèm sitiyasyon an: Se lè san an pa koule tout tan sou fanm nan, men li vini nan kèk moman epi li gen moman kote li pwòp tout bon vre. Savan yo gen dezakò sou moman pwòpte sa a : Èske yo dwe konsidere li kòm yon peryòd kote fanm nan pwòp tout bon, osisnon èske règleman règ yo aplikab sou li tou?
Dapre lekòl Imam Al-Shafi’i, nan opinyon ki pi solid li bay la, règleman règ yo aplikab sou peryòd sa a (moman san an sispann an), donk li konsidere kòm règ. Se opinyon sa a tou Shaykh al-Islam Ibn Taymiyyah ak otè liv 'Al-Faiq' la te chwazi, epi se sa ki lekòl Imam Abu Hanifah tou..222324 Sa se paske 'likid blan an' (Al-Qassah al-Bayda) pa parèt nan moman sa a (poz la); epi tou, si yo te konsidere moman sa a kòm yon peryòd kote fanm nan pwòp tout bon, sa tap vle di sa ki te anvanl lan se te yon règ nèt, epi sa kap vin aprè lan se yon lòt règ nèt. Pa gen okenn savan ki di sa, paske si se te sa, yon fanm tap ka fini peryòd tann li (Iddah) ki mande 3 règ nan senk (5) jou sèlman. Epi tou, si yo te konsidere sa kòm yon moman kote fanm nan pwòp, sa tap lakòz anpil difikilte ak fatig, paske li tap blije ap benyen epi fè lòt bagay konsa chak 2 jou. Alòske, nan relijyon sa a, pa gen plas pou difikilte ki depase limit, remèsiman pou Allah."
Opinyon ki pi konnen nan lekòl Hanbalit la (al-Hanabilah), sèke moman san an ap koule a se règ, epi moman li sispann an (al-Naqā’) se pwòpte, toutotan total jou sa yo pa depase limit maksimòm yon règ ka dire (15 jou). Si yo depase limit sa a, san ki anplis la konsidere kòm Istihadah (senyen malad).25
Li di nan liv 'Al-Mughni' a: «Li pi lojik pou nou konsidere ke lè san an sispann, si sa fè mwens pase yon jounen, sa pa konte kòm si fanm nan pwòp. Sa baze sou yon vèsyon (riwayah) nou te rakonte konsènan san akouchman (Nifas), ki di yon fanm pa dwe okipe anyen ki mwens pase yon jounen. Epi sa a se sa ki kòrèk la — si Allah vle — paske san an konn koule yon lè epi li sispann yon lòt lè. Si nou ta blije yon fanm pou lap benyen (Ghusl) chak èdtan oubyen detanzantan, sa tap yon gwo chay (difikilte) ki pa sipoze egziste nan relijyon an, dapre pawòl Allah ki di:»"
﴿...وَمَا جَعَلَ عَلَيۡكُمۡ فِي ٱلدِّينِ مِنۡ حَرَجٖ...﴾
...Epi Li pa mete okenn difikilte pou nou nan relijyon an... [Al-Hadj:78], «Li te di: Dapre sa, koupe san an pou mwens pase yon jou pa konsidere kòm yon peryòd pirifikasyon (Touhr), sof si li wè yon siy ki endike sa, tankou: san an koupe nan fen peryòd nòmal li, oswa li wè likid blan an (al-Qassah al-baydhaa)»26.
Konsa, pawòl otè liv 'Al-Mughni' a (Ibn Qudamah) reprezante yon pozisyon mitan (yon balans) ant 2 opinyon yo. Epi se Allah ki konnen sa ki pi kòrèk la.
Senkyèm kalite a: Sechès nan san an. Sa rive lè yon fanm wè sèlman yon ti imidite (mouye). Si sa rive pandan peryòd règ la oswa li kole ak règ la anvan li vin pwòp, sa konsidere kòm règ. Men, si sa rive apre li fin pwòp nèt, li pa konsidere kòm règ. Paske nan pi move ka, sa ka rive li nan menm nivo ak koulè jòn la (Sufrah) ak koulè maron an (Kudrah), epi se règleman sa yo ki aplikab pou li tou.
Katriyèm Chapit: Sou règleman ki konsène règ (Al-Hayd)
Règ la gen anpil règleman, yo plis pase 20. Nap mansyone ladan yo sa nou wè moun plis bezwen konnen yo. Pami règleman sa yo genyen:
Premye règleman: Lapriyè (Salah). Li entèdi pou yon fanm ki gen règ fè lapriyè, kit se sa ki obligatwa yo (Fard), kit se sa ki volontè yo (Nafl), epi lapriyè a pa valab si li fè li. Konsa tou, lapriyè a pa obligatwa sou li, eksepte si li jwenn nan tan priyè a yon kantite tan ki pèmèt li fè yon 'Rak’ah' (yon pati nan priyè a) konplèt. Nan ka sa a, lapriyè a vin obligatwa pou li, kit li te jwenn tan sa a nan konmansman tan priyè a, oubyen nan fen li.
Egzanp pou premye ka a (nan konmansman tan an): Yon fanm ki wè règ li parèt apre solèy kouche, nan yon moman kote li te gen tan poul te fè yon 'Rak’ah' (anvan règ la vini). Nan ka sa a, lè li vin pwòp, li obligatwa pou li remèt (fè kaza) priyè Magrib sa a, paske li te jwenn yon kantite tan nan priyè a ki vo yon Rak’ah anvan li te gen règ.
Egzanp pou dezyèm ka a (nan fen tan an): Yon fanm ki vin pwòp apre règ li anvan solèy la leve, nan yon moman kote li rete ase tan pou li ta fè yon 'Rak’ah'. Nan ka sa a, depi li fin benyen (fè Ghusl), li obligatwa poul fè priyè Dimaten an (Fajr), paske li te jwenn yon pati nan tan priyè a ki ase pou li fè yon Rak’ah.
Men, si yon fanm ki gen règ jwenn yon pati nan tan an ki pa ase poul fè yon 'Rak’ah' konplèt, tankou si li ta wè règ li nan premye egzanp lan yon ti moman sèlman apre solèy kouche, oswa li vin pwòp nan dezyèm egzanp lan yon ti moman sèlman anvan solèy la leve, Paske lapriyè a pa obligatwa pou li; akoz pawòl Pwofèt la, (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li):
«مَنْ أَدْرَكَ رَكْعَةً مِنَ الصَّلَاةِ فَقَدْ أَدْرَكَ الصَّلَاةَ».
Moun ki jwenn yon 'Rak’ah' nan lapriyè a, li jwenn lapriyè a (nan tan li). Tout moun tonbe dakò sou li27, Paske, sa vle di yon moun ki rive jwenn mwens pase yon rak’ah, yo pa konsidere li jwenn lapriyè a.
E si li gentan fè yon raka nan lè salat Asr la, èske se yon devwa pou li pou l fè salat Dhuhr ansanm ak Asr la? Oswa, si li gentan fè yon raka nan lè salat Isha a, èske se yon devwa pou li pou l fè salat Maghrib ansanm ak Isha a?
Gen yon divèjans sou sa pami savan yo, e sa ki kòrèk la, sèke li pa oblije fè sof lapriyè li jwenn lèl la, ki se lapriyè Asr ak Isha sèlman; poutèt pawòl li (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li):
«مَنْ أَدْرَكَ رَكْعَةً مِنَ الْعَصْرِ قَبْلَ أَنْ تَغْرُبَ الشَّمْسُ فَقَدْ أَدْرَكَ الْعَصْرَ».
Moun ki jwenn yon 'Rak’ah' nan priyè Asr anvan solèy kouche, li jwenn priyè Asr a (nan tan li). Tout moun tonbe dakò sou li28، Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) pat di: «li jwenn priyè Midi (Dhuhr) ak priyè Asr ansanm».
Li pa te mansyone ke priyè Midi (Dhuhr) a obligatwa sou li tou. Prensip debaz la se ke yon moun pa gen dèt (obligasyon) toutotan pa gen yon prèv klè ki di sa. Sa a se mès (madhab) Abu Hanifah ak Malik, jan sa te rapòte sou yo nan liv 'Sharh al-Muhadhdhab' la."29
Kanta pou fè Zikr (sonje Allah), di Allahu Akbar, Subhanallah, Alhamdulillah, di Bismillah anvan ou manje oswa pou nenpòt lòt bagay, li liv adit ak liv fikh (lalwa relijye), fè Du’a (lapriyè demann), di Amine dèyè yon moun kap fè Du’a, epi koute lekti Koran: anyen nan bagay sa yo pa entèdi pou yon fanm ki gen règ. Sa a se yon bagay ki sèten nan liv Sahih yo (Bukhari ak Muslim) ak nan lòt liv ankò."
«أَنَّ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ كَانَ يَتَّكِئُ فِي حِجْرِ عَائِشَةَ رَضِيَ اللهُ عَنْهَا وَهِيَ حَائِضٌ فَيَقْرَأُ الْقُرْآنَ».
«Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te konn apiye sou janm Aicha (se pou Allah kontan avèl) pandan li te gen règ li, epi li te konn li Koran an»30.
Epi nan 2 Sahih yo tou, Umm 'Atiyyah —se pou Allah kontan avèk li— te tande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di:
«يَخْرُجُ الْعَوَاتِقُ وَذَوَاتُ الْخُدُورِ وَالْحُيَّضُ -يَعْنِي: إِلَى صَلَاةِ الْعِيدَيْنِ- وَلْيَشْهَدْنَ الْخَيْرَ، وَدَعْوَةَ الْمُؤْمِنِينَ، وَيَعْتَزِلُ الْحُيَّضُ الْمُصَلَّى».
«Se pou jèn fi yo soti, ak sa yo ki rete fèmen lakay yo (poutèt respè), ansanm ak sa ki gen règ yo — sa vle di: pou yo ale nan lapriyè 2 fèt yo (Eid) — pou yo ka temwen byen sa a kap fèt la, epi patisipe nan envokasyon (Du’a) kwayan yo; men se pou fanm ki gen règ yo rete yon ti kras lwen kote yap fè lapriyè a (Musalla).»31
Pou sa ki konsène lekti Koran an pou yon fanm ki gen règ li, si se sèlman yon lekti ki fèt ak zye oswa yon meditasyon ki fèt nan kè san li pa pwononse anyen ak bouch li, pa gen pwoblèm nan sa. Tankou lè yo mete liv Koran an oswa yon tablo devan li, pou li gade vèsè yo epi li yo nan kè li. Imam Al-Nawawi te di nan liv 'Sharh al-Muhadhdhab' la: «Sa a se yon bagay ki pèmèt san okenn dezakò (konsansis).»32
Men, si se li lap li ak bouch li (pwononse mo yo), pifò savan yo (jumhūr al-‘ulamā’) di ke sa entèdi epi li pa pèmèt." Men, Imam Al-Bukhari, Ibn Jarir al-Tabari, ak Ibn al-Mundhir di: Sa a pèmèt (li pèmèt pou yon fanm ki gen règ li Koran ak bouch li).333435
Epi yo rapòte opinyon sa a tou sou Imam Malik ak sou Imam Al-Shafi’i nan ansyen pozisyon li (al-Qawl al-Qadim). Se sa ki te rapòte sou yo 2 a nan liv 'Fath al-Bari' a.3637
Al-Boukhari mansyone kòm yon nòt dapre Ibrahim an-Nakha'i: Pa gen okenn mal nan li yon vèsè38.
Epi Shaykh al-Islam Ibn Taymiyyah te di nan al-Fatawa Majmu'at Ibn Qasim: Pa gen okenn Hadit (Sunnah) ki sèten ditou ki anpeche yon fanm ki gen règ li Koran. Paske pawòl li (Pwofèt la) te di a:
«لَا تَقْرَأُ الحَائِضُ وَلَا الجُنُبُ شَيْئًا مِنَ الْقُرْآنِ».
«Yon fanm ki gen règ, ni yon moun ki nan eta 'Junub' (moun ki bezwen benyen apre relasyon seksyèl), pa dwe li anyen nan Koran an.»39 Se yon Hadith ki fèb, selon konsansis ekspè nan Hadith yo40.
Epi, fanm yo te konn gen règ yo nan epòk Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), kidonk si lekti (Koran an) te entèdi pou yo menm jan ak lapriyè (Salat), se tap youn nan bagay Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) tap klarifye pou kominote li a, Manman Kwayan yo tap aprann sa, epi se tap youn nan bagay yo tap rapòte nan mitan pèp la. «Poutèt pèsonn pa rapòte okenn entèdiksyon sou sa ki soti bò kote Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Bondye sou li), li pa pèmèt pou yo deklare sa entèdi, sitou paske nou konnen li pat entèdi sa. Epi, lefètke li patentèdil malgre règ te yon bagay ki te kouran anpil nan epòk li a, sa montre klè ke li pa entèdi.»41.
Sa ki pi apwopriye pou nou di, apre nou fin konnen divèjans ki genyen nan opinyon savan yo, sèke: sa ki pi bon pou yon fanm ki gen règ li se pou li pa resite Koran an ak bouch li, sof si li nan yon nesesite pou sa. Tankou, si se yon pwofesè ki bezwen fè elèv fi li yo repete aprè li, oswa pandan yon egzamen kote elèv fi a bezwen resite pou yo ka teste li, oubyen lòt ka ki sanble ak sa yo.
Dezyèmman: Jèn nan: Li entèdi pou yon fanm ki gen règ li jene, ni sa ki obligatwa a, ni sa ki pa obligatwa a, epi jèn nan pa kòrèk si se li ki fèl. Men, se yon devwa pou li ranplase jou jèn ki te obligatwa yo; daprè hadith Aicha a (Allah satisfè avèk li):
"كَانَ يُصِيبُنَا ذَلِكَ -تَعْنِي: الْحَيْضَ- فَنُؤْمَرُ بِقَضَاءِ الصَّوْمِ وَلَا نُؤْمَرُ بِقَضَاءِ الصَّلَاةِ".
«Sa te konn rive nou (sa vle di: règ la), yo te konn òdone nou pou nou ranplase jèn nan, men yo pat konn òdone nou pou nou ranplase Lapriyè a.» Tout moun tonbe dakò sou li42.
Si yon fi gen règ li pandan li ap jene, jèn li an anile, menm si se ta yon ti moman anvan solèy la kouche, e li dwe remèt jou sa a si se te yon jèn obligatwa. Kanta pou yon fi ki santi règ li ap vini anvan solèy kouche, men san an pa soti deyò sof apre solèy fin kouche, jèn li an konplè epi li pa gate daprè opinyon ki kòrèk la; paske san ki toujou anndan kò a, pa gen okenn règleman ki aplike pou li.
Epi, paske lè yo te mande Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan yon fanm ki wè nan dòmil sa yon gason konn wè: èske li oblije benyen?
قال: «نَعَمْ إِذَا هِيَ رَأَتِ الْمَاءَ».
Li te di: «Wi, si li wè dlo a»43 Li te mare règleman an ak lè dlo gason (Manzy) parèt deyò, li pat marel ak lè dlo a sèlman deplase anndan kò a. Se menm jan an tou pou règ la (Hayd): règleman li yo pa aplikab toutotan san an pa parèt deyò, menmsi ou santi lap deplase anndan kò a.
E si douvanjou rive sou yon fi pandan li gen règ li, jèn li pou jou sa a pa valab, menm si règ li ta sispann yon ti moman apre douvanjou a.
E si yon fi ta wè san li koupe yon ti tan anvan douvanjou epi li jene, jèn li a kòrèk, menm si se aprè douvanjou a li benyen; se menm jan ak moun ki nan eta enpwòpte a si li fè entansyon poul jene pandan li nan eta sa a epi li pa benyen sof apre douvanjou a fin parèt, jèn li a kòrèk. Dapre Adit Aicha a, (ke Allah satisfè avèk li), li te di:
"كَانَ النَّبِيُّ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يُصْبِحُ جُنُبًا مِنْ جِمَاعٍ غَيْرِ احْتِلَامٍ ثُمَّ يَصُومُ فِي رَمَضَانَ".
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn kòmanse jounen li nan yon eta ki mande poul benyen akoz yon relasyon seksyèl, se pat akoz yon rèv mouye, epi apresa li te konn jene nan mwa Ramadan. Tout moun tonbe dakò sou verite li44.
Twazyèm règ la se: Li pa gen dwa fè Tawaf otou Ka'aba a, kit se sa ki obligatwa a, kit se sa ki volontè a, epi li pa valab si se li ki fèl; Kanta pou rès aksyon yo tankou: mach ant Safa ak Marwa a, kanpe sou mòn Arafat la, pase nuit nan Mouzdalifa ak Mina, jete wòch yo, ak tout lòt rit Hadj (gwo pelerinaj) ak Omra (ti pelerinaj) yo, yo pa entèdi pou li, Jan Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di Aicha lè li te gen règ li:
«افْعَلِي مَا يَفْعَلُ الْحَاجُّ غَيْرَ أَلَّا تَطُوفِي بِالْبَيْتِ حَتَّى تَطْهُرِي».
«Fè tout sa yon pèleren fè, men pa fè wonn Kay la jiskaske ou pirifye»45.
Dapre sa, si yon fi ta fè Tawaf la pandan li te nan eta pirifikasyon, epi règ li ta vin parèt touswit apre Tawaf la, oswa pandan lap fè Sa'i a, pa gen okenn pwoblèm nan sa.
Katriyèm Règleman an: Anilasyon 'Tawaf al-Wada' a pou li: Si yon fanm fin akonpli rityèl Hajj ak Omra yo, epi aprè sa li vin gen règ li anvan li kite pou li retounen nan peyi li, epi règ la kontinye avèl jiskaske li prale, nan ka sa a, li ka pati san li pa bezwen fè orevwa a; Bò kote Ibn Abbas, ke Allah satisfè avèk yo tou le 2, li te di:
"أُمِرَ النَّاسُ أَنْ يَكُونَ آخِرُ عَهْدِهِمْ بِالْبَيْتِ، إِلَّا أَنَّهُ خُفِّفَ عَنِ الْمَرْأَةِ الْحَائِضِ".
«Yo te bay moun yo lòd pou dènye zak yo se bò Kay la, sof ke yo te soulaje sa pou fanm ki gen règ li.» [Tout moun tonbe dakò sou li]46.
Epi, li pa rekòmande pou yon fanm ki gen règ li, nan moman pou li ale a, vini bò pòt Moske Sakre a pou li fè priyè (Dua); paske sa pa te rapòte bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi adorasyon yo baze sou sa ki rapòte nan lalwa a, Men okontrè, sa ki rapòte sou Pwofèt la (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li) endike opoze a. Paske, nan istwa Safiyyah (se pou Allah kontan avèl), lèl te gen règ li aprè 'Tawâf al-Ifâdah' la, Pwofèt la (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li) te di li konsa:
«فَلْتَنْفِرْ إِذَنْ».
«Kidonk, se pou yo pati». Tout moun tonbe dakò sou li47.
Epi li pat bay lòd pou moun vin nan pòt moske a, e si sa te preskri, li tap fèl parèt klè. Kanta pou Tawaf Hadj la ak Omra a, li pa anile pou li, men pito, li dwe fèl lè li pirifye.
Senkyèm règ la: Rete nan moske a: Sa entèdi pou yon fanm ki gen règ li rete nan moske a, menm kote yo konn fè lapriyè fèt la, li entèdi pou li rete ladan l. Dapre Adit Oum Atiyah a (ke Allah satisfè de li), kote li te tande Pwofèt la (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) di:
«يَخْرُجُ الْعَوَاتِقُ وَذَوَاتُ الْخُدُورِ وَالْحُيَّضُ».
«Jenn fi yo, fi ki pa abitye soti yo, ak fi ki gen règ yo, gen pou soti». Epi nan li:
«يَعْتَزِلُ الْحُيَّضُ الْمُصَلَّى».
«Fanm ki gen règ yo rete lwen espas lapriyè a». Tout moun tonbe dakò sou verite li48.
Sizyèm règleman: Rapò seksyèl (Al-Jima’). Li entèdi pou mari a fè rapò seksyèl ak madanm li, epi li entèdi pou madanm nan kitel fè sa tou; poutèt pawòl Allah ki di:
﴿وَيَسۡـَٔلُونَكَ عَنِ ٱلۡمَحِيضِۖ قُلۡ هُوَ أَذٗى فَٱعۡتَزِلُواْ ٱلنِّسَآءَ فِي ٱلۡمَحِيضِ وَلَا تَقۡرَبُوهُنَّ حَتَّىٰ يَطۡهُرۡنَ...﴾
Yap mandew konsènan règ fanm. Di yo: «Se yon soufrans (yon malèz). Se poutèt sa, rete lwen fanm yo (pa fè rapò seksyèl ak yo) pandan yo gen règ la, epi pa pwoche yo (pou rapò seksyèl) jiskaske yo vin pwòp...» [Al-Baqarah:222], Sa yo vle di pa "Al-Mahid" la, se tan (dire) règ la ap pase a, epi kote li soti a, ki vle di pati fanm nan (vagin lan). Epi daprè pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«اصْنَعُوا كُلَّ شَيْءٍ إِلَّا النِّكَاحَ».
«Nou mèt fè tout bagay (ak madanm nou), eksepte rapò seksyèl (penetrasyon).» Sa vle di: relasyon seksyèl. Mouslim rapòte l49; Poutèt Mizilman yo dakò ansanm sou entèdiksyon pou gen rapò seksyèl nan vajen yon fi pandan li gen règ li.
Kidonk, li pa pèmèt pou yon moun ki gen lafwa nan Allah ak nan jou Jijman an pou li komèt zak mal sa a ke Liv Allah, Trèwo a, souna Mesaje li a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), ak konsantman Mizilman yo entèdi, poul pa vin pami moun kap konbat Allah ak Mesaje li a, epi ki swiv yon lòt chemen pase chemen kwayan yo. Nan liv Al-Majmou' Charh Al-Mouhadhdhab (p. 374, v2), li di: Ach-Chafiyi, ke mizèrikòd Allah sou li, di: «Moun ki fè sa, li komèt yon gwo peche». Savan lekòl nou yo ak lòt yo di: «Moun ki di li pèmèt pou yon moun fè relasyon ak yon fi ki gen règ li, yo deklare li kouf-fa (li sòti nan Islam)». Fen pawòl An-Nawawi.
Epi li pèmèt pou li — gras ak Allah — pou li fè sa kap kalme dezil san li pa fè rapò seksyèl (penetrasyon), tankou bay bo, anbrase, ak kontak fizik nan pati ki pa nan vajen an. Men, li pi bon pou li pa gen kontak dirèk (po sou po) nan zòn ki ant lonbrit ak jenou, eksepte si gen yon twal (rad) ki separe yo. Dapre pawòl Aicha (ke Allah satisfè avèk li):
"كَانَ النَّبِيُّ صَلَّى اللَّهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يَأْمُرُنِي فَأَتَّزِرُ فَيُبَاشِرُنِي وَأَنَا حَائِضٌ".
«Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te konn òdonem poum mete yon pagne, epi li te konn karesem pandan mwen te gen règ mwen.» Tout moun tonbe dakò sou li50.
Setyèm jijman an: At-Talaq: Li entèdi pou mari a divòse madanm li pandan li gen règ li; poutèt pawòl Li, Sila ki Egzalte a:
﴿يَاأَيُّهَا النَّبِيُّ إِذَا طَلَّقْتُمُ النِّسَاء فَطَلِّقُوهُنَّ لِعِدَّتِهِنَّ...﴾
O Pwofèt! Lè nou pral divòse ak fanm yo, divòse ak yo nan yon fason kote yap ka kòmanse peryòd datant yo (Iddah) nan bon kondisyon (sa vle di lè yo pwòp epi nou pat fè rapò ak yo)... [At-Talaq:1] Sa vle di: nan yon eta kote yap ka kòmanse yon peryòd datant (Iddah) ki klè depi lè divòs la fèt. Epi sa pa ka rive si se pa nan 2 ka sa yo: swa li divòse avèl pandan li ansent, oubyen pandan li pwòp (li pa gen règ) epi li pat fè rapò seksyèl avèl nan peryòd pwòpte sa a. Paske, si li divòse avè li pandan li gen règ, fanm nan pap ka kòmanse peryòd datant (Iddah) li a imedyatman, paske peryòd règ li ladanl lan pa konte nan Iddah a. Men tou, si li divòse avè li pandan li pwòp men aprè yo te fin fè rapò seksyèl, peryòd datant li pral kòmanse a pap klè; paske yo pa konnen si li te vin ansent nan rapò sa a poul ta konte Iddah li sou gwosès la, oubyen si li pa te ansent pou li ta kontel sou kantite règ li pral genyen. Kòm pa gen sètitid sou ki kalite peryòd datant (Iddah) li pral genyen, sa vin rann li entèdi (haram) pou mari a divòse avè li jiskaske sitiyasyon an vin klè.
Kidonk, divòs yon fanm pandan règ li se entèdi, dapre vèsè ki vin anvan an; Epi poutèt sa ki te rapòte nan 2 liv Sahih yo (Bukhari ak Muslim) ak nan lòt liv ankò, daprè adit Ibn Umar la: «li te divòse ak madanm li pandan madanm nan te gen règ li. Lè Umar te rakonte Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) sa, Pwofèt la te fache anpil epi li te di:»
«مُرْهُ فَلْيُرَاجِعْهَا ثُمَّ لِيُمْسِكْهَا حَتَّى تَطْهُرَ، ثُمَّ تَحِيضَ، ثُمَّ تَطْهُرَ، ثُمَّ إِنْ شَاءَ أَمْسَكَ بَعْدُ، وَإِنْ شَاءَ طَلَّقَ قَبْلَ أَنْ يَمَسَّ، فَتِلْكَ الْعِدَّةُ الَّتِي أَمَرَ اللَّهُ أَنْ تُطَلَّقَ لَهَا النِّسَاءُ».
«Dil poul reprani (anile divòs la), epi pou li rete avèk li jiskaske li vin pwòp, apre sa poul gen règ li ankò, epi pou li vin pwòp yon dezyèm fwa. Apre sa, si li vle, li mèt rete avèl, epi si li vle, li mèt divòse avè li anvan li touche li (fè rapò seksyèl). Sa a se peryòd datant (Iddah) Allah te bay lòd pou yo divòse ak fanm yo ladan li an.»51
Si yon gason divòse madanm li pandan li gen règ li, li fè yon peche, e se yon devwa pou li pou li repanti devan Allah, epi poul repran madanm nan poul ka divòse li yon fason ki legal dapre lalwa Islamik (Charia), ki an akò avèk lòd Allah ak Mesaje Li a. Apre li fin repranl, li dwe kitel jiskaske peryòd règ li te divòsel la fin sispann, apre sa fòk li gen règ li yon lòt fwa ankò. Lè dezyèm peryòd sa a fin sispann, se lè sa a sil vle, li ka rete AK li, ou sil vle, li ka divòse AK li anvan li gen rapò seksyèl ak li.
Epi gen 3 sitiyasyon kote yo fè esepsyon, sa vle di li pa entèdi pou yon moun divòse pandan fanm nan gen règ li:
Premye sitiyasyon: Si divòs la fèt anvan mari a pa te janm rete pou kont li ak madanm nan, oswa anvan li te janm fè rapò seksyèl, nan ka sa a, pa gen pwoblèm si li divòse avèl pandan li gen règ li. Paske, nan ka sa a, pa gen okenn peryòd datant pou li, konsa divòs li a pa an kontradiksyon; dapre pawòl Li menm, ki Trè Wo a:
﴿...فَطَلِّقُوهُنَّ لِعِدَّتِهِنَّ...﴾
Divòse ak yo nan yon fason kote y ap ka kòmanse peryòd datant (Iddah) yo a. [At-Talaq:1].
Dezyèm: Si se règ ki parèt pandan gwosès la, e nou te deja esplike rezon sa a.
Twazyèm sitiyasyon: Si divòs la fèt an echanj yon konpansasyon (Khul'), nan ka sa a, pa gen pwoblèm si li divòse avèl pandan li gen règ li.
Tankou lè genyen yon diskisyon ak yon move antant ant mari ak madanm, epi mari a pran yon konpansasyon poul divòse avèk li, sa pèmèt menm si li gen règ li; Dapre adit Ibn Abas (se pou Allah kontan avèk yo tou 2), madanm Thabit, pitit gason Qays, pitit gason Chammas te vini kot Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) epi li te di: «O Mesaje Allah, mwen pa gen anyen poum repwochel ni sou karaktèl, ni sou relijyonl, men mwen rayi enkredilite nan Islam.» Lè sa a, Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) di konsa:
«أَتَرُدِّينَ عَلَيْهِ حَدِيقَتَهُ؟»
«Èske wap remèt li jaden li a?» Li te di: Wi. Epi Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di:
«اقْبَلِ الْحَدِيقَةَ وَطَلِّقْهَا تَطْلِيقَةً».
«Aksepte jaden an epi divòsel yon sèl fwa» Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo.52
Epi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) pa te mande si fanm nan te gen règ li oswa si li te pwòp. Epi, paske divòs sa a se yon fason pou fanm nan rachte tèt li, li pèmèt lè gen bezwen pou sa, nan kèlkeswa eta li te ye.
Li te di nan liv 'Al-Mughni' poul esplike rezon ki fè 'Khul' (divòs ak konpansasyon) pèmèt pandan règ (paj 52, volim 7): Paske entèdiksyon divòs pandan règ la fèt pou evite domaj ki ka rive fanm nan akòz peryòd datant (Iddah) la kap vin pi long. Men, Khul’ (divòs ak konpansasyon) fèt pou retire yon domaj ki pi grav, ki se move tretman oswa obligasyon pou li rete viv ak yon moun li rayi epi li pa vle wè. Domaj sa a pi gwo pase domaj peryòd datant lan ki vin pi long lan; se sak fè li pèmèt pou moun nan chwazi pi piti nan 2 domaj yo poul ka evite sa ki pi grav la. Se pou rezon sa a tou Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) pa te janm mande fanm ki vin fè Khul' la nan ki eta li te ye (si l te gen règ oswa non)." Se la pawòl li a fini.
Kanta pou fè kontra maryaj ak yon fanm pandan li gen règ li, pa gen pwoblèm ak sa; paske an prensip, sa pèmèt, epi pa gen okenn prèv ki entèdil. Men, pou mari a al jwenn li pandan li gen règ, sa depann de sitiyasyon an: si pa gen okenn risk poul ta gen rapò avèl, pa gen pwoblèm. Sinon, li pa dwe al jwenn li jiskaske règ li sispann, dekwa pou li pa tonbe nan sa ki entèdi a.
Wityèm règleman: Konsidere règ la kòm baz pou peryòd datant (Iddah) apre yon divòs. Si yon gason divòse ak madanm li apre yo te fin gen rapò seksyèl oswa apre yo te fin ret pou kont yo, madanm nan oblije fè yon peryòd datant ki dure twa (3) règ konplè, si li se yon fanm ki gen règ epi li pa ansent; poutèt pawòl Allah ki di:
﴿وَٱلۡمُطَلَّقَٰتُ يَتَرَبَّصۡنَ بِأَنفُسِهِنَّ ثَلَٰثَةَ قُرُوٓءٖ...﴾
Epi fanm yo divòse avèk yo a dwe tann (anvan yo remarye) pandan yon peryòd ki dire 3 règ [Al-Baqarah:228], Sa vle di: 3 peryòd règ. Men si li ansent, peryòd datant li an se jiskaske li fin akouche nèt, kit peryòd la long oswa li kout; paske Senyè Granmèt la di:
﴿...وَأُوْلَاتُ الأَحْمَالِ أَجَلُهُنَّ أَن يَضَعْنَ حَمْلَهُنَّ...﴾
«...Epi fanm ki ansent yo, peryòd datant (Iddah) yo fini jou yo akouche a...» [At-Talaq:4], Men, pou yon fi ki pa nan kategori sa yo ki gen règ—tankou yon tifi ki poko kòmanse gen règ, yon fi ki pa wè règ li ankò akoz laj li, oswa ki te fè yon operasyon kote yo retire matris li, oubyen pou nenpòt lòt rezon ki fè li pa gen espwa pou li wè règ li ankò—peryòd datant li a se 3 mwa; dapre pawòl Allah (Trèwo a):
﴿وَاللَّائِي يَئِسْنَ مِنَ الْمَحِيضِ مِن نِّسَائِكُمْ إِنِ ارْتَبْتُمْ فَعِدَّتُهُنَّ ثَلَاثَةُ أَشْهُرٍ وَاللَّائِي لَمْ يَحِضْنَ...﴾
Kòm pa gen sètitid sou ki kalite peryòd datant (Iddah) li pral genyen, sa vin rann li entèdi (haram) pou mari a divòse avèl jiskaske sitiyasyon an vin klè. [At-Talaq:4], Men, si se yon fanm ki nòmalman gen règ, epi règ la sispann pou yon rezon ki koni tankou maladi oswa paske lap bay tete, li dwe rete nan peryòd datant la menm si sa ta pran anpil tan, jiskaske règ la retounen, pou li ka konte peryòd la avèk li. Kidonk, si kòz la sispann, epi règ la pa retounen—pa egzanp, li geri anba maladi a oswa li fin bay tete—epi règ la kontinye rete koupe, enben, li dwe konte yon ane konplè apati moman kòz la te sispann an. Epi sa a se opinyon ki kòrèk la, ki konfòm ak prensip lalwa relijye yo, Si rezon an (ki te fè règ la sispann lan) disparèt epi règ la pa tounen, li vin konsidere tankou yon moun ki pa gen règ pou yon rezon yo pa konnen. Nan ka sa a, li dwe fè yon peryòd datant (Iddah) ki dire yon ane konplè: nèf (9) mwa pou asirel li pa ansent (paske se tan sa a pifò gwosès dire), epi twa (3) mwa pou Iddah a menm."
Men, si divòs la fèt aprè kontra a, epi anvan te gen kontak fizik oubyen yo te rete poukont yo, lè sa a pa gen okenn peryòd datant ditou, ni pa mwayen règ, ni pa okenn lòt fason; dapre pawòl Li menm, ki Trè Wo a:
﴿يَاأَيُّهَا الَّذِينَ آمَنُوا إِذَا نَكَحْتُمُ الْمُؤْمِنَاتِ ثُمَّ طَلَّقْتُمُوهُنَّ مِن قَبْلِ أَن تَمَسُّوهُنَّ فَمَا لَكُمْ عَلَيْهِنَّ مِنْ عِدَّةٍ تَعْتَدُّونَهَا...﴾
«O nou menm ki kwè yo! Si nou marye ak fanm ki kwayan, epi nou divòse ak yo anvan nou touche yo (anvan nou gen rapò seksyèl ak yo), nou pa gen okenn peryòd datant (Iddah) pou n mande yo fè...» [Al-Ahzab:49].
Nevyèm règleman: Rekonèt ke matris la (vant lan) vid, sa vle di li pa gen gwosès ladan li.Nou bezwen sèvi ak règleman sa a chak fwa li nesesè pou nou gen prèv ke vant yon fanm vid, epi gen plizyè ka kote sa aplikab:
Pami ka sa yo: Si yon moun mouri epi li kite yon eritaj pou yon bebe ki nan vant yon fanm, epi fanm sa a gen yon mari, mari a pa dwe fè rapò seksyèl avè li jiskaske fanm nan wè règ li, oswa jiskaske li parèt klè sil ansent. Si li parèt klè li ansent, nap deside ke bebe a gen dwa nan eritaj la paske nou konsidere li te la depi lè mèt eritaj la te mouri. Men, si li wè règ li, nap deside ke pa gen eritaj (pou yon bebe), paske règ la se prèv ki montre vant li te vid (li pa te ansent).
Dizyèm règleman: Obligasyon pou moun nan benyen (Ghusl). Li obligatwa pou yon fanm ki te gen règ, depi li fin pwòp, pou li benyen nan lave tout kò li nèt. Dapre jan Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di bay Fatima, pitit fi Abi Hubaysh:
«فَإِذَا أَقْبَلَتِ الْحَيْضَةُ فَدَعِي الصَّلَاةَ، وَإِذَا أَدْبَرَتْ فَاغْتَسِلِي وَصَلِّي».
«Lè règ la vini, sispann fè lapriyè. Epi lèl ale, benyen (fè Ghusl) epi kòmanse priye.» Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (53).53
Pi piti (minimòm) ki obligatwa nan benyen lan (Ghusl) se pou dlo a kouvri tout kòl nèt, menm pati ki anba cheve yo. Men, sa ki pi bon an, se pou li fèl jan sa te esplike nan Hadith la (fason Pwofèt la te konn fè l) Dapre sa yo rapòte de Pwofèt la, Asma bint Chakal te pozel kesyon sou beny pirifikasyon apre règ, epi Pwofèt la te di:
«تَأْخُذُ إِحْدَاكُنَّ مَاءَهَا وَسِدْرَتَهَا فَتَطَهَّرُ فَتُحْسِنُ الطُّهُورَ، ثُمَّ تَصُبُّ عَلَى رَأْسِهَا فَتَدْلُكُهُ دَلْكًا شَدِيدًا، حَتَّى تَبْلُغَ شُؤُونَ رَأْسِهَا، ثُمَّ تَصُبُّ عَلَيْهَا الْمَاءَ، ثُمَّ تَأْخُذُ فِرْصَةً مُمَسَّكَةً -أَيْ: قِطْعَةَ قُمَاشٍ فِيهَا مِسْكٌ- فَتَطَهَّرُ بِهَا».
«Chak moun nan nou dwe pran dlo li ak fèy sid (fèy bwa) li, epi li fè netwayaj li byen fèl, Aprèsa, li vide dlo sou tèt li epi li frottel byen fò jiskaske dlo a rive nan rasin cheve li. Aprè sa, li vide dlo sou tout kò li. Epi li pran yon moso twal ki gen odè mis (pafen) ladan li, epi li netwaye kòl avè l.» Epi Asma di: "Kijan poum netwaye kò m avè l?" Epi li di:
«سُبْحَانَ اللَّهِ!»
«Glwa pou Allah!» Aisha te dil: «Wap pasel kote san an te konn soti a (pou ou ka netwaye tras san yo).» Mouslim rapòte l, nimewo (54).54
Li pa yon devwa pou demare cheve tèt la, sof si li mare tèlman fò ke sa ka anpeche dlo a rive nan rasin li; Poutèt sa ki nan Sahih Muslim, daprè adit Umm Salama (radhiya Allahu anha) kote li te mande Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam): «Mwen se yon fanm ki fè gwo tres ak cheve m, èske mwen dwe detrese yo poum benyen apre rapò seksyèl (Janaba)?» Nan yon lòt vèsyon: «pou règ ak pou Janaba?» Pwofèt la te reponn li:
«لَا، إِنَّمَا يَكْفِيكِ أَنْ تَحْثِيَ عَلَى رَأْسِكِ ثَلَاثَ حَثَيَاتٍ ثُمَّ تُفِيضِينَ عَلَيْكِ الْمَاءَ فَتَطْهُرِينَ».
«Non, li sifi pou ou annik vide twa (3) ponyen dlo sou tèt ou, apre sa, ou vide dlo sou tout kò ou, epi konsa wap vin pwòp.»55
Si yon fi wè règ li sispann pandan lè yon lapriyè toujou la, se yon devwa pou li prese benyen poul ka rive fè lapriyè a nan lè li. Si li nan vwayaj epi li pa gen dlo, oswa si li gen dlo men li pè pou li pa sibi yon domaj si li sèvi ak li, oswa si li malad epi dlo a ka fè li ditò, li dwe fè 'Tayammoum' (pirifikasyon avèk tè) nan plas benyen an jiskaske sa ki te anpeche li a disparèt. Apre sa, li benyen.
Epi, gen kèk medam ki konn wè règ yo sispann pandan lè yon lapriyè, epi yo kite benyen an pou yon lòt lè, yo di se paske yo pa kapab fin benyen nèt nan moman sa a; men, sa a se pa yon agiman ni yon eskiz; Paske li kapab kontante li ak sa ki pi piti ki obligatwa nan benyen an, epi fè lapriyè a nan lè li. Apre sa, lè li jwenn yon moman kote li pi alèz, li ka fè pirifikasyon konplè a.
Senkyèm Chapit: Sou 'Istihadah' (senyen maladi) ak règleman li yo.
Istihadah: Se lè san an kontinye koule sou yon fanm san li pa janm sispann, oswa li sispann pou yon ti bout tan sèlman, tankou yon jou oswa 2 jou nan yon mwa.
Prèv pou premye ka a, kote san an pa janm sispann koule a, se sa ki rapòte nan Sahih al-Bukhari dapre Aisha (radhiya Allahu anha), li te di: Fatima pitit fi Abi Houbech te di Mesaje Allah a ( ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
"يَا رَسُولَ اللَّهِ إِنِّي لَا أَطْهُرُ".
«O Mesaje Allah, mwen pa janm vin pwòp (san an pa janm sispann koule sou mwen).» Epi nan yon lòt vèsyon:
"أَسْتَحَاضُ فَلَا أَطْهُرُ".
"Mwen toujou ap bay san, epi mwen pa janm pirifye"56.
Epi prèv pou dezyèm ka a, kote san an pa sispann koule eksepte pou yon ti bout tan, se adit Hamnah bint Jahsh la, kote li te vin jwenn Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) epi li te di:
"يَا رَسُولَ اللَّهِ إِنِّي أَسْتَحَاضُ حَيْضَةً كَثِيرَةً شَدِيدَةً".
«O Mesaje Allah, mwen gen yon senyen (Istihadah) ki anpil epi ki fò anpil.» [Rapòte pa Ahmad, Abou Dawoud, ak at-Tirmidhi57, e li te otantifye li, epi li te rapòte otantifikasyon Imam Ahmad, ak bonifikasyon Al-Boukhari]58.
Diferan sitiyasyon (ka) yon fanm ki gen Istihadah ka ladan yo:
Gen twa (3) sitiyasyon pou yon fanm ki gen Istihadah:
Premye ka a: Se lè yon fanm te gen yon peryòd règ li konnen byen anvan Istihadah a te kòmanse. Nan ka sa a, li dwe baze sou kantite tan règ li te konn fè anvan an; lap sispann priye epi konsidere jou sa yo tankou règ. Tout rès jou apre sa yo se Istihadah, epi lap suiv règleman ki konsène fanm ki gen Istihadah.
Men yon egzanp sou sa: yon fi te konn gen règ li pandan 6 jou nan kòmansman chak mwa, apre sa, li vin genyen sa yo rele Istihadah a, ki fè san an vin koule sou li san rete. Nan ka sa a, règ li a se 6 jou ki nan kòmansman chak mwa a, e tout sa ki koule anplis la se Istihadah. Daprè hadith Aicha a (ke Allah gen pitye pou li), Fatima, pitit fi Abou Houbeich, te di: «O Mesaje Allah, mwen gen yon san ki pa janm kanpe, epi mwen pa janm pwòp. Èskem dwe kite lapriyè?» Pwofèt la dil:
«لَا، إِنَّ ذَلِكَ عِرْقٌ، وَلَكِنْ دَعِي الصَّلَاةَ قَدْرَ الْأَيَّامِ الَّتِي كُنْتِ تَحِيضِينَ فِيهَا ثُمَّ اغْتَسِلِي وَصَلِّي».
«Non, sa a se yon venn (ki pete), men sispann fè lapriyè pandan kantite jou ou te konn gen règ anvan an, apre sa, benyen (fè Ghusl) epi priye.» Rapòte pa Al-Boukhari59.
Epi nan Sahih Muslim, Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di Oumm Habibah bint Jahsh:
«امْكُثِي قَدْرَ مَا كَانَتْ تَحْبِسُكِ حَيْضَتُكِ ثُمَّ اغْتَسِلِي وَصَلِّي».
«Rete tann pa priye pandan kantite tan règ ou te konn fè ou rete a (anvan maladi a), aprèsa, benyen (fè Ghusl) epi priye.»60
Sou baz sa a, fanm ki gen san iregilye men ki konnen dire peryòd li, dwe tann kantite jou peryòd sa a fin pase. Aprèsa, li dwe benyen epi fè lapriyè, epi li pa bezwen okipe san an ankò nan moman sa a.
Dezyèm ka a: Se lè yon fanm pa te gen yon peryòd règ li konnen byen anvan Istihadah a te kòmanse (pa egzanp, san an kòmanse koule sou li depi premye fwa li wè règ nan lavil epi li pa janm sispann). Nan ka sa a, li dwe baze sou 'distenksyon' (Tamyiz): konsa, pati nan san an ki nwa, ki pwès, oswa ki gen yon odè espesyal, se sa kap sèvi kòm règ li epi ap swiv règleman règ yo pou li. Tout rès san an ki pa gen kalite sa yo, se Istihadah epi lap suiv règleman Istihadah yo.
Men yon egzanp pou sa: yon fi ki wè san pou premye fwa epi san an kontinye koule sou li, men li wè li nwa pandan 10 jou epi rès mwa a li wouj, oubyen li wè li epè pandan 10 jou epi rès mwa a li klè, oubyen li wèl ak odè règ la pandan 10 jou epi rès mwa a li san odè. Règ li se san nwa a nan premye ka a, sa ki epè a nan dezyèm ka a, ak sa ki gen odè a nan twazyèm ka a; epi tout sa ki pa sa, se yon lòt kalite senyen ki pa règ. Epi dapre pawòl Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), bay Fatima pitit fi Abi Hubaysh:
«إِذَا كَانَ دَمُ الْحَيْضَةِ فَإِنَّهُ أَسْوَدُ يُعْرَفُ، فَإِذَا كَانَ ذَلِكَ فَأَمْسِكِي عَنِ الصَّلَاةِ فَإِذَا كَانَ الْآخَرُ فَتَوَضَّئِي وَصَلِّي؛ فَإِنَّمَا هُوَ عِرْقٌ».
«Si se san règ la li ye, se yon san nwa yo konnen byen. Si se li kap koule, sispann fè lapriyè. Men si se lòt la (ki wouj klè), fè ablisyon (pirifikasyon) epi priye; paske sa a se sèlman yon venn (ki pete).» [Rapòte pa Abou Dawoud ak An-Nasa'i, e Ibn Hibban ak Al-Hakim te deklare li otantik]61.
Adit sa a, menm si gen kèk kritik sou moun ki rapòtel yo (chenn transmisyon an) oswa sou tèks la menm, savan yo (Allah gen mizèrikòd pou yo) te travay avè li epi yo te aplikel. Epi li pi bon pou nou sèvi ak metòd sa a pase pou nou ta mande fanm nan bazel sou abitid pifò lòt fanm yo.
Twazyèm ka a: Se lè yon fanm pa gen ni yon peryòd règ li konnen (abitid), ni li pa ka fè yon distenksyon ki valab. Sa rive lè Istihadah a kòmanse sou li depi premye fwa li wè san, epi san an parèt menm jan tout tan (menm koulè, menm kalite), oswa li chanje fason tèlman souvan ke li enposib pou li rekonèt kisa ki règ ladan li. Fi sa a dwe swiv abitid pifò medam yo, konsa peryòd règ li se 6 oswa sèt jou chak mwa, ki kòmanse depi premye moman li wè san an, epi tout sa ki depase sa se istihâdha.
Egzanp sa a se: Yon fanm kòmanse wè san pou premye fwa nan lavil nan senkyèm jou nan mwa a, epi san an kontinye koule sou li san li pa ka fè yon distenksyon ki valab poul konnen kisa ki règ (ni pa rapò ak koulè, ni anyen lòt bagay). Nan ka sa a, règ li ap konte kòm sis (6) oswa sèt (7) jou nan chak mwa, kòmanse depi senkyèm jou a nan chak mwa. Dapre hadith Hamnah bint Jahsh (ke Allah gen pitye pou li), li te di: «O Mesaje Allah, mwen gen yon gwo ekoulman san ki fò anpil, ki sa ou wè ladann? Li anpechem fè lapriyè ak jene.» Lè sa a, Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) di:
«أَنْعَتُ لَكِ (أَصِفُ لَكِ اسْتِعْـمَال) الْكُرْسُفَ (وهُـوَ القُطْنُ) تَضَعِينَهُ عَلَى الْفَرْجِ، فَإِنَّهُ يُذْهِبُ الدَّمَ»،
«Mwen rekòmandew pou ou sèvi ak koton; wap mete li sou pati privew la, paske sa ap kenbe (absòbe) san an.» Li (Hamnah) te di: «San an pi plis pase sa (koton pa ka sifi).» Epi nan menm adit sa a, Pwofèt la te di l:
«إِنَّمَا هَذَا رَكْضَةٌ مِنْ رَكَضَاتِ الشَّيْطَانِ، فَتَحَيَّضِي سِتَّةَ أَيَّامٍ أَوْ سَبْعَةً فِي عِلْمِ اللَّهِ تَعَالَى، ثُمَّ اغْتَسِلِي حَتَّى إِذَا رَأَيْتِ أَنَّكِ قَدْ طَهُرْتِ وَاسْتَنْقَيْتِ فَصَلِّي أَرْبَعًا وَعِشْرِينَ أَوْ ثَلَاثًا وَعِشْرِينَ لَيْلَةً وَأَيَّامَهَا وَصُومِي».
«Sa a se sèlman yon kou (kout pye) pami kout pye Dyab la. Kidonk, konsidere tèt ou nan règ pandan sis (6) oswa sèt (7) jou — nan konesans Allah — aprèsa, benyen (fè Ghusl). Lèw wè ou vin pwòp nèt, priye pandan vennkat (24) oswa venntwa (23) nwit ansanm ak lajounen yo, epi fè jèn.» "[Adit sa a]: Ahmad, Abu Dawood, ak At-Tirmidhi rapòte l, epi At-Tirmidhi deklare li se yon adit ki solid (Sahih). Yo rapòte tou ke Imam Ahmad te konsiderel kòm Sahih, epi Imam Al-Bukhari te konsidere l kòm yon adit ki bon (Hasan).6263
Pawòl Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li): «6 jou oswa 7 jou», se pa yon chwa pou li fè, men pito se pou li fè yon efò rechèch. Pou sa, lap gade sa ki pi pwòch ka pa lia pami moun ki sanble avè li nan fizik yo, ki gen menm laj avè li, epi ki se fanmi pwòch li, epitou lap gade nan san pal la kiyès ki pi sanble ak san règ la, ak tout lòt konsiderasyon ki nan menm sans lan. Si i pi prè 6, yap konsiderel 6, e sil pi prè 7, yap konsiderel 7.
Kategori moun ki sanble ak fanm ki gen Istihadah (senyen maladi):
yon fanm ka gen yon rezon ki lakòz san koule nan pati prive li (emoraji), tankou yon operasyon li fè nan matris li oswa nan zòn ki bò la. Sa a divize an 2 kalite:
Premye kalite a: Se lè yon fi konnen li pa kapab gen règ li ankò apre yon operasyon, tankou si operasyon an se te pou retire matris la nèt, oswa si yo te bouchel yon fason pou san pa ka koule sot ladan li. Fi sa a pa anba menm règleman ak yon « Moustahada » (yon fi ki gen yon kouleman san ki pa nòmal). Okontrè, règleman pou li a se menm ak sa pou yon fi ki wè yon likid jòn, maron, oswa yon imidite apre peryòd pirifikasyon li. Se poutèt sa, li pa dwe kite ni lapriyè, ni jèn, epi li gen dwa gen rapò ak mari li. Li pa oblije benyen nèt pou san sa a. Men, lè li pral fè lapriyè, li dwe lave san an, epi mete yon moso twal oswa yon bagay ki sanble ak sa sou pati entim li pou anpeche san an koule. Apre sa, li fè ablisyon pou lapriyè a, men li pa dwe fè ablisyon sa a anvan lè lapriyè a rive, si se yon priyè ki gen yon lè fiks, tankou senk priyè obligatwa yo. Si se pa sa, se lè li gen entansyon fè priyè a pou li fè ablisyon an, tankou nan ka priyè siperyogatwa ki pa gen lè fiks yo (Nawafil).
Dezyèm kalite a: Se lè li pa sèten si règ la sispann aprè operasyon an, sa vle di li posib pou li gen règ toujou. Nan ka sa a, règleman li se menm ak règleman fanm ki gen Istihadah. Prèv pou sa nou sot di a se pawòl Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) te di Fatimah bint Abi Hubaysh:"
«إِنَّمَا ذَلِكَ عِرْقٌ وَلَيْسَ بِالْحَيْضَةِ، فَإِذَا أَقْبَلَتِ الْحَيْضَةُ فَاتْرُكِي الصَّلَاةَ».
«Sa a se sèlman yon venn (ki pete), se pa règ li ye. Kidonk, lè tan règ la rive, sispann fè lapriyè.»64
Paske pawòl li a (Pwofèt la):
«فَإِذَا أَقْبَلَتِ الْحَيْضَةُ».
«Lè règ la vini» Sa vle di ke règleman sou Istihadah a ap aplike pou yon fanm ki ka gen règ (ki gen yon peryòd ki kòmanse epi ki fini). Men, pou yon fanm ki nan yon sitiyasyon kote li enposib pou l gen règ, tout san li wè se konsidere kòm san yon venn (san blese) nan tout kondisyon.
Règleman ki konsène Istihadah (senyen maladi):
Nan sa ki te di anvan yo, nou aprann kilè yon san se san règ, epi kilè li se yon senyen ki pa nòmal. Lè se san règ li ye, se dispozisyon pou san règ yo ki aplike pou li, epi lè se yon senyen ki pa nòmal li ye, se dispozisyon pou senyen sa a ki aplike pou li.
Nou te deja mansyone pwen enpòtan yo nan règleman ki gen rapò ak règ yo.
Kanta pou règleman sou san ki koule yon fason anòmal la, yo se menm ak règleman pou eta pirifikasyon an. Pa gen diferans ant fanm ki nan sitiyasyon sa a ak medam ki pirifye yo, eksepte nan pwen sa yo:
Premye pwen an se: obligasyon pou li fè woudou pou chak lapriyè, Dapre pawòl Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), pou Fatima, pitit fi Abi Hubaysh:
«ثُمَّ تَوَضَّئِي لِكُلِّ صَلَاةٍ».
«Aprèsa, fè woudou pou chak lapriyè.» Se Al-Boukhari ki rapòte li nan chapit lave san, Sa vle di ke li pa dwe fè ablisyon (pirifikasyon) pou yon lapriyè ki gen yon lè fiks toutotan lè lapriyè sa a pa kòmanse . Men, si lapriyè a pa gen yon lè fikse, li fè woudou pou li lè li deside fè li
Dezyèmman: Lè li vle fè ablisyon (Wudu), li dwe lave tras san an, epi li dwe mare yon moso twal ak koton sou pati prive li poul ka kenbe san an poul pa koule; paske Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) te di Hamnah:
«أَنْعَتُ لَكِ الْكُرْسُفَ فَإِنَّهُ يُذْهِبُ الدَّمَ». قَالَتْ: فَإِنَّهُ أَكْثَرُ مِنْ ذَلِكَ. قَالَ: «فَاتَّخِذِي ثَوْبًا». قَالَتْ: هُوَ أَكْثَرُ مِنْ ذَلِكَ. قَالَ: «فَتَلَجَّمِي».
«Mwen rekòmandew sèvi ak koton, paske sa ap absòbe san an.» Li (Hamnah) di: «San an pi plis pase sa.» Pwofèt la di: «Si se konsa, sèvi ak yon moso twal.» Li di: «Li pi plis pase sa tou.» Pwofèt la di: «Si se sa, marel byen mare .» Hadith la, Epi sa ki soti aprèsa pa gen pwoblèm pou li (sa pa anile anyen); paske Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) te di Fatimah bint Abi Hubaysh:
«اجْتَنِبِي الصَّلَاةَ أَيَّامَ حَيْضِكِ، ثُمَّ اغْتَسِلِي وَتَوَضَّئِي لِكُلِّ صَلَاةٍ، ثُمَّ صَلِّي، وَإِنْ قَطَرَ الدَّمُ عَلَى الْحَصِيرِ».
Evite fè lapriyè pandan jou règ ou yo. Aprèsa, benyen epi fè woudou (pirifikasyon) pou chak lapriyè, epi priye, menm si san ta koule sou tapi a.65 Rapòte pa Ahmad ak Ibn Majah.
Twazyèmman: Rapò seksyèl . Savan yo pa te dakò ant yo sou si sa pèmèt si mari a pa pè tonbe nan peche (tankou fònikasyon) si li pa fè li. Men, sa ki pi kòrèk la, se ke li pèmèt nèt; paske te gen anpil fanm nan tan Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) ki te gen Istihadah, epi ni Allah ni Mesaje li a pa te janm entèdi mari yo gen rapò ak yo. Men pito nan pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿...فَاعْتَزِلُواْ النِّسَاء فِي الْمَحِيضِ...﴾
...pa pwoche bò kote fanm yo pandan peryòd règ yo... [Al-Baqarah:222] Sa a se yon prèv ki montre li pa obligatwa pou moun rete lwen yo (pou yo pa gen rapò ak yo) nan lòt ka yo. Piske li pèmèt pou fanm sa a fè lapriyè, rapò seksyèl la se yon bagay ki pi lejè toujou. Konpare rapò ak yon fanm ki gen Istihadah ak rapò ak yon fanm ki nan règ pa kòrèk; paske 2 sitiyasyon sa yo pa menm, menm pou savan ki di li entèdi yo. Yon konparezon (Qiyas) pa ka valab lè gen yon gwo diferans konsa.
Sizyèm Chapit: Sou san akouchman (Nifas) ak règleman ki mache avè l.
An-nifas, se san ki soti nan matris yon fanm lè lap akouche. San sa a ka parèt pandan lap delivre a, aprè akouchman an, oswa 2 a 3 jou anvan sa si li gen tranche.
Epi Cheikh al-Islam Ibn Taymiyyah (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: «San li wè lè li kòmanse gen doulè tranche a, se san aprè akouchman an (Nifas).» Li pat fikse yon limit 2 jou oswa 3 jou pou sa. Sa li te vle di se: fòk se yon doulè tranche ki swiv pa yon akouchman, sinon se pa nifas. Savan yo te gen divèjans sou pwen sa a: èske li gen yon dire minimòm ak yon dire maksimòm? « Chek Taki-id-Din di nan liv li a (paj 37) : "Nifas (peryòd apre akouchman) pa gen yon limit fiks, ni pou pi piti tan li dire, ni pou pi long tan li ka pran. Si yon fanm wè san an kontinye pandan plis pase 40, 60, oswa 70 jou epi aprèsa li sispann, yo konsidere sa toujou kòm Nifas. Men, si san an pa janm rete, lè sa a se yon san maladi . Nan ka sa a, limit la se 40 jou, paske se tan sa a pifò fanm abitye fè, jan sa ekri nan ansyen tèks yo.
« Mwen di : Daprèsa, si san yon fanm depase 40 jou, epi li konnen li gen yon abitid kote san an ap sispann aprèsa, oswa li wè siy ki montre san an prèske fini, se poul tann jiskaske li sispann nèt. Men, si sa pa rive, li dwe benyen (fè pirifikasyon)lè 40 jou a rive, paske se limit pifò fanm genyen. Sof si peryòd sa a tonbe nan menm moman ak règ li , lè sa a lap tann jiskaske peryòd règ la fini. Si san an sispann apre sa, lap konsidere sa kòm nouvo abitid li, epi se sou sa lap baze nan lavni. Men, si san an kontinye ap koule san rete, lè sa a yo konsiderel kòm yon fanm ki gen "Istitidò" (Mustahada - san maladi), epi lap swiv règ nou te bay anvan pou fanm ki nan ka sa a. » Si yon fanm vin pwòp paske san an sispann koule, li konsidere kòm moun ki pwòp (tayi), menm si 40 jou a poko rive. Nan ka sa a, li dwe fè gousl (benyen), li dwe fè priye li, li dwe jene, epi maril ka kouche avèk li. Sèl kondisyon an, se si san an sispann pou mwens pase yon jounen; nan ka sa a, yo pa konsidere sa kòm si li pwòp toutbon. Se sa ki ekri nan liv "Al-Mughni".66
Yo pa konsidere san an kòm Nifas (san akouchman) toutotan sa fanm nan pèdi a pa gen fòm yon moun ki parèt klè sou li. Si li fè yon foskouch kote sa ki soti a twò piti epi fòm yon moun poko parèt ladanl, san sa a pa rele san Nifas; se yon san veso (san maladi). Nan ka sa a, lap swiv menm règ ak yon fanm ki gen "Istitidò" (emoraji). Pi piti tan pou fòm yon moun kòmanse parèt klè se 80 jou depi gwosès la te kòmanse, men an jeneral sa konn pran 90 jou.
Majd Ibn Taymiyyah di: "Depi yon fanm wè san yon jou anvanl akouche ansanm ak doulè tranche, li pa bezwen okipe san sa a (li kontinye priye). Men, aprè akouchman an, li dwe sispann priye epi sispann jene. Apre sa, si yon bagay rive apre akouchman an ki montre sal te panse a pat sa lap rekòmanse fè sal te manke yo. Men, si anyen pa chanje, lap kontinye konsidere sa li te wè a kòm sa ki dwat epi li pa gen poul refè anyen." Se sa yo rapòte nan liv Charkh al-Iqna." 67
Règleman sou Nifas:
Règleman pou Nifas (san akouchman) se egzakteman menm jan ak règleman pou Hayd (règ/mwa), sof nan pwen sa yo ki vin aprè la a :
Premye pwen an: Se tan pou tann lan (Iddah). Yo kontel daprè moman divòs la, yo pa bazel sou Nifas la (san akouchman an). Paske, si divòs la fèt anvan fanm nan akouche, tan pou li tann nan (Iddah) fini depi li fin akouche a; li pa depann sou san Nifas la. Men, si divòs la fèt aprè li fin akouche, lap gen pou li tann jiskaske règ li tounen vin jwenn li (jan nou te esplike sa anvan).
Dezyèm pwen an: Se peryòd "lè yon mari fè sèman li p ap kouche ak madanm li". Yo konte tan règ la (Hayd) nan delè sa a, men yo pa konte tan Nifas la (san akouchman) ladanl.
Al-Ilaa': Se lè yon gason fè sèman pou li pa fè relasyon seksyèl ak madanm li ditou, oswa pou yon peryòd ki plis pase 4 mwa. Si li fè sèman sa a epi madanm li mande pou yo gen relasyon, yo ba li yon delè 4 mwa ki kòmanse depi jou li te fè sèman an. Lè peryòd sa a fin pase, si madanm nan mande sa, yap oblije li swa poul retounen fè relasyon ak madanm nan, swa poul separe avèk li. Pandan peryòd sa a, si madanm nan ap bay san aprè akouchman (Nifas), tan sa a pa konte pou mari a, epi yo ajoute kantite jou sa yo sou k4 mwa yo. Men, sa diferan pou peryòd règ (Hayd), paske tan sa a konte pou mari a.
Twazyèm pwen an: Yon fi vin granmoun (li rive nan laj pibète) depil wè règ li (Hayd), men yo pa baze sa sou Nifas (san akouchman). Paske, yon fanm pa ka ansent si li pat janm gen yon dechaj (ovulasyon/manman san) anvan sa. Konsa, se dechaj sa a ki te fèt anvan gwosès la ki montre fi a te rive nan laj pibète a, se pa akouchman an.
Katriyèm pwen an: Si san règ la (Hayd) sispann epi li tounen nan moman li abitye vini an, yo sèten se règ li ye toujou. Pa egzanp: yon fanm ki abitye fè 8 jou ap wè règ li; li wè san an pandan 4 jou, aprèsa san an rete pandan 2 jou, epi li tounen ankò nan setyèm ak wityèm jou a. San sa ki tounen an, se règ li ye san okenn dout, epi tout règleman sou règ (Hayd) aplikab pou li. Kanta pou san Nifas la (san akouchman), si li sispann anvan 40 jou a rive, epi li tounen ankò anvan 40 jou a fini, yo konsidere san sa a kòm yon "san dout" (yo pa sèten si se Nifas li ye). Nan ka sa a, fanm nan gen obligasyon pou li priye epi pou li fè jèn ki obligatwa yo nan lè yo (tankou jèn Ramadan). An menm tan tou, tout sa ki entèdi pou yon fanm ki nan règ (ki pa obligasyon) entèdi pou li tou. Men, lè li vin pwòp nèt apre sa, li dwe refè (ranplase) tout sa li te fè pandan san sa a te la, si se te bagay yon fanm nan règ dwe ranplase. Sa se opinyon ki pi konnen nan mitan fòmilatè lalwa nan lekòl Hanbali a. 68
Men, sa ki pi kòrèk la (sa ki pi dwat la), se si san an tounen nan yon delè kote li posib pou li toujou san Nifas, yo dwe konsiderel kòm Nifas vre. Si se pa sa, yo konsiderel kòm règ (Hayd). Men, si san an kontinye koule nèt ale san li pa rete, lè sa a se yon emoraji (Istitidò) li ye.
Epi sa a sanble anpil ak sa li te rapòte nan liv Al-Mughni, kote li tap pale de sa Imam Malik te di. Men sa Malik te di:69 «Si li wè san an 2 ou 3 jou aprè—sa vle di: aprèl te fin sispann koule—, se san aprè akouchman li ye. Sinon, se règ li ye.» Epi sa se egzijans chwa Cheikh al-Islam Ibn Taymiyyah, ke Allah gen mizèrikòd pou li.
Nan fason bagay yo ye toutbon an, pa gen okenn san ki "san dout" (sa vle di Allah konnen nati chak san). Men, dout la se yon bagay ki depann de moun nan, li chanje selon konesans ak konpreyansyon chak moun. Liv senyè toupwisan an (Koran an) ak Tradisyon Pwofèt la (Sounna a) bay esplikasyon sou tout bagay. Mèt linivè a(ki gen tout pouvwa a) pa janm fòse pèsonn fè jèn 2 fwa, ni fè vwayaj toutotou Kaaba a (Tawaf) 2 fwa, sof si te gen yon fot nan premye fwa a ki pa ka ranje si yo pa refè li. Men, depi yon sèvitè Allah fè sa li kapab selon kapasite li ak sa yo mandel fè a, li libere anba tout dèt (li pa gen peche ankò), jan Allah di sa :
﴿لَا يُكَلِّفُ ٱللَّهُ نَفۡسًا إِلَّا وُسۡعَهَا...﴾
Allah pa mete sou okenn moun yon chay ki depase kapasite li. [Al-Baqarah:286], Epi li di:
﴿فَٱتَّقُواْ ٱللَّهَ مَا ٱسۡتَطَعۡتُمۡ...﴾
Gen krentif pou Allah selon kapasite nou...
[At-Tagaboun:16].
Senkyèm diferans ant règ (Hayd) ak Nifas: Pou règ la, si yon fanm vin pwòp anvan dat li abitye a, mari li gen dwa kouche avèk san sa pa poze okenn pwoblèm . Men, pou Nifas la, si li vin pwòp anvan 40 jou a fini, opinyon ki pi konnen nan lekòl (Hanbali) a di mari li ta dwe evite kouche avè li(yo konsidere sa kòm "makrouh" oswa yon bagay ki pa swete). Men, sa ki pi kòrèk la, se paske pa gen okenn pwoblèm si mari a kouche avè li nan ka sa a. Epi sa a, se opinyon pifò savan yo (majorite a); paske lè ou di yon bagay pa rekòmande , sa se yon desizyon lalwa relijye, epi pouw bay yon desizyon konsa, fòk ou gen yon prèv ki soti nan lalwa a (nan Koran oswa Sounna). Nan keksyon sa a, sèl prèv ki genyen se sa Imam Ahmad te rapòte konsènan Ousman bin Abi Al-As: Madanm li te vin jwenn li anvan 40 jou a te fin pase (apre li te fin akouche), epi li te di madanm nan: "Pa pwoche kote m!"70
Men, sa (aksyon Ousman an) pa vle di pou sa ke bagay la "pa rekòmande" (makrouh). Paske, li te ka fè sa pa prekosyon sèlman, tèlman li te pè pou madanm nan pat byen verifye si li pwòp toutbon, oswa li te pè pou mouvman pandan relasyon an pa fè san an deklanche ankò, oubyen pou nenpòt lòt rezon. Epi, senyè toupwisan an konnen pi byen.
Setyèm Chapit: Sou itilizasyon bagay ki anpeche règ vini oswa ki fè li vini, ak sa ki anpeche gwosès oswa ki jete pitit (pèdi gwosès).
Yon fanm gen dwa sèvi ak sa ki ka anpeche règ li vini, men fòk gen 2 kondisyon ki respekte ::
Premye kondisyon an: Fòk pa gen krentif pou sa lakòz li domaj (oswa maladi). Si gen risk pou sa fè santel mal, li pa gen dwa fèl; paske senyè toupwisan an di:
﴿...وَلَا تُلۡقُواْ بِأَيۡدِيكُمۡ إِلَى ٱلتَّهۡلُكَةِ...﴾
...Epi pa lage tèt nou ak pwòp men nou nan pèdisyon (nan danje)... [Al-Baqarah:195],
﴿...وَلَا تَقۡتُلُوٓاْ أَنفُسَكُمۡۚ إِنَّ ٱللَّهَ كَانَ بِكُمۡ رَحِيمٗا﴾
...Epi pa touye tèt nou. Se vre wi, Allah gen anpil mizèrikòd pou nou. [An-Nisa: 29].
Dezyèm kondisyon an: Fòk sa fèt ak pèmisyon mari a si se yon bagay ki gen rapò ak li. Pa egzanp: si yon fanm nan peryòd Iddah (tan poul tann aprè yon divòs) epi mari a obligatwa poul ba li lajan pou li manje ak viv (depans/panson). Si fanm nan sèvi ak yon bagay pou li anpeche règ li vini, sèlman poul ka fè peryòd Iddah a vin pi long epi poul ka kontinye pran lajan nan men mari a, li pa gen dwa fè sa si mari a pa dakò. Menm jan an tou, si li pwouve ke bloke règ la anpeche gwosès, pèmisyon mari a se yon obligasyon. Epi, nan ka kote sa pèmèt, sa ki pi bon an se pa itilize li, sof si gen yon nesesite; paske kite nati a swiv kou nòmal li pi apwopriye pou bon sante ak byennèt kò a.
Epi kanta pou itilize sa ki ka fè règ vini, sa pèmèt tou ak 2 kondisyon:
Premye pwen an: Se pou fanm nan pa sèvi ak sa kòm yon pretèks pou li evite fè yon obligasyon relijye. Pa egzanp: li pa gen dwa deklanche règ li lè mwa Ramadan an pwòch sèlman poul ka pa jene, oswa poul ka pa fè lapriyè, ak lòt bagay konsa.
Dezyèm kondisyon an: Fòk sa fèt ak pèmisyon mari a. Paske, lè règ la vini, sa anpeche mari a jwi dwa li genyen poul gen relasyon ak madanm li nèt; donk fanm nan pa gen dwa sèvi ak yon bagay ki pral bloke dwa mari a si mari a pa dakò. Menmsi fanm nan ta divòse, si se yon divòs kote mari a gen dwa pran li ankò (divòs "Radj-i"), deklanche règ la pral fè peryòd Iddah a fini pi vit, sa ki pral retire dwa mari a te genyen poul ta anile divòs la (nan delè ki te prevwa a).
Kanta pou itilizasyon bagay ki anpeche gwosès (kontrasepsyon), gen 2 fason sa ka fèt:
Premye kalite a: Se lè yon moun anpeche gwosès nèt ale (pèmanan). Sa a pa pèmèt (li entèdi); paske li koupe posiblite pou fè pitit, sa ki vin fè popilasyon an diminye. Sa a ale kont sa Allah vle, ki se pou nasyon Islamik la grandi epi peple. Epitou, moun nan pa ka konnen si pitit li genyen deja yo pa ka mouri, sa ki ta ka fèl rete san pitit nèt pou rès lavi li.
Dezyèm kalite a: Se lè yon moun anpeche gwosès pou yon ti tan (tanporè). Pa egzanp, si yon fanm ansent twò souvan epi sa fatige kò li anpil, li ta vle òganize gwosès li yo pou li fè yon pitit chak 2 zan, oswa yon bagay konsa. Sa a pèmèt (li otorize), men fòk gen 2 kondisyon: se pou mari a bay pèmisyon li, epi fòk sa pa lakòz okenn domaj sou sante fanm nan. Prèv pou sa (pèmisyon pou anpeche gwosès pou yon ti tan), se paske konpayon Pwofèt yo te konn fè sa nou rele "Azl" (retire kò yo anvan yo jwenn jouisans) ak madanm yo nan tan Pwofèt la (benediksyon ak lapè Allah sou li) pou madanm yo pa te ansent. Yo pat janm jwenn entèdikson pou sa. "Azl" la vle di: yon mari gen relasyon ak madanm li, epi li rale kòl moman li pral lage dechaj la poul ka lage li deyò pati madanm nan.71
Kanta pou itilize yon bagay pou retire yon gwosès (fè avòtman), sa gen 2 kategori:
Premye ka a: Se lè yon moun fè avòtman ak entansyon pou touye fetis la, Si sa fèt apre nanm nan fin antre nan li, se yon bagay ki entèdi, san okenn dout; paske se touye yon nanm sakre san rezon valab, epi touye yon nanm sakre se yon bagay ki entèdi dapre Liv la (Koran an), Sounnah la, ak konsansis Mizilman yo. E si se anvan yo soufle nanm nan ladanl, savan yo gen diferan opinyon sou si sa pèmèt: Gen ladan yo ki pèmèt li, genyen ki entèdil. Gen lòt ki di: Sa pèmèt toutotan li poko tounen yon "Alaka" (sa vle di: toutotan li poko gen 40 jou). Epi genyen ki di tou: Sa pèmèt toutotan fòm yon moun poko parèt klè ladan l.
Men, pozisyon ki pi an sekirite (pa prekosyon), se poun anpeche jete pitit la sof si gen yon nesesite reyèl; tankou si manman an malad epi kòl pa ka sipòte gwosès la, oswa lòt rezon grav konsa. Nan ka sa a, li pèmèt pou jetel, depi tan ki pase a poko ase pou fòm yon moun te gen tan parèt sou fetis la. Si fòm moun nan parèt deja, sa entèdi. Epi, Allah konnen pi byen.
Dezyèm pwen an: Se pou entansyon an pa dekoule nan volonte pou detwi lavi pitit la (touye l). Sa vle di, si tantativ pou fè pitit la soti a fèt lè peryòd gwosès la fini epi akouchman an pwòch (pwovoke akouchman), sa a pèmèt. Men, fòk gen 2 kondisyon: sa pa dwe lakòz domaj ni pou manman an, ni pou pitit la, epi sa pa dwe mande pou fè yon operasyon (Sezyèn). Si sa mande pou fè yon operasyon, gen 4 ka posib:
Premye ka a: Si manman an vivan epi tibebe a vivan tou. Nan ka sa a, operasyon (sezyèn) pa pèmèt sof si se yon nesesite absoli; tankou si akouchman an vin difisil anpil epi operasyon an nesesè pou sove yo. Sa se paske kò yon moun se yon konfyans (amanah) senyè toupwisan an konfye li, li pa gen dwa fè anyen ki ka mete kò li nan danje sof si se pou yon gwo avantaj. Epitou, pafwa yon moun ka panse operasyon an pa gen danje, epi bout pou bout li lakòz gwo domaj.
Dezyèm ka a: Si manman an mouri epi tibebe a mouri tou nan vant li. Nan ka sa a, li pa pèmèt pou fè operasyon pou rale fetis la soti, paske sa pa gen okenn itilite (benefis).
Twazyèm pwen an se: Lè manman an vivan epi fetis la mouri, li pèmèt pou fè operasyon an pou retire li, sof si gen krentif pou sa pa pote domaj pou manman an; paske sa ki parèt klè — e Allah konnen pi byen — sèke lè yon fetis mouri, li prèske pa janm soti san operasyon. Kidonk, si li kontinye rete nan vant li, sa anpeche li gen yon lòt gwosès alavni, sa pote difikilte pou li, e petèt li ka rete san mari si li nan peryòd datant li aprè separasyon ak yon ansyen mari.
Katriyèm pwen an se: Lè manman an mouri epi tibebe a vivan, si pa gen okenn espwa pou li siviv, li pa pèmèt pou fè operasyon an.
Epi si gen espwa tibebe a vivan, enben si yon pati nan li te gentan soti, yo dwe fann vant manman an pou yo ka retire rès kò a. Men si anyen pat ko soti nan li, ebyen savan nou yo (ke Allah fè yo mizèrikòd) te di: yo pa dwe fann vant manman an pou retire pitit la; paske sa se yon fòm mutilasyon. Men, opinyon ki pi kòrèk la sèke yo dwe fann vant la si pa gen lòt fason pou yo retire li, Epi sa a se chwa Ibn Hubayrah, ki te di nan Al-Insaf72: e se li ki pi preferab.
Mwen di: Epi sitou nan tan pa nou an, fè operasyon an se pa yon mutilasyon; paske yo fann vant lan epi yo koud li tounen, epi paske sakre moun ki vivan an pi gran pase sakre moun ki mouri a; epi paske sove yon moun ki inosan anba destriksyon se yon obligasyon, epi timoun ki nan vant lan se yon moun ki inosan, sa fè li vin yon obligasyon pou sove li Allah konnen pi byen.
Nòt: Nan ka kote li pèmèt pou retire gwosès la, jan sa te mansyone anvan an, li endispansab pou genyen pèmisyon moun ki gen dwa sou gwosès la, tankou mari a.
Se isit la sa nou te vle ekri sou sijè enpòtan sa a fini. Nou te limite tèt nou sèlman sou prensip debaz yo ak règ jeneral yo. Sinon, tout lòt branch yo, ti detay yo, ak tout sa kap rive fanm yo nan domèn sa a, se tankou yon lanmè ki pa gen bò. Men, moun ki wè klè a kapab lye branch yo ak rasin yo, ansanm ak detay yo ak prensip jeneral ki kontwole yo, epi konpare bagay yo ak sa ki sanble ak yo.
Se pou Mifti a konnen byen ke li se yon entèmedyè ant Allah ak kreyatil yo pou li transmèt mesaj Mesaje li yo te pote a epi esplike li bay pèp la. Li dwe konnen lap gen pou li rann kont sou sa ki nan Liv la (Koran an) ak nan Sounna a; paske se 2 sous sa yo sèlman yo mande sèvitè Allah a poul konprann epi pou li mete an pratik. Tout sa ki kontrè ak Liv la ak Sounnah la se yon erè. Se yon devwa pou nou rejtel, epi li pa pèmèt pou nou aji daprè li. Menm si moun ki dil la ta ka gen eskiz li poutèt efò li te fè a, epi li jwenn rekonpans pou efò sa a, men, yon lòt moun ki konnen erè a pa gen dwa akseptel.
Epi, se yon obligasyon pou Mifti a (moun kap bay konsèy relijye a) gen yon entansyon ki senp epi ki pwòp pou Allah sèlman. Li dwe mande senyè toupwisan an sekou nan chak sityasyon kap prezante devan li, epi li dwe toujou mande Granmèt la poul ba li fòs poul rete fèm epi pou l ede l jwenn bon repons ki kòrèk la.
Epi li dwe pran sa ki vini nan Liv la(koran an) ak Sounnah la kòm referans li, pou li gade epi fè rechèch sou sa, oswa nan sa li ka itilize kòm èd nan pawòl moun ki gen konesans yo poul ka konprann yo tou le 2.
Epi sa rive souvan, gen yon pwoblèm (yon keksyon) ki parèt, epi moun nan chèche repons pou li nan tout sa li kapab jwenn nan pawòl savan yo (moun ki gen konesans yo), epi malgre sa, li pa jwenn anyen ki ba li asirans nan desizyon lap pran an. Pafwa menm, li pa jwenn okenn tras ditou ki pale sou keksyon sa a nan liv yo. Konsa, si li (Mifti a) retounen nan Liv la (Koran an) ak nan Sounna a, lwa (oswa desizyon) yap bay la ap parèt klè epi fasil pou li. Sa ap depann sou nivo senserite li (eklas), nivo konesans li, ak kapasite li genyen poul konprann.
Epi, se yon obligasyon pou Mifti a (moun kap bay konsèy relijye a) poul pran tan li pou li byen reflechi anvan li bay yon desizyon lè yon pwoblèm parèt konplike, epi li pa dwe kouri deside twò vit. Paske, gen anpil desizyon moun te kouri pran, epi aprè yon ti tan nan reflechi, yo rann yo kont yo te fè erè ladan yo; lè sa a, yo vin regrèt sa. Men, pafwa, li ka rive li pa kapab repare ankò sa li te fin bay kòm konsèy la!
Lè moun konnen ymyon moun kap bay opinyon relijye kòm yon moun ki pran tan li epi ki verifye byen sa lap di, yap fè deklarasyon linyo konfyans epi yap respekte yo. Men, si yo wè se yon moun ki kouri deside twò vit, yap mefye yo; paske yon moun ki kouri twò vit konn fè anpil erè, epi moun yo pap gen konfyans nan sa lap di. Konsa, poutèt li kouri twò vit epi li fè erè, li vin anpeche tèt li ak lòt moun pwofite bon konesans ak verite li te ka genyen pou li bay la.
Nap mande Allah Granmèt la pou li mennen nou ansanm ak tout frè mizilman nou yo sou chemen ki dwat la. Se pou li pran swen nou ak tout byenveyans li, epi se pou li pwoteje nou poun pa fè erè, gras ak pwoteksyon li. Se vre wi, li se yon Allah ki bay anpil e ki gen krentif. Se pou benediksyon ak lapè Allah poze sou pwofèt nou an, Mouhammad, ak sou tout fanmi li ak tout konpayon li yo. Lwanj pou senyè toupwisan an, li menm ki fè tout bèl bagay rive nan bout yo gras ak favè li.
Se sèvitè Allah a ki fini ekri sa ak pwòp men li.
Muhammad as-Salih al-'Uthaymin
Lè solèy la fin leve nan maten yon jou vandredi
14 Cha'ban ane 1392 H
***
الفهرس
Premye Chapit: Sou sans (sa ki vle di) règ la ak bon konprann (sajès) ki gen dèyè sa 5
Dezyèm Chapit: Sou ki laj yon fanm kòmanse gen règ epi konbyen tan sa konn dire. 6
Twazyèm Chapit: Chanjman ki ka rive sanzatann nan règ la 17
Katriyèm Chapit: Sou règleman ki konsène règ (Al-Hayd) 23
Senkyèm Chapit: Sou 'Istihadah' (senyen maladi) ak règleman li yo. 46
Diferan sitiyasyon (ka) yon fanm ki gen Istihadah ka ladan yo: 48
Kategori moun ki sanble ak fanm ki gen Istihadah (senyen maladi): 53
Règleman ki konsène Istihadah (senyen maladi): 55
Sizyèm Chapit: Sou san akouchman (Nifas) ak règleman ki mache avè l. 57
Règleman sou Nifas : 60
Setyèm Chapit: Sou itilizasyon bagay ki anpeche règ vini oswa ki fè li vini, ak sa ki anpeche gwosès oswa ki jete pitit (pèdi gwosès). 64
***
ht130v3.1 - 06/06/2026
Rapòte pa Al-Boukhari: liv al-Hayd, chapit Fanm ki gen règ la akonpli tout seremoni yo nèt eksepte Tawaf la bò Kay la, nimewo (305), epi Mouslim: liv al-Hajj, chapit Eksplikasyon sou fason Ihram yo, nimewo (1211).
Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Oumra, Chapit sou rekonpans Oumra a selon difikilte a, nimewo (1662), epi Mouslim: Liv Hadj, Chapit sou eksplikasyon kalite Ihram yo, nimewo (1211).
Risalat al-Asma' allati allaqa ach-Chari al-Ahkam biha (p: 35)
Sous presedan an (paj 36).
Sous anvan an (paj: 38).
Rapòte pa Al-Bukhari: Liv Lafwa, chapit Relijyon an Fasil, nan nimewo (39), daprè adit Abou Hourayra, ke Allah satisfè avè l.
Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Vèti yo, Chapit Deskripsyon Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), nimewo (3560), epi Mouslim: Liv Vèti yo, Chapit sou fason li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te rete lwen peche yo, nimewo (77/2327).
Majmou‘ Al-Fatawa (238/19-239).
Al-Awsat (356/2).
Gade: Al-Moughni (405/1).
Al-Moudawwanah (1/ 155), An-Nawadir ak Az-Ziyadat (1/ 136).
Ikhtilaf al-Fouqaha pa Al-Marwouzi (p. 193), Al-Awsat (2/ 239).
Al Umm (82/1).
Majmou Al-Fatawa (238/19-239).
Al-Moughni (396/1)
Rapòte pa Abou Dawoud: liv Pirifikasyon, chapit sou fanm ki wè ekoulman mawon ak jòn apre pirifikasyon, nimewo (307).
Rapòte pa Al-Bukhari: Liv Règleman, Chapit: Koulè Jòn ak Mawon andeyò Jou Règleman, anba nimewo (326).
Fath Al-Bari (1/ 426).
Sahih Al-Bukhari (1/ 71).
Kòmantè Al-Boukhari: Liv sou Peryòd Règ, chapit sou kòmansman ak finisman li, anvan hadith nimewo (320).
Prensip (19/2-20)
Rapòte de yo nan Al-Insaf.
Al-Umm (1/ 83-84).
Al-Moughni (226/1).
Al-Mughni (257/1).
Rapòte pa Al-Boukhari: liv Lè Lapriyè yo, chapit Moun ki rive fè yon raka nan lapriyè a, nimewo (580). Epi Mouslim: liv Mesjid yo ak Kote yo fè Lapriyè, chapit Moun ki rive fè yon raka nan lapriyè a, donk li rive fè lapriyè sa a, nimewo (607), daprè adit Abou Hourayra, ke Allah satisfè de li.
Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Lè Lapriyè yo, chapit Moun ki kenbe yon rak'ah nan lapriyè Fajr, nimewo (579). Epi Mouslim: Liv Mesjid yo ak Kote pou fè Lapriyè, chapit Moun ki kenbe yon rak'ah donk li kenbe priyè a, nimewo (608), dapre hadith Abou Hourayra ke Allah satisfè avè l.
Al-Majmou' Charh Al-Mouhadhab (3/ 70).
Rapòte pa Boukhari: Liv Règ la, chapit: lekti yon nonm sou janm madanm li pandan l gen règ, nimewo (297). Ak Mouslim: Liv Règ la, chapit: yon nonm ki apiye sou janm madanm li pandan l gen règ epi k ap li Koran, nimewo (301), daprè hadith Aicha, ke Allah satisfè avè l.
Rapòte pa Al-Bukhari: nan liv al-Hayd, nan chapit "Prezans fanm ki gen règ nan de fèt Eid yo ak envokasyon Mizilman yo, epi pou yo rete lwen espas lapriyè a", nan nimewo (324). Epi Mouslim: nan liv Lapriyè de Fèt Eid yo, nan chapit "Mansyon sou pèmisyon pou fanm yo soti nan de fèt Eid yo pou ale nan espas lapriyè a epi pou yo asiste sèmon an, apa de mesye yo", nan nimewo (890).
Al-Majmou (2/ 357).
Al-Awsat (2/ 223).
Fath Al-Bari (1/ 408).
Gade nan liv Sahih al-Bukhari: Liv sou règ la, chapi ki di: 'Fanm ki gen règ la ap fè tout rityèl (Hajj) yo nèt, eksepte vire lap vire won (Tawaf) nan Kay la (Ka'bah)'. Epi gade nan liv Fath al-Bari (Volim 1, paj 407-408).
Fath Al-Bari (1/ 408).
Al-Majmou (2/ 356).
Se Boukhari ki rapòte li kòm yon kòmantè: Liv Règl la, chapit: Fanm ki gen règ la akonpli tout seremoni yo eksepte Tawaf otou Kay la, anvan hadith nimewo (305).
At-Tirmidhi rapòte l: Chapit sou Pirifikasyon, chapit sou moun ki nan djanaba ak fanm ki gen règ ki pa resite Kòran an, nan nimewo (131).
Gade: 'Al-Ilal' pa Al-Tirmidhi (paj 69 nan klasman l lan), 'Al-Sunan al-Kubra' pa Al-Bayhaqi (1/309), 'Al-Ahkam al-Shar’iyyah' pa Ibn Abd al-Haqq (1/504), ak 'Nasb al-Rayah' pa Al-Zayla’i (1/195).
Majmou Al-Fatawa (26/ 191).
Rapòte pa Boukhari: Liv sou règ, Chapit: Fanm ki gen règ pa gen pou l ranplase lapriyè, nimewo (321). Epi Mouslim: Liv sou règ, Chapit: Obligasyon pou fanm ki gen règ ranplase jèn, men pa lapriyè, nimewo (335). Epi se vèsyon Mouslim lan.
Rapòte pa Boukhari: liv Konesans, chapit sou Pèdi nan Konesans, nimewo (130). Epi Mouslim: liv Règ, chapit sou Obligasyon Ghousl pou fi a..., nimewo (313).
Rapòte pa Boukhari: Liv Jèn, Chapit sou benyen moun kap jene a, nimewo (1931). Epi Mouslim: Liv Jèn, Chapit sou validite jèn yon moun douvanjou bare pandan li janaba, nimewo (1109).
Rapòte pa Boukhari nan liv Al-Hayd, chapit: Yon fanm ki gen règ akonpli tout seremoni yo eksepte Tawaf otou Kay la, nimewo (305). Epi Mouslim nan liv Al-Hajj, chapit: Eksplikasyon sou fòm Ihram yo, nimewo (1211).
Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Al-Hajj, Chapit Tawaf Al-Wada, nimewo (1755). Ak Mouslim: Liv Al-Hajj, Chapit obligasyon Tawaf Al-Wada ak egzansyon li pou fanm ki gen règ, nimewo (1328).
Rapòte pa Boukhari: Liv Hadj, Chapit: Si fi a gen règ li apre li fin fè Tawaf Ifadah la, anba nimewo (1757). Ak Mouslim: Liv Hadj, Chapit: Obligasyon Tawaf Widaa a, anba nimewo (1211).
Rapòte pa Boukhari: Liv Règl la, chapit sou fanm ki gen règ yo ki asiste de fèt 'Id yo ak siplikasyon Mizilman yo, epi ki rete lwen kote lapriyè a, nimewo (324). Epi Mouslim: Liv Lapriyè de fèt 'Id yo, chapit ki mansyone pèmisyon pou fanm yo soti pou de fèt 'Id yo pou ale kote lapriyè a epi asiste diskou a, pandan yo separe de mesye yo, nimewo (890).
Rapòte pa Mouslim: liv sou Règleman, chapit sou pèmisyon pou yon fanm ki gen règ lave tèt mari l, nimewo (302).
Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Manstriyasyon, Chapit Kontak dirèk ak fanm ki gen règ, nimewo (301). Ak Mouslim: Liv Manstriyasyon, Chapit Kontak dirèk ak fanm ki gen règ anlè Izar la, nimewo (293).
Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Divòs, nimewo (5251). Ak Mouslim: Liv Divòs, chapit sou entèdiksyon pou divòse yon fanm ki gen règ san konsantman li, e ke si li kontredi sa, divòs la konte, epi yo ba li lòd pou li reprann li, nimewo (1471), dapre adit Ibn Omar, k'Allah satisfè avèk yo toulede.
Rapòte pa Al-Bukhari: nan Liv Divòs, chapit sou Khul' ak jan divòs la fèt ladan l, anba nimewo (5273), dapre hadith Ibn Abbas, ke Allah satisfè de yo toulede.
Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Règ la, chapit sou kòmansman ak finisman règ la, nimewo (320), ak Mouslim: Liv Règ la, chapit sou fanm ki gen istihada, beny li ak lapriyè li, nimewo (333), daprè adit Aicha, ke Allah satisfè de li.
Rapòte pa Al-Boukhari: Liv Règleman, Chapit sou benyen pou moun ki gen règ, nimewo (315), ak Mouslim: Liv Règleman, Chapit sou rekòmandasyon pou moun kap benyen aprè règ pou li itilize yon moso koton ki pafime ak misk nan zòn kote san an te ye, nimewo (332), nan adit Aicha, ke Allah satisfè avè li.
Rapòte pa Mouslim: Liv sou Peryòd règ, Chapit sou desizyon konsènan très fi kap fè gwo benyen an, nimewo (330), dapre adit Oum Salama, ke Allah satisfè de li.
Rapòte pa Boukhari: Liv Woudou, chapit Lave San, nimewo (228), epi Mouslim: Liv Règ, chapit sou fanm ki gen senyen andeyò règ li, pirifikasyon l, ak lapriyè l, nimewo (333), daprè adit Aicha, ke Allah satisfè avèk li.
Rapòte pa Ahmad (6/ 349), ak Abou Dawoud: liv At-Taharah, chapit Sila ki di lè règ la vini, li kite lapriyè, anba nimewo (287), ak At-Tirmidhi: Chapit At-Taharah yo, chapit Fanm ki gen istihadah ki konbine de lapriyè ak yon sèl ghusl, anba nimewo (128), dapre adit Hamnah bint Jahsh, ke Allah satisfè avèk li.
Sounann At-Tirmidhi: Liv sou Pirifikasyon, chapit sou fanm ki gen san istihada a ki konbine de lapriyè ak yon sèl gousl, apre hadith nimewo (128).
Al-Bukhari rapòte l: Liv sou Règ la, chapi sou Règ la, ak sa yo dwe kwè nan sa fanm yo di sou keksyon règ ak gwosès, ak sa ki posib nan keksyon règ la, nimewo (325), dapre adit Aisha (radhiya Allahu anha).
Muslim rapòte li: Liv sou Règ la, chapit sou fanm ki gen Istihadah (senyen maladi), fason pou li benyen epi fè lapriyè, nimewo (334), dapre adit Aisha (radhiya Allahu anha).
Rapòte pa Abou Dawoud: Liv Pwòpte, Chapit sou moun ki di: lè règ la vini, li kite lapriyè, nimewo (286), ak An-Nasa'i: Liv Pwòpte, Chapit sou fanm ki gen san irregilye a, ki te konnen jou peryòd li yo anvan san an te kòmanse koule san rete, nimewo (211), ak Ibn Mājah: Liv Pwòpte ak pratik li yo, Chapit sou fanm ki gen san irregilye a, ki te konnen jou peryòd li yo anvan san an te kòmanse koule san rete, nimewo (620), ak Ibn Hibban nan Sahih li a (1348), ak Al-Hakim nan Mustadrak li a (618), daprè hadith Aicha, ke Allah satisfè avè l.
Sunan At-Tirmidhi: Liv sou pirifikasyon, chapit sou fanm ki gen Istihadah ki ka rasanble de (2) priyè ak yon sèl beny (Ghusl), sa parèt apre adit nimewo (128).
Ahmad rapòte l (6/439); Abu Dawood rapòte l tou nan: Liv sou pirifikasyon, chapit sou moun ki di: «Lè règ la vini, sispann fè lapriyè», nimewo (287); epi At-Tirmidhi rapòte l nan: Liv sou pirifikasyon, chapit sou fanm ki gen Istihadah ki ka rasanble de (2) priyè ak yon sèl beny (Ghusl), nimewo (128), dapre adit Hamnah bint Jahsh (radhiya Allahu anha).
Rapòte pa Boukhari: Liv Woudoù, chapit lave san, nan nimewo (228), ak Mouslim: Liv Règl, chapit konsènan fanm ki gen senyen anòmal la, fason li lave, ak lapriyè li, nan nimewo (333), daprè adit Aicha, ke Allah satisfè avè l.
Ahmad rapòte l (6/204); Ibn Majah rapòte l tou nan: Liv sou pirifikasyon ak règleman li yo, chapit sou sa ki te di konsènan fanm ki gen Istihadah ki te gen yon kantite jou règ li te konn konte anvan san an te vin koule nèt sou li a, nimewo (624), dapre adit Aisha (radhiya Allahu anha).
Al-Mughni (252/1-253).
Kachchaf al-Qina‘ (219/1)
Al-Mughni (253/1).
Al-Mughni (253/1).
Al-Mughni (2/ 252), epi efè ‘Uthman ibn Abi al-‘As la rapòte pa Abd ar-Razzaq nan Al-Musannaf (1202), Ibn Abi Shaybah nan Al-Musannaf (17450), Ad-Darimi nan As-Sunan (990), ak Ibn al-Jarud nan Al-Muntaqa (118).
Rapòte pa Boukhari: liv An-Nikah, chapit Al-'Azl, nimewo (5209), ak Mouslim: liv An-Nikah, chapit sou jijman Al-'Azl, nimewo (1440), daprè hadith Jabir, ke Allah satisfè de li.
Al-Insaf (556/2).
Règleman sou fanm ki konfonn nan kekyon règ (Al-Mutahayyirah), daprè Imam Ad-Darimi." (p:17).