فضائل وآداب المسجد النبوي وأحكام زيارة قبر النبي ﷺ وقبري صاحبيه (كريولي)

  • earth Language
    (كريولي)
  • earth Author:
    اللجنة العلمية برئاسة الشؤون الدينية بالمسجد الحرام والمسجد النبوي
PHPWord

 

 

فَضَائِلُ وَآدَابُ المَسْجِدِ النَّبَوِيِّ

وَأَحْكَامُ زِيَارَةِ قَبْرِ النَّبِيِّ ﷺ

وَقَبْرَي صَاحِبَيْهِ رَضِيَ اللَّهُ عَنْهُمَا

 

 

Bèl kalite ak bon fason pou moun genyen nan Moske Pwofèt la,
ak règ pou vizite tonbo Pwofèt la
(ke lapè ak benediksyon Allah sou li)
ansanm ak tonbo 2 konpayon li yo
(ke Allah dakò ak yo)

 

 

 

 

اللَّجْنَةُ العِلْمِيَّةُ

بِرِئَاسَةِ الشُّؤُونِ الدِّينِيَّةِ بِالمَسْجِدِ الحَرَامِ وَالمَسْجِدِ النَّبَوِيِّ

 


بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ

Bèl kalite ak bon fason pou moun genyen nan Moske Pwofèt la, ak règ pou vizite tonbo Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ansanm ak tonbo 2 konpayon li yo (ke Allah dakò ak yo)

 

Komisyon Syantifik nan Prezidans Afè Relijye pou Gran Moske a (Maka) ak Moske Pwofèt la (Medin).

 

Liv sa a montre bèl kalite Moske Pwofèt la ak bon fason pou moun vizite li. Li prezante tou bon fason pou moun vizite tonbo Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak tonbo tonbo 2 konpayon li yo (ke Allah dakò ak yo). Liv la ensiste anpil sou enpòtans pou moun gen respè (diyite), pou yo pwòp, epi pou yo evite fè nenpòt aksyon ki pa nan tradisyon an (inovasyon) pandan vizit la.

Byenfè ak fason pou moun konpòte yo ak respè nan Moske Pwofèt la, ak règleman pou vizite tonbo Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) ansanm ak tonbo 2 konpayon li yo (Se pou Allah dakò ak yo 2 a).

 

Prepare pa

Komisyon Syantifik ki anba direksyon Prezidans Zafè Relijye nan Gran Moske Mèk la ak Moske Pwofèt la.

Entwodiksyon an.

Lwanj pou Allah Mèt linivè a. Benediksyon ak lapè sou moun Allah voye kòm yon mizèrikòd pou tout kreyati yo (Pwofèt Muhammad), sou fanmi li, sou konpayon li yo, ak sou tout moun ki swiv chemen li epi ki mache nan limyè gidans li jouk jou jijman an. Apre sa :

Sa se yon ti liv ki tou kout, ki gen ladan li pwen ki pi enpòtan sou byenfè Moske Pwofèt la, prensip respè pou vizite li,ak fason pou vizite tonbo Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah poze sou li)ansanm ak tonbo 2 konpayon li yo. Nou ranmase enfòmasyon sa yo pou moun ki ap vizite Moske Pwofèt la, pou yo ka gen konesans ak klète sou valè moske Pwofèt nasyon an (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) sou jan pou yo vizite li ak jan pou yo priye ladan li. Nap mande Allah ki Gen Gran Kè ak anpil Jenerozite, pou li fè liv sa a sèvi moun yo, pou li fè li tounen yon bon zèv ki fèt sèlman pou Li (poun fè li plezi). Se Li menm ki pi bon moun nou ka mande, epi se nan Li nou mete tout espwa nou."

Komisyon Syantifik

 

Premye pwen: Byenfè Moske Pwofèt la

Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:

﴿وَرَبُّكَ يَخۡلُقُ مَا يَشَآءُ وَيَخۡتَارُۗ مَا كَانَ لَهُمُ ٱلۡخِيَرَةُۚ سُبۡحَٰنَ ٱللَّهِ وَتَعَٰلَىٰ عَمَّا يُشۡرِكُونَ 68﴾

68: Mèt ou a (Allah) kreye sa li vle, epi li chwazi sa li vle. Yo menm (kreyati yo), yo pa gen pouvwa pou yo chwazi anyen. Lwanj pou Allah ! Li pi wo epi li lwen tout sa yap makonnen ak li yo (sa yap adore nan plas li yo). [Al-Qasas: 68], Epi Allah chwazi kote sa a pou li tounen moske Pwofèt li a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) epi li ba li anpil kalite (byenfè) espesyal, ladan yo nou jwenn:

Li se youn nan twa (3) moske kote moun dwe prepare vwayaj pou yo ale vizite (pou chèche benediksyon):

Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), li rapòte Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):

«لَا تُشَدُّ الرِّحَالُ إِلَّا إِلَى ثَلَاثَةِ مَسَاجِدَ: مَسْجِدِي هَذَا، وَمَسْجِدِ الحَرَامِ، وَمَسْجِدِ الأَقْصَى».

Moun pa dwe prepare vwayaj (pou chèche benediksyon yon kote) eksepte pou 3moske: moske mwen an (nan Medin), Moske Al-Haram (nan Lamèk), ak Moske Al-Aqsa (nan Jerizalèm).1

Lapriyè ladan li pi bon pase mil (1,000) lapriyè nan nenpòt lòt moske, eksepte Moske Al-Haram (ki nan Lamèk):

Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«صَلَاةٌ فِي مَسْجِدِي هَذَا خَيْرٌ مِنْ أَلْفِ صَلَاةٍ فِيمَا سِوَاهُ، إِلَّا المَسْجِدَ الحَرَامَ».

«Yon lapriyè nan moske mwen sa a pi bon pase mil lapriyè nan nenpòt lòt moske, sof Moske Sakre2.

Se moske sa a ki te bati sou baz krentif pou Allah (taqwa) depi premye jou a:

Daprè Abu Sa'id al-Khudri, ke Allah satisfè de li, li te di: Mwen te antre bò kote Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan kay youn nan madanm li yo, epi mwen te di: "O Mesaje Allah, kiyès nan 2 moske yo ki te bati sou baz krentif pou Allah la?" Pwofèt la pran yon ponyen ti wòch, li frape tè a avèk li, apre sa li di:

«هُوَ مَسْجِدُكُمْ هَذَا» لِمَسْجِدِ المَدِينَةِ.

«Se moske nou an la a» (li tap pale de moske ki nan vil Medin lan)3.

Rekonpans yon moun kap chèche konesans ladan li se menm jan ak rekonpans yon moun kap goumen nan chemen Allah a (moujahid):

Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

«مَنْ جَاءَ مَسْجِدِي هَذَا، لَمْ يَأْتِهِ إِلَّا لِخَيْرٍ يَتَعَلَّمُهُ أَوْ يُعَلِّمُهُ، فَهُوَ بِمَنْزِلَةِ المُجَاهِدِ فِي سَبِيلِ اللهِ، وَمَنْ جَاءَ لِغَيْرِ ذَلِكَ، فَهُوَ بِمَنْزِلَةِ الرَّجُلِ يَنْظُرُ إِلَى مَتَاعِ غَيْرِهِ».

«Nenpòt moun ki vini nan moskem nan la a, epi li pa vini pou anyen lòt pase pou yon byen lap aprann oswa lap anseye, li menm jan ak yon moun kap goumen nan chemen Allah a (Mujahid). Men, moun ki vini pou yon lòt rezon, li menm jan ak yon nonm kap gade byen (richès) lòt moun.»4

Li gen ladan l zòn Ar-Rawdah ash-Sharifah (Jaden ki beni an):

Epi daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«مَا بَيْنَ بَيْتِي وَمِنْبَرِي رَوْضَةٌ مِنْ رِيَاضِ الجَنَّةِ، وَمِنْبَرِي عَلَى حَوْضِي».

«Espas ki ant kay mwen ak kote mwen fè diskou a (minbar) se yon jaden nan jaden Paradi yo, epi kote mwen fè diskou a (minbar) li sou bò basen dlo mwen an (Al-Hawd).»5

 

 

 

Dezyèmman: Li rekòmande (li se yon bon bagay) pou moun vizite Moske Pwofèt la ki onore.

Akòz byenfè sa yo ak lòt ankò, li rekòmande pou moun vizite Moske Pwofèt la pou yo ka priye ladan l epi adore Allah

Konsa, li se yon aksyon ki rekòmande (Sunnah) pou moun kap fè pèleren (Haj) ak pou nenpòt lòt moun, pou yo vizite Moske Pwofèt la, swa anvan yo fè Haj la oswa aprè yo fin fè li. Men, vizit sa a pa fè pati kondisyon pou Haj la valab, li pa nan poto mitan li yo, ni li pa nan obligasyon l yo; vizit la pa gen okenn rapò (dirèk) ak pratik Haj la.

- Pa gen yon kantite priyè presi, ni yon dire tan espesifik pou rete nan vil Medin, ki se yon kondisyon pou vizite Moske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li). Okontrè, vizit la fèt ak yon sèl priyè, kit se yon priyè obligatwa oswa yon priyè volontè. Men, plis kantite priyè yo ogmante ladan li, se plis rekonpans la ogmante.

Epi li rekòmande pou moun kap vizite Moske Pwofèt la pou li fè tout lapriyè obligatwa yo (Fard) ladan li ansanm ak lapriyè volontè yo (Nawafil); poutèt sa nou te di anvan an, kote lapriyè ladan li pi bon pase mil (1,000) lapriyè nan nenpòt lòt kote, eksepte Moske Al-Haram.

 

Twazyèmman: Prensip respè ak bon konpòtman (Ādāb) pou vizite Moske Pwofèt la

Lè yon Mizilman rive nan Moske Pwofèt la, li rekòmande pou li montre bon konpòtman (prensip respè) lalwa relijyon an mande pou tout moske an jeneral, ak sa ki konsène Moske Pwofèt la an patikilye. Men yo:

Pou li vini nan moske a ak Trankilite ak diyite, nan eta pwòpte (ablisyon), ak yon bèl aparans, epi ak yon bon sant. Dapre sa Abou Hourayrah (se pou Allah dakò avè l) rapòte, Mesaje Bondye a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te di:

«إِذَا ثُوِّبَ لِلصَّلَاةِ فَلَا تَأْتُوهَا وَأَنْتُمْ تَسْعَوْنَ، وَأْتُوهَا وَعَلَيْكُمُ السَّكِينَةُ، فَمَا أَدْرَكْتُمْ فَصَلُّوا، وَمَا فَاتَكُمْ فَأَتِمُّوا، فَإِنَّ أَحَدَكُمْ إِذَا كَانَ يَعْمِدُ إِلَى الصَّلَاةِ فَهُوَ فِي صَلَاةٍ».

«Lè yo fin fè apèl (Iqamah) pou kòmanse lapriyè a, pa kouri vini pou nou ratrape l. Vini ak kalm (trankilite). Sa nou jwenn lan, priyel, epi sa ki te pase nou an, konpletel. Paske, depi youn nan nou gen entansyon pou li ale lapriyè, li deja konsidere kòm moun kap lapriyè.»6 Epi daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«الغُسْلُ يَوْمَ الجُمُعَةِ وَاجِبٌ عَلَى كُلِّ مُحْتَلِمٍ، وَأَنْ يَسْتَنَّ، وَأَنْ يَمَسَّ طِيبًا إِنْ وَجَدَ».

«Lave kò (Ghusl) jou vandredi a se yon obligasyon pou tout moun ki fòme (ki rive nan laj pibète), epi tou pou li netwaye bouch li (miswak), epi pou li mete pafen si li jwenn.»7 Kanta pou fanm lan, depi lap vin nan moske a (Masjid), li dwe kouvri tèt li ak kò li kòmsadwa avèk vwal li (hijab). Li pa gen dwa mete pafen ni okenn sant ki santi bon sou li, daprè sa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di :

«إِذَا شَهِدَتْ إِحْدَاكُنَّ المَسْجِدَ فَلَا تَمَسَّ طِيبًا».

«Si youn nan nou (fanm yo) ap vin nan moske a, piga li mete pafen sou li.»8

Antre ak pye dwat lè wap antre nan Moske Pwofèt la, epi di priyè (dua) pou antre nan moske a. Li rekòmande pou vizitè a avanse pye dwat li anvan lè lap antre nan Moske Pwofèt la, menm jan li fè sa pou tout lòt moske yo, epi pou li fè priyè sa a :

«بِسْمِ اللَّهِ، وَالسَّلَامُ عَلَى رَسُولِ اللَّهِ، اللَّهُمَّ اغْفِرْ لِي ذُنُوبِي وَافْتَحْ لِي أَبْوَابَ رَحْمَتِكَ».

"Nan non Allah, epi lapè sou Mesaje Allah la, O Allah, padone peche mwen yo epi louvri pou mwen pòt mizèrikòd Ou yo"9, Epi konsa tou, li di:

«أَعُوذُ بِاللَّهِ العَظِيمِ، وَبِوَجْهِهِ الكَرِيمِ، وَسُلْطَانِهِ القَدِيمِ، مِنَ الشَّيْطَانِ الرَّجِيمِ».

«Mwen chache pwoteksyon nan men Allah ki gran anpil la, nan men figi Li ki plen lagras, ak nan pouvwa Li ki la depi nan tan lontan, kont Satan yo chase a.»10

Akòmplisman priyè pou salye moske a: Li rekòmande pou moun ki antre nan Moske Pwofèt la pou li priye ladan li, pou li priye 2 rak'at pou salye moske a anvan li chita, paske daprè Abi Qatada Al-Harith bin Rib'i Al-Ansari (ke Allah satisfè de li), li te di: Pwofèt la ﷺ te di:

«إِذَا دَخَلَ أَحَدُكُمُ المَسْجِدَ، فَلَا يَجْلِسْ حَتَّى يُصَلِّيَ رَكْعَتَيْنِ».

«Lè yonn nan nou antre nan Masjid la, se poul pa chita jiskaske li priye 2 rak'at»11.

Fè efò pou priye nan premye ranje yo; paske gen yon gwo merit ladan yo, e sa fèt sèlman lè yon moun ale bonè, daprè adit Abou Hourayra rapòte a, kote Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di:

«لَوْ يَعْلَمُ النَّاسُ مَا فِي النِّدَاءِ وَالصَّفِّ الأَوَّلِ، ثُمَّ لَمْ يَجِدُوا إِلَّا أَنْ يَسْتَهِمُوا عَلَيْهِ لَاسْتَهَمُوا».

12« Si moun yo te konnen ki valè (rekonpans) ki genyen nan fè apèl pou lapriyè (Adan) ak nan kanpe nan premye ranje a, epi yo pa ta jwenn okenn lòt fason pou yo chwazi ki moun kap fè li sof si yo fè tiraj osò, yo ta fè tiraj osò a vre. » Epi dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pou konpayon li yo (ke Allah satisfè 2 yo):

«تَقَدَّمُوا فَأْتَمُّوا بِي، وَلْيَأْتَمَّ بِكُمْ مَنْ بَعْدَكُمْ، لَا يَزَالُ قَوْمٌ يَتَأَخَّرُونَ حَتَّى يُؤَخِّرَهُمُ اللهُ».

«Avanse, swiv mwen, epi se pou sila ki dèyè nou yo swiv nou. Yon pèp pap sispann rete dèyè jiskaske Allah mete yo dèyè»13.

Kanta pou medam yo, sa ki pi bon pou yo se pou yo priye nan ran ki dèyè yo, epi pou yo rete lwen mesye yo, daprè hadith Abou Hourayra (ke Allah satisfè de li), ki di: Pwofèt Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di:

«خَيْرُ صُفُوفِ الرِّجَالِ أَوَّلُهَا، وَشَرُّهَا آخِرُهَا، وَخَيْرُ صُفُوفِ النِّسَاءِ آخِرُهَا، وَشَرُّهَا أَوَّلُهَا».

«Pi bon ranje pou gason yo se premye a, epi pi move a se dènye a. Men, pi bon ranje pou fanm yo se dènye a, epi pi move a se premye a.»14 Men, si yap priye pou kont yo (antre fanm sèlman), oswa si gen yon separasyon (miray oswa rido) ant yo menm ak gason yo, jan sa ye nan Moske Pwofèt la (Masjid an-Nabawi), nan ka sa a, pi bon ranje pou yo a se premye a; paske rezon ki te fè yo rete dèyè a pa egziste ankò.

Lapriyè dèyè Imam nan, epi fè atansyon pouw pa deplase (fè mouvman) anvan li; daprè hadith Abu Hurairah (ke Allah kontan avè l la) kote Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di :

«إِنَّمَا جُعِلَ الإِمَامُ لِيُؤْتَمَّ بِهِ».

«Sèl rezon ki fè yo mete yon Imam, se pou nou swiv li.»15

Yon moun kap priye pa gen dwa kanpe devan Imam nan, eksepte si gen yon ka nesesite (ijans) kote moske a tèlman plen ak moun, li pa jwenn okenn lòt kote pou li priye sof devan Imam nan.

Se pou nou veye pou nou bouche tout twou ak tout espas ki vid nan mitan ranje yo, epi mete yo byen dwat. Men, nou dwe fè atansyon pou nou pa bouskile moun, pou nou pa jennen yo, pou nou pa sote nan kou moun (poun pase devan yo), ni pou nou pa pase devan moun kap priye; paske aksyon sa yo ap fè nou tonbe nan peche.

Fè lapriyè nan Jaden ki Beni an (Ar-Rawdah ash-Sharifah) pou moun ki jwenn posiblite fè sa; daprè hadith Abu Hurairah (ke Allah kontan avè l la), kote Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te di :

«مَا بَيْنَ بَيْتِي وَمِنْبَرِي رَوْضَةٌ مِنْ رِيَاضِ الجَنَّةِ، وَمِنْبَرِي عَلَى حَوْضِي».

«Espas ki ant lakay mwen ak Minba mwen an, se yon jaden pami jaden Paradi yo, epi Minba mwen an sou Basen mwen an»16.

Pa gen okenn benediksyon (rekonpans) espesifik ki mansyone kòm detay pou moun kap priye nan Rawdah a (Jaden an), men sa ki sèten, se yon jaden nan mitan jaden Paradi yo — jan sa te parèt nan hadith Abu Hurairah (ke Allah kontan avè l la) nou te wè anvan an — epi aksyon nap fè pou adore Allah yo gen plis valè selon moman ak kote nou fè yo a.

* Se pou vizitè a chwazi moman ki apwopriye pou lapriyè nan 'Rawda' a, epi pou li chèche lè kote pa gen anpil foul moun. Li pa pèmèt pou li pouse frè mizilman li yo, ni pou li pase sou tèt moun, ni pou li pase devan moun kap priye, jis pou li ka priye ladan li. Paske lapriyè nan 'Rawda' a se yon priyè volontè (Nafila), donk yon moun pa dwe rive fè li nan komèt yon bagay ki entèdi. Menm jan an tou, vizitè a dwe fè atansyon pou li respekte epi swiv règleman espesyal yo ak aranjman ki fèt pou òganize antre nan 'Rawda' a, nan chwazi moman ki apwopriye, epi nan kolabore ak moun ki responsab pou òganize antre vizitè yo ladan li.

Pwofite tan an pou w fè anpil bon zèv kap fè mw pwoche pi pwòch Allah (Kreyatè a), lwanj pou li; tankou lapriyè, li Koran an, fè dikr (sonje Allah), fè dua (priyè), patisipe nan rankont kote yap pale senyè toupwisan an, nan leson lasyans (relijye), nan gwoup kote yap anseye Koran an, ak lòt aktivite ankò.

Respekte Liv Allah a (Koran an), lwanj pou Li, epi pwoteje li pou moun pa jwe ak paj li yo, pou yo pa ekri sou li, oswa pou yo pa mankel dega; tankou mete soulye bò kote li, oswa pozel atè, ak lòt bagay konsa, daprè sa Allah ki anwo nan syèl la te di:

﴿ذَٰلِكَۖ وَمَن يُعَظِّمۡ شَعَٰٓئِرَ ٱللَّهِ فَإِنَّهَا مِن تَقۡوَى ٱلۡقُلُوبِ32﴾

32: «Se konsa sa ye. Epi nenpòt moun ki respekte (onore) senbòl Allah yo, sa se yon prèv ki montre gen krentif pou Allah nan kè li.»

[Al-Hadj:32].

Bese zyew devan sa Allah ki gen tout pouvwa a entèdi: Vizitè kap vin nan Moske Pwofèt la dwe bese zyel devan tout sa li pa gen dwa gade. Li dwe konnen gravite peche yon moun fè nan kote ki sen konsa ak pinisyon ki mache avè l. Paske, valè ak pwa yon peche vin pi plis selon enpòtans moman an ak kote a; se menm jan an tou pou bon aksyon yo. Konsa tou, yon fanm mizilman dwe veye pou l respekte vwal (hijab) lalwa mande a, epi pou li pa montre bèl raba (bijou oswa dekorasyon) sou li poul pa atire gason, paske peche sa a gen yon gwo konsekans.

Fè atansyon pou moun pa kite tèt yo okipe nan fè foto oswa nan gade foto ak videyo sou telefòn, epi sa vin pi grav si foto ak videyo sa yo entèdi.

Kenbe Moske Pwofèt la lwen tout sa ki pa diy pou li, tankou moun kap fè kont (diskisyon), moun kap leve vwa yo byen fò, moun kap chache bagay yo pèdi, moun kap fè kòmès (vann ak achte), ak tout lòt bagay konsa ki pa dwe fèt ni nan moske sa a, ni nan okenn lòt moske; daprè hadith Abu Hurairah (ke Allah kontan avè l la), kote Pwofèt la (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)te di:

«إِذَا رَأَيْتُمْ مَنْ يَبِيعُ أَوْ يَبْتَاعُ فِي المَسْجِدِ، فَقُولُوا: لَا أَرْبَحَ اللَّهُ تِجَارَتَكَ، وَإِذَا رَأَيْتُمْ مَنْ يَنْشُدُ فِيهِ ضَالَّةً، فَقُولُوا: لَا رَدَّ الله عَلَيْكَ».

«Si nou wè yon moun kap vann oswa kap achte anndan moske a, di li: "Se pou Allah fè biznis ou an pa rapòte w anyen." Epi si nou wè yon moun kap rele byen fò pou chache yon bagay li pèdi, di li: "Se pou Allah pa janm fè w jwenn li."»17

Fè anpil atansyon ak pwòpte pèsonèl, epi pran prekosyon ak move odè tankou lay, zonyon, lafimen ak swe, ak lòt bagay konsa ki ka deranje frè li yo kap fè lapriyè; daprè adit Jabir ibn Abdullah (ke Allah satisfè de li) a, ki di konsa: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«مَنْ أَكَلَ ثُومًا أَوْ بَصَلًا، فَلْيَعْتَزِلْنَا - أَوْ قَالَ: فَلْيَعْتَزِلْ مَسْجِدَنَا - وَلْيَقْعُدْ فِي بَيْتِهِ».

«Nenpòt moun ki manje lay oswa zonyon, se pou li rete lwen nou -oswa li te di: se pou li rete lwen moske nou an -epi se poul rete chita lakay li.»18

Veye pou Moske Pwofèt la toujou rete pwòp: piga nou jete fatra ni anndan moske a, ni nan lakou li yo; tankou rès manje ak nap (tapis) moun sèvi pou koupe karem, sitou nan mwa Ramadan an. Konsa tou, piga nou krache nan koulwa yo ni nan lakou a, oswa fè nenpòt lòt bagay konsa.

Evite fè lapriyè nan koulwa yo, devan papòt yo, ak nan kote ki gen twòp moun, paske sa lakòz anpil dezòd, sa bloke chemen pou moun pase, epi sa deranje (blese) lòt mizilman yo.

Gason ak fanm dwe priye nan espas yo rezève pou chak nan yo, kit se anndan Moske Pwofèt la oswa nan lakou li yo. Yon gason pa dwe priye bò kote yon fanm, ni yon fanm pa dwe priye bò kote yon gason. Epi, se pou nou fè atansyon pou nou pa kanpe devan Imam nan toutotan sa posib.

Mete pye gòch la anvan lè wap soti nan moske a, epi di lè wap soti:

«اللَّهُمَّ إِنِّي أَسْأَلُكَ مِنْ فَضْلِكَ».

«O Allah mwen mandew pou ou ban mwen nan favè ou (benediksyon Ou).»19 Oswa li fè lapriyè sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) epi li di:

«رَبِّ اغْفِرْ لِي ذُنُوبِي، وَافْتَحْ لِي أَبْوَابَ فَضْلِكَ».

«Granmèt, padone pechem yo, epi louvri pòt benediksyon ou yo pou mwen.»20

Katriyèmman: Règleman ak bon jan konpòtman pou vizite tonbo Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)ak tonbo 2 konpayon li yo (ke Allah kontan avè yo)

Li rekòmande pou moun Medina yo, ak pou moun ki vini ladan li kòm vizitè, pou yo vizite tonbo Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ak tonbo 2 konpayon li yo: Abou Bakr ak Omar (ki pou Allah satisfè avèk yo tou 2); poutèt prèv jeneral yo ki endike lejitimite vizit tonbo yo, pami yo gen pawòl li a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li):

«نَهَيْتُكُمْ عَنْ زِيَارَةِ القُبُورِ، فَزُورُوهَا».

«Mwen te entèdi nou vizite tonbo yo (anvan sa), men kounye a, nou mèt vizite yo.»21

Epi sa ki endike valè ki genyen pou voye lapè sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) aprè lanmò li, se pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):

«مَا مِنْ أَحَدٍ يُسَلِّمُ عَلَيَّ، إِلَّا رَدَّ اللهُ عَزَّ وَجَلَّ إِلَيَّ رُوحِي حَتَّى أَرُدَّ عَلَيْهِ السَّلَامَ».

«Pa gen okenn moun kap voye salitasyon pou mwen (salye m), san Allah -lwanj pou Li- pa voye nanm mwen tounen nan mwen poum ka reponn salitasyon li a.»22

* Medam yo pa gen dwa vizite tonbo li a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ni tonbo okenn lòt Mizilman, paske vizit tonb yo se yon bagay ki preskri pou gason yo. Kanta pou medam yo, yo te defann yo vizite tonb yo, daprè sa ki rapòte de Ibn Abbas (ki pou Allah satisfè avèk yo toulede), li te di:

«لَعَنَ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ زَائِرَاتِ القُبُورِ، وَالمُتَّخِذِينَ عَلَيْهَا المَسَاجِدَ وَالسُّرُجَ».

«Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay madichon pou medam kap vizite kavo yo, ak moun ki pran kavo sa yo pou yo fè moske sou yo, epi ki limen lanp (limyè) sou yo»23, Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li):

«أَنَّ رَسُولَ اللَّهِ ﷺ لَعَنَ زَوَّارَاتِ القُبُورِ».

«Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te modi medam kap vizite tonbo yo souvan»24.

Li pa pèmi pou yon moun antreprann yon vwayaj sèlman nan entansyon poul vizite tonbo Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Men pito, se pou li gen entansyon nan vwayaj li a pou li vizite Moske a epi poul fè lapriyè ladann. Epi, lè li rive nan vil la, se lè sa a li pèmi pou li vizite tonbo a, menm jan sa pèmi pou moun ki abite nan vil la menm; poutèt pawòl Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki di:

«لَا تُشَدُّ الرِّحَالُ إِلَّا إِلَى ثَلَاثَةِ مَسَاجِدَ: مَسْجِدِي هَذَا، وَمَسْجِدِ الحَرَامِ، وَمَسْجِدِ الأَقْصَى».

«Piga nou fè gwo vwayaj (pou al adore) nan okenn lòt kote, eksepte nan 3 moske sa yo: Moskem nan la (nan Medin), Moske Sakre a (nan Lamèk), ak Moske Al-Aqsa a (nan Jerizalèm).»25

Bon kondwit ki preskri pou vizit tonbo Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ak tonbo 2 konpayon li yo (ki pou Allah satisfè avèk yo tou 2).

Vizitè a kanpe devan tonbo Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), aprèsa, li salye Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) avèk respè epi ak vwa li tou ba, pandan li ap di: «Lapè sou ou, O Mesaje Allah, ak mizèrikòd Allah ak benediksyon li yo». Epi si li ajoute sou sa epi li di: «Mwen temwaye ke ou te delivre Mesaj la, ou te remèt konfyans nan, ou te konseye nasyon an, epi ou te lite nan chemen Allah jan ou te dwe lite a», pa gen okenn pwoblèm nan sa; paske tout bagay sa yo se verite.

Aprèsa, li fè yon pa sou bò dwat li pou li ka anfas tonm Abou Bakr As-Siddiq (ki pou Allah satisfè avè l) epi li di: (Lapè sou ou, O Abou Bakr As-Siddiq, Lapè sou ou, O siksesè Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ki pou Allah satisfè avèk ou epi fè ou satisfè, epi ki pou Li rekonpanse ou avèk sa ki pi bon an pou nasyon Mouhammad la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)).

Aprèsa, li fè yon pa sou bò dwat li pou li ka anfas tonb Omar ibn al-Khattab (ki pou Allah satisfè avè l) epi li di: (Lapè sou ou, O Omar al-Faruq, ke Allah satisfè avèk ou epi fè ou satisfè, epi ke li rekonpanse ou ak pi bon an pou nasyon Muhammad la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)).

Epi Ibn Omar (ke Allah satisfè de yo tou le 2), lè li te konn retounen sot nan vwayaj, li te konn ale bò kot tonb Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) epi li te di: «Lapè sou ou, O Mesaje Allah, Lapè sou ou, O Abou Bakr, Lapè sou ou, O papam, Apre sa, li ale»26.

Piga li manyen miray tonbo a, ni griyaj (siyaj) la, epi piga li bo yo tou.

Imam Malik, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: «Lè yon moun salye Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), li kanpe ak fas li vire bò kote tonb nan; pa bò kote Kibla a, li pwoche, li salye, epi li pa touche tonb nan ak men li»27.

Imam yo dakò ke pèsonn pa dwe touche tonbo Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak men li, ni bo li.

Piga li rete kanpe twò lontan bò kote tonbo a; okontrè, se pou li salye epi aprèsa pou li ale.

Imam Malik, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: «Mwen pa panse li kòrèk pou yon moun kanpe bò kavo Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ap lapriyè, men pito, li dwe salye liepi li ale»28.

Epi Nafi, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: Ibn Omar te konn bay salam bò kavo a.. Mwen te wè li 100 fwa e plis, li te konn vini bò kavo a epi li di: "Lapè sou Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Lapè sou Abu Bakr, Lapè sou papa m," aprèsa li ale"29.

Kanta pou sa kèk vizitè konn fè, lè yo monte vwa yo tou prè kavo li a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi yo rete kanpe la twò lontan, sa kontrè ak sa ki rekòmande nan lalwa.

Li pa pèmèt pou moun fè priyè (Dua) bay Mesaje a ﷺ, ni bay okenn lòt kreyati, pou mande yo pote yon avantaj (byen), pou anpeche yon malè rive, pou mande regle yon bezwen, pou retire yon gwo pwoblèm sou do moun, pou geri moun malad, pou mande entèsèsyon (shafa'a), pou sove anba pinisyon, oswa lòt kalite priyè konsa. Paske, fè priyè bay yon lòt moun ki pa senyè toupwisan an pou bagay sa Allah sèl ki ka fè yo, se yon bagay ki entèdi epi se yon gwo peche (Shirk Akbar). Men sa Allah ki anwo nan syèl la te di:

﴿وَقَالَ رَبُّكُمُ ٱدۡعُونِيٓ أَسۡتَجِبۡ لَكُمۡۚ إِنَّ ٱلَّذِينَ يَسۡتَكۡبِرُونَ عَنۡ عِبَادَتِي سَيَدۡخُلُونَ جَهَنَّمَ دَاخِرِينَ60﴾

60: «Epi Granmèt nou an di: "Lage priyè nan pye mwen (rele mwen), map reponn nou. Anverite, moun sa yo ki gen lògèy e ki refize adorem yo, yap antre nan lanfè (Jahannam) tou wont."» [Ghafir: 60], Men sa Sila a ki sen anpil la di:

﴿إِنَّ ٱلَّذِينَ تَدۡعُونَ مِن دُونِ ٱللَّهِ عِبَادٌ أَمۡثَالُكُمۡۖ فَٱدۡعُوهُمۡ فَلۡيَسۡتَجِيبُواْ لَكُمۡ إِن كُنتُمۡ صَٰدِقِينَ194﴾

194: « Anverite, tout sa nap rele (adore) nan plas Allah yo, se sèvitè yo ye menm jan ak nou. Enben, rele yo non pou nou wè si yap reponn nou, si sa nap di a se laverite! » [Al-A'raf:194], Epi Allah, ki Gran anpil epi ki pi wo pase tout bagay, te di :

﴿وَأَنَّ ٱلۡمَسَٰجِدَ لِلَّهِ فَلَا تَدۡعُواْ مَعَ ٱللَّهِ أَحَدٗا18﴾

18: Epi anverite, tout moske yo (kote yo fè prostènasyon yo) se pou Allah sèlman; konsa, piga nou janm adore pèsonn ansanm ak Allah.

[Al-Jinn:18].

Piga li fè priyè (Dua) bay Allah pandan li kanpe dwat devan tonbo a. Si li vle fè yon priyè, se poul vanse (kite zòn tonbo a), vire figi li nan direksyon Kibla a (Kaba a), epi fè priyè li. Li pa dwe vire figil nan direksyon tonbo a pou lap fè priyè.

Imam Malik, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: « Mwen pa kwè yon moun dwe rete kanpe bò kote tonbo Pwofèt la ﷺ pou lap fè priyè (Dua).»

Li pa pèmèt (nan relijyon an) pou yon moun toujou ap retounen bò kote tonbo a chak fwa li ap antre oswa lap soti nan moske a, kit moun nan rete nan vil Medin, kit li se yon vizitè ki soti deyò. Paske, yo pè pou sa pa vin tounen yon habitid kote yo pran tonbo a tankou yon kote pou selebrasyon.

Epi Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi sa, epi li te di:

«لَا تَتَّخِذُوا قَبْرِي عِيدًا، وَلَا تَجْعَلُوا بُيُوتَكُمْ قُبُورًا، وَحَيْثُمَا كُنْتُمْ فَصَلُّوا عَلَيَّ، فَإِنَّ صَلَاتَكُمْ تَبْلُغُنِي».

«Piga nou pran tonb mwen pou yon fèt, ni pa fè kay nou yo tounen tonb, e kèlkeswa kote nou ye, voye lapriyè sou mwen, paske anverite, lapriyè nou yo rive jwenn mwen»30.

Siyifikasyon pawòl sa a: «Piga nou pran tonb mwen pou yon fèt» se lè moun yo abitye retounen vizite li nan yon tan oswa yon sitiyasyon espesifik, tankou lè yo fikse yon jou pou vizite li chak jou, chak semèn, oswa chak mwa. Oubyen lè gen yon sitiyasyon presi ki fè yo vizite li.Epi yo di tou: sa vle di, piga nou pran li kòm yon sezon kote nou rasanble31.

Imam Malik, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: Pou moun vil Medina yo ki antre nan Moske a epi ki soti ladan li, li pa yon obligasyon pou yo kanpe bò tonbo a; se pou etranje yo pito sa ye"32.

«Epi pawòl li a (ke Allah gen pitye pou li): "Sa se pou moun ki soti lwen yo sèlman": sa vle di vizit la li menm (lè yo fèk rive), men sa pa vle di pou yo retounen bò kote tonbo a chak fwa yap antre oswa yap soti nan moske a.»

Li pa dwe kanpe devan tonbo a menm jan ak yon moun kap fè lapriyè, kote li mete yon men sou lòt sou lestomak li oswa anbal; paske fason sa a se pou lapriyè sèlman li rezève. Sa se yon fason pou montre soumisyon ak respè total ki pa fèt pou pèsonn lòt pase Allah sèlman (lwanj pou Li).

Piga yon moun vire figi li nan direksyon tonbo a pandan li byen lwen (nan moske a oswa deyò) poul salye Pwofèt la ﷺ, jan kèk moun konn fè sa. Paske, konpayon Pwofèt yo (ke Allah kontan avè yo) pa te konn fè sa, ni premye gran savan yo (Salf al-Salih), tankou 4 gwo Imam yo ak lòt ankò.

Piga yon moun vire figi li nan direksyon tonbo sakre a pou ll fè priyè (Dua), ni poul li Koran, oswa lòt bagay konsa, kèlkeswa kote li ye a. Aksyon sa yo fè pati move pratik moun envante (bida) jan nou te wè anvan an. Li pa pèmèt pou yon Mizilman envante anyen nan relijyon li si se pa Allah ki bay pèmisyon pou sa. Imam Malik (ke Allah gen pitye pou li) te kondane kalite aksyon sa yo, epi li te di: Sèl sa ki ka delivre (ranje) dènye pati nan pèp sa a, se sa menm ki te delivre premye pati a.33

Piga moun pèdi tan yo nan pran foto oswa fè emisyon an dirèk (Live) pandan yap salye Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li).

Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo, e se pou li voye lapè sou li.

 

 

***

الفهرس

 

Premye pwen: Byenfè Moske Pwofèt la 3

Dezyèmman: Li rekòmande (li se yon bon bagay) pou moun vizite Moske Pwofèt la ki onore. 7

Twazyèmman: Prensip respè ak bon konpòtman (Ādāb) pou vizite Moske Pwofèt la. 8

Katriyèmman: Règleman ak bon jan konpòtman pou vizite tonbo Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)ak tonbo 2 konpayon li yo (ke Allah kontan avè yo). 17

 

***

 

ht492v1.0 - 06/06/2026


Rapòte pa Al-Bukhari, nimewo (1190), ak Mouslim, nimewo (1395), epi tèks la se pa Al-Bukhari.

Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (1398).

" Ibn Majah rapòte l nan nimewo: (227), ak yon chèn transmisyon ki fyab (otantik).

Yo dakò sou li. Al-Bukhari anba nimewo (1195), ak Muslim anba nimewo (1390).

Rapòte pa Boukhari, nan nimewo (636), epi Mouslim, nan nimewo (602).

Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (846), ak Mouslim, anba nimewo (858), epi Al-Mouhtalim se moun ki majè.

Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (443).

« Ibn Majah rapòte li nan nimewo : (771), ak yon chenn transmisyon (chenn moun ki rakonte l la) ki fyab (sari). »

« Abu Dawood rapòte li nan nimewo : (466), ak yon chèn transmisyon ki solid (sa vle di li otantik). »

Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1171), ak Mouslim anba nimewo (714).

Yo dakò sou li, Al-Boukhari, anba nimewo: (615), ak Mouslim, anba nimewo: (437).

Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (438).

Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (440).

Rapòte pa Al-Bukhari, nan nimewo (722), ak Mouslim, nan nimewo (417).

« Yo tout dakò sou li (Al-Bukhari ak Muslim). Al-Bukhari rapòte li nan nimewo : (1195), epi Muslim rapòte li nan nimewo : (1390). »

Rapòte pa At-Tirmidhi anba nimewo (1321) ak Ibn Khuzaymah anba nimewo (1305), avèk yon chèn transmisyon otantik.

Rapòte pa Al-Boukhari, nimewo (7359), Mouslim, nimewo (564).

Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (713).

Rapòte pa At-Tirmidhi, nimewo (314), avèk yon sanad kòrèk.

Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (977).

Rapòte pa Ahmad, nan Al-Musnad, anba nimewo: (10815), avèk yon chèn transmisyon ki bon (Hasan).

Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo: (3236), At-Tirmidhi, anba nimewo: (320), ak An-Nasa'i, anba nimewo: (2043).

Rapòte pa At-Tirmidhi anba nimewo (1056), ak Ibn Majah anba nimewo (1576), avèk yon bon chèn transmisyon.

« Al-Bukhari rapòte li nan nimewo: (1189), epi Muslim rapòte li nan nimewo: (1397). Pawòl sa a (jan li ekri la a) se vèsyon pa Muslim nan. »

Rapòte pa Al-Bayhaqi nan As-Sunan Al-Kubra anba nimewo (10271), avèk yon sanad sahih.

Ash-Shifa lil-Qadi ‘Iyad (2/ 199).

Ash-Shifa (2/ 199).

Rapòte pa Al-Ajurri nan liv Ash-Shari'ah (5/2374), anba nimewo (1853).

« Ahmad rapòte li nan liv li a ki rele Al-Musnad, nan nimewo: (8804), ak yon chenn transmisyon (isnad) ki bon (Hassan). »

Gade: 'Al-Moufradat' pa Al-Raghib Al-Asfahani (paj 594), 'Sharh al-Sudur bi Tahrim Raf’ al-Qubur' pa Al-Shawkani (paj 16).

Al-Chifa li-Qadi ‘Iyad (2/ 204), Al-Madkhal li-Ibn Al-Hajj (1/ 262).

« Koleksyon Fatwa Ibn Baz (Volim 16 / Paj 110).»

Bukhari rapòte li nan nimewo: (1189), Muslim rapòte li nan nimewo: (1397), epi pawòl sa yo se nan vèsyon Muslim nan yo soti.