رَسُولُ الإِسْلَامِ مُحَمَّدٌ ﷺ
Mesaje islam nan Muhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li
اللَّجْنَةُ العِلْمِيَّةُ
بِرِئَاسَةِ الشُّؤُونِ الدِّينِيَّةِ بِالمَسْجِدِ الحَرَامِ وَالمَسْجِدِ النَّبَوِيِّ
Komite Syantifik Prezidans Afè Relijye nan Masjid Al-Haram ak Masjid An-Nabawi
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Mesaje islam nan Muhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li
Nan non Allah ki gen tout krentif, ki gen tout mizèrikòd." Yon ti rezime tou kout sou Pwofèt Islam nan, Mouhammad (ke lapè e benediksyon Allah poze sou li), kote mwen pral prezante non li ak ras li, peyi kotel soti a, maryaj li, ak misyon li. Map esplike tou sa li te preche, siy ki montre li se yon pwofèt, lwa (Charia) li te pote a, ak pozisyon moun ki te opoze ak li yo
1- Non li, ras li (fanmi li), ak vil kote li te fèt epi grandi a
Pwofèt Islam nan se Mouhammad, pitit gason Abdoullah, pitit gason Abdoul Mouttalib, pitit gason Hachim. Li soti nan ras Ismayèl, ki li menm se pitit gason Abraram (Ibrahim), ke lapè poze sou yo tout.
Sa te rive paske pwofèt Allah a, Abraram (Ibrahim), kè poze sou li, te soti nan peyi Cham poul ale lamèk. Li te gen avèl madanm li Aga (Hajar) ak pitit gasonl Ismayèl, ki te yon ti bebe nan bèso toujou. Li te mete yo rete Lamèk dapre lòd Allah Toupwisan an te ba li. Lè ti gason an te fin grandi, pwofèt Abraram te tounen Lamèk, epi limenm ak pitit li Ismayèl, kè poze sou yo 2 a, te bati Kaaba a, (Kay Sakre a). Apre sa, kantite moun te vin ogmante bò kote Kay la, epi Lamèk te tounen kote tout moun ki vle adore Allah mèt linivè a, rasanble pou yo fè vwayaj pelerinaj (Hadj). Konsa, pandan plizyè syèk, moun yo te kontinye adore Allah sèlman, san bay li asosye, nan swiv relijyon Abraram nan.
Apre sa, moun yo te vin pèdi chemen an. Konsa, sitiyasyon nan penensil Arabi a te vin parèy ak rès mond lan: pratik idolatri (adore zidòl) te gaye toupatou, tankou adore estati, antere ti fi tou vivan, maltrete fanm, bay manti sou do moun, bwè alkòl, fè peche ki sal, vòlè byen timoun san papa, ak fè kregi (enterè ki twò wo sou lajan yo prete moun ki nan nesesite)
Se nan kote sa a ak nan anviwonman sa a Pwofèt Islam nan, Mouhammad pitit gason Abdoullah, ki soti nan ras Ismayèl pitit gason Abraram (Ibrahim), kè poze sou yo tout, te fèt nan lane 571 apre Jezikri. Papal te mouri anvan li te fèt, epi manmanl te mouri lèl te gen 6 zan. Se tonton li, Abou Talib, ki te pran swen li. Li te grandi tankou yon timoun san papa ak san manman (òfelen), nan povrete, epi li te konn manje ak genyen lajan nan travay li fè ak pwòp men li.
2-Maryaj beni li ak Madanm ki beni a
Lè li te gen vennsenkan (25 an), li te marye ak yon dam nan lavil Lamèk ki te rele Kadidja, pitit fi Kouwaylid, (se pou Bondye kontan avè l). Allah te ba yo 4 pitit fi ak 2 pitit gason. 2 pitit gason yo te mouri pandan yo te timoun toujou. Jan li te konn aji ak madanm li ak fanmi li te gen anpil dousè ak anpil lanmou ladanl. Se poutèt sa, madanm li Kadidja te renmenl anpil anpil, epi limenm tou li te rann li menm lanmou sa a. Li pat janm bliyel, menm plizyè lanne apre lanmò li. Li te konn touye mouton epi separe vyann lan bay zanmi Kadidja yo kòm yon fason poul onore yo, poul te ka montre respè pou madanm li epi kenbe bèl souvni lanmou ki te genyen ant yo 2 a.
3- Kòmansman Revelasyon an.
Pwofèt Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah rete sou li) te toujou gen yon karaktè ki estrawòdinè depi lè Allah te kreye l. Moun nan pèp li a te konn relel ''Moun ki di verite a'' (Al-Sadik) ak ''Moun ki serye a'' (Al-Amin). Li te konn patisipe ansanm ak yo nan gwo travay ki itil kominote a, men li te rayi tout pratik idolatri (adore zidòl) yo tap fè yo, epi li pat janm patisipe nan bagay sa yo avèk yo.
Lè li te gen karantan (40 an), pandan li te lavil Lamèk, Allah te chwazil poul te ka sèvi kòm Mesaje li. Se konsa, zanj Gabriyèl (Jibril), kè poze sou li, te vin jwenn li ak premye pati nan premye chapit (sourat) ki te desann nan Koran an, kote Bondye Toupwisan an di:
﴿اقْرَأْ بِاسْمِ رَبِّكَ الَّذِي خَلَقَ 1 خَلَقَ الْإِنسَانَ مِنْ عَلَقٍ 2 اقْرَأْ وَرَبُّكَ الْأَكْرَمُ3 الَّذِي عَلَّمَ بِالْقَلَمِ 4 عَلَّمَ الْإِنسَانَ مَا لَمْ يَعْلَمْ 5﴾
1-Li nan non Senyè ou a, Li menm ki te kreye a
2-Li te kreye moun ak yon ti kras san (kaye)
3-Li, e Senyè w la ki gen plis jenerozite a.
4-Se li menm ki te aprann moun sèvi ak plim pou yo ekri.
Li te aprann moun sa yo pat konnen.
[Sourate Al-Alaq:1-5]
Epi, li te kouri tounen lakay madanm li Kadidja (se pou Bondye kontan avèl) ak tout kèl kap bat tèlman li te pè. Li rakontel sak te pase a, epi Kadidja te rasirel. Apre sa, Kadidja te mennenl kay kouzenl, Waraka pitit gason Nawfal — ki te konvèti nan relijyon kretyen an epi ki te konn li liv Tora a ak levanjil yo. Kadidja di li konsa: 'O kouzen, tande sa nevew la gen poul diw.' Waraka di Pwofèt la: 'O neve m, kisa w te wè?' Lè sa a, Mesaje Bondye a (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) rakontel tout sal te wè. Waraka di li konsa:
Sa a se menm zanj lan Allah te voye bò kote Moyiz . O! Mwen ta swete jenn epi djanm toujou! Mwen ta swete vivan toujou lè pèp ou a pral metew deyò nan vil la! Lè sa a, Mesaje Bondye a (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li) mandel: 'Èske yap mete m deyò vre?' Waraka reponn li: 'Wi, pa janm gen yon moun ki pote saw pote la a san yo pat pèsekitel epi deklarel lagè. Si mwen ta vivan jou sa a rive, map ba ou yon gwo sipò solid.
Nan Lamèk, revelasyon Koran an te kontinye desann sou li, se Jibril, ke lapè sou li, ki tap desann avèl soti bò kote Senyè tout mond yo, menm jan li te konn pote detay mesaj la ba li.
Li te kontinye envite moun nan pèp li a vin nan Islam, men yo te vire do ba li epi yo te deklarel lagè. Yo te ofril richès ak pouvwa si sèlman li ta aksepte abandone misyon li a, men li te refize tout bagay sa yo. Menm jan chèf ki te la anvan yo te konn di lòt pwofèt yo, yo te di li se yon majisyen, yon mantè, ak yon moun kap envante manti. Yo te mete presyon sou li, yo te menm atake kò li ki sakre, epi yo te pèsekite moun ki t ap swiv li yo.
Pwofèt la (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te rete lavil Lamèk ap envite moun vin jwenn Allah. Li te konn pwofite moman pelerinaj yo (Hadj) ak gwo mache kote Arab yo te konn rasanble nan kèk sezon poul rankontre moun yo epi prezante yo Islam. Li pat janm sèvi ak pwomès richès sou tè a oswa pouvwa poul rale moun, ni li pat janm sèvi ak nepe poul fè moun pèb; li pat gen okenn otorite politik fòse ni li pat yon wa. Depi nan kòmansman misyon li, li te lanse yon defi bay tout moun pou yo eseye pote yon liv ki parèy ak gwo Koran sa a li te pote a. Li te kontinye bay lènmil yo defi sa a, epi te gen anpil nan konpayon (disip)li yo , se pou Allah kontan avèk yo tout, ki te kwè nan mesaj la.
Pandan li te lavil Lamèk, Allah ki gen tout pouvwa a te onore li ak yon mirak ki estrawòdinè: se vwayaj lannwit lan (Al-Isra) poul te al Jerizalèm (Bayt al-Maqdis), epi monte li te monte nan syèl la (Al-Miradj). Tout moun konnen Allah te fè pwofèt Eli ak Jezi , kè poze sou yo 2 a, moute nan syèl la tou, jan sa ekri nan liv mizilman yo ak liv kretyen yo.
Se pandan li te nan syèl la Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te resevwa lòd nan men Bondye pou moun fè lapriyè (Salat). Se 5 priyè sa yo mizilman yo fè chak jou a. Epitou, pandan li te nan lavil Lamèk, yon lòt gwo mirak te rive: lalin nan te fann an de (2) jouk sa ki pat kwayan yo te wè sa ak pwòp zye yo.
Moun Kouraych yo ki pat kwayan te itilize tout kalite mwayen pou anpeche moun koute li ; yo te miltipliye konplo kont li epi yo te fè tout sa yo kapab pou dekouraje moun pwoche bò kotel. Yo te fè tèt di lè yo tap mandel poul fè mirak, epi yo te menm al chèche sekou nan men jwif yo pou yo te ka jwenn agiman ki pou ede yo kenbe tèt avèl nan diskisyon epi pou fè moun vire do ba li.
Lè pèsekisyon moun Kouraych yo te kontinye ap tonbe sou kwayan yo, Pwofèt la (Lapriyè ak lapè Allah sou li.) te ba yo pèmisyon pou yo emigre ale nan peyi Abisinia (Lachabi). Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te di yo konsa: 'Gen yon wa nan peyi sa a ki jis, li pa kite yo fè pèsonn lenjistis lakay li.' Se te yon wa kretyen li te ye. Konsa, te gen de gwoup mizilman ki te pati pou peyi Abisinia. Lè yo rive la, yo te prezante devan wa a, Najachi, relijyon Pwofèt Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah poze sou li.) te pote a. Wa a te aksepte mesaj la epi li di: 'Mwen fè sèman sou Allah, sa a ak sa Moyiz te pote a soti nan menm sous limyè a.' Pandan tan sa a, pèp Pwofèt la te kontinye ap maltrete li ansanm ak konpayon li yo.
Pami moun ki te kwè nan mesaj li a pandan sezon pelerinaj la, te gen yon gwoup moun ki te soti lavil Medina. Yo te fè sèman pou yo aksepte Islam epi pou yo ba li pwoteksyon si li ta vin rete nan vil pa yo a, ki te rele 'Yatrib' nan tan sa a. Lè sa a, Pwofèt la te bay tout kwayan ki te rete Lamèk yo pèmisyon pou yo emigre ale Medina. Yo te pati, epi Islam te gaye nan tout vil la tèlman byen, pat gen yon sèl kay nan vil la kote mesaj Islam nan pat antre.
Apre Pwofèt la, ke lapriyè ak lapè Allah sou li, te fin pase 13 ane nan Lamèk ap rele moun vin jwenn Allah, Allah te pèmèt li fè Ejira a poul ale nan vil Medina. Kidonk, li te fè Ejira a -ke lapriyè ak lapè Allah sou li- epi li te kontinye ap rele moun vin jwenn Allah. Se la lwa Islam yo te kontinye ap revele tikras pa tikras, epi li te kòmanse voye mesajel yo avèk lèt bay chèf tribi yo ak wa yo pou envite yo antre nan Islam. Pami sila yo li te voye mesaj ba yo te genyen: wa Anpi Women an, wa Anpi Pès la, ak wa peyi Ejip.
Epi nan vil Medina, yon eklips solèy te fèt, sa te fè moun yo pè anpil. Sa te rive menm jou ak lanmò Ibrahim, pitit gason Pwofèt la, se pou lapriyè ak lapè Allah sou li. Lè sa a, moun yo te di: «Solèy la eklips poutèt lanmò Ibrahim», epi Pwofèt la, se pou lapriyè ak lapè Allah sou li, te di:
(إِنَّ الشَّمْسَ وَالْقَمَرَ لَا يَكْسِفَانِ لِمَوْتِ أَحَدٍ، وَلَا لِحَيَاتِهِ، وَلَكِنَّهُمَا مِنْ آيَاتِ اللهِ يُخَوِّفُ اللهُ بِهِمَا عِبَادَهُ).
Solèy la ak lalin nan pa fè eklips paske yon moun mouri, ni paske yon moun fèt. Men yo se 2 siy pami siy Bondye yo; Bondye sèvi ak yo poul avèti sèvitèl yo (fè yo gen krentif).1
Si Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te yon mantè oswa yon moun kap fè tèt li pase pou sa li pa ye, li ta pwofite okazyon an vit poul fè moun pè paske yo pa kwè nan li, epi li ta di yo: 'Gade, solèy la fè eklips paske pitit gasonm mouri, sa nap di pou nou menm kap demantim nan?
Epi, Allah, ki se senyè li, te fèl bèl nèt avèk yon moralite ki pafè, epi Allah te dekril konsa:"
﴿وَإِنَّكَ لَعَلَىٰ خُلُقٍ عَظِيمٍ 4﴾
Epi anverite, ou gen yon karaktè ki estrawòdinè.
[Sourate Al-Qalam:4],
Li te gen tout kalite bon karaktè lakay li, tankou: onètete, senserite, kouraj, jistis, ak fidelite menm devan lènmil yo. Li te gen yon kè nan sansib, li te renmen fè lacharite (sadaqa) pou pòv, malere, vèv, ak tout moun ki nan nesesite. Li te toujou anvi wè moun yo jwenn chemen verite a, li te gen konpasyon pou yo epi li te senp anpil devan yo. Senplisite li te tèlman fò, lè yon moun etranje te vin chèche Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) epi li mande konpayon yo kotel ye, li pat ka rekonèt li nan mitan yo; li te konn blije mande: 'Kilès nan nou la a ki Mouhammad?
Lavi li te yon bèl modèl pèfeksyon ak diyite nan jan li te konn aji ak tout moun: kit se te lènmil oswa zanmil, moun ki pwòch li oswa moun ki lwen li, granmoun kou timoun, gason kou fanm, e menm ak bèt ak zwazo.
Lè Allah te fin fè relijyon an nèt nèt pou li, epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te fin transmèt mesaj la nan nivo ki pi wo a, li te mouri lè li te gen swasann-twazan (63 an). Nan lanne sa yo, li te pase karantan (40 an) anvan li te vin pwofèt, epi li te pase venntwa lanne (23 an) kòm pwofèt ak mesaje Allah.
Yo te anterel nan lavil Medina . Li pat kite dèyè ni lajan ni byen kòm eritaj ; sèl sal te kite se te milèt blan li te konn moute a, ak yon moso tè li te kite kòm lacharite (sadaqa) pou vwayajè ki nan nesesite yo.2
Te gen yon gwo foul moun ki te aksepte Islam, ki te kwè nan li, epi ki te swiv li. Plis pase san mil( 100 000) nan konpayon li yo te fè dènye Pelerinaj avèk li, e sa te fèt anviwon twa mwa anvan lanmò li. E petèt sa se youn nan sekrè ki fè relijyon li a te prezève epi gaye. Vrèmanvre, konpayon li yo, kel te elve sou valè ak prensip Islam yo, te pami meyè konpayon ki te genyen nan zafè jistis, detachman ak bagay monn nan, pyete, fidelite, ak devouman pou gran relijyon sa a yo te kwè ladanl lan.
Pami tout konpayon li yo (se pou Allah kontan ak yo tout), moun ki te gen plis lafwa, konesans, pratik, senserite, devouman, kouraj, ak jenerozite, se te: Abou Bakr As-Siddiq, Omar pitit gason Al-Khattab, Ousman pitit gason Affan, ak Ali pitit gason Abi Talib . Yo te pami premye moun ki te kwè nan li epi ki te aksepte mesaj li a. Se yo menm ki te vin chèf (Khalif) apre li, yo te pote drapo relijyon an apre li fin pati. Yo pat gen okenn nan kalite espesyal pwofèt yo genyen, epi Pwofèt la pat ba yo anyen espesyal pase sa li te bay lòt konpayon li yo.
Epi Allah te pwoteje Liv li te voye avèl la (Koran an), tradisyon li (Sounah), istwa lavi li, pawòl li yo, ak aksyon li yo nan lang li te konn pale a (Arab). Pa gen okenn istwa lavi moun nan tout listwa limanite ki te konsève jan yo te konsève lavi Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li). Okontrè, yo te menm note kijan li te konn dòmi, kijan li te konn manje, kijan li te konn bwè, ak kijan li te konn ri.
Epi tou, yo te konsève detay sou fason li te konn aji ak fanmi l anndan kay li.
Tout detay nan lavi li konsève epi yo ekri nan istwa lavi li (Sira). Li se yon moun epi li se yon mesaje; li pa gen okenn nan kalite ki se pou Allah sèlman yo, epi li pa gen pouvwa poul fè tèt li ni byen ni mal (san volonte Allah).
4- Mesaj li
Bondye te voye Mouhammad (le lapè ak benediksyon Allah poze sou li) apre pratik adore zidòl (chirk), pa entèrese ak Allah (koufr), ak inyorans te gaye toupatou sou tè a. Nan tan sa a, pat gen pèsonn sou tè a ki tap adore Allah sèlman san yo pat mete lòt Asosye avèl , esepte yon ti ponyen moun ki te rete nan moun Liv yo (Tora ak levanjil la). Konsa, Allah te voye mesajel la, Mouhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah rete avek li), kòm dènye pwofèt ak mesaje. Allah te voyel avèk gidans ak relijyon verite a pou tout moun sou latè; pou relijyon sa a ka genyen sou tout lòt relijyon, poul ka retire moun yo nan fènwa adorasyon zidòl, fènwa pa kwè nan Allah, ak fènwa inyorans, poul mennen yo nan limyè inite Allah (Tawhid) ak lafwa. Misyon li se yon konplèman pou misyon tout lòt pwofèt ki te la anvan yo, se pou lapè ak benediksyon Bondye sou yo tout."
Li te envite moun yo nan tout sa pwofèt ak mesaje ki te la anvan yo te envite yo — tankou Noe (Nouh), Abraram (Ibrahim), Moyiz (Moussa), Salomon (Soulayman), David (Daoud), ak Jezi (Issa). Li te mande yo pou yo gen lafwa ke sèl Mèt ki egziste a se Allah,ki se Kreyatè a, Sila a ki bay manje a, Sila a ki bay lavi a, Sila a ki bay lanmò a, epi ki se sèl chèf sou tout sa ki egziste. Se li menm kap jere tout bagay; li se Sila a ki plen bonte ak konpasyon an. Epi li te anseye ke Allah se Kreyatè tout sa ki nan linivè a, kit se sa nou wè ak zye nou oswa sa nou pa ka wè; epi tout sa ki egziste an deyò Allah se kreyati li yo ye.
Epitou, li te envite moun yo pou yo adore Allah sèlman epi kite adorasyon tout lòt bagay. Li te esplike — ak yon klète total — ke Allah se yon sèl , Li pa gen asosye ni nan adorasyon moun ap ba li, ni nan otoritel kòm Wa, ni nan fòs li kòm Kreyatè, ni nan fason lap jere linivè a. Li te fè konnen byen klè ke Allah, glwa pou li, pat fè pitit epi Limenm tou li pat soti nan pitit; pa gen pèsonn ki egal avèl ni ki sanble avèl. Li pa antre nan okenn nan kreyati li yo, epi li pa pran fòm okenn kò moun oswa lòt bagay sou tè a.
Epitou, li te envite moun pou yo gen lafwa nan tout Liv Allah yo, tankou live Allah te bay Abraram ak Moyiz yo , Tora a, sòm yo , ak Levanjil la . Li te mande tou pou moun gen lafwa nan tout pwofèt yo san wete yonn; epi li te fè konnen si yon moun demanti yon sèl pwofèt, se kòmsi li te demanti tout pwofèt yo nèt.
Li te pote bon nouvèl sou konpasyon Allah pou tout moun; li te fè konnen se Allah kap bay tout sa yo bezwen sou tè sa a, paske se li ki senyè ki gen kè sansib la. Se li menm sèl ki pral jije tout kreyati yo nan Jou Rezirèksyon an, lèl a fin fè yo tout leve soti nan tonbo yo. Se Li menm kap rekonpanse kwayan yo pou bon aksyon yo fè: chak bon aksyon ap konte pou 10 fwa valè li, men yon move aksyon ap konte pou yon sèl. Kwayan yo ap jwenn yon bèl plezi ki pap janm fini nan lavi apre lanmò a. Men, moun ki pa kwè epi kap fè mechanste, yap jwenn pinisyon pou sa yo te fè a, kit se sou tè a, kit se nan lavi apre a.
Epitou, Pwofèt Mouhammad (ke la pè ak benediksyon Allah poze sou li.), nan misyon li a, li pat janm chèche bay tribi li, peyi li, oswa pwòp tèt li ki nòb la glwa. Okontrè, nan Koran an, yo site non pwofèt yo tankou Noe, Abraram, Moyiz, ak Jezi (se pou benediksyon Bondye sou yo tout) pi plis fwa pase jan yo site non pa li. Yo pa janm site non manman li ni non madanm li yo nan Koran an. Men, yo site non manman Moyiz plizyè fwa, epi yo site non Mari (Maryam) — se pou Bondye kontan avè l — trant-senk (35) fwa.
Epi Pwofèt Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.) te gen pwoteksyon Allah kont tout sa ki ta ka ale kont lalwa Allah, kont lojik, kont nati moun , oswa kont bon moralite. Sa se paske tout pwofèt yo (se pou lapè Allah sou yo) gen pwoteksyon sa a nan mesaj yap transmèt pou Allah a, epi paske se yo menm Allah bay responsablite pou pote lòd li yo bay sèvitèl yo. Pwofèt yo pa gen okenn nan kalite ki se pou Allah sèlman, ni nan nivo kreyasyon ni nan nivo adorasyon ; okontrè, yo se moun tankou tout moun, sèlman Senyè Toupwisan an voye mesaj li yo ba yo.
Yonn nan pi gwo prèv ki montre misyon Pwofèt Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li.) se yon revelasyon ki soti nan Allah, se paske jouk jounen jodi a, misyon sa a egziste menm jan li te ye nan tan lavi li a. Gen plis pase yon milya mizilman kap swiv li, kap pratike devwa relijye yo tankou lapriyè ,bay pòv , fè jèn , pelerinaj , ak lòt ankò, san yo pa chanje anyen epi san yo pa defòme anyen ladan l.
5 Siy, Prèv ak Mak ki montre Misyon Pwofèt li a (soti nan Allah).
Allah apiye pwofèt yo avèk siy (mirak) ki montre misyon yo tout bon vre, epi li ba yo prèv ak agiman solid ki sèvi temwayaj pou mesaj yo a. Allah te bay chak pwofèt ase siy pou lèzòm ka kwè nan yo. Men, pi gwo siy pami tout sa pwofèt yo te resevwa, se sa nabi nou an, Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te resevwa yo. Allah te ba li Koran an, ki se sèl siy pami tout siy pwofèt yo kap rete la jouk Jou Jijman an. Anplis de sa, Allah te apiyel ak gwo mirak ki estrawòdinè. Siy Pwofèt Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah poze sou li) yo anpil anpil, epi pami yo nou jwenn:
Vwayaj lannwit lan ak moute nan syèl la (Al-Isra wal Mi'radj), lalin nan ki te fann an 2 epi lapli ki te tonbe plizyè fwa apre li te fin priye senyè li poul bay moun yo dlo lè te gen gwo sechrès.
Epi jan yon tikal manje ak yon ti rès dlo te konn vin miltipliye anpil, pou yon gwo foul moun te ka manje oswa bwè ladanl
Epi tou, li te konn bay nouvèl sou sekrè ki te pase nan tan lontan , sa yo pèsonn pat konnen detay yo tout bon vre, paske se Allah ki te fèl konnen yo; tankou istwa pwofèt yo (se pou lapè Allah sou yo) ak pèp yo te genyen yo, epi istwa moun ki te nan kavèn nan (Ashabul Kahf).
Epitou, li te konn bay nouvèl sou bagay ki te gen pou rive nan lavni, ki te vin fèt vre apre sa, paske Allah (glwa pou li) te fèl konnen yo. Pa egzanp, nouvèl sou yon gwo dife ki tap soti nan peyi Idjaz (toupre Medina) epi moun ki te nan peyi Siri tap ka wè limyè li; epi tou, jan moun tapral fè konpetisyon pou yo bati bilding ki wo anpil.
Epi jan Bondye te sifi pou li (nan ba li tout sal bezwen ak pwoteksyon) epi jan li te pwotejel kont mechanste lèzòm.
Epi jan pwomès li te fè konpayon li yo te reyalize tout bon vre, tankou lè li te di yo:
(لَتُفْتَحَنَّ عَلَيْكُمْ فَارِسُ وَالرُّومُ، وَلَتُنْفَقَنَّ كُنُوزَهُمَا فِي سَبِيلِ اللَّهِ).
Nou gen pou nou pran peyi Pès ak peyi Wòm , epi nou gen pou nou depanse trezò yo nan chemen Allah.
Epi jan Allah te apiyel avèk zanj li yo.
Epitou, jan pwofèt yo (se pou lapè ak benediksyon Allah sou yo) te anonse pèp yo bon nouvèl sou misyon Pwofèt Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouri li.). Pami moun ki te anonse sa yo, nou jwenn Moyiz, David, Salomon, ak Jezi (se pou lapè Allah sou yo tout), ansanm ak lòt pwofèt nan pèp Izrayèl la.
Epi tou, avèk prèv lojik (rasyonèl) ak parabòl (konparezon) yo bay kòm egzanp, ki fòse nenpòt lespri ki sen (ki pa gen move lide ladan l) aksepte verite a.3
Tout siy sa yo, prèv sa yo, ak parabòl lojik sa yo gaye toupatou nan Koran an ak nan Sounah Pwofèt la (tradisyonl yo). Siy sa yo anpil tèlman, nou pa ka konte yo tout. Nenpòt moun ki ta renmen dekouvri yo pi fon, li sèlman bezwen al li Koran an ak liv ki pale sou tradisyon ak istwa lavi Pwofèt la ; se la lap jwenn verite ki sèten sou tout siy sa yo.
Epi gwo siy (mirak) sa yo, si yo pat rive tout bon vre, lènmi li yo pami moun kouraych yo ki pat vle kwè, ak jwif ak kretyen ki tap viv nan penensil Arab la, yo tap jwenn yon bèl okazyon pou yo demantil epi avèti moun pou yo pa swiv li
Epi Koran an se liv Allah te revele bay Pwofèt Mouhammad (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li) la; se pawòl Mèt linivè a li ye. Allah te bay tout moun ak tout djinn defi pou yo ta fè yon liv parèy avèl oswa pou yo ta fè yon sèl ti chapit (sourat) ki sanble avèl, epi defi sa a toujou kanpe jouk jounen jodi a. Koran an reponn anpil keksyon enpòtan ki fè milyon moun ap poze tèt yo keksyon. Gran Koran sa a konsève jouk jodi a nan lang arab li te desann ladanl lan, pa gen yon sèl lèt ki manke ladanl; li enprime epi li gaye toupatou. Li se yon liv ki estrawòdinè (mirakile), epi se pi gwo liv ki janm rive jwenn lèzòm. Li merite pou tout moun li li oswa pou yo li tradiksyon sans vèsè li yo. Nenpòt moun ki pa lil epi ki pa kwè ladanl, li pèdi tout sa ki bon nèt.
Epitou, tradisyon Pwofèt Mouhammad (Sounah), fason li te konn viv (Hedih), ak istwa lavi li (Sira) konsève epi yo transmèt yo atravè yon fason moun kap rakonte ki fyab anpil. Tradisyon sa yo enprime nan lang arab Pwofèt Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li .) te pale a, kòmsi li te viv nan mitan nou jodi a; yo tradwi yo tou nan anpil lòt lang. Koran an ak Sounah Pwofèt la se sèl sous pou tout lwa ak prensip relijye nan Islam.
Lalwa (Chari'a) Pwofèt Mouhammad (se pou benediksyon Allah kouvri li) te pote a.
Lalwa (Chari'a) Pwofèt Mouhammad (se pou benediksyon Allah kouvri li) te pote a se lalwa Islam nan; li se dènye nèt nan tout lalwa ak misyon ki soti nan syèl la. Li gen menm baz (poto mitan) ak lalwa pwofèt ki te la anvan yo, menm si fason yo pratike yo ka diferan.
Epi, se yon lalwa (Chari'a) ki pafè; li valab pou tout tan ak tout kote. Li gen ladanl tou sa ki bon pou lavi relijye moun yo ak pou lavi yo sou tè a. Li gen ladanl tout fason pou adore Allah sèvitè yo dwe Mèt linivè a, tankou lapriyè ak bay pòv. Li esplike yo tou sa ki pèmèt ak sa ki entèdi nan kesyon lajan, ekonomi, relasyon nan sosyete a, politik, lagè, anviwònman, ak tout lòt bagay lavi moun mande sou tè a ak pou lavi apre lanmò a.
Lalwa (Chari'a) sa a pwoteje relijyon moun yo, lavi yo, onè yo, byen yo (richès yo), lespri yo (entèlijans yo), ak desandans yo. Li gen ladanl tout kalite ak tout kalite byen; li avèti kont tout vye pratik ak tout sa ki mal. Li mande pou respekte diyite moun, pou gen ekilib , jistis, senserite, pwòpte, travay byen fèt , ak renmen. Li mande pou nou vle byen pou lòt moun, pou nou pwoteje lavi, pou peyi yo rete an pè, epi li entèdi pou fè moun pè oswa pou dekouraje yo san rezon. Pwofèt Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn goumen kont tout kalite tiran ak tout fòm koripsyon; li te kanpe kont sipèstisyon, kont izolman (vwayaje pou kont li lwen moun), ak kont lavi relijye ki refize maryaj oswa lavi nan sosyete a.
Epi Pwofèt Mouhammad te fè konnen Allah onore moun — kit se gason, kit se fanm — epi li garanti yo tout dwa yo nèt. Li fè chak moun responsab pou tout chwa li fè, pou aksyon li, ak pou konpòtman li; epi chak moun ap pote responsablite pou nenpòt aksyon ki ka fè tèt li mal oswa ki ka fè lòt moun mal. Li mete gason ak fanm nan menm nivo an sa ki konsène lafwa, responsablite, ak rekonpans. Nan lalwa (Chari'a) sa a, gen yon atansyon espesyal ki bay pou fanm nan, kit li se yon manman, yon madanm, yon pitit fi, oswa yon sè.
Lalwa (Chari'a) Pwofèt Mouhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li.) te pote a vini pou pwoteje lespri moun (entèlijans) epi li entèdi tout sa ki ka gatel, tankou bwè alkòl. Islam konsidere relijyon an tankou yon limyè kap klere chemen pou lespri a, dekwa pou moun nan ka adore Senyè li avèk klète ak konesans. Lalwa Islam nan leve nivo lespri a; li fèl tounen baz pou moun nan resevwa lòd Allah, epi li delivre lespri a anba chenn sipèstisyon ak adorasyon zidòl.
Lalwa (Chari'a) Islam nan bay vrè konesans lan (lasyans) anpil valè; li ankouraje moun fè rechèch syantifik ki pa baze sou pasyon oswa enterè pèsonèl, epi li mande pou nou egzaminen epi reflechi sou pwòp tèt nou ak sou linivè a. Rezilta syantifik ki kòrèk yo pa janm antre nan konfli ak sa Pwofèt Mouhammad te pote a
Nan lalwa (Chari'a) sa a, pa gen okenn preferans pou yon ras moun sou yon lòt, ni pou yon pèp sou yon lòt pèp; okontrè, tout moun egal devan lalwa a. Sa se paske tout moun egal nan rasin yo, epi pa gen okenn ras ki pi bon pase yon lòt, ni okenn pèp ki pi bon pase yon lòt, eksepte nan fason yo respekte Allah.Pwofèt Mouhammad (pè e benediksyon Allah kouvri li) te fè konnen chak timoun ki fèt, li fèt ak yon nati ki pwòp ; pa gen okenn moun ki fèt ak peche nan kò l oswa kap eritye peche yon lòt moun te fè.
Nan lalwa (Chari'a) Islam nan, Allah mete sa yo rele repantans . Repantans vle di: lè yon moun tounen vin jwenn Mèt li epi li sispann fè peche. Islam efase tout peche ki te fèt anvan li, epi repantans efase tout peche ki te fèt anvan repantans lan. Konsa, yon moun pa bezwen al konfese pechel devan yon lòt moun; nan Islam, relasyon ant yon moun ak Allah se yon relasyon dirèk. Ou pa bezwen pèsonn pou sèvi entèmedyè ant ou menm ak Allah. Islam entèdi pou nou fè moun tounen Allah, oswa pou nou fè yo patisipe nan pouvwa ak adorasyon ki pou Allah sèlman.
Lalwa (Chari'a) Pwofèt Mouhammad te pote a ranplase tout lalwa ki te la anvanl yo. Paske lalwa Islam sa a, ki soti nan men Allah, se dènye lalwa kap egziste jouk Jou Jijman an, epi li la pou tout moun nèt sou tè a; se pou sa li ranplase sa ki te la anvanl yo, menm jan ansyen lalwa yo te konn ranplase youn lòt tou. Allah (ki sen epi ki wo anpil) pa aksepte okenn lòt lalwa esepte lalwa Islam nan, ni li pa aksepte okenn lòt relijyon esepte Islam Pwofèt Mouhammad (ke lapè AK benediksyon Allah kouvri li)te pote a. Nenpòt moun ki chwazi yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap akseptel nan menl. Nenpòt moun ki ta renmen konnen detay sou lwa sa yo, li dwe chèche yo nan liv ki fyab yo ki fè moun konnen sa Islam ye tout bon vre.
Objektif lalwa (Chari'a) Islam nan — menm jan ak objektif tout mesaj ki soti nan syèl la — se pou vrè relijyon an leve nivo diyite moun nan dekwa poul tounen yon sèvitè total pou Allah Mèt linivè a; epi pou relijyon an delivre moun nan anba esklavaj lòt moun, anba depandans materyèl, oswa anba fènwa sipèstisyon.
Lalwa (Chari'a) Islam nan valab pou tout tan ak tout kote, epi pa gen anyen ladanl ki kontredi vrè enterè lèzòm. Sa se paske li se yon revelasyon ki soti nan men Allah Sila a ki konnen sa lèzòm bezwen tout bon vre. Lèzòm bezwen yon lalwa ki kòrèk nan sans pal, kote yon pati pa kontredi yon lòt pati, yon lalwa ki la pou ranje kondisyon limanite, epi ki pa soti nan men okenn moun, men ki resevwa dirèkteman nan men Allah. Lalwa sa a ap gide moun nan chemen byen ak chemen verite a; si yo sèvi avèl kòm jij nan lavi yo, zafè yo ap mache dwat epi yap delivre anba zak lenjistis yonn ta ka fè lòt
7- Pozisyon lènmil yo vizavi li ak temwayaj yo te rann an favè li.
Pa gen dout ke chak pwofèt gen lènmi kap goumen kont li, kap kanpe ankwa devan misyon li, epi kap anpeche moun gen lafwa nan li. Pwofèt Mouhammad te gen anpil lènmi konsa pandanl te vivan ak aprel fin mouri, men Allah te ba li viktwa sou yo tout nèt. Gen anpil temwayaj ki soti nan men lènmi sa yo — depi nan tan lontan rive jodi a — ki soti nan bouch anpil moun ki rekonèt li se yon pwofèt vre, li te pote menm mesaj ak pwofèt ki te la anvan yo. Yo konnen byen pwòp li sou verite a, men gen anpil bagay ki anpeche yo gen lafwa, tankou: anvi rete nan pouvwa (chèf), pè pou sa sosyete a ap di, oswa laperèz pou yo pa pèdi lajan yo te konn fè nan pozisyon yo te ye a.
E tout louwanj se pou Allah, Senyè tout mond yo.
***
الفهرس
Komite Syantifik Prezidans Afè Relijye nan Masjid Al-Haram ak Masjid An-Nabawi 1
1- Non li, ras li (fanmi li), ak vil kote li te fèt epi grandi a. 2
2-Maryaj beni li ak Madanm ki beni a 3
3- Kòmansman Revelasyon an. 4
4- Mesaj li 12
5 Siy, Prèv ak Mak ki montre Misyon Pwofèt li a (soti nan Allah). 15
Lalwa (Chari'a) Pwofèt Mouhammad (se pou benediksyon Allah kouvri li) te pote a. 19
7- Pozisyon lènmil yo vizavi li ak temwayaj yo te rann an favè li. 23
***
ht449v1.0 - 06/06/2026
Sahih Al-Bukhari (4461) 6/15.
"O nou menm lèzòm! Men yon parabòl yo bay kòm egzanp, koutel byen: Anverite, tout san ap adore an kipa Allah yo pa ka menm kreye yon sèl mouch, menm si yo tout ta mete tèt yo ansanm pou sa. Epi, si mouch la ta vòlè yon ti bagay nan men yo, yo pa ta menm ka reprann li nan men mouch la. Sila a kap mande a (moun k ap adore zidòl la) ak sila yap mande a (zidòl la), yo tou 2 fèb anpil!" (Sourat Al-Hadj vèsè73)
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan)901