بَيَانُ كُفْرِ وَضَلَالِ مَنْ زَعَمَ أَنَّهُ يَجُوزُ لِأَحَدٍ الْخُرُوجُ
مِنْ شَرِيعَةِ مُحَمَّدٍ ﷺ
Esplikasyon sou kijan moun ki
pretann yo gen dwa pa swiv lalwa (charia) Mouhamad (lapè ak
Benediksyon Allah kouvri li)la,
se moun ki pèdi chemen yo epi
ki soti nan relijyon an
لِسَمَاحَةِ الشَّيْخِ العَلَّامَةِ
عَبْدِ العَزِيزِ بْنِ عَبْدِ اللهِ بْنِ بَازٍ
رَحِمَهُ اللهُ
Ekri pa Ekselans Cheik la
Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Douzyèm Mesaj:
Esplikasyon sou kijan moun ki pretann yo gen dwa pa swiv lalwa (charia) Mouhamad (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)la, se moun ki pèdi chemen yo epi ki soti nan relijyon an
Lwanj pou Allah,Mèt tout linivè a. Ke benediksyon ak lapè poze sou dènye nan tout pwofèt yo, pwofèt nou an Mouhamad, ansanm ak fanmi li ak tout konpayon li yo.
Aprèsa: Mwen te li atik ki te pibliye nan jounal Asharq Al-Awsat, nan nimewo 5824 ki te parèt nan dat 5/6/1415 nan kalandriye Hijri a. Se yon moun ki rele tèt li Abdel Fattah Al-Hayek ki te ekri li , anba tit: (Move Konpreyansyon).
Atik la nye bagay ki klè nèt nan relijyon Islam nan, bagay ki baze sou tèks yo ak akò tout savan yo; sa vle di mesaj Pwofèt Mouhamad (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)a se pou tout moun sou tè a. Moun ki ekri atik la pretann si yon moun pa swiv Pwofèt Mouhamad (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)epi li pa obeyi li, men li rete Jwif oswa Kretyen, li toujou nan yon relijyon ki nan laverite. Aprèsa, li pale mal sou sajès Allah (Mèt linivè a) konsènan jan li pini moun ki pa kwayan ak moun kap fè peche, epi li di pinisyon sa yo se bagay ki san sans."
Li te chanje sans tèks sakre yo (lalwa Allah a), li sèvi ak yo mal, epi li esplike yo jan lidel dil (dapre pasyonl). Li te fèmen zyel sou prèv klè ki montre mesaj Pwofèt Mouhamad (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)la se pou tout moun nèt sou tè a, epi nenpòt moun ki tande pale de li epi ki pa swiv li, moun sa a soti nan relijyon an . Li inyore tou tèks ki di byen klè senyè toupwisan an pa aksepte okenn lòt relijyon sof Islam. Li te kache tout verite sa yo poul ka twonpe moun ki pa gen konesans ak bèl diskou li a. Sa li fè la a se yon zak moun ki pa kwayan ki klè nèt, se vire do bay relijyon Islam nan (ridda). Se demanti li demanti sa Allah (Subhanahu wa Ta'ala) di ak sa Pwofèt li a (Pè ak benediksyon Allah sou li) di. Nenpòt moun ki gen konesans ak lafwa ki li atik sa a ap wè sa byen klè.
Sa ki dwe fèt, se pou chèf Leta a (oswa moun ki gen otorite a) voyel devan tribinal, pou yo mandel repanti (mande padon epi tounen nan bon chemen an), epi pou yo jijel daprè sa lalwa Allah (charia) mande.
Allah (Subhanahu wa Ta'ala) te fè konnen byen klè mesaj Pwofèt Mouhamad (se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li)la se pou tout moun nèt, epi tout moun ak tout djinn gen obligasyon pou yo swiv li. Nenpòt mizilman ki gen menm yon ti kras konesans pa ka inyore sa.
Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:
﴿قُلۡ يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ إِنِّي رَسُولُ ٱللَّهِ إِلَيۡكُمۡ جَمِيعًا ٱلَّذِي لَهُۥ مُلۡكُ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِۖ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ يُحۡيِۦ وَيُمِيتُۖ فَـَٔامِنُواْ بِٱللَّهِ وَرَسُولِهِ ٱلنَّبِيِّ ٱلۡأُمِّيِّ ٱلَّذِي يُؤۡمِنُ بِٱللَّهِ وَكَلِمَٰتِهِۦ وَٱتَّبِعُوهُ لَعَلَّكُمۡ تَهۡتَدُونَ158﴾
"158: Di konsa: O nou menm lèzòm! Se vre wi, mwen se Mesaje Allah voye pou nou tout nèt. Se pou li sèl tout pouvwa nan syèl la ak sou latè a ye. Pa gen lòt senyè toupwisan pase li menm sèl; se li ki bay lavi, se li ki bay lanmò. Se pou nou kwè nan Allah epi nan Mesaje li a, Pwofèt sa a ki pat konn li ni ekri a, li menm ki gen konfyans nan Allah ak nan pawòl Li yo. Swiv li, konsa nap jwenn bon chemen an". [Al-A’raf: 158]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿...وَأُوحِيَ إِلَيَّ هَٰذَا ٱلۡقُرۡءَانُ لِأُنذِرَكُم بِهِۦ وَمَنۢ بَلَغَ...﴾
"... Epi yo te voye Koran sa a ban mwen kòm revelasyon poum ka sèvi avè li poum avèti nou, epi poum avèti nenpòt moun li ta rive jwenn..". [Al-An‘ām: 19]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿قُلۡ إِن كُنتُمۡ تُحِبُّونَ ٱللَّهَ فَٱتَّبِعُونِي يُحۡبِبۡكُمُ ٱللَّهُ وَيَغۡفِرۡ لَكُمۡ ذُنُوبَكُمۡۚ وَٱللَّهُ غَفُورٞ رَّحِيمٞ31﴾
"31- Di yo: Si nou renmen Allah tout bonvre, swiv mwen. Konsa, senyè toupwisan an va renmen nou tou, epi lap padone peche nou yo. Allah se sila ki konn padone anpil, epi li gen anpil mizèrikòd". [Al Imran:31]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَمَن يَبۡتَغِ غَيۡرَ ٱلۡإِسۡلَٰمِ دِينٗا فَلَن يُقۡبَلَ مِنۡهُ وَهُوَ فِي ٱلۡأٓخِرَةِ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ85﴾
"Nenpòt moun ki chèche yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap janm akseptel nan menl; epi nan lavi kap vini an, moun sa a ap pami moun ki pèdi tout bagay yo". [Al Imran: 85]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَمَآ أَرۡسَلۡنَٰكَ إِلَّا كَآفَّةٗ لِّلنَّاسِ بَشِيرٗا وَنَذِيرٗا...﴾
"Epi Nou pa voye ou (Mouhamad) pou okenn lòt rezon, sof pou tout moun nèt sou tè a, pou pote bon nouvèl epi pou bay avètisman....". Sourat Saba, Vèsè 28 Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَمَآ أَرۡسَلۡنَٰكَ إِلَّا رَحۡمَةٗ لِّلۡعَٰلَمِينَ107﴾
"Epi Nou pa te voye ou (Mouhamad) pou okenn lòt rezon, sof kòm yon benediksyon (yon favè) pou tout linivè a". [Al-Anbiya: 107]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿...وَقُل لِّلَّذِينَ أُوتُواْ ٱلۡكِتَٰبَ وَٱلۡأُمِّيِّـۧنَ ءَأَسۡلَمۡتُمۡۚ فَإِنۡ أَسۡلَمُواْ فَقَدِ ٱهۡتَدَواْۖ وَّإِن تَوَلَّوۡاْ فَإِنَّمَا عَلَيۡكَ ٱلۡبَلَٰغُۗ وَٱللَّهُ بَصِيرُۢ بِٱلۡعِبَادِ﴾
"...Epi di moun yo te bay Liv la (Jwif ak Kretyen) ansanm ak moun ki pa konn li ni ekri yo: «Èske nou soumèt tèt nou bay Allah (èske nou vin Mizilman)?» Si yo soumèt tèt yo, sa vle di yo jwenn bon chemen an. Men, si yo vire do yo, travay pa ou se sèlman transmisyon mesaj la (fè yo konnenl). Epi Allah ap gade tout sèvitè Li yo byen". [Al Imran: 20]. Men sa Sila a ki sen anpil la di:
﴿تَبَارَكَ ٱلَّذِي نَزَّلَ ٱلۡفُرۡقَانَ عَلَىٰ عَبۡدِهِۦ لِيَكُونَ لِلۡعَٰلَمِينَ نَذِيرًا1﴾
"Lwanj ak benediksyon pou Allah, li menm ki voye Liv kap fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal la (Al-Furqan) bay sèvitè li a, pou li ka sèvi kòm yon avètisman pou tout linivè a". [Al-Furqan: 1].
Epi Al-Bukhari ak Muslim rapòte, daprè Jabir (ke Allah satisfè de li), ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«أُعْطِيتُ خَمْسًا لَمْ يُعْطَهُنَّ أَحَدٌ قَبْلِي: نُصِرْتُ بِالرُّعْبِ مَسِيرَةَ شَهْرٍ، وَجُعِلَتْ لِيَ الْأَرْضُ مَسْجِدًا وَطَهُورًا، فَأَيُّمَا رَجُلٍ مِنْ أُمَّتِي أَدْرَكَتْهُ الصَّلَاةُ، فَلْيُصَلّ، وَأُحِلَّتْ لِيَ الْمَغَانِمُ، وَلَمْ تُحَلَّ لِأَحَدٍ قَبْلِي، وَأُعْطِيتُ الشَّفَاعَةَ، وَكَانَ النَّبِيُّ يُبْعَثُ إِلَى قَوْمِهِ خَاصَّةً، وَبُعِثْتُ إِلَى النَّاسِ عَامَّةً».
Mwen te resevwa 5 kado okenn lòt moun pa te resevwa anvan mwen: Allah banm viktwa paske li fè lènmim yo tranble (pè) depi nan distans yon mwa mach anvanm rive; yo fè tout latè sèvim kòm kote pou mwen priye (moske) ak kote ki pwòp (poum fè kòm pwòp); konsa, nenpòt moun nan kominote mwen an, depi lè lapriyè rive sou li, se pou li priye kotel ye a; mwen gen dwa pran byen lènmi kite dèyè aprè lagè , yon bagay yo pat pèmèt pèsonn fè anvan mwen; mwen resevwa pouvwa poum lapriyè pou lòt moun (chafaa); epi anvan sa, chak pwofèt te konn vini pou pèp pa yo sèlman, men mwen menm, yo voyem pou tout moun nèt sou tè a.
Sa a se yon deklarasyon klè ki montre mesaj pwofèt nou an, Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), se pou tout limanite nèt, epi li ranplase tout lalwa ki te la anvanl yo. Epi nenpòt moun ki pa swiv Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) epi ki pa obeyi li, se yon rebèl,yon Mekreyan,dezobeyisan, ki merite pinisyon li a. Allah Granmèt la di:
﴿...وَمَن يَكۡفُرۡ بِهِۦ مِنَ ٱلۡأَحۡزَابِ فَٱلنَّارُ مَوۡعِدُهُۥ...﴾
"...Nenpòt moun pami gwoup sa yo (alyans yo) ki derefize kwè nan li (Koran an), dife lanfè se kote yo ba li randevou a...". [Houd: 17]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿...فَلۡيَحۡذَرِ ٱلَّذِينَ يُخَالِفُونَ عَنۡ أَمۡرِهِۦٓ أَن تُصِيبَهُمۡ فِتۡنَةٌ أَوۡ يُصِيبَهُمۡ عَذَابٌ أَلِيمٌ﴾
"...Se pou moun kap dezobeyi lòd li yo (lòd Pwofèt la) fè atansyon, pou yon malè pa tonbe sou yo, oswa pou yo pa resevwa yon pinisyon ki fè mal anpil". [An-Nour: 63]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَمَن يَعۡصِ ٱللَّهَ وَرَسُولَهُۥ وَيَتَعَدَّ حُدُودَهُۥ يُدۡخِلۡهُ نَارًا خَٰلِدٗا فِيهَا وَلَهُۥ عَذَابٞ مُّهِينٞ14﴾
"Epi moun ki dezobeyi Allah ak Mesaje li a, epi ki depase limit li yo, Li pral fèl antre nan yon dife poul rete ladanl pou toutan. Epi lap jwenn yon chatiman ki bay gwo imilyasyon". [An-Nisa: 14], Men sa senyè toupwisan di:
﴿...وَمَن يَتَبَدَّلِ ٱلۡكُفۡرَ بِٱلۡإِيمَٰنِ فَقَدۡ ضَلَّ سَوَآءَ ٱلسَّبِيلِ﴾
"...Nenpòt moun ki chanje lafwa poul tounen mekreyans moun sa a pèdi bon chemen an nèt". [Al-Baqarah: 108], Epi, gen anpil vèsè nan sans sa a.
Allah (Subhanahu wa Ta'ala) mete obeyisans pou Mesaje a ansanm ak obeyisans pou Li menm. Li fè konnen byen klè: nenpòt moun ki kwè nan yon lòt bagay pase Islam, moun sa a ap pèdi nèt; senyè toupwisan an pap aksepte okenn ofrann ni okenn konpansasyon nan men li. Men sa Mèt linivè ki anwo nan syèl la di:
﴿وَمَنْ يَبْتَغِ غَيْرَ الْإِسْلَامِ دِينًا فَلَنْ يُقْبَلَ مِنْهُ وَهُوَ فِي الْآخِرَةِ مِنَ الْخَاسِرِينَ 85﴾
"Nenpòt moun ki chache yon lòt relijyon pase Lislam, Allah pap janm akseptel nan men li; epi nan lavi aprè lanmò a, lap pami moun ki pèdi yo nèt". [Al Imran: 85]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿مَنْ يُطِعِ الرَّسُولَ فَقَدْ أَطَاعَ اللَّهَ...﴾
"Moun ki obeyi Mesaje a, se Allah li obeyi". [An-Nisa: 80]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿قُلْ أَطِيعُوا اللَّهَ وَأَطِيعُوا الرَّسُولَ فَإِنْ تَوَلَّوْا فَإِنَّمَا عَلَيْهِ مَا حُمِّلَ وَعَلَيْكُمْ مَا حُمِّلْتُمْ وَإِنْ تُطِيعُوهُ تَهْتَدُوا...﴾
"Di yo: Obeyi Allah epi obeyi Mesaje a. Si nou vire do nou, konnen byen: mesaje a gen responsablite pa li (fè mesaj la rive), epi nou menm tou, nou gen responsablite pa nou. Men, si nou obeyil, nap jwenn bon chemen an (gidans lan)". [An-Nour: 54]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿إِنَّ الَّذِينَ كَفَرُوا مِنْ أَهْلِ الْكِتَابِ وَالْمُشْرِكِينَ فِي نَارِ جَهَنَّمَ خَالِدِينَ فِيهَا أُولَئِكَ هُمْ شَرُّ الْبَرِيَّةِ 6﴾
"Anverite, moun nan pami moun Liv yo (Jwif ak Kretyen) ak moun kap sèvi lòt dye ki refize kwè yo, yap nan dife lanfè pou tout tan gen tan. Moun sa yo, se yo ki pi mal nan tout kreyasyon an".
[Al-Bayyinah:6].
Epi Muslim rapòte nan Sahih li a ke Mesaje Allah a (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) te di:
«وَالَّذِي نَفْسِي بِيَدِهِ؛ لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ، يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ؛ إِلَّا كَانَ مِنْ أَهْلِ النَّارِ».
Pa Sila ki gen nanm mwen nan menl lan; nenpòt moun nan kominote sa a, kit se yon jwif oswa yon kretyen, ki tande pale de mwen, epi ki mouri san li pa kwè nan mesaj yo te voye mwen avèk li a; se sèten moun sa a ap fè pati moun ki pou dife lanfè yo.
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre klè, nan aksyon li ak nan pawòl li, ke relijyon moun ki pa antre nan relijyon Islam nan pa valab. Li te goumen kont jwif yo ak kretyen yo, menm jan li te goumen kont lòt moun ki te refize kwè yo. Li te pran Djizya (yon taks) nan men sila pami yo ki te dakò pou bay li a, dekwa pou yo pa te ka anpeche mesaj la rive jwenn rès pèp yo a, epi pou sila pami yo ki te vle antre nan Islam te ka fè sa san yo pa pè pou pèp pa yo ta kanpe sou wout yo, anpeche yo, oswa touye yo.
Epi Al-Bukhari ak Muslim rapòte, sa soti bò kote Abu Hurairah (ki se yon konpayon Pwofèt la) — se pou Allah kontan avèk li— li te di: pandan nou te nan moske a, Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te soti epi li te di:
«انْطَلِقُوا إِلَى يَهُودَ، فَخَرَجْنَا مَعَهُ حَتَّى جِئْنَا بَيْتَ الْمِدْرَاسِ، فَقَامَ النَّبِيُّ ﷺ، فَنَادَاهُمْ فَقَالَ :يَا مَعْشَرَ يَهُودَ، أَسْلِمُوا تَسْلَمُوا، فَقَالُوا: قَدْ بَلَّغْتَ يَا أَبَا الْقَاسِمِ، فَقَالَ لَهُمْ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ: ذَلِكَ أُرِيدُ، أَسْلِمُوا تَسْلَمُوا، فَقَالُوا: قَدْ بَلَّغْتَ يَا أَبَا الْقَاسِمِ، فَقَالَ لَهُمْ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ: ذَلِكَ أُرِيدُ، ثُمَّ قَالَهَا الثَّالِثَةَ...».
Pwofèt la di: "Ann ale kay Jwif yo." Nou pati ansanm avèk li jouk nou rive nan kay kote yo konn etidye a (Beit al-Midras). Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li)kanpe, li rele yo, li di: "O nou menm Jwif yo! Aksepte Islam nap sove (nap an sekirite)." Yo reponn li: "Ou fè mesaj la rive jwenn nou, o Abou Al-Qasim." Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li)di yo: "Se sa mwen te vle (tande). Aksepte Islam nap sove." Yo reponn li ankò: "Ou fè mesaj la rive jwenn nou, o Abou Al-Qasim." Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) di yo: "Se sa mwen te vle." Aprèsa, li di yo menm bagay la pou yon twazyèm fwa... Hadith la.
Sa vle di ke, li menm (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te ale jwenn moun relijye pami Jwif yo nan sant etid yo a, li te envite yo vin nan Islam, epi li te di yo: «Vin Mizilman, nap gen lapè», epi li te repete pawòl sa a pou yo.
Konsa tou, li te voye yon lèt bay wa Eraki (Heraclius) poul envitel nan Islam. Li te fè li konnen si li refize, lap responsab peche tout pèp li a ki va refize Islam poutèt li menm li te refize a. Bukhari ak Muslim rapòte nan liv Hadith yo, wa Eraki te mande pou yo pote lèt Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li)ba li, li lil, epi men sa ki te ekri ladan l:
«بِسْمِ اللَّهِ الرَّحْمَنِ الرَّحِيمِ، مِنْ مُحَمَّدٍ رَسُولِ اللَّهِ إِلَى هِرَقْلَ عَظِيمِ الرُّومِ، سَلَامٌ عَلَى مَنِ اتَّبَعَ الْهُدَى، أَمَّا بَعْدُ: فَإِنِّي أَدْعُوكَ بِدِعَايَةِ الْإِسْلَامِ، أَسْلِمْ تَسْلَمْ، وَأَسْلِمْ يُؤْتِكَ اللَّهُ أَجْرَكَ مَرَّتَيْنِ، فَإِنْ تَوَلَّيْتَ، فَإِنَّ عَلَيْكَ إِثْمَ الْأَرِيسِيِّينَ وَ
Nan non Allah, ki gen anpil Mizèrikòd epi ki gen yon kè sansib. Lèt sa a soti nan men Mouhamad, sèvitè ak Mesaje Allah a, pou Eraki, gwo chèf peyi Wòm nan. Lapè pou moun ki chwazi swiv bon chemen an. Aprèsa: Mwen envite ou vin jwenn Islam. Aksepte Islam, konsa wap an sekirite; aksepte Islam, Allah va ba ou 2 fwa plis rekonpans. Men, si ou refize, wap responsab peche tout pèp ou a (paske ou anpeche yo jwenn verite a)..
﴿يَٰٓأَهۡلَ ٱلۡكِتَٰبِ تَعَالَوۡاْ إِلَىٰ كَلِمَةٖ سَوَآءِۭ بَيۡنَنَا وَبَيۡنَكُمۡ أَلَّا نَعۡبُدَ إِلَّا ٱللَّهَ وَلَا نُشۡرِكَ بِهِۦ شَيۡـٔٗا وَلَا يَتَّخِذَ بَعۡضُنَا بَعۡضًا أَرۡبَابٗا مِّن دُونِ ٱللَّهِۚ فَإِن تَوَلَّوۡاْ فَقُولُواْ ٱشۡهَدُواْ بِأَنَّا مُسۡلِمُونَ64﴾
"Di: O nou menm moun ki te resevwa Liv la! Vini non pou nou antann nou sou yon sèl pawòl ki valab ni pou nou ni pou ou : Ke nou pa dwe adore pèsonn esepte Allah, nou pa dwe bay li okenn asosye, epi pèsonn nan nou pa dwe pran lòt moun kòm mèt nan plas Allah. Si yo vire do yo, lè sa a di yo: 'Temwaye ke nou menm, nou se Mizilman (moun ki soumèt devan Allah)". [Al Imran: 64]».
Apre sa, lè yo te vire do epi yo te refize antre nan Islam; li menm (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ak konpayon li yo (se pou Allah satisfè de yo) te goumen kont yo, epi li te enpoze taks sou yo.
Pou montre jan yo pèdi chemen an epi relijyon yo a pa valab ankò depi lè Islam fin ranplase yo, Allah mande chak mizilman, chak jou, nan chak lapriyè ak nan chak rak'at, pou yo mande Allah gidans pou yo rete nan bon chemen an, chemen ki dwat la epi Allah aksepte a, ki se: Islam. Epi pou senyè toupwisan an lwen ak chemen moun ki merite kòlè Li yo. Moun sa yo se: Jwif yo ak tout lòt moun ki sanble ak yo, ki konnen byen pwòp yap swiv manti, men ki fè tèt di pou yo rete ladan l. Epi li fè li evite chemen moun ki egare yo, sila yo kap adore san konesans, ki pretann yo sou yon chemen gidans, poutan se sou yon chemen egareman yo ye. Moun sa yo se: kretyen yo, ak tout lòt moun pami lòt nasyon yo ki sanble ak yo, kap adore nan egareman ak inyorans, Epi tout sa, se pou Mizilman an ka konnen avèk yon sètitid total ke tout relijyon ki pa Islam pa valab, epi ke tout moun kap adore Allah daprè yon lòt chemen ki pa Islam se yon moun ki egare; epi, nenpòt moun ki pa kwè sa, li pa fè pati Mizilman yo. Epi, gen anpil prèv sou sijè sa a ki soti nan Liv la (Koran an) ak nan Sounah la.
Kidonk, devwa otè atik la - Abd Al-Fattah - se pou li prese fè yon repantans sensè, epi pou li ekri yon atik kote li deklare repantans li. Moun ki repanti devan Allah ak yon repantans ki sensè; Allah ap aksepte repantans li; daprè pawòl Allah:
﴿...وَتُوبُوٓاْ إِلَى ٱللَّهِ جَمِيعًا أَيُّهَ ٱلۡمُؤۡمِنُونَ لَعَلَّكُمۡ تُفۡلِحُونَ﴾
"Epi tounen vin jwenn Allah repanti), nou tout nèt, nou menm kwayan yo, pou nou ka jwenn siksè". [An-Nour: 31], Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil la:
﴿وَٱلَّذِينَ لَا يَدۡعُونَ مَعَ ٱللَّهِ إِلَٰهًا ءَاخَرَ وَلَا يَقۡتُلُونَ ٱلنَّفۡسَ ٱلَّتِي حَرَّمَ ٱللَّهُ إِلَّا بِٱلۡحَقِّ وَلَا يَزۡنُونَۚ وَمَن يَفۡعَلۡ ذَٰلِكَ يَلۡقَ أَثَامٗا68 يُضَٰعَفۡ لَهُ ٱلۡعَذَابُ يَوۡمَ ٱلۡقِيَٰمَةِ وَيَخۡلُدۡ فِيهِۦ مُهَانًا69 إِلَّا مَن تَابَ وَءَامَنَ وَعَمِلَ عَمَلٗا صَٰلِحٗا فَأُوْلَٰٓئِكَ يُبَدِّلُ ٱللَّهُ سَيِّـَٔاتِهِمۡ حَسَنَٰتٖۗ وَكَانَ ٱللَّهُ غَفُورٗا رَّحِيمٗا70﴾
"68- Se moun ki pa adore okenn lòt dye ansanm ak Allah, ki pa touye nanm Allah rann sakre a sof si se avèk rezon, epi ki pa fè adiltè. Epi, nenpòt moun ki fè bagay sa yo, lap rankontre yon gwo pinisyon.
Yap double chatiman an pou li nan Jou Jijman an, epi lap rete ladanl pou toutan nan imilyasyon.
70- Esepte moun ki repanti, ki gen lafwa, epi ki fè aksyon ki bon, pou moun sa yo, Allah ap chanje move aksyon yo an bon aksyon. Epi Allah toujou konn padone, li gen anpil mizèrikòd". [Al-Fourqan: 68-70]. Epi daprè pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«الإِسْلَامُ يَهْدِمُ مَا كَانَ قَبْلَهُ، وَالتَّوبَةُ تَهْدِمُ مَا كَانَ قَبْلَهَا».
Islam efase tout peche ki te fèt anvan li, epi repantans efase tout peche ki te fèt anvan repantans lan. Epi pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«التَّائِبُ مِنَ الذَّنْبَ كَمَنْ لَا ذَنْبَ لَهُ».
«Moun ki repanti pou yon peche, se tankou moun ki pa gen peche.»
Epi, gen anpil lòt siy ak adit nan menm sans lan.
Mwen mande Allah (Subhanahu wa Ta'ala) pou Li fè nou wè verite a jan li ye a, epi pou Li ban nou fòs pou nou swiv li. Mwen mandel tou pou Li fè nou wè manti (sa ki pa bon an) jan li ye a, epi pou Li ban nou fòs pou nou lwen li. Mwen mandel pou Li fè nou favè, nou menm ansanm ak ekriven an, Abdel Fattah, ak tout mizilman yo, pou nou fè yon repantans ki sensè (tounen vin jwenn Li ak tout kè nou). Se pou Li pwoteje nou tout anba eprèv kap pèdi moun, anba swiv move lide (pasyon), ak anba pèlen dyab la. Se Li menm ki gen tout pouvwa a epi ki ka fè sa.
Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpanyon li yo, ak sou tout moun ki swiv yo ak senserite jouk jou jijman an.
***
ht397v5.0 - 06/06/2026