رِسَالَتَانِ مُوجَزَتَانِ فِي الزَّكَاةِ وَالصِّيَامِ
2 Ti Liv Tou Kout sou Zaka ak Jèn
سَمَاحَةُ الشَّيْخِ
عَبْدِ الْعَزِيزِ بْنِ عَبْدِ اللَّهِ بْنِ بَازٍ
رَحِمَهُ اللَّهُ
Pou Onorab Chek la
Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Se pou Allah gen mizèrikòd pou li
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
2 Ti Liv Tou Kout sou Zaka ak Jèn
Premye Mesaj la
Nan etid enpòtan konsènan Zakat.
Nan non Allah, Ki gen kè sansib la, Ki gen pitye a.
Tout louwanj se pou Allah, Li menm sèl, e se pou lapriyè ak lapè sou sila a ki pa gen pwofèt aprè li a, epitou sou fanmi li ak konpayon li yo, Aprè sa :
Sa ki pousem ekri pawòl sa yo, se poum bay konsèy epi fè nou sonje obligasyon Zaka a. Anpil Mizilman neglijel, yo pa bay li jan lalwa relijyon an mande a, malgre li enpòtan anpil epi li se youn nan 5 poto Islam yo. Konstriksyon relijyon an pa ka kanpe djanm si poto sa a pa la; jan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di l la:
«بُنِيَ الإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ، وَحَجِّ البَيْتِ».
Islam nan bati sou 5 poto: Bay temwayaj pa gen okenn lòt dye ki merite adore tout bon vre eksepte Allah, epi Muhammad se mesaje Allah; fè lapriyè (Salat); bay Zaka; fè jèn nan mwa Ramadan; epi al fè pèlerenaj nan Kay Allah a (Maka).1 Gen konsansis sou otantisite li.
Obligasyon Zaka a sou Mizilman yo se youn nan pi bèl kalite Islam nan genyen, epi se yon prèv ki montre jan li pran swen afè moun kap pratike li yo; poutèt li gen anpil benefis, epi paske pòv nan mitan Mizilman yo gen yon nesesite ki ijan anpil pou sa.
Pami byenfè li yo, se ranfòsman lyen afeksyon ant moun rich yo ak moun pòv yo; paske se nan nati moun poul renmen sila ki aji byen avèl.
Pami yo genyen: pirifikasyon ak sanktifikasyon nanm nan, epi elwaye li de defo kripya ak avaris, jan sen Koran an endike sans sa a nan pawòl li, Sila a ki Elve a:
﴿خُذۡ مِنۡ أَمۡوَٰلِهِمۡ صَدَقَةٗ تُطَهِّرُهُمۡ وَتُزَكِّيهِم بِهَا...﴾
«Pran nan byen yo ; yon ofrann pou ou pirifye e sanktifye yo avèk li...» [Repantans: 103].
Nan benefis sa yo: li aprann Mizilman an vin gen abitid bay ak tout kè li, li fèl vin gen jenerozite, epi li fèl gen konsiderasyon ak kè sansib pou moun ki nan nesesite.
Nan benefis sa yo tou: li atire benediksyon , li fè byen yo ogmante, epi li fè Allah ranplase sa moun nan te bay la, jan Allah Toupisan an te dil la:
﴿...وَمَآ أَنفَقۡتُم مِّن شَيۡءٖ فَهُوَ يُخۡلِفُهُۥۖ وَهُوَ خَيۡرُ ٱلرَّٰزِقِينَ﴾
Nenpòt sa nou depanse (nan chemen Allah), lap ranplasel pou nou; se Li menm ki pi bon nan tout moun kap bay pwovizyon. Sourat Saba, Vèsè 39 Epi pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan Hadith otantik la: Allah di:
«يَا ابْنَ آدَمَ أَنْفِقْ نُنْفِقْ عَلَيْكَ...».
O pitit pitit Adan, depanse (nan chemen Mwen), Map depanse pou ou.2 pami anpil lòt byenfè.
Epi gen yon gwo menas ki fèt kont moun ki fè chich ak li, oubyen ki pa bay li jan sa dwe fèt, Allah, Sila a ki Pi Wo a, di:
﴿...وَٱلَّذِينَ يَكۡنِزُونَ ٱلذَّهَبَ وَٱلۡفِضَّةَ وَلَا يُنفِقُونَهَا فِي سَبِيلِ ٱللَّهِ فَبَشِّرۡهُم بِعَذَابٍ أَلِيمٖ 34 يَوۡمَ يُحۡمَىٰ عَلَيۡهَا فِي نَارِ جَهَنَّمَ فَتُكۡوَىٰ بِهَا جِبَاهُهُمۡ وَجُنُوبُهُمۡ وَظُهُورُهُمۡۖ هَٰذَا مَا كَنَزۡتُمۡ لِأَنفُسِكُمۡ فَذُوقُواْ مَا كُنتُمۡ تَكۡنِزُونَ35﴾
Moun sa yo kap ranmase lò ak ajan epi ki pa depanse nan chemen Allah a, anonse yo yon chatiman ki fè mal anpil.
Jou sa a, yap chofe lò ak ajan sa yo nan dife Lanfè a, epi yap make fwon yo, bò kòt yo ak do yo avèk yo. (Yap di yo): 'Men sa nou te sere pou tèt pa nou an; kounye a, goute sa nou te konn ap sere a! [At-Tawbah: 34 - 35], Konsa, tout byen yon moun genyen li pa bay Zaka pou li, se yon trezò ki entèdi lap ye, epi mèt li pral jwenn pinisyon avè li nan jou Jijman an. Se sa Hadit Pwofèt la(se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki kòrèk la montre nou, kote li te di:"
«مَا مِنْ صَاحِبِ ذَهَبٍ وَلَا فِضَّةٍ لَا يُؤَدِّي حَقَّهَا إِلَّا إِذَا كَانَ يَوْمُ القِيَامَةِ صُفِّحَتْ لَهُ صَفَائِحُ مِنْ نَارٍ؛ فَأُحْمِيَ عَلَيْهَا فِي نَارِ جَهَنَّمَ، فَيُكْوَى بِهَا جَنْبُهُ وَجَبِينُهُ وَظَهْرُهُ كُلَّمَا بَرَدَتْ أُعِيدَتْ لَهُ فِي يَوْمٍ كَانَ مِقْدَارُهُ خَمْسِينَ أَلْفَ سَنَةٍ حَتَّى يُقْضَى بَيْنَ العِبَادِ، فَيُرَى سَبِيلَهُ: إِمَّا إِلَى الجَنَّةِ، وَإِمَّا إِلَى النَّارِ».
«Tout moun ki posede lò oubyen ajan ki pa peye sa li dwe ladanl,nan Jou jijman an, yap fè richès sa yo tounen plak dife pou li; yap chofe yo nan dife lanfèa, epi yap boule bò kòt li, fwon li, ak do li avèk yo. Chak fwa plak sa yo refwadi, yap chofe yo ankò, pandan yon jou ki dire senkant mil an, jiskaske jijman fin fèt pami sèvitè yo. Apre sa, lap wè chemen li: swa pou paradi, oswa pou Dife a»3.
Apre sa, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouri li) te pale de moun ki gen chamo, bèf, ak mouton/kabrit, epi ki pa bay Zaka pou yo. Li fè konnen moun sa a pral jwenn pinisyon avèk bèt sa yo menm nan jou Jijman an.
Epi, sa soti nan yon sous ki sèten (Sahih) bò kote Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li), li te di:"
«مَنْ آتَاهُ اللهُ مَالًا فَلَمْ يُؤَدِّ زَكَاتَهُ مُثِّلَ لَهُ شُجَاعًا أَقْرَعَ لَهُ زَبِيبَتَانِ يُطَوِّقُهُ يَوْمَ القِيَامَةِ، ثُمَّ يَأْخُذُ بِلَهْزِمَتَيْهِ (يَعْنِي شِدْقَيْهِ)، ثُمَّ يَقُولُ: أَنَا مَالُكَ، أَنَا كَنْزُكَ»، ثُمَّ تَلَا النَّبِيُّ ﷺ قَوْلَهُ تَعَالَى: ﴿وَلَا يَحۡسَبَنَّ ٱلَّذِينَ يَبۡخَلُونَ بِمَآ ءَاتَىٰهُمُ ٱللَّهُ مِن فَضۡلِهِۦ هُوَ خَيۡرٗا لَّهُمۖ بَلۡ هُوَ شَرّٞ لَّهُمۡۖ سَيُطَوَّقُونَ مَا بَخِلُواْ بِهِۦ يَوۡمَ ٱلۡقِيَٰمَةِ...﴾
Nenpòt moun Allah bay richès epi li pa bay Zaka pou li, richès sa a ap tounen yon gwo koulèv (ki pa gen cheve sou tèt li tèlman li gen pwazon) ak tach nwa anwo zyel, kap vlope kou li nan jou Jijman an. Apre sa, koulèv la ap mòde de bò bouch li, epi lap dil: 'Se mwen ki richès ou a, se mwen ki trezò ou te sere a.
Apre sa, Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te li vèsè sa a: "Moun sa yo kap fè chich ak Allah ba yo nan favè li, piga yo panse se yon bon bagay pou yo; okontrè, se yon move bagay pou yo. Nan jou Jijman an, sa yo te sere ak chich la ap tounen yon chenn nan kou yo. [Al Imran: 180]4
Zaka obligatwa sou 4 kalite byen: Sak soti nan tè a tankou grenn ak fwi, bèt kap manje zèb nan savann (chamo, bèf, mouton ak kabrit), lò ak ajan, epi tout machandiz yap fè biznis avèl
Chak nan 4 kalite byen sa yo gen yon kantite minimòm ki fikse; si ou gen mwens pase sa, ou pa dwe bay Zaka. Pou grenn ak fwi, kantite a se: 5 'Awsouq'. Yon 'Wasq' vo swasant 'Sa' selon mezi Pwofèt la (Pè AK benediksyon Allah kouvri li). Sa vle di, pou dat, rezen sèk, ble, diri, lòj ak lòt rekòt konsa, sa fè twasan (300) 'Sa' nan mezi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Yon 'Sa' reprezante kantite grenn ki ka kenbe nan kat 4 fwa nan 2 plamen yon gason ki gen yon kò nòmal lè 2 plamen li yo byen plen.
Sa ou dwe bay la se yon dizyèm (10%) si se san gwo jefò oubyen san depans jaden dat yo ak rekòt yo wouze, tankou lè se lapli, dlo rivyè, sous dlo kap koule, oswa lòt mwayen konsa kap wouze yo.
Men, si yo wouze jaden yo ak mwayen ki mande depans ak jefò: tankou bèt k ap rale dlo nan pwi , machin kap ponpe dlo moute, oswa lòt mwayen konsa, sa ou dwe bay la se yon demi-dizyèm (5%). Se sa Hadit Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon allah kouvri li)ki kòrèk la montre nou.
Kanta pou kantite minimòm (Nisab) bèt kap manje nan savann yo, tankou chamo, bèf ak kabrit/mouton, gen detay sou sa ki esplike byen klè nan Hadit ki kòrèk (vrè) yo ki soti nan bouch Mesaje Allah a . Moun ki ta renmen konnen detay sa yo ka mande moun ki gen konesans yo (entèlektyèl yo). Si se pat paske nou vle fè tèks sa a kout, nou ta site yo la pou tout moun te ka jwenn benefis la nèt.
Kanta pou kantite minimòm (Nisab) pou ajan, se 140 'Mitqal'. Valè sa a nan lajan Riyal Arabi Saoudit la, 56 Riyal.
Nisab (kantite minimòm) pou lò se 20 'Mitqal'. Valè sa a nan lajan 'Guinée' Saoudit la se 11 ak twa sètyèm (3/7). Nan pwa gram, sa bay 92 gram. Sa yon moun dwe bay sou yo a se yon ka nan yon dizyèm (2.5%) pou nenpòt moun ki gen kantite sa a nan youn nan yo (lò oswa ajan), epi ki genyenl depi yon ane konplè.
Pwofi (nan yon biznis) mache ansanm ak kapital la; sa vle di li pa bezwen yon nouvo ane pou kont li. Menm jan an tou, pitit bèt yo (ki fèt nan savann) mache ansanm ak manman yo; yo pa bezwen yon nouvo ane si manman yo te deja rive nan kantite minimòm (Nisab) ki obligatwa a
Lajan an papye moun yo ap sèvi avèl jodi a gen menm règleman ak lò ak ajan, kit yo rele Diram, Dinar, Dola, oswa nenpòt lòt non. Depi valè lajan sa a rive nan kantite minimòm (Nisab) lò oswa ajan an, epi li fè yon ane konplè nan men moun nan, Zaka a vin obligatwa sou li.
Bijou medam yo ki fèt ak lò oswa ajan antre nan menm kategori ak lajan an tou, sitou si yo rive nan kantite minimòm (Nisab) la epi yo fè yon ane konplè . Nan ka sa a, gen Zaka pou yo bay sou yo, menm si se pou medam yo mete sou yo oswa pou yo prete moun; sa se opinyon ki pi kòrèk pami 2 opinyon savan yo genyen sou sa. Sa baze sou pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon allah kouvri li):
«مَا مِنْ صَاحِبِ ذَهَبٍ أَوْ فِضَّةٍ لَا يُؤَدِّي زَكَاتَهَا إِلَّا إِذَا كَانَ يَوْمُ القِيَامَةِ صُفِّحَتْ لَهُ صَفَائِحُ مِنْ نَارٍ».
Nenpòt moun ki gen lò oswa ajan epi ki pa bay Zaka sou yo, nan Jou Jijman an, yap tounen plak dife pou li.5 Jouk nan finisman Hadit nou te site anvan an.
Epi, sa baze tou sou sa ki sèten bò kote Pwofèt la(Pè ak benediksyon Allah kouri li), kote li te wè nan men yon fanm 2 braslè lò, epi li dil:
«أَتُعْطِينَ زَكَاةَ هَذَا؟». قَالَتْ: لَا. قَالَ: «أَيَسُرُّكِ أَنْ يُسَوِّرَكِ اللهُ بِهِمَا يَوْمَ القِيَامَةِ سِوَارَيْنِ مِنْ نَارٍ!». فَأَلْقَتْهُمَا، وَقَالَتْ: «هُمَا لِلَّهِ وَلِرَسُولِهِ».
«Èske ou bay Zaka pou sa yo?» Fanm nan reponn: «Non». Pwofèt la di l: «Èske sa ap fèw plezi pou Allah baw 2 braslè dife nan menw avèk yo nan jou Jijman an!» Lamenm, fanm nan wete yo nan menl, li jete yo epi li di: «Yo se pou Allah ak Mesaje li a (sa vle di li bay yo kòm Sadaka)»6
Epi sa baze tou sou sa ki sèten bò kote Oum Salamah (ke Allah gen pitye pou li), li te konn mete kèk bijou ki fèt ak lò, epi li di: «O Mesaje Allah, èske sa se yon trezò ki entèdi ?»Pwofèt la dil:
«مَا بَلَغَ أَنْ يُزَكَّى فَزُكِّيَ فَلَيْسَ بِكَنْزٍ».
Nenpòt richès ki rive nan nivo pou yo bay Zaka pou li, epi yo bay Zaka a vre, li pa yon trezò ki entèdi ankò.7 ansanm ak lòt adit nan menm sans lan.
Kanta pou machandiz yo , ki se tout byen yo mete la pou vann: yo dwe evalye valè yo nan fen ane a, epi yo dwe bay yon ka nan yon dizyèm (2.5%) nan valè yo kòm Zaka. Sa pa gen rapò si valè yo a egal ak pri yo te achte yo a, oswa si li plis, oswa si li mwens. Sa baze sou Hadit Samourah (Allah te ka kontan avè l) ki te di:
«كَانَ رَسُولُ اللهِ ﷺ يَأْمُرُنَا أَنْ نُخْرِجَ الصَّدَقَةَ مِنَ الَّذِي نُعِدُّهُ لِلْبَيْعِ».
«Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te konn òdone nou pou nou bay zakat soti nan machandiz nou prepare pou vann»8.
Sa gen ladanl tou: tè yo mete la pou vann, Kay pou vann machin, ponp dlo (motè kap rale dlo), ak tout lòt kalite byen yo mete la pou vann.
Kanta pou Kay ki la pou bay lwaye, ki pa pou vann, Zakat la dwe sou lajan lweyaj yo lè yon ane konplè pase sou lajan an. Men, kanta pou Kay yo menm, pa gen Zakat sou yo, paske yo pat la pou vann. Konsa tou, machin pèsonèl ak machin taksi, pa gen Zakat sou yo si yo pat la pou vann. Pito, se pou itilizasyon pèsonèl pwopriyetè a te achte yo.
Si yon pwopriyetè taksi oubyen nenpòt lòt moun rasanble yon kantite lajan ki atenn Nisab la, li gen obligasyon pou li peye Zakat la sou li lè yon ane fin pase, kèlkeswa si li te prevwa lajan an pou depans, pou maryaj, pou achte yon pwopriyete, pou regle yon dèt, oubyen pou nenpòt lòt pwojè; paske prèv legal Islamik yo (Charia) gen yon pòte jeneral ki montre obligasyon Zakat la nan yon sitiyasyon konsa.
Epi sa ki kòrèk nan opinyon savan yo, sèke dèt pa anpeche Zakāt la, pou rezon ki te mansyone anvan an.
Menm jan an tou, Zakât la obligatwa sou byen òfelen yo ak moun ki pa gen tout kapasite mantal yo, daprè opinyon majorite savan yo, si byen sa yo atenn Nisâb la epi yon ane konplè pase sou yo. Responsab moun sa yo,yo gen obligasyon pou yo peyel nan non yo lè ane a fin akonpli; sa se baze sou prèv yo ki gen yon karaktè jeneral, tankou pawòl Pwofèt la (lapriyè ak lapè Allah avèk li) nan adit Mou'adh (se pou Allah satisfè de li) lèl te voyel al jwenn pèp Yemenn nan:
«إِنَّ اللَّهَ افْتَرَضَ عَلَيْهِمْ صَدَقَةً فِي أَمْوَالِهِمْ تُؤْخَذُ مِنْ أَغْنِيَائِهِمْ، وَتُرَدُّ فِي فُقَرَائِهِمْ».
Bondye fè li tounen yon obligasyon (Zaka) sou byen yo genyen; yap pranl nan men moun rich yo, epi yap renmèt li bay moun ki pòv pami yo.9
Zaka se yon dwa pou Allah ; li pa pèmèt pou yon moun bay li nan patipri bay moun ki pa meritel. Yon moun pa dwe sèvi ak Zaka a tou poul chèche avantaj pou tèt li, poul evite yon malè, pou ml pwoteje pwòp byenl, oswa poul evite moun palel mal. Okontrè, yon mizilman dwe bay moun ki merite Zaka a ,paske yo gen dwa sou li, epi li pa dwe gen okenn lòt entansyon dèyè sa. Li dwe bay li ak tout kèl, avèk senserite pou Allah sèlman; se konsal ap libere anba obligasyon sa a, epi lap merite gwo rekonpans ak benediksyon nan men Allah pou ranplase sal te bay la.
Allah (ki gen tout glwa pou li a) esplike byen klè nan Liv Li a (Koran an) ki kalite moun ki gen dwa resevwa Zaka a. Li di (nan vèsè sa a):
﴿إِنَّمَا ٱلصَّدَقَٰتُ لِلۡفُقَرَآءِ وَٱلۡمَسَٰكِينِ وَٱلۡعَٰمِلِينَ عَلَيۡهَا وَٱلۡمُؤَلَّفَةِ قُلُوبُهُمۡ وَفِي ٱلرِّقَابِ وَٱلۡغَٰرِمِينَ وَفِي سَبِيلِ ٱللَّهِ وَٱبۡنِ ٱلسَّبِيلِۖ فَرِيضَةٗ مِّنَ ٱللَّهِۗ وَٱللَّهُ عَلِيمٌ حَكِيمٞ60﴾
Zaka yo se sèlman pou: moun ki pòv yo, moun ki nan nesesite yo, moun kap travay pou kolekte yo, moun kè yo ap rale vini nan Islam, pou libere esklav , pou moun ki gen dèt yo, pou chemen Allah ak pou vwayajè ki bloke nan wout . Sa se yon obligasyon Allah fikse. Epi Allah gen konesans, Li gen bon konprann. [Repantans: 60].
Nan fen vèsè sourat sa a ki gen 2 gran non sa yo, se yon rapèl ki soti bò kote Allah, Glwa pou li, pou sèvitèl yo, sou lefètke se li menm, Glwa pou li, ki "Alim" (Sila ki Konnen tout bagay) sou kondisyon sèvitèl yo: kiyès pami yo ki merite sadaka (lacharite) ak kiyès ki pa meritel, epi se li menm ki "Hakim" (Sila ki Gen tout Sajès la) nan lalwal ak nan dekrè li. Konsa, li pa mete anyen sof nan plas ki apwopriye pou yo, menmsi kèk nan sekrè sajès li yo kache pou sèten moun; sa fèt pou sèvitè yo ka vin gen konfyans nan lalwal epi pou yo soumèt yo devan jijmanl.
Se bò kote Allah nou mande pou li ban nou ansanm ak tout mizilman yo siksè pou nou byen konprann relijyon li a, pou nou onèt nan jan nap aji avèk li, pou nou kouri fè sa ki fèl plezi, epi pou nou jwenn pwoteksyon kont tout sa ki ka lakòz kòlè li. Anverite, li se moun ki tande tout bagay la epi li touprè nou.
Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou sèvitèl la ak mesajel la, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
Prezidan Jeneral pou Direksyon Rechèch Syantifik.
ak Ifta ak Dawah ak Gidans
Eminans Cheik: Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz
***
Dezyèm Mesaj la
Sou kalite (benefis) jèn mwa Ramadan ak priyè lannwit li yo ,ansanm ak esplikasyon sou kèk règleman enpòtan ki ka kache pou kèk moun.
Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.
Soti nan men Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz, pou tout Mizilman ki pral li mesaj sa a: Mwen mande Allah pou li mete nou nan menm chemen ak moun ki gen lafwa yo, epi pou li ban mwen ansanm ak yo siksè pou nou byen konprann Sunnah a ak Koran an. Amin!
Lapè Allah, mizèrikòd li, ak benediksyon li yo sou nou.
Aprè sa: Men yon konsèy tou kout ki konsène benefis jèn mwa Ramadan ak priyè lannwit li yo, ak enpòtans pou moun fè kous pou yo fè bèl aksyon (bon zèv) pandan mwa sa a, ansanm ak esplikasyon sou kèk règleman enpòtan ki ka kache pou kèk moun.
Sa sèten bò kote Mesaje Allah a, li te konn bay konpayon li yo bòn nouvèl depi mwa Ramadan an ap rive. Li te konn di yo (benediksyon ak kè poze Allah sou li) se yon mwa kote pòt kòlè ak kè sansib Allah ouvri, pòt Paradi yo ouvri tou, pòt Lanfè yo fèmen, epi yo mare tout dyab yo ak chenn. Li te konn di tou:
«إِذَا كَانَتْ أَوَّلُ لَيْلَةٍ مِنْ رَمَضَانَ فُتِّحَتْ أَبْوَابُ الجَنَّةِ فَلَمْ يُغْلَقْ مِنْهَا بَابٌ، وَغُلِّقَتْ أَبْوَابُ جَهَنَّمَ فَلَمْ يُفْتَحْ مِنْهَا بَابٌ، وَصُفِّدَتِ الشَّيَاطِينُ، وَيُنَادِي مُنَادٍ: يَا بَاغِيَ الخَيْرِ أَقْبِلْ، وَيَا بَاغِيَ الشَّرِّ أَقْصِرْ. وَلِلَّهِ عُتَقَاءُ مِنَ النَّارِ، وَذَلِكَ كُلَّ لَيْلَةٍ».
Lè premye nwit mwa Ramadan an rive, tout pòt Paradi yo ouvri, pa gen yonn kap fèmen. Tout pòt Lanfè yo fèmen, pa gen yonn kap ouvri. Yo mare tout dyab yo ak chenn. Epi, gen yon moun k ap rele byen fò: «O ou menm kap chèche fè sa ki byen, avanse! O ou menm kap chèche fè sa ki mal, rete!». Pandan chak nwit sa yo, Allah chwazi yon pakèt moun pou li delivre anba dife Lanfè.
Epi li di, lapè ak benediksyon Allah sou li:
«جَاءَكُمْ شَهْرُ رَمَضَانَ شَهْرُ بَرَكَةٍ يَغْشَاكُمُ اللهُ فِيهِ: فَيُنْزِلُ الرَّحْمَةَ وَيَحُطُّ الخَطَايَا، وَيَسْتَجِيبُ الدُّعَاءَ، يَنْظُرُ اللهُ إِلَى تَنَافُسِكُمْ فِيهِ فَيُبَاهِي بِكُمْ مَلَائِكَتَهُ؛ فَأَرُوا اللهَ مِنْ أَنْفُسِكُمْ خَيْرًا؛ فَإِنَّ الشَّقِيَّ مَنْ حُرِمَ فِيهِ رَحْمَةَ اللهِ».
Mwa Ramadan an rive sou nou, se yon mwa benediksyon kote Allah kouvri nou: Li voye kè sansib li desann, Li efase peche nou yo, epi li reponn lapriyè nou yo. Allah ap gade jan nap fè kous ant nou pou nou fè sa ki byen, epi li fè lwanj pou nou devan zanj li yo. Konsa, montre Allah sa ki bon nan nou; paske moun ki pi malere a, se moun ki pa jwenn nan kè sansib Allah a pandan mwa sa a.
Epi li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:
«مَنْ صَامَ رَمَضَانَ إِيمَانًا وَاحْتِسَابًا غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ، وَمَنْ قَامَ رَمَضَانَ إِيمَانًا وَاحْتِسَابًا غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ، وَمَنْ قَامَ لَيْلَةَ القَدْرِ إِيمَانًا وَاحْتِسَابًا غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ».
Moun ki jene mwa Ramadan an avèk lafwa epi nan espwa poul jwenn rekonpans nan men Allah ,senyè toupwisan an ap padone tout peche li te fè anvan sa. Moun ki priye pandan nwit mwa Ramadan yo avèk lafwa epi nan espwa poul jwenn rekonpans nan men Allah , Senyè a ap padone tout peche li te fè anvan sa. Epi, moun ki priye pandan nwit Valorizasyon an avèk lafwa epi nan espwa poul jwenn rekonpans nan men Allah ,Sila ki merite tout Louwanj ap padone tout peche li te fè anvan sa.
Epi li di:, lapè ak benediksyon Allah sou li):
«يَقُولُ اللهُ: كُلُّ عَمَلِ ابْنِ آدَمَ لَهُ الحَسَنَةُ بِعَشْرِ أَمْثَالِهَا إِلَى سَبْعِمِائَةِ ضِعْفٍ إِلَّا الصِّيَامَ فَإِنَّهُ لِي وَأَنَا أَجْزِي بِهِ؛ تَرَكَ شَهْوَتَهُ وَطَعَامَهُ وَشَرَابَهُ مِنْ أَجْلِي. لِلصَّائِمِ فَرْحَتَانِ: فَرْحَةٌ عِنْدَ فِطْرِهِ، وَفَرْحَةٌ عِنْدَ لِقَاءِ رَبِّهِ. وَلَخُلُوفُ فَمِ الصَّائِمِ أَطْيَبُ عِنْدَ اللهِ مِنْ رِيحِ المِسْكِ».
Allah di: «Tout aksyon pitit Adan an se pou li; chak bèl aksyon ap miltipliye pa 10 jouk li rive 700 fwa plis, eksepte jèn nan . Jèn nan se pou mwen, epi se mwen menm kap bay rekonpans pou li; paske li te kite dezil, manjel, ak bwèl poutèt mwen sèlman». Gen 2 kè kontan pou moun kap jene a: yon kè kontan lè lap kase jèn nan, ak yon kè kontan lè lap rankontre ak mèt li. Epi, move sant ki nan bouch moun kap jene a pi bon devan Allah pase sant pafen Musk la."
Epi, gen anpil lòt Hadit ankò ki pale sou benefis jèn mwa Ramadan an, priyè lannwit li yo, ak sou valè jèn nan limenm an jeneral.
Konsa, kwayan an dwe pwofite opòtinite sa a, ki se favè Allah fèl poul rive viv mwa Ramadan an; poul prese fè zèv obeyisans yo, pran prekosyon ak peche yo, epi fè tout efòl poul akonpli sa Allah fè obligatwa pou li, sitou 5 priyè yo, paske se poto Islam lan yo ye, e se yo ki pi gwo obligasyon an apre de temwayaj lafwa yo. Kidonk, se yon devwa pou chak Mizilman, gason kou fi, pou yo prezève yo epi pou yo akonpli yo nan lè ki fikse pou yo a, avèk imilite ak kè poze.
Pami obligasyon li yo ki pi enpòtan pou gason yo, se pou yo akonpli lan gwoup nan Moske Allah yo, sa yo menm Allah te pèmèt pou yo leve anlè epi pou yo site Non li ladan yo, jan li te di a:
﴿وَأَقِيمُواْ ٱلصَّلَوٰةَ وَءَاتُواْ ٱلزَّكَوٰةَ وَٱرۡكَعُواْ مَعَ ٱلرَّٰكِعِينَ 43﴾
Epi, fè lapriyè yo kòrèkteman, bay Zaka a, epi bese tèt nou ansanm ak moun kap bese tèt yo. [Al-Baqarah: 43], Epi Sila a ki Egzalte a di:
﴿حَٰفِظُواْ عَلَى ٱلصَّلَوَٰتِ وَٱلصَّلَوٰةِ ٱلۡوُسۡطَىٰ وَقُومُواْ لِلَّهِ قَٰنِتِينَ 238﴾
Veye sou lapriyè nou yo, ak lapriyè mitan an, epi kanpe devan Allah avèk soumisyon. 238 Sourat Al-Baqarah, vèsè 238. Epi li di:
﴿قَدۡ أَفۡلَحَ ٱلۡمُؤۡمِنُونَ 1 ٱلَّذِينَ هُمۡ فِي صَلَاتِهِمۡ خَٰشِعُونَ 2﴾
Anverite, kwayan yo (moun ki gen lafwa yo) jwenn siksè.
Moun sa yo ki gen imilite (respè ak konsantrasyon) nan lapriyè yo. Sourat Al-Mu'minun vèsè 1 a 2 Jouk li rive di:
﴿وَٱلَّذِينَ هُمۡ عَلَىٰ صَلَوَٰتِهِمۡ يُحَافِظُونَ 9 أُوْلَٰٓئِكَ هُمُ ٱلۡوَٰرِثُونَ 10 ٱلَّذِينَ يَرِثُونَ ٱلۡفِرۡدَوۡسَ هُمۡ فِيهَا خَٰلِدُونَ 11﴾
Epi moun sa yo ki toujou veye sou lapriyè yo (yo fè yo nan lè yo ak tout kondisyon yo). Se yo menm ki pral jwenn eritaj la. Moun ki pral jwenn Paradi ki pi wo a kòm eritaj, epi yap rete ladanl pou toutan [Al-Mou’minoun 9-11] Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«العَهْدُ الَّذِي بَيْنَنَا وَبَيْنَهُمُ الصَّلَاةُ فَمَنْ تَرَكَهَا فَقَدْ كَفَرَ».
«Alyans ki ant nou menm ak yo a se Lapriyè. Kidonk, moun ki abandonel, li tonbe nan mekrekyans(ki pa kwè nan pawòl A».
Epi obligasyon ki pi enpòtan an apre lapriyè se akite Zakat la, jan li te di a:
﴿وَمَآ أُمِرُوٓاْ إِلَّا لِيَعۡبُدُواْ ٱللَّهَ مُخۡلِصِينَ لَهُ ٱلدِّينَ حُنَفَآءَ وَيُقِيمُواْ ٱلصَّلَوٰةَ وَيُؤۡتُواْ ٱلزَّكَوٰةَۚ وَذَٰلِكَ دِينُ ٱلۡقَيِّمَةِ 5﴾
Poutan, yo pat resevwa okenn lòt lòd pase: pou yo adore Allah sèlman, pandan yap ba li tout devouman yo (ak senserite), san yo pa melanjel ak anyen (mache dwat), pou yo fè lapriyè a kòrèkteman, epi pou yo bay Zaka a. Epi sa a, se li ki relijyon ki dwat la. Sourat Al bayyinah vèsè 5 Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَأَقِيمُواْ ٱلصَّلَوٰةَ وَءَاتُواْ ٱلزَّكَوٰةَ وَأَطِيعُواْ ٱلرَّسُولَ لَعَلَّكُمۡ تُرۡحَمُونَ 56﴾
Epi, fè lapriyè a kòrèkteman, bay Zaka a, epi obeyi Mesaje a pou nou ka jwenn kè sansib (pitye) Allah. [An-Nour: 56].
Gran Liv (koran) Allah la ak Sounah Mesaje li a montre klèman ke moun ki pa akite Zakat sou richès li, yap pini li avèk richès sa a menm Jou jijman an.
Pami zafè ki pi enpòtan yo apre Lapriyè ak Zakàt se jèn Ramadàn nan, e li se youn nan senk pilye Islam yo ki mansyone nan pawòl Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li):
«بُنِيَ الإِسْلَامُ عَلَى خَمْسٍ: شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ، وَإِقَامِ الصَّلَاةِ، وَإِيتَاءِ الزَّكَاةِ، وَصَوْمِ رَمَضَانَ، وَحَجِّ البَيْتِ».
«Lislam bati sou 5 poto : temwayaj ke pa gen dye sof Allah e ke Mouhammad se Mesaje Allah, akite lapriyè a, bay Zakat la, jene Ramadan, ak pelerinaj Lamèk ».
Epi, se yon devwa pou chak Mizilman pwoteje jèn li ak priyè lannwit li kont tout pawòl ak tout aksyon Allah entèdi. Paske, objektif jèn nan se obeyi Allah (ki gen tout glwa pou Li), respekte lòd li yo, lite kont pwòp dezi pa nou pou nou ka obeyi mèt nou, epi abitye tèt nou pou nou gen pasyans devan sa Allah entèdi nou fè. Se pa senpleman kite manje, kite bwè, ak lòt bagay ki kase jèn nan ki se objektif la. Se poutèt sa, sa sèten bò kote Mesaje Allah a li te di:
«الصِّيَامُ جُنَّةٌ، فَإِذَا كَانَ يَوْمُ صَوْمِ أَحَدِكُمْ فَلَا يَرْفُثْ وَلَا يَصْخَبْ، فَإِنْ سَابَّهُ أَحَدٌ أَوْ قَاتَلَهُ فَلْيَقُلْ: إِنِّي صَائِمٌ».
Jèn nan se yon pwoteksyon (tankou yon boukliye). Si yonn nan nou ap jene yon jou, li pa dwe di move pawòl (ki gen rapò ak bagay sal), ni li pa dwe rele fò ak kòlè. Si yon moun joure li oswa li vle goumen avèl, se poul di: «Mwen ap jene». Epi sa sèten bò kote Mesaje Allah, li te di:
«مَنْ لَمْ يَدَعْ قَوْلَ الزُّورِ وَالعَمَلَ بِهِ وَالجَهْلَ فَلَيْسَ لِلَّهِ حَاجَةٌ فِي أَنْ يَدَعَ طَعَامَهُ وَشَرَابَهُ».
Moun ki pa sispann bay manti, ki pa sispann aji nan manti, epi ki pa sispann aji tankou moun ki sòt (ki pa gen respè), Allah pa bezwen li kite manjel ak bwèl pou li. Dapre tèks sa yo ak lòt ankò, nou aprann ke sa ki obligatwa pou moun kap jene a se poul pran prekosyon ak tout sa Allah entèdi, epitou poul kenbe fèm nan tout sa Allah rann obligatwa pou li. Se konsa, li ka espere jwenn padon, delivrans anba dife a, ansanm ak akseptasyon jèn li ak priyè lannwit li yo.
Epi, gen kèk bagay (kèk règleman) ki ka parèt flou oswa ki pa fin klè pou kèk moun.
Pami bagay sa yo: Se yon devwa pou yon Mizilman jene avèk lafwa epi nan espwa poul jwenn rekonpans nan men Allah ; li pa dwe fèl pou moun wèl ni pou moun pale byen de li, ni poul annik kopye sa lòt moun ap fè, ni paske fanmil oswa moun nan peyil ap fèl. Men, sa ki dwe pousel jene, se kwayans li genyen ke Allah pasel lòd sa a, epi lap chèche jwenn rekonpans nan men Mèt li pou sa. Menm jan an tou, pou priyè lannwit yo nan mwa Ramadan an, se yon devwa pou Mizilman an fè yo avèk lafwa epi nan espwa poul jwenn rekonpans, san li pa gen lòt rezon dèyè tèt li. Se poutèt sa Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ صَامَ رَمَضَانَ إِيمَانًا وَاحْتِسَابًا غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ، وَمَنْ قَامَ رَمَضَانَ إِيمَانًا وَاحْتِسَابًا غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ، وَمَنْ قَامَ لَيْلَةَ القَدْرِ إِيمَانًا وَاحْتِسَابًا غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ».
«Sila a ki jene pandan Ramadan avèk lafwa epi poul chèche rekonpans, tout pechel ki te pase yo ap padone, e sila a ki priye pandan nwit Ramadan yo avèk lafwa epi poul chèche rekonpans, tout pechel ki te pase yo ap padone, e sila a ki priye pandan Laylatoul Qadr avèk lafwa epi poul chèche rekonpans, tout pechel ki te pase yo ap padone».
Pami bagay règleman yo ka pa fin klè pou kèk moun: sa ki ka rive yon moun kap jene tankou blese, senyen nan nen , vomi sanl pa vle, oswa dlo ak gazolin (gaz) ki ta pase nan gòj li san se pa volontel; tout bagay sa yo pa gate jèn nan. Men, moun ki fè espre li vomi, jèn li gate; daprè sa Pwofèt la te di:
«مَنْ ذَرَعَهُ القَيْءُ فَلَا قَضَاءَ عَلَيْهِ، وَمَنِ اسْتَقَاءَ فَعَلَيْهِ القَضَاءُ».
Moun vomisman pranl pa sipriz (li vomi sanl pa vle), li pa gen dèt (li pa bezwen ranplase jou sa a). Men, moun ki fè espre li vomi, li dwe ranplase jou sa a (li gen yon dèt).
Pami bagay sa yo tou: si yon moun kap jene ta gen tan rive nan lè douvanjou san li pat gentan benyen nèt apre li te fin gen rapò ak madanm li . Konsa tou, pou medam ki ta wè règ yo oswa san apre akouchman yo sispann anvan douvanjou, yo dwe jene jou sa a. Pa gen pwoblèm si yo kite benyen an apre douvanjou a fin parèt. Men, yo pa gen dwa ret tann jouk solèy la leve; okontrè, se yon devwa pou yo benyen epi fè priyè douvanjou a anvan solèy la leve. Konsa tou, yon moun ki nan eta enpwòpte pa gen dwa ret tann jouk solèy leve pou li benyen ; okontrè, li dwe benyen epi fè priyè douvanjou a (Fajr) anvan solèy la leve. Epitou, se yon devwa pou gason an prese fè sa (benyen an) poul ka gen tan jwenn priyè douvanjou a ansanm ak gwoup la (nan moske a)."
Pami bagay ki pa gate jèn nan tou, genyen: pran san pou fè analiz (tès san), ak pran piki (zegwi), depi se pa piki ki la pou ranplase manje (piki nourisan). Men, si sa posib, li pi bon epi li pi sèten pou yon moun kite sa pou apre solèy fin kouche (lannwit); daprè sa Pwofèt la te di:
«دَعْ مَا يَرِيبُكَ إِلَى مَا لَا يَرِيبُكَ».
«Kite sa ki baw dout pou sa ki pa baw dout».
Epi pawòl li, (ke lapriyè ak lapè sou li):
«مَنِ اتَّقَى الشُّبُهَاتِ فَقَدِ اسْتَبْرَأَ لِدِينِهِ وَعِرْضِهِ».
«Moun ki evite bagay ki gen dout yo, li mete relijyon li ak onè li klè».
Pami bagay règleman yo ka pa fin klè pou kèk moun, genyen: keksyon manke poze (trankilite) nan lapriyè a, kit se yon lapriyè ki obligatwa , kit se yon lapriyè volontè . Poutan, hadit ki sèten yo ki soti nan Mesaje Allah a ﷺ montre kè poze se yon poto mitan nan lapriyè a, sa vle di lapriyè a pa bon si moun nan pa poze. Sa vle di pou yon moun rete trankil epi gen konsantrasyon nan lapriyè a, epi pou li pa prese, jouk sa rive kote chak zo nan do li tounen nan plas yo. Gen anpil moun, nan mwa Ramadan an, kap fè priyè Tarawih la yon fason kote yo pa menm konprann sa yap fè epi yo pa poze ditou; okontrè, yo annik ap bese tèt yo atè tankou yon zwazo kap cheche grenn. Lapriyè ki fèt konsa a pa valab (li initil), epi moun nan ap fè peche olye poul ta jwenn rekonpans.
Pami bagay règleman yo ka pa fin klè pou kèk moun: gen kèk ladan yo ki panse li pa pèmèt pou yo fè mwens pase 20 rak'at nan priyè Tarawih la. Gen lòt menm ki panse li pa pèmèt pou yo fè plis pase 11 oswa 13 rak'at. Tout panse sa yo pa nan plas yo; okontrè, se erè yo ye ki mache kont prèv yo.
Hadit ki sèten yo (vrè ) ki soti nan Mesaje a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)montre ke lapriyè lannwit lan se yon bagay ki gen anpil libète ladanl ; pa gen yon limit fiks yo bay pou sa kote moun pa gen dwa depasel. Okontrè, sa ki sèten bò kotel, se paske li te konn priye 11 rak'at nan lannwit, pafwa li te konn priye t13 rak'at, epi pafwa li te konn fè mwens pase sa, kit se te nan mwa Ramadan oswa nan lòt mwa yo. Lè yo te pozel keksyon sou lapriyè lannwit lan, li te di:
«مَثْنَى مَثْنَى، فَإِذَا خَشِيَ أَحَدُكُمُ الصُّبْحَ صَلَّى رَكْعَةً وَاحِدَةً تُوتِرُ لَهُ مَا قَدْ صَلَّى».
Lapriyè lannwit yo, 2 pa 2 pou yo fè yo. Men, si yonn nan nou pè pou douvanjou (Fajr) pa barel, se poul fè yon sèl rak'at ; rak'at sa a ap rann tout sa li te fin priye yo vin yon chif enpè. Tout moun tonbe dakò sou verite li .
Li pat janm fikse yon kantite rak’at presi, ni nan mwa Ramadan, ni nan lòt mwa yo. Se poutèt sa, konpayon yo nan tan lidèchip (Kalifa) Omar — se pou Allah dakò avè l —, te konn priye 23 rak’at pafwa, epi lòt fwa yo te konn priye onz 11 rak’at. Tou 2 fason sa yo sèten nèt bò kote Omar ak konpayon ki te la peryod lan.
Te gen kèk nan zansèt nou yo ki te konn priye trannsis 36 rak’at nan mwa Ramadan, epi yo fè Witr la ak 3 rak’at. Gen lòt ki te konn priye karanteyonn 41 rak’at; se sa Cheikh al-Islam Ibn Taymiyyah ak lòt savan te rapòte sou yo. Menm jan Cheikh la — se pou Allah gen pitye pou li — te mansyone ke gen anpil espas, libète nan keksyon sa a. Li te di tou: sa ki pi bon pou yon moun ki li vèsè ki long epi ki pran tan nan bese ak mete tèt atè , se poul diminye kantite rak’at yo. Men, pou moun ki fè lekti a ak mouvman yo pi kout, li ka ogmante kantite rak’at yo. Se sa ki sans pawòl li a
Moun ki medite sou Sounnah li a ap konnen ke sa ki pi bon nan tout sa se priye 11 oswa 13 rak’ah, kit se nan Ramadân oswa nan lòt mwa; paske se sa ki an akò ak sa Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te konn fè nan pifò ka, e paske li pi fasil pou moun kap priye yo, epi li pi prè ak trankilite. Pou moun ki ajoute, pa gen okenn mal ni okenn repwòch nan sa, jan sa te mansyone anvan.
Sa ki pi bon pou sila a ki priye avèk imam nan pandan lapriyè lannwit Ramadan an, se poul pa ale sof avèk imam nan; dapre pawòl Pwofèt la:
«إِنَّ الرَّجُلَ إِذَا قَامَ مَعَ الإِمَامِ حَتَّى يَنْصَرِفَ كَتَبَ اللَّهُ لَهُ قِيَامَ لَيْلَةٍ».
«An verite, yon moun ki kanpe avèk imam nan jiskaske li ale, Allah ekri pou li rekonpans pou lapriyè yon nwit antye».
Epi li rekòmande pou tout Mizilman fè gwo efò nan tout kalite adorasyon pandan mwa sakre sa a, tankou: fè lapriyè volontè , li Koran an avèk meditasyon ak konpreyansyon, miltipliye mo lwanj pou Allah , mande padon fè tout kalite priyè (Dua) ki nan lalwa a, ankouraje sa ki byen epi anpeche sa ki mal, fè travay envite moun nan chemen Allah , lonje men bay pòv ak moun ki nan nesesite, fè gwo efò pou nou respekte epi rann sèvis bay paran nou, kenbe bon relasyon ak fanmi nou, respekte vwazen nou, vizite moun ki malad, ak tout lòt kalite bon aksyon. Paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li)te di nan hadit nou te wè anvan an:
«يَنْظُرُ اللهُ إِلَى تَنَافُسِكُمْ فِيهِ، فَيُبَاهِي بِكُمْ مَلَائِكَتَهُ؛ فَأَرُوا اللهَ مِنْ أَنْفُسِكُمْ خَيْرًا، فَإِنَّ الشَّقِيَّ مَنْ حُرِمَ فِيهِ رَحْمَةَ اللهِ».
«Allah ap obsève konpetisyon nou ladanl, epi li fè lwanj pou nou devan zanj li yo; Kidonk, fè Allah wè sa ki pi bon nan nou menm, paske, an verite, moun ki malere a se moun ki prive de mizèrikòd Allah ladan l».
E selon sa yo rapòte de li, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, li te di:
«مَنْ تَقَرَّبَ فِيهِ بِخَصْلَةٍ مِنْ خِصَالِ الخَيْرِ كَانَ كَمَنْ أَدَّى فَرِيضَةً فِيمَا سِوَاهُ، وَمَنْ أَدَّى فِيهِ فَرِيضَةً كَانَ كَمَنْ أَدَّى سَبْعِينَ فَرِيضَةً فِيمَا سِوَاهُ».
Moun ki pwoche pi prè Allah pandan mwa sa a (Ramadan) avèk yon sèl aksyon ki nan kategori byen (aksyon volontè), se kòmsi li te fè yon devwa ki obligatwa nan lòt mwa yo. Epi, moun ki fè yon devwa ki obligatwa nan mwa sa a, se kòmsi li te fè 70 devwa obligatwa nan lòt mwa yo.
Epi dapre pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li, nan Adit ki otantik la:
«عُمْرَةٌ فِي رَمَضَانَ تَعْدِلُ حَجَّةً، أَوْ قَالَ: حَجَّةً مَعِي».
Fè yon Omra (ti pelerinaj) nan mwa Ramadan, se menm valè ak yon Hadj (gwo pelerinaj). —Oswa li te di—: Se menm valè ak yon Hadj bò kote mwen (ansanm ak mwen).
Gen anpil lòt hadit (pawòl Pwofèt la) ak lòt tras (pawòl konpayon yo) ki montre li nan lalwa a pou moun fè konpetisyon epi prese fè tout kalite bon aksyon pandan mwa sakre sa
Nap mande Allah pou li ede nou, ansanm ak tout lòt Mizilman yo, pou nou fè tout sa ki fèl plezi; pou li aksepte jèn nou ak priyè lannwit nou yo; pou li ranje kondisyon lavi nou; epi pou li pwoteje nou tout kont tout kalite tantasyon (egareman) ki ka pèdi nou. Menm jan an tou, nap mandel — lwanj pou Li — pou li ranje kè moun kap dirije Mizilman yo, pou li ini yo sou verite a. Se li menm ki Mèt tout bagay sa yo epi se li menm ki gen pouvwa pou fè sa.
E lapè sou nou, ak mizerikòd Allah ak benediksyon Li.
***
الفهرس
Premye Mesaj la 2
Nan etid enpòtan konsènan Zakat. 2
Dezyèm Mesaj la 15
Sou kalite (benefis) jèn mwa Ramadan ak priyè lannwit li yo ,ansanm ak esplikasyon sou kèk règleman enpòtan ki ka kache pou kèk moun. 15
***
ht418v2.0 - 06/06/2026
Rapòte pa Muslim, nimewo (993).
Mouslim rapòte l, anba nimewo (987).
Rapòte pa Al-Boukhari, anba nimewo (1338).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (987).
Rapòte pa Abou Dawoud, nimewo (1563), ak An-Nasa'i, nimewo (2270), avèk yon sanad hasan.
Rapòte pa Abou Dawoud, anba nimewo (1564).
Rapòte pa Abou Dawoud, nan nimewo (1562).
Al-Boukhari rapòte l nan nimewo (1395), epi Mouslim, nan nimewo (19).
Rapòte pa Al-Bukhari, nan nimewo (8), epi Muslim, nan nimewo (16).