مَنْ خَلَقَ الكَونَ؟ وَمَنْ خَلَقَنِي؟ وَلِمَاذَا؟
Kiyès ki kreye linivè a? Kiyès ki kreye m? Epi poukisa?
اللَّجْنَةُ العِلْمِيَّةُ
بِرِئَاسَةِ الشُّؤُونِ الدِّينِيَّةِ بِالمَسْجِدِ الحَرَامِ وَالمَسْجِدِ النَّبَوِيِّ
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Kiyès ki kreye linivè a? Kiyès ki kreye m? Epi poukisa?
Komite Syantifik nan Prezidans Zafè Relijye pou Moske Al-Haram ak Moske Pwofèt la.
Èske mwen sou bon chimen an?
Kiyès ki te kreye syèl yo ak tè a, ak tout kreyati estrawòdinè ki ladan yo, yo menm ki depase tout sa moun ka konprann?
Kiyès ki kreye syèl la ak tè a, ansanm ak tout gwo kreyati ki ladan yo, sa yo nou pa ka menm fin konprann grandè yo?
Kiyès ki kreye moun epi ki ba li tande, wè, ak entèlijans, epi ki rann li kapab aprann konesans ak konprann verite yo?
Kiyès ki kreye bèl mèvèy sa a nan tout pati kò w, epi ki ba ou bèl fòm sa a ou genyen an?
Reflechi sou jan tout bèt ak plant yo fèt ak tout diferans ak divèsite yo genyen; kiyès ki kreye yo ak bèl aparans sa yo ki pa gen limit?
Kouman gwo linivè sa a fè rete konsa nan lòd ak estabilite, avèk tout lwa sa yo k ap dirijel yon fason ki tèlman egzak depi plizyè ane?
Kiyès ki etabli tout sistèm sa yo k ap dirije lemonn (lavi ak lanmò, jan bèt ak moun fè pitit, lannwit ak lajounen, chanjman sezon yo, ak tout rès bagay yo)?
Èske linivè sa a kreye tèt li? Oubyen èske li soti nan anyen? Oubyen èske li parèt konsa pa azar? Men sa Bondye (Allah) te di koran an:
﴿أَمۡ خُلِقُواْ مِنۡ غَيۡرِ شَيۡءٍ أَمۡ هُمُ ٱلۡخَٰلِقُونَ٣٥ أَمۡ خَلَقُواْ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَۚ بَل لَّا يُوقِنُونَ36﴾
« Èske se pou kont yo yo te parèt san anyen pa kreye yo ? Oubyen èske se yo menm ki kreyatè tèt yo ? » 35
« Oubyen, èske se yo ki te kreye syèl la ak tè a? Non, an reyalite yo pa sèten» 36 [At-Tour: 35-36].
Si nou pa kreye tèt nou, epi li enposib pou nou ta soti nan anyen oubyen pa aza, alò verite ki pa gen dout la se sa a: linivè sa a fòk li gen yon Kreyatè ki gran e ki gen tout pouvwa. Paske, li enposib pou linivè a ta kreye tèt li, pou l ta soti nan anyen, oubyen pou l ta parèt pa aza!
Poukisa yon moun kwè nan bagay li pa ka wè ak je l? Tankou: (entèlijans, lespri, nanm, santiman, ak lanmou). Èske se pa paske li wè sa yo pwodui? Nan kondisyon sa a, kouman yon moun ka rive nye egzistans Kreyatè gwo linivè sa a, pandanl ap wè ak pwòp jel tout kreyati li yo, travay li, ak krentif (mizèrikòd) Li genyen pou nou?!
Pèsonn moun ki gen bon sans pa tap janm aksepte si yo ta dil: kay sa a bati pou kont li san okenn moun pa batil! Oubyen pou yo ta dil: se anyen ki kreye kay sa a! Konsa tou, kouman kèk moun fè ka kwè moun kap di: gwo linivè sa a parèt san yon Kreyatè? Kouman yon moun ki gen lespri ka aksepte lè yo dil: lòd tèlman egzak sa a nou wè nan linivè a, se aza ki fèl konsa?
Tout sa yo mennen nou nan yon sèl konklizyon: se paske linivè sa a gen yon sèl gran Mèt ki gen tout pouvwa epi kap dirijel. Se li menm sèl ki merite pou nou adorel, epi tout lòt sa moun ap adore nan plas li, se fo adorasyon; yo pa merite pou moun adore yo.
Senyèa ,Kreyatè ki gen tout pouvwa a.
Gen yon sèl senyè kreyatè, se li pwopriyetè a ,se li k ap dirije tout bagay epi ki bay lavi . Se li ki bay lavi e ki bay lanmò. Se li ki kreye tè a epi ki ranjel byen pou nou, Li fèl bon pou tout kreyati li yo ka viv ladanl. Se li tou ki kreye syèl yo ak tout gwo mèvèy ki ladan yo, epi li bay solèy la, lalin nan, lannwit ak lajounen règleman egzak sa a ki montre jan li gran nèt ale.
Se li menm ki ban nou lè nap respire a, nou pa ka viv san li. Se li ki voye lapli pou nou, epi ki mete lanmè ak rivyè yo pou sèvi nou. Se Li ki te ba nou manje epi ki te pwoteje nou lè nou te nan vant manman nou, nan yon lè kote nou pa te gen okenn fòs. Se Li menm tou ki fè san koule nan venn nou, depi lè nou fèt jouk jou nou mouri.
Senyè sa a, ki se Kreyatè a ,epi ki bay tout bagay la, se Allah, ki gran anpil la
Allah, tou pwisan an te di:
﴿إِنَّ رَبَّكُمُ ٱللَّهُ ٱلَّذِي خَلَقَ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَ فِي سِتَّةِ أَيَّامٖ ثُمَّ ٱسۡتَوَىٰ عَلَى ٱلۡعَرۡشِۖ يُغۡشِي ٱلَّيۡلَ ٱلنَّهَارَ يَطۡلُبُهُۥ حَثِيثٗا وَٱلشَّمۡسَ وَٱلۡقَمَرَ وَٱلنُّجُومَ مُسَخَّرَٰتِۭ بِأَمۡرِهِۦٓۗ أَلَا لَهُ ٱلۡخَلۡقُ وَٱلۡأَمۡرُۗ تَبَارَكَ ٱللَّهُ رَبُّ ٱلۡعَٰلَمِينَ54﴾
« Se vre, Senyè nou an se Allah, Li menm ki te kreye syèl la ak tè a nan 6 jou, apre sa li moute chita sou twòn Li an. Li fè lannwit la kouvri lajounen, yonn ap swiv lòt san pèdi tan. Li kreye solèy la, lalin nan, ak zetwal yo, epi yo tout obeyi lòd Li. Konnen byen: se pou li kreyasyon an ak otorite a ye. Glwa pou Allah, senyè tout linivè a! » [Al-A'raf vèsè 54].
Allah se Seyè a, Kreyatè tout sa ki nan linivè a, ni sa nou wè, ni sa nou pa wè. Tout sa ki andeyò L se youn nan kreyati L yo. Se Li menm sèl ki merite tout adorasyon, e okenn lòt pa dwe jwenn adorasyon bò kote L. Li pa gen okenn asosye ni nan souverènte L, ni nan kreyasyon L, ni nan administrasyon L, ni nan adorasyon L.
E menm si nou ta sipoze, jis pou diskisyon an, ke gen lòt dye avèk Seyè a, li menm ki gen tout grandè a, ta pral gen gwo dezòd nan linivè a; paske sa pa posib pou 2 Senyè ki ap dirije linivè a an menm tan, Allah, Sila a ki Pi Wo a, di konsa:
﴿لَوۡ كَانَ فِيهِمَآ ءَالِهَةٌ إِلَّا ٱللَّهُ لَفَسَدَتَا...﴾
« Si te gen lòt dye nan syèl la ak sou tè a apa Allah, yo t ap kraze nèt... »
[Sourat Al-Anbiya, vèsè 22]
Kalite (Atribi) Bondye ki Kreyatè a
Seyè a, louwanj pou li, genyen Pi Bèl Non yo ki san kantite, epi li genyen anpil kalite (Atribi )wo e gran ki montre jan li pafè. Pami non li yo genyen: Kreyatè a, "Allah" ki siyifi Sila a ki merite adorasyon an poukont li san okenn asosye, Sila ki toujou vivan an, Sila ki Kenbe tout bagay la, Sila ki gen Mizèrikòd la, ki bay tout bagay, epi ki trè jenere a. Men sa Allah di nan Koran an ki sen an:
﴿ٱللَّهُ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ ٱلۡحَيُّ ٱلۡقَيُّومُۚ لَا تَأۡخُذُهُۥ سِنَةٞ وَلَا نَوۡمٞۚ لَّهُۥ مَا فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَمَا فِي ٱلۡأَرۡضِۗ مَن ذَا ٱلَّذِي يَشۡفَعُ عِندَهُۥٓ إِلَّا بِإِذۡنِهِۦۚ يَعۡلَمُ مَا بَيۡنَ أَيۡدِيهِمۡ وَمَا خَلۡفَهُمۡۖ وَلَا يُحِيطُونَ بِشَيۡءٖ مِّنۡ عِلۡمِهِۦٓ إِلَّا بِمَا شَآءَۚ وَسِعَ كُرۡسِيُّهُ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَۖ وَلَا يَـُٔودُهُۥ حِفۡظُهُمَاۚ وَهُوَ ٱلۡعَلِيُّ ٱلۡعَظِيمُ255﴾
« Allah! pa gen lòt dye pase li. Li se sak vivan an, Sa kap kenbe tout bagay nan plas yo a. Li pa janm dòmi, ni menm kabicha pa janm pranl. Se pou li tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a ye. Ki moun ki ka plede pou yon lòt devanl si li pa bay pèmisyon pou sa? Li konnen sa ki te rive deja ak sa ki gen pou rive. Okenn moun pa ka konnen anyen nan konesans li, sof sa li vle fè yo konnen. Pouvwal kouvri tout syèl la ak tè a. Li pa janm fatige nan voye je sou yo ak pwoteje yo. Se Li ki anwo nèt, se li ki gen gwo pouvwa. » [Sourat Al-Baqara, vèsè 255]
Men sa Allah di tou:
﴿قُلۡ هُوَ ٱللَّهُ أَحَدٌ١ ٱللَّهُ ٱلصَّمَدُ ٢ لَمۡ يَلِدۡ وَلَمۡ يُولَدۡ ٣ وَلَمۡ يَكُن لَّهُۥ كُفُوًا أَحَدُۢ4﴾
1- « Di konsa: Li menm se Allah, Li se Yon sèl. »
2- « Allah, Senyè kap la pou tout tan an
3-Li pa ni fè pitit ni pèsonn pat fèl
4- « Epi pa gen pèsonn ki sanble ak Li, ni ki egal ak Li. » [Al-Ikhlas 1-4].
Senyè ki merite pou moun adore a gen tout kalite (atribi) pèfeksyon yo.
Pami kalite li yo: se li menm sèl ki Senyè moun dwe adore. Tout lòt bagay ki egziste se kreyatil yo ye ; yo gen obligasyon pou obeyi lòd li, epi yo anba pouvwa li.
Pami kalite li yo, Li se sila ki toujou vivan an epi Sila kap jere tout bagay la . Konsa, tout sa ki vivan, se Allah ki ba yo lavi epi ki kreye yo kote pat gen anyen anvan sa. Se li menm tou kap okipe yo, kap ba yo manje epi kap ba yo tout sa yo bezwen pou yo kontinye egziste. Gran senyè avivan, Li pa janm mouri epi li pa ka disparèt. Li se Sa kap jere tout bagay la, Li pa janm dòmi; menm ti kabicha pa janm pranl, ni gwo dòmi pa janm rive sou li. »
« Pami kalite li yo, Li se sila ki konnen tout bagay la (Al-Alim). Pa gen anyen ki ka kache devanl, ni sou tè a, ni nan syèl la. »
« Pami kalite li yo, Li Sila ki tande tout bagay la (As-Sami') epi Sak wè tout bagay la (Al-Basir). Li tande tout sa ki egziste, epil wè chak kreyati. Li konnen menm sa kap pase nan lide moun ak sekrè ki kache fon nan kè yo. Anyen pa ka kache pou li (ki sen anpil), ni sou tè a, ni nan syèl la. »
« Pami kalite li yo, Li se sa ki gen tout pouvwa a (Al-Qadir). Pa gen anyen ki twò fò pou li, epi pèsonn pa ka anpeche sa li vle a fèt. Li fè sal vle, Li anpeche sal vle, Li mete sa li vle devan epi li mete sal vle dèyè. Li gen yon bon konprann (sajès) ki san limit nan tout sa Li fè. »
« Pami kalite Li yo, Li se Kreyatè a (Al-Khaliq), li se sila ki banou sa bezwen an (Ar-Razaq), epi Sa kap dirije tout bagay la (Al-Moudabbir). Se li menm ki kreye tout kreyati yo epi ki jere jan yo fonksyone. Tout kreyasyon an nèt nan menl epi yo anba pouvwa Li. »
« Pami kalite li yo, se li menm ki reponn moun ki nan gwo detrès, Li pote sekou bay moun ki soti pou peri, epi li delivre moun ki nan gwo tèt chaje. Chak kreyati, kou yo tonbe nan yon gwo pwoblèm oswa yon sitiyasyon ki makonnen yo, yo kouri vin jwenn li paske yo konnen se li sèl ki ka sove yo. »
« Adorasyon an dwe fèt pou Allah sèlman. Se paske li pafè ki fè se li menm sèl ki merite adorasyon sa a, san okenn lòt moun pa gen dwa ladanl. Tout sa moun adore apa Allah se yon adorasyon ki fo ; paske lòt sa yo se bagay ki manke kalite, epi yo gen pou yo mouri ak disparèt. »
« Allah (ki sen anpil) fè nou kado yon entèlijans (lespri) ki pèmèt nou konprann yon pati nan grandè li. Li plante nan fon kè nou yon nati ki renmen sa ki byen, ki rayi sa ki mal, epi ki santil an poze lèl vire jwenn Allah, Senyè tout linivè a. Nati sa a montre jan Allah pafè nèt, epi li montre tou jan li enposib pou Allah ta gen okenn mank nan kalite li yo. »
« Yon moun ki gen lespri (entèlijans) pa dwe adore okenn lòt moun apa Senyè pafè a. Ki jan yon moun ta ka fè ap adore yon kreyati ki gen mank menm jan avè l, oswa ki pi ba pase l! »
« Moun nou dwe adore a pa ka yon moun tankou nou, li pa ka yon zidòl (estati), li pa ka yon pyebwa, ni li pa ka yon bèt ! »
« Senyè a anwo syèl li yo, Li moute chita sou twòn li a (Istiwa). Li separe nèt ak kreyati li yo; pa gen anyen nan kreyasyon an ki nan li, epi pa gen anyen nan li ki nan kreyasyon an. Li pa melanje ak anyen, epi li pa pran fòm okenn kreyati nan kreyasyon li an. »
« Pa gen anyen ki sanble ak Senyè a, se li ki tande tout bagay epi ki wè tout bagay. Pa gen pèsonn ki egal ak li. Li pa bezwen kreyati li yo pou anyen, Li pa janm dòmi epi li pa manje . Li gran anpil, Li pa ka gen ni madanm ni pitit. Kreyatè a gen tout kalite grandè yo, epi Li pa ka janm bezwen anyen oswa pou ta gen mank nan Li. »
Men sa Allah ki sen anpil la di :
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ ضُرِبَ مَثَلٞ فَٱسۡتَمِعُواْ لَهُۥٓۚ إِنَّ ٱلَّذِينَ تَدۡعُونَ مِن دُونِ ٱللَّهِ لَن يَخۡلُقُواْ ذُبَابٗا وَلَوِ ٱجۡتَمَعُواْ لَهُۥۖ وَإِن يَسۡلُبۡهُمُ ٱلذُّبَابُ شَيۡـٔٗا لَّا يَسۡتَنقِذُوهُ مِنۡهُۚ ضَعُفَ ٱلطَّالِبُ وَٱلۡمَطۡلُوبُ ٧٣ مَا قَدَرُواْ ٱللَّهَ حَقَّ قَدۡرِهِۦٓۚ إِنَّ ٱللَّهَ لَقَوِيٌّ عَزِيزٌ74﴾
73- « O nou menm moun yo! Men yon egzanp yo bay, tande l byen: Anverite, sa nap adore apa Allah yo pa ka menm kreye yon sèl mouch, menmsi yo tout ta mete tèt yo ansanm pou sa. Epi, si mouch la ta vòlè yon bagay nan men yo, yo pa ka menm pran l nan bouch mouch la. Moun kap mande a fèb, epi sal ap mande a fèb tou. »
74- « Yo pa bay Allah respè ak plas li merite a tout bon vre. Anverite, Allah gen anpil fòs epi li gen tout pouvwa. » [Al-Hadj: 73-74].
« Poukisa gwo Kreyatè sa a te kreye nou? Epi kisa li vle nou fè? »
« Èske sa gen sans pou Allah ta kreye tout kreyati sa yo sanl pa gen yon rezon? Èske Li ta ka kreye yo konsa konsa pou granmesi, alòske se li menm ki gen tout bon konprann nan (Saj) epi ki konnen tout bagay la? »
« Èske sa gen sans pou sila ki kreye nou avèk tout presizyon ak pèfeksyon sa a, epi ki mete tout sa ki nan syèl la ak sou tè a nan sèvis nou, ta kreye nou sanl pa gen yon rezon ? Oubyen pou li ta kite nou san repons pou keksyon ki pi enpòtan kap travay lespri nou yo, tankou: Poukisa nou isit la? Kisa ki genyen apre lanmò? Epi pouki rezon ki fè nou egziste a? »
« Epi, èske sa gen sans pou pa ta gen yon pinisyon pou moun kap fè mechanste yo, ak yon rekonpans pou moun kap fè byen yo? »
Men sa Allah ki sen anpil la di:
﴿أَفَحَسِبۡتُمۡ أَنَّمَا خَلَقۡنَٰكُمۡ عَبَثٗا وَأَنَّكُمۡ إِلَيۡنَا لَا تُرۡجَعُونَ115﴾
« Èske nou te panse nou te kreye nou konsa konsa pou granmesi (san rezon), epi nou patap tounen vin jwenn nou ankò? »
[Al-Mouminoun: 115].
« Okontre, Allah te voye Mesaje yo (Pwofèt yo) pou nou ka konnen rezon ki fè nou egziste a. Li te montre nou ki jan pou nou adore li, ki jan pou nou pwoche pi prèl, ak kisa li vle nou fè! Li te moutre nou tou ki jan pou nou jwenn satisfaksyonl , epi li te fè nou konnen kisa kap tann nou apre lanmò. »
« Allah te voye Mesaje yo pou yo te ka fè nou konnen se li menm sèl ki merite adorasyon an, pou nou ka aprann ki jan pou nou adorel, epi pou yo transmèt nou lòd ak entèdiksyon li yo. Mesaje sa yo te vin aprann nou bèl kalite (valè) ki pèmèt nou gen yon bon lavi ki plen ak benediksyon ak tout kalite bon bagay si nou swiv yo. »
« Allah te voye anpil Mesaje, tankou: (Noe, Abraram, Moyiz, ak Jezi). Li te ba yo prèv ak mirak ki montre yo tap di laverite epi se bò kote li yo soti vre. Dènye nan yo se te Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li). »
« Mesaje yo te fè nou konnen sa byen klè : Lavi sa a nou ladanl lan se yon egzamen (yon tès), epi lavi tout bon an se apre lanmò lap kòmanse. »
« Mesaje yo te fè nou konnen tou gen yon Paradi pou moun ki kwè yo, sa yo ki te adore Allah sèlman san yo pa t mete okenn lòt bò kotel, epi ki te kwè nan tout Mesaje yo. Konsa tou, gen yon Lanfè Allah pare pou moun ki mekreyan yo, sa yo ki te adore lòt dye ansanm ak Allah, oswa ki te derefize kwè nan nenpòt yonn nan Mesaje Allah yo.»
Men sa Allah ki sen anpil la di :
﴿يَٰبَنِيٓ ءَادَمَ إِمَّا يَأۡتِيَنَّكُمۡ رُسُلٞ مِّنكُمۡ يَقُصُّونَ عَلَيۡكُمۡ ءَايَٰتِي فَمَنِ ٱتَّقَىٰ وَأَصۡلَحَ فَلَا خَوۡفٌ عَلَيۡهِمۡ وَلَا هُمۡ يَحۡزَنُونَ ٣٥ وَٱلَّذِينَ كَذَّبُواْ بِـَٔايَٰتِنَا وَٱسۡتَكۡبَرُواْ عَنۡهَآ أُوْلَٰٓئِكَ أَصۡحَٰبُ ٱلنَّارِۖ هُمۡ فِيهَا خَٰلِدُونَ36﴾
« O pitit pitit Adan yo! Si Mesaje ki soti nan mitan nou vin jwenn nou pou yo rakonte nou vèsè mwen yo, moun ki gen krentif pou Allah epi ki mache dwat, moun sa yo pa bezwen pè anyen, ni yo pa bezwen gen chagren. »
Men, moun ki demanti vèsè (mirak) nou yo epi ki pran pòz grannèg yo devan yo, moun sa yo se moun Lanfè yo ye; y ap rete ladanl pou tout tan. » [Al-Araf 35-36].
Men sa Allah ki sen anpil la di:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ ٱعۡبُدُواْ رَبَّكُمُ ٱلَّذِي خَلَقَكُمۡ وَٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِكُمۡ لَعَلَّكُمۡ تَتَّقُونَ٢١ ٱلَّذِي جَعَلَ لَكُمُ ٱلۡأَرۡضَ فِرَٰشٗا وَٱلسَّمَآءَ بِنَآءٗ وَأَنزَلَ مِنَ ٱلسَّمَآءِ مَآءٗ فَأَخۡرَجَ بِهِۦ مِنَ ٱلثَّمَرَٰتِ رِزۡقٗا لَّكُمۡۖ فَلَا تَجۡعَلُواْ لِلَّهِ أَندَادٗا وَأَنتُمۡ تَعۡلَمُونَ ٢٢ وَإِن كُنتُمۡ فِي رَيۡبٖ مِّمَّا نَزَّلۡنَا عَلَىٰ عَبۡدِنَا فَأۡتُواْ بِسُورَةٖ مِّن مِّثۡلِهِۦ وَٱدۡعُواْ شُهَدَآءَكُم مِّن دُونِ ٱللَّهِ إِن كُنتُمۡ صَٰدِقِينَ ٢٣ فَإِن لَّمۡ تَفۡعَلُواْ وَلَن تَفۡعَلُواْ فَٱتَّقُواْ ٱلنَّارَ ٱلَّتِي وَقُودُهَا ٱلنَّاسُ وَٱلۡحِجَارَةُۖ أُعِدَّتۡ لِلۡكَٰفِرِينَ ٢٤ وَبَشِّرِ ٱلَّذِينَ ءَامَنُواْ وَعَمِلُواْ ٱلصَّٰلِحَٰتِ أَنَّ لَهُمۡ جَنَّٰتٖ تَجۡرِي مِن تَحۡتِهَا ٱلۡأَنۡهَٰرُۖ كُلَّمَا رُزِقُواْ مِنۡهَا مِن ثَمَرَةٖ رِّزۡقٗا قَالُواْ هَٰذَا ٱلَّذِي رُزِقۡنَا مِن قَبۡلُۖ وَأُتُواْ بِهِۦ مُتَشَٰبِهٗاۖ وَلَهُمۡ فِيهَآ أَزۡوَٰجٞ مُّطَهَّرَةٞۖ وَهُمۡ فِيهَا خَٰلِدُونَ25﴾
« O nou menm moun yo! Adore Senyè nou an, Li menm ki te kreye nou ansanm ak moun ki te la anvan nou yo, pou nou ka gen krentif pou li (epi mache dwat). »
Se li menm ki fè tè a tounen yon kote pou nou repoze , epi ki fè syèl la tounen yon do-kay. Li fè lapli soti nan syèl la, epi avèk dlo sa a, Li fè tout kalite fwi pouse pou nou ka jwenn manje. Konsa, piga nou bay Allah okenn Asosye alòske nou konnen byen se li sèl ki fè tout bagay sa yo
Si nou gen dout sou sa nou desann bay sèvitè nou an (Muhammad), enben, pote yon sèl chapit (sourat) ki sanble avèl. Epi, rele tout lòt moun nou genyen ki pou ede nou apa Allah, si se laverite nap di.
Si nou pa fè sa, epi nou sèten nou pa janm ka fè sa, enben, pè dife anfè a; yon dife se moun ak ròch kap sèvil chabon. Se pou moun ki derefize kwè yo Allah te parel.
Bay moun ki kwè yo epi ki fè sa ki byen yo bèl nouvèl sa a: yap jwenn bèl jaden (Paradi) kote dlo ap koule nan mitan yo. Chak fwa yap ba yo yon fwi pou yo manje ladanl, yap di: "Sa a sanble ak sa nou te jwenn anvan an". Yo tap ba yo fwi ki sanble nan aparans men ki pa gen menm gou. Konsa tou, yap gen madanm ki pwòp nèt (san defo), epi yap rete ladanl pou tout tan. [Al-Baqara: 21-25].
Poukisa te gen tout kantite Mesaje sa yo?
Allah te voye Mesaje li yo bay tout nasyon yo. Pa gen yon pèp Bondye pat voye yon Mesaje ba yo pou rele yo nan adore Senyè yo a, epi pou transmèt yo lòd ak entèdiksyon li yo. Objektif misyon yo tout se te menm bagay: adore Allah sèlman. Chak fwa yon nasyon te kòmanse abandone oswa defòme sa Mesaje yo a te pote a (kòmandman pou adore Bondye yon sèl la), Allah te voye yon lòt Mesaje pou korije chemen an, epi pou mennen moun yo tounen nan nati natirèl yo , ki se adore Allah epi obeyil.
Jouk Bondye te sele misyon tout pwofèt yo ak vèsman Muhammad (lapè ak benediksyon sou li), ki te vini ak relijyon ki konplè a ak lalwa kap dire tout tan an pou tout moun sou latè jouk jou jijman an. Relijyon sa a konplete epi ranplase tout lòt lalwa ki te la anvan yo, epi Seyè a (Laglwa pou li) garanti relijyon sa a ap rete epi lap dire jouk jou jijman an
Yon moun pa kwayan toutotan li pa kwè nan tout pwofèt yo
Se Allah ki voye tout pwofèt yo, epi li kòmande tout kreyatil yo pou yo obeyi yo. Nenpòt moun ki rejte mesaj youn nan pwofèt sa yo, se tankou li rejte yo tout nèt. Pa gen okenn peche ki pi grav pase lè yon moun refize mesaj Allah voye ba li a. Pou yon moun antre nan Paradi, li fòk li kwè nan tout pwofèt yo san manke youn
Se devwa chak moun nan tan nap viv la pou yo kwè nan Allah ak nan tout pwofèt Bondye yo, epi pou yo kwè nan jou dènye a. Sa pa kapab fèt si yon moun pa kwè epi swiv dènye pwofèt la, se li ki pwofèt Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li). Bondye te ba li yon mirak kap dire tout tan, se sa ki Koran Sen an, e Allah pwomèt l ap pwotejel jouk jou latè a ak tout sa ki sou li va fini
Allah fè konnen nan Koran Sen an, nenpòt moun ki refize kwè nan yon sèl nan pwofèt li yo, moun sa a se yon moun ki pa gen lafwa nan Allah epi li demanti mesaj li a. Allah ki gen tout pouvwa a di :
﴿إِنَّ ٱلَّذِينَ يَكۡفُرُونَ بِٱللَّهِ وَرُسُلِهِۦ وَيُرِيدُونَ أَن يُفَرِّقُواْ بَيۡنَ ٱللَّهِ وَرُسُلِهِۦ وَيَقُولُونَ نُؤۡمِنُ بِبَعۡضٖ وَنَكۡفُرُ بِبَعۡضٖ وَيُرِيدُونَ أَن يَتَّخِذُواْ بَيۡنَ ذَٰلِكَ سَبِيلًا ١٥٠ أُوْلَٰٓئِكَ هُمُ ٱلۡكَٰفِرُونَ حَقّٗاۚ وَأَعۡتَدۡنَا لِلۡكَٰفِرِينَ عَذَابٗا مُّهِينٗا151﴾
150-Anverite, moun ki pa kwè nan Allah ni nan pwofèt li yo, epi ki vle fè separasyon ant Allah ak pwofèt li yo, pandan yap di: 'Nou kwè nan kèk ladan yo, men nou pa kwè nan lòt yo', epi yo vle chache yon lòt chemen nan mitan de sa yo.
151- Moun sa yo, se yo menm ki se moun ki pa kwè toutbon vre. Epi nou pare yon chatiman ki bay gwo wont pou tout moun ki pa kwè yo
[An-Nisa: 150-151].
Se poutèt sa, nou menm Mizilman, nou kwè nan Allah epi nou kwè nan Jou Dènye a — jan Allah te bay lòd la — epi nou kwè nan tout pwofèt yo ak nan tout Liv Li te voye anvan yo. Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿ءَامَنَ ٱلرَّسُولُ بِمَآ أُنزِلَ إِلَيۡهِ مِن رَّبِّهِۦ وَٱلۡمُؤۡمِنُونَۚ كُلٌّ ءَامَنَ بِٱللَّهِ وَمَلَٰٓئِكَتِهِۦ وَكُتُبِهِۦ وَرُسُلِهِۦ لَا نُفَرِّقُ بَيۡنَ أَحَدٖ مِّن رُّسُلِهِۦۚ وَقَالُواْ سَمِعۡنَا وَأَطَعۡنَاۖ غُفۡرَانَكَ رَبَّنَا وَإِلَيۡكَ ٱلۡمَصِيرُ285﴾
285- Pwofèt la kwè nan sa Seyè li a te voye desann ba li, epi moun ki gen lafwa yo kwè tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan Liv li yo, ak nan pwofèt li yo. Yo di: 'Nou pa fè okenn diferans ant pwofèt Li yo'. Epi yo di: 'Nou tande epi nou obeyi. Nou mande Ou padon, Seyè nou, se devan Ou tout moun gen pou yo tounen'. [Al-Baqarah 285].
Kisa Koran Sen an ye?
Koran Sen an se pawòl Allah ki anwo nan syèl la ak revelasyon Li te voye desann bay dènye pwofèt la, Muhammad. Se pi gwo mirak ki montre pwofèt li a (lapè ak benediksyon Bondye sou li) tap di laverite. Koran Sen an se verite nan tout kòmandman li yo epi li bay enfòmasyon ki kòrèk nèt nan tout sa lap rakonte.
Allah te bay moun ki pat vle kwè yo yon defi pou yo te ka fè menm yon sèl ti chapit (sourat) ki tankou Koran an, men yo pat janm kapab fè sa. Sa rive konsa poutèt mesaj li a se yon gwo mesaj epi li pale sou tout sa ki konsène lavi yon moun sou tè a ak nan lavi apre lanmò a. Koran an gen ladanl tout verite sou lafwa yon moun dwe genyen
Epitou, Koran an gen ladanl tout lòd moun dwe swiv ak tout sa yo pa dwe fè, kit se nan relasyon yon moun ak Allah li, kit se nan fason li aji ak pwòp tèt li, oswa nan jan li viv ak tout lòt kreyati yo. Tout sa ekri ak yon bèl kalite langaj ki gen anpil fòs ak klète ladanl
Koran an gen ladanl anpil prèv lojik ak verite syantifik ki montre liv sa a pa kapab soti nan men lèzòm, men se pawòl Senyè tout moun nan (Allah), Laglwa pou li epi Li fò anpil.
Kisa Islam ye?
Islam se soumèt tèt ou nèt devan Allah Sèlman, se obeyi tout kòmandman li yo ak tout kèw, se swiv lalwa li ak kè kontan ak akseptasyon, epi se rejte tout lòt fo dye moun ap adore nan plas Allah toutbon an.
Allah te voye tout pwofèt yo ak yon sèl mesaj: Se pou moun adorel sèlman, san ba li okenn Asosye, epi pou yo rejte tout lòt fo dye moun ap adore nan plas Allah.
Lislam se relijyon tout pwofèt yo; yo te pote yon sèl mesaj , menm si fason yo te aplike lalwa yo te varye. Jodi a, se Mizilman yo sèlman ki rete mare ak vrè relijyon sa a tout pwofèt yo te pote a. Mesaj Islam la nan tan nap viv la se li ki verite a, epi se dènye mesaj Kreyatè a voye pou tout limanite
Seyè ki te voye pwofèt Abraram, Moyiz, ak Jezi a (lapè sou yo tout), se li menm tou ki voye dènye pwofèt la, Muhammad (lapè ak benediksyon Bondye sou li). Lalwa Islam nan te vini poul ranplase tout lòt lalwa ki te la anvan yo
Tout relijyon moun ap pratike jodi a — esepte Lislam — se swa relijyon lèzòm fè ak men yo, swa relijyon ki te soti nan Bondye vre men lèzòm te vin gate yo. Konsa, yo vin tounen yon melanj vye manti, lejann yo eritye, ak lide moun fè nan tèt yo.
Men, relijyon Mizilman yo se yon sèl relijyon ki klè e ki pa janm chanje. Konsa tou, fason yo adore Allah se menm jan pou yo tout: yo tout fè 5 priyè yo chak jou, yo bay pòv yo yon pati nan byen yo (Zaka), epi yo fè jèn nan mwa Ramadan an. Gade konstitisyon yo a, ki se Koran Sen an: se yon sèl liv li ye nan tout peyi sou latè. Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿...ٱلۡيَوۡمَ أَكۡمَلۡتُ لَكُمۡ دِينَكُمۡ وَأَتۡمَمۡتُ عَلَيۡكُمۡ نِعۡمَتِي وَرَضِيتُ لَكُمُ ٱلۡإِسۡلَٰمَ دِينٗاۚ فَمَنِ ٱضۡطُرَّ فِي مَخۡمَصَةٍ غَيۡرَ مُتَجَانِفٖ لِّإِثۡمٖ فَإِنَّ ٱللَّهَ غَفُورٞ رَّحِيمٞ﴾
3-Jodi a, Mwen fè relijyon nou an vin konplè nèt pou nou, Mwen te fè favè mwen sou nou vin total, epi Mwen chwazi Lislam kòm relijyon pou nou. Men, si yon moun fòse pa grangou san li pa gen entansyon fè peche, enben, Allah se moun ki konn padone epi ki gen anpil mizèrikòd.
[Sourate Al-Ma'idah:3].
Epi Allah ki gen tout pouvwa a di nan Koran an:
﴿قُلۡ ءَامَنَّا بِٱللَّهِ وَمَآ أُنزِلَ عَلَيۡنَا وَمَآ أُنزِلَ عَلَىٰٓ إِبۡرَٰهِيمَ وَإِسۡمَٰعِيلَ وَإِسۡحَٰقَ وَيَعۡقُوبَ وَٱلۡأَسۡبَاطِ وَمَآ أُوتِيَ مُوسَىٰ وَعِيسَىٰ وَٱلنَّبِيُّونَ مِن رَّبِّهِمۡ لَا نُفَرِّقُ بَيۡنَ أَحَدٖ مِّنۡهُمۡ وَنَحۡنُ لَهُۥ مُسۡلِمُونَ ٨٤ وَمَن يَبۡتَغِ غَيۡرَ ٱلۡإِسۡلَٰمِ دِينٗا فَلَن يُقۡبَلَ مِنۡهُ وَهُوَ فِي ٱلۡأٓخِرَةِ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ85﴾
84- Di: 'Nou kwè nan Allah nou kwè nan sa ki te desann sou nou, ak nan sa ki te desann sou Abraram, Ismayèl, Izarak, Jakòb ak douz branch fanmi yo . Nou kwè tou nan sa Moyiz, Jezi ak tout lòt pwofèt yo te resevwa nan men Seyè yo a. Nou pa fè okenn diferans ant yo menm, epi se devan Li menm sèlman nou soumèt nou (nou se Mizilman)'.
85-Nenpòt moun ki chache yon lòt relijyon pase Lislam, Allah pap janm akseptel nan men li; epi nan lavi apre lanmò lap pami moun ki pèdi yo nèt.
[Al Imrân: 84-85].
Relijyon Islam nan se yon gid konplè pou lavi a, li mache ak nati moun ansanm ak lojik, epi tout moun ki gen nanm yo byen balanse akseptel. Se Kreyatè a ki te mete lalwa sa a pou tout kreyati li yo. Se yon relijyon ki pote byen ak kontantman pou tout moun sou tè a ak nan lavi apre lanmò a. Islam pa mete yon ras pase yon lòt, ni li pa mete yon koulè pase yon lòt; tout moun egal ego devanl. Nan Islam, pa gen pèsonn ki pi bon pase yon lòt, esepte pa mwayen bon aksyon yo fè.
Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿مَنۡ عَمِلَ صَٰلِحٗا مِّن ذَكَرٍ أَوۡ أُنثَىٰ وَهُوَ مُؤۡمِنٞ فَلَنُحۡيِيَنَّهُۥ حَيَوٰةٗ طَيِّبَةٗۖ وَلَنَجۡزِيَنَّهُمۡ أَجۡرَهُم بِأَحۡسَنِ مَا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ97﴾
97-Nenpòt moun ki fè sa ki byen, kit li se gason oswa fanm, pandan li gen lafwa, Nap ba li yon bèl lavi (yon lavi ki dous). Epi, Nap rekonpanse yo pou pi bon nan sa yo te konn fè [An-Nahl:97].
Islam se chemen kè kontan an.
Islam se relijyon tout pwofèt yo, se relijyon Allah a pou tout limanite, e se pa yon relijyon ki rezève pou pèp Arab la sèlman.
Islam se chemen vrè bonè a nan lavi sa a, ak kè kontan ki p'ap janm fini an nan lavi k'ap vini an."
Islam se sèl relijyon ki satisfè bezwen nanm nan ak bezwen kò a, epi li pote solisyon pou tout pwoblèm limanite. Men sa Bondye ki gen tout pouvwa a di:
﴿قَالَ ٱهۡبِطَا مِنۡهَا جَمِيعَۢاۖ بَعۡضُكُمۡ لِبَعۡضٍ عَدُوّٞۖ فَإِمَّا يَأۡتِيَنَّكُم مِّنِّي هُدٗى فَمَنِ ٱتَّبَعَ هُدَايَ فَلَا يَضِلُّ وَلَا يَشۡقَىٰ 123 وَمَنۡ أَعۡرَضَ عَن ذِكۡرِي فَإِنَّ لَهُۥ مَعِيشَةٗ ضَنكٗا وَنَحۡشُرُهُۥ يَوۡمَ ٱلۡقِيَٰمَةِ أَعۡمَىٰ124﴾
123- Allah di : 'Desann soti la a nou tout ansanm. Genyen nan nou kap lènmi ak lòt. Lè gidans Mwen an va rive jwenn nou, nenpòt moun ki swiv gidans mwen an, li pap janm pèdi chemen li, epi li pap janm tonbe nan malè.
Men, nenpòt moun ki vire do bay rapèl mwen an, lap gen poul mennen yon lavi ki di (ak anpil kè sere), epi nap fèl leve nan jou jijman an tou avèg [Ta-Ha: 123-124].
Kisa yon Mizilman benefisye nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an?
Islam gen gwo benefis ladanl, tankou :
Pi gwo viktwa ak pi gwo onè yon moun ka genyen sou tè sa a, se lè li se sèvitè Allah sèlman. Si li pa sèvi Allah lap tounen esklav move lanvi, esklav lachè, ak esklav dyab la.
Viktwa nan lavi kap vini an, se lè Allah padone yon moun, Li ba li benediksyonl, epi Li fèl antre nan Paradi poul jwenn bèl plezi kap la pou tout tan. Se lè yon moun sove anba soufrans dife lanfè a.
Nan jou Jijman an, moun ki gen lafwa a ap ansanm ak pwofèt yo, ak moun ki te toujou mache dwat yo, ak moun ki mouri pou verite a, epi ak tout moun debyen yo. Ala yon bèl konpayi sa pral ye! Men, moun ki pat vle kwè a, lap ansanm ak moun ki tap fè mechanste, moun ki tap fè krim, ak moun ki tap detwi lavi lòt moun sou tè a
Moun Allah ap fè antre nan Paradi yo pral viv nan yon bèl plezi pou tout tan gen tan. Yo pap janm mouri, yo pap janm malad, yo pap janm soufri, yo pap janm vyeyi, epi yo pap janm tris. Allah ap ba yo tout sa yo vle ak tout sa kè yo anvi. Men, moun ki antre nan lanfè yo pral nan soufrans pou tout tan, yon soufrans ki pap janm sispann.
Nan Paradi, gen plezi ak bèl bagay okenn je pat janm wè, okenn zòrèy pat janm tande, epi okenn moun pat janm ka imajine nan lespri yo. Youn nan prèv sa yo, se sa Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿مَنۡ عَمِلَ صَٰلِحٗا مِّن ذَكَرٍ أَوۡ أُنثَىٰ وَهُوَ مُؤۡمِنٞ فَلَنُحۡيِيَنَّهُۥ حَيَوٰةٗ طَيِّبَةٗۖ وَلَنَجۡزِيَنَّهُمۡ أَجۡرَهُم بِأَحۡسَنِ مَا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ97﴾
97- Nenpòt moun ki fè sa ki byen, kit li se gason oswa fanm, pandan li gen lafwa, Nap ba li yon bèl lavi (yon lavi ki dous). Epi, Nap rekonpanse yo pou pi bon nan sa yo te konn fè." [An-Nahl: 97].
Epi, Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿فَلَا تَعۡلَمُ نَفۡسٞ مَّآ أُخۡفِيَ لَهُم مِّن قُرَّةِ أَعۡيُنٖ جَزَآءَۢ بِمَا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ17﴾
17- Okenn moun pa konnen ki kalite bèl plezi ki sere pou yo, kap fè je yo ak kè yo kontan anpil, kòm rekonpans pou sa yo te konn fè. [As-Sajdah:17].
Kisa yon moun ki pa Mizilman pèdi?
Moun nan ap pèdi pi gwo konesans ki egziste a: konesans sou Allah. Lap pèdi lafwa nan Allah, sèl bagay ki ka bay yon moun sekirite ak kè poze nan lavi sa a, epi ki ka ba li bèl plezi kap la pou tout tan nan lavi k ap vini an."
Moun nan ap pèdi chans pou li gen lafwa epi pou li swiv pi gwo liv Allah te janm voye desann pou tout moun sou tè a.
Moun nan ap pèdi lafwa nan pwofèt yo, epi lap pèdi chans poul ansanm avèk yo nan Paradi nan jou Jijman an. Okontrè, lap tounen konpayon dyab yo, konpayon kriminèl yo, ak konpayon tout moun ki tap fè mechanste yo nan dife lanfè. Ala yon move kote pou moun rete, epi ala yon move konpayi!
Men sa Allah di nan Pawòl Li:
﴿قُلۡ إِنَّ ٱلۡخَٰسِرِينَ ٱلَّذِينَ خَسِرُوٓاْ أَنفُسَهُمۡ وَأَهۡلِيهِمۡ يَوۡمَ ٱلۡقِيَٰمَةِۗ أَلَا ذَٰلِكَ هُوَ ٱلۡخُسۡرَانُ ٱلۡمُبِينُ 15 لَهُم مِّن فَوۡقِهِمۡ ظُلَلٞ مِّنَ ٱلنَّارِ وَمِن تَحۡتِهِمۡ ظُلَلٞۚ ذَٰلِكَ يُخَوِّفُ ٱللَّهُ بِهِۦ عِبَادَهُۥۚ يَٰعِبَادِ فَٱتَّقُونِ16﴾
15- Di yo: 'Moun ki pèdi tout bagay tout bon yo, se moun ki pèdi pwòp tèt yo ak fanmi yo nan jou Jijman an. Nou tande sa? Se sa ki rele yon pèt ki parèt aklè.
16-Gen kouch dife ki pral anwo yo, epi gen kouch dife ki pral anba yo. Se ak sa Allah fè sèvitèl yo gen krentif. O sèvitèm yo! Gen krentif pou mwen. [Az-Zoumar: 15-16].
Nenpòt moun ki vle sove nan lavi kap vini an, li dwe yon Mizilman ki obeyi Allah, epi ki swiv chemen pwofèt li a (Se pou lapè ak benediksyon Allah sou li)
Yonn nan verite tout pwofèt ak tout mesaje Allah yo te dakò sou li, se paske nan lavi kap vini an, se sèlman Mizilman yo kap sove; sa vle di moun ki gen lafwa nan Allah sèlman san yo pa mete anyen nan plas li, epi ki kwè nan tout pwofèt ak tout mesaje Li yo. Tout moun ki swiv mesaje sa yo, ki gen lafwa nan yo epi ki kwè nan mesaj yo, yo tout pral antre nan Paradi epi yo pral sove anba dife lanfè.
Konsa, moun ki tap viv nan tan pwofèt Moyiz epi ki te kwè nan li epi ki te swiv ansèymanl yo, moun sa yo se te Mizilman, yo te gen lafwa epi yo te mache dwat. Men, apre Allah te fin voye Jezi, li te vin nesesè pou moun ki tap swiv Moyiz yo te kwè nan Jezi epi swiv li tou.
Konsa tou, moun ki te kwè nan Jezi, yo se te bon Mizilman ki tap mache dwat. Men, moun ki te refize kwè nan Jezi epi ki te di: 'Map rete nan relijyon Moyiz la sèlman', moun sa a pat gen lafwa tout bon; paske li te refize kwè nan yon pwofèt Allah te voye
Apre sa, lè Allah te fin voye dènye mesajel la, ki se pwofèt Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), sa te vin yon obligasyon pou tout moun kwè nan li. Paske se menm Allah ki te voye Moyiz ak Jezi a, ki voye Muhammad tou kòm dènye pwofèt la. Konsa, nenpòt moun ki refize kwè nan mesaj Muhammad la epi ki di: 'Map rete sèlman nan sa Moyiz oswa Jezi te pote a', moun sa a pa gen lafwa tout bon.
Li pa ase pou yon moun di li respekte Mizilman yo, epi li pa ase tou pou li bay lachanite oswa ede malere pou li ka sove nan lavi kap vini an. Fòk li gen lafwa nan Allah, nan liv li yo, nan pwofèt li yo, ak nan jou Jijman an pou Allah ka aksepte aksyon sa yo nan menl! Pa gen okenn peche ki pi grav pase bay Allah asosye, refize kwè nan li, rejte mesaj li voye desann yo, oswa refize aksepte misyon dènye pwofèt li a, ki se Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li)
Konsa, jwif yo, kretyen yo, ak tout lòt moun ki tande pale de misyon pwofèt Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), epi ki refize kwè nan li, ki refize antre nan relijyon Islam nan, moun sa yo ap rete nan dife lanfè pou tout tan gen tan. Sa a se desizyon Allah se pa desizyon okenn moun sou tè a. Men sa Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿إِنَّ ٱلَّذِينَ كَفَرُواْ مِنۡ أَهۡلِ ٱلۡكِتَٰبِ وَٱلۡمُشۡرِكِينَ فِي نَارِ جَهَنَّمَ خَٰلِدِينَ فِيهَآۚ أُوْلَٰٓئِكَ هُمۡ شَرُّ ٱلۡبَرِيَّةِ6﴾
6- Anverite, moun nan pami moun Liv yo (Jwif ak Kretyen) ak moun kap sèvi lòt dye ki refize kwè yo, yap nan dife lanfè pou tout tan gen tan. Moun sa yo, se yo ki pi mal nan tout kreyasyon an.
[Al-Bayyinah:6].
Piske Allah voye dènye mesaj li a pou tout limanite, chak moun ki tande pale de Islam epi ki tande pale de mesaj dènye pwofèt la, ki se Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), gen obligasyon poul kwè nan li, poul swiv lalwa li, epi poul obeyi tout sa li mande ak tout sa li entèdi. Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pale de dènye mesaj sa a epi li rejtel, Allah pap aksepte anyen nan menl, epi lap pinil nan lavi kap vini an.
Epi, pami prèv ki montre sa, men sa Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿وَمَن يَبۡتَغِ غَيۡرَ ٱلۡإِسۡلَٰمِ دِينٗا فَلَن يُقۡبَلَ مِنۡهُ وَهُوَ فِي ٱلۡأٓخِرَةِ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ85﴾
85- Nenpòt moun ki chèche yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap janm akseptel nan menl; epi nan lavi kap vini an, moun sa a ap pami moun ki pèdi tout bagay yo. [Al Imran 85].
Epi, Allah ki gen tout pouvwa a di tou:
﴿قُلۡ يَٰٓأَهۡلَ ٱلۡكِتَٰبِ تَعَالَوۡاْ إِلَىٰ كَلِمَةٖ سَوَآءِۭ بَيۡنَنَا وَبَيۡنَكُمۡ أَلَّا نَعۡبُدَ إِلَّا ٱللَّهَ وَلَا نُشۡرِكَ بِهِۦ شَيۡـٔٗا وَلَا يَتَّخِذَ بَعۡضُنَا بَعۡضًا أَرۡبَابٗا مِّن دُونِ ٱللَّهِۚ فَإِن تَوَلَّوۡاْ فَقُولُواْ ٱشۡهَدُواْ بِأَنَّا مُسۡلِمُونَ64﴾
64- Di yo: 'O nou menm moun Liv yo (Jwif ak Kretyen)! Vini non pou nou antann nou sou yon sèl pawòl ki valab ni pou nou ni pou nou: Pou nou pa sèvi okenn lòt moun pase Allah pou nou pa mete anyen nan plas li, epi pou yonn nan nou pa pran lòt tankou Allah nan plas Allah.' Si yo vire do ba ou, di yo: 'Temwaye byen ke nou menm, nou se Mizilman (nou soumèt devan Allah sèlman). [Al Imran: 64].
Ki sa ki obligatwa pou yon Mizilman?
Li obligatwa pou Mizilman an kwè nan 6 pilye sa yo:
Kwè nan Allah se li ki Kreyatè a, se Li ki bay pwovizyon, se Li ki jere tout bagay, epi se Li ki mèt tout bagay. Pa gen anyen ki sanble avèl, Li pa gen madanm, Li pa gen pitit. Se li menm sèl ki merite pou yo adorel, epi yo pa dwe adore okenn lòt moun oswa okenn lòt bagay ansanm avèl. Yon moun dwe kwè ke adorasyon tout sa yo adore nan plas li se yon adorasyon ki pa vo anyen.
Kwè nan zanj yo, se kwè yo se sèvitè Allah ,li kreye yo ak limyè, epi li ba yo travay pou yo pote mesaj (revelasyon) bay pwofèt li yo.
Kwè nan tout Liv Allah te voye bay pwofèt li yo (tankou Tora ak Labib — anvan yo te chanje yo —) epi dènye Liv la ki se Koran an.
Kwè nan tout mesaje yo tankou Noe, Abraram, Moyiz, Jezi, ak dènye a ki se Muhammad. Yo se moun, Allah te soutni yo ak mesaj (revelasyon), epi li te ba yo siy ak mirak pou montre verite yo tap di a.
Kwè nan jou dènye a, lè Allah ap leve tout moun ki te viv anvan ak tout moun ki te viv apre, epi Allah ap rann jistis nan mitan kreyatil yo; Lap fè kwayan yo antre nan Paradi epi lap fè moun ki pat kwè yo antre nan dife lanfè.
Kwè nan desten, sa vle di kwè Allah konnen tout bagay, sa ki te pase nan tan lontan ak sak pral rive nan tan kap vini an; epi kwè Allah te deja konnen sa, li te ekri sa, li te vle sa, epi li kreye tout bagay.
Epi pou ou adore Allah jan li mande sa nan lapriyè, nan bay lacharite (zakat), ak nan fè jèn, epi fè pelerinaj si ou gen mwayen pou sa. Apre sa, yon moun dwe aprann relijyon li, ki pral sous bonè li sou tè a ak mwayen poul sove nan lavi kap vini an.
***
الفهرس
Senyèa ,Kreyatè ki gen tout pouvwa a. 4
Senyè sa a, ki se Kreyatè a ,epi ki bay tout bagay la, se Allah, ki gran anpil la 5
Kalite (Atribi) Bondye ki Kreyatè a 6
Senyè ki merite pou moun adore a gen tout kalite (atribi) pèfeksyon yo. 7
« Poukisa gwo Kreyatè sa a te kreye nou? Epi kisa li vle nou fè? » 10
Poukisa te gen tout kantite Mesaje sa yo? 14
Yon moun pa kwayan toutotan li pa kwè nan tout pwofèt yo 15
Kisa Koran Sen an ye? 16
Kisa Islam ye? 17
Islam se chemen kè kontan an. 20
Kisa yon Mizilman benefisye nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an? 21
Kisa yon moun ki pa Mizilman pèdi? 23
Nenpòt moun ki vle sove nan lavi kap vini an, li dwe yon Mizilman ki obeyi Allah, epi ki swiv chemen pwofèt li a (Se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) 24
Ki sa ki obligatwa pou yon Mizilman? 27
***
ht443v2.0 - 06/06/2026