حُكْمُ السِّحْرِ وَالكِهَانَةِ
وَمَا يَتَعَلَّقُ بِهَا
Jijman sou maji (Sihr), divinò (Kihanah), ak tout lòt bagay ki gen rapò ak yo
لِسَمَاحَةِ الشَّيْخِ العَلَّامَةِ
عَبْدِ العَزِيزِ بْنِ عَبْدِ اللهِ بْنِ بَازٍ
رَحِمَهُ اللهُ
Ekri pa Ekselans Cheik la
Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Nevyèm Mesaj la:
Jijman sou maji (Sihr), divinò (Kihanah), ak tout lòt bagay ki gen rapò ak yo1
Lwanj pou Allah sèlman. Benediksyon ak lapè sou moun ki se dènye pwofèt la (pa gen lòt pwofèt apre li). Apre sa:
Poutèt gen anpil moun kap fè maji nan dènye tan sa yo, moun kap pretann yo se doktè epi yap trete moun ak maji (Sihr) oswa ak divinò (Kihanah); poutèt jan yo gaye nan kèk peyi, epi jan yap pwofite sou do moun ki senp yo, sa yo ki pa gen konesans; mwen wè, kòm yon konsèy pou Allah ak pou sèvitè li yo, li nesesè poum esplike gwo danje sa genyen pou Islam ak pou mizilman yo. Paske sa fè moun yo mete konfyans yo nan lòt kreyati nan plas Allah epi sa kontredi lòd senyè toupwisan an ak lòd Mesaje (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li)
Kidonk, pandan map chache èd bò kote Allah Ta'ālā, men sam di: Li pèmèt pou moun chèche tretman medikal, e se yon pwen kote tout savan yo dakò. Epi, yon mizilman gen dwa ale kay yon doktè ki trete maladi anndan kò, oswa yon chirijyen, oswa yon newològ, oubyen lòt doktè menm jan an; poul ka dyagnostike maladi li a epi trete li avèk medikaman ki apwopriye yo, medikaman ki pèmèt daprè lalwa Islam nan; daprè konesans li genyen nan syans medikal. Paske sa se yon fason pou moun itilize mwayen òdinè yo, e sa pa an kontradiksyon ak konfyans (remèt senyè laviw) yon moun genyen nan Allah. Dayè, Allah, li menm ki san defo e ki elve a, te fè maladi a desann e li te fè remèd la desann avèk li; gen moun ki konnen sa, e gen moun ki pa okouran de li. Men, Li menm ki san defo a, pa mete gerizon sèvitè li yo nan sa Li te entèdi pou yo.
Konsa, li pa pèmèt pou yon moun ki malad ale kay divinò yo ki deklare yo gen konesans sou mond envizib la, poul ka chèche konnen ki maladi li genyen. Menm jan tou, li pa gen dwe kwè yo nan sa yap dil la, paske se devine yap devine sou mond envizib la, oswa yo rele djin yo pou ede yo reyalize sa yo vle a. Moun sa yo se kalite moun ki pa kwè nan pawòl Allah epi ki pèdi, si yo deklare yo gen konesans sou mond envizib la.
Epi Muslim rapòte nan Sahih li a ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ أَتَى عَرَّافًا فَسَأَلَهُ عَنْ شَيْءٍ، لَمْ تُقْبَلْ لَهُ صَلَاةٌ أَرْبَعِينَ يَوْمًا».
Moun ki al jwenn yon divinò epi li pozel kesyon sou yon bagay, yo pap aksepte lapriyè li pandan karant jou.
Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ أَتَى كَاهِنًا فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ، فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ ﷺ».
«Moun ki ale kot yon divinò epi li kwè sa li di, li demanti sa yo te revele bay Muhammad la». Se Abou Daoud ki rapòtel epi otè 4 liv "Sounan" yo te pibliye li tou. Al-Hakim deklare li se yon hadith ki korèk (Sahih) dapre Pwofèt la ak pawòl sa yo:
«مَنْ أَتَى عَرَّافًا أَوْ كَاهِنًا فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ، فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ ﷺ».
«Moun ki ale kot yon devin oswa yon sòsye, epi li kwè sa li di a, sètènman li pa gen lafwa nan sa ki te revele sou Mouhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li».
Epi, daprè Imran bin Husayn (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di:
«لَيْسَ مِنَّا مَنْ تَطَيَّرَ أَوْ تُطُيِّرَ لَهُ، أَوْ تَكَهَّنَ أَوْ تُكُهِّنَ لَهُ، أَوْ سَحَرَ أَوْ سُحِرَ لَهُ، وَمَنْ أَتَى كَاهِنًا فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ، فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ ﷺ».
Pa fè pati moun ki kwè nan move presaj oswa moun yo chache move presaj pou li, oswa moun ki fè divinasyon oswa moun yo fè divinasyon pou li, oswa moun ki fè maji oswa moun yo fè maji pou li. Epi nenpòt moun ki al kay yon divinò epi li kwè nan sa li di, li demanti sa ki te desann sou Mouhammad -Pè ak benediksyon Allah kouvri li - Se Al-Bazzar ki rapòte li ak yon chenn transmisyon (isnād) ki bon
Nan Adit nòb sa yo: gen entèdiksyon pou moun al kay divinò yo, bòkò yo, moun kap fè maji yo, ak tout lòt ki sanble yo, epitou pou yo poze yo kesyon epi kwè yo; epi ladan yo gen yon gwo menas pou sa.
Moun pa dwe kite tèt yo twonpe ni poutèt pafwa moun sa yo konn di laverite sou kèk bagay, ni poutèt gwo kantite moun ki konn al kote yo; paske se yon bann inyoran yo ye, e moun pa dwe kite yo twonpe yo. Sa se paske Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te entèdi pou moun ni al kote yo, ni poze yo kesyon, ni kwè nan yo; akoz gwo mal, gwo danje, ak konsekans terib ki gen nan sa, epi tou, paske se yon bann mantè ak moun ki imoral yo ye.
Epitou, nan hadith sa yo, gen yon prèv ki montre divinò a ak majisyen an se moun ki nan 'Koufr' (yo soti nan relijyon an); paske yo pretann yo konnen sa ki kache (lavni), epi sa se Mekreyans. Rezon an se paske yo pa janm rive nan sa yap chèche a si yo pa sèvi djinn yo epi adore yo nan plas Allah sa se Mekreyans kont Allah epi se bay Allah asosye (Shirk). Nenpòt moun ki kwè yo nan sa yap di sou konnen lavni an, li menm jan ak yo tou. Nenpòt moun ki resevwa bagay sa yo nan men moun kap pratike yo, Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah kouvri li)deklare li pa avèl.
Konsa tou, li pa pèmèt pou yon mizilman soumèt tèt li anba sa yap pretann ki se tretman; tankou vye pawòl yap moute (talisman/wanga), vide plon kase, oswa lòt vye kwayans (sipèstisyon) yap fè. Paske tout sa yo antre nan kategori divinò ak twonpe moun; epi nenpòt moun ki aksepte sa, li ede yo nan manti yap bay ak nan "Koufr" (mekreyans) yap fè a.
Konsa tou, li pa pèmèt pou okenn mizilman ale kay moun sa yo pou mande yo enfòmasyon sou: ak ki moun pitit li oswa fanmil pral marye, oswa pou konnen si pral gen lanmou ak fidelite ant mari ak madanm ak fanmi yo, oswa si pral gen lènmi ak separasyon, ak lòt bagay konsa؛ Paske sa se nan zafè sekrè ki kache (Al-Ghaib), epi pa gen pèsonn ki konnen sa ,sof Allah sèlman, Li menm ki pafè epi ki san asosye.
Se yon obligasyon pou moun ki gen pouvwa nan men yo (dirijan yo), moun ki responsab sekirite ak moralite (Hisbah), ak tout lòt moun ki gen otorite oswa enfliyans: pou yo denonse moun kap ale kay divinò ak bòkò (Kāhin ak ‘Arrāf). Yo dwe anpeche moun kap pratike vye bagay sa yo nan mache yo ak nan lòt kote ankò. Yo dwe kondane yo ak tout fòs, epi yo dwe kondane tou moun kap vin rann yo vizit
Se menm jan an tou pou maji (Sihr): li pami bagay ki entèdi ki mennen nan "Koufr" (mekreyans); jan Allah ki gen tout pouvwa ak tout glwa te di sa konsènan 2 zanj yo:
﴿...وَمَا يُعَلِّمَانِ مِنۡ أَحَدٍ حَتَّىٰ يَقُولَآ إِنَّمَا نَحۡنُ فِتۡنَةٞ فَلَا تَكۡفُرۡۖ فَيَتَعَلَّمُونَ مِنۡهُمَا مَا يُفَرِّقُونَ بِهِۦ بَيۡنَ ٱلۡمَرۡءِ وَزَوۡجِهِۦۚ وَمَا هُم بِضَآرِّينَ بِهِۦ مِنۡ أَحَدٍ إِلَّا بِإِذۡنِ ٱللَّهِۚ وَيَتَعَلَّمُونَ مَا يَضُرُّهُمۡ وَلَا يَنفَعُهُمۡۚ وَلَقَدۡ عَلِمُواْ لَمَنِ ٱشۡتَرَىٰهُ مَا لَهُۥ فِي ٱلۡأٓخِرَةِ مِنۡ خَلَٰقٖۚ وَلَبِئۡسَ مَا شَرَوۡاْ بِهِۦٓ أَنفُسَهُمۡۚ لَوۡ كَانُواْ يَعۡلَمُونَ﴾
"...Epi yo (2 zanj yo) pat janm anseye pèsonn san yo pat dil: "Nou se yon tès (eprev) sèlman, donk pa tonbe nan 'Koufr' (mekreyans nan fè maji)." Malgre sa, moun yo te aprann nan men yo sa ki pou separe yon mari ak madanm li. Men, yo pat ka fè pèsonn mal ak sa san pèmisyon Allah. Yo tap aprann sa ki tap fè yo mal epi ki pat itil yo anyen. Epi anverite, yo te konnen byen pwòp ke moun ki achte maji sa a, li pap gen okenn pòsyon nan byen (nan Paradi) nan lavi ki gen pou vini an. Se pa de move bagay yo te vann nanm yo pou li! Si yo te konnen sèlman!".
[Al-Baqarah: 102].
Vèsè sa yo, ki gen anpil valè, montre klè ke maji (Sihr) se "Koufr" (mekreyans) epi majisyen yo sèvi ak li pou separe mari ak madanm. Vèsè sa yo montre tou ke maji a pa gen pouvwa nan li menm pou li fè byen oswa poul fè mal; okontrè, li aji sèlman si Allah pèmèt sa rive nan plan li. Paske se Allah ki kreye ni sa ki byen, ni sa ki mal.
Vèsè sa a montre tou: moun k ap aprann maji yo, se sèlman sa kap fè yo mal yap aprann, anyen ki ka itil yo pa ladanl. Li montre tou yo pap gen okenn "valè" devan Allah, sa vle di: (yo pap gen okenn chans oswa okenn pòsyon nan byen Paradi a). Sa se yon avètisman ki trè grav, ki montre jan yo pèdi nèt ni nan lavi sou tè a, ni nan lavi apre lanmò a. Yo vann nanm yo pou yon pri ki pa vo anyen. Se poutèt sa, Allah te kondane yo pou sa nan pawòl Li ki di:
﴿...وَلَبِئۡسَ مَا شَرَوۡاْ بِهِۦٓ أَنفُسَهُمۡۚ لَوۡ كَانُواْ يَعۡلَمُونَ﴾
"...Anverite, se te yon move kontra nèt lè yo te vann nanm yo pou yo ka gen maji! Si yo te sèlman konnen jan sa pral koute yo chè (nan pinisyon)!" [Al-Baqarah: 102], Epi achte isit la gen menm sans ak vann.
Anverite, dega yo vin gwo anpil, epi sitiyasyon an vin grav anpil poutèt manti moun sa yo ap bay , yo menm ki erite konesans sa yo nan men moun kap adore lòt kreyati (mishrikin). Yap sèvi ak sa pou yo twonpe moun ki gen lespri yo fèb. Se pou Allah nou ye, epi se devan Li nap tounen. Allah sifi pou nou, epi se Li ki pi bon pwotèktè.".
Nap mande Allah pwoteksyon ak sekirite kont mal sòsye yo, bòkò yo, ak tout lòt chalatan yo, epi nap mandel — lwanj pou Li — pou li pwoteje Mizilman yo kont mal yo, epi pou li ede dirijan Mizilman yo pou yo pran prekosyon kont moun sa yo epi aplike jijman Allah sou yo; pou sèvitè yo ka jwenn repo anba domaj yo ak move zak yo.. Anverite, li se moun ki donan anpil la epi li gen anpil jantiyès.
Allah Granmèt la etabli pou sèvitèl yo sa pou yo fè pou yo pwoteje tèt yo kont malis maji anvan li rive sou yo. Li montre yo aklè tou ki jan pou yo trete sa sil ta deja rive sou yo. Li fè sa nan mizèrikòd li, nan bon kè li, epi poul ka rann favè li konplè nan lavi yo.
Men yon esplikasyon sou bagay ki ka pwoteje moun kont danje maji anvan li rive, ak bagay ki ka sèvi kòm tretman aprel fin rive, pami pratik ki pèmèt daprè lalwa senyè toupwisan an. Men detay yo jan sa etabli anba a;
Premyèman: Sa pou moun fè pou yo pwoteje tèt yo kont danje maji anvan li rive sou yo. Sa ki pi enpòtan ak sa ki pi efikas nan sans sa a, se chache pwoteksyon nan pawòl Allah nan lapriyè, ak nan vèsè pwoteksyon (Mawoudat) ki soti nan tradisyon an. Pami bagay sa yo, gen lekti 'Ayat al-Kursi' — ki se pi gwo vèsè ki genyen nan Koran an — apre chak priyè obligatwa, yon fwa ou fin di bonjou (Salam). Men sa vèsè sa a di :
﴿ٱللَّهُ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ ٱلۡحَيُّ ٱلۡقَيُّومُۚ لَا تَأۡخُذُهُۥ سِنَةٞ وَلَا نَوۡمٞۚ لَّهُۥ مَا فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَمَا فِي ٱلۡأَرۡضِۗ مَن ذَا ٱلَّذِي يَشۡفَعُ عِندَهُۥٓ إِلَّا بِإِذۡنِهِۦۚ يَعۡلَمُ مَا بَيۡنَ أَيۡدِيهِمۡ وَمَا خَلۡفَهُمۡۖ وَلَا يُحِيطُونَ بِشَيۡءٖ مِّنۡ عِلۡمِهِۦٓ إِلَّا بِمَا شَآءَۚ وَسِعَ كُرۡسِيُّهُ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَۖ وَلَا يَـُٔودُهُۥ حِفۡظُهُمَاۚ وَهُوَ ٱلۡعَلِيُّ ٱلۡعَظِيمُ255﴾
"Allah ! Pa gen lòt dye pase li, Li menm ki toujou Vivant lan, Li menm ki Kenbe tout sa ki egziste. Li pa janm dòmi, ni dòmi pa janm pran l. Tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a se pou Li. Ki moun ki ka plede pou yon lòt devan li san pèmisyon li? Li konnen sa ki te rive yo ak sa ki gen pou rive yo. Pesonn pa ka konnen anyen nan konesans Li, eksepte sa li vle fè yo konnen. Pouvwa li kouvri syèl la ak tè a nèt. Sa pa ba li okenn chay poul veye sou yo ak pwoteje yo. Se Li menm ki Pi Wo a, Li menm ki Gen tout Granmoun nan". [Al-Baqarah: 255], Epi tou, lekti vèsè sa a lè yon moun pral dòmi; paske gen yon pawòl ki sèten (Sahih) ki soti nan bouch Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kote li di konsa:
«مَنْ قَرَأَ آيَةَ الْكُرْسِيِّ فِي لَيْلَةٍ، لَمْ يَزَلْ عَلَيْهِ مِنَ اللَّهِ حَافِظٌ، وَلَا يَقْرَبُهُ شَيْطَانٌ حَتَّى يُصْبِحَ».
Nenpòt moun ki li Ayat al-Kursi nan lannwit, Allah ap voye yon zanj pou pwoteje li san rete, epi dyab la (Cheytan) pap ka pwoche bò kotel jis nan maten.
Epi tou, pami bagay sa yo, gen lekti:
﴿قُلۡ هُوَ ٱللَّهُ أَحَدٌ1﴾
"1- Di: Se Allah ki sèl mèt la ,li menm sèl".
﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلۡفَلَقِ1﴾
"1- Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, li menm ki mèt douvanjou a".
﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلنَّاسِ1﴾
"1- Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt tout moun". [An-Nas:1], Ou dwe li yo aprè chak priyè obligatwa. Epi tou, ou fèt pou li 3 chapit sa yo 3 fwa nan maten (aprè priyè douvanjou a/Fajr), epi 3 fwa nan aswè (aprè priyè solèy kouche a/Maghrib).
Pami bagay sa yo tou: Lekti 2 dènye vèsè nan chapit Sourat Al-Baqarah nan kòmansman nwit la. Men sa senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la di nan vèsè sa yo:
﴿ءَامَنَ ٱلرَّسُولُ بِمَآ أُنزِلَ إِلَيۡهِ مِن رَّبِّهِۦ وَٱلۡمُؤۡمِنُونَۚ كُلٌّ ءَامَنَ بِٱللَّهِ وَمَلَٰٓئِكَتِهِۦ وَكُتُبِهِۦ وَرُسُلِهِۦ لَا نُفَرِّقُ بَيۡنَ أَحَدٖ مِّن رُّسُلِهِۦۚ وَقَالُواْ سَمِعۡنَا وَأَطَعۡنَاۖ غُفۡرَانَكَ رَبَّنَا وَإِلَيۡكَ ٱلۡمَصِيرُ285﴾
"Pwofèt la kwè nan sa Granmèt la voye desann ba li a, epi tout kwayan yo kwè ladan li tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, ak nan pwofèt li yo. Yo di: 'Nou pa fè okenn diferans ant pwofèt li yo. Epi yo di: 'Nou tande sa Ou di a epi nap obeyi. Padonnen nou, Granmèt nou, paske se bò kote Ou tout moun ap tounen". Jouk nan finisman Sourat la.
Daprè sa ki sèten (ki rapòte kòm verite) ki soti nan bouch Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kote li te di:
«مَنْ قَرَأَ الآيَتَيْنِ مِنْ آخِرِ سُورَةِ البَقَرَةِ فِي لَيْلَةٍ كَفَتَاهُ».
Nenpòt moun ki li 2 dènye vèsè nan chapit "Sourat Al-Baqarah yo" pandan lannwit, 2 vèsè sa yo ap ase pou pwoteje li kont tout malè. Sans pawòl sa a — epi se Allah ki konnen tout bagay pi byen — se: 2 vèsè sa yo ase pou pwoteje moun nan kont tout move bagay. Yon lòt bagay ankò: se pou moun nan abitye repete deklarasyon pwoteksyon sa a: (Map chache pwoteksyon nan pawòl Allah yo ki san defo, kont tout malè nan sa li kreye). Ou dwe di sa lajounen kou lannwit, epi chak fwa ou rive yon kote, kit se nan yon kay, nan yon dezè, nan avyon, oswa nan bato sou lanmè. Paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَن نَزَلَ مَنْزِلًا فَقالَ: أَعُوذُ بِكَلِمَاتِ اللهِ التَّامَّاتِ مِن شَرِّ ما خَلَقَ، لَمْ يَضُرَّهُ شَيءٌ حتَّى يَرْتَحِلَ مِن مَنْزِلِهِ ذَلِكَ».
Nenpòt moun ki rive yon kote epi li di: "Map chache pwoteksyon nan pawòl Allah yo ki san defo, kont tout malè nan sa li kreye", anyen pap ka fèl mal pou jouk li kite kote sa a.
Yon lòt bagay ankò: se pou yon kwayan di pawòl sa yo 3 fwa nan maten (lè jou a kòmanse) epi 3 fwa nan aswè (lè lannwit lan ap tonbe):
«بِسْمِ اللهِ الَّذِي لَا يَضُرُّ مَعَ اسْمِهِ شَيءٌ فِي الأَرْضِ وَلَا فِي السَّمَاءِ، وَهُوَ السَّمِيعُ العَلِيمُ».
Nan non Allah ; avèk non li, anyen sou tè a ni nan syèl la pa ka fè mal. Se Li menm ki tande tout bagay epi ki konnen tout bagay.
Paske gen prèv solid ki soti nan bouch Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki ankouraje nou fè sa, epi paske se yon mwayen pou moun rete an sekirite anba tout kalite malè.
Dezyèmman: Sa pou moun fè pou yo trete maji si li te deja rive sou yo. Gen plizyè fason moun ka geri anba sa tou :
Premye fason an: Se pou moun nan lapriyè Allah ak tout fòs li, avèk imilite, epi mande li poul retire malè sa a sou li epi delivrel anba soufrans li ladanl lan.
Dezyèm fason an: Se fè tout efò pouw konnen kote maji a kache, kit li antere nan tè, kit li nan yon mòn, oswa nenpòt lòt kote. Depi yo rive jwenn kotel ye a, yo dwe retirel epi yo detwi li, maji ap pèdi tout fòs li. Sa a se youn nan fason ki pi efikas pou geri maji.
Twazyèm fason an: Se geri moun nan ak 'Wokya' (Rukyah), sa vle di nan li vèsè Koran an ak priyè pwoteksyon ki soti nan lalwa Allah a. Gen anpil fason pou fè sa; pami yo genyen:
Sa ki otantifye nan pawòl Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li):
«اللَّهُمَّ رَبَّ النَّاسِ، أَذْهِبِ الْبَأْسَ، وَاشْفِ أَنْتَ الشَّافِي، لَا شِفَاءَ إِلَّا شِفَاؤُكَ، شِفَاءً لَا يُغَادِرُ سَقَمًا»
«O Allah, Mèt tout moun yo, retire soufrans la, epi geri, Ou se Gerisè a, pa gen okenn gerizon sòf gerizon pa ou a, yon gerizon ki pa kite okenn maladi dèyè.» Li di sa 3 fwa,
Epi pami sa yo genyen: Ruqyah ke Jibril te resite sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), e se pawòl li a:
«بِسْمِ اللَّهِ أَرْقِيكَ، مِنْ كُلِّ شَيْءٍ يُؤْذِيكَ، وَمِنْ شَرِّ كُلِّ نَفْسٍ أَوْ عَيْنِ حَاسِدٍ، اللَّهُ يَشْفِيكَ، بِسْمِ اللَّهِ أَرْقِيكَ»
«Nan non Allah map fè priyè (Wokya) sa a pou ou, pou li pwotejew kont tout sa kap fèw mal, kont mechanste chak moun, ak kont move zye moun ki jalou. Se pou Allah geri ou. Nan non Allah map fè priyè sa a pou ou.» Epi li dwe repete sa 3 fwa.
Gen yon lòt remèd ankò ki efikas anpil pou yon gason ki 'mare' (ki pa ka kouche ak madanm li poutèt maji): Li dwe pran sèt (7) fèy bwa yo rele Sidr (fèy jijib/tonèl) ki byen vèt, li pile yo ak yon ròch oswa nenpòt lòt bagay, li mete yo nan yon veso, epi li vide dlo sou yo (kantite dlo li bezwen pou li benyen an). Aprèsa, li dwe li vèsè sa yo nan dlo a:
Vèsè Al-Kursi, epi
﴿قُلۡ يَٰٓأَيُّهَا ٱلۡكَٰفِرُونَ1﴾
"1: Di: Nou menm ki pa gen lafwa yo".
[Al-Kafiroun: 1]
﴿قُلۡ هُوَ ٱللَّهُ أَحَدٌ1﴾
"1- Di konsa: Li menm se Allah, Li se Yon sèl". [Al-Iklas:1]
﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلۡفَلَقِ1﴾
"1: Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt douvanjou a". [Al-Falaq:1]
﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلنَّاسِ1﴾
"Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt tout moun". [An-Nas:1]
Epi tou, ou dwe li vèsè ki pale sou maji yo ki nan chapit "Sourat Al-A'raf" la. Men sa senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la di nan vèsè sa yo:
﴿وَأَوۡحَيۡنَآ إِلَىٰ مُوسَىٰٓ أَنۡ أَلۡقِ عَصَاكَۖ فَإِذَا هِيَ تَلۡقَفُ مَا يَأۡفِكُونَ117 فَوَقَعَ ٱلۡحَقُّ وَبَطَلَ مَا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ118 فَغُلِبُواْ هُنَالِكَ وَٱنقَلَبُواْ صَٰغِرِينَ119﴾
"117: Epi Nou te voye mesaj bay Moyiz, Nou di li : ''Lage baton ou lan !'' Lamenm, baton an kòmanse vale tout maji yo te fè yo
118: Se konsa verite a te parèt aklè, epi tout sa yo tap fè yo (maji yo) te kase nèt.
119: Se konsa majisyen yo te pèdi batay la epi yo te rale kò yo ak gwo wont sou yo". Sourat Al-A’raf. Vèsè 117 a 119
Epi tou, vèsè ki nan chapit Sourat Yunus(Jonas) yo. Men sa senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la di nan vèsè sa yo:
﴿وَقَالَ فِرۡعَوۡنُ ٱئۡتُونِي بِكُلِّ سَٰحِرٍ عَلِيمٖ79 فَلَمَّا جَآءَ ٱلسَّحَرَةُ قَالَ لَهُم مُّوسَىٰٓ أَلۡقُواْ مَآ أَنتُم مُّلۡقُونَ80 فَلَمَّآ أَلۡقَوۡاْ قَالَ مُوسَىٰ مَا جِئۡتُم بِهِ ٱلسِّحۡرُۖ إِنَّ ٱللَّهَ سَيُبۡطِلُهُۥٓ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يُصۡلِحُ عَمَلَ ٱلۡمُفۡسِدِينَ81 وَيُحِقُّ ٱللَّهُ ٱلۡحَقَّ بِكَلِمَٰتِهِۦ وَلَوۡ كَرِهَ ٱلۡمُجۡرِمُونَ82﴾
"79: Farawon di konsa: 'Mennen tout moun ki konn fè gwo maji yo ban mwen!
80: Lè majisyen yo rive, Moyiz di yo: 'Lage sa nou gen poun lage a!
81: Lè yo fin lagel, Moyiz di yo: 'Sa nou pote la a, se maji. Allah pral fèl pèdi tout fòs li,Paske Allah pa janm bay travay moun kap fè mechanste yo sipò(Li pa janm fèl reyisi).
82: Epi Allah ap fè verite a triyonfe (lap parèt aklè) gras ak pawòl Li yo, menm si kriminèl yo (malfektè yo) pa ta vle sa". [Yunus: 79-82],
Epi tou, vèsè ki nan chapit "Sourat Taha" yo. Men sa Allah ki anwo nan syèl la di:
﴿قَالُواْ يَٰمُوسَىٰٓ إِمَّآ أَن تُلۡقِيَ وَإِمَّآ أَن نَّكُونَ أَوَّلَ مَنۡ أَلۡقَىٰ65 قَالَ بَلۡ أَلۡقُواْۖ فَإِذَا حِبَالُهُمۡ وَعِصِيُّهُمۡ يُخَيَّلُ إِلَيۡهِ مِن سِحۡرِهِمۡ أَنَّهَا تَسۡعَىٰ66 فَأَوۡجَسَ فِي نَفۡسِهِۦ خِيفَةٗ مُّوسَىٰ67 قُلۡنَا لَا تَخَفۡ إِنَّكَ أَنتَ ٱلۡأَعۡلَىٰ68 وَأَلۡقِ مَا فِي يَمِينِكَ تَلۡقَفۡ مَا صَنَعُوٓاْۖ إِنَّمَا صَنَعُواْ كَيۡدُ سَٰحِرٖۖ وَلَا يُفۡلِحُ ٱلسَّاحِرُ حَيۡثُ أَتَىٰ69﴾
"65: Yo di konsa: 'O Moyiz! Eske se ou kap lage anvan, osinon èske se nou menm kap kòmanse lage?
66: Moyiz reponn: 'Non, lage nou menm anvan!' Lamenm, kòd yo ak baton yo te lage yo vin parèt nan zye Moyiz — poutèt maji yo te fè a — tankou se koulèv kap kouri.
67: Moyiz te santi yon ti krent nan kè l.
68: Nou dil: 'Pa pè! Paske se ou menm kap genyen batay la (se ou kap pi wo a).
69: Lage sa ki nan men dwat ou a (baton an), lap vale tout sa yo te fè yo. Paske, sa yo fè a se sèlman jwèt majisyen (plan malfektè); epi majisyen an pap janm genyen batay la, kèlkeswa kote li soti".
[Ta-Ha: 65-69].
Aprè ou fin li tout vèsè ak priyè sa yo nan dlo a, moun nan dwe bwè 3 gòje bouch ladan li epi li benyen ak rès dlo ki rete a. Si Allah vle (Incha Allah), maladi a (maji a) ap disparèt. Si li nesesè pou repete tretman sa a 2 fwa oswa plis, pa gen pwoblèm nan sa, jiskaske mal la fin ale nèt.
Priyè sa yo, demann pwoteksyon sa yo, ak metòd sa yo se pami pi gwo mwayen ki egziste pou yon moun pwoteje tèt li kont maji ak tout lòt kalite malè. Yo se pi gwo zam tou pou detwi maji si li te deja rive sou yon moun; depi moun nan fè yo avèk senserite, avèk lafwa, epi li mete tout konfyans li nan Allah pandanl santil alèz ak tout sa pawòl sa yo vle di.
Sa se sa ki te posib pou nou esplike nan sa ki konsène mwayen pou moun pwoteje tèt yo kont maji epi trete li sil te deja rive. Epi se Allah sèl ki bay siksè.
Epi la a, gen yon keksyon enpòtan ki poze: se tretman maji a nan sèvi ak menm travay majisyen yo (sa yo rele Nouchrah), kote moun nan ap chache favè nan men move lespri (Jin) nan touye bèt pou yo oswa nan fè lòt ofrann konsa; sa a se yon bagay ki entèdi (li pa pèmèt ditou). Paske, sa se travay dyab la; se menm gwo peche sa a yo rele Chirk Al-Akbar (bay Allah asosye nan nivo ki pi wo a). Menm jan tou, li pa pèmèt pou moun chèche tretman nan poze kesyon bay divinò yo, moun kap di lavni yo, ak sòsye yo, epi itilize sa yo di; paske yo se moun ki pa gen lafwa, epi tou yo se mantè ak moun kap fè move zak ki pretann yo gen konesans sou sa ki kache, epi yo met konfizyon nan tèt moun. Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.) te deja bay avètisman pou moun pa al kote yo, pa poze yo kesyon, epi pa kwè yo, menm jan sa te esplike deja nan kòmansman mesaj sa a. Kidonk, li obligatwa pou nou pran prekosyon ak sa, epi sa soti nan yon sous ki sèten (Sahih) bò kote Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li), yo te poze li kesyon sou an-Nushrah epi li te di:
«هِيَ مِنْ عَمَلِ الشَّيْطَانِ».
Sa se travay dyab la (Satan). Se Imam Ahmad ak Abou Daoud ki rapòte koze sa a, avèk yon chèn transmisyon ki bon (Jayyid).
Mo "Nouchrah" a vle di: detache oswa kase maji ki sou yon moun ki viktim. Men, sa Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te vle di nan pawòl li a, se Nouchrah moun nan tan lantan yo (tan Jabiliya) te konn fè a; sa vle di: al mande yon majisyen pou li kase maji a, oswa kase yon maji ak yon lòt maji menm jan avèl nan men yon lòt majisyen.
Men, kanta pou trètman li ak priyè pou geri (Ruqyah), priyè pou chèche pwoteksyon lalwa Islamik otorize, ak medikaman ki pèmèt yo, pa gen pwoblèm nan sa, jan sa te mansyone deja. Se sa menm gwo savan Ibn al-Qayyim te ekri aklè, ansanm ak Cheikh Abdoul-Rahman bin Hassan nan liv Fath al-Majid la (se pou Allah gen pitye pou yo 2 a). Gen anpil lòt moun nan domèn konesans lan (savan) ki te ekri sou pwen sa a tou.
"Nap mande Allah pou li bay tout Mizilman yo siksè pou yo jwenn gerizon ak pwoteksyon kont tout sa ki mal. Se poul pwoteje relijyon yo pou yo, se poul ba yo bon konprann nan relijyon an, epi se poul ba yo sekirite kont tout sa ki pa mache ak lalwa (Charia) Li a."
Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou sèvitèl la ak mesajel la, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
Avètisman pou moun pa bati moske sou tonb moun mouri
Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Liv sa a bay avètisman pou moun pa bati moske sou tonm pwofèt yo ak moun ki te mache dwat yo. Li di aksyon sa a se yon fason pou moun fè peche "shirk" (adore lòt bagay nan plas Allah) ak egzajere nan relijyon an. Liv la sèvi ak prèv nan lalwa senyè toupwisan an pou li montre sa, epi li mande pou moun swiv vrè chemen relijyon an pou yo ka pwoteje prensip Allah sèl la (Tawhid).
***
ht397v5.0 - 06/06/2026
Mesaj sa a (enstriksyon sa a) te pibliye nan yon ti liv ki pote nimewo 17, pa "Prezidans Jeneral pou Administrasyon Rechèch Syantifik, Ifta (Bay Opinyon Relijye), Da'wah (Envite moun nan Islam), ak Konsèy" nan lanne 1402H (kalandriye Hijri).