حِرَاسَةُ التَّوحِيدِ
Pwoteje Tawhid la
لِسَمَاحَةِ الشَّيْخِ العَلَّامَةِ
عَبْدِ العَزِيزِ بْنِ عَبْدِ اللهِ بْنِ بَازٍ
رَحِمَهُ اللهُ
Ekri pa Ekselans Cheik la
Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Premye Mesaj la
Vrè Kwayans lan ak sa ki kontredi li
Tout louwanj se pou Allah, Li menm sèl, e se pou lapriyè ak lapè sou sila a ki pa gen pwofèt aprè li a, epitou sou fanmi li ak konpayon li yo.
Aprè sa: Kòm vre kwayans lan se rasin relijyon Islam nan, epi li se fondasyon relijyon an, mwen te wè li enpòtan poum pale sou sijè sa a, epi poum ekri ak konpoze poum eksplike li klè
Epi li konnen atravè prèv jiridid ki soti nan Liv la (koran an)ak Tradisyon an (Sunnah): aksyon ak pawòl yo ap bon epi yap aksepte sèlman si yo soti nan yon kwayans ki dwat, men si kwayans lan pa dwat, tou sa ki soti ladan li kòm aksyon ak pawòl ap anile, jan Allah Toupisan an te di:
﴿...وَمَن يَكۡفُرۡ بِٱلۡإِيمَٰنِ فَقَدۡ حَبِطَ عَمَلُهُۥ وَهُوَ فِي ٱلۡأٓخِرَةِ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ﴾
"Epi moun ki nye lafwa a, tout sa li te fè yo pa vo anyen ankò, epi nan lavi aprè a, lap pami moun ki pèdi yo". [Al-Ma'idah: 5]
Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَلَقَدۡ أُوحِيَ إِلَيۡكَ وَإِلَى ٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِكَ لَئِنۡ أَشۡرَكۡتَ لَيَحۡبَطَنَّ عَمَلُكَ وَلَتَكُونَنَّ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ 65﴾
"Yo te voye revelasyon ba ou ak moun ki te anvan ou yo: si ou ta bay Allah asosye (fè Chirk), tout travay ou (aksyon ou) ap pèdi valè nèt, epi wap nan gwoup moun ki pèdi nèt yo". [Az-Zoumar: 65].
Epi gen anpil lòt vèsè ki di menm bagay sa a. Liv Allah a (koran an)ki klè a ansanm ak Tradisyon (Sunnah) mesaje fidèl li a -se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li- te moutre nou vre kwayans lan chita sou 6 pwen, ki se: Kwè nan Allah ,nan zanj li yo, nan liv li yo, nan mesaje li yo, nan dènye jou a, epi nan sa kap gen pou rive (desten an), kit li bon kit li pa bon. Konsa, 6 pwen sa yo se: fondasyon vrè kwayans lan ki te desann nan Allah senyè toupwisan an, epi Allah te voye mesaje li Muhammad (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) avèk yo.
Epi gen anpil prèv ki soti nan Liv la (Koran an) ak nan Tradisyon (Sunnah) ki kòrèk yo sou 6 prensip sa yo, epi pami yo kòm egzanp genyen sa yo:
Premyèman: Prèv ki soti nan Liv la; pami yo genyen pawòl Allah senyè toupwisan an :
﴿لَّيۡسَ ٱلۡبِرَّ أَن تُوَلُّواْ وُجُوهَكُمۡ قِبَلَ ٱلۡمَشۡرِقِ وَٱلۡمَغۡرِبِ وَلَٰكِنَّ ٱلۡبِرَّ مَنۡ ءَامَنَ بِٱللَّهِ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِ وَٱلۡمَلَٰٓئِكَةِ وَٱلۡكِتَٰبِ وَٱلنَّبِيِّـۧنَ...﴾
"Bonte a (vrè pyete)se pa vire figi nou bò kote solèy leve oswa bò kote solèy kouche, men bonte a se moun ki kwè nan Allah, nan dènye jou a, nan zanj yo, nan liv la ak nan pwofèt yo...". [Al-Baqarah: 177].
Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil e ki egzalte a:
﴿ءَامَنَ ٱلرَّسُولُ بِمَآ أُنزِلَ إِلَيۡهِ مِن رَّبِّهِۦ وَٱلۡمُؤۡمِنُونَۚ كُلٌّ ءَامَنَ بِٱللَّهِ وَمَلَٰٓئِكَتِهِۦ وَكُتُبِهِۦ وَرُسُلِهِۦ لَا نُفَرِّقُ بَيۡنَ أَحَدٖ مِّن رُّسُلِهِ...﴾
"Pwofèt la kwè nan sa Seyè li a te voye desann ba li, epi moun ki gen lafwa yo kwè tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan Liv li yo, ak nan pwofèt li yo. Nou pa fè okenn diferans ant pwofèt li yo..." [Al-Baqarah: 285].
Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil e ki egzalte a:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلَّذِينَ ءَامَنُوٓاْ ءَامِنُواْ بِٱللَّهِ وَرَسُولِهِۦ وَٱلۡكِتَٰبِ ٱلَّذِي نَزَّلَ عَلَىٰ رَسُولِهِۦ وَٱلۡكِتَٰبِ ٱلَّذِيٓ أَنزَلَ مِن قَبۡلُۚ وَمَن يَكۡفُرۡ بِٱللَّهِ وَمَلَٰٓئِكَتِهِۦ وَكُتُبِهِۦ وَرُسُلِهِۦ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِ فَقَدۡ ضَلَّ ضَلَٰلَۢا بَعِيدًا 136﴾
"O nou menm ki kwè yo (ki gen lafwa you)! Se pou nou kwè nan Allah ak nan Mesaje li a, ak nan Liv li te voye desann bay Mesaje li a, ansanm ak Liv li te voye desann anvan an. Nenpòt moun ki nye Allah ,zanj li yo, liv li yo, mesaje li yo, ak dènye jou a, li pèdi nèt nan yon egare ki byen lwen".
[An-Nisa: 136].
Epi pawòl li(Allah ) ki sen anpil la:
﴿أَلَمۡ تَعۡلَمۡ أَنَّ ٱللَّهَ يَعۡلَمُ مَا فِي ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِۚ إِنَّ ذَٰلِكَ فِي كِتَٰبٍۚ إِنَّ ذَٰلِكَ عَلَى ٱللَّهِ يَسِيرٞ 70﴾
"Èskew pa konnen Allah konnen tout sa ki nan syèl yo ak sou tè a? Anverite, tout bagay sa yo anrejistre nan yon Liv. Anverite, sa se yon bagay ki fasil pou Allah". [Al-Hadj: 70].
Dezyèmman: Prèv ki soti nan Tradisyon an (Sunnah); pami yo genyen diskou (Hadith) ki kòrèk epi ki selèb la, Muslim te rapòte nan liv li a, ki soti nan diskou chèf kwayan yo, Omar pitit gason Al-Khattab (se pou Allah kontan avè l), kote zanj Jibril (lapè sou li) te mande Pwofèt la (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) sou lafwa, epi li te reponn li:
«الإِيمَانُ أَنْ تُؤْمِنَ بِاللَّهِ، وَمَلَائِكَتِهِ، وَكُتُبِهِ، وَرُسُلِهِ، وَاليَوْمِ الآخِرِ، وَتُؤْمِنَ بِالقَدَرِ خَيْرِهِ وَشَرِّهِ».
«Lafwa se pou ou kwè nan Allah, ak nan zanj li yo, ak nan Liv li yo, ak nan pwofèt li yo, ak nan Dènye Jou a, epi pou ou kwè nan Predestinasyon an, nan byen li ak nan mal li»1 Hadith la, Epi Al-Bukhari ak Muslim rapòtel - ak yon ti diferans - nan adit Abou Hurayrah, ke Allah satisfè de li.
Epi tout sa yon Mizilman dwe kwè ladan li soti nan 6 rensip sa yo: tout sa li dwe kwè konsènan Allah senyè toupwisan an konsènan lavi aprè lanmò a, ak lòt bagay ki kache nou pa wè yo; tout sa senyè toupwisan an ak Mesaje li a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) te fè nou konnen.
Epi esplikasyon 6 prensip sa yo prezante konsa:
Premye Prensip la: Lafwa nan Allah
Li gen ladanl plizyè bagay, tankou : Kwè ke se li menm ki sèl vrè Allah ki merite pou yo adore li san okenn lòt asosye ; paske se li menm ki kreyatè sèvitè yo, se li ki fè yo byen, se li ki bay yo manje ak sa yo bezwen pou yo viv, li konnen sekrè yo ak sa yo fè an piblik, epi li gen pouvwa pou li rekonpanse moun ki obeyil epi pini moun ki dezobeyi li.
Epi Allah te kreye 2 gwoup yo (moun ak djinn) pou adorasyon sa a, epi li te ba yo lòd pou yo fèl, fason senyè toupwisan an te di:
﴿وَمَا خَلَقۡتُ ٱلۡجِنَّ وَٱلۡإِنسَ إِلَّا لِيَعۡبُدُونِ 56 مَآ أُرِيدُ مِنۡهُم مِّن رِّزۡقٖ وَمَآ أُرِيدُ أَن يُطۡعِمُونِ 57 إِنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلرَّزَّاقُ ذُو ٱلۡقُوَّةِ ٱلۡمَتِينُ 58﴾
"56- Mwen pat kreye Djinn yo ak moun yo pou okenn lòt rezon, esepte pou yo ka adorem sèlman.
57: Mwen pa mande yo okenn manje oswa mwayen pou yo viv, epi mwen pa mande yo pou yo banm manje.
58: Anverite, se Allah ki bay manje ak sa moun bezwen pou yo viv (founisè a), se Li ki gen fòs la, epi ki gen anpil pouvwa". [Adh-Dhariyat: 56-58].
Men sa senyè toupwisan an di:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ ٱعۡبُدُواْ رَبَّكُمُ ٱلَّذِي خَلَقَكُمۡ وَٱلَّذِينَ مِن قَبۡلِكُمۡ لَعَلَّكُمۡ تَتَّقُونَ21 ٱلَّذِي جَعَلَ لَكُمُ ٱلۡأَرۡضَ فِرَٰشٗا وَٱلسَّمَآءَ بِنَآءٗ وَأَنزَلَ مِنَ ٱلسَّمَآءِ مَآءٗ فَأَخۡرَجَ بِهِۦ مِنَ ٱلثَّمَرَٰتِ رِزۡقٗا لَّكُمۡۖ فَلَا تَجۡعَلُواْ لِلَّهِ أَندَادٗا وَأَنتُمۡ تَعۡلَمُونَ 22﴾
"21: O nou menm moun yo! Adore Mèt nou an, Limenm ki te kreye nou ansanm ak moun ki te anvan nou yo, pou nou kapab gen krentif pou Li.
22: Li menm ki te fè tè a tounen yon kabann pou nou, epi li fè syèl la tounen yon tèt kay, epi li fè dlo desann soti nan syèl la, epi avèk dlo sa a li fè fwi pouse pou ban nou manje; konsa, piga nou bay Allah asosye (lòt dye) pandan nou konnen byen sa nap fè a". [Al-Baqarah: 21-22].
Epi Allah te voye mesaje yo epi li te fè desann liv yo: pou esplike verite sa a, pou envite moun ladanl, epi pou avèti yo kont sa ki kontredil, jan Allah ki sen an, Toupwisan an te di:
﴿وَلَقَدۡ بَعَثۡنَا فِي كُلِّ أُمَّةٖ رَّسُولًا أَنِ ٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ وَٱجۡتَنِبُواْ ٱلطَّٰغُوتَ...﴾
"Epi anverite, nou te voye yon mesaje nan chak nasyon pou di yo: « Adore Allah sèlman, epi rete lwen tout sa yo adore nan plas Allah".
[An-Nahl: 36].
Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَمَآ أَرۡسَلۡنَا مِن قَبۡلِكَ مِن رَّسُولٍ إِلَّا نُوحِيٓ إِلَيۡهِ أَنَّهُۥ لَآ إِلَٰهَ إِلَّآ أَنَا۠ فَٱعۡبُدُونِ25﴾
"Epi nou pat voye okenn mesaje anvan ou san nou pa te ba li revelasyon sa a: « Pa gen okenn lòt vrè dye pase Mwen(Allah )menm sèl, konsa, se Mwen menm sèlman pou nou adore".
[Al-Anbiya: 25].
Men sa Sila a ki gen tout pouvwa ak tout majeste a di:
﴿الر كِتَابٌ أُحْكِمَتْ آيَاتُهُ ثُمَّ فُصِّلَتْ مِنْ لَدُنْ حَكِيمٍ خَبِيرٍ1 أَلَّا تَعْبُدُوا إِلَّا اللَّهَ إِنَّنِي لَكُمْ مِنْهُ نَذِيرٌ وَبَشِيرٌ2﴾
"1- Alif, Lam, Ra. Se yon liv vèsè li yo byen fèm (solid), epi aprèsa yo byen detaye avèk klète; li soti nan kote yon senyè toupwisan ki gen anpil bon konprann epi ki konnen tout bagay.
2: Piga nou adore okenn lòt moun pase Allah sèlman. Anverite, mwen se yon moun kap avèti nou, epi kap pote bòn nouvèl pou nou, ki soti nan kote Li". [Houd: 1-2].
Epi verite adorasyon sa a se: bay Allah sèlman, Limenm ki sen epi ki toupwisan an, tout sa sèvitè yo fè kòm adorasyon; tankou lapriyè (demand), krentif, espwa, lapriyè (salat), jèn, ofrann bèt, ak tout lòt kalite adorasyon, nan yon fason kote moun nan soumèt devan Li, ak anvi pou jwenn rekonpans li, ak krentif pou chatiman Li, ansanm ak yon renmen ki total pou li, epi imilite devan grandè li.
Epi moun ki byen gade nan Koran an, lap jwenn pifò ladanl te desann sou gwo prensip sa a; jan Allah ki sen epi ki toupwisan an te di:
﴿إِنَّآ أَنزَلۡنَآ إِلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ فَاعْبُدِ اللَّهَ مُخْلِصًا لَهُ الدِّينَ 2 أَلَا لِلَّهِ الدِّينُ الْخَالِصُ وَٱلَّذِينَ ٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ أَوۡلِيَآءَ مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ إِنَّ ٱللَّهَ يَحۡكُمُ بَيۡنَهُمۡ فِي مَا هُمۡ فِيهِ يَخۡتَلِفُونَۗ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي مَنۡ هُوَ كَٰذِبٞ كَفَّارٞ3﴾
"2: Se vre wi, Nou voye Liv la ba wou ak tout verite a. Konsa, se pou ou adore Allah sèlman, epi fè relijyon ou ak tout aksyon ou se pou li menm sèl yo ye nèt (san okenn melanj)
3: Koute byen! Se pou Allah sèlman relijyon ki san melanj lan ye. Epi moun ki pran lòt pwotektè (oswa lòt dye) nan plas Li yo di: « Nou pa adore yo pou lòt bagay, se sèlman pou yo ka pwoche nou pi prè Allah. » Anverite, Allah ap jije yo menm sou sa yo pat dakò sou li a. Allah pa dirije moun ki mantè epi ki pa gen rekonesans (ki nye laverite)".
[Az-Zoumar: 2-3].
Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil la e ki egzalte a:
﴿وَقَضَىٰ رَبُّكَ أَلَّا تَعۡبُدُوٓاْ إِلَّآ إِيَّاهُ...﴾
"Epi Mèt ou a te bay lòd pou nou pa adore pèsonn lòt pase li menm sèl...". [Al-Isra: 23].
Epi pawòl li, Sila a ki gen pouvwa ak glwa a:
﴿فَٱدۡعُواْ ٱللَّهَ مُخۡلِصِينَ لَهُ ٱلدِّينَ وَلَوۡ كَرِهَ ٱلۡكَٰفِرُونَ14﴾
"Se konsa, adore Allah epi ba li tout devouman nou nèt nan relijyon an, menmsi moun ki pa kwè yo pa ta renmen sa". [Ghafir: 14].
Epi konsa, moun ki byen gade nan Tradisyon (Sunnah) Pwofèt la, lap jwenn enpòtans yo bay gwo prensip sa a tou. Pami sa yo jwenn genyen: sa ki rapòte nan 2 liv ki pi kòrèk yo (Al-Bukhari ak Muslim) ki soti nan Muadh (se pou Allah kontan avèl), kote Pwofèt la (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) te di:
«حَقُّ اللهِ عَلَى العِبَادِ أَن يَعْبُدُوهُ وَلَا يُشْرِكُوا بِهِ شَيْئًا».
Dwa Allah genyen sou sèvitè li yo, se pou yo adore li epi pou yo pa bay li okenn asosye.2
Epi tou, kwè nan Allah gen ladan li: kwè nan tout sa Li rann obligatwa pou sèvitè li yo, ak tout sa Li kòmande yo fè; tankou 5 pilye Islam yo ki parèt aklè yo.
Epi yo se: temwayaj pa gen okenn lòt vrè dye pase Allah, epi Muhammad se mesaje Allah, fè lapriyè (salat), bay lacharite (zaka), fè jèn nan mwa Ramadan, ak fè pelerinaj nan kay ki sakre a (Hadj) pou moun ki gen mwayen fè sa, ansanm ak tout lòt obligasyon lalwa (Charia) te pote yo.
Epi Pilye ki pi enpòtan ak sa ki pi gran nan pami yo se: temwayaj pa gen okenn lòt vrè dye pase Allah ,epi Muhammad se mesaje li. Temwayaj sa a mande pou: bay Allah sèlman tout adorasyon nèt, epi rejte nenpòt lòt moun oswa lòt bagay. Sa a se sans "la ilaha illa Allah" la; sans li — jan savan yo (se pou Allah gen pitye pou yo) te di a se: pa gen okenn lòt moun oswa bagay ki merite pou yo adorel tout bon vre pase Allah. Daprè sa: tout sa moun adore nan plas Allah senyè toupwisan an— kit se moun, zanj, djinn oswa nenpòt lòt bagay — yo adore yo nan manti, epi sèl sa yo dwe adore tout bon vre se Allah sèlman ki pa gen okenn asosye, jan Allah ki sen epi ki toupwisan an te di:
﴿ذَٰلِكَ بِأَنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلۡحَقُّ وَأَنَّ مَا يَدۡعُونَ مِن دُونِهِۦ هُوَ ٱلۡبَٰطِلُ...﴾
"Sa se paske Allah se li menm ki Verite a, epi tou sa yap priye nan plas li se manti...". [hadj: 62].
Epi nou te deja esplike: Allah ki sen epi ki toupwisan an te kreye 2 gwoup yo (moun ak djinn) pou gwo prensip fondamantal sa a, Li te ba yo lòd pou yo swiv li, Li te voye mesajel yo avèk li, epi Li te fè desann liv Li yo pou sa. Se sa ki fè, sèvitè a dwe byen medite sou sa epi reflechi sou li anpil; poul ka wè aklè gwo inyorans pifò Mizilman tonbe ladan li konsènan prensip sa a; jouk yo rive adore lòt bagay ansanm ak Allah, epi yo bay lòt moun dwa ki se pou Allah sèlman an. Se nan men Allah sèlman nou mande sekou.
Epi nan kwè nan Allah ki sen an tou: se pou nou kwè se Li ki kreyatè linivè a, se Li kap jere tout afè yo, epi Li fè sa li vle ak yo ak konesans Li ak pouvwa Li jan li vle a. Se Li ki mèt mond sa a ak mond aprè a, se Li ki Mèt tout linivè a; pa gen lòt kreyatè pase Li, epi pa gen lòt Mèt pase Li. Epi, li te voye Mesaje yo, epi li te desann Liv yo; pou li te ka mete bon lòd nan lavi sèvitè yo, epi poul te rele yo nan sa ki gen delivrans ak byennèt pou yo, nan lavi sa a ak nan aprè lamò a. Epi li menm ki sen anpil la pa gen okenn asosye pou li nan tout sa, men sa senyè toupwisan di:
﴿ٱللَّهُ خَٰلِقُ كُلِّ شَيۡءٖۖ وَهُوَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ وَكِيلٞ 62﴾
"Allah se kreyatè tout bagay, epi se Li menm kap jere tout bagay (se Li ki responsab tout bagay)".
[Az-Zoumar: 62].
Men sa senyè toupwisan an di:
﴿إِنَّ رَبَّكُمُ ٱللَّهُ ٱلَّذِي خَلَقَ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَ فِي سِتَّةِ أَيَّامٖ ثُمَّ ٱسۡتَوَىٰ عَلَى ٱلۡعَرۡشِۖ يُغۡشِي ٱلَّيۡلَ ٱلنَّهَارَ يَطۡلُبُهُۥ حَثِيثٗا وَٱلشَّمۡسَ وَٱلۡقَمَرَ وَٱلنُّجُومَ مُسَخَّرَٰتِۭ بِأَمۡرِهِۦٓۗ أَلَا لَهُ ٱلۡخَلۡقُ وَٱلۡأَمۡرُۗ تَبَارَكَ ٱللَّهُ رَبُّ ٱلۡعَٰلَمِينَ54﴾
"Anverite, Mèt nou se Allah ,Li menm ki te kreye syèl la ak tè a nan 6 jou, epi aprèsa Li te monte sou Twòn nan (Arsh). Li fè lannwit lan kouvri lajounen an, yonn ap swiv lòt san rete. Li te kreye solèy la, lalin nan, ak zetwal yo; yo tout ap obeyi lòd Li. Koute byen! Se pou Li sèl kreyasyon an ak kòmandman an ye. Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a". [Al-Araf: 54].
Epi nan kwè nan Allah (Iman) gen ladan li tou: Kwè nan bèl non Li yo (Al-Asma al-Husna) ak kalite siperyè Li yo (As-Sifat al-Ula) ki ekri nan Liv Li a (Koran an) ak sa ki fèm ki soti nan kote Mesaje li a ki fidèl la, san defòmasyon, nye, kesyone nati yo, oswa konpare yo ak nenpòt lòt bagay.
﴿...لَيۡسَ كَمِثۡلِهِۦ شَيۡءٞۖ وَهُوَ ٱلسَّمِيعُ ٱلۡبَصِيرُ﴾
"...Pa gen anyen ki sanble avèk li; epi se li menm ki tande tout bagay, epi ki wè tout bagay".
[Ash-Shoura: 11].
Se sa ki fè, nou dwe kite yo pase jan yo te vini an san nou pa chèche konnen "kijan" yo ye , pandan nap kwè nan gran sans yo genyen ki se kalite pou Allah, toupwisan an. Li obligatwa pou nou rekonèt li gen kalite sa yo nan yon fason ki diy pou li, san li pa sanble ak kreyatil yo nan okenn nan kalite li yo, jan Allah Toupwisan an te di: Men sa Senyè ki gen pouvwa ak grandè a di:
﴿فَلَا تَضۡرِبُواْ لِلَّهِ ٱلۡأَمۡثَالَۚ إِنَّ ٱللَّهَ يَعۡلَمُ وَأَنتُمۡ لَا تَعۡلَمُونَ74﴾
"Piga nou bay Allah egzanp (pa konpare Li ak anyen); anverite, Allah konnen, epi nou menm nou pa konnen". [An-Nahl: 74].
Sa a se kwayans patizan tradisyon Pwofèt la ak gwoup ki ini a, ki vle di konpayon Mesaje Allah a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) ak moun ki swiv yo ak bòn fwa; konsènan non Allah yo ak kalite li yo. Se kwayans sa a chèf relijye Abu al-Hasan al-Ash'ari (se pou Allah gen pitye pou li) te rapòte nan liv "Diskisyon yo" kote li te sitel nan men moun ki nan domèn pawòl Pwofèt yo ak moun tradisyon yo, e gen anpil lòt savan ak moun ki gen lafwa ki te rapòte li tou.
Al-Awza'i (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: Yo te poze Al-Zuhri ak Makhul keksyon sou vèsè ki pale sou kalite Allah yo, yo tou 2 te reponn: « Kite yo pase jan yo te vini an (san nou pa chèche konnen kijan yo ye).3
Epi Al-Awza'i (ke Allah fèl mizèrikòd) te di tou: (Nou menm, ak Tabi'in yo ki te anpil, nou te konn di ke Allah, ki pa gen okenn defo, Li sou Twòn Li, epi nou kwè nan kalite yo ki mansyone nan Sounah la)4.
Al-Walid ibn Muslim (ke Allah fèl mizèrikòd) te di: Yo te poze Malik, Al-Awza'i, Al-Layth bin Saad, ak Sufyan al-Thawri (se pou Allah gen pitye pou yo tout) keksyon sou pawòl ki rapòte konsènan kalite Allah yo, yo tout te reponn: « Kite yo pase jan yo te vini an san nou pa chèche konnen kijan yo ye. »5
Lè yo te poze Rabi'a bin Abi Abd al-Rahman -ki te pwofesè Malik (se pou Allah gen pitye pou yo 2 a)- keksyon sou fason Allah monte sou Twòn nan, li te di: « Monte a se yon bagay nou konnen, kijan sa fèt se yon bagay lespri moun pa ka konprann, mesaj la soti nan men Allah responsablite Mesaje a se te transmèt li aklè, epi devwa pa nou se kwè nan sa. 6 E lè yo te mande Imam Malik, ke Allah fèl mizèrikòd, sou sa, li te di: Monte a se yon bagay nou konnen, kijan sa fèt se yon bagay nou pa konnen, kwè nan sa se yon obligasyon, epi poze keksyon sou sa se yon inovasyon (yon bagay ki pa nan relijyon an).» Aprèsa, li te di moun ki te poze keksyon an: « Mwen wè ou se yon move moun sèlman! » Epi li bay lòd pou yo mete li deyò.7 Epi yo rapòte sans sa a tou bò kote manman kwayan yo Oum Salamah (ke Allah gen pitye pou li)8.
Imam Abu Abd al-Rahman bin al-Mubarak (se pou Allah gen pitye pou li) te di: « Nou rekonèt Mèt nou (ki sen an) paske Li anlè nan syèl Li yo, sou Twòn Li a, epi Li separe ak kreyati li yo.»9
Epi pawòl chèf relijye yo sou sijè sa a tèlman anpil, nou pa ka site yo tout nan konferans sa a. Nenpòt moun ki ta vle wè plis detay sou sa, li mèt konsilte sa savan ki nan tradisyon an te ekri sou sa, tankou liv "Sunnah" Abdullah, pitit gason Imam Ahmad la, ak liv "Inite Allah (Tawhid) gwo Imam Muhammad bin Khuzaymah a, ak liv "Sunnah" Abu al-Qasim al-Lalaka'i al-Tabari a, ak liv "Sunnah" Abu Bakr bin Abi Asim nan.
Epitou, gen repons chèf Islam lan, Ibn Taymiyyah, te bay moun lavil Hamat yo; se yon gwo repons ki gen anpil benefis kote li te esplike aklè (se pou Allah gen pitye pou li) kwayans moun ki nan tradisyon yo. Li te rapòte anpil nan pawòl yo, epi li te bay prèv ki soti nan lalwa relijyon an ak prèv ki baze sou rezon pou montre sa moun tradisyon yo di a se laverite, epi sa advèsè yo di yo se manti.
E konsa tou, lèt li a ki rele "Tidmiriyah" la; li te byen devlope sijè a ladanl, epi li te esplike aklè kwayans patizan tradisyon yo ak tout prèv ki soti nan tèks relijye yo ak prèv ki baze sou lojik. Li te reponn moun ki pa dakò yo nan yon fason ki fè verite a parèt aklè epi ki kraze manti a pou nenpòt moun ki gen konesans kap egzamine sa avèk yon bòn entansyon ak yon anvi pou konnen laverite. Men rezime a: Kwayans patizan tradisyon yo ak gwoup ki ini a (Ahl al-Sunnah wal-Jama'ah) konsènan non ak kalite Allah yo sèke: yo konfime pou senyè toupwisan an tout sa li konfime pou pwòp tèt Li nan Liv Li a, oswa sa Mesaje Li a, Muhammad (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè), te konfime pou Li nan tradisyon li yo. Yo konfime sa san yo pa fè konparezon, epi yo rekonèt senyè toupwisan an pi wo pase pou li ta sanble ak kreyatil yo, yon fason ki pa anile kalite li yo. Se konsa yo te rive sove anba kontradiksyon. Epi yo te pratike tout prèv yo gras ak gidans Allah ; paske se konsa Allah aji ak moun ki mare fò ak laverite Mesaje Li yo te pote a, ki fè tout efò yo pou sa, epi ki gen senserite nan chèche sa ki dwat la; Li ba yo siksè pou yo jwenn laverite epi Li fè prèv yo a parèt klè, jan senyè toupwisan an te di:
﴿بَلۡ نَقۡذِفُ بِٱلۡحَقِّ عَلَى ٱلۡبَٰطِلِ فَيَدۡمَغُهُۥ فَإِذَا هُوَ زَاهِقٞ...﴾
"Men, nou voye laverite sou manti a, epi laverite a kraze manti a nèt, epi menm kote a manti a disparèt...". [Al-Anbiya: 18].
Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَلَا يَأۡتُونَكَ بِمَثَلٍ إِلَّا جِئۡنَٰكَ بِٱلۡحَقِّ وَأَحۡسَنَ تَفۡسِيرًا33﴾
"Yo pap janm vin kote ou ak okenn egzanp (oswa agiman) san nou pa pote laverite ba ou ansanm ak pi bon esplikasyon an". [Al-Furqan: 33].
Kanta pou moun ki opoze ak patizan tradisyon yo nan sa yo kwè konsènan non ak kalite Allah yo, moun sa yo tonbe san manke nan kontredi prèv ki soti nan tèks relijye yo ak prèv ki baze sou lojik; ansanm ak yon pakèt kontradiksyon klè nan tout sa yap konfime oswa yap nye. Al-Hafidh Ibn Kathir, ke Allah fèl mizèrikòd, te mansyone nan tafsir selèb li a yon bèl pawòl sou sijè sa a, e sa se nan komantè li sou pawòl Allah, Sila ki Pwisan e Majestye a:
﴿إِنَّ رَبَّكُمُ ٱللَّهُ ٱلَّذِي خَلَقَ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَ فِي سِتَّةِ أَيَّامٖ ثُمَّ ٱسۡتَوَىٰ عَلَى ٱلۡعَرۡشِ...﴾
"Anverite, Mèt nou se Allah,Li menm ki te kreye syèl la ak tè a nan 6 jouou, epi aprèsa Li te monte sou Twòn nan (Arsh)…". [Al-Araf: 54].
Epi li ta bon pou nou rapòte li isit la, paske li gen yon gwo sètitid ak anpil benefis; men sa li te di (se pou Allah gen pitye pou li), jan li te ekril la:
Moun gen anpil pawòl diferan sou sijè sa a, epi se pa kote pou nou devlope yo tout nèt; men, nan pwen sa a, nap swiv chemen gran ansyen yo: tankou Malik, Al-Awza'i, Al-Thawri, Al-Layth bin Saad, Al-Shafi'i, Ahmad bin Hanbal, Ishaq bin Rahwayh, ak lòt chèf relijye mizilman yo depi nan tan lontan rive jodi a. Chemen sa a se: kite pawòl sa yo pase jan yo te vini an san nou pa chèche konnen kijan yo ye, san nou pa fè konparezon, epi san nou pa anile yo. Sa ki parèt nan lespri moun kap fè konparezon yo se yon bagay ki pa gen rapò ak Allah paske anyen nan kreyati li yo pa sanble ak senyè toupwisan an epi...)
﴿...لَيۡسَ كَمِثۡلِهِۦ شَيۡءٞۖ وَهُوَ ٱلسَّمِيعُ ٱلۡبَصِيرُ﴾
"...Pa gen anyen ki sanble avèk li, se li menm ki tande tout bagay epi ki wè tout bagay". [Ash-Shoura: 11]. Okontrè, se jan chèf relijye yo te di sa. Pami yo gen Nuaim bin Hammad al-Khuza'i, pwofesè Al-Bukhari a, ki te di: « Moun ki konpare Allah ak kreyati li yo, li tonbe nan kwayans ki pa sa, epi moun ki nye kalite Allah te bay tèt li yo, li tonbe nan kwayans ki pa sa tou.»10 Epi nan sa Allah te sèvi pou li dekri pwòp tèt li oswa sa Mesaje li a te sèvi, pa gen okenn konparezon ak kreyati yo. Konsa, nenpòt moun ki konfime pou Allah Toupwisan an sa ki te rapòte nan vèsè ki klè yo ak nan enfòmasyon ki fyab yo, yon fason ki diy pou grandè Allah, epi ki nye tout defo pou senyè toupwisan an, moun sa a swiv chemen gidans lan.
Se la pawòl Ibn Kathir la fini (se pou Allah gen pitye pou li).11
Epi nan lafwa nan Allah a, genyen tou: kwayans ke lafwa se pawòl ak aksyon, li ogmante lè yon moun obeyi Allah epi li diminye lè li fè peche. Epitou, nou pa gen dwa deklare yon mizilman kòm moun ki pa kwayan poutèt peche li fè, depi peche sa yo pa rive nan nivo bay Allah asosye (shirk) oswa pèdi lafwa nèt (kufr); tankou nan ka moun ki fè adiltè, vòlè, manje enterè (riba), bwè alkòl, derespekte manman ak papa, ak lòt gwo peche ankò, toutotan moun nan pa di peche sa yo otorize. Sa a baze sou pawòl senyè toupwisan an ki di:
﴿إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَغۡفِرُ أَن يُشۡرَكَ بِهِۦ وَيَغۡفِرُ مَا دُونَ ذَٰلِكَ لِمَن يَشَآءُ...﴾
"Anverite, Allah pa padone pou yo ba li asosye, men li padone sa ki mwens pase sa pou moun Li vle...". [An-Nisa: 48]. Epi jan sa te konfime nan pawòl Mesaje Mèt linivèa (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) yo rapòte anpil fwa, pami yo genyen: pawòl li a kote li te di:
«إِنَّ اللهَ يُخْرِجُ مِنَ النَّارِ مَنْ كَانَ فِي قَلْبِهِ مِثْقَالُ حَبَّةٍ مِنْ خَرْدَلٍ مِنْ إِيْمَانٍ».
Anverite, Allah ap fè nenpòt moun ki te gen yon ti lafwa nan kè li ki peze menm jan ak yon ti grenn moutad soti nan dife lanfè a.12
Dezyèm Prensip: Lafwa nan zanj yo,
Epi li gen ladanl 2 bagay: Premye pwen an: Se pou nou kwè nan zanj yo an jeneral; sa vle di pou nou kwè Allah gen zanj Li kreye pou obeyil epi li dekri yo kòm:
﴿وَقَالُواْ ٱتَّخَذَ ٱلرَّحۡمَٰنُ وَلَدٗاۗ سُبۡحَٰنَهُۥۚ بَلۡ عِبَادٞ مُّكۡرَمُونَ 26 لَا يَسۡبِقُونَهُۥ بِٱلۡقَوۡلِ وَهُم بِأَمۡرِهِۦ يَعۡمَلُونَ27 يَعۡلَمُ مَا بَيۡنَ أَيۡدِيهِمۡ وَمَا خَلۡفَهُمۡ وَلَا يَشۡفَعُونَ إِلَّا لِمَنِ ٱرۡتَضَىٰ وَهُم مِّنۡ خَشۡيَتِهِۦ مُشۡفِقُونَ28﴾
"26: Yo di: "Allah ki gen tout krentif la gen pitit." Non, se pa sa ditou, Allah sen! Okontrè, (zanj yo) se sèvitè Li onore anpil.»
27: Yo pa janm pran devan li nan pawòl, epi yap aji sèlman daprè lòd li ba yo
28: Li konnen sa ki devan yo ak sa ki dèyè yo, yo pa ka lapriyè pou pèsonn (pou mande padon) sof pou moun li dakò, epi yap tranble tèlman yo gen krentif pou Li". [Al-Anbiya: 26-28].
Epi gen anpil kalite zanj; gen ladan yo ki responsab pou pote Twòn nan (Arsh), genyen ki se gad kap veye Paradi a ak Lanfè a, epi genyen tou ki responsab pou anrejistre tout aksyon sèvitè Allah yo ap fè. Dezyèm pwen an: Se kwè nan zanj yo yon fason ki detaye; sa vle di, fòk nou kwè nan sa yo menm Allah ak Mesaje li a te site non yo; tankou Jibril, ki responsab pou revelasyon an, ak Mikaïl, ki responsab pou lapli, ak Malik, gadyen lanfè a. Epi Israfil, ki responsab pou soufle nan twonpèt la. Jan yo mansyone yo nan Hadith ki otantik, pami yo: sa ki soti nan yon sous ki sèten (Sahih) bò kote Aïcha (ke Allah satisfè avèk li) ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«خُلِقَتِ الـمَلَائِكَةُ مِن نُورٍ، وَخُلِقَ الجَانُّ مِنْ مَارِجٍ مِنْ نَارٍ، وَخُلِقَ آدَمُ مِمَّا وُصِفَ لَكُم».
Zanj yo te kreye ak limyè, djinn yo te kreye ak yon flanm dife ki san lafimen, epi Adan te kreye ak sa yo te dejan dekri pou nou an.13 Mouslim rapòtel nan Sahîh li a.
Twazyèm pwen fondamantal la: Kwè nan Liv yo. Pwen sa a gen 2 eleman ladan li tou:
Premye pwen an: Se pou nou gen lafwa nan Liv yo an jeneral; sa vle di pou nou kwè Allah te voye liv desann bay pwofèt li yo ak mesaje li yo, pou fè konnen dwa li genyen epi pou envite moun vin jwenn li, jan senyè toupwisan an te di:
﴿لَقَدۡ أَرۡسَلۡنَا رُسُلَنَا بِٱلۡبَيِّنَٰتِ وَأَنزَلۡنَا مَعَهُمُ ٱلۡكِتَٰبَ وَٱلۡمِيزَانَ لِيَقُومَ ٱلنَّاسُ بِٱلۡقِسۡطِ...﴾
"Anverite Nou te voye Mesaje nou yo ak prèv klè, epi Nou te desann Liv la ak balans la avèk yo pou lèzòm ka tabli lajistis...". [Al-Hadid: 25]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿كَانَ ٱلنَّاسُ أُمَّةٗ وَٰحِدَةٗ فَبَعَثَ ٱللَّهُ ٱلنَّبِيِّـۧنَ مُبَشِّرِينَ وَمُنذِرِينَ وَأَنزَلَ مَعَهُمُ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ لِيَحۡكُمَ بَيۡنَ ٱلنَّاسِ فِيمَا ٱخۡتَلَفُواْ فِيهِ...﴾
"Lèzòm te yon sèl kominote, epi Allah te voye Pwofèt yo pou pote bon nouvèl e pou bay avètisman, epi li te fè desann Liv la avèk yo, avèk la verite, pou li te ka jije pami moun yo sou sa yo te an dezakò ladan li…". [Al-Baqarah: 213].
Dezyèm pwen an: Se pou nou kwè nan Liv yo yon fason ki detaye; sa vle di fòk nou kwè nan sa Allah site non yo, tankou Tora a, Levanjil la, Sòm yo, ak Koran an. Epi nou dwe kwè ke Koran an se pi bon nan tout Liv sa yo, se li ki dènye a, li gen otorite sou yo, epi li konfime yo. Se li menm tout kominote a dwe swiv epi itilize kòm jijman; ansanm ak sa ki otantik nan Sounnah Pwofèt Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li). Paske Allah te voye mesaje li a, Muhammad (lapè ak benediksyon Allah sou li), kòm yon mesaje pou tout moun ak tout djin, epi Li te desann Koran sa a pou li pou l te ka sèvi avè l pou jije pami yo. Epi Li fè l tounen yon gerizon pou sa ki nan kè yo, yon eksplikasyon pou tout bagay, ak yon gidans epi yon mizèrikòd pou kwayan yo, jan Allah ki gen tout pouvwa a di:
﴿وَهَٰذَا كِتَٰبٌ أَنزَلۡنَٰهُ مُبَارَكٞ فَٱتَّبِعُوهُ وَٱتَّقُواْ لَعَلَّكُمۡ تُرۡحَمُونَ155﴾
"Epi liv sa a (Koran an), nou voyel desann avèk benediksyon; se pou nou swiv li epi gen krentif pou Allah, konsa nap jwenn mizèrikòd". [Al-An'am: 155]. Men sa mèt linivèa di:
﴿...وَنَزَّلۡنَا عَلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ تِبۡيَٰنٗا لِّكُلِّ شَيۡءٖ وَهُدٗى وَرَحۡمَةٗ وَبُشۡرَىٰ لِلۡمُسۡلِمِينَ﴾
"Epi Nou te desann Liv la sou ou kòm yon eksplikasyon pou tout bagay, yon gid, yon mizèrikòd, ak yon bon nouvèl pou Mizilman yo". [An-Nahl: 89]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿قُلۡ يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ إِنِّي رَسُولُ ٱللَّهِ إِلَيۡكُمۡ جَمِيعًا ٱلَّذِي لَهُۥ مُلۡكُ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِۖ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ يُحۡيِۦ وَيُمِيتُۖ فَـَٔامِنُواْ بِٱللَّهِ وَرَسُولِهِ ٱلنَّبِيِّ ٱلۡأُمِّيِّ ٱلَّذِي يُؤۡمِنُ بِٱللَّهِ وَكَلِمَٰتِهِۦ وَٱتَّبِعُوهُ لَعَلَّكُمۡ تَهۡتَدُونَ158﴾
"Di: "O nou menm lèzòm! Anverite, mwen se Mesaje Allah voye pou nou tout; Li menm ki mèt syèl yo ak tè a. Pa gen lòt dye ki merite adorasyon sof li menm; se li ki bay lavi epi ki bay lanmò. Kidonk, se pou nou gen lafwa nan li ak nan Mesaje li a, Pwofèt ki pa te konn li ni ekri a, li menm ki gen lafwa nan Allah ak nan pawòl li yo; se pou nou swiv li, konsa na jwenn bon chemen an." [Al-A’raf:158]. E vèsè yo ki nan sans sa a anpil.
Katriyèm pwen fondamantal: Lafwa nan Mesaje yo
Sa gen ladan li 2 pwen enpòtan tou: Premye pwen an: Se pou nou gen lafwa nan Mesaje yo an jeneral; sa vle di pou nou kwè senyè toupwisan an te voye mesaje bay sèvitè li yo kòm moun kap anonse bòn nouvèl epi kap bay avètisman, epi kap envite moun nan Laverite. Konsa, moun ki reponn apèl yo a ap jwenn siksè ak bonè, men moun ki dezobeyi yo ap fini nan desepsyon ak regrèt. Dènye nan yo, ki se pi bon nan yo tout, se pwofèt nou an Muhammad pitit gason Abdullah (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè), jan Allah toupwisan an te di:
﴿وَلَقَدۡ بَعَثۡنَا فِي كُلِّ أُمَّةٖ رَّسُولًا أَنِ ٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ وَٱجۡتَنِبُواْ ٱلطَّٰغُوتَ...﴾
"Anverite nou te voye yon Mesaje nan chak nasyon pou di: Adore Allah epi evite fo divinite a". Sourat An-Nahl (vèsè 36) Men sa senyè toupwisan an di:
﴿رُّسُلٗا مُّبَشِّرِينَ وَمُنذِرِينَ لِئَلَّا يَكُونَ لِلنَّاسِ عَلَى ٱللَّهِ حُجَّةُۢ بَعۡدَ ٱلرُّسُلِ...﴾
"Mesaje ki pote bon nouvèl epi ki bay avètisman, pou lèzòm pa gen okenn agiman kont Allah aprè Mesaje yo...". [An-Nisa: 165]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿مَّا كَانَ مُحَمَّدٌ أَبَآ أَحَدٖ مِّن رِّجَالِكُمۡ وَلَٰكِن رَّسُولَ ٱللَّهِ وَخَاتَمَ ٱلنَّبِيِّـۧنَ...﴾
"Muhammad pa papa okenn nan gason nan mitan nou, okontrè, li se Mesaje Allah ak Sila a ki fèmen chèn pwofèt yo...". [Al-Ahzab: 40].
Dezyèm pwen an: Se pou nou gen lafwa nan Mesaje yo yon fason detaye; sa vle di pou nou kwè nan yon fason presi nan chak moun Allah te site non yo, oswa sa ki te konfime nan pawòl Mesaje a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè); tankou Noe, Oud, Salè, Abraram ak lòt yo ankò. Se pou benediksyon ak lapè Allah poze sou yo, sou fanmi yo ak sou tout moun kap swiv yo.
Senkyèm pwen fondamantal: Lafwa nan Jou Rezireksyon an (Jou Dènye a)
Epi li gen ladanl:
Kwè nan tout sa Allah ak Mesaje li a (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te fè konnen konsènan sa kap genyen apre lanmò; tankou eprèv ki gen nan tonbo a, chatiman ak plezi ki ladanl, ansanm ak sa kap genyen nan Jou Jijman an tankou gwo latwoublay ak difikilte, Pon an (As-Sirat), Balans lan, Jijman an, Rekonpans lan, epi distribisyon rejis zèv yo bay moun yo. Konsa, ap gen moun kap resevwa liv li a nan men dwat li, gen moun kap resevwa li nan men goch li, oubyen pa dèyè do li.
Sa gen ladan li tou : Lafwa nan basen kote moun pral bwè a (al-Hawd) ki rezève pou pwofèt nou an Muhammad (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè), lafwa nan Paradi ak nan Lanfè, lafwa nan lefèt ke kwayan yo pral wè Mèt yo (senyè toupwisan an), epi Li pral pale ak yo. Sa gen ladan li tou tout lòt bagay ki te vini nan Koran an ak nan Tradisyon ki korèk (Sunna) ki soti nan Mesaje Allah a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè). Kidonk, li obligatwa pou sèvitè a gen lafwa nan tout sa nèt, epi pou li kwè nan yo jan Allah ak Mesaje Li a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) te esplike sa
Sizyèm pwen fondamantal: Lafwa nan Dekrè Divin an (Desten an)
Epi Lafwa gen ladanl 4 pwen:
Premye pwen an se: Kwè ke Allah -ki anwo nan syèl la- te deja konnen sa ki te pase ak sa ki pral rive, epi li konnen kondisyon sèvitè li yo, pwovizyon yo, moman lanmò yo, zèv yo, ak tout lòt zafè ki konsène yo. Konsa, pa gen anyen nan tout bagay sa yo ki kache pou Li, menm jan Li menm te di sa:
﴿...وَٱعۡلَمُوٓاْ أَنَّ ٱللَّهَ بِكُلِّ شَيۡءٍ عَلِيمٞ﴾
"...epi se pou nou konnen ak sètitid ke Allah gen konesans sou tout bagay nèt". [Al-Baqarah: 231]. Men sa Sila a ki gen pouvwa ak majeste a di:
﴿...لِتَعۡلَمُوٓاْ أَنَّ ٱللَّهَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ قَدِيرٞ وَأَنَّ ٱللَّهَ قَدۡ أَحَاطَ بِكُلِّ شَيۡءٍ عِلۡمَۢا﴾
"...pou nou ka konnen ke Allah gen pouvwa sou tout bagay, epi ke Li anvlòpe tout bagay ak konesans li". [At-Talaq: 12]
Dezyèm pwen an: Se pou nou kwè ke Allah te deja ekri tout sa li te planifye ak dekrete; jan Allah ki sen anpil la epi ki gen tout pouvwa a di sa:
﴿قَدۡ عَلِمۡنَا مَا تَنقُصُ ٱلۡأَرۡضُ مِنۡهُمۡۖ وَعِندَنَا كِتَٰبٌ حَفِيظُۢ 4﴾
"Nou konnen egzakteman sa tè a ap diminye nan kò yo (apre lanmò yo), epi nou posede yon Liv ki konsève tout detay nèt". [Qaf: 4]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿...وَكُلَّ شَيۡءٍ أَحۡصَيۡنَٰهُ فِيٓ إِمَامٖ مُّبِينٖ﴾
"Epi tout bagay, nou anrejistre yo nan yon liv ki klè (yon rejis prensipal)". [Yasin: 12]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿أَلَمۡ تَعۡلَمۡ أَنَّ ٱللَّهَ يَعۡلَمُ مَا فِي ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِۚ إِنَّ ذَٰلِكَ فِي كِتَٰبٍۚ إِنَّ ذَٰلِكَ عَلَى ٱللَّهِ يَسِيرٞ70﴾
"Èske w pa konnen ke Allah konnen tout sa ki nan syèl la ak sou tè a? Anverite, tout bagay sa yo anrejistre nan yon Liv. Anverite, sa se yon bagay ki fasil pou Allah". [Al-Hadj: 70].
Twazyèm pwen an: Kwè nan volonte Allah Granmèt la ki toujou reyalize; paske sa Li vle a fèt, epi sa Li pa vle a pa fèt, jan Allah ki sen anpil e ki Granmèt la di sa:
﴿...إِنَّ ٱللَّهَ يَفۡعَلُ مَا يَشَآءُ﴾
"Anverite, Allah fè sa li vle". [Al-Hadj: 18]. Men sa Sila a ki gen pouvwa ak majeste a di:
﴿إِنَّمَآ أَمۡرُهُۥٓ إِذَآ أَرَادَ شَيۡـًٔا أَن يَقُولَ لَهُۥ كُن فَيَكُونُ82﴾
"Anverite, dekrè Li a, lè Li deside yon chwa, se sèlman pou Li di li: "Swa", epi li vin egziste imedyatman". [Yasin: 82]. Men sa Sila a ki sen anpil la di:
﴿وَمَا تَشَآءُونَ إِلَّآ أَن يَشَآءَ ٱللَّهُ رَبُّ ٱلۡعَٰلَمِينَ29﴾
"Epi volonte nou pa ka akonpli anyen, amwenske se volonte Allah Senyè ki kòmande tout lemond lan". [At-Takwir: 29]
Katriyèm pwen an: Kwè ke se Allah ki kreye tout sa ki egziste; pa gen kreyatè sof Li, e pa gen mèt andeyò li janl te di sa a:
﴿ٱللَّهُ خَٰلِقُ كُلِّ شَيۡءٖۖ وَهُوَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ وَكِيلٞ62﴾
"Allah se kreyatè tout bagay, epi se li menm ki gadyen sou tout bagay". [Az-Zoumar:62]. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ ٱذۡكُرُواْ نِعۡمَتَ ٱللَّهِ عَلَيۡكُمۡۚ هَلۡ مِنۡ خَٰلِقٍ غَيۡرُ ٱللَّهِ يَرۡزُقُكُم مِّنَ ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِۚ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَۖ فَأَنَّىٰ تُؤۡفَكُونَ3﴾
"O nou menm lèzòm! Chonje byenfavè Allah fè nou. Èske gen yon lòt kreyatè après li ki ka ban nou pwovizyon ki soti nan syèl la ak nan tè a? Pa gen okenn divinite ki merite adorasyon sof Li menm. Kòman fè nou kite yo detounen nou konsa?"
[Fatir: 3].
Lafwa nan dekrè divin an (desten an) anglobe 4 fondman sa yo nèt, jan sa defini nan doktrin patizan tradisyon pwofèt la ak inite kominote a (Ahl al-Sunna wa al-Jama'a); sa ki opoze ak moun ki nan inovasyon ki rejte kèk nan prensip sa yo.
Youn nan pwen enpòtan yo nan kwayans ki kòrèk la (Aqidah), jan moun ki swiv tradisyon pwofèt la ak inite kominote a (Ahl al-Sunna) kwè nan sa, se: renmen pou Allah epi rayi pou Allah ,bay sipò pou Allah epi pran distans pou Allah. Sa a se sa yo rele: doktrin alyans ak dezentegrasyon (Al-Wala' wa al-Bara'), epi sa fè pati lafwa nan Allah toupwisan an.
Konsa, moun ki gen lafwa a renmen moun ki gen lafwa parèy li yo epi li kanpe avèk yo, men li pa renmen moun ki refize kwè yo epi li konsidere yo kòm lènmi. Epi, nan tèt moun ki gen lafwa yo nan kominote sa a, se konpayon Pwofèt Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ki ye —jan sa etabli bò kote Ahlou Sounnah Wal Jama'a—; konsa, yo renmen yo epi yo kanpe bò kote yo, epi yo kwè se yo menm ki pi bon moun ki genyen apre pwofèt yo, dapre pawòl Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li):
«خَيْرُ القُرُونِ قَرْنِي ثُمَّ الَّذِينَ يَلُونَهُمْ ثُمَّ الَّذِينَ يَلُونَهُم».
Pi bon jenerasyon pami lèzòm yo, se jenerasyon pam nan, aprè sa, sa kap vin apre yo a, epi apre sa, sa kap vin apre yo a tou.14 Tout moun tonbe dakò sou verite li,
Yo kwè ke pi bon pami yo se: Abou Bakr As-Siddiq, apre sa Omar Al-Farouq, apre sa Ousman Dhou An-Nourain, epi Ali Al-Mourtada (se pou Allah kontan ak yo tout); apre yo se rès 10 yo, epi apre sa, rès Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo tout). Yo pa antre nan diskisyon sou dezakò ki te genyen ant yo — sa vle di: Konpayon yo —, epi yo kwè ke nan sa, yo te fè efò pou jwenn sa ki kòrèk: moun ki te gen rezon an gen de rekonpans, epi moun ki te fè erè a gen yon sèl rekonpans.
Yo renmen manm fanmi Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te kwè nan li yo, epi yo gen lwayote pou yo. Yo gen lwayote tou pou madanm Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li), manman kwayan yo, epi yo mande pou Allah kontan ak yo tout. Epi yo pran distans yo nèt ak fason moun sa yo yo rele Rawafid yo aji, yo menm ki rayi konpayon Mesaje Allah a (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) epi ki joure yo, epi ki tonbe nan egzajerasyon konsènan fanmi Pwofèt la (Ahl al-Bayt) lè yo mete yo nan yon pozisyon ki pi wo pase nivo senyè toupwisan an te ba yo a. Menm jan tou, yo pran distans yo ak fason moun yo rele Nawasib yo aji, yo menm kap fè fanmi Pwofèt la mal nan pawòl oswa nan aksyon yo fè
Sa mwen sot site la a: tout nèt antre nan kad doktrin otantik (Aqidah) Allah te voye avèk Mesaje Li a, Muhammad (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè). Se doktrin sa a li obligatwa pou yon moun kwè ladan li, pou li kenbel fèm, pou li rete dwat sou li, epi pou li pran prekosyon kont tout sa ki kontrè avèl. Se doktrin sa a ki pou gwoup kap sove a, ki se patizan tradisyon pwofèt la ak inite kominote a (Ahl al-Sunna wa al-Jama'a), sa Pwofèt la (se pou Allah ba li benediksyon ak lapè) te pale de li a lè li te di:
«لَا تَـزَالُ طَائِفَةٌ مِنْ أُمَّتِي ظَاهِرِينَ عَلَى الحَقِّ، لَا يَضُرُّهُمْ مَنْ خَذَلَهُمْ، حَتَّى يَأْتِيَ أَمْرُ اللهِ وَهُمْ كَذَلِكَ».
«Ap toujou gen yon gwoup nan Kominotem nan ki ap kanpe fèm sou laverite, moun ki abandone yo pap ka fè yo ditò, jiskaske lòd Allah la vini e yo ap toujou konsa»15, E nan yon vèsyon:
«لَا تَزَالُ طَائِفَةٌ مِنْ أُمَّتِي عَلَى الحَقِّ مَنْصُورَةٌ».
«Ap toujou genyen yon gwoup nan Oummah mwen an ki rete fèm sou laverite, e kap gen viktwa»16, Epi li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«افْتَرَقَتِ اليَهُودُ عَلَى إِحْدَى وَسَبْعِينَ فِرْقَةً، وَافْتَرَقَتِ النَّصَارَى عَلَى اثْنَتَيْنِ وَسَبْعِينَ فِرْقَةً، وَسَتَفْتَرِقُ هَذِهِ الأُمَّةُ عَلَى ثَلَاثِ وَسَبْعِينَ فِرْقَةً كُلُّهَا فِي النَّارِ إِلَّا وَاحِدَةً فَقَالَ الصَّحَابَةُ: مَنْ هِيَ يَا رَسُولَ اللهِ؟ قَالَ: مَنْ كَانَ عَلَى مِثْلِ مَا أَنَا عَلَيْهِ وَأَصْحَابِي».
«Jwif yo te divize an 71 gwoup, kretyen yo te divize an 72 gwoup, epi Kominote sa a pral divize an 73 gwoup, yo tout ap nan Dife a sof yon sèl.» Epi, Konpayon yo te mande: «Kiyès li ye, O Mesaje Allah?» Li di: «Se moun ki sou menm chemen mwen menm ak Konpayon mwen yo sou li a.»17
Kwayans yo ki opoze ak Kwayans otantik la
Moun ki detounen lwen doktrin sa a epi kap swiv chemen ki opoze avè li yo se plizyè kategori; pami yo nou jwenn: moun kap adore zidòl, estati, zanj, moun yo konsidere kòm sen (Ouliya), jeni (Jin), pyebwa, wòch, ak lòt bagay ankò. Moun sa yo pat aksepte envitasyon pwofèt yo, okontrè yo te pito opoze yo epi kenbe tèt ak yo, menm jan Kouraych ak divès kalite tribi Arab yo te fè ak Pwofèt nou an Mouhammad. Yo te konn mande fo dye yo pou yo satisfè bezwen yo, pou geri moun ki malad yo, epi pou ba yo viktwa sou lènmi yo. Yo te konn touye bèt pou yo epi yo te konn fè ve pou yo. Lè Pwofèt la te denonse tout bagay sa yo, epi li te ba yo lòd pou yo dedye tout adorasyon yo pou Allah sèlman, yo te twouve sa etranj epi yo te rejtel, epi yo di :
﴿أَجَعَلَ ٱلۡأٓلِهَةَ إِلَٰهٗا وَٰحِدًاۖ إِنَّ هَٰذَا لَشَيۡءٌ عُجَابٞ5﴾
"Èske li redwi tout divinite yo a yon sèl Divinite inik? Sètènman, sa a se yon bagay ki estrawòdinè (ak dekouraje)!" [Sad: 5].
Pwofèt la (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te kontinye envite yo vin jwenn Allah, li te avèti yo kont zak bay Allah asosye a, epi li te esplike yo vrè sans mesaj li a; jiskaske Allah te gide moun li te vle gide pami yo. Aprè sa, yo te antre an foul nan relijyon Allah a. Konsa, relijyon Allah a te vin triyonfe sou tout lòt relijyon yo aprè yon predikasyon san rete ak yon lit ki te long bò kote Pwofèt Allah a (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li), konpayon li yo, se pou Allah kontan avèk yo, ak tout moun ki te swiv yo nan fè sa ki byen. Aprè sa, kondisyon yo te vin chanje, epi inyorans te gaye pami pifò moun; konsa, pifò ladan yo te retounen nan relijyon epòk inyorans lan, nan bay pwofèt yo ak moun ki sen yo twòp enpòtans, nan priye yo epi chèche sekou nan men yo, ansanm ak lòt kalite aksyon kote yo bay Allah yon asosye. Yo pa te konprann siyifikasyon pawòl sa a: « Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah »; menm jan moun Arab ki pa te kwè yo te konnen sans li a. Se nan men Allah nou mande sekou.
Epi, Shirk sa a pa janm sispann gaye nan mitan moun yo jiska jodi a; sa se poutèt inyorans ki vin domine, epi tou paske nou vin twò lwen epòk Pwofesi a.
Agiman mansonjè oswa dout (shubha) kontanporen sa yo idantik ak sa zansèt yo te genyen, e sa baze sou deklarasyon sa a:
﴿...هَٰٓؤُلَآءِ شُفَعَٰٓؤُنَا عِندَ ٱللَّهِ...﴾
"Sa yo se entèsesè nou yo devan Allah". [Yunus: 18], Epi yo di Ankò :
﴿...مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ...﴾
"...nou pa adore yo, se sèlman pou yo ka rapwoche nou pi pre Allah...". [Az-Zoumar: 3] Epi, Allah anile dout sa a, epi li montre klèman ke kèlkeswa moun ki adore yon lòt andeyò li, li gentan fè asosyasyon avèk li epi li pa yon kwayan, menm jan Granmèt la di sa:
﴿وَيَعۡبُدُونَ مِن دُونِ ٱللَّهِ مَا لَا يَضُرُّهُمۡ وَلَا يَنفَعُهُمۡ وَيَقُولُونَ هَٰٓؤُلَآءِ شُفَعَٰٓؤُنَا عِندَ ٱللَّهِ...﴾
"Yo dedye adorasyon yo, an deyò Allah,a kreyati ki pa posede okenn pouvwa pou nwizib ni pou itil yo, tout pandan yap deklare: "Sa yo se entèsesè nou yo devan Allah...". [Yunus: 18]. Se konsa Allah ki sen anpil la reponn yo ak pawòl sa a:
﴿...قُلۡ أَتُنَبِّـُٔونَ ٱللَّهَ بِمَا لَا يَعۡلَمُ فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَلَا فِي ٱلۡأَرۡضِۚ سُبۡحَٰنَهُۥ وَتَعَٰلَىٰ عَمَّا يُشۡرِكُونَ﴾
"Di: «Èske nap enfòme Allah de sa li pa konnen nan syèl la ni sou tè a? Glwa pou li! Li elve anpil anwo tout sa yap asosye avè l yo". [Yunus: 18].
Nan vèsè sa a, Trèwo a montre klè: ke lèw adore yon lòt andeyò li, tankou pwofèt yo, sen yo, oswa lòt moun, se gwo Chirk la, menm si moun kap fè sa yo relel yon lòt non. Epi Trèwo a di:
﴿...وَٱلَّذِينَ ٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ أَوۡلِيَآءَ مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ...﴾
"...e sila yo ki pran asosye (pou adore) andeyò Li, yo di: « Nou pa adore yo esepte pou yo ka fè nou vin pi pwòch bò kote Allah". [Az-Zoumar: 3]. Apre sa, Allah ki gen tout pouvwa a reponn yo ak pawòl sa a:
﴿...إِنَّ ٱللَّهَ يَحۡكُمُ بَيۡنَهُمۡ فِي مَا هُمۡ فِيهِ يَخۡتَلِفُونَۗ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي مَنۡ هُوَ كَٰذِبٞ كَفَّارٞ﴾
"...Anverite, Allah ap jije nan mitan yo sou sa yo te gen divèjans ladanl lan. Anverite, Allah pa gide moun ki mantè, ki refize kwè". [Az-Zoumar: 3].
Konsa, Senyè Toupwisan an fè konnen byen klè lefètke yo dedye adorasyon yo bay lòt kreyati—atravè envokasyon (Dua), krent, espwa, ak lòt pratik konsa—sa se yon zak ki pa mache ak lafwa nan li. Li montre tou ke pawòl yo a se manti, lè yo pretann divinite yo ap sèvi yo se pou fè yo pwoche pi prè Allah.
Pami kwayans ki rejè lafwa ladan yo, ki opoze ak doktrin otantik la epi ki kontrè ak mesaj tout pwofèt yo (se pou benediksyon ak lapè Allah sou yo), nou jwenn: sa moun ki ate nan epòk sa a kwè, moun sa yo ki se patizan Marx, Lénine, ak lòt moun ankò kap fè pwomosyon pou ateyis , Keselkeswa si yo rele sa Sosyalism, Kominis, Baasism, oswa nenpòt lòt non, youn nan prensip fondamantal moun sa yo se: "Pa gen Allah, epi lavi a se sèlman matyè."
Pami prensip de baz yo, se: refize kwè nan rezirèksyon an, nan Paradi ak nan lanfè, epi rejte tout relijyon yo. Moun ki gade nan liv yo epi ki etidye sa yo kwè a, ap konnen sa ak tout sètitid. Pa gen okenn dout, kwayans sa a ale kont tout relijyon ki soti nan syèl la, epi lap mennen patizan li yo nan pi move konsekans yo, kit se sou tè sa a, kit se nan lavi aprè a.
Pami kwayans sa yo ki kont verite a, gen sa kèk nan Soufi yo kwè, kote yo di ke gen kèk moun yo rele "sen" ki pataje jesyon tout bagay ak Allah, epi yo menm jere zafè mond lan. Yo rele yo Poto, Pilye, ak Sekou, ak yon seri lòt non yo envante pou fo dye pa yo. Sa se bay Allah yon asosye nan dwa li genyen poul jere tout bagay la, epi se youn nan pi lèd fòm ki genyen pou bay Allah yon asosye.
Epi moun ki analize Chirk moun ki te la anvan yo nan epòk Jâhiliyyah, epi ki konpare li ak Chirk ki gaye pami moun ki vini aprè yo; lap wè ke Chirk moun ki vini aprè yo a pi grav epi pi mal. Men esplikasyon pou sa jan sa swiv la: Arab ki pat kwayan yo nan epòk Jahilya a te gen 2 bagay ki te karakterize yo: Premye pwen an se: yo pa te konn ba li okenn asosye nan souverènte li, men se pito nan adorasyon yo te konn ba li asosye; paske yo te konn admèt Allah inik— ki gen tout pouvwa ak tout glwa — sèlman, jan Allah — ki anwo nan syèl la — di sa:
﴿وَلَئِن سَأَلۡتَهُم مَّنۡ خَلَقَهُمۡ لَيَقُولُنَّ ٱللَّهُ...﴾
"Si ou ta poze yo kesyon pou konnen kilès ki kreyatè yo, san okenn dout yap deklare: "Se Allah"". [Az-Zukhruf: 87]. Men sa Allah di tou:
﴿قُلۡ مَن يَرۡزُقُكُم مِّنَ ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِ أَمَّن يَمۡلِكُ ٱلسَّمۡعَ وَٱلۡأَبۡصَٰرَ وَمَن يُخۡرِجُ ٱلۡحَيَّ مِنَ ٱلۡمَيِّتِ وَيُخۡرِجُ ٱلۡمَيِّتَ مِنَ ٱلۡحَيِّ وَمَن يُدَبِّرُ ٱلۡأَمۡرَۚ فَسَيَقُولُونَ ٱللَّهُۚ فَقُلۡ أَفَلَا تَتَّقُونَ31﴾
"Di: «Kilès ki founi nou rezèv nou ki soti nan syèl la ak sou tè a? Kilès ki mèt tande nou ak zye nou? Kilès ki fè sa ki vivan soti nan sa ki mouri, epitou ki fè sa ki mouri soti nan sa ki vivan? Epi, kilès ki jere tout bagay?» San ezite, yap di: «Se Allah.» Lè sa a, di: «Ebyen, poukisa nou pa gen krentif pou Li?»". [Yunus: 31]. Epi, gen anpil anpil vèsè nan menm sans lan.
Dezyèm pwen an: asosyasyon yo te konn fè nan adorasyon an pat fèt toutan, men se sèlman nan moman yo te alèz sa te konn rive. Men, nan moman difikilte, yo te konn adore Allah sèlman, menm jan Allah (ki gen tout glwa pou li a) di a:
﴿فَإِذَا رَكِبُواْ فِي ٱلۡفُلۡكِ دَعَوُاْ ٱللَّهَ مُخۡلِصِينَ لَهُ ٱلدِّينَ فَلَمَّا نَجَّىٰهُمۡ إِلَى ٱلۡبَرِّ إِذَا هُمۡ يُشۡرِكُونَ65﴾
"Konsa, lè yo anbake sou bato yo, yo adrese priyè yo bay Allah sèlman, yo ofril li yon devosyon san pataje; men osito ke li delivre yo an sekirite sou rivaj la, yo rekòmanse bay lòt kreyati menm enpòtans ak Li (Shirk)". [Aranyen: 65].
Kanta pou Mouchrikoun ki te vini aprè yo, yo te fè plis pase premye yo nan 2 fason: Premye pwen an: Gen nan yo ki tonbe nan bay Allah asosye nan sa ki gen rapò ak kreyasyon ak jesyon linivè a (Ar-Rububiyyah). Dezyèm pwen an: se lè yo asosye lòt bagay ak Allah, kit yo nan bon tan, kit yo nan move tan. Sa parèt klè pou nenpòt moun ki viv pami yo e ki egzamine fason yo aji, lè yo wè sa yap fè bò tonbo Hussein, Bedawi ak lòt ankò an Ejip; bò tonbo Aydarus nan Aden; Hadi nan Yemenn; Ibn Arabi nan peyi Siri; ak Cheikh Abdul Qadir al-Jilani an Irak; ansanm ak lòt tonbo selèb kote pèp la tonbe nan egzajerasyon. Yo ofri kote sa yo anpil nan adorasyon ki se dwa Allah sèl. Epi se yon tikras moun sèlman ki denonse sa, epi ki esplike yo vrè sans lafwa nan yon sèl Bondye a; se prensip sa a menm Allah te voye pwofèt li a, Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ansanm ak tout Mounvwaye ki te vini anvan l yo (ke lapè ak benediksyon Allah sou yo tout) preche. Se pou Allah nou ye, e se jwenn li nou gen pou n retounen.
Pami kwayans ki kontrè ak kwayans ki kòrèk la konsènan non ak kalite Allah yo, genyen kwayans moun ki vini ak inovasyon nan relijyon an, tankou Jahmiyyah yo ak Mu'tazilah yo, epitou tout moun ki swiv menm chemen avèk yo. Moun sa yo nye kalite Allah yo, ki gen tout pouvwa a, yo anile tout kalite pafè yo mansyone pou Allah, glwa pou li, epi yo dekri li, ki gen tout pouvwa a, ak kalite bagay ki pa egziste, bagay ki san vi, ak bagay ki enposib. Allah elve, e li pi wo lontan pase tout pawòl sa yo.
Sa gen ladanl tou: moun ki nye kèk nan atribi yo epi ki afime kèk lòt; se menm jan ak kwayans gwoup Ach'ari a. Gwoup sa a, pou atribi yo afime yo, yo oblije fè fas ak menm agiman yo tap eseye evite a konsènan atribi yo te nye yo, epi yo bay prèv yo yon move entèpretasyon. Lè yo fè sa, yo ale ni kont prèv ki soti nan revelasyon an, ni kont prèv lojik (rasyonèl) yo, epi yo tonbe nan yon kontradiksyon ki evidan.
Kanta pou Moun Sounnah ak Kominote a: yo te afime pou Allah, glwa pou li, tout sa li te afime pou tèt pa li, oswa sa Mesaje li a, Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.), te afime pou li pami non li yo ak kalite li yo, nan yon fason ki pafè nèt. Epi yo deklare li pa sanble ditou ak kreyati li yo, yon deklarasyon ki pa gen okenn tras negasyon kalite li yo ladan l. Konsa, yo te aplike tout prèv yo nèt, yo pat defòme sans prèv yo, ni yo pat nye kalite li yo, epi yo te chape anba kontradiksyon lòt gwoup yo te tonbe ladanl — jan sa te esplike anvan sa —.
Epi sa a se chemen delivrans lan, ak bonè nan lavi sa a ak nan lavi kap vini an, ki se chemen dwat la menm ke premye jenerasyon Kominote sa a ak lidè li yo te swiv, e dènye yo pap ka vin bon, sof si se avèk sa ki te fè premye yo vin bon an, ki se swiv Liv la ak Sounnah la, epi abandone tout sa ki kontrè ak yo tou 2. Nap mande Allah — lwanj ak glwa pou li — pou li fè kominote Mizilman an retounen nan bonsans li, pou li miltipliye moun kap rele nan gidans yo nan mitan li, epi pou li ede dirijan li yo ak savan li yo pou yo konbat zak bay Allah asosye a, pou yo elimine li nèt, epi pou yo avèti kont tout mwayen ki mennen nan li... Anverite, li se moun ki tande tout bagay la epi li touprè nou. Epi se nan men Allah sèl siksè a soti (se Li ki bay siksè), se Li menm ki sifi pou nou e se pi bon Gadyen an, epi pa gen okenn fòs ni pouvwa si se pa gras ak Li. Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou sèvitè li ak mesaje li, Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
Prèv solid sou jijman moun ki rele lòt kreyati (oswa mande yo sekou) nan plas Allah
Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Liv sa a trete kesyon moun kap rele lòt kreyati pou mande sekou nan plas Allah. Li konfime ke lapriyè (Doua) ak demand sekou (Istighatha) dwe fèt pou Allah sèlman. Li fè konnen lè yon moun vire vè yon lòt kreyati poul adore li oswa mande li sekou, sa konsidere kòm 'Chirk' (bay Allah asosye). Liv la esplike tou kèk sitiyasyon kote gen moun ki panse yap mande sekou nan men 'Sen' (Oliya) oswa nan men Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), men aksyon sa a kontredi prensip Inite senyè toupwisan an a (Tawhid), ki se fondasyon relijyon an.
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Dezyèm Lèt la:
Konsènan desizyon lalwa sou kesyon rele Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pou mandel sekou
Tout louwanj se pou Allah, epi se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou Mesaje Allah a, sou fanmi li, sou konpayon li yo, ak sou tout moun ki swiv gidans li an
Apre sa: Jounal 'Al-Mujtama' ki nan peyi Kowet, nan nimewo 15 li ki te pibliye nan dat 19/4/1390 apre liji (Hégire), te pibliye kèk vès poyèm ki te gen pou tit: (Nan okazyon anivèsè nesans Pwofèt la). Vès sa yo te gen ladan yo rèl pou mande Pwofèt la -(ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) sekou ak lide pou chèche lavi nan menl, pou li ta vin sove nasyon an (Oumah a), pou li bal laviktwa epi wetel nan divizyon ak dezakò kote li te tonbe a. Se yon moun ki te siyen nonl Amna' ki te ekri yo. Men tèks poyèm nap pale a:
O Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), vin pote sekou bay yon mond... kap limen dife lagè epi kap boule anba gwo flanm dife sa yo.
O Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), vin pote sekou bay yon nasyon... kap mache depi byen lontan nan fènwa dout la.
O Mesaje Allah (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), vin pote sekou bay yon nasyon... ki pèdi tout vizyon li nan mitan gwo tonton chemen kwochi soufrans yo.
Jiskaske li te di:
Prese ban nou laviktwa menm jan ou te fèl prese rive... nan jou Badr la, lè ou te rele Allah pou mande li sekou
Konsa, imilyasyon an te tounen yon laviktwa ki bèl anpil... paske Allah gen lame zanj nan sèvis Li ke ou pa ka wè ak zye ou.
(Se konsa ekriven sa a ap voye rèl li epi lap mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) sekou, lap mande li pou li sove nasyon an (Oumah a) nan fè laviktwa a rive prese, li bliye — oswa li pa konnen — ke laviktwa a se nan men Allah sèlman li ye, li pa nan men Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ni nan men okenn lòt kreyati, jan Allah (ki gen tout glwa a) te di sa nan Liv Li a ki klè a:)
﴿...وَمَا النَّصْرُ إِلَّا مِنْ عِنْدِ اللَّهِ الْعَزِيزِ الْحَكِيمِ﴾
"...Laviktwa pa soti okenn lòt kote si se pa nan men Allah, Li menm ki gen tout pouvwa a, epi ki gen tout bon konprann nan". [Al Imran: 126], Men sa Senyè ki gen tout grandè a di tou:
﴿إِنْ يَنْصُرْكُمُ اللَّهُ فَلَا غَالِبَ لَكُمْ وَإِنْ يَخْذُلْكُمْ فَمَنْ ذَا الَّذِي يَنْصُرُكُمْ مِنْ بَعْدِهِ...﴾
"Si Allah ba nou laviktwa, pa gen okenn moun ki ka bat nou. Men si Li vire do ban nou, ki moun ki ka ban nou laviktwa apre sa...". [Al Imran: 160].
Aksyon sa a, ki se lapriyè (Dua) ak rèl pou mande sekou (Istighatha), se yon fason pou bay yon lòt moun yon kalite adorasyon ki ta dwe pou Allah sèlman (ki gen tout pouvwa a) Epi sa se yon bagay ki konnen nan tèks yo (Koran ak Hadit) ak nan akò tout savan yo (Ijmâ'): ke sa pa pèmèt, epi Allah — ki gen tout glwa a — te kreye kreyati yo pou yo adorel, Li te voye Mesaje yo epi Li te desann Liv yo pou esplike adorasyon sa a epi rele moun vin ladanl,jan li te di (ki gen tout glwa a):
﴿وَمَا خَلَقْتُ الْجِنَّ وَالْإِنْسَ إِلَّا لِيَعْبُدُونِ56﴾
"Mwen pat kreye Djinn yo ak moun yo pou okenn lòt rezon, esepte pou yo ka adorem sèlman". [Adh-Dhariyat: 56], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَلَقَدْ بَعَثْنَا فِي كُلِّ أُمَّةٍ رَسُولًا أَنِ اعْبُدُوا اللَّهَ وَاجْتَنِبُوا الطَّاغُوتَ...﴾
"Epi anverite, Nou te voye yon Mesaje nan chak nasyon pou di yo: 'Adore Allah sèlman, epi rete lwen Tagout (tout sa moun adore nan plas Allah). [An-Nahl: 36] Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَمَا أَرْسَلْنَا مِنْ قَبْلِكَ مِنْ رَسُولٍ إِلَّا نُوحِي إِلَيْهِ أَنَّهُ لَا إِلَهَ إِلَّا أَنَا فَاعْبُدُونِ 25﴾
"Epi Nou pa te voye okenn Mesaje anvan ou, san nou pat fè li konnen (pa mwayen revelasyon) ke: 'Pa gen lòt dye ki gen dwa adore tout bon vre si se pa Mwen menm sèl, konsa se Mwen menm sèl pou nou adore". [Al-Anbiya: 25], Men sa Senyè ki gen tout grandè a di:
﴿الر كِتَابٌ أُحْكِمَتْ آيَاتُهُ ثُمَّ فُصِّلَتْ مِنْ لَدُنْ حَكِيمٍ خَبِيرٍ1 أَلَّا تَعْبُدُوا إِلَّا اللَّهَ إِنَّنِي لَكُمْ مِنْهُ نَذِيرٌ وَبَشِيرٌ2﴾
"1: Alif, Lam, Ra. Sa a se yon Liv vèsè li yo byen fèm (yo pafè), epi apre sa yo byen esplike an detay, sa soti nan men Yon moun ki gen tout bon konprann epi ki konn tout bagay.
2: Pou nou pa adore okenn lòt moun si se pa Allah sèlman. Anverite, mwen se yon moun ki soti bò kote li poum avèti nou epi poum pote bòn nouvèl ban nou". [Hud: 1 - 2].
Konsa, Allah (ki gen tout pouvwa a) esplike aklè nan vèsè sa yo ki solid (محكمات) ke Li pat kreye 2 kalite kreyati sa yo (moun ak jinn) pou okenn lòt rezon si se pa pou yo adore Li menm sèl, san yo pa mete okenn lòt moun ansanm avèk li .Li fè konnen tou ke Li te voye Mesaje yo (se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou yo tout) pou yo bay lòd pou adorasyon sa a fèt, epi pou yo entèdi sa ki kontrè ak sa. Allah (ki gen tout fòs ak tout glwa) fè konnen li te rann vèsè nan Liv Li a solid epi Li te esplike yo an detay pou moun pa adore okenn lòt moun pase li menm sèl (ki gen tout glwa a).
Epi li se yon bagay ki konnen byen klè, adorasyon vle di: rekonèt sèl mèt Allah (Tawhid) epi obeyi li,nan swiv lòd li bay yo epi rete lwen sa li entèdi yo. Allah te bay lòd pou sa epi li te fè konnen sa nan anpil vèsè, tankou pawòl Li (ki gen tout glwa a):
﴿وَمَا أُمِرُوا إِلَّا لِيَعْبُدُوا اللَّهَ مُخْلِصِينَ لَهُ الدِّينَ حُنَفَاءَ...﴾
"Epi yo pa te resevwa okenn lòt lòd si se pa pou yo adore Allah, nan devwe tout relijyon an pou li sèlman, tankou moun kap chèche laverite san vire ni adwat ni agoch…". [Al bayyinah: 5] Epi pawòl li, Sila a ki pwisan e majestye a:
﴿وَقَضَى رَبُّكَ أَلَّا تَعْبُدُوا إِلَّا إِيَّاهُ...﴾
"Epi Mèt ou a (Allah) pase lòd pou nou pa adore pèsonn lòt si se pa li menm sèl". [Al-Isra’: 23], Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil la:
﴿إِنَّآ أَنزَلۡنَآ إِلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ فَٱعۡبُدِ ٱللَّهَ مُخۡلِصٗا لَّهُ ٱلدِّينَ2 أَلَا لِلَّهِ ٱلدِّينُ ٱلۡخَالِصُۚ وَٱلَّذِينَ ٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ أَوۡلِيَآءَ مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ إِنَّ ٱللَّهَ يَحۡكُمُ بَيۡنَهُمۡ فِي مَا هُمۡ فِيهِ يَخۡتَلِفُونَۗ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي مَنۡ هُوَ كَٰذِبٞ كَفَّارٞ3﴾
"2: Anverite, Nou desann Liv la (Koran an) ba ou avèk laverite; konsa, adore Allah nan sensèrite tout relijyon an pou Li sèlman.
3: Konnen byen, se pou Allah sèlman adorasyon ki san melanj lan ye (relijyon ki pi a). Epi moun sa yo ki pran lòt pwoteksyon (oswa lòt mèt) nan plas Li, yo di: 'Nou pa adore yo pou anyen non, se sèlman pou yo ka fè nou pwoche pi pre Allah.' Anverite, Allah ap jije nan mitan yo sou sa yo pat dakò sou li a. San dout, Allah pa dirije moun kap bay manti epi ki rejte laverite (ki nan kofrikis)". [Az-Zoumar:2-3]
Gen anpil vèsè ki nan sans sa a, epi yo tout montre obligasyon pou moun adore Allah sèlman, epi pou yo kite adorasyon tout lòt bagay apa li, kit se pwofèt yo oswa lòt moun.
Pa gen okenn dout ke Siplikasyon an se youn nan kalite adorasyon ki pi enpòtan ak sa ki pi konplè a, kidonk li obligatwa pou nou fè li pou Allah li menm sèl, jan Senyè Granmèt la di sa:
﴿فَادْعُوا اللَّهَ مُخْلِصِينَ لَهُ الدِّينَ وَلَوْ كَرِهَ الْكَافِرُونَ14﴾
"Kidonk, priye Allah, epi adore li sèl ak tout senserite nou, menm si moun ki pa kwè yo rayi sa". [Ghafir: 14], Men sa Sila a ki pwisan e majestye a di:
﴿وَأَنَّ الْمَسَاجِدَ لِلَّهِ فَلَا تَدْعُوا مَعَ اللَّهِ أَحَدًا18﴾
"Epi anverite, tout moske yo (kote yo fè prostènasyon yo) se pou Allah sèlman; konsa, piga nou janm adore pèsonn ansanm ak Allah". [Al-Jinn: 18], Epi direksyon sa a, ki mande pou nou rann Allah sèl mèt nan rèl (Dua) nap fè, konsène tout kreyati nèt, kit se Pwofèt yo oswa nenpòt lòt moun anko; epi pawòl Li (ki gen tout glwa a) di:
﴿وَلَا تَدْعُ مِنْ دُونِ اللَّهِ مَا لَا يَنْفَعُكَ وَلَا يَضُرُّكَ فَإِن فَعَلۡتَ فَإِنَّكَ إِذٗا مِّنَ ٱلظَّٰلِمِينَ106﴾
Epi piga ou adore nan plas Allah sa ki pa ka fè ou ni byen, ni mal. Paske si ou fè sa, lè sa a, anverite, ou ap fè pati de moun ki fè enjistis yo (moun ki bay Allah asosye nan adorasyon an). [Yunus: 106], Epi sa se yon pawòl ki dirije bay Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi li konnen byen klè ke Allah (ki gen tout glwa a) te pwotejel kont Chirk (bay Bondye asosye). Men, rezon ki fè yo te dil sa, se pou avèti tout lòt moun yo. Aprèsa, Allah (ki gen tout fòs ak tout glwa) te di:
﴿وَلَا تَدۡعُ مِن دُونِ ٱللَّهِ مَا لَا يَنفَعُكَ وَلَا يَضُرُّكَ فَإِنْ فَعَلْتَ فَإِنَّكَ إِذًا مِنَ الظَّالِمِينَ106﴾
"Epi pa rele (pa adore), nan plas Allah, sa ki pa ka pote okenn benefis pou ou ni ki pa ka fè ou okenn mal. Si ou fè sa, enben nan moman sa a, wap fè pati moun ki nan lenjistis yo (moun k ap fè Chirk yo)". [Yunus: 106], Epi sa se yon pawòl ki dirije bay Pwofèt la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam), epi rezon ki fè yo di sa se pou avèti tout lòt moun yo; paske li konnen byen klè ke Allah (ki gen tout glwa ak tout pouvwa) te pwoteje Mesaje li an kont Chirk (bay Allah asosye). Aprèsa, Allah (ki gen tout pouvwa a) te rann entèdikson an ak avètisman an pi sevè toujou, lè Li te di:
﴿...فَإِنْ فَعَلْتَ فَإِنَّكَ إِذًا مِنَ الظَّالِمِينَ﴾
"Paske si ou fè sa, lè sa a ou konte pami moun ki fè enjistis yo". Epi enjistis, lè yo itilize li san presizyon, li vle di: pi gwo Chirk la, menm jan Allah, Sila a ki Pi Wo a, di:
﴿...وَالْكَافِرُونَ هُمُ الظَّالِمُونَ﴾
"Epi moun ki pa kwè yo (moun kap reje laverite yo), se yo menm ki nan gwo lenjistis". [Al-Baqarah: 254] Men sa senyè toupwisan an di:
﴿...إِنَّ الشِّرْكَ لَظُلْمٌ عَظِيمٌ﴾
"...Anverite, bay Allah asosye (Chirk) se yon lenjistis ki grav anpil". [Luqman: 13]. Si chèf tout pitit Adan yo (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam), sil ta rive adore yon lòt moun ki pa Allah, li tap fè pati moun ki nan lenjistis yo, enbyen kote nou ye ak lòt moun ki pa li menm yo?!
Konsa, nou aprann atravè vèsè sa yo ak lòt ankò, ke rele (adore) nenpòt lòt moun oswa lòt bagay ki pa Allah — kit se moun mouri, pyebwa, zidòl oswa nenpòt lòt bagay — se yon zak 'Chirk' (bay Allah asosye) devan Allah (ki gen tout fòs ak tout glwa). Sa a se yon bagay ki kontrè nèt ak inite Allah nan adorasyon an, alòske se sa menm ki rezon ki fè Allah te kreye 2 kalite kreyati yo (moun ak jinn), se rezon sa a ki fè Li te voye Mesaje yo, epi li te desann Liv yo. Sa a kontrè tou ak sans: 'La ilaha illa Allah' (Pa gen lòt dye ki gen dwa adore tout bon vre si se pa Allah); ki se yon pawòl ki demanti dwa pou nenpòt lòt moun adore, epi ki konfime dwa sa a pou Allah sèlman, jan Allah (ki gen tout glwa ak tout pouvwa) te di a:
﴿ذَٰلِكَ بِأَنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلۡحَقُّ وَأَنَّ مَا يَدۡعُونَ مِن دُونِهِۦ هُوَ ٱلۡبَٰطِلُ وَأَنَّ ٱللَّهَ هُوَ ٱلۡعَلِيُّ ٱلۡكَبِيرُ62﴾
"Sa se paske Allah se li menm ki Verite a tout bon vre, epi tout sa yap rele (adore) nan plas Li yo se fo, epi anverite se Allah ki anlè nèt epi ki gran anpil". [Al-Hadj: 62].
Epi se sa a ki fondasyon relijyon an ak baz kwayans lan, e adorasyon yo ka valab sèlman si fondasyon sa a kòrèk anvan, jan li menm, Trè Wo a, te di:
﴿وَلَقَدْ أُوحِيَ إِلَيْكَ وَإِلَى الَّذِينَ مِنْ قَبْلِكَ لَئِنْ أَشْرَكْتَ لَيَحْبَطَنَّ عَمَلُكَ وَلَتَكُونَنَّ مِنَ الْخَاسِرِينَ65﴾
"Epi anverite, yo te fè ou konnen (pa mwayen revelasyon), epi yo te fè sa tou pou moun ki te anvan ou yo, ke: 'Si ou ta bay Allah asosye (Chirk), travay ou yo tap pèdi valè nèt, epi san dout, ou tap fè pati moun ki pèdi yo". [Az-Zoumar: 65], Men sa Sila a ki sen anpil e ki gen tout pouvwa a di:
﴿...وَلَوْ أَشْرَكُوا لَحَبِطَ عَنْهُمْ مَا كَانُوا يَعْمَلُونَ﴾
"Epi si yo te bay Allah asosye (Chirk), tout sa yo te konn fè (kòm bon aksyon) tap pèdi valè nèt pou yo". [Al-An‘ām: 88].
Epi daprè sa ki te di anvan yo, li parèt aklè ke relijyon Islam nan ak temwayaj ki di: (Pa gen lòt dye ki gen dwa adore tout bon vre si se pa Allah), chita sou 2 gwo baz (prensip) ki enpòtan anpil:
Premye a se: Pou yo pa adore pèsonn lòt si se pa Allah sèlman, san yo pa mete pèsonn ansanm avèk li. Konsa, nenpòt moun ki rele moun mouri (kit se Pwofèt oswa lòt moun), oswa ki rele zidòl, pyebwa, ròch, oswa nenpòt lòt kreyati; oswa ki mande yo sekou (Istighatha), oswa ki ofri yo bèt kòm sakrifis ak ve, oswa ki fè lapriyè pou yo, oswa ki bese tèt jouk atè (Sajdah) pou yo; enben, moun sa a pran yo pou mèt nan plas Allah, li mete yo kòm egal-ego ak Allah (ki gen tout glwa ak tout pouvwa), epi li kraze epi li kontredi sans 'La ilaha illa Allah'.
Dezyèm lan se: Pou yo pa adore Allah (ki gen tout pouvwa a) sinon pa mwayen lalwa Pwofèt Li ak Mesaje Li a (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) te pote a. Konsa, nenpòt moun ki envante nan relijyon an sa Allah pa t bay pèmisyon pou sa, li pa reyalize tout bon vre sans temwayaj ki di: 'Muhammad se Mesaje Allah'. Travay li a pap itil li anyen epi Allah pap aksepte li nan menl. Allah (ki gen tout fòs ak tout glwa) te di:
﴿وَقَدِمْنَا إِلَى مَا عَمِلُوا مِنْ عَمَلٍ فَجَعَلْنَاهُ هَبَاءً مَنْثُورًا23﴾
"Epi Nou pral gade tou sa yo te fè kòm aksyon, epi nou pral fè yo tounen pousyè van ap gaye (pousyè ki pa gen okenn valè)". [Al-Furqan: 23], Epi sa yo vle di nan aksyon ki mansyone nan vèsè a se: aksyon moun ki mouri nan fè 'Chirk' (bay Allah asosye) devan Allah (ki gen tout fòs ak tout glwa).
Epi sa enkli tou: aksyon moun envante (Bid'ah) ke Allah pat bay pèmisyon pou yo fèt. Anverite, nan jou Jijman an, aksyon sa yo ap tounen pousyè van ap gaye (yo pap gen valè), paske yo pat mache annakò ak lalwa pwòp (Chariya) Allah a, jan Pwofèt la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) te di a:
«مَنْ أَحْدَثَ فِي أَمْرِنَا هَذَا مَا لَيْسَ مِنْهُ فَهُوَ رَدٌّ».
Nenpòt moun ki envante nan zafè nou an (relijyon nou an) yon bagay ki pa ladanl, bagay sa lia pap aksepte. Tout moun tonbe dakò sou verite li.
Epi poun fè rezime: li parèt aklè ke fanm ekrivèn sa a te dirije rèl sekou li (Istighatha) ak lapriyè li bay Mesaje a (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam), epi li vire do bay Mèt tout linivè a, ki se li menm sèl ki gen viktwa a nan men li, epi ki gen pouvwa pou li bay mal oswa pou li bay byen, alòske okenn lòt kreyati pa gen okenn pouvwa nan bagay sa yo.
San okenn dout, sa a se yon gwo enjistis ki grav anpil. Allah, ki gen tout pouvwa a, te bay lòd pou yo envoke L, Li te pwomèt moun ki envoke L yo lap reponn yo, epi Li te menase moun ki fè ògèy kont sa ke y ap antre nan lanfè, menm jan Allah, ki gen tout pouvwa a, di:
﴿وَقَالَ رَبُّكُمُ ادْعُونِي أَسْتَجِبْ لَكُمْ إِنَّ الَّذِينَ يَسْتَكْبِرُونَ عَنْ عِبَادَتِي سَيَدْخُلُونَ جَهَنَّمَ دَاخِرِينَ 60﴾
"Epi Mèt nou an di: 'Relem (adore mwen), Map reponn nou. Anverite, moun sa yo ki gen lògèy epi ki refize adorem yo pral antre nan lanfè (Jahannam) tou wont". [Ghafir: 60], Sa vle di: yap tou piti epi yap nan gwo imilyasyon (wont). Konsa, vèsè onorab sa a montre ke 'Dua' (lapriyè/rèl sekou) se yon adorasyon li ye, epi nenpòt moun ki gen lògèy poul pa fè sa, plas li se nan lanfè (Jahannam). Si sa a se kondisyon moun ki gen lògèy pou yo pa rele Allah, ki jan sa ap ye atò pou moun ki rele yon lòt kreyati nan plas li, epi ki vire do ba li? Alòske Allah (ki gen tout glwa a) se li ki touprè nou, se li ki mèt tout bagay, epi se li ki gen pouvwa sou tout bagay, jan li (ki gen tout glwa a) te di a:
﴿وَإِذَا سَأَلَكَ عِبَادِي عَنِّي فَإِنِّي قَرِيبٌ أُجِيبُ دَعْوَةَ الدَّاعِ إِذَا دَعَانِ فَلْيَسْتَجِيبُوا لِي وَلْيُؤْمِنُوا بِي لَعَلَّهُمْ يَرْشُدُونَ 186﴾
"Epi lè sèvitèm yo mandew de mwen menm, enben (di yo): Mwen touprè. Mwen reponn rèl moun kap relem nan lè li relem. Se pou yo reponn apèl mwen an, epi se pou yo mete konfyans yo (lafwa yo) nan mwen, pou yo ka mache nan bon chemen an". [Al-Baqarah: 186], Epi Mesaje a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te enfòme nan Adit ki otantik la ke Siplikasyon se adorasyon an, epi li te di ak kouzen li Abdullah ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo 2 a):
«احْفَظِ اللهَ يَحْفَظْكَ، احْفَظِ اللهَ تَجِدْهُ تُجَاهَكَ، إِذَا سَأَلْتَ فَاسْأَلِ اللهَ، وَإِذَا اسْتَعْنَتَ فَاسْتَعِنْ بِاللهِ».
Respekte dwa Allah, lap pwoteje ou, respekte dwa Allah, wap jwenn li bò kote ou, si ou mande, mande Allah, epi si ou mande èd, mande èd nan men Allah. Rapòte pa At-Tirmidhi epi lòt yo.
Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ مَاتَ وَهُوَ يَدْعُو لِلَّهِ نِدًّا؛ دَخَلَ النَّارَ».
Nenpòt moun ki mouri alòske li tap rele (adore) yon lòt kreyati kòm egal-ego ak Allah; lap antre nan dife (lanfè). Rapòte pa Al-Boukhari, Epi nan 2 Sahih yo, bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), yo te mandel: Ki peche ki pi gran? Li te di:
«أَنْ تَجْعَلَ لِلَّهِ نِدًّا وَهُوَ خَلَقَكَ».
Se pou ou mete yon egal-ego pou Allah, alòske se Li menm ki te kreye ou. Epi mo 'Nid' la (egal-ego): vle di yon moun oswa yon bagay ki parèy ak yon lòt epi ki sanble avèl. Konsa, nenpòt moun ki rele (adore)yon lòt ki pa Allah, oswa ki mandel sekou (Istighatha), oswa ki fè ve pou li, oswa ki touye bèt (sakrifis) pou li, oswa ki dirije nenpòt lòt kalite adorasyon ba li anplis sa nou te mansyone anvan yo; enben, moun sa a pranl kòm yon 'Nid' (egal-ego ak Allah), kit kreyati sa a se te yon pwofèt, yon moun ki sen (Wali), yon zanj, yon jinn, yon zidòl, oswa nenpòt lòt bagay nan kreyasyon an.
E la a, yon moun ta ka di: Ebyen, ki jijman an sou koze mande yon m Repons lan se: Sa a pa fè pati 'Chirk' (bay Allah asosye), okontrè, se pami bagay nòmal ki pèmèt ant Mizilman yo, jan Allah (ki gen tout pouvwa a) te di sa nan istwa Moussa a:
﴿...فَاسْتَغَاثَهُ الَّذِي مِنْ شِيعَتِهِ عَلَى الَّذِي مِنْ عَدُوِّهِ...﴾
"...Epi moun ki te fè pati gwoup pal la te mandel sekou kont moun ki te lènmil lan...". [Al-Qasas: 15], Epi menm jan Sila a ki egzalte a di nan istwa Mousa a ankò:
﴿فَخَرَجَ مِنْهَا خَائِفًا يَتَرَقَّبُ...﴾
"Epi li soti nan lavil la ak laperèz, li tap veye (pou li wè si yap pouswiv li)...". [Al-Qasas: 21], Menm jan yon moun mande kanmarad li yo sekou nan lagè, ak nan lòt sikonstans ki konn rive moun yo kote youn bezwen èd lòt.
Epi Allah te bay pwofèt li a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) lòd poul fè kominotel la konnen ke li pa gen pouvwa poul fè pèsonn byen, ni pou li fè pèsonn mal, epi se konsa li menm ki sen anpil la e ki anwo nan syèl la di:
﴿قُلْ إِنَّمَا أَدْعُو رَبِّي وَلَا أُشْرِكُ بِهِ أَحَدًا21 قُلْ إِنِّي لَا أَمْلِكُ لَكُمْ ضَرًّا وَلَا رَشَدًا22﴾
"21: Di yo: Se sèl Mèt mwen an mwen rele (adore), epi mwen pa mete pèsonn ansanm avèk kòm asosye.
22: Di yo: Anverite, mwen pa gen okenn pouvwa poum fè nou mal, ni poum mete nou nan bon chemen an". [Al-Jinn: 21-22], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿قُلْ لَا أَمْلِكُ لِنَفْسِي نَفْعًا وَلَا ضَرًّا إِلَّا مَا شَاءَ اللَّهُ وَلَوْ كُنْتُ أَعْلَمُ الْغَيْبَ لَاسْتَكْثَرْتُ مِنَ الْخَيْرِ وَمَا مَسَّنِيَ السُّوءُ إِنْ أَنَا إِلَّا نَذِيرٌ وَبَشِيرٌ لِقَوْمٍ يُؤْمِنُونَ188﴾
"Di yo : Mwen pa gen pouvwa pou mwen fè tèt mwen ni byen ni mal, sof sa Allah vle. Si mwen te konnen sa ki kache (sekre lavni), mwen tap ranmase anpil byen pou mwen, epi okenn malè patap janm rivem. Mwen pa anyen anplis,sof yon moun kap avèti epi kap pote bòn nouvèl pou yon pèp ki kwè". [Al-A’raf: 188].
Epi gen anpil lòt vèsè ankò ki gen menm sans sa a.
Epi tout moun konnen ke Pwofèt la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) pa te konn rele pèsonn lòt sinon Mèt li (Allah). Jan sa te konfime nan jou batay Badr la, kote li tap mande Allah delivrans (Istighatha), li tap mande li viktwa sou lènmi li yo, epi li tap ensiste anpil nan sa li tap mande a, li tap di: «O Mèt mwen! Ban mwen viktwa Ou te pwomèt mwen an». Li te tèlman ap ensiste, Abu Bakr As-Siddiq (radhiya -llāhu ʿanhu) te dil: «Sa ase, o Mesaje Allah, anverite Allah ap ba ou sa li te pwomèt ou a». Epi Allah (ki gen tout glwa a) te desann vèsè sa a sou sa:
﴿إِذۡ تَسۡتَغِيثُونَ رَبَّكُمۡ فَٱسۡتَجَابَ لَكُمۡ أَنِّي مُمِدُّكُم بِأَلۡفٖ مِّنَ ٱلۡمَلَٰٓئِكَةِ مُرۡدِفِينَ9﴾
"Lè nou tap rele Mèt nou an pou mandel sekou a, epi li te reponn nou: "Anverite, mwen pral ranfòse nou ak mil zanj kap vini youn dèyè lòt". [Al-Anfal: 9], Epi nan vèsè sa yo, Allah raple yo jan yo te mande li sekou a, e li fè yo konnen ke li te reponn yo lè li te apiye yo avèk zanj yo; pou pote bon nouvèl viktwa a, epi pou rasire yo. Epi Li fè konnen klè ke viktwa a pa soti nan men zanj yo, men pito se yon viktwa ki soti bò kote li menm, kidonk Li di:
﴿وَمَا النَّصْرُ إِلَّا مِنْ عِنْدِ اللَّهِ...﴾
"...Epi viktwa a pa soti okenn lòt kote, sinon nan men Allah...". [Al Imran: 126], Men sa Sila a ki gen tout glwa a di:
﴿وَلَقَدْ نَصَرَكُمُ اللَّهُ بِبَدْرٍ وَأَنْتُمْ أَذِلَّةٌ فَاتَّقُوا اللَّهَ لَعَلَّكُمْ تَشْكُرُونَ123﴾
"Anverite, Allah te ban nou laviktwa nan Badr, nan yon moman kote nou te fèb. Kidonk, gen krentif pou Allah pou nou kapab remèsye li". [Al Imrân: 123]. Konsa, nan vèsè sa a, Allah Toupwisan an esplike ke se li menm, Glwa pou li, ki te pote viktwa pou yo jou Badr la. Epi pa mwayen sa a, sa vin klè ke ni zam ak fòs li te ba yo, ni zanj li te voye pou apiye yo, tout bagay sa yo se te sèlman mwayen pou viktwa a, pou bon nouvèl la, epi pou trankilite, men viktwa a pa soti nan mwayen sa yo, okontrè, se bò kote Allah sèlman li soti, Kòman fanm ekrivèn sa a oswa lòt moun fè oze mande sekou ak laviktwa nan men Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .), epi yo vire do bay Senyè tout mond yo, Sila a ki Mèt tout bagay la e ki gen pouvwa sou tout bagay la?
San okenn dout, sa a se youn nan pi move fòm inyorans yo, men pito youn nan pi gran zak ki se bay Allah Asosye. Donk, sa ki obligatwa pou dam ki ekri a, se pou li repanti devan Allah, Li menm ki merite tout glwa a, yon repantans ki sensè. Epi, repantans sensè a se youn ki gen plizyè pwen ladan li ki se: Premye a se: Pou li regret sa ki te rive a (erè li te fè a). Dezyèm lan se: Pou li sispann fè sa li tap fè a kounye a. Twazyèm lan se: Pou li pran desizyon fèm pou li pa janm tounen nan sa ankò, nan bi pou li bay Allah grandè li merite a, pou li montre senserite anvèl, poul obeyi lòd li,, epi poul evite sa li entèdi. Sa a se sa yo rele repantans ki sensè a (At-Tawbah An-Nasuh). Epi gen yon katriyèm kondisyon ki konsène lè mal la te fèt kont lòt kreyati (moun), ki se: Katriyèm lan: Remèt dwa a bay mèt li, oswa mande li padon pou sa.
Epi Allah te bay sèvitè li yo lòd pou yo fè repantans (Tawbah), epi li te pwomèt yo lap aksepte sa nan men yo, jan li (ki gen tout pouvwa a) te di sa:
﴿...وَتُوبُوا إِلَى اللَّهِ جَمِيعًا أَيُّهَ الْمُؤْمِنُونَ لَعَلَّكُمْ تُفْلِحُونَ31﴾
"Epi tounen vin jwenn Allah ak repantans, nou tout nèt, o nou menm kwayan yo, pou nou ka jwenn siksè (delivrans). [An-Nour: 31], Epi Li te di konsènan kretyen yo (Nasara yo):
﴿أَفَلَا يَتُوبُونَ إِلَى اللَّهِ وَيَسْتَغْفِرُونَهُ وَاللَّهُ غَفُورٌ رَحِيمٌ74﴾
"Èske yo pa pral tounen vin jwenn Allah ak repantans epi mande li padon? Alòske Allah se moun ki konn padone anpil, epi li gen anpil mizèrikòd". [Al-Ma’idah: 74], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَالَّذِينَ لَا يَدْعُونَ مَعَ اللَّهِ إِلَهًا آخَرَ وَلَا يَقْتُلُونَ النَّفْسَ الَّتِي حَرَّمَ اللَّهُ إِلَّا بِالْحَقِّ وَلَا يَزْنُونَ وَمَنْ يَفْعَلْ ذَلِكَ يَلْقَ أَثَامًا68 يُضَاعَفْ لَهُ الْعَذَابُ يَوْمَ الْقِيَامَةِ وَيَخْلُدْ فِيهِ مُهَانًا69 إِلَّا مَنْ تَابَ وَآمَنَ وَعَمِلَ عَمَلًا صَالِحًا فَأُولَئِكَ يُبَدِّلُ اللَّهُ سَيِّئَاتِهِمْ حَسَنَاتٍ وَكَانَ اللَّهُ غَفُورًا رَحِيمًا70﴾
"68: Epi moun sa yo ki pa rele okenn lòt bondye ansanm ak Allah, ki pa touye moun Allah entèdi touye a—eksepte si lalwa mande sa—epi ki pa fè adiltè (zina). Paske, moun ki fè bagay sa yo, lap jwenn pinisyon pechel la.
69: Pinisyon an ap double pou li nan jou Jijman an, epi lap rete ladan li pou tout tan nan gwo imilyasyon (wont).
70: Sòf moun ki repanti, ki gen lafwa, epi ki fè bon zèv; enben, moun sa yo, Allah ap chanje move zak yo an bon zak. Epi Allah se moun ki konn padone anpil, epi li gen anpil mizèrikòd". [Al-Furqan: 68-70], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَهُوَ الَّذِي يَقْبَلُ التَّوْبَةَ عَنْ عِبَادِهِ وَيَعْفُو عَنِ السَّيِّئَاتِ وَيَعْلَمُ مَا تَفْعَلُونَ25﴾
"Se Li menm ki aksepte repantans (Tawbah) nan men sèvitè li yo, Li padone move zak yo, epi li konnen tou sa nap fè". [Ash-Shura: 25].
Epi, sa soti nan yon sous ki sèten (Sahih) bò kote Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li), li te di:
«الإِسْلَامُ يَهْدِمُ مَا كَانَ قَبْلَهُ، وَالتَّوْبَةُ تَجُبُّ مَا كَانَ قَبْلَهَا».
Relijyon Islam efase (detwi) tout peche ki te fèt anvan li, epi repantans (Tawbah) efase tout peche ki te fèt anvan li.
Mwen te ekri ti mo tou kout sa yo poutèt jan danje 'Chirk' la (bay Allah asosye) gwo anpil, epi paske se li ki pi gwo peche ki egziste. Mwen fè sa tou paske mwen pè pou moun pa kite pawòl krivèn sa a te ekri yo twonpe yo, epi paske se yon devwa pou mwen bay konsèy sensè pou glwa Allah ak pou byen sèvitè li yo. Mwen mande Allah — Li menm ki gen tout grandè a — pou li fè (travay sa a) pote benefis, pou li ranje kondisyon lavi nou ak kondisyon lavi tout Mizilman yo, pou li ban nou tout siksè pou nou byen konprann relijyon an epi pou nou rete fèm sou li, epitou pou li pwoteje nou ansanm ak tout Mizilman yo kont mal ki soti nan nanm nou ak move zak nou yo. Se li menm ki Mèt tout bagay sa yo epi se li menm ki gen pouvwa pou fè sa.
Epi se pou elòj, lapè, ak benediksyon Allah sou sèvitè li ak Mesaje li, Pwofèt nou an, Mouhammad, ak sou fanmi li ak konpanyon li yo.
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Twazyèm Mesaj la:
Konsènan desizyon lalwa (relijye) sou chache sekou (Istighatha) nan men Jinn ak Cheytàn (Satan), epi fè pwomès (ve/Nadr) pou yo
Soti nan men Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz, pou tout Mizilman ki pral li mesaj sa a: Mwen mande Allah pou li ban mwen ansanm ak yo siksè pou nou kenbe relijyon li an fèm, epi pou nou rete solid sou li. Amin.
Lapè sou nou, ak mizerikòd Allah ak benediksyon Li.
Apre sa: Kèk frè te pozem kesyon sou sa kèk moun ki pa gen konesans ap fè: envoke yon lòt bagay ki pa Allah, Li menm ki Egzalte a, epi chèche sekou nan men li pou zafè ki enpòtan; tankou envoke djin yo epi chèche èd bò kote yo, fè ve pou yo, epi fè sakrifis pou yo. Pami sa yo tou, gen sa kèk moun konn di: (O nou menm 7 yo!), sa vle di: Nou menm 7 chèf pami Jinn yo, pranl, kraze zol,bwè san li, rann li enfim (matirize l), o nou menm 7 yo, fèl tèl bagay... Oubyen pawòl sèten moun: (Pran li, o djin midi a, o djin apremidi a), e sa se yon bagay ki fèt anpil nan kèk zòn nan sid, epi pami sa ki antre nan menm kategori sa a: envokasyon moun ki mouri yo pami pwofèt yo, moun ki dwat yo ak lòt moun ankò, ak envokasyon zanj yo epi mande yo sekou, Tout bagay sa yo, ak lòt ki sanble ak yo, se bagay ki fèt lakay anpil moun ki di yo fè pati Lislam; yo fè sa akoz yo pa konnen, epi pou yo annik kopye sa moun ki te la anvan yo te konn fè. E petèt, gen kèk nan yo ki menm pran bagay la alalejè epi yo pran pretèks pou yo di: "Sa se yon pawòl ki annik glise sou lang nou, nou pa te gen entansyon sa vre epi nou pa kwè ladan l."
Epi li te mande mwen tou: sou jijman relijye konsènan maryaj ak moun yo konnen pou kalite zak sa yo, sou bèt pa yo ke yo touye, sou lapriyè sou yo, epi pou priye dèyè yo; epitou sou kesyon pou kwè nan moun kap fè maji ak devinò; tankou moun ki deklare li konnen yon maladi ak rezon ki koz li, jis nan gade yon bagay ki te touche kò moun ki malad la; tankou tiban, pantalon, foula ak lòt bagay ki sanble sa yo.
Repons lan se: Tout louwanj se pou Allah, Li menm sèl, e se pou lapriyè ak lapè sou sila a ki pa gen pwofèt aprè li a, epitou sou fanmi li ak konpayon li yo, ak sou tout moun ki suiv gidans yo jouk jou jijman an.
Aprèsa: Anverite, Allah (ki gen tout glwa ak tout lwanj pou Li) te kreye 2 kreyati ki gen responsablite yo (moun ak Jinn) pou yo adorel sèlman, san yo pa mete anyen lòt ansanm avèk Li kreye yo pou yo rezève pou li sèlman: lapriyè (Dua), rèl sekou (Istighatha), sakrifis (Zabiha), pwomès (Nadr), ak tout lòt kalite adorasyon yo nèt. Li te voye tout Mesaje li yo ak mesaj sa a, Li te ba yo lòd pou sa, epi li te desann tout Liv ki soti nan syèl yo—kote ki pi gran an se Koran an—pou esplike sa aklè, pou envite moun nan sa, epi pou avèti moun yo kont "Chirk" (bay Allah asosye) ak kont adore nenpòt lòt bagay ki pa Li. Sa a se rasin prensipal tout rasin, epi se fondasyon relijyon an ak lafwa a. Se sa menm ki sans temwayaj ki di: 'Pa gen okenn lòt bondye sinon Allah' (Lā ilāha illā -llāh), epi se verite sa a ki vle di: 'Pa gen pèsonn ki merite pou yo adore li tout bon vre sinon Allah'. Temwayaj sa a rejte (li retire) kalite Adye a ak adorasyon an pou nenpòt lòt bagay ki pa Allah, epi li konfime yo—sa vle di adorasyon an—pou Allah sèlman, san pèsonn lòt pami tout kreyati yo. Prèv sou sa ki soti nan Liv Allah a (Koran an) ak nan tradisyon (Sunnah) Mesajel la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) anpil anpil. Pami yo, gen pawòl Allah (ki gen tout grandè a) di a:
﴿وَمَا خَلَقْتُ الْجِنَّ وَالْإِنْسَ إِلَّا لِيَعْبُدُونِ56﴾
"Mwen pat kreye Djinn yo ak moun yo pou okenn lòt rezon, esepte pou yo ka adorem sèlman". [Adh-Dhariyat: 56], Epi pawòl li, ki sen anpil la:
﴿وَقَضَى رَبُّكَ أَلَّا تَعْبُدُوا إِلَّا إِيَّاهُ...﴾
"Epi Mèt ou a te bay lòd (li deside) pou nou pa adore pèsonn lòt sinon Li menm sèl...". [Al-Isra': 23], Epi pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿وَمَا أُمِرُوا إِلَّا لِيَعْبُدُوا اللَّهَ مُخْلِصِينَ لَهُ الدِّينَ حُنَفَاءَ...﴾
"Alòske yo pat resevwa okenn lòt lòd sinon pou yo adore Allah, pandan yap rezève tout adorasyon an pou li sèlman avèk senserite, epi pandan yap vire do bay tout fo relijyon (pou yo rete sou chemen dwat la)...". Sourat Al bayyinah vèsè 5 Epi pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿وَقَالَ رَبُّكُمُ ادْعُونِي أَسْتَجِبْ لَكُمْ إِنَّ الَّذِينَ يَسْتَكْبِرُونَ عَنْ عِبَادَتِي سَيَدْخُلُونَ جَهَنَّمَ دَاخِرِينَ60﴾
"Epi Mèt nou an di: Relem(adorem), Map reponn nou. Anverite, moun sa yo ki gen lògèy epi ki refize adorem , yap antre nan lanfè (Jahannam) tou piti (nan gwo ront)". [Ghafir: 60], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَإِذَا سَأَلَكَ عِبَادِي عَنِّي فَإِنِّي قَرِيبٌ أُجِيبُ دَعْوَةَ الدَّاعِ إِذَا دَعَانِ...﴾
"Epi lè sèvitèm yo mandew de Mwen, enben (di yo) mwen touprè. Mwen reponn lapriyè moun kap relem nan lè li relem…". [Al-Baqarah: 186].
Konsa, Allah (ki gen tout glwa pou li) te fè nou wè aklè nan vèsè sa yo ke li te kreye 2 kreyati ki gen responsablite yo (moun ak Jinn) pou yo adore li sèlman. Li te fè konnen tou ke li te desann lòd—sa vle di Li te bay kòmandman ak rekòmandasyon—bay sèvitè li yo, ni nan pawòl ki byen klè ki nan Koran an, ni nan bouch Mesaje a (benediksyon ak lapè Allah poze sou li), pou yo pa adore pèsonn lòt sinon Mèt yo a.
Epi Allah (ki gen tout grandè ak tout lwanj pou Li) te fè wè aklè ke lapriyè (Dua) se yon gwo adorasyon; moun ki gen lògèy epi ki refize fèl ap antre nan lanfè. Li te bay sèvitè li yo lòd pou yo rele li menm sèl, epi li te fè yo konnen ke Li touprè pou li reponn lapriyè yo. Kidonk, se yon devwa pou tout sèvitè yo rezève lapriyè a pou Mèt yo sèlman; paske se yon kalite adorasyon ki fè rezon kreyasyon yo, epi se sa yo te resevwa lòd pou yo fè. Epi Allah (ki gen tout grandè nan men li) te di:
﴿قُلْ إِنَّ صَلَاتِي وَنُسُكِي وَمَحْيَايَ وَمَمَاتِي لِلَّهِ رَبِّ الْعَالَمِينَ162 لَا شَرِيكَ لَهُ وَبِذَلِكَ أُمِرْتُ وَأَنَا أَوَّلُ الْمُسْلِمِينَ163﴾
"162 : Di: Anverite, lapriyè mwen, sakrifis mwen, lavi mwen ak lanmò mwen, se pou allah sèlman yo ye, li menm ki Mèt tout linivè a.
163 : Li pa gen okenn asosye, e se sa yo te kòmandem, epi mwen se premye Mizilman an".
[Al-An‘ām: 162 - 163].
Konsa, Allah te bay Pwofèt li a (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) lòd pou li fè moun yo konnen ke lapriyè li, sakrifis li (Nusuk) — ki vle di bèt li touye a —, lavi li ak lanmò li, se pou Allah sèlman, Mèt tout linivè a, ki pa gen okenn asosye. Daprè sa: nenpòt moun ki touye yon bèt pou yon lòt ki pa Allah, li komèt 'Chirk' (li bay Allah asosye), menm jan si li ta fè lapriyè pou yon lòt ki pa Allah. Paske Allah (ki gen tout glwa pou li) mete lapriyè a ak sakrifis la ansanm kòm 2 bagay ki mache ansanm, epi Li fè konnen yo tou 2 se pou Allah sèlman, san okenn asosye. Kidonk, nenpòt moun ki touye bèt (ofri sakrifis) pou yon lòt andeyò Allah, tankou djin yo, zanj yo, mò yo, ak lòt kalite ankò, pou li pwoche pi prè yo ak aksyon sa a, li se tankou moun ki fè lapriyè pou yon lòt ki pa Allah. Epi nan yon hadith ki otantik, Pwofèt la, se pou lapè ak benediksyon Allah sou li, te di:
«لَعَنَ اللهُ مَنْ ذَبَحَ لِغَيْرِ اللهِ».
Madichon Allah tonbe sou nenpòt moun ki touye bèt (ofri sakrifis) pou yon lòt ki pa Allah. Epi Imam Ahmad rapòte ak yon chèn transmisyon ki bon (Hasan), daprè Tariq ibn Shihab (ke Allah kontan avè l'), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«مرَّ رَجُلَانِ عَلَى قَومٍ لَهُم صَنَمٌ لَا يَجُوزُهُ أَحَدٌ حَتَّى يُقرِّبَ لَهُ شَيئًا، فَقَالُوا لِأَحَدِهِمَا: قَرِّبْ. قَالَ: لَيسَ عِندِي شَيءٌ أَقَرِّبُهُ، قَالُوا: قَرِّبْ وَلَوْ ذَبَابًا، فَقَرَّبَ ذُبَابًا، فَخَلُّوا سَبِيلَهُ، فَدَخَلَ النَّارَ، وَقَالُوا لِلآخَرِ: قَرِّبْ. قَالَ: مَا كُنْتُ لِأُقَرِّبَ لِأَحَدٍ شَيْئًا دُونَ اللهِ جَلَّ جَلَالُهُ، فَضَرَبُوا عُنُقَه، فَدَخَلَ الجَنَّةَ».
Gen 2 Mesye ki tap pase bò kote yon pèp ki te gen yon zidòl. Pèsonn pat ka pase san li pat fè yon ofrann (sakrifis) pou zidòl sa a. Yo di premye moun nan: 'Fè yon ofrann.' Li reponn: 'Mwen pa gen anyen poum ofri. Yo dil ; 'Offri kichòy, menmsi se ta yon mouch.' Li ofri yon mouch, yo kite li pase, epi li antre nan lanfè. Epi yo di lòt moun nan: 'Fè yon ofrann.' Li reponn: 'Mwen pa tap janm fè ofrann pou pèsonn lòt sinon Allah (ki gen tout grandè nan men li).' Konsa, yo koupe tèt li, epi li antre nan Paradi.
Si yon moun ki fè ofrann bay yon zidòl oswa lòt bagay konsa, menmsi se ak yon mouch oswa yon lòt ti bagay konsa, vin tounen yon moun ki bay Allah asosye (mouchrik) epi li merite antre nan lanfè, enben kisa nou ka di pou moun kap rele Jinn, zanj, ak moun sen yo? Kisa nou ka di pou moun k ap chache sekou (Istighatha) nan men yo, k ap fè pwomès (Nadr) pou yo, epi kap ofri yo sakrifis bèt, paske yap espere pou yo pwoteje byen yo, pou geri moun malad yo, oswa pou bèt yo ak plantasyon yo an sekirite? Epi kisa nou ka di pou moun kap fè sa paske yo pè move zak Jinn yo, oswa bagay konsa?! Pa gen okenn dout, moun ki fè bagay sa yo ak lòt zak ki sanble ak yo plis merite pou yo rele yo 'mouchrik' (moun ki bay Allah asosye), epi yo plis merite antre nan lanfè pase nonm sa a ki te ofri yon mouch bay yon zidòl la.
Epi, pami sa yo rapòte sou sa tou, men sa Allah ki gen tout majeste a di:
﴿إِنَّآ أَنزَلۡنَآ إِلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ فَٱعۡبُدِ ٱللَّهَ مُخۡلِصٗا لَّهُ ٱلدِّينَ2 أَلَا لِلَّهِ ٱلدِّينُ ٱلۡخَالِصُۚ وَٱلَّذِينَ ٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ أَوۡلِيَآءَ مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ إِنَّ ٱللَّهَ يَحۡكُمُ بَيۡنَهُمۡ فِي مَا هُمۡ فِيهِ يَخۡتَلِفُونَۗ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي مَنۡ هُوَ كَٰذِبٞ كَفَّارٞ3﴾
"2: Anverite, nou desann Liv la (Koran an) ba ou avèk verite a. Konsa, adore Allah pandan wap rezève tout adorasyon an pou li sèlman avèk senserite.
Koute byen! Se pou Allah sèlman relijyon (adorasyon) ki pi a dwe ale. Epi moun sa yo ki pran lòt pwotektè (oswa chèf) anplis li, yap di: 'Nou pa adore yo pou lòt bagay, se sèlman pou yo ka fè nou pwoche pi prè Allah.' Anverite, Allah ap jije ant yo menm sou sa yo pat dakò sou li a. Anverite, Allah pa tolere moun ki se mantò epi ki rejte laverite (Kaffar)". [Az-Zoumar: 1-3] Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَيَعْبُدُونَ مِنْ دُونِ اللَّهِ مَا لَا يَضُرُّهُمْ وَلَا يَنْفَعُهُمْ وَيَقُولُونَ هَؤُلَاءِ شُفَعَاؤُنَا عِنْدَ اللَّهِ قُلْ أَتُنَبِّئُونَ اللَّهَ بِمَا لَا يَعْلَمُ فِي السَّمَاوَاتِ وَلَا فِي الْأَرْضِ سُبْحَانَهُ وَتَعَالَى عَمَّا يُشْرِكُونَ18﴾
"Epi yap adore anplis Allah bagay ki pa ka fè yo mal, ni yo pa ka ba yo pwofi. Yap di: 'Moun sa yo se entèmedyè nou (defansè nou) bò kote Allah.' Di yo: 'Èske nap enfòme Allah sou yon bagay Li pa te konnen nan syèl yo ak sou tè a?' Glwa pou Li! Li pi wo pase tout sa yap ba li kòm asosye". [Yunus: 18].
Nan 2 vèsè sa yo, Allah, glwa pou li, fè konnen ke asosyatè yo te pran pami kreyati yo yon seri pwotektè andeyò li; yo adore yo ansanm avèk li atravè lakrentif, lespwa, sakrifis, ofrann, siplikasyon ak lòt bagay menmjan, pandan yo pretann ke pwotektè sa yo ap fè moun ki adore yo vin pi prè Allah epi yo kapab entèsede pou yo bò kote li. Aprè sa, Allah, glwa pou li, demanti yo, li montre aklè jan kwayans yo a pa gen fondman, epi li rele yo mantè, moun ki pa kwayan, ak asosyatè. Li deklare Limenm pi wo pase zak asosyasyon yo a, epi Li menm, Trèwo a, di:
﴿...سُبْحَانَهُ وَتَعَالَى عَمَّا يُشْرِكُونَ﴾
"Glwa pou Li! Li pi wo, epi Li lwen tout sa yap ba li kòm asosye". [An-Nahl: 1]. Konsa, sa fè nou konnen nenpòt moun ki pran yon zanj, oswa yon pwofèt, oswa yon Jinn, oswa yon pyebwa, oswa yon ròch, poul relel ansanm ak Allah, pou li chache sekou (Istighatha) nan men li, epi pou li pwoche pi prè li nan fè pwomès (Nadr) ak sakrifis bèt pou li—paske lap espere entèvansyon li bò kote Allah, oswa pou li ka fè li pwoche pi prè Allah, oswa paske lap espere geri yon moun malad, pwoteje byen li, fè yon moun ki an vwayaj tounen an sekirite, oswa lòt bagay konsa—enben, moun sa a tonbe nan gwo peche 'Chirk' sa a, ak nan gwo malè sa a Allah te pale de li a, kote Li di:
﴿إِنَّ اللَّهَ لَا يَغْفِرُ أَنْ يُشْرَكَ بِهِ وَيَغْفِرُ مَا دُونَ ذَلِكَ لِمَنْ يَشَاءُ وَمَنْ يُشْرِكْ بِاللَّهِ فَقَدِ افْتَرَى إِثْمًا عَظِيمًا48﴾
"Anverite, Allah pap padone pou yo bay li asosye, men li padone sa ki pa sa pou moun li vle. E nenpòt moun ki bay Allah asosye, li fè yon peche ki gran anpil". [An-Nisa: 48], Men sa senyè toupwisan di:
﴿...إِنَّهُ مَنْ يُشْرِكْ بِاللَّهِ فَقَدْ حَرَّمَ اللَّهُ عَلَيْهِ الْجَنَّةَ وَمَأْوَاهُ النَّارُ وَمَا لِلظَّالِمِينَ مِنْ أَنْصَارٍ﴾
"Anverite, nenpòt moun ki asosye yon lòt bagay ak Allah, Allah fè Paradi entèdi pou li, epi se nan dife a lap rete; epi moun ki enjis yo pap jwenn pèsonn pou pote yo sekou". [Al-Ma'idah: 72].
Entèsesyon an ap fèt jou Jijman an sèlman pou moun ki te adore Allah pou kont li ak tout senserite, e non pa pou moun ki te bay Allah asosye, menm jan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di lè yo te mandel: O Mesaje Allah, ki moun kap pi beni pou resevwa entèsesyonw lan? Li te di:
«مَنْ قَالَ: لَا إِلَهَ إِلَّا اللهُ خَالِصًا مِنْ قَلْبِهِ».
«Nenpòt moun ki di: "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah," ak tout senserite ki soti nan kè l.» Epi li di, ke lapè ak benediksyon Allah sou li:
«لِكُلِّ نَبِيٍّ دَعْوَةٌ مُسْتَجَابَةٌ، فَتَعَجَّلَ كُلُّ نَبِيٍ دَعْوَتَهُ، وَإِنِّي اخْتَـبَأْتُ دَعْوَتِي شَفَاعَةً لِأُمَّتِي يَومَ القِيَامَةِ، فَهِيَ نَائِلَةٌ إِنْ شَاءَ اللهِ مَن مَاتَ مِنْ أُمَّتِي لَا يُشْرِكُ بِاللهِ شَيْئًا».
Chak Pwofèt te gen yon priyè (Dua) espesyal Allah te pwomèt lap reponn san mank. Chak Pwofèt te prese sèvi ak priyè pa yo a (depi sou tè a). Men mwen menm, mwen sere priyè pam nan poum ka fè entèvansyon (Chafaa) pou kominotem nan Jou Jijman an. Priyè sa a ap rive jwenn tout moun nan kominotem nan, si Allah vle, depi moun nan mouri san li pat janm bay Allah okenn asosye (san li pa t fè Chirk).
Premye moun ki te konn asosye lòt bagay ak Allah yo te kwè ke Allah se te Mèt yo, Kreyatè yo, epi Sila a ki te konn ba yo pwovizyon, men yo te atache yo pito ak pwofèt yo, sen yo, zanj yo, pyebwa yo, wòch yo, ak lòt bagay ki sanble ak sa yo, yo te espere entèsesyon yo bò kot Allah, epi pou yo te ka fè yo vin pi prè li, jan sa te mansyone deja nan vèsè yo. Poutan, Allah pat bay yo okenn eskiz pou sa. Okontrè, Allah te kondane sa yo tap fè a nan Liv Sen li a, epi li te rele yo moun ki pa gen lafwa ak moun kap bay li asosye. Epi li te demanti yo lè yo te pretann fo dye sa yo tap lapriyè pou yo epi tap fè yo vin pi pwòch Allah. Pwofèt Allah a pa te ba yo okenn eskiz nonplis, okontrè, Pwofèt la te goumen ak yo poutèt yo tap bay Allah asosye, jiskaske yo te vin adore Allah sèlman, poul te ka obeyi pawòl li menm ki gen tout pouvwa a, lè l di :
﴿وَقَاتِلُوهُمْ حَتَّى لَا تَكُونَ فِتْنَةٌ وَيَكُونَ الدِّينُ لِلَّهِ...﴾
"Konbat yo jiskaske pa gen pèsekisyon ankò, epi pou relijyon an se pou Allah sèlman". [Al-Baqarah: 193]. Epi Mesaje a,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«أُمِرْتُ أَنْ أُقَاتِلَ النَّاسَ حَتَّى يَشْهَدُوا أَنْ لَا إِلهَ إِلَّا اللهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللهِ، وَيُقِيمُوا الصَّلَاةَ، وَيُؤتُوا الزَّكَاةَ، فَإِذَا فَعَلُوا ذَلِكَ عَصَمُوا مِنِّي دِمَاءَهُم وَأَمْوَالَهُمْ إِلَّا بِحَقِّ الإِسْلَامِ، وَحِسَابُهُم عَلَى اللهِ».
Mwen te resevwa lòd poum konbat moun yo jouk tan yo temwaye ke pa gen okenn lòt bondye sinon Allah epi Muhammad se Mesaje Allah, pou yo fè lapriyè (Salat), epi pou yo bay lacharite ki obligatwa a (Zakat). Si yo fè sa, san yo ak byen yo ap pwoteje kont mwen, eksepte si lalwa Islam mande sa, epi se nan men Allah kont yo (jijman yo) ye. Epi siyifikasyon pawòl li, (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li):
«حَتَّى يَشْهَدُوا أَن لَا إِلهَ إِلَّا اللهُ».
«jiskaske yo temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah» Sa vle di: pou yo ka fè adorasyon an pou Allah li menm sèl, san yo pa mete okenn lòt bagay avèk li.
Epi moun ki asosye yo te konn gen lakrentif pou Jinn yo e yo te konn chèche refij bò kote yo, se konsa Allah, Sila a ki Pi Elve a, te fè pawòl Li a desann sou sa:
﴿وَأَنَّهُ كَانَ رِجَالٌ مِنَ الْإِنْسِ يَعُوذُونَ بِرِجَالٍ مِنَ الْجِنِّ فَزَادُوهُمْ رَهَقًا6﴾
"Epi anverite, te gen kèk gason pami moun ki te konn chache pwoteksyon nan men kèk gason pami Jinn yo, sa te fè Jinn yo vin gen plis lògèy (epi sa te ogmante laperèz ak fatig pou moun yo)". [Al-Jinn: 6] Moun kap fè eksplikasyon sou Koran an (moufassir yo) di konsènan bèl vèsè sa a: Sans pawòl Li a (se:)...
﴿...فَزَادُوهُمْ رَهَقًا﴾
"...sa te fè Jinn yo vin gen plis lògèy (epi sa te ogmante laperèz ak fatig pou moun yo)". Sa vle di: (sa te ogmante) laperèz ak kè sote lakay yo; paske Jinn yo vin bay tèt yo anpil enpòtans epi yo vin gen lògèy lè yo wè lèzòm ap chache pwoteksyon nan men yo. Lè sa a, Jinn yo vin fè moun yo pè plis toujou epi yo plis kraponnen yo, dekwa pou moun yo ka adore yo plis epi pou yo toujou kouri vin chache sekou nan men yo.
Epi Allah te ranplase sa pou Mizilman yo ak chache pwoteksyon nan men Li (ki gen tout glwa pou Li) epi nan pawòl Li yo ki pafè. Li te desann vèsè sa a (ki gen tout grandè nan men li) sou sa:
﴿وَإِمَّا يَنْزَغَنَّكَ مِنَ الشَّيْطَانِ نَزْغٌ فَاسْتَعِذْ بِاللَّهِ إِنَّهُ سَمِيعٌ عَلِيمٌ200﴾
200: Epi si yon move lide (oswa yon tantasyon) soti nan men Satan ta vin jwenn ou, enben chache pwoteksyon nan men Allah. Anverite, li se moun ki tande tout bagay, epi Li konnen tout bagay. Sourat [Al-A'raf: 200]. Epi pawòl li, Sila ki gen tout grandè a:
﴿قُلْ أَعُوذُ بِرَبِّ الْفَلَقِ1﴾
"Di: Mwen chache pwoteksyon nan men Mèt douvanjou a (Mèt limyè kap pèse fènwa a)". Epi sa sèten bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«مَنْ نَزَلَ مَنْزِلًا فَقَالَ: (أَعُوذُ بِكَلِمَاتِ اللهِ التَّامَّاتِ مِنْ شَرِّ مَا خَلَقَ)؛ لَم يَضُرَّهُ شَيءٌ حَتَّى يَرْتَحِلَ مِنْ مَنْزِلِهِ ذَلِكَ».
«Moun ki desann yon kote epi li di: (Mwen chache pwoteksyon nan pawòl Allah yo ki pafè, kont mal tou sa li kreye); anyen pap nwi li jiskaske li kite kote sa a li te ye a».
Apati 2 vèsè ak adit ki te site anvan yo, moun kap chèche delivrans, ki vle prezève relijyon li, epi ki vle pwoteje tèt li kont bay Allah asosye nan tout fòm li, kit piti kit gwo, konnen ke atachman ak moun ki mouri, zanj, djin, ak lòt kreyati, epi envoke yo, chèche refij nan men yo ak lòt bagay menm jan an; se pami aksyon moun nan peryòd Jahiliyyah yo ki te konn bay Allah asosye, e se youn nan fòm ki pi lèd nan bay Allah asosye. Kidonk, sa ki obligatwa se kite l, pran prekosyon ak li, youn konseye lòt pou kite l, epi denonse moun ki pratike l.
Kanta pou moun yo konnen ki fè zak asosyasyon sa yo: yon moun pa gen dwa marye avèk li, ni manje bèt li sakrifye, ni fè lapriyè sou li, ni fè lapriyè dèyè li, jiskaske li deklare li repanti devan Allah pou sa, epi li fè siplikasyon ak adorasyon li yo pou Allah sèlman. E siplikasyon se adorasyon an, e menm se esans li, jan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di sa:
«الدُّعَاءُ هُوَ العِبَادَةُ».
Siplikasyon se adorasyon an. E selon sa yo rapòte de li, ke lapè ak benediksyon Allah sou li, nan yon lòt vèsyon, li te di:
«الدُّعَاءُ مُخُّ العِبَادَةِ».
«Siplikasyon se esans adorasyon an.» Kanta pou maryaj ak moun ki bay Allah asosye yo (Mouchrik): Enben, Allah (ki gen tout grandè pou Li) te di:
﴿وَلَا تَنْكِحُوا الْمُشْرِكَاتِ حَتَّى يُؤْمِنَّ وَلَأَمَةٌ مُؤْمِنَةٌ خَيْرٌ مِنْ مُشْرِكَةٍ وَلَوْ أَعْجَبَتْكُمْ وَلَا تُنْكِحُوا الْمُشْرِكِينَ حَتَّى يُؤْمِنُوا وَلَعَبْدٌ مُؤْمِنٌ خَيْرٌ مِنْ مُشْرِكٍ وَلَوْ أَعْجَبَكُمْ أُولَئِكَ يَدْعُونَ إِلَى النَّارِ وَاللَّهُ يَدْعُو إِلَى الْجَنَّةِ وَالْمَغْفِرَةِ بِإِذْنِهِ وَيُبَيِّنُ آيَاتِهِ لِلنَّاسِ لَعَلَّهُمْ يَتَذَكَّرُونَ221﴾
"Piga nou marye ak fanm kap sèvi lòt dye yo jiskaske yo kwè (nan Allah). Anverite, yon esklav fi ki kwè pi bon pase yon fanm kap sèvi lòt dye, menm si li ta atire nou. Epi, piga nou bay fi nou yo marye ak gason kap sèvi lòt dye yo jiskaske yo kwè. Anverite, yon esklav gason ki kwè pi bon pase yon gason kap sèvi lòt dye, menm si li ta atire nou. Moun sa yo ap envite moun nan direksyon dife a (Lanfè), pandan Allah menm, pa pèmisyon li, ap envite moun nan direksyon bèl jaden (Paradi) an ak padon li. Epi li esplike vèsè li yo klè pou limanite, pou yo ka sonje". [Al-Baqarah: 221], Konsa, Allah (ki gen tout glwa pou Li) entèdi Mizilman yo marye ak fanm ki bay Allah asosye (mouchrik), tankou moun kap adore zidòl, Jinn, zanj, ak lòt bagay konsa, jiskaske yo vin gen lafwa nan rezève tout adorasyon pou Allah sèlman, epi yo kwè nan sa Mesaje a (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) te pote a, epi yo swiv chemen li an. Konsa tou, Li entèdi bay gason ki mouchrik yo fanm mizilmàn pou yo marye, jiskaske yo vin gen lafwa nan rezève tout adorasyon pou Allah sèlman, epi yo kwè nan Mesaje a (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam), epi yo swiv li.
Epi Allah (ki gen tout glwa pou Li) te fè konnen yon sèvant (yon esklav) ki kwayan pi bon pase yon fanm lib ki mouchrik (ki bay Allah asosye), menmsi bèl vizaj li ak bèl fason li pale ta ka parèt bèl nan zye moun kap gade l la. Konsa tou, yon sèvitè (esklav) ki kwayan pi bon pase yon gason lib ki mouchrik, menmsi bèl aparans li, jan li pale byen (fakasite l), kouraj li, ak lòt kalite li genyen ta ka parèt bèl nan zye moun kap gadel oswa kap koute li. Apre sa, Allah te fè wè aklè rezon ki fè preferans sa a nan pawòl Li a (ki gen tout glwa pou Li):
﴿...أُولَئِكَ يَدْعُونَ إِلَى النَّارِ...﴾
"Moun sa yo (moun ki bay Allah asosye yo), yap rele moun vè dife (lanfè)...". [Al-Baqarah: 221]. Sa vle di: Gason ak fanm ki bay Allah asosye yo (Mouchrik), se paske se nan dife lanfè yap rele moun, kit se nan sa yo di, nan sa yo fè, nan jan yo viv, oswa nan jan yo aji. Men, kanta pou gason ak fanm ki kwayan yo, yo menm se nan Paradi yap rele moun, nan jan yo aji, nan sa yo fè, ak nan jan yo viv. Konsa, kijan nou ta ka mete 2 kalite moun sa yo nan menm nivo!
Kanta pou lapriyè (Janaza) sou moun ki bay Allah asosye yo (mouchrik): Enben, Allah (ki gen tout grandè ak tout lwanj pou Li) te di konsènan moun ki ipokrit yo (Mounafiqin):
﴿وَلَا تُصَلِّ عَلَى أَحَدٍ مِنْهُمْ مَاتَ أَبَدًا وَلَا تَقُمْ عَلَى قَبْرِهِ إِنَّهُمْ كَفَرُوا بِاللَّهِ وَرَسُولِهِ وَمَاتُوا وَهُمْ فَاسِقُونَ84﴾
"Pa janm fè lapriyè (fineray) pou okenn nan yo ki mouri, ni pa kanpe sou tonb li. Anverite, yo pat kwè nan Allah ak nan mesaje li a, epi yo te mouri pandan yo te nan dezobeyisans". [Repantans: 84], Konsa, Allah (ki gen tout grandè ak tout lwanj pou Li) fè wè aklè nan bèl vèsè sa a ke yo pa dwe fè priyè (Janaza) ni pou moun ki ipokrit (mounafiq) ni pou moun ki nye lafwa (kafir); paske yo te rejte Allah ak Mesaje Li a. Konsa tou, yo pa dwe fè priyè dèyè yo (kòm imâm), epi yo pa dwe mete yo kòm chèf (imâm) pou Mizilman yo; paske yo pa gen lafwa, yo pa gen onètete, epi poutèt gwo lènmi ki genyen ant yo menm ak Mizilman yo. Epitou, se paske yo pa fè pati moun kap fè lapriyè ak adorasyon tout bon vre; paske depi gen dekourajman (Koufr) ak bay Allah asosye (Chirk), pa gen okenn bon zak ki rete (ki valab). Nap mande Allah pou li pwoteje nou kont sa. Kanta pou manje vyann bèt moun ki bay Allah asosye yo (Mouchrik) touye: Enben, Allah (ki gen tout grandè pou li) te pale pou li fè wè aklè entèdikshon sou manje bèt ki mouri pou kont yo (kadav) ak vyann bèt moun ki mouchrik yo touye:
﴿وَلَا تَأْكُلُوا مِمَّا لَمْ يُذْكَرِ اسْمُ اللَّهِ عَلَيْهِ وَإِنَّهُ لَفِسْقٌ وَإِنَّ الشَّيَاطِينَ لَيُوحُونَ إِلَى أَوْلِيَائِهِمْ لِيُجَادِلُوكُمْ وَإِنْ أَطَعْتُمُوهُمْ إِنَّكُمْ لَمُشْرِكُونَ121﴾
"Epi piga nou manje nan sa yo pa te pwononse non Allah sou li (lè yo tap touyel la). Anverite, sa se yon peche grav (yon dezobeyisans). Epi san mank, Cheytàn yo pouse moun ki pou yo ,pou yo vin fè diskisyon avèk nou; si nou obeyi yo, nap tounen moun kap bay Allah asosye (mouchrik) tou". [Al-An‘ām: 121], Konsa, Allah, ki gen tout grandè a, entèdi mizilman yo manje bèt mouri ansanm ak bèt moun ki bay Allah asosye touye a; paske li enpi, donk bèt li touye a gen menm estati ak yon bèt mouri, menm si li ta mansyone non Allah sou li; paske mansyon non an li fè a pa valab e li pa gen okenn efè; paske se yon adorasyon, epi lè yon moun bay Allah asosye, sa anile adorasyon an e li fèl pa valab, jiskaske moun ki bay Allah asosye a repanti devan Allah, Trèwo a. Epi Allah (ki gen tout grandè pou Li) te sèlman rann legal (halal) manje moun yo te bay Liv yo (Ahl al-Kitab), nan pawòl Li a (ki gen tout lwanj pou Li):
﴿...وَطَعَامُ الَّذِينَ أُوتُوا الْكِتَابَ حِلٌّ لَكُمْ وَطَعَامُكُمْ حِلٌّ لَهُمْ...﴾
"...Epi manje moun yo te bay Liv la legal (halal) pou nou, konsa tou manje pa nou legal pou yo...". [Al-Ma’idah: 5], Se paske yo (Jwif ak Kretyen yo) di yo fè pati yon relijyon ki sot nan syèl la, epi yo pretann yo se moun kap swiv Moyiz ak Jezi، menmsi yo manti nan sa. Allah te ranplase relijyon yo a epi Li rann li pa valab ankò lè Li te voye Muhammad (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) pou tout moun nèt. Men, Allah (ki gen tout grandè pou Li) rann manje ak fanm moun Liv yo (Ahl al-Kitab) legal pou nou pou yon bon rezon ak kèk sekrè savan yo te fin esplike. Sa diferan nèt ak moun kap bay Allah asosye (mouchrik) tankou moun kap adore zidòl ak moun mouri, kit se pwofèt, sen (awliya), oswa lòt; paske relijyon pa yo a pa gen okenn baz (verite), epi li pa gen okenn dout: li fo depi nan rasin li. Se poutèt sa, bèt moun sa yo touye yo konsidere kòm kadav (ki mouri pou kont li), epi li entèdi pou moun manje l.
Kanta pou yon moun ki di yon lòt moun: (Se pou Jinn frape w!), (Se pou Jinn pran w!), (Se pou Cheytàn vole afèw), ak lòt pawòl konsa: enben, sa fè pati ensilt ak move bouch. Sa pa pèmèt ant Mizilman, menm jan tout lòt kalite ensilt ak joure entèdi. Sa pa konsidere kòm 'Chirk' (bay Allah asosye), eksepte si moun ki di pawòl sa a kwè ke Jinn yo gen pouvwa pou yo aji sou moun san pèmisyon ak volonte Allah. Kidonk, nenpòt moun ki gen kwayans sa a nan djin yo oswa nan lòt kreyati, li pa yon kwayan poutèt kwayans sa a; paske Allah, Louwanj pou Li, se li menm ki Mèt tout bagay, e ki Gen pouvwa sou tout bagay. Se Li menm ki pote byenfè ak malè, e pa gen anyen ki fèt sof si se pa pèmisyon li, volonte li, ak dekrè li te pran davans, jan li menm, ki gen tout glwa a, te di pandan li tap bay Pwofèt Li a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) lòd poul te fè moun yo konnen gwo fondman sa a:
﴿قُلْ لَا أَمْلِكُ لِنَفْسِي نَفْعًا وَلَا ضَرًّا إِلَّا مَا شَاءَ اللَّهُ وَلَوْ كُنْتُ أَعْلَمُ الْغَيْبَ لَاسْتَكْثَرْتُ مِنَ الْخَيْرِ وَمَا مَسَّنِيَ السُّوءُ إِنْ أَنَا إِلَّا نَذِيرٌ وَبَشِيرٌ لِقَوْمٍ يُؤْمِنُونَ188﴾
"Di: Mwen pa gen okenn pouvwa poum pote ni byenfè ni mal pou tèt mwen, esepte sa Allah vle. E si mwen te konnen sa ki kache a, mwen tap chèche jwenn anpil nan sa ki bon, epi okenn mal pa tap janm touchem. Mwen pa anyen anplis,esepte yon avètisè ak yon pòtè bon nouvèl pou yon pèp ki kwè". Sourat Al-A’raf, vèsè 188. Kidonk, si chèf tout kreyati yo ak pi bon pami yo a (lapè ak benediksyon Allah sou li) pa gen pouvwa poul fè tèt li ni byen ni mal, eksepte sa Allah vle, kouman sa ap ye pou rès kreyati yo?! Epi gen anpil vèsè ki nan sans sa a.
Kanta pou al mande divinò yo, moun kap fè maji yo, astwològ yo ak tout moun ki sanble ak yo, sila yo ki pretann yo gen nouvèl sou sa ki kache, se yon move zak ki pa pèmèt. Epi kwè nan yo se yon bagay ki pi grav epi pi mal toujou. Okontrè, li se youn nan branch mank lafwa; daprè pawòl Pwofèt la, kè lapè ak benediksyon Allah sou li:
«مَنْ أَتَى عَرَّافًا فَسَأَلَهُ عَنْ شَيءٍ؛ لَمْ تُقْبَلْ لَهُ صَلَاةٌ أَرْبَعِينَ يَومًا».
«Moun ki al jwenn yon divinò epi poze li kesyon sou yon bagay; yo pap aksepte lapriyè li pou karant jou.» Rapòte pa Mouslim nan Sahih li a, Epi nan Sahih li a - tou - bò kote Mouawiya bin Al-Hakam As-Soulami (ke Allah satisfè de li):
«أَنَّ النَّبيَّ ﷺ نَهَى عَنْ إِتْيَانِ الكُهَّانِ وَسُؤَالِهِم».
«ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi pou moun ale kote divinò yo ak poze yo kesyon».
Epi moun ki ekri liv 'Sounan' yo (liv ki rasanble pawòl Pwofèt la) rapòte ke Pwofèt la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) te di:
«مَنْ أَتَى كَاهِنًا، فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ؛ فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ ﷺ».
«Moun ki ale jwenn yon divinò, epi li kwè li nan sa lap di; li demanti sa ki te desann sou Muhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li». Epi, gen anpil lòt hadit ankò nan menm sans lan. Konsa, se yon devwa pou Mizilman yo pou yo pran prekosyon pou yo pa poze kesyon bay divinò yo, moun kap predi lavni yo, ak tout lòt chalatan yo, ki se moun kap bay nouvèl sou bagay ki kache epi kap twonpe Mizilman yo, kit se sou non medsin oswa sou yon lòt non, poutèt Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi sa e li te avèti kont li. Sa gen ladanl tou: sa kèk moun pretann fè nan non medsin, kote yo sèvi ak bagay ki gen rapò ak mistè (bagay kache). Pa egzanp, lè yon moun santi mouchwa tèt yon malad (gason) oswa echap yon malad (fanm), epi li di: 'Malad sa a te fè tèl bagay oswa li te pase nan tèl sitiyasyon.' Sa yo se bagay kache (mistè) ki pa gen okenn prèv nan mouchwa malad la ki ta ka montre sa. Sèl bi moun sa yo, se twonpe pèp la pou yo ka di moun sa a se yon gwo konesan nan medsin, li konn tout kalite maladi ak kòz yo. Pafwa, li ka menm ba yo kèk remèd, epi si remèd sa a rive geri yo grasa volonte Allah, moun yo vin panse se remèd li a ki geri yo. E pafwa, maladi a ka soti nan kèk move lespri oswa dyab kap sèvi moun sa a kap pretann li konn medsin nan. Move lespri sa yo fèl konnen kèk bagay ki kache (mistè) yo menm yo konnen, epi li baze sou sa poul pale. Konsa, li fè volonte move lespri yo ak dyab yo nan ba yo kalite sèvis (voye rale oswa adore yo) ki fè yo plezi. Lè sa a, move lespri yo retire kò yo sou malad la, yo sispann maltrete li oswa kitel anrepo. Sa se yon bagay ki byen konnen konsènan jan dyab ak move lespri yo fonksyone ak moun kap sèvi avèk yo.
Epi devwa Mizilman yo se tou: pou yo pran prekosyon ak sa, pou youn konseye lòt pou yo kite li, pou yo konte sou Allah sèlman, epi pou yo mete konfyans yo nan Li nan tout bagay. Pa gen anyen ki mal pou yon moun itilize remèd espirityèl ki nan lalwa a ansanm ak medikaman ki pèmèt, epi poul chèche tretman kay doktè ki itilize egzamen medikal pou yo asire yo de maladi a, atravè mwayen fizik ak lojik. Epi sa sèten bò kote Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), li te di:
«مَا أَنْزَلَ اللهُ دَاءً إِلَّا أَنْزَلَ لَهُ شِفَاءً، عَلِمَهُ مَنْ علِمه، وَجَهِلَهُ مَنْ جَهِلَهُ».
Pa gen okenn maladi Allah voye sou tè a, san li pa voye gerizon pou li tou. Gen moun ki konnen remèd la, gen lòt ki pa konnen l. Epi li,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«لِكُلِّ دَاءٍ دَوَاءٌ، فإِذَا أُصِيبَ دَوَاءٌ الدَّاءَ بََرَأَ بِإِذْنِ اللهِ».
«Pou chak maladi, gen yon remèd, epi lè remèd la jwenn maladi a, gerizon fèt pa pèmisyon Allah.» Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«عِبَادَ اللهِ، تَدَاوَوا وَلَا تَدَاوَوا بِحَرَامٍ».
«Adoratè Allah yo, chèche tretman, epi piga nou chèche tretman ak sa ki entèdi». Epi, gen anpil lòt Hadit ankò nan menm sans lan.
Nap mande Allah — lwanj pou Grandè Li — pou li ranje kondisyon lavi tout Mizilman yo, pou li geri kè yo ak kò yo kont tout sa ki mal, pou li ini yo sou bon chemen an, epi pou li pwoteje nou ansanm ak yo kont tout kalite tantasyon (egareman) ki ka pèdi nou, epi kont obeyisans a Cheytàn ak patizan li yo. Anverite, li gen pouvwa sou tout bagay. Pa gen okenn fòs ni pouvwa eksepte nan men Allah, sila ki Pi Wo a, sila ki Pi Gran an.
Epi, se pou elòj, lapè, ak benediksyon Allah sou sèvitè li ak Mesaje li, Pwofèt nou an, Mouhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Katriyèm Mesaj la:
Konsènan desizyon (Lwa Allah) sou sèvi Allah ak priyè oswa pawòl ki pa soti nan relijyon an (bid-a) oswa ki gen ladan yo bay Allah asosye (shirk)
Soti nan men Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz, pou respekte frè a (.........), ke Allah ba li siksè nan tout sa ki bon, Amin.
Lapè, mizerikòd ak benediksyon Allah anwo ou!)
Apre sa : Mwen resevwa lèt presye nou an, e mwen mande Allah pou li gide nou. Nou fèm konnen ladan li ke genyen nan peyi nou an kèk moun ki atache ak yon seri bagay Allah pa janm bay okenn otorite pou yo. Genyen ladan yo ki se bid'ah, e genyen ki se shirk, epi yo atribiye pratik sa yo bay Kòmandan kwayan yo: Ali bin Abi Talib (ke Allah satisfè de li) ak lòt moun. Epi yo repete priyè (awrad) sa yo nan rasanbleman kote yap fè lwanj pou Allah (zikr), oswa nan moske apre priyè kouche solèy (Magrib). Yo pretann se yon fason pou yo pwoche bò kote Allah, lè yo di pawòl tankou: 'Nan non dwa Allah genyen', 'O nou menm gason Allah yo (sen yo)', 'Ede nou ak sekou Allah a', epi 'Se pou nou sèvi nou kòm sipò nan non Allah'. Epi yo di tou: 'O nou menm gwo chèf espirityèl (Aktab), o nou menm mèt nou yo (Asyad), reponn nou, nou menm ki gen pouvwa pou bay sekou nan mitan nou an. Lapriyè Allah pou nou! Men sèvitè nou an ki kanpe la, li kole nan pòt nou an, li pè paske li konnen li fè anpil fòt. Vin sove nou, o mesaje Allah (Rasulullah)! Mwen pa gen pèsonn lòt moun poum ale jwenn, se nan men nou poum jwenn sa map chèche a. Se nou menm ki moun Allah. Nan non Hamza, chèf tout moun ki mouri pou lafwa yo, epi nenpòt nan nou menm ki ka ban nou sekou, vin sove nou, o mesaje Allah ! Epi menm jan ak pawòl yo: O Allah, voye elòj ou sou sila a Ou te fè tounen yon rezon pou devwalman sekrè grandè absoli Ou yo, epi pou ekla limyè mizèrikòd Ou yo, konsa li te vin tounen reprezantan pou Prezans divin Ou an, epi gadyen sekrè Esans Ou yo.
E volonte nou pou yon eksplikasyon sou sa ki se yon inovasyon, ak sa ki se bay Allah asosye, epi, si lapriyè a kòrèk dèyè Imam la ki fè envokasyon sa a, èske tout pwen sa yo te klè?
Epi repons lan se: Tout louwanj se pou Allah, Li menm sèl, e se pou lapriyè ak lapè sou sila a ki pa gen pwofèt aprè li a, epitou sou fanmi li ak konpayon li yo, ansanm ak tout moun ki swiv gidans li jouk jou jijman an.
Konnen byen — se pou Allah gidew — anverite, Allah te kreye tout kreyati yo epi li te voye Pwofèt yo (lapè sou yo) pou yon sèl rezon: se pou yo adore li sèlman, san ba Li okenn asosye, epi pou yo pa adore okenn lòt bagay bò kote li, jan Senyè— ki anwo nan syèl la — te di sa:
﴿وَمَا خَلَقْتُ الْجِنَّ وَالْإِنْسَ إِلَّا لِيَعْبُدُونِ56﴾
"Mwen pat kreye Djinn yo ak moun yo pou okenn lòt rezon, esepte pou yo ka adorem sèlman". [Adh-Dhariyat: 56].
Adorasyon an — jan nou te deja esplike l la — se: obeyi Allah (Mèt ki gen tout pouvwa a) epi obeyi Mesaje li a, Mouhammad ﷺ. Sa fèt lè yon moun fè tou sa Allah ak Mesajel la bay lòd poul fè, epi li sispann fè tou sa yo entèdi li fè. Tout sa dwe fèt avèk yon lafwa solid nan Allah ak nan Mesajel la, epi ak yon kè ki sensè (senserite total) anvè Allah sèlman nan sa w ap fè a. Sa dwe akonpanye ak yon lanmou ki san limit pou senyè toupwisan an epi yon soumisyon total devan li menm sèl, san nou pa mete pèsonn lòt avèl, jan Allah e (Mèt ki anwo nan syèl la) di l la:
﴿وَقَضَى رَبُّكَ أَلَّا تَعْبُدُوا إِلَّا إِيَّاهُ...﴾
"Mèt ou a(Allah )te dekrete pou nou pa adore pèsòn eksepte li menm sèl". [Al-Isra: 23] Sa vle di: li te komande epi li te egzije pou yo adore li sèlman, Men sa senyè toupwisan an di:
﴿الْحَمْدُ لِلَّهِ رَبِّ الْعَالَمِينَ2 الرَّحْمَنِ الرَّحِيمِ3 مَالِكِ يَوْمِ الدِّينِ4 إِيَّاكَ نَعْبُدُ وَإِيَّاكَ نَسْتَعِينُ5﴾
"2-Tout lwanj (remèsiman ak glwa) se pou Allah, Mèt (ki kreye, ki posede, epi kap dirije) tout kreyasyon an (tout sa ki egziste).
3-Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.
4: Mèt jou Jijman an.
5: Se Ou menm sèl nou adore, e se Ou menm sèl nou mande sekou". [Al-Fatiha:2-5], Atravè vèsè sa yo, Allah Granmèt la montre klè : se li menm sèl ki merite pou yo adorel, epi se nan men li sèlman pou yo chèche sekou. Epi li menm, ki gen tout grandè a, di :
﴿إِنَّآ أَنزَلۡنَآ إِلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ فَٱعۡبُدِ ٱللَّهَ مُخۡلِصٗا لَّهُ ٱلدِّينَ2 أَلَا لِلَّهِ ٱلدِّينُ ٱلۡخَالِصُ...﴾
"2: Se Nou menm ki te fè Liv la(koran an)desann sou ou avèk laverite. Kidonk, adore Allah sèlman, pandan wap ba li tout devouman ou (ak senserite), san ou pa melanjel ak anyen.
3: Se pou Allah sèlman adorasyon (reliyon) ki san melanj la ye". [Az-Zoumar: 2-3], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿فَادْعُوا اللَّهَ مُخْلِصِينَ لَهُ الدِّينَ وَلَوْ كَرِهَ الْكَافِرُونَ14﴾
"Donk, priye Allah, ak yon devosyon ki pi pou li sèlman, menm si moun ki pa kwè yo rayi sa". [Ghafir: 14], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَأَنَّ الْمَسَاجِدَ لِلَّهِ فَلَا تَدْعُوا مَعَ اللَّهِ أَحَدًا18﴾
"Epi anverite, tout moske yo (kote yo fè prostènasyon yo) se pou Allah sèlman; konsa, piga nou janm adore pèsonn ansanm ak Allah". [Al-Jinn: 18], Gen anpil vèsè ki ale nan sans sa a, epi yo tout montre obligasyon pou moun rezève adorasyon yo pou Allah sèlman.
Epi li konnen ke siplikasyon, nan tout fòm li, se yon kalite adorasyon ; poutèt sa, okenn moun pa gen dwa sipliye pèsonn eksepte Mèt li a, ni chache sekou, ni relel nan moman detrès eksepte nan men Li sèlman, pou li ka aji an akò avèk vèsè ki gen anpil valè sa yo, ansanm ak tout sa ki gen menm sans avèk yo. Sa pa gen anyen poul wè ak zafè òdinè yo, ak rezon materyèl ke yon kreyati ki vivan e ki la gen kapasite poul jere, paske bagay sa yo pa fè pati de adorasyon. Okontrè, li pèmèt daprè tèks yo (sa ki ekri) ak akò tout savan yo, pou yon moun mande èd nan men yon lòt moun ki vivan e ki gen kapasite, pou zafè nòmal ke li kapab jere; tankou, lè yon moun mande yon lòt èd oswa rele anmwe pou anpeche yon mal soti bò kote pitit li, sèvitè li oswa chen li, ak lòt bagay ki sanble ak sa yo. Se tankou lè yon moun mande yon lòt moun ki vivan, ki la epi ki kapab èd, oubyen yon moun ki pa la atravè mwayen materyèl tankou lèl ekril oswa lòt bagay konsa, pou li bati kay li, oswa poul repare machin li, ou nenpòt bagay ki sanble ak sa. Pami sa yo genyen: demann sekou yon moun fè bò kote konpayon li yo nan Jihād ak nan lagè, ak sa ki sanble ak sa. Epi, pami egzanp sou sa, men sa Allah ki gen tout pouvwa a di nan istwa Moyiz, sou li lapè ak benediksyon Allah avèk li:
﴿...فَاسْتَغَاثَهُ الَّذِي مِنْ شِيعَتِهِ عَلَى الَّذِي مِنْ عَدُوِّهِ...﴾
"...Moun ki te nan menm gwoup ak li a (moun pèp li a) te relel pou li vini pote you sekou kont lènmi l lan...". [Al-Qasas: 15].
Pou sa ki konsène rele moun ki mouri yo, djin yo, zanj yo, pyebwa yo ak wòch yo nan moman detrès: sa se pi gwo kalite peche ki se bay Allah asosye a. Li se menm kalite aksyon ak sa moun ki te konn bay Allah asosye lontan yo te konn fè ak zidòl yo; tankou al-Uzza ak al-Lāt ak lòt yo. Epi se menm bagay la tou pou moun ki rele oswa chache sekou bò kote moun ki vivan yo konsidere kòm sen, pou bagay se sèlman Allah ki gen pouvwa pou fè yo; tankou geri moun ki malad, gide kè moun, fè moun antre nan Paradi, sove moun anba dife lanfè, ak lòt bagay ki sanble ak sa yo.
Vèsè ki te site anvan yo, ak tout lòt vèsè ak adit ki mache nan menm sans lan: yo tout montre obligasyon ki genyen pou nou dirije kè nou vè Allah nan tout bagay, epi pou nou rezève tout adorasyon nou pou Allah sèlman; paske se pou rezon sa a li te kreye sèvitè yo, e se lòd sa a li te ba yo – menm jan sa te parèt deja nan vèsè yo –, epi menm jan sa parèt nan pawòl li a, li menm ki merite tout lwanj:
﴿وَاعْبُدُوا اللَّهَ وَلَا تُشْرِكُوا بِهِ شَيْئًا...﴾
"Adore Allah, epi piga nou ba li okenn asosye (nan adorasyon an) nan anyen ditou". [An-Nisa: 36], Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil la:
﴿وَمَا أُمِرُوا إِلَّا لِيَعْبُدُوا اللَّهَ مُخْلِصِينَ لَهُ الدِّينَ...﴾
"Yo pa te resevwa okenn lòt lòd, sof pou yo adore Allah sèlman, ak yon kè ki sensè (san melanj) nan relijyon an...". Sourat Al bayyinah vèsè 5 Epi pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan hadith Mou'az (ke Allah satisfè avèk li):
«حَقُّ اللهِ عَلَى العِبَادِ أَنْ يَعْبُدُوهُ وَلَا يُشْرِكُوا بِهِ شَيْئًا».
«Dwa Allah genyen sou sèvitè li yo, se pou yo adore li, san yo pa ba li okenn asosye nan anyen. » Tout moun tonbe dakò sou verite li, Epi pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan Hadith Ibn Mas’oud la (ke Allah satisfè de li):
«مَنْ مَاتَ وَهُوَ يَدْعُو لِلهِ نِدًّا؛ دَخَلَ النَّارَ».
Moun ki mouri pandan lap adore yon lòt bagay oswa yon lòt moun kòm egal-ego ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè. Rapòte pa Al-Boukhari. Epi nan de Sahih yo, daprè Adit Ibn Abbas la (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), lèl te voye Mou'adh nan peyi Yemenn, li te di l:
«إِنَّكَ تَأْتِي قَومًا أَهْلَ كِتَابٍ، فَلْيَكُنْ أَوَّلَ مَا تَدْعُوهُم إِلَيهِ شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلهَ إِلَّا اللهُ».
«Ou pral kot yon pèp ki se moun ki te resevwa Liv la, kidonk se pou premye bagay ou rele yo pou li a se temwayaj ke pa gen lòt dye pase Allah sèlman.» E nan yon vèsyon:
«اُدْعُهُمْ إِلَى شَهَادَةِ أَنْ لَا إِلهَ إِلَّا اللهُ وَأَنِّي رَسُولُ اللهِ».
«Envite yo nan temwayaj ke pa gen lòt dye pase Allah sèlman epi ke mwen se Mesaje Allah». E nan yon vèsyon pa Al-Bukhari:
«فَلْيَكُنْ أَوَّلَ مَا تَدْعُوهُم إِلَى أَنْ يُوَحِّدُوا اللهَ».
«Se pou premye sa ou rele yo ladan li se pou yo adore Allah li menm sèl.» Epi nan Sahih Muslim, bò kote Tariq bin Ashyam Al-Ashja'i (ke Allah satisfè avèk li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ قَالَ: لَا إِلهَ إِلَّا اللهُ، وَكَفَرَ بِمَا يُعْبَدُ مِن دُونِ اللهِ؛ حَرُمَ مَالُهُ وَدَمُهُ، وَحِسَابُهُ عَلَى اللهِ جَلَّ جَلَالُهُ».
«Nenpòt moun ki di: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi ki rejte tout sa yo adore ki pa Allah; byen li ak san li pwoteje, e jijman li se sou kont Allah, ki gen tout grandè a». Epi, gen anpil lòt hadit ankò nan menm sans lan.
Tawhid sa a, se li ki rasin relijyon Islam nan. Se li ki baz lafwa a. Se li ki tèt tout bagay, e se li ki pi gwo obligasyon an. Se pou sajès sa a menm li te kreye moun ak djin yo, epi se pou menm sajès sa a li te voye tout pwofèt yo, jan vèsè yo deja montre sa. Pami yo, gen pawòl li:
﴿وَمَا خَلَقْتُ الْجِنَّ وَالْإِنْسَ إِلَّا لِيَعْبُدُونِ56﴾
"Mwen pat kreye Djinn yo ak moun yo pou okenn lòt rezon, esepte pou yo ka adorem sèlman". [Adh-Dhariyat: 56], Epi, pami prèv ki montre sa tou, men sa Sila a ki gen tout Majeste a di:
﴿وَلَقَدْ بَعَثْنَا فِي كُلِّ أُمَّةٍ رَسُولًا أَنِ اعْبُدُوا اللَّهَ وَاجْتَنِبُوا الطَّاغُوتَ...﴾
"Anverite nou te voye yon Mesaje nan chak nasyon pou di: Adore Allah epi evite fo divinite a". [An-Nahl: 36]، Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil la epi ki egzalte a:
﴿وَمَا أَرْسَلْنَا مِنْ قَبْلِكَ مِنْ رَسُولٍ إِلَّا نُوحِي إِلَيْهِ أَنَّهُ لَا إِلَهَ إِلَّا أَنَا فَاعْبُدُونِ25﴾
"Nou pa te voye okenn Mesaje anvan ou, san Nou pa te revelel ke: Pa gen okenn divinite apa Mwen(Allah )donk adore mwen". [Al-Anbiya: 25]. Epi li di, Majeste li gran, konsènan Noé, Houd, Sâlih ak Shou'ayb, (ke lapè ak benediksyon Allah sou yo), ke yo te di ak pèp yo a:
﴿...اعْبُدُوا اللَّهَ مَا لَكُمْ مِنْ إِلَهٍ غَيْرُهُ...﴾
"Adore Allah, nou pa gen okenn lòt dye apa li". [Al-A'raf: 59], Se apèl sa a tout Mesaje yo te fè, jan 2 vèsè anvan yo montre sa. Ènmi Mesaje yo te menm rekonèt ke Mesaje yo te kòmande yo pou yo adore Allah sèlman, epi pou yo rejte tout fo dye yo tap adore nan plas Li. Jan Allah, Sila ki gen tout Glwa a, te di nan istwa pèp Aad la, lè yo te di Houd, se pou lapè sou li:
﴿...أَجِئْتَنَا لِنَعْبُدَ اللَّهَ وَحْدَهُ وَنَذَرَ مَا كَانَ يَعْبُدُ آبَاؤُنَا...﴾
"...Èskew vin jwenn nou pou n adore Allah sèlman, epi poun abandone sa zansèt nou yo te konn adore yo?...". [Al-A'raf: 70], Epi Allah, ki sen anpil la e ki Egzalte a, di konsènan Kouraych, lè Pwofèt nou an Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te rele yo pou yo adore Allah sèlman, epi pou yo abandone sa yo tap adore nan plas li a, sètadi zanj yo, sen yo, zidòl yo, pyebwa yo, ak lòt bagay ankò:
﴿أَجَعَلَ الْآلِهَةَ إِلَهًا وَاحِدًا إِنَّ هَذَا لَشَيْءٌ عُجَابٌ5﴾
"Èske li fè tout dye yo tounen yon sèl Allah sèlman? Sa se yon bagay ki vrèman etranj (ki dwòl anpil)!" [Sad: 5], Men sa Sila a ki sen epi ki egzalte a di sou yo tou:
﴿إِنَّهُمْ كَانُوا إِذَا قِيلَ لَهُمْ لَا إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ يَسْتَكْبِرُونَ35 وَيَقُولُونَ أَئِنَّا لَتَارِكُوٓاْ ءَالِهَتِنَا لِشَاعِرٖ مَّجۡنُونِۭ36﴾
"35: « Anverite, yo menm, lè yo te di yo: 'Pa gen dye apa Allah', yo te konn fè ògèy. »
36: Epi yo di: « Èske se pou yon powèt fou nou pral abandone dye nou yo?" [As-Saffat: 35-36], Epi, gen anpil vèsè ki ale nan menm sans lan.
Atravè vèsè ak adit nou sot mansyone yo, li vin klè pou ou — ke Allah gide mwen avèk ou pou nou gen bon konpreyansyon nan relijyon an, epi pou nou wè klè nan dwa Senyè tout mond yo genyen sou nou — ke demann ak kalite fason pou chache sekou sa yo - ou te prezante nan kesyonw lan -, yo tout se kalite Chirk ki pi grav la; paske se yon adorasyon pou yon lòt bagay ki pa Allah, epi se mande pou bagay ke li menm sèl gen pouvwa pou li fè, soti nan men moun ki mouri yo ak moun ki pa la. Sa pi grav pase Chirk premye jenerasyon yo te konn fè a; paske premye moun sa yo, se sèlman nan moman yo te alèz yo te konn bay Allah asosye. Men, lè yo nan gwo difikilte, yo adore Allah sèlman; paske yo konnen se li menm sèl, Glwa pou li, ki kapab delivre yo anba difikilte sa a. Se menm jan Allah, Trèwo a, di sa nan Liv klè li a konsènan asosyatè sa yo:
﴿فَإِذَا رَكِبُواْ فِي ٱلۡفُلۡكِ دَعَوُاْ ٱللَّهَ مُخۡلِصِينَ لَهُ ٱلدِّينَ فَلَمَّا نَجَّىٰهُمۡ إِلَى ٱلۡبَرِّ إِذَا هُمۡ يُشۡرِكُونَ65﴾
"Lè yo monte nan bato a, yo priye Allah, yo fè adorasyon an pou li sèlman. Men, kou li fini sove yo mennen yo sou tè a, touswit yo rekòmanse bay li asosye". "[Al-Ankabut: 65]," Epi nan yon lòt vèsè, Sila a ki sen anpil la e ki egzalte a di yo:
﴿وَإِذَا مَسَّكُمُ ٱلضُّرُّ فِي ٱلۡبَحۡرِ ضَلَّ مَن تَدۡعُونَ إِلَّآ إِيَّاهُۖ فَلَمَّا نَجَّىٰكُمۡ إِلَى ٱلۡبَرِّ أَعۡرَضۡتُمۡۚ وَكَانَ ٱلۡإِنسَٰنُ كَفُورًا67﴾
"Lè malè (yon gwo danje) rive nou nan lanmè, tout sa nap priye (adore) yo disparèt, sof Li menm sèl (Allah). Men, depi li sove nou epi li mennen nou tounen sou tè fèm, nou vire do ba li. Lòm se yon kreyati ki vrèman engra". [Al-Isra: 67].
Si yonn nan moun sa yo kap bay Allah asosye (mouchrikin) nan tan nap viv la di: 'Nou pa pretann moun sa yo (sen yo oswa moun ki mouri yo) ap aji pa pouvwa pa yo, ni se yo menm menm kap geri malad nou yo, ni se yo kap ban nou avantaj oswa kap fè nou mal pa pwòp fòs pa yo. Sèl sa nou vle, se pou yo sèvi entèmedyè (chafaya) pou nou devan Allah pou sa nou bezwen an.'?"
Repons lan se pou nou di li: se menm objektif ak entansyon moun ki pat kwè nan tan lontan yo te genyen. Entansyon yo se pat di ke divinite pa yo yo te konn kreye, oubyen bay manje, oubyen fè byen ak mal poukont yo. Paske, sa Allah di sou yo nan Koran an demanti sa nèt. Men, yo te vle entèsesyon ak pozisyon yo, pou yo te ka pwoche pi pre Allah, menm jan Allah, Trèwo a, di sa:
﴿وَيَعۡبُدُونَ مِن دُونِ ٱللَّهِ مَا لَا يَضُرُّهُمۡ وَلَا يَنفَعُهُمۡ وَيَقُولُونَ هَٰٓؤُلَآءِ شُفَعَٰٓؤُنَا عِندَ ٱللَّهِ...﴾
"Yap adore nan plas Allah bagay ki pa ka ni fè yo mal, ni fè yo byen; epi yap di: 'Moun sa yo se entèmedyè nou (avoka nou) bò kote Allah....". [Yunus: 18], Lè sa a, Allah reponn yo sou sa, li di:
﴿...قُلۡ أَتُنَبِّـُٔونَ ٱللَّهَ بِمَا لَا يَعۡلَمُ فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَلَا فِي ٱلۡأَرۡضِۚ سُبۡحَٰنَهُۥ وَتَعَٰلَىٰ عَمَّا يُشۡرِكُونَ﴾
"Di: «Èske se enfòme nap enfòme Allah de yon bagay li pa konnen ni nan syèl la, ni sou tè a?» Glwa pou li! Li elve anpil anwo tout sa yo asosye avèk li". [Yunus: 18], Kidonk, li menm ki pa gen parèy la, Li klarifye ke li pa konnen si genyen, ni nan syèl yo, ni sou tè a, yon entèsedè devanl nan fason moun kap fè asosyasyon yo vlel la. Epi, yon bagay Allah pa konnen egzistans li, se paske li pa egziste ditou; paske li menm, pa gen anyen ki ka kache pou li. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿تَنزِيلُ ٱلۡكِتَٰبِ مِنَ ٱللَّهِ ٱلۡعَزِيزِ ٱلۡحَكِيمِ 1 إِنَّآ أَنزَلۡنَآ إِلَيۡكَ ٱلۡكِتَٰبَ بِٱلۡحَقِّ فَٱعۡبُدِ ٱللَّهَ مُخۡلِصٗا لَّهُ ٱلدِّينَ2 أَلَا لِلَّهِ ٱلدِّينُ ٱلۡخَالِصُۚ وَٱلَّذِينَ ٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ أَوۡلِيَآءَ مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ إِنَّ ٱللَّهَ يَحۡكُمُ بَيۡنَهُمۡ فِي مَا هُمۡ فِيهِ يَخۡتَلِفُونَۗ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي مَنۡ هُوَ كَٰذِبٞ كَفَّارٞ3﴾
"1- Revelasyon liv la (Koran an) sòti bò kote Allah, Sèl Chèf la (vanyan an), ki gen tout bon konprann nan.
2: Anverite, se Nou menm ki te fè Liv la desann sou ou ak verite a, kidonk adore Allah, nan rann li yon adorasyon ki pi (san okenn melanj).
3: Anverite, se pou Allah sèlman tout devosyon sensè a ye. Kanta pou moun ki pran lòt mèt nan plas li yo, yo di: «Nou pa adore yo esepte pou yo ka fè nou vin pi prè Allah». Anverite, Allah pral jije antre yo sou tout sa yo te gen dezakò ladanl yo. Anverite, Allah pa gide moun ki mantè e ki refize kwè".
[Az-Zoumar: 1-3].
Epi siyifikasyon relijyon isit la se: adorasyon, ki se: obeyi Allah ak obeyi Mesaje li a (lapè ak benediksyon Allah sou li) —jan sa te mansyone anvan—, epi ladanl genyen tou: lapriyè (demann) ak relel nan moman detrès, laperèz ak espwa, ofri sakrifis (touye bèt) ak fè pwomès, menmjan tou, ladanl genyen: lapriyè ak jèn, ak tout lòt bagay Allah ak Mesaje li a kòmande. Konsa, Li menm, glwa pou li, te esplike klèman ke adorasyon an se pou li sèlman, e ke sèvitè li yo gen obligasyon pou yo rezèvel pou li sèlman, Li menm ki gen tout grandè a. Paske lòd li te bay Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li te rezève adorasyon an pou li sèlman, se yon lòd tou pou tout manm kominote sa a.
Aprè sa, Allah, ki gen pouvwa ak grandè a, te klarifye sitiyasyon moun ki pa kwayan yo, epi li di:
﴿...وَٱلَّذِينَ ٱتَّخَذُواْ مِن دُونِهِۦٓ أَوۡلِيَآءَ مَا نَعۡبُدُهُمۡ إِلَّا لِيُقَرِّبُونَآ إِلَى ٱللَّهِ زُلۡفَىٰٓ...﴾
"...Moun sa yo ki pran lòt (kreyati) kòm pwoteksyon (patwon) nan plas Allah a, yo di: 'Nou pa adore yo pou anyen non, se sèlman pou yo fè nou pwoche pi prè Allah". [Az-Zoumar: 3]. Kòm repons pou yo, men sa Allah ki sen anpil la di:
﴿...إِنَّ ٱللَّهَ يَحۡكُمُ بَيۡنَهُمۡ فِي مَا هُمۡ فِيهِ يَخۡتَلِفُونَۗ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي مَنۡ هُوَ كَٰذِبٞ كَفَّارٞ﴾
"...Anverite, Allah ap jije ant yo konsènan sa yo te gen dezakò ladanl lan. Anverite, Allah pa gide moun ki mantè e ki pa vle kwè ditou". [Az-Zoumar: 3], Konsa, Allah (Mèt ki gen tout pouvwa a) fè nou konnen nan bèl vèsè sa a: Moun ki pa kwayan yo pat adore 'sen' (awliya) yo nan plas Allah pou okenn lòt rezon, sof pou 'sen' sa yo te ka fè yo pwoche pi prè Allah. Epi sa a, se egzakteman menm objektif moun ki pa kwayan yo te genyen nan tan lontan, e se sa yo genyen jodi a tou. Men, Allah deklare fason sa a pa vo anyen (li anile l) nan pawòl li sa a:
﴿...إِنَّ ٱللَّهَ يَحۡكُمُ بَيۡنَهُمۡ فِي مَا هُمۡ فِيهِ يَخۡتَلِفُونَۗ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي مَنۡ هُوَ كَٰذِبٞ كَفَّارٞ﴾
"...Anverite, Allah pral jije ant yo sou sa yo gen divèjans ladanl lan. Anverite, Allah pa gide moun ki mantè epi ki refize kwè". [Az-Zoumar: 3], Konsa, Allah, Trèwo a, te fè konnen klè manti yo tap bay lè yo te pretann ke dye pa yo yo te ka rapprochel de Allah, epitou li te montre kouman yo pa te kwè nan li poutèt adorasyon yo te ofri ba yo a. Poutèt sa, nenpòt moun ki gen yon ti kras bon konprann konnen ke rezon ki fè premye moun ki pat kwayan yo pat kwè, se te paske yo te pran pwofèt yo, moun yo te konsidere kòm sen yo, pyebwa yo, wòch yo, ak lòt kreyati ankò kòm entèmedyè ant yo menm ak Allah. Epi yo kwè ke (sen sa yo) ka regle bezwen yo san pèmisyon Allah epi san li pa dakò, menm jan minis yo konn plede devan wa yo. Konsa, yo konpare Allah (Mèt ki anwo nan syèl la) ak wa oswa chèf kap dirije sou tè a. Yo di: 'Menm jan yon moun ki bezwen kichòy nan men yon wa oswa yon chèf sèvi ak pwòch wa a oswa minis li yo kòm entèmedyè, se konsa nou menm tou, nou pwoche bò kote Allah lè nou adore pwofèt li yo ak sen (awliya) li yo.' Sa se pi gwo manti ki ka egziste! Paske Allah Mèt ki anwo nan syèl la) pa sanble ak pèsonn, epi nou pa ka konpare li ak kreyati li yo. Pèsonn pa ka sèvi entèmedyè (chafaya) devan li si li pa bay pèmisyon pou sa, epi li pa bay pèmisyon sa a sof pou moun ki adorel sèlman (moun Tawhid yo). Allah gen tout pouvwa sou tout bagay, li konn tout bagay, epi se li ki gen plis mizerikòd pase tout moun. Li pa pè pèsonn epi li pa gen krentif pou pèsonn, paske se li menm sèl ki gen tout otorite sou sèvitè li yo, epi li aji avèk yo jan li vle. Kontrèman ak wa yo ak dirijan yo, yo menm yo pa gen pouvwa sou tout bagay, se poutèt sa yo bezwen moun ki pou ede yo nan sa yo pa kapab fè; tankou minis yo, konseye pwòch yo ak sòlda yo. Yo bezwen moun tou ki pou fè yo konnen bezwen moun yo pa okouran de yo, konsa yo bezwen moun pami minis yo ak konseye pwòch yo ki pou vin sipliye yo epi chèche jwenn favè nan men yo pou lòt moun. Kanta pou Senyè a, Sila ki gen tout pouvwa ak grandè a, se li menm, louwanj pou li, ki pa bezwen okenn nan kreyati li yo. Li gen plis mizèrikòd pou yo pase manman yo, e se li menm ki Jij ki jis la. Li mete chak bagay nan plas pa yo daprè sajès li, aksyon li, ak pouvwa li. Konsa, nou pa dwe janm konpare li ak kreyati li yo nan okenn fason. Se poutèt sa, Li esplike klè nan liv li a: ke moun kap bay senyè a asyosye yo te rekonèt se li menm ki Kreyatè a, Sila ki ba yo sa yo bezwen an, epi Sila kap dirije tout bagay la. Epi se li menm ki reponn moun ki nan gwo nesesite a, ki retire malè a, e ki bay lavi e ki bay lanmò, pami plizyè lòt aksyon Li fè ankò. Epi, diskisyon (batay) ki te genyen ant moun ki tap bay Allah asosye (mouchrikin) yo ak mesaje (Pwofèt) Allah yo te baze sou yon sèl bagay: se te pou yo rann yon adorasyon ki sensè pou Allah sèlman, jan Allah (Mèt ki anwo nan syèl la) di l la:
﴿وَلَئِن سَأَلۡتَهُم مَّنۡ خَلَقَهُمۡ لَيَقُولُنَّ ٱللَّهُ...﴾
"E si w ta mande yo kiyès ki te kreye yo, se sèten yap di: Allah...". Sourat Az-Zukhruf, vèsè 87. Men sa senyè toupwisan an di:
﴿قُلۡ مَن يَرۡزُقُكُم مِّنَ ٱلسَّمَآءِ وَٱلۡأَرۡضِ أَمَّن يَمۡلِكُ ٱلسَّمۡعَ وَٱلۡأَبۡصَٰرَ وَمَن يُخۡرِجُ ٱلۡحَيَّ مِنَ ٱلۡمَيِّتِ وَيُخۡرِجُ ٱلۡمَيِّتَ مِنَ ٱلۡحَيِّ وَمَن يُدَبِّرُ ٱلۡأَمۡرَۚ فَسَيَقُولُونَ ٱللَّهُۚ فَقُلۡ أَفَلَا تَتَّقُونَ31﴾
"Di: «Kilès ki ban nou rezèv nou ki soti nan syèl la ak sou tè a? Kilès ki mèt zòrèy nou ak zye nou? Kilès ki fè sak vivan soti nan sa ki mouri, epi ki fè sa ki mouri soti nan sa ki vivan? Epi kilès kap dirije tout bagay?» Yap reponn san mank: «Se Allah». Lè sa a, di: «Ebyen, èske nou pap gen krentif pou Li?" [Yunus: 31], Epi gen anpil lòt vèsè ankò ki pale sou menm sijè sa a.
E nou te deja mansyone vèsè yo ki montre ke konfli a ant Mesaje yo ak kominote yo, se te sèlman sou kesyon pou adore Allah li menm sèl, tankou pawòl li a, Sila a ki Pi Wo a:
﴿وَلَقَدۡ بَعَثۡنَا فِي كُلِّ أُمَّةٖ رَّسُولًا أَنِ ٱعۡبُدُواْ ٱللَّهَ وَٱجۡتَنِبُواْ ٱلطَّٰغُوتَ...﴾
"Anverite nou te voye yon Mesaje nan chak nasyon pou di: Adore Allah epi evite fo divinite a". Sourat An-Nahl (vèsè 36) Epi vèsè yo ki gen menm sans lan. Epi Sila a ki san enpèfeksyon an esplike nan plizyè kote nan Liv nòb Li a zafè entèsesyon an, epi Li menm ki Trè Wo a di:
﴿...مَن ذَا ٱلَّذِي يَشۡفَعُ عِندَهُۥٓ إِلَّا بِإِذۡنِهِ...﴾
"...Kilès ki ka plede (entèsede) devanl si se pa avèk pèmisyon li?..." [Al-Baqarah: 255], Men sa Sila a ki gen tout pouvwa ak tout glwa a di:
﴿وَكَم مِّن مَّلَكٖ فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ لَا تُغۡنِي شَفَٰعَتُهُمۡ شَيۡـًٔا إِلَّا مِنۢ بَعۡدِ أَن يَأۡذَنَ ٱللَّهُ لِمَن يَشَآءُ وَيَرۡضَىٰٓ26﴾
"Gen anpil zanj nan syèl la, men lapriyè (entèvansyon/chafaya) yo pap sèvi anyen menm, sof si Allah bay pèmisyon pou sa pou moun li vle epi moun li dakò avèl la". [An-Najm:26].
Men sa Li di tou pou dekri zanj yo:
﴿...وَلَا يَشۡفَعُونَ إِلَّا لِمَنِ ٱرۡتَضَىٰ وَهُم مِّنۡ خَشۡيَتِهِۦ مُشۡفِقُونَ﴾
"...epi yo pa entèsede eksepte pou moun Li satisfè avèk li, epi yo menm, yo tranble ak krentif pou Li". [Al-Anbiya: 28].
Epi Li menm ki gen tout glwa a fè konnen li pa satisfè ak mekreyans ki soti nan sèvitè li yo, men okontrè, se rekonesans li satisfè pou l jwenn nan men yo. Epi rekonesans sa a, se adore li sèlman epi obeyi li. Men sa Allah ki anwo nan syèl la di:
﴿إِن تَكۡفُرُواْ فَإِنَّ ٱللَّهَ غَنِيٌّ عَنكُمۡۖ وَلَا يَرۡضَىٰ لِعِبَادِهِ ٱلۡكُفۡرَۖ وَإِن تَشۡكُرُواْ يَرۡضَهُ لَكُمۡ...﴾
"Si nou refize kwè, enben, konnen ke Allah pa bezwen nou; epi Li pa apwouve enkredilite pou sèvitè li yo. Men si nou rekonesan, lap apwouve sa pou nou..." [Az-Zumar: 7].
Bukhari rapòte nan liv 'Sahih' li a, daprè sa Abu Hurayrah (se pou Allah kontan avè l) te di: 'O Mesaje Allah ! Kilès moun ki pral pi kontan (ki pral pi byen pwofite) ak entèvansyon (chafaya) ou a?' Pwofèt la ﷺ reponn li, li di:
«مَنْ قَالَ: لَا إِلهَ إِلَّا اللهُ خَالِصًا مِنْ قَلْبِهِ».
« Moun ki di: Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, ak senserite ki soti nan kè l». Oubyen li di:
«مِنْ نَفْسِهِ».
Nan fon kè li / Soti nan nanm li)
Epi nan Sahih la, bò kote Anas (ke Allah satisfè de li), bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«لِكُلِّ نَبِيٍّ دَعْوَةٌ مُسْتَجَابَةٌ، فَتَعَجَّلَ كُلُّ نَبِيٍّ دَعْوَتَهُ، وَإِنِّي اخْتَبَأْتُ دَعْوَتِي شَفَاعَةً لِأُمَّتِي يَوْمَ الْقِيَامَةِ، فَهِيَ نَائِلَةٌ إِنْ شَاءَ اللَّهُ مَنْ مَاتَ مِنْ أُمَّتِي لَا يُشْرِكُ بِاللَّهِ شَيْئًا».
«Chak pwofèt genyen yon dou'a ki aksepte, e chak pwofèt te prese itilize dou'a pa li a. Mwen menm, mwen sere dou'a pam nan kòm yon entèsesyon pou kominote mwen an Jou Kiyamah la. Epi, si Allah vle, lap rive jwenn nenpòt moun nan kominote m nan ki mouri san li pa te asosye anyen ak Allah.» Epi, gen anpil lòt hadit nan menm sans lan.
Epi tout vèsè ak pawòl pwofèt la nou sot mansyone yo montre ke adorasyon an se yon dwa ki pou Allah sèlman, e ke pèsonn pa gen dwa bay okenn lòt moun okenn pati nan adorasyon sa a, ni pou pwofèt yo, ni pou okenn lòt moun. Epi tou, se Allah — li menm ki gen tout glwa a — ki sèl mèt entèsesyon an, menm jan li menm — glwa pou li — te di sa:
﴿قُل لِّلَّهِ ٱلشَّفَٰعَةُ جَمِيعٗا...﴾
"Di: «Se pou Allah tout entèsesyon an ye nèt...»". [Az-Zoumar: 44] Okenn moun pa merite sa, sof si aprè li fin bay moun kap entèsede a pèmisyon, epi li satisfè ak moun yap entèsede pou li a. Epi li menm, li pa satisfè ak anyen sof si se pou yo adore l li menm sèlman -jan sa te di anvan an-. Sou baz sa: asosyatè yo pap gen okenn pòsyon nan entèsesyon an, e Allah te klarifye sa lè Li menm, ki anwo nan syèl la, te di:
﴿فَمَا تَنفَعُهُمۡ شَفَٰعَةُ ٱلشَّٰفِعِينَ 48﴾
"Konsa, lapriyè (entèvansyon/chafaya) moun kap plede pou lòt yo pap sèvi yo anyen". [Al-Mouddassir: 48], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿...مَا لِلظَّٰلِمِينَ مِنۡ حَمِيمٖ وَلَا شَفِيعٖ يُطَاعُ﴾
"...Moun kap fè sa ki mal yo (moun ki fè enjistis yo) pap gen ni zanmi fidèl, ni okenn moun kap plede (entèmedyè) pou yo yap koute". [Ghafir: 18].
Epi, tout moun konnen lè yo pale de 'enjistis' (zulm) konsa san yo pa bay plis detay, sa vle di bay Allah asosye (shirk), jan Allah (Mèt ki anwo nan syèl la) di l la:
﴿...وَٱلۡكَٰفِرُونَ هُمُ ٱلظَّٰلِمُونَ﴾
"...epi moun ki pa kwè yo, se yo menm ki se moun ki enjis yo". [Al-Baqarah: 254], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿...إِنَّ ٱلشِّرۡكَ لَظُلۡمٌ عَظِيمٞ﴾
"...An verite, bay Allah Asosye se yon gwo enjistis". [Luqman: 13].
Kanta sa ou te site nan kesyon an, sou pawòl kèk nan Soufi yo di nan moske yo ak lòt kote: O Allah, voye elòj ou sou sila ou te fè tounen yon rezon pou manifestasyon sekrè pouvwa absoli w la, ak pou eklatman limyè mizèrikòdyew yo, konsa, li vin tounen reprezantan Prezans ou antan ke Mèt, ak gadyen sekrè Esans ou yo... elatriye.
Repons lan se: Nou dwe di pawòl sa yo ak tout lòt ki sanble avèk yo, fè pati yon fason pou moun rann bagay yo konplike san rezon (takallouf) ak chèche pwen nan cheve (tanat-tou’); se bagay sa yo menm Pwofèt nou an, Mouhammad ﷺ, te ban nou avètisman kont yo. Jan Muslim rapòte sa nan liv 'Sahih' li a, daprè sa Abdoullah bin Mas-oud (se pou Allah kontan avè l) te di, Mesaje Allah a ﷺ te deklare:"
«هَلَكَ المُتَنَطِّعُونَ» قَالَهَا ثَلَاثًا.
Moun kap rann bagay yo konplike san rezon (moun kap fouye pwen nan cheve yo) pèdi nèt." Li te di sa 3 fwa.
Imam Al-Khattabi, ke Allah fèl mizèrikòd, te di: Moun kap rann bagay yo konplike (Al-Mutanatti) se: moun ki fouye twò fon nan yon bagay, ki rann rechèch la difisil san rezon; menm jan ak fason moun kap fè filozofi relijye (Ahl al-Kalam) yo aji, yo menm ki antre nan bagay ki pa gade yo, epi ki pèdi kò yo nan diskite bagay lespri yo pa ka fin konprann.
Epi Abou as-Sa'adat Ibn al-Athir di: Se moun ki apwofondi bagay yo twòp e ki egzajere nan pawòl yo, sila yo ki pale ak fon gòj yo. Yo tire mo sa a de « An-Nata`a », ki se pati siperyè anndan bouch la, epi aprè sa yo vin itilize li pou tout moun ki apwofondi bagay yo twòp, ni nan pawòl, ni nan aksyon.
Daprè sa 2 gwo savan lang sa yo te di, sa vin klè pou ou ak pou nenpòt moun ki gen yon ti kras konprann, ke fason sa a (kèk moun itilize) pou yo voye benediksyon ak salitasyon sou Pwofèt nou an ﷺ, fè pati bagay ki konplike san rezon (takallouf) ak fouye pwen nan cheve (tanat-tou’) Allah entèdi nou fè a. Epi sa ki lejifere pou Mizilman an nan chapit sa a, se pou li chèche swiv fason ki sèten ki soti nan Mesaje Allah (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) sou jan pou li voye lapriyè ak salitasyon sou li, epi nan sa gen ase san li pa bezwen anyen lòt.
Epi pami sa yo genyen: sa Al-Bukhari ak Muslim rapòte nan 2 liv otantik yo, li soti nan Ka'b bin Ujrah — se pou Allah kontan avèk li—, ke Konpayon yo — se pou Allah kontan avèk yo— te di: O Mesaje Allah! Allah òdone nou pou nou voye benediksyon sou ou; kidonk, kijan pou nou voye benediksyon sou ou? Epi li te di:
«قُولُوا: اللَّهُمَّ صَلِّ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى آلِ مُحَمَّدٍ كَمَا صَلَّيْتَ عَلَى إِبرَاهِيمَ وَعَلَى آلِ إِبرَاهِيمَ، إِنَّكَ حَمِيدٌ مَجِيدٌ، وَبَارِكْ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى آلِ مُحَمَّدٍ كَمَا بَارَكْتَ عَلَى إِبرَاهِيمَ وَعَلَى آلِ إِبرَاهِيمَ إِنَّكَ حَمِيدٌ مَجِيدٌ».
«Di: O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou glorye. Epi beni Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni Ibrahim e sou fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou gloriye».
Epi nan 2: Sahih yo, daprè Abou Hamid As-Sa'idi (ke Allah satisfè de li): ke yo te di: O Mesaje Allah! Kijan pou nou priye sou ou? Li te di:
«قُولُوا: اللَّهُمَّ صَلِّ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى أَزْوَاجِهِ وَذُرِّيَّتِهِ كَمَا صَلَّيْتَ عَلَى آلِ إِبرَاهِيمَ، وَبَارِكْ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى أَزْوَاجِهِ وَذُرِّيَّتِهِ كَمَا بَارَكْتَ عَلَى آلِ إِبرَاهِيمَ، إِنَّكَ حَمِيدٌ مَجِيدٌ».
Nou dwe di: O Allah ! Voye benediksyon sou Mouhammad, sou madanm li yo, ak sou desandan li yo, menm jan Ou te voye benediksyon sou fanmi Ibrahim. Epi bay Mouhammad favè Ou, ansanm ak madanm li yo ak desandan li yo, menm jan Ou te bay fanmi Ibrahim favè Ou. Vreman vre, se Ou menm ki merite tout lwanj epi Ou gen yon grandè ki san parèy.
Epi nan Sahih Mouslim, soti bò kote Abou Mas'oud al-Ansari (Ke Allah satisfè de li), li rapòte ke Bachir bin Sa'd te di: "O Mesaje Allah a! Allah te ban nou lòd pou nou priye sou ou; donk kijan pou nou priye sou ou?" Pwofèt la te rete an silans, epi li te di:
«قُولُوا: اللَّهُمَّ صَلِّ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى آلِ مُحَمَّدٍ؛ كَمَا صَلَّيْتَ عَلَى آلِ إِبرَاهِيمَ، وَبَارِكْ عَلَى مُحَمَّدٍ وَعَلَى آلِ مُحَمَّدٍ؛ كَمَا بَارَكْتَ عَلَى آلِ إِبرَاهِيمَ فِي العَالَمِينَ، إِنَّكَ حَمِيدٌ مَجِيدٌ، وَالسَّلَامُ كَمَا عَلِمتُم».
«Di: O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou fanmi Ibrahim, epi beni Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni fanmi Ibrahim pami nasyon yo; an verite, Ou diy de louwanj, Ou gloriye. Epi pou salitasyon lapè a, se jan nou te aprann li a».
Se pawòl sa yo, ak sa ki sanble ak yo, ak lòt ankò – pami sa ki otantifye ki soti bò kote Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) – se yo menm yon mizilman dwe itilize lè lap voye elòj ak lapè sou mesaje Allah la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li); paske Mesaje a (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) se li menm ki konnen pi byen pase tout moun ki pawòl ki apwopriye pou yo itilize pou li, menm jan tou, se li ki konnen pi byen pase tout moun ki pawòl ki dwe itilize konsènan senyè li a.
Kanta pou pawòl ki fòse ak sa ki fèk envante yo, ansanm ak pawòl ki ka gen yon sans ki pa kòrèk, tankou sa yo te mansyone nan kesyon an, enben, yon moun pa dwe itilize yo. Sa se poutèt se manti ki gen ladan yo, epi paske yo ka entèprete yo ak yon sans ki pa kòrèk, anplis yo ale kont pawòl Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te chwazi epi li te gide kominotel la pou yo itilize. Li menm ki se moun ki gen plis konesans pami tout kreyati yo, ki bay pi bon konsèy la, epi ki pi wo pase tout fòm manti sa yo,Se pou pi bon priyè ak lapè ki soti bò kote Mèt li a sou li.
Avèk sa, nou espere ke tout prèv nou mansyone yo pou esplike reyalite Inisite a, ak reyalite Asosyasyon an, ak diferans ki genyen ant premye asosyatè yo ak sa ki vini aprè yo nan domèn sa a, epi pou esplike fason pou fè lapriyè ki preskri a sou Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ap sifi e ap konvenkan pou moun kap chache laverite a. Kanta pou moun ki pa gen dezi pou konnen Laverite a; moun sa a ap swiv pwòp pasyon pa li,men sa Allah, Sila a ki gen anpil Majeste a, di:
﴿فَإِن لَّمۡ يَسۡتَجِيبُواْ لَكَ فَٱعۡلَمۡ أَنَّمَا يَتَّبِعُونَ أَهۡوَآءَهُمۡۚ وَمَنۡ أَضَلُّ مِمَّنِ ٱتَّبَعَ هَوَىٰهُ بِغَيۡرِ هُدٗى مِّنَ ٱللَّهِۚ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يَهۡدِي ٱلۡقَوۡمَ ٱلظَّٰلِمِينَ50﴾
"Si yo pa reponn ou (si yo pa aksepte saw di a), konnen byen se sèlman dezi kè yo (pasyon yo) yap swiv. Kilès moun ki pi pèdi pase yon moun kap swiv dezi kè li san okenn gidans ki soti nan Allah? Vreman vre, Allah pa gide moun kap fè sa ki mal (moun ki fè enjistis yo)". [Al-Qasas: 50].
Konsa, Allah (ki gen tout glwa pou li a) esplike byen klè nan gran vèsè sa a: ke moun yo se 2 gwoup devan sa li te voye ak pwofèt li a Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), ki se bon chemen an ak relijyon laverite a:
Premye a se: moun ki obeyi Allah ak Mesaje li a.
Dezyèm gwoup la se: moun kap swiv dezi kè yo (pasyon yo). Aprè sa, Allah (Mèt ki anwo nan syèl la) fè nou konnen pa gen pèsonn ki pi pèdi pase yon moun kap swiv pwòp pasyon li san li pa gen yon gidans ki soti nan Allah.
Kidonk, nap mande Allah — ki gen tout glwa a — pou li ban nou pwoteksyon kont swiv pasyon nou, epi pou li mete nou, nou menm ansanm ak tout frè nou yo, pami moun ki reponn apèl Allah ak Mesaje li a (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li), pami moun ki bay lwa li a anpil valè, epi pami moun ki met moun an gad kont tout sa ki kontrè ak lwa li a, tankou inovasyon (nan relijyon an) ak pasyon yo. Anverite, se li menm ki konn bay anpil la, ki gen anpil jenerozite.
Se pou benediksyon ak lapè Allah sou sèvitè li ak mesaje li, Pwofèt nou an, Mouhammad, sou fanmi li, sou konpanyon li yo, ak sou tout moun ki swiv chemen li ak senserite jouk jou jijman an.
Avètisman kont Inovasyon nan relijyon (Bid'ah)
Abdulaziz ibn Abdullah ibn Baz
Liv sa a bay avètisman kont selebrasyon anivèsè nesans (Mawlid) ak lòt kalite inovasyon (Bid'ah) ki pa parèt ni nan liv Allah a (Koran), ni nan tradisyon Pwofèt la (Sunnah). Liv la baze sou prèv lalwa ki soti dirèkteman nan Koran an ak nan Sunnah a, epi li esplike ke nenpòt bagay moun ajoute nan relijyon an san Allah pa te mande sa, yo konsiderel kòm yon inovasyon (Bid'ah) moun dwe evite.
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Senkyèm Mesaj la:
Desizyon sou selebrasyob fèt nesans Pwofèt la (Mawlid) ak lòt kalite fèt nesans yo
Lwanj pou Allah, epi lapè ak benediksyon sou Mesaje Allah, ak sou fanmi li ak konpayon li yo, ak sou tout moun ki swiv gidans li.
Apre sa : kesyon an te poze plizyè fwa pa anpil moun sou jijman selebrasyon nesans Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), sou zak kanpe pou li pandan seremoni an, sou voye salitasyon sou li, ak sou lòt bagay ankò ki fèt nan Mawlid yo.
Repons lan se: Li pa pèmèt pou selebre nesans Mesaje a (Lafè ak benediksyon Allah sou li) ni pou okenn lòt moun; paske sa se youn nan inovasyon yo fèk envante nan relijyon an; paske Mesaje a (Lafè ak benediksyon Allah sou li) pat fèl, ni kalif li yo ki te byen gide yo, ni lòt Konpayon yo (ke Allah satisfè de yo), ni moun ki te swiv yo nan bon aksyon yo nan jenerasyon ki pi bon yo. Epi se yo menm ki te gen plis konesans sou Sounnah a, ki te gen lanmou ki pi pafè pou Mesaje Allah la (Lafè ak benediksyon Allah sou li), e ki te pi byen swiv lalwa li a pase tout moun ki te vini aprè yo. Epi Allah, ki sen anpil la e ki Egzalte a, di nan Liv li a ki klè a:
﴿...وَمَآ ءَاتَىٰكُمُ ٱلرَّسُولُ فَخُذُوهُ وَمَا نَهَىٰكُمۡ عَنۡهُ فَٱنتَهُواْ...﴾
"...Nenpòt sa Mesaje a ban nou, pran li; epi nenpòt sa li entèdi nou fè, sispann fè li..."
[Al-Hashr: 7]. Men sa Sila a ki gen tout grandè a di:
﴿...فَلۡيَحۡذَرِ ٱلَّذِينَ يُخَالِفُونَ عَنۡ أَمۡرِهِۦٓ أَن تُصِيبَهُمۡ فِتۡنَةٌ أَوۡ يُصِيبَهُمۡ عَذَابٌ أَلِيمٌ﴾
"Se pou moun ki dezobeyi lòd li a pran prekosyon pou yon eprèv pa tonbe sou yo, oubyen pou yon chatiman douloure pa frape yo". [An-Nour: 63], Men sa Sila a ki sen anpil la di:
﴿لَّقَدۡ كَانَ لَكُمۡ فِي رَسُولِ ٱللَّهِ أُسۡوَةٌ حَسَنَةٞ لِّمَن كَانَ يَرۡجُواْ ٱللَّهَ وَٱلۡيَوۡمَ ٱلۡأٓخِرَ وَذَكَرَ ٱللَّهَ كَثِيرٗا21﴾
"Anverite, gen yon bèl egzanp pou nou nan Mesaje Allah la, pou moun ki gen espwa nan Allah ak Dènye Jou a, epi ki sonje Allah anpil". [Al-Ahzab: 21], Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَٱلسَّٰبِقُونَ ٱلۡأَوَّلُونَ مِنَ ٱلۡمُهَٰجِرِينَ وَٱلۡأَنصَارِ وَٱلَّذِينَ ٱتَّبَعُوهُم بِإِحۡسَٰنٖ رَّضِيَ ٱللَّهُ عَنۡهُمۡ وَرَضُواْ عَنۡهُ وَأَعَدَّ لَهُمۡ جَنَّٰتٖ تَجۡرِي تَحۡتَهَا ٱلۡأَنۡهَٰرُ خَٰلِدِينَ فِيهَآ أَبَدٗاۚ ذَٰلِكَ ٱلۡفَوۡزُ ٱلۡعَظِيمُ100﴾
"Epi premye moun yo ki te pran devan pami Mouhajirin yo (moun ki te kite Lamèk pou al Medina) ak Ansar yo (moun Medina ki te ede yo), ak moun ki te swiv yo nan fè sa ki byen, Allah satisfè de yo, epi yo menm tou yo satisfè de li. Epi li prepare pou yo bèl jaden (Paradi) kote dlo ap koule anba yo, yap rete ladan yo pou toutan. Sa a, se gwo siksè a". [At-Tawbah: 100], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿...ٱلۡيَوۡمَ أَكۡمَلۡتُ لَكُمۡ دِينَكُمۡ وَأَتۡمَمۡتُ عَلَيۡكُمۡ نِعۡمَتِي وَرَضِيتُ لَكُمُ ٱلۡإِسۡلَٰمَ دِينٗا...﴾
"Jodi a, Mwen pèfeksyone relijyon nou an pou nou, Mwen akonpli favè mwen sou nou, e Mwen apwouve Islam kòm relijyon pou nou". [Al-Ma'idah: 3] Gen anpil lòt vèsè ki gen menm sans sa a. Epi, sa soti nan yon sous ki sèten bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«مَنْ أَحْدَثَ فِي أَمْرِنَا هَذَا مَا لَيْسَ مِنهُ فَهُوَ رَدٌّ».
Nenpòt moun ki ajoute nan relijyon nou an yon bagay ki pa ladanl, yap rejte li. Sa vle di: Se yon bagay yap voye jete tounen ba li. Epi li di nan yon lòt adit:
«عَلَيكُم بِسُنَّتِي وَسُنَّةِ الخُلَفَاءِ الرَّاشِدِينَ المَهْدِيَّينَ مِنْ بَعدِي، تَمَسَّكُوا بِهَا، وَعَضُّوا عَلَيهَا بِالنَّوَاجِذِ، وَإِيَّاكُمْ وَمُحْدَثَاتِ الأُمُورِ، فَإِنَّ كُلَّ مُحْدَثَةٍ بِدْعَةٌ وَكُلَّ بِدْعَةٍ ضَلَالةٌ».
Swiv chemen mwen an (Sunnah) ak chemen ranplasan mwen yo (Khalif) ki byen gide aprè mwen. Kenbe chemen sa yo fèm, mare ak yo ak tout fòs nou. Veye kò nou ak bagay moun envante nan relijyon an, paske tout sa yo envante se yon inovasyon (Bid’ah), epi tout inovasyon se yon pèdi chemen. Nan 2 adit sa yo, gen yon gwo avètisman kont envante Bid'a, epi pratike yo,
Kreye selebrasyon konsa fè moun konprann ke Allah pat konplete relijyon an pou kominote sa a, e ke Mesaje a (lapè ak benediksyon sou li) pat transmèt tout sa kominote a te dwe fè, jiskaske moun ki te vini aprè yo te parèt, epi yo vin envante bagay nan lalwa Allah ke Li pat pèmèt, pandan yap pretann ke se sa kap fè yo vin pi pwòch Allah. Sa a, san okenn dout, se yon gwo danje, e se yon objeksyon kont Allah (Glwa pou Li) ak kont Mesaje Li a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li). Allah (Glwa pou Li) te fin konplete relijyon an pou sèvitè li yo, epi li te pèfeksyone favè li sou yo, epi Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te delivre mesaj la yon fason ki byen klè. Li pat kite okenn chemen ki mennen nan Paradi e ki elwaye moun de Dife san li pat montrel bay Kominote a, jan sa rapòte nan yon adit otantik dapre Abdallah ibn Amr (ke Allah satisfè de li), ki te di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَا بَعَثَ اللهُ مِن نَبِيٍ إِلَّا كَانَ حَقًّا عَلَيهِ أَن يَدُلَّ أُمَّتَهُ عَلَى خَيرِ مَا يَعْلَمُهُ لَهُم، وَيُنْذِرَهُمْ شَرَّ مَا يَعْلَمُهُ لَهُمْ».
« Pa gen yon Pwofèt Allah te voye ki pat gen kòm devwa poul gide kominote li a sou meyè bagay li konnen pou yo, epi pou li avèti yo kont pi move bagay li konnen pou yo ». Rapòte pa Mouslim nan Sahih li a.
Nou konnen byen ke Pwofèt nou an (lapè ak benediksyon Allah sou li) se pi bon pami tout pwofèt yo e se li ki dènye a, epi se li ki te pi konplè nan transmèt mesaj la ak nan bay bon konsèy. Si selebrasyon nesans pwofèt la te yon pati nan relijyon ki fè Allah, Glwa pou Li, plezi a, Mesaje a (lapè ak benediksyon Allah sou li) tap esplike li klè pou kominote a, oubyen li tap fè li pandan li te vivan, oubyen konpayon li yo (se pou Allah satisfè ak yo) tap fèl. Paske anyen nan sa pa te janm fèt, sa montre klè ke li pa fè pati Islam ditou. Okontrè, se youn nan bagay moun envante sa yo Mesaje a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te avèti kominote li a kont yo, jan sa te deja mansyone nan Hadith yo. Epi, gen anpil lòt vèsè ak hadit ankò sou sijè sa a.
Gen yon gwoup savan ki deklare klèman yo kont fèt nesans sa yo (Mawlid), epi yo bay avètisman sou yo; sa baze sou prèv nou te site yo ak lòt ankò. Men, gen kèk nan savan ki te vini apre yo ki pat dakò: yo pèmèt fèt sa yo si yo pa gen bagay ki pa kòrèk ladan yo; tankou egzajere sou do Mesaje a , osinon gason ak fanm ki melanje ansanm, itilize enstriman mizik, ak lòt bagay ankò lalwa relijye a (Charia) pa aksepte. Yo panse ke fèt sa yo se bon kalite inovasyon (Bid’ah)."
Règ lalwa a se: pou nou retounen ak tout dezakò ki genyen pami moun yo nan liv Allah ak nan tradisyon Pwofèt li a Mouhammad (benediksyon ak lapè sou li), menm jan Allah (Sila a ki gen tout glwa a) te di:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلَّذِينَ ءَامَنُوٓاْ أَطِيعُواْ ٱللَّهَ وَأَطِيعُواْ ٱلرَّسُولَ وَأُوْلِي ٱلۡأَمۡرِ مِنكُمۡۖ فَإِن تَنَٰزَعۡتُمۡ فِي شَيۡءٖ فَرُدُّوهُ إِلَى ٱللَّهِ وَٱلرَّسُولِ إِن كُنتُمۡ تُؤۡمِنُونَ بِٱللَّهِ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِۚ ذَٰلِكَ خَيۡرٞ وَأَحۡسَنُ تَأۡوِيلًا59﴾
"O nou menm ki kwè! Obeyi Allah, epi obeyi Mesaje a, ak moun ki gen otorite nan mitan nou yo. Aprè sa, si nou gen yon diskisyon sou yon bagay, tounen vin jwenn Allah ak Mesaje a (pou chèche solisyon an), si nou kwè tout bon nan Allah ak nan jou dènye a. Sa se pi bon fason, epi se li ki bay pi bon rezilta". [An-Nisa: 59], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَمَا ٱخۡتَلَفۡتُمۡ فِيهِ مِن شَيۡءٖ فَحُكۡمُهُۥٓ إِلَى ٱللَّهِ ...﴾
"Nenpòt sa nou gen dezakò sou li, se Allah ki pou bay desizyon an". [Ash-Shura: 10].
Nou te egzamine keksyon sa a, ki se: fete fèt nesans yo, dapre liv Allah a. Nou jwenn liv sa a mande nou pou nou swiv Mesaje a nan sa li te pote ba nou yo, epi li avèti nou sou sa li te entèdi nou fè yo. Li fè nou konnen tou Allah te fin konplete relijyon an nèt pou pèp sa a. Kòm fete fèt nesans sa yo pa fè pati sa Mesaje a te pote a, sa vle di li pa fè pati relijyon Allah te konplete pou nou an, e li pa fè pati sa Li te mande nou pou nou swiv Mesaje a ladanl lan.
Epi pou sa tou, nou te retounen nan Sounnah Mesaje a (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li); nou pa te jwenn ladan li ke li te fèl, ni ke li te bay lòd pou sa, ni konpayon li yo (se pou Allah satisfè avèk yo) te fèl; Konsa, sa fè nou konnen ke sa pa fè pati relijyon an, men pito, se youn nan inovasyon moun fèk kreye yo, epi se yon fason pou imite moun liv yo, Jwif ak Kretyen yo, nan fèt pa yo.
Konsa, sa vin parèt klè pou nenpòt moun ki gen yon ti konesans, ki gen anvi konnen laverite, epi ki sensè nan rechèch li: fete fèt nesans sa yo pa fè pati relijyon an, men se pito yon envansyon yo ajoute ladan li,yon bagay Allah ak Mesaje li a te mande pou nou kite epi pou nou fè atansyon avèk li. Epi tou, yon moun ki gen lespri pa dwe kite kantite moun kap fè sa nan tout peyi sou latè twonpel. Paske, se pa kantite moun kap fè yon bagay ki fè nou konnen si se laverite, men nou konnen sa pito daprè prèv ki soti nan lalwa relijye a, jan Allah te di li konsènan Jwif yo ak Kretyen yo:
﴿وَقَالُواْ لَن يَدۡخُلَ ٱلۡجَنَّةَ إِلَّا مَن كَانَ هُودًا أَوۡ نَصَٰرَىٰۗ تِلۡكَ أَمَانِيُّهُمۡۗ قُلۡ هَاتُواْ بُرۡهَٰنَكُمۡ إِن كُنتُمۡ صَٰدِقِينَ111﴾
"Yo te di: 'Pèsonn pap antre nan Paradi a si li pa Jwif oswa Kretyen.' Sa se sèlman dezi yo gen nan tèt yo. Di yo: 'Pote prèv nou an si sa nap di a se vre". [Al-Baqarah: 111], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَإِنْ تُطِعْ أَكْثَرَ مَنْ فِي الْأَرْضِ يُضِلُّوكَ عَنْ سَبِيلِ اللَّهِ...﴾
"Si ou obeyi pifò moun ki sou tè a, y ap fè ou pèdi chemen Allah a…". [Al-An‘ām: 116].
Anplis de sa, pifò nan fèt nesans sa yo, apa lefèt ke se yon envansyon yo ye, yo toujou gen lòt move bagay ladan yo; tankou gason ak fanm ki melanje ansanm, itilize chante ak enstriman mizik, bwè bweson ki fè moun sou ak pran dwòg, ansanm ak anpil lòt move zak ankò. Epi tou, nan fèt sa yo, sa rive gen bagay ki pi grav toujou ki fèt, ki se bay Allah asosye (pi gwo peche a). Sa rive lè moun yo egzajere sou do Mesaje a oswa sou lòt moun yo konsidere kòm sen. Yo rive rele yo, mande yo sekou, mande yo kout men, epi kwè moun sa yo konnen sa ki kache (misterye). Sa yo se kalite aksyon ki fè moun soti nan relijyon an, e se sa anpil moun ap fè lè yap fete nesans Pwofèt la oswa lòt moun yo rele sen yo. Men, sa ki sèten, Mesaje a te di:
«إِيَّاكُم وَالغُلُوُّ فِي الدِّينِ، فَإِنَّمَا أَهْلَكَ مَن كَانَ قَبْلَكُم الغُلُوَّ فِي الدِّينِ».
Veye kò nou ak egzajerasyon nan relijyon an, paske se egzajerasyon nan relijyon an ki te detwi moun ki te la anvan nou yo. Epi li di, lapè ak benediksyon Allah sou li:
«لَا تُطْرُونِي كَمَا أَطْرَتِ النَّصَارَى ابْنَ مَرْيَمَ، إِنَّمَا أَنَا عَبدٌ، فَقُولُوا: عَبدُ اللهِ وَرَسُولُه».
«Pa fè elòj pou mwen depase limit, menm jan Kretyen yo te fè pou pitit gason Mari a, se sèlman yon sèvitè mwen ye, kidonk di: Sèvitè Allah epi Mesaje Li». Rapòte pa Al-Boukhari nan Sahih li a, daprè Omar, Allah satisfè avè l.
Pami bagay ki etranj ak dwòl yo, sèke gen anpil moun ki aktif epi ki fè gwo efò pou yo patisipe nan selebrasyon sa yo ki se inovasyon, e yo menm defann yo. Men, an menm tan, yo neglije sa Allah te fè obligatwa pou yo, tankou prezans nan priyè Vandredi ak priyè an gwoup yo, e yo pa bay sa okenn enpòtans, ni yo pa wè ke yo komèt yon gwo zak ki mal. Pa gen okenn dout nan sa, ke sa soti nan yon lafwa ki fèb, yon mank klèvwayans, ak kantite peche ak dezobeyisans ki vin kouvri kè yo. Nou mande Allah pou li ban nou pwoteksyon ak sekirite, pou nou menm ak pou tout rès Mizilman yo.
Youn nan bagay sa yo se: gen kèk nan yo ki panse ke Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) asiste Mawlid la; se pou rezon sa a yo kanpe pou li, yap salye li epi swete li byenvini. Epi sa se youn nan pi gwo bagay ki fo epi youn nan pi lèd fòm inyorans, paske Mesaje a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) pap soti nan tonb li anvan jou Jijman an, li pa pran kontak ak pèsonn nan moun yo, ni li pa asiste rasanbleman yo. Okontrè, li rete nan tonb li jiska jou Jijman an, epi nanm li nan nivo ki pi elve a bò kote Senyè li a nan mezon lonè a, jan Senyè Toupwisan an di sa :
﴿ثُمَّ إِنَّكُمْ بَعْدَ ذَلِكَ لَمَيِّتُونَ15 ثُمَّ إِنَّكُمْ يَوْمَ الْقِيَامَةِ تُبْعَثُونَ16﴾
"15: Aprè sa, se sèten nap gen pou nou mouri.
16: Aprèsa, an verite, nan jou Rezirèksyon an, nap gen pou nou resisite". [Al-Mu’minun: 15-16].
Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«أَنَا أَوَّلُ مَنْ يَنْشَقُّ عَنْهُ القَبْرُ يَومَ القِيَامَةِ، وَأَنَا أَوَّلُ شَافِعٍ، وَأَوًّلُ مُشَفَّعٍ».
Mwen se premye moun tè a ap louvri pou li soti nan tonbo li nan jou jijman an, mwen se premye moun kap mande padon (entèsede) pou lòt moun, epi mwen se premye moun Allah ap aksepte demand li. Se pou pi bon benediksyon ak lapè ki soti nan men senyè li a desann sou li.
2 vèsè sa yo, ansanm ak hadith sa a, ak tout lòt vèsè ak hadith ki mache nan menm sans lan: yo tout montre ke Pwofèt la ak tout lòt mò yo, se sèlman nan jou Jijman an yap gen pou yo soti nan tonbo yo. Sa a se yon pwen tout savan Mizilman yo dakò sou li; epi pa gen okenn dezakò pami yo sou sa. Kidonk, chak mizilman dwe fè atansyon ak bagay sa yo, epi yo dwe pran prekosyon ak tout inovasyon ak sipèstisyon moun ki pa gen konesans yo ak sila ki sanble yo pote vini; bagay sa yo se bagay Allah pa janm bay okenn otorite pou yo. Se nan men Allah nou mande sekou, se sou li nou konte, e pa gen okenn fòs ni pouvwa si se pa avèk li.
Kanta pou lapriyè ak lapè sou Mesaje Allah (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), li se pami pi bon adorasyon yo, e pami zèv ki dwat yo, jan Allah, Ki Pi Wo a, te di a:
﴿إِنَّ ٱللَّهَ وَمَلَٰٓئِكَتَهُۥ يُصَلُّونَ عَلَى ٱلنَّبِيِّۚ يَٰٓأَيُّهَا ٱلَّذِينَ ءَامَنُواْ صَلُّواْ عَلَيۡهِ وَسَلِّمُواْ تَسۡلِيمًا56﴾
"An verite, Allah ak zanj li yo voye elòj sou Pwofèt la. O nou menm ki gen lafwa yo, voye elòj sou li epi voye lapè sou li kòmsadwa". [Al-Ahzab: 56], Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ صَلَّى عَلَيَّ وَاحِدَةً؛ صَلَّى اللهُ عَلَيهِ بِهَا عَشْرًا».
Moun ki priye sou mwen yon sèl fwa; Allah priye sou li 10 fwa. Li preskri nan tout tan, epi li trè rekòmande nan fen chak lapriyè, e menm li se yon obligasyon daprè yon gwoup savan nan dènye 'Tachahoud' la nan chak lapriyè. Epi, rekòmandasyon Sounnah sa a vin pi fò nan anpil sikonstans; pami yo: aprè Adhan(apèl pou priye a)an, lè yo mansyone non li (Lapè AK benediksyon Allah kouvri li), nan jou Vandredi ak nan nwit li a, jan anpil Hadis montre sa.
Mwen mande Allah pou li ban nou, ansanm ak tout lòt Mizilman yo, bon konprann nan relijyon li a epi pou li fè nou rete fèm ladan li.Mwen mandel tou pou li fè tout moun favè pou yo toujou mache dwat nan chemen Pwofèt la, epi pou yo fè atansyon ak envansyon ki pa fè pati relijyon an. Se vre wi, Li se yon Senyè Toupwisan ki bay anpil e ki gen anpil bonte.
Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah sou Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Sizyèm Mesaj la:
Desizyon sou selebre lannwit vwayaj lannwit lan ak moute nan syèl la (Al-Isra ak Al-Miraj)
Tout louwanj se pou Allah, e se pou benediksyon ak lapè sou Mesaje Allah, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
Aprèsa: San okenn dout, Vwayaj lannwit lan ak moute nan syèl la (Al-Isra wal Mi'radj) se pami gwo mirak Allah yo ki montre verasite mesaje li a, Mouhammad (benediksyon ak lapè Allah sou li), ansanm ak gwo pozisyon li genyen bò kote Allah, li menm ki gen tout glwa a. Menmjan tou, se youn nan prèv ki montre pwisans estrawòdinè Allah genyen, epitou sa montre siperyorite li anlè tout kreyati li yo, li menm ki san defo e ki Egzalte a. Allah, li menm ki san defo e ki Egzalte a, di:
﴿سُبۡحَٰنَ ٱلَّذِيٓ أَسۡرَىٰ بِعَبۡدِهِۦ لَيۡلٗا مِّنَ ٱلۡمَسۡجِدِ ٱلۡحَرَامِ إِلَى ٱلۡمَسۡجِدِ ٱلۡأَقۡصَا ٱلَّذِي بَٰرَكۡنَا حَوۡلَهُۥ لِنُرِيَهُۥ مِنۡ ءَايَٰتِنَآۚ إِنَّهُۥ هُوَ ٱلسَّمِيعُ ٱلۡبَصِيرُ1﴾
"1: Glwa pou Sila a ki te fè sèvitèl vwayaje lannwit soti nan Moske Sakre a (Al-Masjid Al-Haram) pou rive nan Moske ki pi lwen an (Al-Masjid Al-Aqsa), li menm nou te beni tout anviwonnmanl lan, pou nou te ka montre li kèk nan siy nou yo. Anverite, se li menm ki tande tout bagay, ki wè tout bagay." [Al-Isra: 1].
Li rapòte yon fason ki sèten (Tawatur) nan men Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ke yo te elve li nan syèl yo, epi pòt yo te ouvri pou li jiskaske li te depase setyèm syèl la. Lè sa a, Seyè li a, ki pi wo pase tout bagay, te pale avè li jan li te vle, epi Li te fè 5 priyè yo vin obligatwa pou li. Okòmansman, Allah, ki pi wo pase tout bagay, te fè yo obligatwa kòm senkant (50) priyè. Pwofèt nou an Muhammad (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pa te sispann tounen bò kote Li pou mandel yon rediksyon, jiskaske Li te fè yo tounen senk (5). Kidonk, yo se senk (5) nan obligasyon, men yo se senkant (50) nan rekonpans; paske yon bon aksyon vo dis fwa parèy li. Tout louwanj ak remèsiman se pou Allah pou tout benediksyon Li yo.
Lannwit sa a kote vwayaj lannwit lan ak moute nan syèl la te fèt la, pa gen okenn pawòl ki sèten (adit) ki di ki dat egzak li te ye, kit se nan mwa Rajab oswa nan nenpòt lòt mwa. Tout sa moun rapòte pou di ki dat sa te ye, savan ki espesyalize nan etid pawòl Pwofèt la di yo pa baze sou anyen ki solid. Allah gen yon bon konprann nan fè moun bliye dat sa a. Menmsi yo ta jwenn dat egzak la, Mizilman yo pa tap gen dwa bay jou sa a yon enpòtans espesyal nan fè pratik relijye, ni yo pa tap gen dwa fetel; paske Pwofèt la ak moun ki te bò kote li yo pa te janm fete li, epi yo pa te janm bay lannwit sa a yon enpòtans espesyal nan pratik yo. E si selebrasyon sa a te yon bagay ki pèmèt nan relijyon an, Mesaje a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) tap montre sa klè pou kominote a; kit se te nan pawòl li oswa nan aksyon li. E si yon bagay konsa te fèt, tout moun tap konnen li e sa tap gaye, epi Konpayon yo (ke Allah satisfè de yo) tap rapòte sa ban nou. Paske, yo te rapòte tout bagay kominote a te bezwen ki soti nan pwofèt yo a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi yo pa te janm neglije anyen nan relijyon an. Okontrè, se yo menm ki te toujou premye nan fè tout sa ki byen. Donk, si selebre nwit sa a te yon bagay ki pèmèt, se yo menm ki tap kouri fè li anvan tout moun. Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) se moun ki te pi sensè nan bay limanite konsèy. Li te transmèt Mesaj la yon fason ki pi klè, e li te ranpli misyon konfyans li te genyen an. Kidonk, si bay nuit sa a enpòtans ak selebre li te fè pati relijyon Allah, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pa tap janm neglije sa, ni li pa tap kache li. Poutèt anyen nan sa pat janm fèt, sa montre klè ke selebre nuit sa a ak bay li enpòtans pa fè pati Lislam ditou. Allah te deja pèfeksyone relijyon Kominote sa a, e li te konplete favè li sou yo. Epi li dezapwouve moun ki envante bagay nan relijyon an ke Allah pa te pèmèt. Se poutèt sa, Li menm (Lwanj pou li e li Egzalte) di nan Liv klè li a:
﴿...ٱلۡيَوۡمَ أَكۡمَلۡتُ لَكُمۡ دِينَكُمۡ وَأَتۡمَمۡتُ عَلَيۡكُمۡ نِعۡمَتِي وَرَضِيتُ لَكُمُ ٱلۡإِسۡلَٰمَ دِينٗا...﴾
"odi a, Mwen pèfeksyone relijyon nou an pou nou, Mwen akonpli favè mwen sou nou, e Mwen apwouve Islam kòm relijyon pou nou". [Al-Ma’idah: 3], Men sa Senyè majestye a di:
﴿أَمۡ لَهُمۡ شُرَكَٰٓؤُاْ شَرَعُواْ لَهُم مِّنَ ٱلدِّينِ مَا لَمۡ يَأۡذَنۢ بِهِ ٱللَّهُۚ وَلَوۡلَا كَلِمَةُ ٱلۡفَصۡلِ لَقُضِيَ بَيۡنَهُمۡۗ وَإِنَّ ٱلظَّٰلِمِينَ لَهُمۡ عَذَابٌ أَلِيمٞ21﴾
"21- Oubyen èske yo gen kèk asosye ki tabli pou yo lwa nan relijyon an ke Allah pa bay pèmisyon pou li? Si se pa te pou Pawòl Desizyon an, yo tap gentan jije yo deja. Epi anverite, moun ki enjis yo gen yon chatiman ki fè mal anpil pou yo".
[Ash-Shura: 21].
Epi, avètisman kont inovasyon relijye yo (Bid'ah) ak deklarasyon klè ke se yon egareman, soti nan yon sous ki sèten bò kote Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) nan Hadith otantik yo; kòm yon avètisman pou kominote a sou gwo danje li genyen, epi pou fè yo repouse li pou yo pa komèt li. Epi pami sa yo: sa ki soti nan yon sous ki sèten nan 2 liv otantik yo (Sahihayn) bò kote Aisha (ke Allah satisfè de li), bò kote Pwofèt la (Pè AK benediksyon Allah kouvri li), ke li te di:
«مَنْ أَحْدَثَ فِي أَمْرِنَا هَذَا مَا لَيْسَ مِنْهُ؛ فَهُوَ رَدٌّ».
Nenpòt moun ki ajoute nan relijyon nou an yon bagay ki pa te ladan li yap voye sa jete E nan yon vèsyon pa Mouslim:
«مَنْ عَمِلَ عَمَلًا لَيْسَ عَلَيهِ أَمْرَنَا؛ فَهُوَ رَدٌّ».
Nenpòt moun ki fè yon aksyon ki pa mache ak jan nou mande fè li a, yap voye aksyon sa a jete. Epi nan Sahih Muslim, li soti nan Jabir — se pou Allah kontan avèk li — li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di nan prèch li jou Vandredi a:
«أَمَا بَعْدَ، فَإِنَّ خَيرَ الحَدِيثِ كِتَابُ اللهِ، وَخَيرَ الهَدْيِ هَدْيُ مُحَمَّدٍ ﷺ، وَشَرَّ الأُمُورِ مُحْدَثَاتُهَا، وَكُلَّ بِدْعَةٍ ضَلَالَةٌ».
«Aprèsa, sètènman pi bon nan tout pawòl se Liv Allah la, e pi bon nan tout gidans se gidans Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), e pi move nan tout zafè se inovasyon yo, e chak inovasyon se yon egareman». An-Nasâ'î ajoute avèk yon bon chèn narasyon:
«وَكُلَّ ضَلَالَةٍ فِي النَّارِ».
epi tout pèdi chemen ap mennen nan dife Nan liv ansèyman yo (Sounann), yo rapòte kote Al-Irbad pitit gason Sariya a di: Mesaje Allah a te fè yon diskou pou nou ki te touche nou anpil; kè nou te sote epi dlo te koule nan zye nou. Lè sa a, nou di li: 'O Mesaje Allah ! Diskou sa a sanble ak diskou yon moun kap di orevwa, tanpri ban nou yon dènye konsèy.' Li reponn nou:
«أُوصِيكُم بِتَقْوَى اللهِ وَالسَّمعِ وَالطَّاعَةِ وَإِنْ تَأَمَّرَ عَلَيكُم عَبدٌ، فَإِنَّهُ مَنْ يَعِشْ مِنْكُم فَسَيَرَى اخْتِلَافًا كَثِيرًا، فَعَلَيكُم بِسُنَّتِي وَسُنَّةِ الخلُفَاءِ الرَّاشِدِينَ المَهْدِيِّينَ مِنْ بَعْدِي، تَمَسَّكُوا بِهَا وَعَضُّوا عَلَيْهَا بِالنَّوَاجِذِ، وَإِيَّاكُم وَمُحْدَثَاتِ الأُمُورِ، فَإِنَّ كُلَّ مُحْدَثَةٍ بِدْعَةٍ وَكُلَّ بِدْعَةٍ ضَلَالَةٌ».
Mwen ba nou konsèy pou nou gen krentif pou Allah, pou nou koute epi obeyi moun kap dirije nou yo, menmsi se yon esklav kap kòmande nou. Paske, moun nan mitan nou ki va viv lontan, li gen pou li wè anpil divizyon ak dezakò. Lè sa a, se pou nou swiv chemen mwen an (Sounat) ak chemen ranplasan mwen yo ki byen gide apre mwen. Kenbe chemen sa yo fèm, mare ak yo ak tout fòs nou. Veye kò nou ak bagay moun envante nan relijyon an, paske tout sa yo envante se yon inovasyon, epi tout inovasyon se yon pèdi chemen. Epi, gen anpil lòt Hadit ankò nan menm sans lan.
Sa konfime nan men konpayon Pwofèt Allah la, ak nan men premye jenerasyon Mizilman ki jis yo ki te vini aprè yo; avètisman kont inovasyon nan relijyon an ak danje ki genyen ladan li. Rezon an se paske se yon bagay yo ajoute nan relijyon an, yon lwa Allah pa pèmèt. Se yon fason pou moun imite ènmi Allah yo pami Jwif yo ak kretyen yo, lè yo te ajoute bagay nan relijyon pa yo a epi yo te inove ladan li sa Allah pa te pèmèt. Paske konsekans li se minize relijyon Islamik la, epi akize li kòm kwa li pa konplè. E tout moun konnen ki gwo dega, ki mal terib, epi ki gwo opozisyon sa ye ak pawòl Allah Granmèt la lè li di:
﴿...ٱلۡيَوۡمَ أَكۡمَلۡتُ لَكُمۡ دِينَكُمۡ...﴾
"Jodi a, Mwen pèfeksyone relijyon nou an pou nou". [Al-Ma’idah: 3], Epi se yon dezobeyisans klè kont pawòl Mesaje a ki bay avètisman sou envansyon yo epi ki mande moun pou nou yo rete lwen yo.
Mwen swete ke prèv nou sot bay yo ase pou konvenk nenpòt moun kap chèche laverite poul konnen li dwe jete envansyon sa a; mwen vle pale : envansyon pou fete lannwit vwayaj lannwit lan ak moute nan syèl la. Se pou nou fè atansyon avèl, paske li pa gen anyen pou li wè ak relijyon an.
Poutèt obligasyon Allah mete pou moun bay Mizilman yo konsèy, pou esplike sa Allah mete kòm lwa pou yo nan relijyon an, epi poutèt li entèdi pou moun kache konesans; mwen te wè li nesesè poum atire atansyon frè Mizilman mwen yo sou Bid'a (inovasyon) sa a, ki gentan gaye nan anpil peyi, jis rive nan pwen kote kèk moun panse li fè pati relijyon an.
Se bò kote Allah nou mande pou li ranje kondisyon lavi tout Mizilman yo, pou li ba yo bon konpreyansyon nan relijyon an, epi pou li ban nou siksè, nou menm ansanm ak yo, pou nou kenbe fèm nan verite a, rete solid sou li, epi abandone sa ki kontrè avèk Se li menm ki Mèt tout bagay sa yo epi se li menm ki gen pouvwa pou fè sa.
Epi, se pou benediksyon, lapè, ak gras Allah desann sou sèvitè li ak Mesaje Li,Pwofèt nou an, Mouhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Setyèm Mesaj la:
Règleman sou selebrasyon nwit mitan mwa Chaaban an
Lwanj pou Allah ki fin konplete relijyon an pou nou, ki fin ban nou tout favè li nèt, epi benediksyon ak lapè pou pwofèt li a ak mesaje li a, moun ki anonse padon ak mizèrikòd la.
Aprèsa: Men sa Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:
﴿...ٱلۡيَوۡمَ أَكۡمَلۡتُ لَكُمۡ دِينَكُمۡ وَأَتۡمَمۡتُ عَلَيۡكُمۡ نِعۡمَتِي وَرَضِيتُ لَكُمُ ٱلۡإِسۡلَٰمَ دِينٗا...﴾
"Jodi a, Mwen pèfeksyone relijyon nou an pou nou, Mwen akonpli favè mwen sou nou, e Mwen apwouve Islam kòm relijyon pou nou". [Al-Ma’idah: 3], Men sa senyè toupwisan di:
﴿أَمۡ لَهُمۡ شُرَكَٰٓؤُاْ شَرَعُواْ لَهُم مِّنَ ٱلدِّينِ مَا لَمۡ يَأۡذَنۢ بِهِ ٱللَّهُ...﴾
"Oubyen èske yo genyen kèk asosye ki dekrete pou yo nan relijyon an, sa Allah pa te janm otorize...". [Ash-Shura: 21], Epi nan 2 Sahih yo, daprè Aïcha (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ أَحْدَثَ فِي أَمْرِنَا هَذَا مَا لَيْسَ مِنْهُ؛ فَهُوَ رَدٌّ».
Nenpòt moun ki ajoute nan relijyon nou an yon bagay ki pa te ladan li yap voye sa jete. Epi nan Sahih Muslim, li soti nan Jabir (ki se yon konpayon Pwofèt la) -se pou Allah kontan avèk li-, ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di nan diskou Vandredi a:
«أَمَّا بَعْدُ: فَإِنَّ خَيرَ الحَدِيثِ كِتَابُ اللهِ، وَخَيرَ الهَدْيِ هَدْيُ مُحَمَّدٍ صَلَّى اللهُ عَلَيهِ وَسَلَّمَ، وَشَرَّ الأُمُورِ مُحْدَثَاتُهَا، وَكُلَّ بِدْعَةٍ ضَلَالَةٌ».
«Apre sa: pi bon pawòl la se Liv Allah la, epi pi bon gidans lan se gidans Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), epi pi move nan zafè yo se bagay ki fèk envante yo, epi chak inovasyon se yon egareman». Epi vèsè yo ak adit yo nan sans sa a anpil, epi yo montre aklè ke Allah, Trèwo a, te fin pèfeksyone relijyon an pou nasyon sa a, epi li te fin akonpli favè li sou li. Epi Li pa te fè pwofèt li a (lapè ak benediksyon Allah sou li) mouri anvan li menm li te fin transmèt mesaj la aklè, epitou li te fin esplike nasyon an tout sa Allah te mete kòm lwa pou li nan pawòl ak nan aksyon. Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te esplike klèman ke tout sa moun ap envante aprè li epi yo mete sou kont relijyon Islam nan, kit se nan pawòl oswa nan aksyon; tout sa se yon inovasyon ki rejte e ki tounen kont moun ki envantel la, menm si entansyonl te bon. Konpayon Pwofèt Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) yo te konprann prensip sa a, menm jan tou ak savan nan Islam yo ki te vini aprè yo. Konsa, yo te denonse inovasyon yo, epi yo te mete moun an gad kont yo, jan tout moun ki te ekri liv pou onore Sounnah a epi pou denonse inovasyon yo te mansyone sa; tankou Ibn Waddah, al-Turtushi, Abu Shama, ak lòt moun ankò.
Epi, pami inovasyon kèk moun envante yo, genyen: selebrasyon nwit mitan mwa Cha'ban an, epi mete jou sa a apa pou fè jèn. Pa gen okenn prèv pou sa ki pèmèt moun apiye sou li. Gen kèk Hadit fèb ki rapòte sou benefis li, men li pa pèmèt pou moun apiye sou yo.
Kanta pou sa yo rapòte sou benefis lapriyè a ladanl ; tout se bagay ki envante, menm jan anpil nan savan yo te atire atansyon sou sa, epi nap vin site kèk nan pawòl yo, si Allah vle.
Epitou, gen kèk rapò ki soti nan men kèk nan ansyen fidèl yo (Salaf) nan peyi Siri ak lòt kote ki pale sou sa.
Majorite savan yo dakò sou lefèt ke selebrasyon sa a se yon bid'a (inovasyon nan relijyon an), e ke tout Hadit ki vini sou benefis li yo, yo tout fèb, e gen kèk ladan yo ki fo. Pami moun ki te atire atansyon sou sa, genyen: Al-Hafidh Ibn Rajab, nan liv li a: (Lata'if al-Ma'arif), ak lòt moun ankò. Epi, li byen koni ke nou travay ak Hadit ki fèb yo sèlman nan adorasyon ki gen yon baz ki deja etabli pa prèv ki otantik, Pou sa ki konsène selebrasyon nwit mitan mwa Chaabane an, li pa gen okenn fondman ki sèten, ni menm hadit ki fèb pou moun ta apiye sou li. Epi se Imam Abou l-Abbas Cheikh al-Islam Ibn Taymiyya (se pou Allah gen pitye pou li) ki te mansyone gwo prensip sa a.
Men map pataje avèk ou – ou menm kap li a – sa kèk nan savan yo te di sou kesyon sa a, pou ou ka gen yon konpreyansyon klè nan zafè sa a.
Tout gwo savan yo -se pou Allah gen pitye pou yo- tonbe dakò sou pwen sa a: devwa nou se tounen vin jwenn Liv Allah a ak fason Mesaje Allah a te viv la pou nenpòt kesyon moun pa dakò sou li. Nenpòt desizyon yo 2 a bay, oswa youn ladan yo bay, se sa ki Lalwa e se sa pou nou swiv obligatwa. Nenpòt sa ki kontredi yo, nou dwe voye sa jete. Epi nenpòt pratik adorasyon ki pa parèt nan yo 2 a, se yon envansyon; nou pa gen dwa fèl, alewè poun ta mande moun fè l oswa fè moun renmenl . Men sa Allah di:
﴿يَٰٓأَيُّهَا ٱلَّذِينَ ءَامَنُوٓاْ أَطِيعُواْ ٱللَّهَ وَأَطِيعُواْ ٱلرَّسُولَ وَأُوْلِي ٱلۡأَمۡرِ مِنكُمۡۖ فَإِن تَنَٰزَعۡتُمۡ فِي شَيۡءٖ فَرُدُّوهُ إِلَى ٱللَّهِ وَٱلرَّسُولِ إِن كُنتُمۡ تُؤۡمِنُونَ بِٱللَّهِ وَٱلۡيَوۡمِ ٱلۡأٓخِرِۚ ذَٰلِكَ خَيۡرٞ وَأَحۡسَنُ تَأۡوِيلًا59﴾
"O nou menm ki kwè! Obeyi Allah, obeyi Mesaje a, epi obeyi moun ki gen otorite nan mitan nou yo. Si nou gen yon dezakò sou yon bagay, tounen vin jwenn Allah ak Mesaje a pou chèche solisyon an, si nou kwè tout bon nan Allah ak nan jou dènye a. Sa se pi bon fason, epi se li kap bay pi bon rezilta". [An-Nisa: 59], Men sa senyè toupwisan an di:
﴿وَمَا ٱخۡتَلَفۡتُمۡ فِيهِ مِن شَيۡءٖ فَحُكۡمُهُۥٓ إِلَى ٱللَّهِ...﴾
"Nenpòt sa nou gen dezakò sou li, se Allah ki pou bay desizyon an". [Sourat Ach-Choura: 10] Men sa senyè toupwisan an di:
﴿قُلۡ إِن كُنتُمۡ تُحِبُّونَ ٱللَّهَ فَٱتَّبِعُونِي يُحۡبِبۡكُمُ ٱللَّهُ وَيَغۡفِرۡ لَكُمۡ ذُنُوبَكُمۡ...﴾
"Di yo: 'Si nou renmen Allah tout bon, swiv mwen; lè sa a, Allah va renmen nou tou, epi l ap padone peche nou yo". [Al Imran: 31] Men sa Sila a ki gen anpil grandè a di tou:
﴿فَلَا وَرَبِّكَ لَا يُؤۡمِنُونَ حَتَّىٰ يُحَكِّمُوكَ فِيمَا شَجَرَ بَيۡنَهُمۡ ثُمَّ لَا يَجِدُواْ فِيٓ أَنفُسِهِمۡ حَرَجٗا مِّمَّا قَضَيۡتَ وَيُسَلِّمُواْ تَسۡلِيمٗا65﴾
"Non, mwen fè sèman sou non Mèt ou a (Allah)! Yo pap janm gen lafwa tout bon toutotan yo pa pran ou kòm jij nan tout diskisyon ki pete nan mitan yo, epi aprèsa, pou yo pa santi okenn jèn nan kè yo pou desizyon ou pran an, epi pou yo aksepte li nèt ale ak tout nanm yo". [An-Nisa: 65], Gen anpil siy ki ale nan menm sans sa a, e yo se yon tèks klè sou obligasyon pou moun retounen ak tout kesyon kote gen dezakò yo devan Koran an ak Sounah la, ansanm ak obligasyon pou yo aksepte jijman ki soti nan yo a. Se sa menm lafwa a egzije, e se sa ki pi bon pou sèvitè yo ni nan lavi isiba a, ni nan lavi aprè lanmò, Li bay pi bon rezilta: sa vle di yon pi bon fen.
Al-Hafiz Ibn Rajab - Allah fè li mizèrikòd - te di nan liv li a: (Latā'if al-Ma'ārif) sou kesyon sa a – aprè yon pawòl ki te anvan – men tèks pawòl li a:
«Pou sa ki konsène nwit mitan mwa Chaabane lan, Tabi'in yo ki te moun peyi Cham; tankou Khalid ibn Ma’dan, Mak’houl, ak Louqman ibn ‘Amir ansanm ak lòt yo, te konn bay li anpil valè epi yo te konn fè gwo efò ladan li nan adorasyon. Epi se nan men yo menm pèp la te aprann sou grandè li ak enpòtans pou yo ba li, Yo rapòte ke, konsènan zafè sa a, yo te resevwa kèk tradisyon Izrayelit. Lè sa te vin gaye toupatou epi fè moun konnen yo nan plizyè peyi, pèp la te vin divize sou kesyon sa a; genyen nan yo ki te aksepte tradisyon sa yo, epi yo te dakò pou yo ba yo anpil enpòtans. Pami moun sa yo, te gen yon gwoup adoratè ki soti nan vil Basra ak lòt kote ankò. Epi majorite savan Hijaz yo te jete sa, pami yo: Ata, ak Ibn Abi Moulaykah, epi Abdourrahman ibn Zayd ibn Aslam te rapòte l, dapre fouqaha moun Medina yo, e se opinyon disip Malik yo ak lòt moun, epi yo di: tout sa se yon bid'ah.
Epi savan yo nan Cham te divize an 2 opinyon sou fason pou reviv li:
Premye a: se ke li rekòmande pou yo anime li an gwoup nan Moske yo. Khalid bin Ma'dan, Louqman bin 'Amir ak lòt moun ankò te konn mete pi bèl rad yo sou yo, yo te konn met pafen, yo te konn met kòl nan zye yo, epi yo te konn pase tout lannwit sa a nan Moske a ap priye, e Ishaq bin Rahawayh te dakò avèk yo sou sa. Epi li te di konsènan fè priyè sa a an gwoup (an jamat) nan moske yo: 'Sa a se pa yon envansyon (bidat)'. Se Harb Al-Kirmani ki te rapòte pawòl sa a nan liv kote li rasanble kesyon li te poze yo.
Dezyèmman: li pa yon bon bagay pou moun rasanble nan moske yo pou lapriyè, pou rakonte istwa, ak pou fè siplikasyon, men pa gen anyen ki mal pou yon gason priye pou kont li. Sa a se opinyon Al-Awza'i, iman, juris, ak savan pèp Cham nan, e sa a se sa ki pi pròch verite a, si Allah Taaala vle. Li kontinye jouk li di: "Yo pa jwenn okenn pawòl nan men lidè Ahmad sou keksyon lannwit ki nan mitan mwa Chaban an. Men, gen de fason yo rapòte lide li sou si li bon pou moun pase nwit sa a ap priye, menm jan gen de fason yo rapòte lide li sou priye nan nwit 2 gwo fèt yo. Nan youn nan vèsyon sa yo, li pa te ankouraje moun fè priyè sa a an gwoup; paske pa gen anyen ki montre pwofèt la oswa moun ki te avè li yo te konn fè sa. Li konsidere li rekòmande (dapre yon vèsyon), poutèt zak Abdourahman pitit gason Yazid pitit gason Al-Aswad la, ki se youn nan pami Tabi'in yo. Se menm jan an tou pou lapriyè nan nuit mitan mwa a, pa gen anyen ki pwouve sou sa bò kote Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ni bò kote konpayon li yo, men sa ki pwouve a, se bò kote yon gwoup pami Tabi'in yo, ki se pami gwo Foukaha (savan) moun Cham yo».
Epi li te konsidere sa kòm yon bon bagay (nan yon vèsyon), paske Abderahman pitit Yazid pitit Aswad te konn fè l, epi li te fè pati dezyèm jenerasyon ki te vin apre disip pwofèt la. Se menm jan an tou pou lannwit ki nan mitan mwa a: pa gen anyen ki sèten ki soti nan bouch pwofèt la ni nan men moun ki te avè li yo. Men, gen yon gwoup nan dezyèm jenerasyon an, ki te gwo savan nan zòn peyi Siri, ki te konn fè sa.
Kanta pou sa Al-Awza'i, ke mizèrikòd Allah sou li, te chwazi a kòm rekòmandasyon pou moun fè lapriyè sa a pou kont yo, ansanm ak chwa Al-Hafiz Ibn Rajab te fè pou opinyon sa a, se yon bagay ki etranj e ki fèb. Sa se paske tout bagay ki pa gen prèv nan lalwa a ki montre li otorize, yon Mizilman pa gen dwa envante li poul ajoute li nan relijyon Allah a, kit li fè li pou kont li, kit li fèl an gwoup, kit li fèl an kachèt, kit li fèl an piblik. Sa se poutèt sa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di nan yon fason jeneral:
«مَنْ عَمِلَ عَمَلًا لَيْسَ عَلَيهِ أَمْرُنَا؛ فَهُوَ رَدٌّ».
Nenpòt moun ki fè yon aksyon ki pa mache ak jan nou mande fè li a, yap voye aksyon sa a jete. ...ak lòt prèv ankò ki montre aklè jan nou dwe rejete tout envansyon nan relijyon an epi bay avètisman pou moun pa ladan yo.
Imam Abu Bakr at-Turtushi -ke Allah fèl mizèrikòd- te di nan liv li a «Al-Hawadith wal-Bida'» men tèks la:
«Ibn Waddah rapòte dapre Zayd ibn Aslam, li te di: Nou pat jwenn pèsonn nan chèykh nou yo ak savan nou yo ki te konn bay valè ni ak mitan mwa Chaabane, ni ak adit Mak'houl la; ni yo pa te wè li gen okenn merit ki siperyè sa lòt jou yo genyen».
Epi yo te di Ibn Abi Mulaykah: ke Ziyad an-Numayri di: «An verite, rekonpans nwit mitan mwa Chaabane se menm valè ak rekonpans Laylatoul Qadr», Li di: "Sim te tande li kap pale konsa, epim te gen yon baton nan men m, mwen tap bal kou Epi Ziyad te yon moun ki te konn ap rakonte istwa. Se la sa nou te bezwen konnen an fini
Epi gwo savan Chowkani an — se pou Allah gen pitye pou li — te ekri nan liv li a ki rele "Koleksyon benefis yo", men sa li te di egzakteman:
Gen yon istwa yo rakonte kote yo di pwofèt la ta di: "O Ali, nenpòt moun ki fè yon priyè san (100) fwa lannwit ki nan mitan mwa a, epi nan chak pati priyè a li li premye chapit liv la (Koran) ansanm ak ti chapit ki di ' Allah se yon sèl la' 10 fwa; Allah ap ba li tout sa li bezwen Istwa sa a se yon manti ki envante nèt. Nan fason yo dekri gwo rekonpans moun kap fèl la pral resevwa, nenpòt moun ki gen ti kras bon sans ap wè klè se yon manti. Moun ki rapòte istwa sa a se moun pèsonn pa konnen. Yo te eseye rakonte istwa sa a nan 2 oswa 3 lòt fason ankò, men yo tout se manti envante, epi moun kap rakonte yo se moun pèsonn pa konnen tou. Epi li di nan «Al-Moukhtasar»: Adit sou lapriyè nan mitan mwa Chabàn nan pa valab, epi selon sa Ibn Hibban rapòte nan yon Adit ki soti nan Ali: «Lè se lannwit mitan mwa Chabàn, fè priyè nan lannwit li, epi jene nan jounen li», li fèb. Epi li di nan «Al-La'âli'»: Hadith sou «san rak’at nan mitan mwa Chaabane avèk (lekti) sourate Al-Ikhlas 10 fwa» a, malgre gwo merit yo atribiye a li, se yon hadith ki fabrike (envante), jan Ad-Daylami ak lòt moun rapòte l. Epi, pifò rapòtè li yo nan 3 chèn transmisyon yo se moun yo pa konnen e ki fèb. Li di: «Epi 12 raka ak Sourat Al-Ikhlas 30 fwa». Se yon pawòl ki fabrike. «Epi 14 raka», se yon pawòl ki fabrike.
Epi hadit sa a te twonpe yon gwoup nan savan nan lalwa yo (Foukaha); tankou mèt liv (Al-Ihya) a ak lòt moun ankò, menm jan tou ak kèk nan moun ki konn entèprete Koran an. Epi yo te rapòte lapriyè ki fèt nan nwit sa a — sa vle di: nwit ki nan mitan mwa Chaabane lan — sou plizyè fòm diferan, men yo tout pa valab (yo initil) epi se envante yo envante yo, Epi sa pa kontredi lòt istwa yo te rapòte kote yo di pwofèt la (benediksyon ak lapè pou li) te ale nan simityè a, epi Allah desann nan syèl ki pi pre tè a nan lannwit ki nan mitan mwa a pou li padone yon kantite moun ki depase kantite plim ki sou do yon bann mouton. Paske, pwen nap diskite a se sou priyè sa a yo envante pou fè nan lannwit sa a. Epi tou, istwa Aicha sa a gen feblès ladanl ak mank nan chèn moun ki rapòte l yo. Menm jan tou, istwa Ali nou te mansyone anvan an sou kesyon pase nwit lan ap priye a, sa pa anpeche priyè espesyal sa a se yon manti envante, ak tout feblès ki gen nan istwa sa a jan nou te dil la. Se la sa nou te bezwen konnen an fini.
Epi Al-Hafiz Al-Iraqi te di: «Adit sou lapriyè lannwit mitan an se yon bagay yo fabrike sou Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li), epi se yon manti sou li», Imam An-Nawawi te di nan liv li a: (Al-Majmou'): «Lapriyè yo konnen sou non salat Ar-Ragha'ib la, ki se 12 raka ant Maghrib ak Isha nan nwit premye vandredi mwa Rajab la, ak lapriyè 100 raka ki fèt nan nuit mitan mwa Cha'ban an; 2 lapriyè sa yo se 2 inovasyon (bid'ah) ki repwovab. Fòk pèsonn pa kite yo twonpel paske yo mansyone yo nan liv tankou: (Qut al-Qulub), ak (Ihya Ulum ad-Din), ni pa hadit yo mansyone ladan yo, paske tout sa pa valab. Epi, fòk pèsonn pa kite yo twonpe li pa kèk nan imam yo ki pat fin klè sou règleman 2 lapriyè sa yo, epi ki te konpoze kèk ti paj pou ankouraje moun fè yo, paske yo te nan erè nan sa».
Chek Imam lan, Abou Mouhammad Abdou-Rahman bin Isma'il al-Maqdisi, te ekri yon liv ki gen anpil valè pou demanti yo toule 2, kote li te fè yon travay ekselan e pafè. Pawòl moun ki gen konesans yo (entèlektyèl yo) sou kesyon sa a anpil anpil vre. Si nou ta pran rapòte tout pawòl nou te jwenn sou kesyon sa a, sa tap fè tèks la vin long anpil. Men petèt, sa nou sot mansyone a sifi e li ka konvenk moun kap chèche laverite a.
Atravè sa ki te mansyone anvan yo pami vèsè, hadit ak pawòl savan yo: sa vin klè pou moun kap chèche laverite a ke fete nwit mitan mwa Chaabane lan nan fè lapriyè oswa lòt bagay, epi mete jou sa a apa pou jene; se yon bida ki kondane daprè pifò savan yo, epi li pa gen okenn baz nan lalwa pirifye a. Okontrè, se youn nan bagay ki te parèt nan Lislam aprè epòk Sahaba yo (ke Allah satisfè avèk yo), epi sa sifi pou moun kap chèche laverite a sou sijè sa a ak sou lòt yo, se pawòl Allah, Sila ki gen tout glwa a:
﴿...ٱلۡيَوۡمَ أَكۡمَلۡتُ لَكُمۡ دِينَكُمۡ...﴾
"Jodi a, Mwen pèfeksyone relijyon nou an pou nou". [Al-Ma'idah: 3] Epi vèsè yo ki vini nan menm sans lan, ak pawòl Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li):
«مَنْ أَحْدَثَ فِي أَمْرِنَا هَذَا مَا لَيْسَ مِنْهُ فَهُوَ رَدٌّ».
Nenpòt moun ki ajoute nan relijyon nou an yon bagay ki pa te ladan li, yap voye sa jete. Epi gen lòt adit nan menm sans lan.
Epi nan Sahih Mouslim, soti bò kote Abou Hourayra (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«لَا تَخُصُّوا لَيْلَةَ الْجُمُعَةِ بِقِيَامٍ مِنْ بَيْنِ اللَّيَالِي، وَلَا تَخُصُّوا يَوْمَهَا بِالصِّيَامِ مِنْ بَيْنِ الْأَيَّامِ، إِلَّا أَنْ يَكُونَ فِي صَوْمٍ يَصُومُهُ أَحَدُكُمْ».
Pa chwazi lannwit vandredi a sèlman poun fè priyè lannwit nan mitan tout lòt nwit yo, epi pa chwazi jounen vandredi a sèlman poun fè jèn nan mitan tout lòt jou yo, eksepte si se yon jèn yonn nan nou te gen abitid fè deja. Donk, si li te pèmèt pou chwazi youn nan nwit yo pou fè yon adorasyon espesyal, nwit Vandredi a tap pi merite pase lòt yo; paske jou li a se pi bon jou solèy la janm leve sou li, daprè tèks hadit ki sèten yo ki soti bò kot Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Kidonk, lè Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te avèti kont chwazi nwit sa a sèlman pami lòt nwit yo pou fè adorasyon, sa montre ke se pi gwo rezon toujou pou tout lòt nwit yo, pa gen dwa chwazi okenn ladan yo pou fè kèlkeswa adorasyon an, sof si gen yon prèv sèten (vrè) ki montre ke yo dwe fè sa.
Epi kòm li rekòmande pou moun priye epi fè gwo efò pandan nwit Valorizasyon an ak nwit Ramadan yo, Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te atire atansyon sou sa, li te ankouraje kominote a pou yo priye pandan yo, epi li te fè sa li menm tou, jan sa rapòte nan 2 koleksyon hadit ki pi sèten yo ki soti nan men Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), kote li te di:
«مَنْ قَامَ رَمَضَانَ إِيمَانًا وَاحْتِسَابًا، غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ، وَمَنْ قَامَ لَيْلَةَ الْقَدْرِ إِيمَانًا وَاحْتِسَابًا، غُفِرَ لَهُ مَا تَقَدَّمَ مِنْ ذَنْبِهِ».
«Sila a ki priye pandan nwit Ramadan yo avèk lafwa epi poul chèche rekonpans, tout pechel ki te pase yo ap padone, e sila a ki priye pandan Laylatoul Qadr avèk lafwa epi poul chèche rekonpans, tout pechel ki te pase yo ap padone». Kidonk, si li te rekòmande pou nou ta mete nwit mitan mwa Chaabane, oswa nwit premye vandredi mwa Rajab, oswa nwit Isra wal Mi’raj apa pou fè yon selebrasyon oswa nenpòt kalite adorasyon, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) tap gide nasyon an sou sa, oswa li menm li tap fè li. Epi si yon bagay konsa te rive fèt, Konpayon yo (ke Allah satisfè de yo) tap rapòte sa bay nasyon an, e yo pa tap kache sa pou yo. Se yo menm ki pi bon moun yo, e ki pi bon konseye pami moun aprè Pwofèt yo (benediksyon ak kè poze Allah sou yo). Ke Allah satisfè de konpayon Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi fè yo menm tou satisfè.
Jan ou te gentan konnen sa nan pawòl savan yo, pa gen anyen ki sèten bò kote Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), ni bò kote konpayon li yo (se pou Allah satisfè ak yo) sou okenn kalite (benefis) ki genyen nan nwit premye vandredi mwa Rajab la, ni nan nwit mitan mwa Chaabane lan. Donk, sa fè nou konnen selebrasyon 2 nwit sa yo se yon inovasyon yo envante nan Islam. Menm jan an tou, chwazi fè yon adorasyon espesyal pou yo, se yon inovasyon. Epi se menm jan an tou pou nwit 27 Rajab la, ke kèk moun panse se nwit Isra' wal Mi'raj la, li pa pèmèt pou yo fè yon adorasyon espesyal pou li, menm jan li pa pèmèt pou yo selebre li; poutèt prèv ki te site anvan yo. Sa, se si yo te konnen li, alòs kòman sa pral ye lè sa ki kòrèk nan pawòl savan yo sèke pa gen moun ki konen dat saa, Epi sa moun sa yo di a, kòmkwa se ta lannwit 27 nan mwa Rajab, se yon pawòl ki fo ki pa gen okenn baz nan istwa ki sèten yo (Hadit). Sa moun nan te di a te vrèman bèl:
Pi bon zafè yo se pratik jenerasyon anvan yo ki te sou bon chemen an... epi pi move zafè yo se inovasyon ki fèk envante yo.
Nap mande Allah pou li ede nou, ansanm ak tout lòt Mizilman yo, pou nou kenbe fèm ak Sounnah a, epi pou nou pran prekosyon kont tout sa ki kontrè avèk li. Anverite, se li menm ki donan an, ki jenere a.
Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou sèvitè li ak Mesaje li, Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak tout konpayon li yo.
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Wityèm mesaj la:
Yon avètisman enpòtan sou manti ki genyen nan yon testaman yo pretann ki egziste
Pou Cheikh Ahmad, sèvitè Al-Haram An-Nabawi Ash-Sharif
Soti nan men Abdul Aziz bin Abdullah bin Baz, pou tout Mizilman ki pral li mesaj sa a: Mwen mande Allah pou li konsève yo sou Islam, epi pou li pwoteje nou ansanm ak yo kont mechanste kalomni moun inyoran ki mechan yo. Amin.
Lapè sou nou, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li.
Aprè sa: Mwen te pran konesans de yon pawòl yo atribye a Cheikh Ahmed, sèvitè Moske Nob Pwofèt la, ki gen pou tit: «Men yon rekòmandasyon ki soti nan vil Medine nan men Cheikh Ahmed, sèvitè Moske Nob Pwofèt la», kote li di ladan l:
«Yon nwit vandredi, mwen te rete reveye ap resite Koràn Karem nan. Aprèm te fin resite pi bèl non Allah yo, lèm te fin fè sa, mwen te preparem poum dòmi. Se konsa mwen te wè moun ki gen bèl aparans lan, Mesaje Allah (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), ki te vini ak vèsè Koràn yo ak règleman ki sakre yo; yon mizèrikòd pou tout linivè a, mèt nou Muhammad (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), epi li di: Ya Cheikh Ahmad. Mwen te di: Men mwen, O Mesaje Allah, O ou menm ki pi nòb pami kreyati Allah yo,» Li te dim: «Mwen wont pou move aksyon moun yo, epi mwen pa te kapab rankontre Mèt mwen, ni zanj yo; paske soti vandredi pou rive vandredi, gen 170 mil moun ki te mouri san yo pa te sou relijyon Islam nan —Aprèsa, li te pale sou kèk nan peche moun yo te tonbe ladan yo," Aprèsa li di: Enben, rekòmandasyon sa a se yon mizerikòd pou yo ki soti bò kote Gran Pwisan an, Gran Enpozan an. Apre sa, li te mansyone kèk siy Lè a, jiskaske li di: - Fè yo konnen rekòmandasyon sa a, Cheikh Ahmed; paske li transkri ak plim Desten an ki soti nan Tablo ki Byen Konsève a, epi moun ki ekri li epi ki voye li soti nan yon peyi al nan yon lòt peyi, ak soti nan yon zòn al nan yon lòt zòn, yap bati yon palè pou li nan Paradi, men moun ki pa ekri li epi ki pa voye li, entèsesyon mwen ap entèdi pou li Jou Jijman an, Moun ki ekril, sil pòv, Allah ap fèl vin rich; oubyen si li gen dèt, Allah ap peye dèt la pou li; oubyen si li gen yon peche, Allah ap padone ni li menm ni paran li yo, gras a benediksyon konsèy sa a. Epi nenpòt nan sèvitè Allah yo ki pa ekril, figi lap nwa nan mond sa a ak nan lavi aprè lanmò a, Epi li di: Pa Allah, Sila a ki Gran an - li repete sa 3 fwa - sa a se yon verite, epi sim se yon mantè, se poum kite lavi sa a sanm pa sou relijyon Islam. Epi, moun ki kwè nan li, lap sove anba chatiman Dife a, epi moun ki demantil, li pa kwayan».
Men rezime sa ki nan fo testaman yo mete sou do Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), yon testaman nou tande anpil fwa depi plizyè ane, yo pibliye li pami moun yo detanzantan, epi yo simaye li pami anpil moun nan pèp la, epi pawòl ki ladan li yo konn gen diferans, Epi moun kap bay manti a di: li te wè Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) nan dòmi, epi se Pwofèt la ki te konfye li mesaj sa a. Nan dènye feyè sa a nou te mansyone pou ou a, o lektè, moun kap envante manti a pretann ladanl ke li te wè Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) nan moman li tap prepare poul dòmi, sa ki vle di: se pandan li patko li te wèl
Mantè sa a deklare anpil bagay nan testaman sa a; se manti ki pi klè, ak erè ki pi evidan. Mwen pral atire atansyonw sou yo talè nan pawòl sa yo, si Allah vle, epi mwen te gentan atire atansyon sou yo nan ane ki sot pase yo, kote mwen te montre moun yo aklè se te manti ki pi klè ak erè ki pi evidan. Lè m te wè dènye piblikasyon sa a, mwen te ezite ekri sou li, poutèt jan erè ki ladan li yo te parèt aklè, epi poutèt jan moun ki te envante li la te gen yon gwo odas pou li bay manti. Mwen pat janm kwè ke yon fo bagay konsa te ka twonpe yon moun ki gen menm yon ti kras disènman, oswa yon nati ki pa kòwonpi. Men, anpil frè te fè mwen konnen ke li te gaye pami anpil moun, yo tap patajel youn ak lòt epi gen kèk nan yo ki te kwè li; se poutèt sa mwen wè li se yon devwa pou moun tankoum ekri sou sa, poum montre jan li pa gen okenn fondman, epi se yon manti yo fabrike sou do Mesaje Allah (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .), pou pèsonn pa kite yo twonpe yo avèk li. Epi, nenpòt moun ki gen konesans ak lafwa, oswa ki gen yon nati ki dwat ak yon lespri ki sen, lè li medite sou sa, lap rekonèt se manti ak fabrikasyon nan plizyè fason.
Epi mwen te poze kesyon bay kèk nan fanmi Cheikh Ahmad konsènan testaman sa a, ki se yon manti yo atribiye ba li, epi youn ladan yo te reponn mwen: kòmkwa se yon manti ki fèt sou Cheikh Ahmad, epi li pa t janm dil ditou, Epi Cheikh Ahmad yo mansyone a te mouri sa gen yon bon bout tan, e menm si nou ta sipoze ke Cheikh Ahmad yo mansyone a, oswa yon moun ki pi enpòtan pase li, te pretann ke li te wè Pwofèt la ﷺ nan dòmi oswa lè li te zye klè, e ke Pwofèt la te ba li rekòmandasyon sa a, nou tap konnen ak sètitid ke li se yon mantè, oswa ke sila ki te di li sa a se yon Satan ,se pat Mesaje Allah ﷺ, pou plizyè rezon, pami yo genyen:
Premye pwen an se: Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.), Pyès moun pa ka wè li pandan yo pa nan dòmi aprè lanmò li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.). Epi nenpòt moun pami Soufi ki inyoran yo ki pretann ke li wè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.) pandan li pa nan dòmi, oswa ke li asiste selebrasyon nesans li, oswa lòt bagay ki sanble ak sa; moun sa a fè erè ki pi grav la, li plonje nan pi gwo konfizyon an, li tonbe nan yon gwo fot, epi li ale kont Liv Allah a, Sounnah a, ak konsantman tout savan yo; paske moun ki mouri yo se sèlman nan jou Jijman an yap soti nan tonbo yo, se pa nan lavi sa a. Epi nenpòt moun ki di sa ki kontrè ak sa, se yon moun ki bay manti aklè, oswa li nan erè e bagay yo pa klè pou li; li pa konnen verite zansèt jis yo te konnen an, e se sou menm chemen sa a konpayon Pwofèt Allah (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak sila yo ki te byen swiv yo te mache. Allah ki gen tout pouvwa a di :
﴿ثُمَّ إِنَّكُم بَعۡدَ ذَٰلِكَ لَمَيِّتُونَ15 ثُمَّ إِنَّكُمْ يَوْمَ الْقِيَامَةِ تُبْعَثُونَ16﴾
"15: Aprèsa, an verite, nou gen pou mouri ak tout sètitid.
16: Aprèsa, an verite, nan jou Rezirèksyon an nap gen pou nou resisite". [Al-Mou’minoun: 15-16] Epi Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«أَنَا أَوَّلُ مَنْ تَنْشَقُّ عَنْهُ الْأَرْضُ يَوْمَ الْقِيَامَةِ، وَأَنَا أَوَّلُ شَافِعٍ وَأَوَّلُ مُشَفَّعٍ».
«Mwen se premye moun tè a pral fann pou li nan Jou Rezirèksyon an, epi mwen se premye entèsesè a, e premye moun yap aksepte entèsesyon li a». Epi, gen anpil lòt vèsè ak hadit nan menm sans lan.
Dezyèmman: Mesaje a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pa di anyen ki kont laverite, ni pandan li te vivan, ni aprè lanmò li. Epi testaman sa a klèman ale kont lalwa li a, e sa pou plizyè rezon- jan nap wè sa aprè-, e li menm (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), moun ka wè li nan dòmi, Moun ki wè li nan rèv nan vrè aparans onorab li an, se vrèman li menm li wè; paske dyab la pa kapab pran aparans li, jan sa rapòte nan Hadith otantik la. Men, tout kesyon an chita sou lafwa moun ki fè rèv la, senserite li, jistis li, fidelite memwa li, atachman li ak relijyon an, ak onètete li, ansanm ak kesyon pou konnen si se Pwofèt la (benediksyon ak kè poze Allah sou li) li te wè nan vrè aparans li an oswa nan yon lòt.
Si te gen yon hadith ki te rapòte de Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li .) pandanl te vivan, men li pa te vini pa mwayen moun kap rapòte ki fyab, ki onèt epi ki p
Alòs, kòman pou nou konsidere yon testaman lè moun ki rapòte li sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) se yon enkoni, epi yo pa konnen ni jistis li, ni onètete li? Nan yon kondisyon konsa, li merite pou yo rejtel epi pou yo pa ba li okenn enpòtans, menm si pat gen anyen ladanl ki te kontredi Lalwa a. Ebyen, kòman sa ap ye si se yon testaman ki gen anpil bagay ladan li ki montre li pa kòrèk, ki montre se yon manti yo mete sou do Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epitou ki gen ladan li yon nouvo lalwa pou yon relijyon ke Allah pat pèmèt?
Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ قَالَ عَلَيَّ مَا لَمْ أَقُلْ؛ فَلْيَتَـبَوَّأْ مَقْعَدَهُ مِنَ النَّارِ».
«Moun ki di sou mwen sa mwen pa te di; se pou li pran plas li nan Dife a». Moun ki fabrike testaman sa a sou do Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) di sa li pat janm di, epi li bay yon manti sou li ki klè e ki grav. Se pa de merite li merite gwo avètisman sa a, epi se pa de dwa li gen poul resevwal si li pa prese repanti, epi poul pa fè pèp la konnen manti ki gen nan testaman sa a ki fèt sou do Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li); paske nenpòt moun ki simaye yon bagay ki pa laverite pami moun yo, epi li atachel ak relijyon an; repantans li a pap aksepte sof si li deklare sa aklè epi li montre li devan tout moun; pou moun yo ka konnen li retire sa li te di a, epi li demanti pwòp tèt li; dapre pawòl Allah, Sila ki gen tout Glwa a:
﴿إِنَّ ٱلَّذِينَ يَكۡتُمُونَ مَآ أَنزَلۡنَا مِنَ ٱلۡبَيِّنَٰتِ وَٱلۡهُدَىٰ مِنۢ بَعۡدِ مَا بَيَّنَّٰهُ لِلنَّاسِ فِي ٱلۡكِتَٰبِ أُوْلَٰٓئِكَ يَلۡعَنُهُمُ ٱللَّهُ وَيَلۡعَنُهُمُ ٱللَّٰعِنُونَ159 إِلَّا ٱلَّذِينَ تَابُواْ وَأَصۡلَحُواْ وَبَيَّنُواْ فَأُوْلَٰٓئِكَ أَتُوبُ عَلَيۡهِمۡ وَأَنَا ٱلتَّوَّابُ ٱلرَّحِيمُ160﴾
"159: Anverite, moun sa yo kap kache sa nou te voye desann yo, ki se prèv klè ak gidans, aprè Nou fin esplike sa byen klè pou moun yo nan Liv la, moun sa yo, Allah ap ba yo madichon, e tout sa ki gen pouvwa pou bay madichon ap ba yo madichon tou.
160- Esepte moun ki repanti yo, ki korije aksyon yo, epi ki deklare (verite a) klèman, moun sa yo, Map aksepte repantans yo. Epi se Mwen menm ki toujou aksepte repantans lan, Sila a ki Gen Mizèrikòd la". [Al-Baqarah: 159-160], Se konsa, Trèwo a te esplike klèman nan vèsè nob sa a: ke nenpòt moun ki kache yon bagay nan verite a, repantans li pou sa pa valab jiskaske li fin fè koreksyon epi klarifye bagay la. Epi Allah (Laglwa pou li) te pèfeksyone relijyon an pou sèvitè li yo, epi Li te fè favè li vin total sou yo lè li te voye mesaje li a, Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah rete avèk li), ak sa Li te revele li kòm lalwa ki konplè a. Epi Li pat pran li bò kotel jiskaske tout bagay te fin konplete epi klarifye, jan li menm, ki gen tout Glwa ak Majeste a, te di:
﴿...ٱلۡيَوۡمَ أَكۡمَلۡتُ لَكُمۡ دِينَكُمۡ وَأَتۡمَمۡتُ عَلَيۡكُمۡ نِعۡمَتِي وَرَضِيتُ لَكُمُ ٱلۡإِسۡلَٰمَ دِينٗا...﴾
"Jodi a, Mwen pèfeksyone relijyon nou an pou nou, Mwen akonpli favè mwen sou nou, e Mwen apwouve Islam kòm relijyon pou nou".
[Al-Ma'idah: 3].
Epi moun ki envante testaman sa a te vini nan katòzyèm syèk la, li vle twonpe moun yo ak yon nouvo relijyon, daprè li menm, moun ki aksepte lwa li yo ap antre nan Paradi, epi moun ki pa aksepte yo ap pèdi Paradi epi yap antre nan Lanfè. Epi li vle fè mesaj sa a li envante a pi gwo pase Koran an epi pi bon, kote li bay manti ladan li: ke moun ki ekril epi voye li soti nan yon peyi al nan yon lòt, oswa soti nan yon kote al nan yon lòt; yo va bati pou li yon palè nan Paradi, epi pou moun ki pa ekri l epi ki pa voye li, entèsesyon Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ap entèdi pou li Jou Jijman an, Sa a se youn nan manti ki pi lèd la, epi se youn nan prèv ki pi klè ki montre rekòmandasyon sa a se manti. Sa demontre aklè kouman moun ki fabrikel la pa gen okenn wont, epi kouman li gen yon gwo odas poul bay manti; paske menm yon moun ki ta ekri Koran Sen an epi voyel soti nan yon peyi al nan yon lòt, oswa soti nan yon zòn al nan yon lòt, li pap jwenn gwo favè sa a si li pa pratike sa ki nan Koran Sen an. Alòs, kijan pou moun ki ekri gwo manti sa a, ak moun kap simaye li soti nan yon peyi al nan yon lòt la, ta fè pou li resevwa favè sa a? Epi moun ki pa te ekri Koran an, e ki pa te voyel de peyi an peyi, li pap prive de entèsesyon Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), si li se yon kwayan nan li epi li swiv lwa li a. Sèl gwo manti sa a ki nan rekòmandasyon sa a sifi poukont li pou montre pa vrè ,epi tou montre manti, ensolans ak sòtiz moun ki te simayel la, ak jan li lwen konesans sou gidans Mesaje a te pote a.
Epi nan rekòmandasyon sa a -apa de sa yo te mansyone a- gen lòt pwen ankò, yo tout se prèv ki montre li pa valab epi li se manti, menm si moun ki fòjel la ta fè sèman 1000 fwa oswa plis sou otantisite li, e menm sil ta mande pou pi gwo chatiman ak pinisyon ki pi di a tonbe sou li pou pwouve lap di verite; li pa tap di verite, e ni rekòmandasyon an pa tap otantik. Okontrè, pa Allah epi ankò pa Allah, se youn nan fosete ki pi gran ak pi lèd. Epi nou pran Allah – Sila a ki Glorifye a – kòm temwen, ak Zanj ki prezan bò kote nou yo, Pou nenpòt Mizilman ki pran konesans sou ekriti sa a — e se yon temwayaj nap pote poun rankontre Mèt nou an, Li menm ki gen tout Majeste a — se poul konnen: testaman sa a se yon manti ak yon fo akizasyon kont Mesaje Allah la -se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li-. Ke Allah imilye moun ki te envantel la epi aji avèk li daprè sa li merite.
Epi, anplis de sak te di anvan an, gen anpil bagay nan tèks li a menm ki te mansyone a, ki montre manti ak enfimite testaman sa a, pami yo:
Premye pwen an: pawòl li ladanl: (Paske soti vandredi pou rive vandredi, san swasant mil (160 000) moun te mouri san yo pat sou relijyon Islam); paske sa a se konesans sou sa ki kache, epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) revelasyon an te koupe pou li aprè lanmò li, e pandan li te vivan li pat konnen sa ki kache, ale wè pou aprè lanmò li; poutèt pawòl Allah, Sila a ki Byenwo a:
﴿قُل لَّآ أَقُولُ لَكُمۡ عِندِي خَزَآئِنُ ٱللَّهِ وَلَآ أَعۡلَمُ ٱلۡغَيۡبَ...﴾
"Di: «Mwen pa di nou mwen gen trezò Allah yo, ni mwen pa konnen sa ki kache a...»". [Al-An‘ām: 50] Epi pawòl li, Sila a ki egzalte a:
﴿قُل لَّا يَعۡلَمُ مَن فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِ ٱلۡغَيۡبَ إِلَّا ٱللَّهُ...﴾
"Di: Pèsonn nan syèl la ak sou tè a pa konnen sa ki kache a, sof Allah...". [An-Naml:65], Epi, nan Hadith otantik la bò kote Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:
«يُذَادُ رِجَالٌ عَنْ حَوْضِي يَوْمَ القِيَامَةِ، فَأَقُولُ: يَا رَبِّ! أَصْحَابِي أَصْحَابِي، فَيُقَالُ لِي: إِنَّكَ لَا تَدْرِي مَا أَحْدَثُوا بَعْدَكَ، فَأَقُولُ كَمَا قَالَ العَبْدُ الصَّالِحُ: ﴿وَكُنتُ عَلَيۡهِمۡ شَهِيدٗا مَّا دُمۡتُ فِيهِمۡۖ فَلَمَّا تَوَفَّيۡتَنِي كُنتَ أَنتَ ٱلرَّقِيبَ عَلَيۡهِمۡۚ وَأَنتَ عَلَىٰ كُلِّ شَيۡءٖ شَهِيدٌ﴾ [المائدة: 117]».
«Nan Jou jijman an, yap pouse kèk moun lwen basen mwen an, map di: O Senyè! Konpayon mwen yo, konpayon mwen yo! Lè sa a, yap dim: An verite, ou pa konnen sa yo te vin envante aprè ou. Epi map di menm jan sèvitè ki jis la te di a: «Mwen te temwen sou yo toutotan mwen te nan mitan yo; men lè Ou te fin pranm, se Ou menm ki te Siveyan an sou yo. Epi se Ou ki temwen sou tout bagay.»
[Al-Ma'idah: 117]».
Dezyèm pwen an: -pami bagay ki montre fosete testaman sa a, epi ke li se yon manti- se pawòl ki ladan l lan: (Moun ki ekri li, si l te pòv, Allah ap fè l vin rich; oswa si l gen dèt, Allah ap peye dèt li; oswa si l gen yon peche, Allah ap padone li, li menm ak paran li, gras a benediksyon testaman sa a) elatriye. Epi sa a se youn nan pi gwo manti yo, epitou se prèv ki pi klè sou manti moun ki envante li la, ak sou jan li manke wont devan Allah ak sèvitè li yo; paske 3 bagay sa yo pa rive fèt senpleman paske yon moun ekri Koran ki Sen an, alòs kòman yo tap fè rive fèt pou moun ki ekri rekòmandasyon ki fo sa a? Mechan sa a sèlman vle twonpe moun yo, epi fè yo atache ak testaman sa a; jiskaske yo ekril, yo atache yo ak swadizan benefis sa a, epi yo abandone mwayen Allah mete nan lalwa li pou sèvitè li yo, mwayen ki se chemen pou jwenn richès, peye dèt, ak jwenn padon pou peche yo. Nou chèche refij bò kote Allah kont tout kòz ki mennen nan abandon, ak kont obeyisans anba move dezi ak Cheytan an.
Twazyèm pwen an: -ki se pami bagay ki montre invalidite rekòmandasyon sa a-, se pawòl ki di ladanl lan: (Nenpòt moun pami sèvitè Allah yo ki pa ekril; figi lap vin nwa nan lavi isiba ak lavi aprè lanmò a). Epi sa a tou, se youn nan manti ki pi lèd yo, e se youn nan prèv ki pi klè ki montre testaman sa a pa vo anyen, epitou ki montre moun ki envantel la se yon mantè. Kòman lespri yon moun ki gen bonsans ka aksepte pou yo ekri testaman sa a, yon testaman yon nonm enkoni te pote vini nan katòzyèm syèk la, kote lap bay manti sou Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li.), epi lap pretann sila ki pa ekril la, figi lap vin nwa nan lavi sa a ak nan lavi aprè a, epi sila ki ekril la ap vin rich sil te pòv, lap libere anba dèt li yo aprè yo te fin anpile sou li, epi lap jwenn padon pou tout peche li te komèt yo!
Glwa pou ou Allah ! Sa se yon gwo manti! Prèv yo ak reyalite a montre aklè jan moun sa a ap bay manti. Li gen yon gwo kran poul derespekte Allah konsa, epi li pa gen okenn respè ni pou Allah, ni pou moun. Gade tout kantite nasyon sa yo ki pat janm ekri bagay sa a, epi vizaj yo pa te janm nwasi pou sa. Epi bò isit la, gen yon foul moun Allah sèlman konnen kantite yo ye, ki ekri li plizyè fwa, men dèt yo pa janm peye epi yo toujou nan mizè. nap mande Allah pwoteje nou pou nou pa pèdi chemen an, epi pou peche nou yo pa bouche lespri nou. Men kalite ak rekonpans sa yo, menm Lalwa sakre a pa bay yo pou pi bon ak pi gran liv la ki se Koran an. Kidonk, kòman pou yon moun ki ekri yon fo testaman ki chaje ak tout kalite bagay ki pa bon, epi ak yon pakèt fraz ki montre divès fòm enkwayans, ta fè jwenn yo? Glwa pou Allah!! Ala pasyans Li genyen ak moun ki pran odas bay manti sou Li
Katriyèm pwen an —pami sa ki montre ke rekòmandasyon sa a se manti ki pi klè ak pi gwo fo bagay ki genyen— se pawòl sa a ki ladan l: (Moun ki kwè ladan lap sove anba touman Dife a, e moun ki demantil li pa kwayan), Epi sa a tou, se youn nan pi gwo odas nan bay manti, ak youn nan fo revelasyon ki pi lèd yo, fabrikatè manti sa a envite tout moun pou yo kwè nan sa li envante a, epi li pretann ke se konsa yap sove anba chatiman Dife a, e ke moun ki demanti sa, li pa kwayan, Pa Allah, mantè sa a envante yon gwo manti kont Allah, epi, pa Allah, li di sa ki pa verite. Moun ki kwè nan li, se li menm ki merite pou yo konsidere li kòm yon moun ki pa kwayan, non pa moun ki demantil la; paske se yon gwo manti, yon bagay ki fo ak yon manti ki pa gen okenn fondman. Epi nou pran Allah kòm temwen ke se yon manti, e ke moun ki envantel la se yon mantè, ki vle etabli pou moun yo lwa Allah pat pèmèt, epi pou li antre nan relijyon yo sa ki pa fè pati de li. Poutan, Allah te gentan pèfeksyone relijyon an epi li te konpletel pou kominote sa a, katòz syèk anvan gwo manti sa a. Konsa, louvri zye nou: nou menm lektè ak frèm yo, piga nou janm kwè nan kalite manti envante sa yo, epi pa kite yo gaye nan mitan nou. Paske verite a gen yon limyè sou li ki fè moun kap chèchel la pa ka konfonn li ak manti. Chèche verite a ansanm ak prèv li, epi mande moun ki gen konesans yo (savan yo) pou nenpòt bagay ki parèt twoub pou nou. Pa kite gwo sèman moun kap bay manti yo twonpe nou, paske Satan (ki modi a) te fè sèman ba 2 paran nou yo, Adan ak Èv, kòmkwa li te yon moun kap ba yo bon konsèy, alòske se li ki pi gwo trèt epi ki pi gwo mantò ki egziste, jan Allah (ki sen epi ki anwo nèt) rakonte sa sou li nan vèsè sa a :
﴿وَقَاسَمَهُمَآ إِنِّي لَكُمَا لَمِنَ ٱلنَّٰصِحِينَ21﴾
"21: Epi li fè sèman ba yo 2 a: «Anverite, mwen se yon moun kap ba nou bon konsèy". [Al-A’raf: 21]. Pran prekosyon nou avèk li epi pran prekosyon nou ak patizan li yo ki se moun kap bay manti, paske konbyen fo sèman, pwomès ki gen trayizon, ak bèl pawòl yo genyen pou sedwi epi pou egare moun Kanta pou sa mantè sa a mansyone sou aparisyon move aksyon yo, se yon reyalite. Epi Koran an ak Sounah ki pirifye a te deja bay pi gwo avètisman kont yo, e se ladan yo ki gen gidans lan ak sa ki sifi a.
Kanta pou sa yo mansyone sou siy Lè a, Hadit Pwofèt la yo esplike klè ki siy kap genyen pou Lè a, epi Koran an fè referans ak kèk ladan yo tou. Nenpòt moun ki ta renmen konnen sa, lap jwenn enfòmasyon sa yo nan plas yo nan liv Sounah yo, ak nan liv moun ki gen konesans ak lafwa yo ekri. Moun yo pa bezwen okenn esplikasyon ki soti nan bouch yon mantè konsa, ni konfizyon lap simaye a, kote lap melanje sa ki vrè a ak sa ki fo a. Se pou Allah pwoteje mwen, nou menm, ansanm ak tout lòt Mizilman yo kont mechanste dyab yo, kont tantasyon moun kap mennen lòt nan egareman yo, kont devyasyon moun ki pèdi chemen yo, epi kont manèv twonpri ènmi Allah yo k'ap chache anile verite a; sila yo ki vle etenn limyè Allah la ak bouch yo, epi ki vle kreye konfizyon pou moun yo nan relijyon yo a. Men, Allah ap konplete limyè Li a, epi l'ap bay relijyon Li a viktwa, menmsi ènmi Allah yo — dyab yo ak patizan yo ki pami moun ki pa kwè yo ak ate yo — pa vle sa. Nap mande Allah poul ranje kondisyon tout Mizilman yo, pou l fè yo favè pou yo swiv verite a, pou yo rete dwat sou chemen sa a, epi pou yo repanti devan senyè toupwisan an (li menm ki sen an) pou tout peche yo fè. Paske se li menm ki aksepte repantans lan, Li gen pitye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. Allah sifi pou nou, epi se Li ki pi bon pwotèktè. Pa gen chanjman ni fòs si se pa ak pèmisyon Allah Li menm ki anwo nèt, Li menm ki gen gwo pouvwa a.
E tout louwanj se pou Allah, Senyè tout mond yo, epi se pou benediksyon ak lapè Allah sou sèvitè li ak Mesaje li, sila a ki sensè e ki diy de konfyans lan, sou fanmi li, sou konpanyon li yo, ak sou tout moun ki swiv chemen li ak senserite jouk jou jijman an.
Jijman sou maji (Sihr), divinò (Kihanah), ak tout lòt bagay ki gen rapò ak yo
Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Liv sa a esplike kijan maji (Sihr) ak divinò (Kihanah) se bagay ki entèdi nèt nan Islam. Li bay avètisman pou moun pa al kay majisyen ak moun kap li lavi moun (divinò), ni pou yo pa kwè nan sa yap di. Liv la konfime ke zak sa yo se zak 'Koufr' (mekreyans) ki fè ni moun nan, ni sosyete a mal. Li ankouraje moun pou yo mete konfyans yo nan Allah sèlman, epi sèvi ak fason lalwa Allah pèmèt pou moun jwenn gerizon, tankou lekti Koran an (Rouqyah) ak priye B(Adhkar).
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Nevyèm Mesaj la:
Jijman sou maji (Sihr), divinò (Kihanah), ak tout lòt bagay ki gen rapò ak yo18
Lwanj pou Allah sèlman. Benediksyon ak lapè sou moun ki se dènye pwofèt la (pa gen lòt pwofèt apre li). Apre sa:
Poutèt gen anpil moun kap fè maji nan dènye tan sa yo, moun kap pretann yo se doktè epi yap trete moun ak maji (Sihr) oswa ak divinò (Kihanah); poutèt jan yo gaye nan kèk peyi, epi jan yap pwofite sou do moun ki senp yo, sa yo ki pa gen konesans; mwen wè, kòm yon konsèy pou Allah ak pou sèvitè li yo, li nesesè poum esplike gwo danje sa genyen pou Islam ak pou mizilman yo. Paske sa fè moun yo mete konfyans yo nan lòt kreyati nan plas Allah epi sa kontredi lòd senyè toupwisan an ak lòd Mesaje (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li)
Kidonk, pandan map chache èd bò kote Allah Ta'ālā, men sam di: Li pèmèt pou moun chèche tretman medikal, e se yon pwen kote tout savan yo dakò. Epi, yon mizilman gen dwa ale kay yon doktè ki trete maladi anndan kò, oswa yon chirijyen, oswa yon newològ, oubyen lòt doktè menm jan an; poul ka dyagnostike maladi li a epi trete li avèk medikaman ki apwopriye yo, medikaman ki pèmèt daprè lalwa Islam nan; daprè konesans li genyen nan syans medikal. Paske sa se yon fason pou moun itilize mwayen òdinè yo, e sa pa an kontradiksyon ak konfyans (remèt senyè laviw) yon moun genyen nan Allah. Dayè, Allah, li menm ki san defo e ki elve a, te fè maladi a desann e li te fè remèd la desann avèk li; gen moun ki konnen sa, e gen moun ki pa okouran de li. Men, Li menm ki san defo a, pa mete gerizon sèvitè li yo nan sa Li te entèdi pou yo.
Konsa, li pa pèmèt pou yon moun ki malad ale kay divinò yo ki deklare yo gen konesans sou mond envizib la, poul ka chèche konnen ki maladi li genyen. Menm jan tou, li pa gen dwe kwè yo nan sa yap dil la, paske se devine yap devine sou mond envizib la, oswa yo rele djin yo pou ede yo reyalize sa yo vle a. Moun sa yo se kalite moun ki pa kwè nan pawòl Allah epi ki pèdi, si yo deklare yo gen konesans sou mond envizib la.
Epi Muslim rapòte nan Sahih li a ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ أَتَى عَرَّافًا فَسَأَلَهُ عَنْ شَيْءٍ، لَمْ تُقْبَلْ لَهُ صَلَاةٌ أَرْبَعِينَ يَوْمًا».
Moun ki al jwenn yon divinò epi li pozel kesyon sou yon bagay, yo pap aksepte lapriyè li pandan karant jou.
Epi daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَنْ أَتَى كَاهِنًا فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ، فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ ﷺ».
«Moun ki ale kot yon divinò epi li kwè sa li di, li demanti sa yo te revele bay Muhammad la». Se Abou Daoud ki rapòtel epi otè 4 liv "Sounan" yo te pibliye li tou. Al-Hakim deklare li se yon hadith ki korèk (Sahih) dapre Pwofèt la ak pawòl sa yo:
«مَنْ أَتَى عَرَّافًا أَوْ كَاهِنًا فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ، فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ ﷺ».
«Moun ki ale kot yon devin oswa yon sòsye, epi li kwè sa li di a, sètènman li pa gen lafwa nan sa ki te revele sou Mouhammad, ke lapè ak benediksyon Allah sou li».
Epi, daprè Imran bin Husayn (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te di:
«لَيْسَ مِنَّا مَنْ تَطَيَّرَ أَوْ تُطُيِّرَ لَهُ، أَوْ تَكَهَّنَ أَوْ تُكُهِّنَ لَهُ، أَوْ سَحَرَ أَوْ سُحِرَ لَهُ، وَمَنْ أَتَى كَاهِنًا فَصَدَّقَهُ بِمَا يَقُولُ، فَقَدْ كَفَرَ بِمَا أُنْزِلَ عَلَى مُحَمَّدٍ ﷺ».
Pa fè pati moun ki kwè nan move presaj oswa moun yo chache move presaj pou li, oswa moun ki fè divinasyon oswa moun yo fè divinasyon pou li, oswa moun ki fè maji oswa moun yo fè maji pou li. Epi nenpòt moun ki al kay yon divinò epi li kwè nan sa li di, li demanti sa ki te desann sou Mouhammad -Pè ak benediksyon Allah kouvri li - Se Al-Bazzar ki rapòte li ak yon chenn transmisyon (isnād) ki bon
Nan Adit nòb sa yo: gen entèdiksyon pou moun al kay divinò yo, bòkò yo, moun kap fè maji yo, ak tout lòt ki sanble yo, epitou pou yo poze yo kesyon epi kwè yo; epi ladan yo gen yon gwo menas pou sa.
Moun pa dwe kite tèt yo twonpe ni poutèt pafwa moun sa yo konn di laverite sou kèk bagay, ni poutèt gwo kantite moun ki konn al kote yo; paske se yon bann inyoran yo ye, e moun pa dwe kite yo twonpe yo. Sa se paske Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te entèdi pou moun ni al kote yo, ni poze yo kesyon, ni kwè nan yo; akoz gwo mal, gwo danje, ak konsekans terib ki gen nan sa, epi tou, paske se yon bann mantè ak moun ki imoral yo ye.
Epitou, nan hadith sa yo, gen yon prèv ki montre divinò a ak majisyen an se moun ki nan 'Koufr' (yo soti nan relijyon an); paske yo pretann yo konnen sa ki kache (lavni), epi sa se Mekreyans. Rezon an se paske yo pa janm rive nan sa yap chèche a si yo pa sèvi djinn yo epi adore yo nan plas Allah sa se Mekreyans kont Allah epi se bay Allah asosye (Shirk). Nenpòt moun ki kwè yo nan sa yap di sou konnen lavni an, li menm jan ak yo tou. Nenpòt moun ki resevwa bagay sa yo nan men moun kap pratike yo, Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah kouvri li)deklare li pa avèl.
Konsa tou, li pa pèmèt pou yon mizilman soumèt tèt li anba sa yap pretann ki se tretman; tankou vye pawòl yap moute (talisman/wanga), vide plon kase, oswa lòt vye kwayans (sipèstisyon) yap fè. Paske tout sa yo antre nan kategori divinò ak twonpe moun; epi nenpòt moun ki aksepte sa, li ede yo nan manti yap bay ak nan "Koufr" (mekreyans) yap fè a.
Konsa tou, li pa pèmèt pou okenn mizilman ale kay moun sa yo pou mande yo enfòmasyon sou: ak ki moun pitit li oswa fanmil pral marye, oswa pou konnen si pral gen lanmou ak fidelite ant mari ak madanm ak fanmi yo, oswa si pral gen lènmi ak separasyon, ak lòt bagay konsa؛ Paske sa se nan zafè sekrè ki kache (Al-Ghaib), epi pa gen pèsonn ki konnen sa ,sof Allah sèlman, Li menm ki pafè epi ki san asosye.
Se yon obligasyon pou moun ki gen pouvwa nan men yo (dirijan yo), moun ki responsab sekirite ak moralite (Hisbah), ak tout lòt moun ki gen otorite oswa enfliyans: pou yo denonse moun kap ale kay divinò ak bòkò (Kāhin ak ‘Arrāf). Yo dwe anpeche moun kap pratike vye bagay sa yo nan mache yo ak nan lòt kote ankò. Yo dwe kondane yo ak tout fòs, epi yo dwe kondane tou moun kap vin rann yo vizit
Se menm jan an tou pou maji (Sihr): li pami bagay ki entèdi ki mennen nan "Koufr" (mekreyans); jan Allah ki gen tout pouvwa ak tout glwa te di sa konsènan 2 zanj yo:
﴿...وَمَا يُعَلِّمَانِ مِنۡ أَحَدٍ حَتَّىٰ يَقُولَآ إِنَّمَا نَحۡنُ فِتۡنَةٞ فَلَا تَكۡفُرۡۖ فَيَتَعَلَّمُونَ مِنۡهُمَا مَا يُفَرِّقُونَ بِهِۦ بَيۡنَ ٱلۡمَرۡءِ وَزَوۡجِهِۦۚ وَمَا هُم بِضَآرِّينَ بِهِۦ مِنۡ أَحَدٍ إِلَّا بِإِذۡنِ ٱللَّهِۚ وَيَتَعَلَّمُونَ مَا يَضُرُّهُمۡ وَلَا يَنفَعُهُمۡۚ وَلَقَدۡ عَلِمُواْ لَمَنِ ٱشۡتَرَىٰهُ مَا لَهُۥ فِي ٱلۡأٓخِرَةِ مِنۡ خَلَٰقٖۚ وَلَبِئۡسَ مَا شَرَوۡاْ بِهِۦٓ أَنفُسَهُمۡۚ لَوۡ كَانُواْ يَعۡلَمُونَ﴾
"...Epi yo (2 zanj yo) pat janm anseye pèsonn san yo pat dil: "Nou se yon tès (eprev) sèlman, donk pa tonbe nan 'Koufr' (mekreyans nan fè maji)." Malgre sa, moun yo te aprann nan men yo sa ki pou separe yon mari ak madanm li. Men, yo pat ka fè pèsonn mal ak sa san pèmisyon Allah. Yo tap aprann sa ki tap fè yo mal epi ki pat itil yo anyen. Epi anverite, yo te konnen byen pwòp ke moun ki achte maji sa a, li pap gen okenn pòsyon nan byen (nan Paradi) nan lavi ki gen pou vini an. Se pa de move bagay yo te vann nanm yo pou li! Si yo te konnen sèlman!".
[Al-Baqarah: 102].
Vèsè sa yo, ki gen anpil valè, montre klè ke maji (Sihr) se "Koufr" (mekreyans) epi majisyen yo sèvi ak li pou separe mari ak madanm. Vèsè sa yo montre tou ke maji a pa gen pouvwa nan li menm pou li fè byen oswa poul fè mal; okontrè, li aji sèlman si Allah pèmèt sa rive nan plan li. Paske se Allah ki kreye ni sa ki byen, ni sa ki mal.
Vèsè sa a montre tou: moun k ap aprann maji yo, se sèlman sa kap fè yo mal yap aprann, anyen ki ka itil yo pa ladanl. Li montre tou yo pap gen okenn "valè" devan Allah, sa vle di: (yo pap gen okenn chans oswa okenn pòsyon nan byen Paradi a). Sa se yon avètisman ki trè grav, ki montre jan yo pèdi nèt ni nan lavi sou tè a, ni nan lavi apre lanmò a. Yo vann nanm yo pou yon pri ki pa vo anyen. Se poutèt sa, Allah te kondane yo pou sa nan pawòl Li ki di:
﴿...وَلَبِئۡسَ مَا شَرَوۡاْ بِهِۦٓ أَنفُسَهُمۡۚ لَوۡ كَانُواْ يَعۡلَمُونَ﴾
"...Anverite, se te yon move kontra nèt lè yo te vann nanm yo pou yo ka gen maji! Si yo te sèlman konnen jan sa pral koute yo chè (nan pinisyon)!" [Al-Baqarah: 102], Epi achte isit la gen menm sans ak vann.
Anverite, dega yo vin gwo anpil, epi sitiyasyon an vin grav anpil poutèt manti moun sa yo ap bay , yo menm ki erite konesans sa yo nan men moun kap adore lòt kreyati (mishrikin). Yap sèvi ak sa pou yo twonpe moun ki gen lespri yo fèb. Se pou Allah nou ye, epi se devan Li nap tounen. Allah sifi pou nou, epi se Li ki pi bon pwotèktè.".
Nap mande Allah pwoteksyon ak sekirite kont mal sòsye yo, bòkò yo, ak tout lòt chalatan yo, epi nap mandel — lwanj pou Li — pou li pwoteje Mizilman yo kont mal yo, epi pou li ede dirijan Mizilman yo pou yo pran prekosyon kont moun sa yo epi aplike jijman Allah sou yo; pou sèvitè yo ka jwenn repo anba domaj yo ak move zak yo.. Anverite, li se moun ki donan anpil la epi li gen anpil jantiyès.
Allah Granmèt la etabli pou sèvitèl yo sa pou yo fè pou yo pwoteje tèt yo kont malis maji anvan li rive sou yo. Li montre yo aklè tou ki jan pou yo trete sa sil ta deja rive sou yo. Li fè sa nan mizèrikòd li, nan bon kè li, epi poul ka rann favè li konplè nan lavi yo.
Men yon esplikasyon sou bagay ki ka pwoteje moun kont danje maji anvan li rive, ak bagay ki ka sèvi kòm tretman aprel fin rive, pami pratik ki pèmèt daprè lalwa senyè toupwisan an. Men detay yo jan sa etabli anba a;
Premyèman: Sa pou moun fè pou yo pwoteje tèt yo kont danje maji anvan li rive sou yo. Sa ki pi enpòtan ak sa ki pi efikas nan sans sa a, se chache pwoteksyon nan pawòl Allah nan lapriyè, ak nan vèsè pwoteksyon (Mawoudat) ki soti nan tradisyon an. Pami bagay sa yo, gen lekti 'Ayat al-Kursi' — ki se pi gwo vèsè ki genyen nan Koran an — apre chak priyè obligatwa, yon fwa ou fin di bonjou (Salam). Men sa vèsè sa a di :
﴿ٱللَّهُ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ ٱلۡحَيُّ ٱلۡقَيُّومُۚ لَا تَأۡخُذُهُۥ سِنَةٞ وَلَا نَوۡمٞۚ لَّهُۥ مَا فِي ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَمَا فِي ٱلۡأَرۡضِۗ مَن ذَا ٱلَّذِي يَشۡفَعُ عِندَهُۥٓ إِلَّا بِإِذۡنِهِۦۚ يَعۡلَمُ مَا بَيۡنَ أَيۡدِيهِمۡ وَمَا خَلۡفَهُمۡۖ وَلَا يُحِيطُونَ بِشَيۡءٖ مِّنۡ عِلۡمِهِۦٓ إِلَّا بِمَا شَآءَۚ وَسِعَ كُرۡسِيُّهُ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضَۖ وَلَا يَـُٔودُهُۥ حِفۡظُهُمَاۚ وَهُوَ ٱلۡعَلِيُّ ٱلۡعَظِيمُ255﴾
"Allah ! Pa gen lòt dye pase li, Li menm ki toujou Vivant lan, Li menm ki Kenbe tout sa ki egziste. Li pa janm dòmi, ni dòmi pa janm pran l. Tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a se pou Li. Ki moun ki ka plede pou yon lòt devan li san pèmisyon li? Li konnen sa ki te rive yo ak sa ki gen pou rive yo. Pesonn pa ka konnen anyen nan konesans Li, eksepte sa li vle fè yo konnen. Pouvwa li kouvri syèl la ak tè a nèt. Sa pa ba li okenn chay poul veye sou yo ak pwoteje yo. Se Li menm ki Pi Wo a, Li menm ki Gen tout Granmoun nan". [Al-Baqarah: 255], Epi tou, lekti vèsè sa a lè yon moun pral dòmi; paske gen yon pawòl ki sèten (Sahih) ki soti nan bouch Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kote li di konsa:
«مَنْ قَرَأَ آيَةَ الْكُرْسِيِّ فِي لَيْلَةٍ، لَمْ يَزَلْ عَلَيْهِ مِنَ اللَّهِ حَافِظٌ، وَلَا يَقْرَبُهُ شَيْطَانٌ حَتَّى يُصْبِحَ».
Nenpòt moun ki li Ayat al-Kursi nan lannwit, Allah ap voye yon zanj pou pwoteje li san rete, epi dyab la (Cheytan) pap ka pwoche bò kotel jis nan maten.
Epi tou, pami bagay sa yo, gen lekti:
﴿قُلۡ هُوَ ٱللَّهُ أَحَدٌ1﴾
"1- Di: Se Allah ki sèl mèt la ,li menm sèl".
﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلۡفَلَقِ1﴾
"1- Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, li menm ki mèt douvanjou a".
﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلنَّاسِ1﴾
"1- Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt tout moun". [An-Nas:1], Ou dwe li yo aprè chak priyè obligatwa. Epi tou, ou fèt pou li 3 chapit sa yo 3 fwa nan maten (aprè priyè douvanjou a/Fajr), epi 3 fwa nan aswè (aprè priyè solèy kouche a/Maghrib).
Pami bagay sa yo tou: Lekti 2 dènye vèsè nan chapit Sourat Al-Baqarah nan kòmansman nwit la. Men sa senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la di nan vèsè sa yo:
﴿ءَامَنَ ٱلرَّسُولُ بِمَآ أُنزِلَ إِلَيۡهِ مِن رَّبِّهِۦ وَٱلۡمُؤۡمِنُونَۚ كُلٌّ ءَامَنَ بِٱللَّهِ وَمَلَٰٓئِكَتِهِۦ وَكُتُبِهِۦ وَرُسُلِهِۦ لَا نُفَرِّقُ بَيۡنَ أَحَدٖ مِّن رُّسُلِهِۦۚ وَقَالُواْ سَمِعۡنَا وَأَطَعۡنَاۖ غُفۡرَانَكَ رَبَّنَا وَإِلَيۡكَ ٱلۡمَصِيرُ285﴾
"Pwofèt la kwè nan sa Granmèt la voye desann ba li a, epi tout kwayan yo kwè ladan li tou. Yo tout kwè nan Allah, nan zanj li yo, nan liv li yo, ak nan pwofèt li yo. Yo di: 'Nou pa fè okenn diferans ant pwofèt li yo. Epi yo di: 'Nou tande sa Ou di a epi nap obeyi. Padonnen nou, Granmèt nou, paske se bò kote Ou tout moun ap tounen". Jouk nan finisman Sourat la.
Daprè sa ki sèten (ki rapòte kòm verite) ki soti nan bouch Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kote li te di:
«مَنْ قَرَأَ الآيَتَيْنِ مِنْ آخِرِ سُورَةِ البَقَرَةِ فِي لَيْلَةٍ كَفَتَاهُ».
Nenpòt moun ki li 2 dènye vèsè nan chapit "Sourat Al-Baqarah yo" pandan lannwit, 2 vèsè sa yo ap ase pou pwoteje li kont tout malè. Sans pawòl sa a — epi se Allah ki konnen tout bagay pi byen — se: 2 vèsè sa yo ase pou pwoteje moun nan kont tout move bagay. Yon lòt bagay ankò: se pou moun nan abitye repete deklarasyon pwoteksyon sa a: (Map chache pwoteksyon nan pawòl Allah yo ki san defo, kont tout malè nan sa li kreye). Ou dwe di sa lajounen kou lannwit, epi chak fwa ou rive yon kote, kit se nan yon kay, nan yon dezè, nan avyon, oswa nan bato sou lanmè. Paske Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«مَن نَزَلَ مَنْزِلًا فَقالَ: أَعُوذُ بِكَلِمَاتِ اللهِ التَّامَّاتِ مِن شَرِّ ما خَلَقَ، لَمْ يَضُرَّهُ شَيءٌ حتَّى يَرْتَحِلَ مِن مَنْزِلِهِ ذَلِكَ».
Nenpòt moun ki rive yon kote epi li di: "Map chache pwoteksyon nan pawòl Allah yo ki san defo, kont tout malè nan sa li kreye", anyen pap ka fèl mal pou jouk li kite kote sa a.
Yon lòt bagay ankò: se pou yon kwayan di pawòl sa yo 3 fwa nan maten (lè jou a kòmanse) epi 3 fwa nan aswè (lè lannwit lan ap tonbe):
«بِسْمِ اللهِ الَّذِي لَا يَضُرُّ مَعَ اسْمِهِ شَيءٌ فِي الأَرْضِ وَلَا فِي السَّمَاءِ، وَهُوَ السَّمِيعُ العَلِيمُ».
Nan non Allah ; avèk non li, anyen sou tè a ni nan syèl la pa ka fè mal. Se Li menm ki tande tout bagay epi ki konnen tout bagay.
Paske gen prèv solid ki soti nan bouch Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ki ankouraje nou fè sa, epi paske se yon mwayen pou moun rete an sekirite anba tout kalite malè.
Dezyèmman: Sa pou moun fè pou yo trete maji si li te deja rive sou yo. Gen plizyè fason moun ka geri anba sa tou :
Premye fason an: Se pou moun nan lapriyè Allah ak tout fòs li, avèk imilite, epi mande li poul retire malè sa a sou li epi delivrel anba soufrans li ladanl lan.
Dezyèm fason an: Se fè tout efò pouw konnen kote maji a kache, kit li antere nan tè, kit li nan yon mòn, oswa nenpòt lòt kote. Depi yo rive jwenn kotel ye a, yo dwe retirel epi yo detwi li, maji ap pèdi tout fòs li. Sa a se youn nan fason ki pi efikas pou geri maji.
Twazyèm fason an: Se geri moun nan ak 'Wokya' (Rukyah), sa vle di nan li vèsè Koran an ak priyè pwoteksyon ki soti nan lalwa Allah a. Gen anpil fason pou fè sa; pami yo genyen:
Sa ki otantifye nan pawòl Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li):
«اللَّهُمَّ رَبَّ النَّاسِ، أَذْهِبِ الْبَأْسَ، وَاشْفِ أَنْتَ الشَّافِي، لَا شِفَاءَ إِلَّا شِفَاؤُكَ، شِفَاءً لَا يُغَادِرُ سَقَمًا»
«O Allah, Mèt tout moun yo, retire soufrans la, epi geri, Ou se Gerisè a, pa gen okenn gerizon sòf gerizon pa ou a, yon gerizon ki pa kite okenn maladi dèyè.» Li di sa 3 fwa,
Epi pami sa yo genyen: Ruqyah ke Jibril te resite sou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), e se pawòl li a:
«بِسْمِ اللَّهِ أَرْقِيكَ، مِنْ كُلِّ شَيْءٍ يُؤْذِيكَ، وَمِنْ شَرِّ كُلِّ نَفْسٍ أَوْ عَيْنِ حَاسِدٍ، اللَّهُ يَشْفِيكَ، بِسْمِ اللَّهِ أَرْقِيكَ»
«Nan non Allah map fè priyè (Wokya) sa a pou ou, pou li pwotejew kont tout sa kap fèw mal, kont mechanste chak moun, ak kont move zye moun ki jalou. Se pou Allah geri ou. Nan non Allah map fè priyè sa a pou ou.» Epi li dwe repete sa 3 fwa.
Gen yon lòt remèd ankò ki efikas anpil pou yon gason ki 'mare' (ki pa ka kouche ak madanm li poutèt maji): Li dwe pran sèt (7) fèy bwa yo rele Sidr (fèy jijib/tonèl) ki byen vèt, li pile yo ak yon ròch oswa nenpòt lòt bagay, li mete yo nan yon veso, epi li vide dlo sou yo (kantite dlo li bezwen pou li benyen an). Aprèsa, li dwe li vèsè sa yo nan dlo a:
Vèsè Al-Kursi, epi
﴿قُلۡ يَٰٓأَيُّهَا ٱلۡكَٰفِرُونَ1﴾
"1: Di: Nou menm ki pa gen lafwa yo".
[Al-Kafiroun: 1]
﴿قُلۡ هُوَ ٱللَّهُ أَحَدٌ1﴾
"1- Di konsa: Li menm se Allah, Li se Yon sèl". [Al-Iklas:1]
﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلۡفَلَقِ1﴾
"1: Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt douvanjou a". [Al-Falaq:1]
﴿قُلۡ أَعُوذُ بِرَبِّ ٱلنَّاسِ1﴾
"Di: Map chache pwoteksyon nan men Allah, Li menm ki Mèt tout moun". [An-Nas:1]
Epi tou, ou dwe li vèsè ki pale sou maji yo ki nan chapit "Sourat Al-A'raf" la. Men sa senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la di nan vèsè sa yo:
﴿وَأَوۡحَيۡنَآ إِلَىٰ مُوسَىٰٓ أَنۡ أَلۡقِ عَصَاكَۖ فَإِذَا هِيَ تَلۡقَفُ مَا يَأۡفِكُونَ117 فَوَقَعَ ٱلۡحَقُّ وَبَطَلَ مَا كَانُواْ يَعۡمَلُونَ118 فَغُلِبُواْ هُنَالِكَ وَٱنقَلَبُواْ صَٰغِرِينَ119﴾
"117: Epi Nou te voye mesaj bay Moyiz, Nou di li : ''Lage baton ou lan !'' Lamenm, baton an kòmanse vale tout maji yo te fè yo
118: Se konsa verite a te parèt aklè, epi tout sa yo tap fè yo (maji yo) te kase nèt.
119: Se konsa majisyen yo te pèdi batay la epi yo te rale kò yo ak gwo wont sou yo". Sourat Al-A’raf. Vèsè 117 a 119
Epi tou, vèsè ki nan chapit Sourat Yunus(Jonas) yo. Men sa senyè toupwisan an ki anwo nan syèl la di nan vèsè sa yo:
﴿وَقَالَ فِرۡعَوۡنُ ٱئۡتُونِي بِكُلِّ سَٰحِرٍ عَلِيمٖ79 فَلَمَّا جَآءَ ٱلسَّحَرَةُ قَالَ لَهُم مُّوسَىٰٓ أَلۡقُواْ مَآ أَنتُم مُّلۡقُونَ80 فَلَمَّآ أَلۡقَوۡاْ قَالَ مُوسَىٰ مَا جِئۡتُم بِهِ ٱلسِّحۡرُۖ إِنَّ ٱللَّهَ سَيُبۡطِلُهُۥٓ إِنَّ ٱللَّهَ لَا يُصۡلِحُ عَمَلَ ٱلۡمُفۡسِدِينَ81 وَيُحِقُّ ٱللَّهُ ٱلۡحَقَّ بِكَلِمَٰتِهِۦ وَلَوۡ كَرِهَ ٱلۡمُجۡرِمُونَ82﴾
"79: Farawon di konsa: 'Mennen tout moun ki konn fè gwo maji yo ban mwen!
80: Lè majisyen yo rive, Moyiz di yo: 'Lage sa nou gen poun lage a!
81: Lè yo fin lagel, Moyiz di yo: 'Sa nou pote la a, se maji. Allah pral fèl pèdi tout fòs li,Paske Allah pa janm bay travay moun kap fè mechanste yo sipò(Li pa janm fèl reyisi).
82: Epi Allah ap fè verite a triyonfe (lap parèt aklè) gras ak pawòl Li yo, menm si kriminèl yo (malfektè yo) pa ta vle sa". [Yunus: 79-82],
Epi tou, vèsè ki nan chapit "Sourat Taha" yo. Men sa Allah ki anwo nan syèl la di:
﴿قَالُواْ يَٰمُوسَىٰٓ إِمَّآ أَن تُلۡقِيَ وَإِمَّآ أَن نَّكُونَ أَوَّلَ مَنۡ أَلۡقَىٰ65 قَالَ بَلۡ أَلۡقُواْۖ فَإِذَا حِبَالُهُمۡ وَعِصِيُّهُمۡ يُخَيَّلُ إِلَيۡهِ مِن سِحۡرِهِمۡ أَنَّهَا تَسۡعَىٰ66 فَأَوۡجَسَ فِي نَفۡسِهِۦ خِيفَةٗ مُّوسَىٰ67 قُلۡنَا لَا تَخَفۡ إِنَّكَ أَنتَ ٱلۡأَعۡلَىٰ68 وَأَلۡقِ مَا فِي يَمِينِكَ تَلۡقَفۡ مَا صَنَعُوٓاْۖ إِنَّمَا صَنَعُواْ كَيۡدُ سَٰحِرٖۖ وَلَا يُفۡلِحُ ٱلسَّاحِرُ حَيۡثُ أَتَىٰ69﴾
"65: Yo di konsa: 'O Moyiz! Eske se ou kap lage anvan, osinon èske se nou menm kap kòmanse lage?
66: Moyiz reponn: 'Non, lage nou menm anvan!' Lamenm, kòd yo ak baton yo te lage yo vin parèt nan zye Moyiz — poutèt maji yo te fè a — tankou se koulèv kap kouri.
67: Moyiz te santi yon ti krent nan kè l.
68: Nou dil: 'Pa pè! Paske se ou menm kap genyen batay la (se ou kap pi wo a).
69: Lage sa ki nan men dwat ou a (baton an), lap vale tout sa yo te fè yo. Paske, sa yo fè a se sèlman jwèt majisyen (plan malfektè); epi majisyen an pap janm genyen batay la, kèlkeswa kote li soti".
[Ta-Ha: 65-69].
Aprè ou fin li tout vèsè ak priyè sa yo nan dlo a, moun nan dwe bwè 3 gòje bouch ladan li epi li benyen ak rès dlo ki rete a. Si Allah vle (Incha Allah), maladi a (maji a) ap disparèt. Si li nesesè pou repete tretman sa a 2 fwa oswa plis, pa gen pwoblèm nan sa, jiskaske mal la fin ale nèt.
Priyè sa yo, demann pwoteksyon sa yo, ak metòd sa yo se pami pi gwo mwayen ki egziste pou yon moun pwoteje tèt li kont maji ak tout lòt kalite malè. Yo se pi gwo zam tou pou detwi maji si li te deja rive sou yon moun; depi moun nan fè yo avèk senserite, avèk lafwa, epi li mete tout konfyans li nan Allah pandanl santil alèz ak tout sa pawòl sa yo vle di.
Sa se sa ki te posib pou nou esplike nan sa ki konsène mwayen pou moun pwoteje tèt yo kont maji epi trete li sil te deja rive. Epi se Allah sèl ki bay siksè.
Epi la a, gen yon keksyon enpòtan ki poze: se tretman maji a nan sèvi ak menm travay majisyen yo (sa yo rele Nouchrah), kote moun nan ap chache favè nan men move lespri (Jin) nan touye bèt pou yo oswa nan fè lòt ofrann konsa; sa a se yon bagay ki entèdi (li pa pèmèt ditou). Paske, sa se travay dyab la; se menm gwo peche sa a yo rele Chirk Al-Akbar (bay Allah asosye nan nivo ki pi wo a). Menm jan tou, li pa pèmèt pou moun chèche tretman nan poze kesyon bay divinò yo, moun kap di lavni yo, ak sòsye yo, epi itilize sa yo di; paske yo se moun ki pa gen lafwa, epi tou yo se mantè ak moun kap fè move zak ki pretann yo gen konesans sou sa ki kache, epi yo met konfizyon nan tèt moun. Epi Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li.) te deja bay avètisman pou moun pa al kote yo, pa poze yo kesyon, epi pa kwè yo, menm jan sa te esplike deja nan kòmansman mesaj sa a. Kidonk, li obligatwa pou nou pran prekosyon ak sa, epi sa soti nan yon sous ki sèten (Sahih) bò kote Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li), yo te poze li kesyon sou an-Nushrah epi li te di:
«هِيَ مِنْ عَمَلِ الشَّيْطَانِ».
Sa se travay dyab la (Satan). Se Imam Ahmad ak Abou Daoud ki rapòte koze sa a, avèk yon chèn transmisyon ki bon (Jayyid).
Mo "Nouchrah" a vle di: detache oswa kase maji ki sou yon moun ki viktim. Men, sa Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) te vle di nan pawòl li a, se Nouchrah moun nan tan lantan yo (tan Jabiliya) te konn fè a; sa vle di: al mande yon majisyen pou li kase maji a, oswa kase yon maji ak yon lòt maji menm jan avèl nan men yon lòt majisyen.
Men, kanta pou trètman li ak priyè pou geri (Ruqyah), priyè pou chèche pwoteksyon lalwa Islamik otorize, ak medikaman ki pèmèt yo, pa gen pwoblèm nan sa, jan sa te mansyone deja. Se sa menm gwo savan Ibn al-Qayyim te ekri aklè, ansanm ak Cheikh Abdoul-Rahman bin Hassan nan liv Fath al-Majid la (se pou Allah gen pitye pou yo 2 a). Gen anpil lòt moun nan domèn konesans lan (savan) ki te ekri sou pwen sa a tou.
"Nap mande Allah pou li bay tout Mizilman yo siksè pou yo jwenn gerizon ak pwoteksyon kont tout sa ki mal. Se poul pwoteje relijyon yo pou yo, se poul ba yo bon konprann nan relijyon an, epi se poul ba yo sekirite kont tout sa ki pa mache ak lalwa (Charia) Li a."
Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou sèvitèl la ak mesajel la, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo.
Avètisman pou moun pa bati moske sou tonb moun mouri
Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Liv sa a bay avètisman pou moun pa bati moske sou tonm pwofèt yo ak moun ki te mache dwat yo. Li di aksyon sa a se yon fason pou moun fè peche "shirk" (adore lòt bagay nan plas Allah) ak egzajere nan relijyon an. Liv la sèvi ak prèv nan lalwa senyè toupwisan an pou li montre sa, epi li mande pou moun swiv vrè chemen relijyon an pou yo ka pwoteje prensip Allah sèl la (Tawhid).
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Onzyèm Mesaj la:
Avètisman kont bati moske sou tèt tonb
Nan non Allah, e tout louwanj se pou Allah, epi se pou lapriyè ak lapè sou Mesaje Allah la.
Aprèsa: Mwen te li sa ki te pibliye nan twazyèm nimewo jounal (magazin) Lig Syans Islamik yo, nan ribrik (Nouvèl Mizilman nan mwa a): Yo fè konnen Lig Syans Islamik nan peyi Jòdani (Rwayom Achmit Jòdani) gen entansyon bati yon moske sou tèt twou wòch (kavèn) yo fèk dekouvri nan vilaj "Al-Rahib" la. Se twou wòch sa a yo di ki se kote "Moun twou wòch yo" (Ahlul-Kahf) yo pale de yo nan Koran an te dòmi an. Se la nouvèl la fini.
Poutèt devwa mwen genyen pou mwen bay konsèy pou Allah ak pou sèvitè li yo, mwen wè li nesesè poum voye yon mesaj nan menm jounal sa a bay Lig Syans Islamik ki nan peyi Jòdani an. Kontni mesaj la se: Yon konsèy pou Lig la pou yo pa bati moske yo te gen entansyon bati sou tèt twou wòch (kavèn) sa a. Rezon an se paske bati moske sou tonb pwofèt yo, sou tonb moun ki te mache dwat yo, oswa sou kote ki gen tras yo, se yon bagay lalwa Islamik la (Charia) entèdi nèt. Li bay avètisman sou sa, epi li madichonnen moun ki fè sa; paske se yon mwayen ki mennen nan "Shirk" (bay Allah asosye) ak nan ekzajerasyon (Ghulū) nan respè pou pwofèt yo ak moun ki mache dwat yo. Epi nan lavi reyèl la, nou wè prèv ki montre verite sa lalwa senyè toupwisan an (Charia) pote a. Sa se yon prèv ki montre li soti toutbon nan men Allah ki gen tout pouvwa a. Se yon prèv ki klè kou dlo kokoye epi yon agiman solid ki montre Mesaje Allah a (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di laverite nan tout sa li te pote soti nan men Allah epi li te transmèt bay pèp la (Oummah) Nenpòt moun ki pran tan pou li gade sitiyasyon mond Islamik la, epi li wè tout zak "Shirk" (bay Allah asosye) ak ekzajerasyon ki rive ladan li poutèt yo bati moske sou tonb yo; jan yo ba yo twòp enpòtans, jan yo mete bèl tapi ak dekorasyon ladan yo, ak jan yo mete moun (gad) espesyal pou veye yo; moun sa a ap konnen ak tout sètitid ke bagay sa yo se mwayen ki mennen nan "Shirk". Lap konprann tou ke youn nan bèl kalite lalwa Islamik la (Charia), se paske li entèdi bagay sa yo epi li bay avètisman pou moun pa bati yo.
Epi pami sa ki te rapòte sou sa a, se sa 2 Chèikh yo Al-Bukhari ak Muslim, ke Allah fè yo mizèrikòd, te rapòte daprè Aisha, ke Allah satisfè de li, li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«لَعَنَ اللَّهُ الْيَهُودَ وَالنَّصَارَى، اتَّخَذُوا قُبُورَ أَنْبِيَائِهِمْ مَسَاجِدَ، قالَتْ عَائِشَةُ: يُحَذِّرُ مَا صَنَعُوا، قالَتْ: وَلَوْلَا ذَلِكَ لَأُبْرِزَ قَبْرُهُ، غَيْرَ أَنَّهُ خُشِيَ أَنْ يُتَّخَذَ مَسْجِدًا».
«Madichon Allah tonbe sou Jwif yo ak kretyen yo, yo te pran tonb pwofèt yo kòm moske (kote yo fè prostènasyon). Aicha te di: Li (Pwofèt la) tap avèti kont sa yo te fè a. Li (Aicha) te di: E si se pat pou sa, yo tap montre tonb li a aklè, men yo te krenn ke yo tap pran li kòm yon moske». Epi sa soti tou nan 2 liv ki otantik yo , kote Oum Salamah ak Oum Habibah (se pou Allah kontan avèk yo toude) te rakonte Mesaje Allah a (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) konsènan yon legliz yo te wè nan peyi Abisini, ak imaj ki te genyen ladanl yo, epi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li) di:
«أُولَئِكَ إِذَا مَاتَ فِيهِمُ الرَّجُلُ الصَّالِحُ؛ بَنَوْا عَلَى قَبْرِهِ مَسْجِدًا، وَصَوَّرُوا فِيهِ تِلْكَ الصُّوَرَ، أُولَئِكَ شِرَارُ الْخَلْقِ عِنْدَ اللَّهِ».
«Moun sa yo, lè yon moun ki te fe sa kibon mouri nan mitan yo; yo bati yon moske sou tonb li, epi yo fè imaj sa yo ladanl, moun sa yo se pi mechan pami kreyati yo devan Allah».
Epi nan Sahih Muslim sa rapòte de Joundoub bin Abdallah (ke Allah satisfè de li) ki te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li), 5 jou anvan li te mouri, pandan li tap di:
«إِنِّي أَبْرَأُ إِلَى اللَّهِ أَنْ يَكُونَ لِي مِنْكُمْ خَلِيلٌ، فَإِنَّ اللَّهَ قَدِ اتَّخَذَنِي خَلِيلًا، كَمَا اتَّخَذَ إِبْرَاهِيمَ خَلِيلًا، وَلَوْ كُنْتُ مُتَّخِذًا مِنْ أُمَّتِي خَلِيلًا، لَاتَّخَذْتُ أَبَا بَكْرٍ خَلِيلًا، أَلَا وَإِنَّ مَنْ كَانَ قَبْلَكُمْ كَانُوا يَتَّخِذُونَ قُبُورَ أَنْبِيَائِهِمْ وَصَالِحِيهِمْ مَسَاجِدَ، أَلَا فَلَا تَتَّخِذُوا الْقُبُورَ مَسَاجِدَ، فَإِنِّي أَنْهَاكُمْ عَنْ ذَلِكَ».
«Mwen deklare devan Allah mwen pa gen okenn moun pami nou ki "Khalil" (zanmi ki pi chè nan kèm) mwen; paske Allah pranm kòm zanmi preferel (Khalil), menm jan Li te pran Ibrahim kòm zanmi prefere li. Sim te gen poum chwazi yon moun pami pèp mwen an kòm zanmi prefere mwen, mwen ta chwazi Abou Bakr. Atansyon! Moun ki te la anvan nou yo te konn pran tonb pwofèt yo ak tonb moun ki mache dwat yo pou fè yo tounen moske (kote pou adore). Koute byen! Pa pran tonm yo pou fè yo tounen moske, paske mwen entèdi nou fè sa nèt.» Epi, gen anpil lòt Hadit sou sijè sa a.
Imam yo pami savan Mizilman yo, ki soti nan tout 4 lekòl panse yo ak lòt yo ankò, te deklare klèman entèdiksyon pou konstwi moske sou tonb, epi yo te avèti kont sa; yo te fè sa pou aji ann akò ak Sounnah Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), kòm yon konsèy pou kominote a, epitou kòm yon avètisman pou li poul pa tonbe nan sa sila yo ki te anvan li yo te tonbe ladan li pami Juif ak Kretyen ki te ekstrèm yo, ansanm ak moun ki sanble ak yo pami sila yo ki egare nan kominote sa a.
Se devwa Asosyasyon Syans Islamik nan Jòdani, ak lòt Mizilman yo tou: pou yo swiv Sounnah a, pou yo mache nan chemen Gid yo (Imam yo), epi pou yo pran prekosyon ak sa Allah ak Pwofèt li a te avèti kont li; paske se nan sa ki gen byennèt pou sèvitè yo, bonè yo, ak mwayen pou yo sove sou tè a ak nan lavi kap vini an. Epi, sou pwen sa a, gen kèk moun ki atache yo ak pawòl Sila a ki gen tout Majeste a, nan istwa moun ki nan kavèn yo:
﴿...قَالَ ٱلَّذِينَ غَلَبُواْ عَلَىٰٓ أَمۡرِهِمۡ لَنَتَّخِذَنَّ عَلَيۡهِم مَّسۡجِدٗا﴾
"...Moun ki te gen pouvwa nan men yo (lidè yo) te di: "Nap bati yon moske (yon kote pou adore) sou tèt yo". [Al-Kahf: 21].
Repons pou sa se: Nou dwe di ke Allah (ki pafè epi ki pa gen lòt avan ni aprè li) te fè nou konnen sa chèf yo ak moun ki te gen pouvwa nan tan sa a te di. Li pa te di sa paske Li te dakò ak yo oswa pou li te apwouve sa yo te fè a; okontrè, Li te di sa pou li montre jan zak sa a pa bon, pou li kritike yo, epi pou li fè moun pè fè menm bagay ak yo. Epi prèv pou sa a se: ke Mesaje a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li menm ki te resevwa vèsè sa a, e li se moun ki pi konnen an sou entèpretasyon li; te entèdi kominote li a pou yo pa bati moske sou tonb, epi li te avèti yo kont sa a, epi li te modi e li te blame moun ki fè sa.
E si sa te pèmèt, Mesaje Allah la (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pa tap ensiste sou sa ak tout fòs sa a, e li te menm pouse sa pi lwen jiskaske li voye madichon sou moun ki fèl la, epi li te fè konnen ke li se pami kreyati ki pi mal yo bò kote Allah, Toupisan an, Trèwo a. E nan sa, gen ase bagay pou satisfè e pou konvenk yon moun kap chèche laverite a. Menm si nou ta sipoze ke bati moske sou tonb te pèmèt pou moun ki te la anvan nou yo, nou pa tap gen dwa imite yo nan sa; paske lalwa pa nou an ranplase lalwa ki te la anvanl yo, epi Pwofèt nou an (lapè ak benediksyon sou li) se dènye pwofèt la, e lalwa li a konplè epi li pou tout moun. Li te entèdi nou bati moske sou tonb; kidonk, nou pa gen dwa dezobeyil, e nou gen obligasyon pou nou swiv li, pou nou kenbe fèm ak sa li te pote a, epi pou nou kite tout sa ki kontrè ak sa, kit se nan ansyen lalwa yo, kit se nan koutim moun ki te konn pratike yo te konsidere kòm bon; paske pa gen lalwa ki pi konplè pase lalwa Allah a, e pa gen pi bon gidans pase gidans Pwofèt Allah a (lapè ak benediksyon Bondye sou li).
Se bò kote Allah nou mande pou li ban nou siksè, ansanm ak tout mizilman yo nèt, pou nou rete fèm nan relijyon li a, epi pou nou kenbe fèm ak lalwa Mesaje li a, Mouhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li); nan pawòl nou ak nan aksyon nou, nan sa ki parèt aklè ak nan sa ki kache, epi nan tout lòt zafè nou yo jouk lè pou nou rankontre Allah, Li menm ki gen tout grandè a. Anverite, li se moun ki tande tout bagay la epi li touprè nou.
Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou sèvitèl la ak mesajel la, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpayon li yo, ak sou tout moun ki swiv chemen li jouk jou jijman an.
Antere moun mouri nan moske.
Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Liv sa a montre li entèdi pou moun antere mò nan moske, paske sa kapab tounen yon fason pou fè pratik "shirk" (moun kap bay Asosye ). Li ankouraje mizilman yo pou yo antere mò yo deyò moske yo, menm jan Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak konpayon li yo te konn fè sa, daprè sa ki ekri nan Koran an ak nan Tradisyon yo (Sunnah).
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Onzyèm Mesaj la:
Antere moun mouri anndan moske
Nan non Allah, e lwanj se pou Allah, e se pou lapriyè ak lapè sou Mesaje Allah, epitou sou fanmi li ak sila yo ki suiv gidans li a, Aprè sa :
Mwen te li jounal «Al-Khartoum» ki te parèt nan dat 17/ 4 / 1415H; mwen jwenn yo te pibliye yon anons ladan li ki fè konnen yo antere Mesye Muhammad al-Hasan al-Idrisi bò kote papal nan moske yo a, nan vil Omdurman... elatriye.
Poutèt obligasyon Allah mete sou mwen poum bay mizilman yo konsèy, ak devwa poum denonse sa ki mal; mwen wè li nesesè poum fè nou konnen ke antere moun nan moske se yon bagay ki pa pèmèt. Okontrè, se youn nan mwayen ki mennen nan 'Shirk' (bay Allah asosye), epi se nan zak Jwif ak Kretyen yo Allah te kondane yo pou sa, epi Mesaje (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) Li a te madichonnen yo pou sa tou. Jan sa rapòte nan 2 liv ki korèk yo (Bukhari ak Muslim) daprè Aicha (ki Bondye kontan avè l), Pwofèt la te di:
«لَعَنَ اللَّهُ الْيَهُودَ وَالنَّصَارَى، اتَّخَذُوا قُبُورَ أَنْبِيَائِهِمْ مَسَاجِدَ».
Madichon Allah sou Jwif yo ak Kretyen yo; yo te pran tonb pwofèt yo pou yo fè yo tounen moske (kote pou yo adore). Epi nan liv Sahih Muslim, daprè Joundoub bin Abdoullah, Pwofèt la (pè ak Benediksyon Allah kouvri li)te di:
«أَلَا وَإِنَّ مَنْ كَانَ قَبْلَكُمْ كَانُوا يَتَّخِذُونَ قُبُورَ أَنْبِيَائِهِمْ وَصَالِحِيهِمْ مَسَاجِدَ، أَلَا فَلَا تَتَّخِذُوا الْقُبُورَ مَسَاجِدَ؛ فَإِنِّي أَنْهَاكُمْ عَنْ ذَلِكَ».
«Atansyon! Epi anverite, moun ki te la anvan nou yo te konn pran tonbo pwofèt yo ak moun ki te dwat pami yo kòm moske (kote yo fè prostènasyon), atansyon! Piga nou pran tonb yo kòm moske; paske anverite, mwen entèdi nou fè sa.» Epi, gen anpil hadit nan menm sans lan.
Kidonk, se yon devwa pou Mizilman yo tout kote -gouvènman kou pèp-: pou yo gen krentif pou Allah, epi pou yo pran prekosyon ak sa li te entèdi, epi pou yo antere mò yo deyò Moske yo, menm jan Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ak konpayon li yo (se pou Allah satisfè de yo) te konn antere mò yo deyò Moske yo, e se konsa tou pou moun ki te swiv yo nan fè sa ki byen.
Pou sa ki konsène prezans tonbo Pwofèt la (je lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)ak 2 konpayon li yo, Abou Bakr ak Omar (se pou Allah kontan ak yo de a), anndan moske li a ; sa pa yon prèv pou jistifye antere mò nan moske yo. Rezon an se paske yo te antere Pwofèt la (pè ak Benediksyon Allah kouvri li)anndan kay pal la — nan kay Aicha (se pou Allah kontan avè l) —, epi annapre, yo te antere 2 konpayon li yo ansanm avèk li. Se sèlman lè Al-Walid pitit gason Abd al-Malik tap agrandi moske a nan fen premye syèk Ejìr la, li te entegre chanm nan nan moske a. Savann yo (moun ki gen konesans yo) nan epòk la te dezapwouve sa, men li menm li te panse ke sa pat anpeche agrandisman an, e ke sitiyasyon an te klè, san prete a konfizyon.
Pa mwayen sa, li vin klè pou chak Mizilman: ke li menm (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ak 2 konpayon li yo (se pou Allah satisfè ak yo 2 a) yo pat antere yo nan Moske a, e lefèt ke yo te vin antre ladan li poutèt agrandisman an, sa pa yon agiman pou pèmèt antere moun nan moske yo; paske yo pa nan Moske a, men pito, yo nan kay li a (benediksyon ak lapè Allah sou li). E tou, paske aksyon Walid la pa kapab sèvi kòm agiman pou pèsonn nan zafè sa a. Agiman an, se sèlman nan Liv la (Koran an) ak nan Sounnah la nou jwenn li, epi nan konsansis Premye Jenerasyon Kominote a (Salaf as-Salih), se pou Allah satisfè ak yo. E nou mande Allah pou Li mete nou pami moun kap swiv yo nan sa ki byen.
Pou bay konsèy epi pou dechaje konsyans, redaksyon an te fèt nan: 14/5/1415 H.
Epi se nan men Allah sèl siksè a soti (se Li ki bay siksè). Se pou benediksyon ak lapè Allah sou Pwofèt nou an, Muhammad, sou fanmi li, sou konpanyon li yo, ak sou tout moun ki swiv chemen yo ak senserite.
Esplikasyon sou kijan moun ki pretann yo gen dwa pa swiv lalwa (charia) pwofèt Mouhamad (Lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) la, se moun ki pèdi chemen yo epi ki soti nan relijyon an.
Abdelaziz ibn Abdallah ibn Baz
Liv sa a montre moun ki pretann yo gen dwa pa swiv lalwa (charia) Pwofèt Mouhamad (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) la, se moun ki pa mizilman ankò. Liv la pa dakò ak sa kèk ekriven di kòmkwa Jwif ak Kretyen ka rete nan relijyon yo toujou aprè mesaj Pwofèt la fin vini. Li serye sou pwen sa a: mesaj Pwofèt(lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)la se pou tout moun sou tè a, epi Islam se sèl sèl relijyon ki nan laverite a, jan sa ekri nan Koran an ak nan Tradisyon yo (Sunnah).
***
بِسْمِ اللهِ الرَّحمَنِ الرَّحِيمِ
Douzyèm Mesaj:
Esplikasyon sou kijan moun ki pretann yo gen dwa pa swiv lalwa (charia) Mouhamad (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)la, se moun ki pèdi chemen yo epi ki soti nan relijyon an
Lwanj pou Allah,Mèt tout linivè a. Ke benediksyon ak lapè poze sou dènye nan tout pwofèt yo, pwofèt nou an Mouhamad, ansanm ak fanmi li ak tout konpayon li yo.
Aprèsa: Mwen te li atik ki te pibliye nan jounal Asharq Al-Awsat, nan nimewo 5824 ki te parèt nan dat 5/6/1415 nan kalandriye Hijri a. Se yon moun ki rele tèt li Abdel Fattah Al-Hayek ki te ekri li , anba tit: (Move Konpreyansyon).
Atik la nye bagay ki klè nèt nan relijyon Islam nan, bagay ki baze sou tèks yo ak akò tout savan yo; sa vle di mesaj Pwofèt Mouhamad (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)a se pou tout moun sou tè a. Moun ki ekri atik la pretann si yon moun pa swiv Pwofèt Mouhamad (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)epi li pa obeyi li, men li rete Jwif oswa Kretyen, li toujou nan yon relijyon ki nan laverite. Aprèsa, li pale mal sou sajès Allah (Mèt linivè a) konsènan jan li pini moun ki pa kwayan ak moun kap fè peche, epi li di pinisyon sa yo se bagay ki san sans."
Li te chanje sans tèks sakre yo (lalwa Allah a), li sèvi ak yo mal, epi li esplike yo jan lidel dil (dapre pasyonl). Li te fèmen zyel sou prèv klè ki montre mesaj Pwofèt Mouhamad (ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)la se pou tout moun nèt sou tè a, epi nenpòt moun ki tande pale de li epi ki pa swiv li, moun sa a soti nan relijyon an . Li inyore tou tèks ki di byen klè senyè toupwisan an pa aksepte okenn lòt relijyon sof Islam. Li te kache tout verite sa yo poul ka twonpe moun ki pa gen konesans ak bèl diskou li a. Sa li fè la a se yon zak moun ki pa kwayan ki klè nèt, se vire do bay relijyon Islam nan (ridda). Se demanti li demanti sa Allah (Subhanahu wa Ta'ala) di ak sa Pwofèt li a (Pè ak benediksyon Allah sou li) di. Nenpòt moun ki gen konesans ak lafwa ki li atik sa a ap wè sa byen klè.
Sa ki dwe fèt, se pou chèf Leta a (oswa moun ki gen otorite a) voyel devan tribinal, pou yo mandel repanti (mande padon epi tounen nan bon chemen an), epi pou yo jijel daprè sa lalwa Allah (charia) mande.
Allah (Subhanahu wa Ta'ala) te fè konnen byen klè mesaj Pwofèt Mouhamad (se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li)la se pou tout moun nèt, epi tout moun ak tout djinn gen obligasyon pou yo swiv li. Nenpòt mizilman ki gen menm yon ti kras konesans pa ka inyore sa.
Allah, Sila a ki anwo nan syèl la, di:
﴿قُلۡ يَٰٓأَيُّهَا ٱلنَّاسُ إِنِّي رَسُولُ ٱللَّهِ إِلَيۡكُمۡ جَمِيعًا ٱلَّذِي لَهُۥ مُلۡكُ ٱلسَّمَٰوَٰتِ وَٱلۡأَرۡضِۖ لَآ إِلَٰهَ إِلَّا هُوَ يُحۡيِۦ وَيُمِيتُۖ فَـَٔامِنُواْ بِٱللَّهِ وَرَسُولِهِ ٱلنَّبِيِّ ٱلۡأُمِّيِّ ٱلَّذِي يُؤۡمِنُ بِٱللَّهِ وَكَلِمَٰتِهِۦ وَٱتَّبِعُوهُ لَعَلَّكُمۡ تَهۡتَدُونَ158﴾
"158: Di konsa: O nou menm lèzòm! Se vre wi, mwen se Mesaje Allah voye pou nou tout nèt. Se pou li sèl tout pouvwa nan syèl la ak sou latè a ye. Pa gen lòt senyè toupwisan pase li menm sèl; se li ki bay lavi, se li ki bay lanmò. Se pou nou kwè nan Allah epi nan Mesaje li a, Pwofèt sa a ki pat konn li ni ekri a, li menm ki gen konfyans nan Allah ak nan pawòl Li yo. Swiv li, konsa nap jwenn bon chemen an". [Al-A’raf: 158]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿...وَأُوحِيَ إِلَيَّ هَٰذَا ٱلۡقُرۡءَانُ لِأُنذِرَكُم بِهِۦ وَمَنۢ بَلَغَ...﴾
"... Epi yo te voye Koran sa a ban mwen kòm revelasyon poum ka sèvi avè li poum avèti nou, epi poum avèti nenpòt moun li ta rive jwenn..". [Al-An‘ām: 19]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿قُلۡ إِن كُنتُمۡ تُحِبُّونَ ٱللَّهَ فَٱتَّبِعُونِي يُحۡبِبۡكُمُ ٱللَّهُ وَيَغۡفِرۡ لَكُمۡ ذُنُوبَكُمۡۚ وَٱللَّهُ غَفُورٞ رَّحِيمٞ31﴾
"31- Di yo: Si nou renmen Allah tout bonvre, swiv mwen. Konsa, senyè toupwisan an va renmen nou tou, epi lap padone peche nou yo. Allah se sila ki konn padone anpil, epi li gen anpil mizèrikòd". [Al Imran:31]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَمَن يَبۡتَغِ غَيۡرَ ٱلۡإِسۡلَٰمِ دِينٗا فَلَن يُقۡبَلَ مِنۡهُ وَهُوَ فِي ٱلۡأٓخِرَةِ مِنَ ٱلۡخَٰسِرِينَ85﴾
"Nenpòt moun ki chèche yon lòt relijyon pase Islam, Allah pap janm akseptel nan menl; epi nan lavi kap vini an, moun sa a ap pami moun ki pèdi tout bagay yo". [Al Imran: 85]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَمَآ أَرۡسَلۡنَٰكَ إِلَّا كَآفَّةٗ لِّلنَّاسِ بَشِيرٗا وَنَذِيرٗا...﴾
"Epi Nou pa voye ou (Mouhamad) pou okenn lòt rezon, sof pou tout moun nèt sou tè a, pou pote bon nouvèl epi pou bay avètisman....". Sourat Saba, Vèsè 28 Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَمَآ أَرۡسَلۡنَٰكَ إِلَّا رَحۡمَةٗ لِّلۡعَٰلَمِينَ107﴾
"Epi Nou pa te voye ou (Mouhamad) pou okenn lòt rezon, sof kòm yon benediksyon (yon favè) pou tout linivè a". [Al-Anbiya: 107]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿...وَقُل لِّلَّذِينَ أُوتُواْ ٱلۡكِتَٰبَ وَٱلۡأُمِّيِّـۧنَ ءَأَسۡلَمۡتُمۡۚ فَإِنۡ أَسۡلَمُواْ فَقَدِ ٱهۡتَدَواْۖ وَّإِن تَوَلَّوۡاْ فَإِنَّمَا عَلَيۡكَ ٱلۡبَلَٰغُۗ وَٱللَّهُ بَصِيرُۢ بِٱلۡعِبَادِ﴾
"...Epi di moun yo te bay Liv la (Jwif ak Kretyen) ansanm ak moun ki pa konn li ni ekri yo: «Èske nou soumèt tèt nou bay Allah (èske nou vin Mizilman)?» Si yo soumèt tèt yo, sa vle di yo jwenn bon chemen an. Men, si yo vire do yo, travay pa ou se sèlman transmisyon mesaj la (fè yo konnenl). Epi Allah ap gade tout sèvitè Li yo byen". [Al Imran: 20]. Men sa Sila a ki sen anpil la di:
﴿تَبَارَكَ ٱلَّذِي نَزَّلَ ٱلۡفُرۡقَانَ عَلَىٰ عَبۡدِهِۦ لِيَكُونَ لِلۡعَٰلَمِينَ نَذِيرًا1﴾
"Lwanj ak benediksyon pou Allah, li menm ki voye Liv kap fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal la (Al-Furqan) bay sèvitè li a, pou li ka sèvi kòm yon avètisman pou tout linivè a". [Al-Furqan: 1].
Epi Al-Bukhari ak Muslim rapòte, daprè Jabir (ke Allah satisfè de li), ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«أُعْطِيتُ خَمْسًا لَمْ يُعْطَهُنَّ أَحَدٌ قَبْلِي: نُصِرْتُ بِالرُّعْبِ مَسِيرَةَ شَهْرٍ، وَجُعِلَتْ لِيَ الْأَرْضُ مَسْجِدًا وَطَهُورًا، فَأَيُّمَا رَجُلٍ مِنْ أُمَّتِي أَدْرَكَتْهُ الصَّلَاةُ، فَلْيُصَلّ، وَأُحِلَّتْ لِيَ الْمَغَانِمُ، وَلَمْ تُحَلَّ لِأَحَدٍ قَبْلِي، وَأُعْطِيتُ الشَّفَاعَةَ، وَكَانَ النَّبِيُّ يُبْعَثُ إِلَى قَوْمِهِ خَاصَّةً، وَبُعِثْتُ إِلَى النَّاسِ عَامَّةً».
Mwen te resevwa 5 kado okenn lòt moun pa te resevwa anvan mwen: Allah banm viktwa paske li fè lènmim yo tranble (pè) depi nan distans yon mwa mach anvanm rive; yo fè tout latè sèvim kòm kote pou mwen priye (moske) ak kote ki pwòp (poum fè kòm pwòp); konsa, nenpòt moun nan kominote mwen an, depi lè lapriyè rive sou li, se pou li priye kotel ye a; mwen gen dwa pran byen lènmi kite dèyè aprè lagè , yon bagay yo pat pèmèt pèsonn fè anvan mwen; mwen resevwa pouvwa poum lapriyè pou lòt moun (chafaa); epi anvan sa, chak pwofèt te konn vini pou pèp pa yo sèlman, men mwen menm, yo voyem pou tout moun nèt sou tè a.
Sa a se yon deklarasyon klè ki montre mesaj pwofèt nou an, Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), se pou tout limanite nèt, epi li ranplase tout lalwa ki te la anvanl yo. Epi nenpòt moun ki pa swiv Muhammad (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) epi ki pa obeyi li, se yon rebèl,yon Mekreyan,dezobeyisan, ki merite pinisyon li a. Allah Granmèt la di:
﴿...وَمَن يَكۡفُرۡ بِهِۦ مِنَ ٱلۡأَحۡزَابِ فَٱلنَّارُ مَوۡعِدُهُۥ...﴾
"...Nenpòt moun pami gwoup sa yo (alyans yo) ki derefize kwè nan li (Koran an), dife lanfè se kote yo ba li randevou a...". [Houd: 17]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿...فَلۡيَحۡذَرِ ٱلَّذِينَ يُخَالِفُونَ عَنۡ أَمۡرِهِۦٓ أَن تُصِيبَهُمۡ فِتۡنَةٌ أَوۡ يُصِيبَهُمۡ عَذَابٌ أَلِيمٌ﴾
"...Se pou moun kap dezobeyi lòd li yo (lòd Pwofèt la) fè atansyon, pou yon malè pa tonbe sou yo, oswa pou yo pa resevwa yon pinisyon ki fè mal anpil". [An-Nour: 63]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿وَمَن يَعۡصِ ٱللَّهَ وَرَسُولَهُۥ وَيَتَعَدَّ حُدُودَهُۥ يُدۡخِلۡهُ نَارًا خَٰلِدٗا فِيهَا وَلَهُۥ عَذَابٞ مُّهِينٞ14﴾
"Epi moun ki dezobeyi Allah ak Mesaje li a, epi ki depase limit li yo, Li pral fèl antre nan yon dife poul rete ladanl pou toutan. Epi lap jwenn yon chatiman ki bay gwo imilyasyon". [An-Nisa: 14], Men sa senyè toupwisan di:
﴿...وَمَن يَتَبَدَّلِ ٱلۡكُفۡرَ بِٱلۡإِيمَٰنِ فَقَدۡ ضَلَّ سَوَآءَ ٱلسَّبِيلِ﴾
"...Nenpòt moun ki chanje lafwa poul tounen mekreyans moun sa a pèdi bon chemen an nèt". [Al-Baqarah: 108], Epi, gen anpil vèsè nan sans sa a.
Allah (Subhanahu wa Ta'ala) mete obeyisans pou Mesaje a ansanm ak obeyisans pou Li menm. Li fè konnen byen klè: nenpòt moun ki kwè nan yon lòt bagay pase Islam, moun sa a ap pèdi nèt; senyè toupwisan an pap aksepte okenn ofrann ni okenn konpansasyon nan men li. Men sa Mèt linivè ki anwo nan syèl la di:
﴿وَمَنْ يَبْتَغِ غَيْرَ الْإِسْلَامِ دِينًا فَلَنْ يُقْبَلَ مِنْهُ وَهُوَ فِي الْآخِرَةِ مِنَ الْخَاسِرِينَ 85﴾
"Nenpòt moun ki chache yon lòt relijyon pase Lislam, Allah pap janm akseptel nan men li; epi nan lavi aprè lanmò a, lap pami moun ki pèdi yo nèt". [Al Imran: 85]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿مَنْ يُطِعِ الرَّسُولَ فَقَدْ أَطَاعَ اللَّهَ...﴾
"Moun ki obeyi Mesaje a, se Allah li obeyi". [An-Nisa: 80]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿قُلْ أَطِيعُوا اللَّهَ وَأَطِيعُوا الرَّسُولَ فَإِنْ تَوَلَّوْا فَإِنَّمَا عَلَيْهِ مَا حُمِّلَ وَعَلَيْكُمْ مَا حُمِّلْتُمْ وَإِنْ تُطِيعُوهُ تَهْتَدُوا...﴾
"Di yo: Obeyi Allah epi obeyi Mesaje a. Si nou vire do nou, konnen byen: mesaje a gen responsablite pa li (fè mesaj la rive), epi nou menm tou, nou gen responsablite pa nou. Men, si nou obeyil, nap jwenn bon chemen an (gidans lan)". [An-Nour: 54]. Men sa senyè toupwisan di:
﴿إِنَّ الَّذِينَ كَفَرُوا مِنْ أَهْلِ الْكِتَابِ وَالْمُشْرِكِينَ فِي نَارِ جَهَنَّمَ خَالِدِينَ فِيهَا أُولَئِكَ هُمْ شَرُّ الْبَرِيَّةِ 6﴾
"Anverite, moun nan pami moun Liv yo (Jwif ak Kretyen) ak moun kap sèvi lòt dye ki refize kwè yo, yap nan dife lanfè pou tout tan gen tan. Moun sa yo, se yo ki pi mal nan tout kreyasyon an".
[Al-Bayyinah:6].
Epi Muslim rapòte nan Sahih li a ke Mesaje Allah a (Pè ak benediksyon Allah kouvri li) te di:
«وَالَّذِي نَفْسِي بِيَدِهِ؛ لَا يَسْمَعُ بِي أَحَدٌ مِنْ هَذِهِ الْأُمَّةِ، يَهُودِيٌّ وَلَا نَصْرَانِيٌّ، ثُمَّ يَمُوتُ وَلَمْ يُؤْمِنْ بِالَّذِي أُرْسِلْتُ بِهِ؛ إِلَّا كَانَ مِنْ أَهْلِ النَّارِ».
Pa Sila ki gen nanm mwen nan menl lan; nenpòt moun nan kominote sa a, kit se yon jwif oswa yon kretyen, ki tande pale de mwen, epi ki mouri san li pa kwè nan mesaj yo te voye mwen avèk li a; se sèten moun sa a ap fè pati moun ki pou dife lanfè yo.
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre klè, nan aksyon li ak nan pawòl li, ke relijyon moun ki pa antre nan relijyon Islam nan pa valab. Li te goumen kont jwif yo ak kretyen yo, menm jan li te goumen kont lòt moun ki te refize kwè yo. Li te pran Djizya (yon taks) nan men sila pami yo ki te dakò pou bay li a, dekwa pou yo pa te ka anpeche mesaj la rive jwenn rès pèp yo a, epi pou sila pami yo ki te vle antre nan Islam te ka fè sa san yo pa pè pou pèp pa yo ta kanpe sou wout yo, anpeche yo, oswa touye yo.
Epi Al-Bukhari ak Muslim rapòte, sa soti bò kote Abu Hurairah (ki se yon konpayon Pwofèt la) — se pou Allah kontan avèk li— li te di: pandan nou te nan moske a, Mesaje Allah a (Pè AK benediksyon Allah kouvri li) te soti epi li te di:
«انْطَلِقُوا إِلَى يَهُودَ، فَخَرَجْنَا مَعَهُ حَتَّى جِئْنَا بَيْتَ الْمِدْرَاسِ، فَقَامَ النَّبِيُّ ﷺ، فَنَادَاهُمْ فَقَالَ :يَا مَعْشَرَ يَهُودَ، أَسْلِمُوا تَسْلَمُوا، فَقَالُوا: قَدْ بَلَّغْتَ يَا أَبَا الْقَاسِمِ، فَقَالَ لَهُمْ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ: ذَلِكَ أُرِيدُ، أَسْلِمُوا تَسْلَمُوا، فَقَالُوا: قَدْ بَلَّغْتَ يَا أَبَا الْقَاسِمِ، فَقَالَ لَهُمْ رَسُولُ اللَّهِ ﷺ: ذَلِكَ أُرِيدُ، ثُمَّ قَالَهَا الثَّالِثَةَ...».
Pwofèt la di: "Ann ale kay Jwif yo." Nou pati ansanm avèk li jouk nou rive nan kay kote yo konn etidye a (Beit al-Midras). Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li)kanpe, li rele yo, li di: "O nou menm Jwif yo! Aksepte Islam nap sove (nap an sekirite)." Yo reponn li: "Ou fè mesaj la rive jwenn nou, o Abou Al-Qasim." Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li)di yo: "Se sa mwen te vle (tande). Aksepte Islam nap sove." Yo reponn li ankò: "Ou fè mesaj la rive jwenn nou, o Abou Al-Qasim." Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah kouvri li) di yo: "Se sa mwen te vle." Aprèsa, li di yo menm bagay la pou yon twazyèm fwa... Hadith la.
Sa vle di ke, li menm (Ke lapriyè ak lapè Allah sou li) te ale jwenn moun relijye pami Jwif yo nan sant etid yo a, li te envite yo vin nan Islam, epi li te di yo: «Vin Mizilman, nap gen lapè», epi li te repete pawòl sa a pou yo.
Konsa tou, li te voye yon lèt bay wa Eraki (Heraclius) poul envitel nan Islam. Li te fè li konnen si li refize, lap responsab peche tout pèp li a ki va refize Islam poutèt li menm li te refize a. Bukhari ak Muslim rapòte nan liv Hadith yo, wa Eraki te mande pou yo pote lèt Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li)ba li, li lil, epi men sa ki te ekri ladan l:
«بِسْمِ اللَّهِ الرَّحْمَنِ الرَّحِيمِ، مِنْ مُحَمَّدٍ رَسُولِ اللَّهِ إِلَى هِرَقْلَ عَظِيمِ الرُّومِ، سَلَامٌ عَلَى مَنِ اتَّبَعَ الْهُدَى، أَمَّا بَعْدُ: فَإِنِّي أَدْعُوكَ بِدِعَايَةِ الْإِسْلَامِ، أَسْلِمْ تَسْلَمْ، وَأَسْلِمْ يُؤْتِكَ اللَّهُ أَجْرَكَ مَرَّتَيْنِ، فَإِنْ تَوَلَّيْتَ، فَإِنَّ عَلَيْكَ إِثْمَ الْأَرِيسِيِّينَ وَ
Nan non Allah, ki gen anpil Mizèrikòd epi ki gen yon kè sansib. Lèt sa a soti nan men Mouhamad, sèvitè ak Mesaje Allah a, pou Eraki, gwo chèf peyi Wòm nan. Lapè pou moun ki chwazi swiv bon chemen an. Aprèsa: Mwen envite ou vin jwenn Islam. Aksepte Islam, konsa wap an sekirite; aksepte Islam, Allah va ba ou 2 fwa plis rekonpans. Men, si ou refize, wap responsab peche tout pèp ou a (paske ou anpeche yo jwenn verite a)..
﴿يَٰٓأَهۡلَ ٱلۡكِتَٰبِ تَعَالَوۡاْ إِلَىٰ كَلِمَةٖ سَوَآءِۭ بَيۡنَنَا وَبَيۡنَكُمۡ أَلَّا نَعۡبُدَ إِلَّا ٱللَّهَ وَلَا نُشۡرِكَ بِهِۦ شَيۡـٔٗا وَلَا يَتَّخِذَ بَعۡضُنَا بَعۡضًا أَرۡبَابٗا مِّن دُونِ ٱللَّهِۚ فَإِن تَوَلَّوۡاْ فَقُولُواْ ٱشۡهَدُواْ بِأَنَّا مُسۡلِمُونَ64﴾
"Di: O nou menm moun ki te resevwa Liv la! Vini non pou nou antann nou sou yon sèl pawòl ki valab ni pou nou ni pou ou : Ke nou pa dwe adore pèsonn esepte Allah, nou pa dwe bay li okenn asosye, epi pèsonn nan nou pa dwe pran lòt moun kòm mèt nan plas Allah. Si yo vire do yo, lè sa a di yo: 'Temwaye ke nou menm, nou se Mizilman (moun ki soumèt devan Allah)". [Al Imran: 64]».
Apre sa, lè yo te vire do epi yo te refize antre nan Islam; li menm (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) ak konpayon li yo (se pou Allah satisfè de yo) te goumen kont yo, epi li te enpoze taks sou yo.
Pou montre jan yo pèdi chemen an epi relijyon yo a pa valab ankò depi lè Islam fin ranplase yo, Allah mande chak mizilman, chak jou, nan chak lapriyè ak nan chak rak'at, pou yo mande Allah gidans pou yo rete nan bon chemen an, chemen ki dwat la epi Allah aksepte a, ki se: Islam. Epi pou senyè toupwisan an lwen ak chemen moun ki merite kòlè Li yo. Moun sa yo se: Jwif yo ak tout lòt moun ki sanble ak yo, ki konnen byen pwòp yap swiv manti, men ki fè tèt di pou yo rete ladan l. Epi li fè li evite chemen moun ki egare yo, sila yo kap adore san konesans, ki pretann yo sou yon chemen gidans, poutan se sou yon chemen egareman yo ye. Moun sa yo se: kretyen yo, ak tout lòt moun pami lòt nasyon yo ki sanble ak yo, kap adore nan egareman ak inyorans, Epi tout sa, se pou Mizilman an ka konnen avèk yon sètitid total ke tout relijyon ki pa Islam pa valab, epi ke tout moun kap adore Allah daprè yon lòt chemen ki pa Islam se yon moun ki egare; epi, nenpòt moun ki pa kwè sa, li pa fè pati Mizilman yo. Epi, gen anpil prèv sou sijè sa a ki soti nan Liv la (Koran an) ak nan Sounah la.
Kidonk, devwa otè atik la - Abd Al-Fattah - se pou li prese fè yon repantans sensè, epi pou li ekri yon atik kote li deklare repantans li. Moun ki repanti devan Allah ak yon repantans ki sensè; Allah ap aksepte repantans li; daprè pawòl Allah:
﴿...وَتُوبُوٓاْ إِلَى ٱللَّهِ جَمِيعًا أَيُّهَ ٱلۡمُؤۡمِنُونَ لَعَلَّكُمۡ تُفۡلِحُونَ﴾
"Epi tounen vin jwenn Allah repanti), nou tout nèt, nou menm kwayan yo, pou nou ka jwenn siksè". [An-Nour: 31], Epi pawòl li, Sila a ki sen anpil la:
﴿وَٱلَّذِينَ لَا يَدۡعُونَ مَعَ ٱللَّهِ إِلَٰهًا ءَاخَرَ وَلَا يَقۡتُلُونَ ٱلنَّفۡسَ ٱلَّتِي حَرَّمَ ٱللَّهُ إِلَّا بِٱلۡحَقِّ وَلَا يَزۡنُونَۚ وَمَن يَفۡعَلۡ ذَٰلِكَ يَلۡقَ أَثَامٗا68 يُضَٰعَفۡ لَهُ ٱلۡعَذَابُ يَوۡمَ ٱلۡقِيَٰمَةِ وَيَخۡلُدۡ فِيهِۦ مُهَانًا69 إِلَّا مَن تَابَ وَءَامَنَ وَعَمِلَ عَمَلٗا صَٰلِحٗا فَأُوْلَٰٓئِكَ يُبَدِّلُ ٱللَّهُ سَيِّـَٔاتِهِمۡ حَسَنَٰتٖۗ وَكَانَ ٱللَّهُ غَفُورٗا رَّحِيمٗا70﴾
"68- Se moun ki pa adore okenn lòt dye ansanm ak Allah, ki pa touye nanm Allah rann sakre a sof si se avèk rezon, epi ki pa fè adiltè. Epi, nenpòt moun ki fè bagay sa yo, lap rankontre yon gwo pinisyon.
Yap double chatiman an pou li nan Jou Jijman an, epi lap rete ladanl pou toutan nan imilyasyon.
70- Esepte moun ki repanti, ki gen lafwa, epi ki fè aksyon ki bon, pou moun sa yo, Allah ap chanje move aksyon yo an bon aksyon. Epi Allah toujou konn padone, li gen anpil mizèrikòd". [Al-Fourqan: 68-70]. Epi daprè pawòl Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«الإِسْلَامُ يَهْدِمُ مَا كَانَ قَبْلَهُ، وَالتَّوبَةُ تَهْدِمُ مَا كَانَ قَبْلَهَا».
Islam efase tout peche ki te fèt anvan li, epi repantans efase tout peche ki te fèt anvan repantans lan. Epi pawòl li, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li):
«التَّائِبُ مِنَ الذَّنْبَ كَمَنْ لَا ذَنْبَ لَهُ».
«Moun ki repanti pou yon peche, se tankou moun ki pa gen peche.»
Epi, gen anpil lòt siy ak adit nan menm sans lan.
Mwen mande Allah (Subhanahu wa Ta'ala) pou Li fè nou wè verite a jan li ye a, epi pou Li ban nou fòs pou nou swiv li. Mwen mandel tou pou Li fè nou wè manti (sa ki pa bon an) jan li ye a, epi pou Li ban nou fòs pou nou lwen li. Mwen mandel pou Li fè nou favè, nou menm ansanm ak ekriven an, Abdel Fattah, ak tout mizilman yo, pou nou fè yon repantans ki sensè (tounen vin jwenn Li ak tout kè nou). Se pou Li pwoteje nou tout anba eprèv kap pèdi moun, anba swiv move lide (pasyon), ak anba pèlen dyab la. Se Li menm ki gen tout pouvwa a epi ki ka fè sa.
Epi, se pou benediksyon ak lapè Allah desann sou Pwofèt nou an, Muhammad, ak sou fanmi li ak konpanyon li yo, ak sou tout moun ki swiv yo ak senserite jouk jou jijman an.
***
الفهرس
Vrè Kwayans lan ak sa ki kontredi li 2
Premye Prensip la: Lafwa nan Allah 5
Dezyèm Prensip: Lafwa nan zanj yo, 20
Twazyèm pwen fondamantal la: Kwè nan Liv yo. Pwen sa a gen 2 eleman ladan li tou: 21
Katriyèm pwen fondamantal: Lafwa nan Mesaje yo. 23
Senkyèm pwen fondamantal: Lafwa nan Jou Rezireksyon an (Jou Dènye a). 25
Sizyèm pwen fondamantal: Lafwa nan Dekrè Divin an (Desten an). 26
Kwayans yo ki opoze ak Kwayans otantik la. 32
Dezyèm Lèt la: Konsènan desizyon lalwa sou kesyon rele Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pou mandel sekou. 42
Twazyèm Mesaj la 62
Konsènan desizyon lalwa (relijye) sou chache sekou (Istighatha) nan men Jinn ak Cheytàn (Satan), epi fè pwomès (ve/Nadr) pou yo. 62
Katriyèm Mesaj la: 86
Konsènan desizyon (Lwa Allah) sou sèvi Allah ak priyè oswa pawòl ki pa soti nan relijyon an (bid-a) oswa ki gen ladan yo bay Allah asosye (shirk). 86
Senkyèm Mesaj la 114
Desizyon sou selebrasyob fèt nesans Pwofèt la (Mawlid) ak lòt kalite fèt nesans yo 114
Sizyèm Mesaj la: 126
Desizyon sou selebre lannwit vwayaj lannwit lan ak moute nan syèl la (Al-Isra ak Al-Miraj) 126
Setyèm Mesaj la: 134
Règleman sou selebrasyon nwit mitan mwa Chaaban an. 134
Wityèm mesaj la 149
Yon avètisman enpòtan sou manti ki genyen nan yon testaman yo pretann ki egziste 149
Pou Cheikh Ahmad, sèvitè Al-Haram An-Nabawi Ash-Sharif. 149
Nevyèm Mesaj la: Jijman sou maji (Sihr), divinò (Kihanah), ak tout lòt bagay ki gen rapò ak yo 166
Onzyèm Mesaj la: Avètisman kont bati moske sou tèt tonb 185
Onzyèm Mesaj la: Antere moun mouri anndan moske 192
Douzyèm Mesaj: Esplikasyon sou kijan moun ki pretann yo gen dwa pa swiv lalwa (charia) Mouhamad (lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)la, se moun ki pèdi chemen yo epi ki soti nan relijyon an. 196
***
ht397v5.0 - 06/06/2026
Rapòte pa Al-Bukhari, anba nimewo (2856), ak Mouslim, anba nimewo (30).
Rapòte pa Al-Lalaka'i nan Sharh Usul Al-I'tiqad, anba nimewo (735), epi Ibn 'Abd Al-Barr nan Jami' Al-'Ilm wa Fadlihi, anba nimewo (1801), men ak tèm "Al-Ahadith" olye de "Ayat As-Sifat", epi fòmilasyon l se: "Rapòte adit sa yo jan yo te vini an, epi pa fè deba sou yo."
Rapòte pa Al-Bayhaqi nan Al-Asma' was-Sifat (865), Ibn Taymiyyah deklare isnad li a sahih nan Al-Hamawiyyah (p. 269), epi Adh-Dhahabi di nan Al-Ardh (2/223): Naratè li yo se Imam ki diy de konfyans.
Rapòte pa Al-Lalaka'i nan Sharh Usul Al-I'tiqad (930), epi Al-Bayhaqi nan Al-Asma' wa As-Sifat (955).
Rapòte pa Al-Lalaka'i nan Charh Ousoul Al-I'tiqad (665), epi Al-Bayhaqi nan Al-Asma' wa As-Sifat (868).
Rapòte pa Al-Lalaka'i nan Sharh Usul al-I'tiqad (664), ak Abou Na'im nan Hilyat al-Awliya' (325/6), ak Al-Bayhaqi nan Al-Asma' wa as-Sifat (867).
Rapòte pa Al-Muzakki nan Al-Muzakkiyat (29), epi Ibn Battah nan Al-Ibanah (120), epi Al-Lalaka'i nan Sharh Usul Al-I'tiqad (663).
Rapòte pa Ad-Darimi nan Ar-Radd 'ala al-Jahmiyyah (67), epi Al-Bayhaqi nan Al-Asma' wa as-Sifat (903).
Rapòte pa Adh-Dhahabi nan Al-'Uluww (464), epi Al-Albani di nan Mukhtasar Al-'Uluww (p. 184): Sa a se yon isnad sahîh, narratè li yo se moun fyab e byen koni.
Tafsir Ibn Kathir (427, 426/3).
Rapòte pa Boukhari, nimewo (22), dapre adit Abi Sa`id Al-Khoudri, ke Allah satisfè de li.
Rapòte pa Mouslim, nan nimewo (2996), dapre hadith Aisha, Allah satisfè avè l.
Rapòte pa Boukhari, nimewo (3651), ak Mouslim, nimewo (2533), soti nan adit Abdallah bin Mas'oud, ke Allah satisfè avè l.
Rapòte pa Mouslim (1920), dapre adit Thawban, ke Allah satisfè avè l.
Rapòte pa Ibn Majah, anba nimewo (3952), dapre hadith Thawban, ke Allah satisfè avè l, epi otantifye pa Ibn Hibban, anba nimewo (6714), ak Al-Hakim, anba nimewo (8653).
Rapòte pa At-Tirmidhi, anba nimewo (2641), dapre adit Abdullah ibn Amr, ke Allah satisfè de li, epi Al-Manawi di nan Fayd al-Qadîr (5/347): "Ladan l genyen Abdur-Rahman ibn Ziyad al-Ifriqi, Adh-Dhahabi di: 'Yo deklare l fèb'", epi Al-Albani otantifye l nan Sahîh al-Jami' (5343).
Mesaj sa a (enstriksyon sa a) te pibliye nan yon ti liv ki pote nimewo 17, pa "Prezidans Jeneral pou Administrasyon Rechèch Syantifik, Ifta (Bay Opinyon Relijye), Da'wah (Envite moun nan Islam), ak Konsèy" nan lanne 1402H (kalandriye Hijri).
Rapòte pa Mouslim, anba nimewo (8).